BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
Anons
Nouvo lang ki disponib:Mbum
  • Jodi a

Mèkredi 30 jiyè

Nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo. — Tra. 4:20.

Nou kapab suiv egzanp disip yo lè n kontinye preche menm lè otorite yo pase n lòd pou n sispann fè sa. Nou kapab gen konfyans Jewova ap ede n nan travay fè disip la. Donk, priye Jewova pou l fè w gen kran ak sajès epi mande l ede w pou w andire pwoblèm yo. Anpil nan nou ap soufri swa paske nou malad oswa nou gen yon pwoblèm k ap trakase lespri nou. Petèt se yon moun pa nou ki mouri oswa fanmi nou ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil, oubyen tou, se kapab pèsekisyon oswa lòt pwoblèm. E lè gen pandemi ak lagè, sa fè anpil nan pwoblèm sa yo vin pi difisil toujou pou n sipòte. Di Jewova tout sa k nan kè w. Rakonte l sitiyasyon w menm jan w t ap rakonte yon bon zanmi w sa. Ou mèt gen konfyans Jewova “ap ede w”. (Sòm 37:​3, 5.) Lè n toujou priye, sa ap ede n “andire anba tribilasyon”. (Wom. 12:12.) Jewova konnen sa sèvitè l yo ap andire, “li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd”. — Sòm 145:​18, 19. w23.05 5-6 § 12-15.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Jedi 31 jiyè

Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi. — Efe. 5:10.

Lè nou gen desizyon enpòtan pou n pran, nou bezwen chèche konprann “sa volonte Jewova ye”, epi aji ann amoni ak volonte l (Efe. 5:17). Lè n ap chèche wè ki prensip biblik nou kapab aplike nan sitiyasyon pa nou, anfèt se chèche n ap chèche wè fason Bondye wè sitiyasyon an. Epi, pandan n ap aplike prensip li yo, n ap kapab pran bon desizyon. “Mechan an”, anpalan de Satan, ènmi nou an, ta renmen nou tèlman okipe nan kouri dèyè yon seri bagay nan monn sa a, nou pa gen tan pou sèvis n ap bay Bondye a (1 Jan 5:19). Li ka fasil pou yon kretyen chèche gen byen materyèl, edikasyon oswa yon karyè olye l chèche jwenn posiblite pou l fè plis nan sèvis Jewova. Si l ta fè sa, sa t ap montre li kite fason moun nan monn nan panse enfliyanse l. Nòmalman, bagay sa yo pa gen anyen mal ladan yo, men yo pa dwe janm gen premye plas nan lavi nou. w24.03 24 § 16-17.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Vandredi 1ye out

Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm, men, Jewova delivre l anba yo tout. — Sòm 34:19.

Remake gen de pwen enpòtan nan sòm sa a: 1) Moun ki jis yo jwenn pwoblèm. 2) Jewova delivre n anba eprèv nou yo. Ki jan Jewova delivre n? Youn nan fason li fè sa, se lè l ede n wè lavi nan monn sa a yon fason ki reyalis. Byenke Jewova pwomèt nou lè n sèvi l n ap gen kè kontan, sepandan, li pa ban n garanti nou pap janm jwenn pwoblèm nan lavi n kounye a (Eza. 66:14). Li ankouraje n ret konsantre sou sa demen sere pou nou, sa vle di lè n pral gen lavi li ta renmen nou genyen pou toutan an (2 Kor. 4:​16-18). Annatandan, li ede n pou n kontinye sèvi l chak jou (Lam. 3:​22-24). Ki sa nou ka aprann nan egzanp yon seri moun fidèl ki t ap adore Jewova nan epòk yo t ap ekri Bib la ak nan egzanp yon seri moun fidèl k ap adore l nan epòk nou an? Nou ka jwenn pwoblèm sanzatann. Men, lè n konte sou Jewova, li pap manke pa ede nou. — Sòm 55:22. w23.04 14-15 § 3-4.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje