Dimanch 27 jiyè
Dekwa pou l ka ankouraje [...] e pou l ka reprimande. — Tit 1:9.
Pou w vin gen matirite antanke kretyen, w ap bezwen aprann yon seri bagay k ap itil ou. Sa ap ede w pou w aksepte responsablite nan kongregasyon an, pou w chèche jwenn yon travay k ap ede w pran swen tèt ou oswa fanmi w e pou w ka ret nan travay la, epitou pou w ka gen bon relasyon ak lòt moun. Pa egzanp, aprann li ak ekri byen. Bib la fè konnen yon gason ki gen kè kontan e ki reyisi nan sa l ap fè, pran tan pou l li Pawòl Bondye a chak jou e pou l medite sou sa l li yo (Sòm 1:1-3). Lè l li Bib la chak jou, l ap aprann konn fason Jewova panse, sa k ap ede l pou l reflechi byen e pou l rezone byen (Pwo. 1:3, 4). Frè n ak sè n yo bezwen èd gason ki kapab anseye e ki kapab bay konsèy ki soti nan Bib la. Si w ka li byen e w ka ekri byen, w ap kapab prepare diskou ak kòmantè k ap itil lòt moun e k ap fòtifye lafwa yo. Epitou, w ap kapab pran bonjan nòt k ap ede w pou lafwa w vin pi solid e pou w ankouraje lòt moun. w23.12 26-27 § 9-11.
Lendi 28 jiyè
Sila a ki ann inyon avèk nou an pi gran pase sila a ki ann inyon avèk monn nan. — 1 Jan 4:4.
Lè w santi w pè, medite sou sa Jewova pral fè alavni lè Satan pa la ankò. Yo te fè yon demonstrasyon nan kongrè rejyonal 2014 la ki te montre yon papa k ap pale ak fanmi l sou fason yo te ka chanje pawòl ki nan 2 Timote 3:1-5 yo pou yo ka imajine ki jan lavi a pral ye nan Paradi a. Men sa l te di: “Se nan monn nouvo a nou pral viv moman ki bay plis kè kontan yo. Paske, moun yo ap renmen youn lòt, y ap renmen trezò espirityèl yo, y ap konn limit yo, yo pap pran tèt yo pou yon pakèt afè, y ap louwe Bondye, y ap obeyi paran yo, y ap gen rekonesans, y ap fidèl, y ap gen anpil afeksyon pou fanmi yo, y ap dispoze antann yo, y ap toujou pale an byen de lòt moun, y ap gen metriz, y ap dou, y ap renmen sa ki byen, y ap ka fè yo konfyans, yo pap gen tèt di, y ap gen imilite, y ap renmen Bondye olye yo renmen plezi, y ap gen bonjan atachman pou Bondye; e w dwe gen yon relasyon sere sere ak moun sa yo.” Èske w konn pale ak fanmi w oswa ak kwayan parèy ou sou jan lavi a pral ye nan monn nouvo a? w24.01 6 § 13-14.
Madi 29 jiyè
Mwen pran plezi nan ou. — Lik 3:22.
Sa vrèman ankourajan pou n konnen Jewova pran plezi nan pèp li a antanke gwoup! Men sa Bib la di: “Jewova pran plezi nan pèp li a.” (Sòm 149:4). Men, gen moun ki konn tèlman dekouraje pafwa, yo ka ap mande tèt yo: ‘Èske Jewova pran plezi nan mwen pèsonèlman?’ Anpil nan moun Bib la pale de yo ki t ap adore Jewova fidèlman nan tan lontan te konn dekouraje pafwa. Yo te konn twouve l difisil pou yo kwè Jewova pran plezi nan yo (1 Sam. 1:6-10; Jòb 29:2, 4; Sòm 51:11). Bib la montre aklè moun enpafè kapab fè Jewova plezi. Ki jan? Nou dwe montre nou gen lafwa nan Jezi Kris e nou dwe batize (Jan 3:16). Konsa, nou montre tout moun nou repanti pou peche nou e nou pwomèt Bondye n ap fè volonte l (Tra. 2:38; 3:19). Se pa ti kontan Jewova kontan lè n franchi etap sa yo pou n kapab vin bon zanmi l. Toutotan nou kontinye fè efò pou n viv ann amoni ak ve nou te fè Jewova pou n fè volonte l la, Jewova pran plezi nan nou e li konsidere nou kòm bon zanmi l. — Sòm 25:14. w24.03 26 § 1-2.