Dimanch 26 oktòb
Bondye opoze ak moun ki gen ògèy, men, li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la. — Jak 4:6.
Bib la pale konsènan anpil medam ki te gen bèl kalite, ki te renmen Jewova e ki te sèvi l. Medam sa yo te “modere nan abitid yo” e yo te “fidèl nan tout bagay”. (1 Tim. 3:11.) Anplis de sa, sè yo kapab jwenn anpil egzanp sè ki gen matirite nan kongregasyon yo e yo kapab imite egzanp yo. Nou menm jèn sè, èske nou konn kèk sè ki bay bèl egzanp nou ka imite? Chèche wè bèl kalite yo genyen. Epi, reflechi pou w wè ki jan w ka demontre kalite sa yo. Yon kalite ki enpòtan pou yon kretyen vin gen matirite se imilite. Si yon fi gen imilite, l ap gen bon relasyon ak Jewova e ak lòt moun. Pa egzanp, yon fi ki renmen Jewova kontan soutni dispozisyon Papa l ki nan syèl la pran pou gen otorite (1 Kor. 11:3). Li suiv prensip sa a nan kongregasyon an ak nan fanmi l. w23.12 18-19 § 3-5.
Lendi 27 oktòb
Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. — Efe. 5:28.
Jewova atann pou yon mari renmen madanm li, pou l pran swen l, pou l yon bon zanmi pou li e pou l ede l rete pwòch avè L. Kalite tankou aprann reflechi, respekte fi, epi chèche vin yon moun yo ka fè konfyans, ap ede w pou w yon bon mari. Apre w fin marye ou ka vin papa. Ki sa w ka aprann nan egzanp Jewova pou w ka yon bon papa (Efe. 6:4)? Jewova te fè Jezi, Pitit Gason l lan, konnen aklè li renmen l e li pran plezi nan li (Mat. 3:17). Si w vin papa, toujou bay pitit ou asirans ou renmen yo. Toujou felisite yo pou bon bagay yo fè. Papa ki suiv egzanp Jewova yo ede pitit gason yo ak pitit fi yo vin gen matirite antanke kretyen. Ou kapab prepare w depi kounye a pou w vin yon bon papa, lè w pran ka lòt moun nan fanmi w ak frè ak sè nan kongregasyon an e lè w aprann di yo ou renmen yo e yo gen anpil valè pou ou. — Jan 15:9. w23.12 28-29 § 17-18.
Madi 28 oktòb
Se [Jewova] ki fè w jwenn sekirite. — Eza. 33:6.
Antanke sèvitè fidèl Jewova, nou konn jwenn difikilte e nou konn malad menm jan ak tout moun. Epitou, nou ka oblije andire opozisyon oswa pèsekisyon anba men moun ki rayi pèp Bondye a. Byenke Jewova pa anpeche nou jwenn pwoblèm sa yo, li pwomèt l ap ede nou (Eza. 41:10). Grasa èd Jewova, nou ka kontinye gen kè kontan, nou ka pran bon desizyon, e nou ka ret fidèl avè l menm nan sitiyasyon ki pi difisil yo. Jewova pwomèt l ap ban nou sa Bib la rele “lapè Bondye”. (Flp. 4:6, 7.) Lapè sa a fè lespri nou ak kè nou kalm paske nou gen bon relasyon avè l. Lapè sa a “depase tout sa moun ka konprann”. Li pi estrawòdinè pase sa n ka imajine. Èske w konn sezi wè jan w santi w kalm apre w fin priye Jewova ak tout kè w? Sa w santi a se “lapè Bondye”. w24.01 20 § 2; 21 § 4.