Jedi 11 septanm
Montre yo nou renmen yo. — 2 Kor. 8:24.
Nou menm tou nou kapab montre nou renmen frè n ak sè n yo lè n chèche vin zanmi yo (2 Kor. 6:11-13). Anpil nan nou nan kongregasyon kote frè n ak sè n yo pa t leve menm jan, e nou pa gen menm pèsonalite. Sepandan, nou kapab aprann renmen tout frè n ak sè n yo pi plis lè n konsantre sou bèl kalite yo genyen. Lè n aprann wè lòt moun jan Jewova wè yo, nou montre nou renmen yo. L ap enpòtan anpil pou n montre nou renmen frè n ak sè n yo pandan gwo tribilasyon an. Lè tribilasyon sa a kòmanse, ki kote n ap jwenn pwoteksyon? Ann wè sa Jewova te mande pèp li a pou yo fè lè ènmi te atake Babilòn tan lontan an: “Ale, pèp mwen an, antre nan chanm nou epi, fèmen pòt nou. Kache pou yon ti tan jiskaske kòlè a pase.” (Eza. 26:20). Petèt nou menm tou nou pral gen pou n suiv menm enstriksyon sa yo pandan gwo tribilasyon an. w23.07 6-7 § 14-16.
Vandredi 12 septanm
Monn sa a se chanje l ap chanje. — 1 Kor. 7:31.
Mande tèt ou: ‘Èske yo konnen m kòm yon moun ki rezonab, ki fleksib e ki konn sede? Oswa èske yo wè m kòm yon moun ki strik, ki egzijan oswa ki gen tèt di? Èske m konn koute lòt moun e èske m konn sede pou m fè yo plezi lè sa nesesè?’ Plis nou montre nou rezonab, se plis n ap montre n ap suiv egzanp Jewova ak Jezi. Si nou rezonab, n ap adapte n lè sitiyasyon n chanje. Chanjman konsa ka lakòz nou gen yon seri pwoblèm nou pa t ap janm panse nou t ap genyen. Pa egzanp, nou ka vin gen gwo pwoblèm sante bridsoukou. Oubyen ka vin gen chanjman sanzatann nan ekonomi oswa nan gouvènman nan zòn kote n ap viv la ki ka fè lavi a vin difisil anpil pou nou (Ekl. 9:11). Si òganizasyon an ta mande n pou n sèvi Jewova yon lòt fason oswa yon lòt kote, sa ka menm yon eprèv pou nou. Nou kapab reyisi adapte n ak nouvo sitiyasyon yo si nou fè kat bagay nou pral site la yo: 1) aksepte reyalite a, 2) panse ak lavni, 3) konsantre sou sa ki pozitif, e 4) ede lòt moun. w23.07 21-22 § 7-8.
Samdi 13 septanm
[Ou] se yon moun ki gen anpil valè. — Dàn. 9:23.
Pwofèt Dànyèl te yon jèn gason lè Babilónyen yo te fè l vin prizonye e yo te mennen l byen lwen peyi l. Men, li klè Dànyèl te enpresyone Babilónyen yo. Yo te wè ‘sa je yo ba yo’. Yo te wè Dànyèl pa t “gen okenn domaj, [li te] gen bèl aparans” e l te soti nan gran fanmi (1 Sam. 16:7). Pou rezon sa yo, Babilónyen yo te ba l fòmasyon pou l te vin yon moun enpòtan nan peyi a (Dàn. 1:3, 4, 6). Jewova te renmen Dànyèl pou kalite moun jèn gason sa a te fè efò pou l ye a. Anfèt, sanble Dànyèl te nan fen adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li lè Jewova te fè konnen li se yon moun ki jis menm jan ak Noye ak Jòb ki te gen bon repitasyon devan Bondye pandan plizyè dizèn ane (Jen. 5:32; 6:9, 10; Jòb 42:16, 17; Eze. 14:14). Dànyèl te viv lontan, li te gen yon vi ki te estrawòdinè, e Jewova te kontinye renmen l pandan tout tan sa a. — Dàn. 10:11, 19. w23.08 2 § 1-2.