Lendi 15 septanm
Frè m yo, nan kesyon sipòte sa ki mal ak demontre pasyans, pran pwofèt ki te pale nan non Jewova yo kòm egzanp. — Jak 5:10.
Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp moun ki te gen pasyans. Sa w panse si w ta etidye egzanp moun sa yo? Pa egzanp, byenke David te timoun lè Jewova te chwazi l pou l vin wa peyi Izrayèl, li te oblije tann plizyè ane anvan l vin wa. Simeyon ak Àn t ap adore Jewova fidèlman toutpandan yo t ap tann Mesi Bondye te pwomèt la (Lik 2:25, 36-38). Pandan w ap etidye istwa sa yo, chèche jwenn repons kesyon ki vin annapre yo: Ki sa k dwe te ede moun sa a gen pasyans? Ki jan sa te ede l lefètke l te gen pasyans? Ki jan m ka suiv egzanp li? Yon bagay ki kapab ede w tou, se lè w aprann nan egzanp moun ki pa t gen pasyans (1 Sam. 13:8-14). Ou kapab mande tèt ou: ‘Ki sa k te fè yo pa t gen pasyans? Ki sa k te rive yo poutèt sa?’ w23.08 25 § 15.
Madi 16 septanm
Nonsèlman nou kwè, men nou vin konnen tou ou se Sila a ki sen Bondye voye a. — Jan 6:69.
Apot Pyè te fidèl. Li pa t kite anyen fè l sispann suiv Jezi. Yon lè, li te montre l fidèl lè Jezi te di yon bagay disip li yo pa t konprann (Jan 6:68). Anpil nan yo te sispann suiv Jezi san yo pa t tann pou l ba yo yon esplikasyon. Men, Pyè pa t fè sa, li te konnen se Jezi sèlman ki gen “pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an”. Jezi te konnen Pyè ak lòt apot yo t ap abandone l. Aktout sa, Jezi te fè Pyè konnen li gen konfyans li t ap retounen e li t ap ret fidèl (Lik 22:31, 32). Jezi te konprann “lespri a byen dispoze, men chè a fèb”. (Mak 14:38.) Vrèmanvre, menm apre Pyè te fin nye Jezi, Jezi pa t bay apot li a vag. Apre Jezi fin resisite, li te parèt devan Pyè, sandout ki te poukont li lè sa a (Mak 16:7; Lik 24:34; 1 Kor. 15:5). Sa dwe te ankouraje apot la ki te tris anpil! w23.09 22 § 9-10.
Mèkredi 17 septanm
Byennere moun yo padone move aksyon yo fè, moun yo kouvri peche yo. — Wom. 4:7.
Bondye padone oswa kouvri peche moun ki gen lafwa nan li. Li padone peche yo nèt (Sòm 32:1, 2). Li konsidere moun sa yo kòm moun ki san repwòch e ki jis sou baz lafwa yo genyen. Bondye te fè konnen Abraram, David ak lòt moun ankò ki t ap adore l fidèlman te jis, alòske yo pa t pafè. Men, piske yo te gen lafwa, Bondye te konsidere yo kòm moun ki san repwòch, sitou lè l te konpare yo ak moun ki pa t ap adore l (Efe. 2:12). Tankou apot Pòl te di sa byen klè nan lèt li a, lafwa enpòtan anpil pou yon moun vin zanmi Bondye. Abraram ak David te zanmi Bondye paske yo te gen lafwa nan li. Nou menm tou nou kapab vin zanmi Bondye. w23.12 3 § 6-7.