BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
Anons
Nouvo lang ki disponib:Mbum
  • Jodi a

Samdi 26 jiyè

Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen. — Efe. 5:1.

Jodi a, nou fè kè Jewova kontan lè nou pale de li yon fason ki montre nou gen rekonesans ak lanmou. Lè nou nan travay predikasyon an, nou sonje premye objektif nou se atire moun yo vin jwenn Jewova epi ede yo vin renmen Papa nou menm jan avèk nou (Jak 4:8). Nou kontan montre moun yo sa Bib la di sou Jewova, sa li di sou lanmou li genyen, sou jistis li, sajès li, pisans li ak lòt bèl kalite li genyen. Epitou, nou fè louwanj pou Jewova e nou fè kè l kontan lè nou fè tout sa n kapab pou n imite l. Lè nou fè sa, sa fè nou diferan ak moun yo nan monn mechan sa a. Moun yo kapab wè jan nou diferan e sa ka fè yo mande sa k fè nou diferan konsa (Mat. 5:​14-16). Nan aktivite n ap mennen bò kote yo chak jou, nou kapab esplike yo sa k fè nou diferan. Sa ka fè moun ki sensè yo anvi aprann konnen Bondye nou an. Lè nou fè louwanj pou Jewova nan fason sa yo, nou fè kè l kontan. — 1 Tim. 2:​3, 4. w24.02 10 § 7.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Dimanch 27 jiyè

Dekwa pou l ka ankouraje [...] e pou l ka reprimande. — Tit 1:9.

Pou w vin gen matirite antanke kretyen, w ap bezwen aprann yon seri bagay k ap itil ou. Sa ap ede w pou w aksepte responsablite nan kongregasyon an, pou w chèche jwenn yon travay k ap ede w pran swen tèt ou oswa fanmi w e pou w ka ret nan travay la, epitou pou w ka gen bon relasyon ak lòt moun. Pa egzanp, aprann li ak ekri byen. Bib la fè konnen yon gason ki gen kè kontan e ki reyisi nan sa l ap fè, pran tan pou l li Pawòl Bondye a chak jou e pou l medite sou sa l li yo (Sòm 1:​1-3). Lè l li Bib la chak jou, l ap aprann konn fason Jewova panse, sa k ap ede l pou l reflechi byen e pou l rezone byen (Pwo. 1:​3, 4). Frè n ak sè n yo bezwen èd gason ki kapab anseye e ki kapab bay konsèy ki soti nan Bib la. Si w ka li byen e w ka ekri byen, w ap kapab prepare diskou ak kòmantè k ap itil lòt moun e k ap fòtifye lafwa yo. Epitou, w ap kapab pran bonjan nòt k ap ede w pou lafwa w vin pi solid e pou w ankouraje lòt moun. w23.12 26-27 § 9-11.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Lendi 28 jiyè

Sila a ki ann inyon avèk nou an pi gran pase sila a ki ann inyon avèk monn nan. — 1 Jan 4:4.

Lè w santi w pè, medite sou sa Jewova pral fè alavni lè Satan pa la ankò. Yo te fè yon demonstrasyon nan kongrè rejyonal 2014 la ki te montre yon papa k ap pale ak fanmi l sou fason yo te ka chanje pawòl ki nan 2 Timote 3:​1-5 yo pou yo ka imajine ki jan lavi a pral ye nan Paradi a. Men sa l te di: “Se nan monn nouvo a nou pral viv moman ki bay plis kè kontan yo. Paske, moun yo ap renmen youn lòt, y ap renmen trezò espirityèl yo, y ap konn limit yo, yo pap pran tèt yo pou yon pakèt afè, y ap louwe Bondye, y ap obeyi paran yo, y ap gen rekonesans, y ap fidèl, y ap gen anpil afeksyon pou fanmi yo, y ap dispoze antann yo, y ap toujou pale an byen de lòt moun, y ap gen metriz, y ap dou, y ap renmen sa ki byen, y ap ka fè yo konfyans, yo pap gen tèt di, y ap gen imilite, y ap renmen Bondye olye yo renmen plezi, y ap gen bonjan atachman pou Bondye; e w dwe gen yon relasyon sere sere ak moun sa yo.” Èske w konn pale ak fanmi w oswa ak kwayan parèy ou sou jan lavi a pral ye nan monn nouvo a? w24.01 6 § 13-14.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje