2 Kwonik
11 Lè Wobowam rive Jerizalèm, lapoula, li rasanble mesye nan tribi Jida ak mesye nan tribi Benjamen yo+ pou y al goumen ak mesye Izrayèl yo pou l ka retounen vin wa sou yo+. Te gen 180 000 sòlda ki byen antrene ki te rasanble. 2 Apre sa, Jewova pale ak Chemaya+, sèvitè vrè Dye a, li di l: 3 “Men sa pou w di Wobowam, pitit gason Salomon an, wa Jida a, e men sa pou w di tout Izrayelit ki nan tribi Jida ak nan tribi Benjamen an: 4 ‘Jewova di: “Nou pa dwe monte al goumen ak frè nou yo. Se pou nou chak retounen lakay nou, paske se mwen menm ki fè sa rive+.”’” Vrèmanvre, yo obeyi sa Jewova di yo a, yo retounen lakay yo e yo pa t al goumen ak Jewobowam.
5 Wobowam te rete Jerizalèm e li te bati plizyè vil nan Jida ki te byen pwoteje. 6 Li te bati* Betleyèm+, Etam, Tekowa+, 7 Bètsou, Soko+, Adoulam+, 8 Gat+, Marecha, Zif+, 9 Adorayim, Lakis+, Azeka+, 10 Sora, Ayalon+ ak Ebwon+, yon seri vil nan tribi Jida ak nan tribi Benjamen ki te byen pwoteje. 11 Mete sou sa, li te ranfòse vil ki te byen pwoteje yo. Li te fè pote manje, luil ak diven nan vil sa yo e li te mete chèf ladan yo. 12 Mete sou sa, li te fè pote gwo boukliye ak lans nan tout vil sa yo. Li te ranfòse vil sa yo plis toujou. Li te kontinye dirije tribi Jida a ak tribi Benjamen an.
13 Prèt ak Levit ki te nan tout peyi Izrayèl la te pran pozisyon pou li e yo te kite tout kote yo te ye yo pou yo vin jwenn li. 14 Levit yo te kite patiraj yo te genyen yo ak sa yo te posede e yo+ te vin Jida ak Jerizalèm paske Jewobowam ak pitit li yo te fè yo sispann sèvi Jewova antanke prèt+. 15 Apre sa, Jewobowam te chwazi moun pa l pou sèvi kòm prèt nan kote ki wo yo konn fè adorasyon yo+, pou yo sèvi demon ki sanble ak kabrit yo*+ ak ti bèf li te fè yo+. 16 Mete sou sa, tout moun nan tribi Izrayèl yo ki te deside nan kè yo pou yo sèvi Jewova, Bondye Izrayèl la, te suiv prèt yo e yo t al Jerizalèm pou yo fè sakrifis pou Jewova, Bondye zansèt yo+. 17 Pandan twazan, yo te ranfòse wayòm Jida a e yo te soutni Wobowam, pitit gason Salomon an, paske yo te kontinye mache nan menm chemen ak David ak Salomon pandan twazan.
18 Apre sa, Wobowam te pran Maalat, pitit fi Jerimòt ak Abikayil, kòm madanm. Jerimòt se te pitit gason David e Abikayil se te pitit fi Elyab, ki li menm te pitit gason Jese+. 19 Maalat te fè Jewouch, Chemarya ak Zaram pou Wobowam. 20 Anplis Maalat, Wobowam te marye ak Maaka, ki te pitit pitit fi Absalon+. Maaka te fè Abija+, Atayi, Ziza ak Chelomit pou li. 21 Wobowam te renmen Maaka, pitit pitit fi Absalon an, plis pase tout lòt madanm ak madanm sou kote li te genyen yo+. Li te gen 18 madanm ak 60 madanm sou kote. Konsa, li te vin gen 28 pitit gason ak 60 pitit fi. 22 Wobowam te mete Abija, pitit gason Maaka a, chèf sou tèt frè l yo paske li te vle fè l vin wa. 23 Mete sou sa, Wobowam te aji ak bon konprann. Li te voye* kèk nan pitit gason l yo toupatou nan Jida ak nan Benjamen, nan tout vil ki byen pwoteje yo+, li te ba yo manje an kantite e li te pran anpil fi pou yo kòm madanm.