BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Jodi a

Dimanch 14 septanm

N ap ka konprann lajè, longè, wotè ak pwofondè laverite nèt. — Efe. 3:18.

Lè w ap reflechi pou w wè si w dwe achte yon kay, ou t ap vle al egzamine an pèsòn tout ti detay nan kay ou vle achte a. Nou kapab fè menm bagay la lè n ap li Labib e lè n ap etidye l. Si w annik li l byen vit, ou ka aprann enfòmasyon de baz yo sèlman, anpalan de “bagay de baz ki gen nan deklarasyon sakre Bondye yo”. (Ebre 5:12.) Okontrè, menm jan ak kay la, ou bezwen egzamine l afon pou w kapab wè tout ti detay ki ladan l. Yon bon fason ou kapab etidye Bib la, se lè w chèche konprann ki jan divès aspè ki gen nan mesaj ki ladan l lan konekte youn ak lòt. Fè efò nonsèlman pou w konprann verite ou kwè yo, men tou, pou ki rezon ou kwè yo. Pou n pi byen konprann tout ti detay ki nan Pawòl Bondye a, nou dwe aprann verite pwofon ki ladan l yo. Apot Pòl te ankouraje frè l ak sè l yo pou yo byen etidye Pawòl Bondye a pou yo te ka “konprann lajè, longè, wotè ak pwofondè laverite nèt”. Konsa, yo t ap “vin anrasinen” pi plis nan lafwa yo genyen an e yo t ap “vin [pi] byen chita” ladan l (Efe. 3:​14-19). Nou bezwen fè menm jan an. w23.10 18 § 1-3.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Lendi 15 septanm

Frè m yo, nan kesyon sipòte sa ki mal ak demontre pasyans, pran pwofèt ki te pale nan non Jewova yo kòm egzanp. — Jak 5:10.

Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp moun ki te gen pasyans. Sa w panse si w ta etidye egzanp moun sa yo? Pa egzanp, byenke David te timoun lè Jewova te chwazi l pou l vin wa peyi Izrayèl, li te oblije tann plizyè ane anvan l vin wa. Simeyon ak Àn t ap adore Jewova fidèlman toutpandan yo t ap tann Mesi Bondye te pwomèt la (Lik 2:​25, 36-38). Pandan w ap etidye istwa sa yo, chèche jwenn repons kesyon ki vin annapre yo: Ki sa k dwe te ede moun sa a gen pasyans? Ki jan sa te ede l lefètke l te gen pasyans? Ki jan m ka suiv egzanp li? Yon bagay ki kapab ede w tou, se lè w aprann nan egzanp moun ki pa t gen pasyans (1 Sam. 13:​8-14). Ou kapab mande tèt ou: ‘Ki sa k te fè yo pa t gen pasyans? Ki sa k te rive yo poutèt sa?’ w23.08 25 § 15.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Madi 16 septanm

Nonsèlman nou kwè, men nou vin konnen tou ou se Sila a ki sen Bondye voye a. — Jan 6:69.

Apot Pyè te fidèl. Li pa t kite anyen fè l sispann suiv Jezi. Yon lè, li te montre l fidèl lè Jezi te di yon bagay disip li yo pa t konprann (Jan 6:68). Anpil nan yo te sispann suiv Jezi san yo pa t tann pou l ba yo yon esplikasyon. Men, Pyè pa t fè sa, li te konnen se Jezi sèlman ki gen “pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an”. Jezi te konnen Pyè ak lòt apot yo t ap abandone l. Aktout sa, Jezi te fè Pyè konnen li gen konfyans li t ap retounen e li t ap ret fidèl (Lik 22:​31, 32). Jezi te konprann “lespri a byen dispoze, men chè a fèb”. (Mak 14:38.) Vrèmanvre, menm apre Pyè te fin nye Jezi, Jezi pa t bay apot li a vag. Apre Jezi fin resisite, li te parèt devan Pyè, sandout ki te poukont li lè sa a (Mak 16:7; Lik 24:34; 1 Kor. 15:5). Sa dwe te ankouraje apot la ki te tris anpil! w23.09 22 § 9-10.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje