BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
Anons
Nouvo lang ki disponib:Betsileo
  • Jodi a

Lendi 27 oktòb

Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. — Efe. 5:28.

Jewova atann pou yon mari renmen madanm li, pou l pran swen l, pou l yon bon zanmi pou li e pou l ede l rete pwòch avè L. Kalite tankou aprann reflechi, respekte fi, epi chèche vin yon moun yo ka fè konfyans, ap ede w pou w yon bon mari. Apre w fin marye ou ka vin papa. Ki sa w ka aprann nan egzanp Jewova pou w ka yon bon papa (Efe. 6:4)? Jewova te fè Jezi, Pitit Gason l lan, konnen aklè li renmen l e li pran plezi nan li (Mat. 3:17). Si w vin papa, toujou bay pitit ou asirans ou renmen yo. Toujou felisite yo pou bon bagay yo fè. Papa ki suiv egzanp Jewova yo ede pitit gason yo ak pitit fi yo vin gen matirite antanke kretyen. Ou kapab prepare w depi kounye a pou w vin yon bon papa, lè w pran ka lòt moun nan fanmi w ak frè ak sè nan kongregasyon an e lè w aprann di yo ou renmen yo e yo gen anpil valè pou ou. — Jan 15:9. w23.12 28-29 § 17-18.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Madi 28 oktòb

Se [Jewova] ki fè w jwenn sekirite. — Eza. 33:6.

Antanke sèvitè fidèl Jewova, nou konn jwenn difikilte e nou konn malad menm jan ak tout moun. Epitou, nou ka oblije andire opozisyon oswa pèsekisyon anba men moun ki rayi pèp Bondye a. Byenke Jewova pa anpeche nou jwenn pwoblèm sa yo, li pwomèt l ap ede nou (Eza. 41:10). Grasa èd Jewova, nou ka kontinye gen kè kontan, nou ka pran bon desizyon, e nou ka ret fidèl avè l menm nan sitiyasyon ki pi difisil yo. Jewova pwomèt l ap ban nou sa Bib la rele “lapè Bondye”. (Flp. 4:​6, 7.) Lapè sa a fè lespri nou ak kè nou kalm paske nou gen bon relasyon avè l. Lapè sa a “depase tout sa moun ka konprann”. Li pi estrawòdinè pase sa n ka imajine. Èske w konn sezi wè jan w santi w kalm apre w fin priye Jewova ak tout kè w? Sa w santi a se “lapè Bondye”. w24.01 20 § 2; 21 § 4.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Mèkredi 29 oktòb

M ap louwe Jewova, m ap fè louwanj pou non l ki sen ak tout mwen menm. — Sòm 103:1.

Se lanmou pou Bondye ki fè moun ki fidèl yo fè louwanj pou non l ak tout kè yo. David te byen konprann fè louwanj pou non Jewova vle di fè louwanj pou Jewova li menm. Non Jewova makònen ak repitasyon l, sa fè n panse ak tout bèl kalite li genyen yo e ak tout aksyon estrawòdinè li fè yo. Pou David, non Papa l se yon non ki sen, ki merite louwanj. Li te vle fè louwanj pou li ak ‘tout li menm’, sa vle di ak tout kè l. Menm jan an tou, Levit yo te pran latèt nan fè louwanj pou Jewova. Avèk imilite, yo te rekonèt kèlkeswa sa yo ta di pou yo fè louwanj pou non Jewova ki sakre, yo pa t ap janm ka rive bay non l tout louwanj li merite (Ney. 9:5). Pa gen okenn dout, imilite yo te genyen ak louwanj yo te fè ak tout kè yo te fè kè Jewova kontan. w24.02 9 § 6.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje