BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Jodi a

Vandredi 12 septanm

Monn sa a se chanje l ap chanje. — 1 Kor. 7:31.

Mande tèt ou: ‘Èske yo konnen m kòm yon moun ki rezonab, ki fleksib e ki konn sede? Oswa èske yo wè m kòm yon moun ki strik, ki egzijan oswa ki gen tèt di? Èske m konn koute lòt moun e èske m konn sede pou m fè yo plezi lè sa nesesè?’ Plis nou montre nou rezonab, se plis n ap montre n ap suiv egzanp Jewova ak Jezi. Si nou rezonab, n ap adapte n lè sitiyasyon n chanje. Chanjman konsa ka lakòz nou gen yon seri pwoblèm nou pa t ap janm panse nou t ap genyen. Pa egzanp, nou ka vin gen gwo pwoblèm sante bridsoukou. Oubyen ka vin gen chanjman sanzatann nan ekonomi oswa nan gouvènman nan zòn kote n ap viv la ki ka fè lavi a vin difisil anpil pou nou (Ekl. 9:11). Si òganizasyon an ta mande n pou n sèvi Jewova yon lòt fason oswa yon lòt kote, sa ka menm yon eprèv pou nou. Nou kapab reyisi adapte n ak nouvo sitiyasyon yo si nou fè kat bagay nou pral site la yo: 1) aksepte reyalite a, 2) panse ak lavni, 3) konsantre sou sa ki pozitif, e 4) ede lòt moun. w23.07 21-22 § 7-8.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Samdi 13 septanm

[Ou] se yon moun ki gen anpil valè. — Dàn. 9:23.

Pwofèt Dànyèl te yon jèn gason lè Babilónyen yo te fè l vin prizonye e yo te mennen l byen lwen peyi l. Men, li klè Dànyèl te enpresyone Babilónyen yo. Yo te wè ‘sa je yo ba yo’. Yo te wè Dànyèl pa t “gen okenn domaj, [li te] gen bèl aparans” e l te soti nan gran fanmi (1 Sam. 16:7). Pou rezon sa yo, Babilónyen yo te ba l fòmasyon pou l te vin yon moun enpòtan nan peyi a (Dàn. 1:​3, 4, 6). Jewova te renmen Dànyèl pou kalite moun jèn gason sa a te fè efò pou l ye a. Anfèt, sanble Dànyèl te nan fen adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li lè Jewova te fè konnen li se yon moun ki jis menm jan ak Noye ak Jòb ki te gen bon repitasyon devan Bondye pandan plizyè dizèn ane (Jen. 5:32; 6:​9, 10; Jòb 42:​16, 17; Eze. 14:14). Dànyèl te viv lontan, li te gen yon vi ki te estrawòdinè, e Jewova te kontinye renmen l pandan tout tan sa a. — Dàn. 10:​11, 19. w23.08 2 § 1-2.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Dimanch 14 septanm

N ap ka konprann lajè, longè, wotè ak pwofondè laverite nèt. — Efe. 3:18.

Lè w ap reflechi pou w wè si w dwe achte yon kay, ou t ap vle al egzamine an pèsòn tout ti detay nan kay ou vle achte a. Nou kapab fè menm bagay la lè n ap li Labib e lè n ap etidye l. Si w annik li l byen vit, ou ka aprann enfòmasyon de baz yo sèlman, anpalan de “bagay de baz ki gen nan deklarasyon sakre Bondye yo”. (Ebre 5:12.) Okontrè, menm jan ak kay la, ou bezwen egzamine l afon pou w kapab wè tout ti detay ki ladan l. Yon bon fason ou kapab etidye Bib la, se lè w chèche konprann ki jan divès aspè ki gen nan mesaj ki ladan l lan konekte youn ak lòt. Fè efò nonsèlman pou w konprann verite ou kwè yo, men tou, pou ki rezon ou kwè yo. Pou n pi byen konprann tout ti detay ki nan Pawòl Bondye a, nou dwe aprann verite pwofon ki ladan l yo. Apot Pòl te ankouraje frè l ak sè l yo pou yo byen etidye Pawòl Bondye a pou yo te ka “konprann lajè, longè, wotè ak pwofondè laverite nèt”. Konsa, yo t ap “vin anrasinen” pi plis nan lafwa yo genyen an e yo t ap “vin [pi] byen chita” ladan l (Efe. 3:​14-19). Nou bezwen fè menm jan an. w23.10 18 § 1-3.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje