Madi 29 jiyè
Mwen pran plezi nan ou. — Lik 3:22.
Sa vrèman ankourajan pou n konnen Jewova pran plezi nan pèp li a antanke gwoup! Men sa Bib la di: “Jewova pran plezi nan pèp li a.” (Sòm 149:4). Men, gen moun ki konn tèlman dekouraje pafwa, yo ka ap mande tèt yo: ‘Èske Jewova pran plezi nan mwen pèsonèlman?’ Anpil nan moun Bib la pale de yo ki t ap adore Jewova fidèlman nan tan lontan te konn dekouraje pafwa. Yo te konn twouve l difisil pou yo kwè Jewova pran plezi nan yo (1 Sam. 1:6-10; Jòb 29:2, 4; Sòm 51:11). Bib la montre aklè moun enpafè kapab fè Jewova plezi. Ki jan? Nou dwe montre nou gen lafwa nan Jezi Kris e nou dwe batize (Jan 3:16). Konsa, nou montre tout moun nou repanti pou peche nou e nou pwomèt Bondye n ap fè volonte l (Tra. 2:38; 3:19). Se pa ti kontan Jewova kontan lè n franchi etap sa yo pou n kapab vin bon zanmi l. Toutotan nou kontinye fè efò pou n viv ann amoni ak ve nou te fè Jewova pou n fè volonte l la, Jewova pran plezi nan nou e li konsidere nou kòm bon zanmi l. — Sòm 25:14. w24.03 26 § 1-2.
Mèkredi 30 jiyè
Nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo. — Tra. 4:20.
Nou kapab suiv egzanp disip yo lè n kontinye preche menm lè otorite yo pase n lòd pou n sispann fè sa. Nou kapab gen konfyans Jewova ap ede n nan travay fè disip la. Donk, priye Jewova pou l fè w gen kran ak sajès epi mande l ede w pou w andire pwoblèm yo. Anpil nan nou ap soufri swa paske nou malad oswa nou gen yon pwoblèm k ap trakase lespri nou. Petèt se yon moun pa nou ki mouri oswa fanmi nou ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil, oubyen tou, se kapab pèsekisyon oswa lòt pwoblèm. E lè gen pandemi ak lagè, sa fè anpil nan pwoblèm sa yo vin pi difisil toujou pou n sipòte. Di Jewova tout sa k nan kè w. Rakonte l sitiyasyon w menm jan w t ap rakonte yon bon zanmi w sa. Ou mèt gen konfyans Jewova “ap ede w”. (Sòm 37:3, 5.) Lè n toujou priye, sa ap ede n “andire anba tribilasyon”. (Wom. 12:12.) Jewova konnen sa sèvitè l yo ap andire, “li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd”. — Sòm 145:18, 19. w23.05 5-6 § 12-15.
Jedi 31 jiyè
Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi. — Efe. 5:10.
Lè nou gen desizyon enpòtan pou n pran, nou bezwen chèche konprann “sa volonte Jewova ye”, epi aji ann amoni ak volonte l (Efe. 5:17). Lè n ap chèche wè ki prensip biblik nou kapab aplike nan sitiyasyon pa nou, anfèt se chèche n ap chèche wè fason Bondye wè sitiyasyon an. Epi, pandan n ap aplike prensip li yo, n ap kapab pran bon desizyon. “Mechan an”, anpalan de Satan, ènmi nou an, ta renmen nou tèlman okipe nan kouri dèyè yon seri bagay nan monn sa a, nou pa gen tan pou sèvis n ap bay Bondye a (1 Jan 5:19). Li ka fasil pou yon kretyen chèche gen byen materyèl, edikasyon oswa yon karyè olye l chèche jwenn posiblite pou l fè plis nan sèvis Jewova. Si l ta fè sa, sa t ap montre li kite fason moun nan monn nan panse enfliyanse l. Nòmalman, bagay sa yo pa gen anyen mal ladan yo, men yo pa dwe janm gen premye plas nan lavi nou. w24.03 24 § 16-17.