Samdi 13 septanm
[Ou] se yon moun ki gen anpil valè. — Dàn. 9:23.
Pwofèt Dànyèl te yon jèn gason lè Babilónyen yo te fè l vin prizonye e yo te mennen l byen lwen peyi l. Men, li klè Dànyèl te enpresyone Babilónyen yo. Yo te wè ‘sa je yo ba yo’. Yo te wè Dànyèl pa t “gen okenn domaj, [li te] gen bèl aparans” e l te soti nan gran fanmi (1 Sam. 16:7). Pou rezon sa yo, Babilónyen yo te ba l fòmasyon pou l te vin yon moun enpòtan nan peyi a (Dàn. 1:3, 4, 6). Jewova te renmen Dànyèl pou kalite moun jèn gason sa a te fè efò pou l ye a. Anfèt, sanble Dànyèl te nan fen adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li lè Jewova te fè konnen li se yon moun ki jis menm jan ak Noye ak Jòb ki te gen bon repitasyon devan Bondye pandan plizyè dizèn ane (Jen. 5:32; 6:9, 10; Jòb 42:16, 17; Eze. 14:14). Dànyèl te viv lontan, li te gen yon vi ki te estrawòdinè, e Jewova te kontinye renmen l pandan tout tan sa a. — Dàn. 10:11, 19. w23.08 2 § 1-2.
Dimanch 14 septanm
N ap ka konprann lajè, longè, wotè ak pwofondè laverite nèt. — Efe. 3:18.
Lè w ap reflechi pou w wè si w dwe achte yon kay, ou t ap vle al egzamine an pèsòn tout ti detay nan kay ou vle achte a. Nou kapab fè menm bagay la lè n ap li Labib e lè n ap etidye l. Si w annik li l byen vit, ou ka aprann enfòmasyon de baz yo sèlman, anpalan de “bagay de baz ki gen nan deklarasyon sakre Bondye yo”. (Ebre 5:12.) Okontrè, menm jan ak kay la, ou bezwen egzamine l afon pou w kapab wè tout ti detay ki ladan l. Yon bon fason ou kapab etidye Bib la, se lè w chèche konprann ki jan divès aspè ki gen nan mesaj ki ladan l lan konekte youn ak lòt. Fè efò nonsèlman pou w konprann verite ou kwè yo, men tou, pou ki rezon ou kwè yo. Pou n pi byen konprann tout ti detay ki nan Pawòl Bondye a, nou dwe aprann verite pwofon ki ladan l yo. Apot Pòl te ankouraje frè l ak sè l yo pou yo byen etidye Pawòl Bondye a pou yo te ka “konprann lajè, longè, wotè ak pwofondè laverite nèt”. Konsa, yo t ap “vin anrasinen” pi plis nan lafwa yo genyen an e yo t ap “vin [pi] byen chita” ladan l (Efe. 3:14-19). Nou bezwen fè menm jan an. w23.10 18 § 1-3.
Lendi 15 septanm
Frè m yo, nan kesyon sipòte sa ki mal ak demontre pasyans, pran pwofèt ki te pale nan non Jewova yo kòm egzanp. — Jak 5:10.
Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp moun ki te gen pasyans. Sa w panse si w ta etidye egzanp moun sa yo? Pa egzanp, byenke David te timoun lè Jewova te chwazi l pou l vin wa peyi Izrayèl, li te oblije tann plizyè ane anvan l vin wa. Simeyon ak Àn t ap adore Jewova fidèlman toutpandan yo t ap tann Mesi Bondye te pwomèt la (Lik 2:25, 36-38). Pandan w ap etidye istwa sa yo, chèche jwenn repons kesyon ki vin annapre yo: Ki sa k dwe te ede moun sa a gen pasyans? Ki jan sa te ede l lefètke l te gen pasyans? Ki jan m ka suiv egzanp li? Yon bagay ki kapab ede w tou, se lè w aprann nan egzanp moun ki pa t gen pasyans (1 Sam. 13:8-14). Ou kapab mande tèt ou: ‘Ki sa k te fè yo pa t gen pasyans? Ki sa k te rive yo poutèt sa?’ w23.08 25 § 15.