BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
Anons
Nouvo lang ki disponib:Betsileo
  • Jodi a

Samdi 25 oktòb

Chafan kòmanse li liv la devan wa a. — 2 Kwo. 34:18.

Lè wa Jozyas te vin gran, li te kòmanse fè reparasyon nan tanp lan. Pandan travay sa a t ap fèt, yo te “jwenn liv ki gen Lwa Jewova te bay pa mwayen Moyiz yo”. Lè wa a te tande pawòl yo t ap li nan liv la, sa te pouse l pran detèminasyon pou l obeyi sa ki ekri ladan l yo (2 Kwo. 34:​14, 19-21). Èske w ta renmen li Bib la chak jou? Si w deja ap fè efò nan sans sa a, èske w renmen fè sa? Èske w note yon seri vèsè ki ta ka ede w pèsonèlman? Lè Jozyas te gen anviwon 39 an, li te fè yon erè ki te lakòz li pèdi lavi l. Li te fè tèt li konfyans olye l te mande Jewova konsèy (2 Kwo. 35:​20-25). Gen yon leson nou ka aprann nan sa. Kèlkeswa laj nou oswa kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap aprann konnen sa Bib la di, nou dwe kontinye chèche Jewova. Sa gen ladan l priye Jewova chak jou pou n mande l konsèy, etidye Pawòl li a regilyèman, epi toujou koute konsèy frè ak sè ki gen matirite yo ban nou. Lè n fè sa, n ap gen mwens posiblite fè erè ki grav e l ap pi fasil pou n gen kè kontan. — Jak 1:25. w23.09 12 § 15-16.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Dimanch 26 oktòb

Bondye opoze ak moun ki gen ògèy, men, li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la. — Jak 4:6.

Bib la pale konsènan anpil medam ki te gen bèl kalite, ki te renmen Jewova e ki te sèvi l. Medam sa yo te “modere nan abitid yo” e yo te “fidèl nan tout bagay”. (1 Tim. 3:11.) Anplis de sa, sè yo kapab jwenn anpil egzanp sè ki gen matirite nan kongregasyon yo e yo kapab imite egzanp yo. Nou menm jèn sè, èske nou konn kèk sè ki bay bèl egzanp nou ka imite? Chèche wè bèl kalite yo genyen. Epi, reflechi pou w wè ki jan w ka demontre kalite sa yo. Yon kalite ki enpòtan pou yon kretyen vin gen matirite se imilite. Si yon fi gen imilite, l ap gen bon relasyon ak Jewova e ak lòt moun. Pa egzanp, yon fi ki renmen Jewova kontan soutni dispozisyon Papa l ki nan syèl la pran pou gen otorite (1 Kor. 11:3). Li suiv prensip sa a nan kongregasyon an ak nan fanmi l. w23.12 18-19 § 3-5.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Lendi 27 oktòb

Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. — Efe. 5:28.

Jewova atann pou yon mari renmen madanm li, pou l pran swen l, pou l yon bon zanmi pou li e pou l ede l rete pwòch avè L. Kalite tankou aprann reflechi, respekte fi, epi chèche vin yon moun yo ka fè konfyans, ap ede w pou w yon bon mari. Apre w fin marye ou ka vin papa. Ki sa w ka aprann nan egzanp Jewova pou w ka yon bon papa (Efe. 6:4)? Jewova te fè Jezi, Pitit Gason l lan, konnen aklè li renmen l e li pran plezi nan li (Mat. 3:17). Si w vin papa, toujou bay pitit ou asirans ou renmen yo. Toujou felisite yo pou bon bagay yo fè. Papa ki suiv egzanp Jewova yo ede pitit gason yo ak pitit fi yo vin gen matirite antanke kretyen. Ou kapab prepare w depi kounye a pou w vin yon bon papa, lè w pran ka lòt moun nan fanmi w ak frè ak sè nan kongregasyon an e lè w aprann di yo ou renmen yo e yo gen anpil valè pou ou. — Jan 15:9. w23.12 28-29 § 17-18.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje