CHAPIT 15
‘ Li te pran pitye pou yo ’
“ Seyè, fè je nou ouvri. ”
1-3. a) Ki jan Jezi te reyaji lè de mandyan avèg te sipliye l pou l ede yo ? b) Ki sa ekspresyon “ pran pitye ” a vle di ? (Gade nòt anba paj la.)
DE AVÈG chita arebò wout la, toupre vil Jeriko. Chak jou, yo vin la, yo chèche yon kote foul moun sipoze pase, e y ap mande charite. Sepandan, jou sa a, yo pral viv yon gwo evènman k ap chanje lavi yo nèt.
2 Toudenkou, mandyan yo tande yon pakèt bri. Kòm yo pa ka wè sa k ap pase, youn ladan yo mande ki sa k lakòz ajitasyon sa a, e yo di l : “ Se Jezi, moun Nazarèt la, k ap pase ! ” Jezi sou wout pou l al Jerizalèm yon dènye fwa. Men, li pa poukont li, gen gwo foul moun k ap suiv li. Lè mandyan yo tande kiyès k ap pase, yo fè anpil bri, yo tonbe rele : “ Seyè, gen pitye pou nou, Pitit Gason David ! ” Foul moun yo kontrarye, yo di mandyan yo pou yo pe, men mesye yo deside jwe letou pou letou. Yo refize pe.
3 Jezi tande rèl yo a ki depase bri foul la. Ki sa l pral fè ? Li gen gwo responsablite k ap peze sou lespri l e sou kè l. Li pral antre nan dènye semèn lavi li sou tè a. Li konnen gen soufrans e gen yon lanmò terib k ap tann li Jerizalèm. Malgre sa, li pa inyore rèl mesye yo k ap ensiste. Li kanpe e li mande pou yo mennen mandyan yo ba li. Yo sipliye l : “ Seyè, fè je nou ouvri. ” Jezi “ pran pitye ” pou yo, li touche je yo e yo vin wèa. San pèdi tan, yo kòmanse suiv Jezi. — Lik 18:35-43 ; Matye 20:29-34.
4. Ki jan Jezi te akonpli pwofesi ki fè konnen li t apral “ gen pitye pou moun ki piti a ” ?
4 Se pa t nan sitiyasyon sa a sèlman Jezi te demontre konpasyon. Nan anpil okazyon e nan yon pakèt lòt sitiyasyon, Jezi te vrèman santi l pouse pou l demontre konpasyon. Gen yon pwofesi biblik ki te predi li t apral “ gen pitye pou moun ki piti a ”. (Sòm 72:13.) Ann amoni ak pawòl sa yo, Jezi te sansib devan santiman lòt moun. Li te konn pran inisyativ ede moun. Konpasyon l lan se yon fòs ki te pouse l aji nan travay predikasyon l lan. Annou wè ki jan Evanjil yo pale de konpasyon ki mache ak tandrès ki te motive pawòl Jezi ak aksyon l, e annou reflechi sou fason nou ka demontre konpasyon konsa tou.
Li te gen konsiderasyon pou santiman lòt moun
5, 6. Ki egzanp ki montre Jezi se te yon moun ki konn mete l nan plas moun ?
5 Jezi te yon moun ki vrèman konn mete l nan plas lòt moun. Li te konprann santiman moun sa yo ki t ap soufri e li te demontre senpati pou yo. Menmsi li pa t konn viv tout sitiyasyon moun yo twouve yo, li te vrèman gen lapenn nan kè l pou yo (Ebre 4:15). Lè l t ap geri yon fi ki te soufri anba yon emoraji pandan 12 an, li dekri maladi l la kòm yon “ gwo maladi ”, konsa, li rekonèt sa te lakòz fi a te nan gwo lapenn ak soufrans (Mak 5:25-34). Lè l te wè Mari ak moun ki te avèk li yo ap kriye nan okazyon lanmò Laza, tristès yo a te tèlman touche l jis nan fon kè l, li te vin boulvèse. Malgre Jezi te konnen li t apral resisite Laza, emosyon te tèlman anvayi l, dlo te koule nan je l. — Jan 11:33, 35.
6 Nan yon lòt okazyon, yon lepre pwoche bò kote Jezi Kris e li sipliye l : “ Si w vle, ou ka pirifye m. ” Ki jan Jezi reyaji, li menm, yon moun pafè ki pa t janm malad ? Li te mete l nan plas lepre a. Vrèmanvre, “ li te pran pitye ” pou li (Mak 1:40-42). Apre sa, li te fè yon bagay estrawòdinè. Li te byen konnen lepre yo pa t pwòp selon Lalwa e yo pa t dwe mele ak lòt moun (Levitik 13:45, 46). Se sèten, Jezi te kapab geri mesye a san okenn kontak fizik (Matye 8:5-13). Epoutan, li chwazi lonje men l, li touche lepre a e li di : “ Mwen vle. Se pou w vin pirifye. ” Lapoula maladi lèp la ale. Vrèmanvre, Jezi te demontre li konn mete l nan plas moun avèk tandrès !
“ Montre nou gen senpati. ”
7. Ki sa ki ka ede nou aprann mete nou nan plas moun, e ki jan nou ka fè sa ?
7 Antanke kretyen, nou dwe imite Jezi lè nou demontre nou enterese nan moun. Bib la ankouraje nou pou nou demontre “ senpati ”b. (1 Pyè 3:8.) Li gendwa pa fasil pou nou byen konprann santiman moun k ap soufri anba maladi kwonik oswa anba depresyon, sitou si nou menm nou pa t janm gen soufrans konsa. Sepandan, nou pap bliye pwen sa a : mete nou nan plas yon moun pa depann de eksperyans nou te viv ki sanble ak pa moun sa a. Jezi te mete l nan plas moun ki malad menmsi li menm li pa t janm malad. Donk, ki jan nou ka aprann mete nou nan plas moun ? Se lè, avèk pasyans, nou koute moun k ap soufri yo etan y ap ouvri kè yo ban nou e se lè nou eseye konprann santiman yo. Nou ka mande tèt nou : ‘ Si mwen te nan plas yo, ki jan m t ap santi m ? ’ (1 Korentyen 12:26). Si nou chèche vin pi sansib devan santiman lòt moun, l ap pi fasil pou nou “ pale yon fason pou nou konsole nanm ki deprime ” yo (1 Tesalonisyen 5:14). Pafwa, nou ka mete nou nan plas moun nonsèlman avèk pawòl, men tou avèk dlo nan je. Women 12:15 di : “ Kriye ak moun k ap kriye. ”
8, 9. Ki jan Jezi te montre konsiderasyon pou santiman lòt moun ?
8 Jezi te gen konsiderasyon pou moun, e li te konn aji yon fason pou l pa blese santiman yo. Sonje lè yo te mennen yon mesye ki soud e ki gen difikilte pou l pale bay Jezi. Sanble Jezi te santi mesye a pa t fin alèz, sa ki te pouse l fè yon bagay li pa t konn abitye fè lè l ap geri moun : “ Li deplase [...] [avèk mesye a] sot nan foul la. ” L al yon kote apa, yon kote foul la pa wè sa k ap fèt la, e li geri mesye a. — Mak 7:31-35.
9 Jezi te demontre yon konsiderasyon menm jan an lè yo te mennen yon mesye avèg ba li e yo te mande l pou l geri l. Jezi te “ pran men mesye avèg la ” e li te “ mennen l andeyò vilaj la ”. Apre sa, li geri mesye a etap pa etap. Petèt, sa te pèmèt sèvo mesye a ak je l vin adapte ofiramezi ak kokenn klète ak tout konpleksite limyè monn ki te antoure l la (Mak 8:22-26). Ala Jezi te montre konsiderasyon pou moun !
10. Ki fason nou ka demontre konsiderasyon pou santiman lòt moun ?
10 Suiv Jezi mande pou nou demontre konsiderasyon pou santiman lòt moun. Konsa, n ap veye sou langaj nou, n ap sonje si nou pale san reflechi, sa ka blese santiman lòt moun (Pwovèb 12:18 ; 18:21). Mo ki di, remak ki denigre moun epi pase moun nan rizib yon fason ki blesan pa gen plas yo pami kretyen yo, yo menm ki sansib pou santiman lòt moun (Efezyen 4:31). Ansyen, ki jan nou ka demontre konsiderasyon pou santiman lòt moun ? Lè n ap bay konsèy, sizonnen pawòl nou ak bonte, sa ap pèmèt moun k ap koute nou an kenbe diyite l (Galat 6:1). Paran, ki jan nou ka demontre konsiderasyon pou santiman pitit nou ? Lè n ap disipline yo, fè efò pou nou fè sa yon fason pou timoun nou yo pa santi yo jennen. — Kolosyen 3:21.
Li te konn pran inisyativ ede lòt moun
11, 12. Ki istwa Bib la rapòte ki montre Jezi te konn demontre konpasyon pou lòt moun san l pa t bezwen yo mande l fè sa ?
11 Jezi te konn demontre konpasyon pou lòt moun san l pa t toujou bezwen yo mande l fè sa. Anfèt, konpasyon se pa yon kalite ki fè moun rete san aji, se yon kalite ki aktif, ki pozitif. Donk, se pa etonan pou konpasyon ki makònen ak tandrès te pouse Jezi pran inisyativ ede lòt moun. Pa egzanp, lè yon gwo foul te rete avè l pandan twa jou, e yo pa t gen anyen pou yo manje, pèsonn pa t bezwen fè Jezi konnen moun yo te grangou, pèsonn pa t bezwen sijere l pou l fè yon bagay pou sa. Men sa istwa a rapòte : “ Jezi rele disip li yo vin jwenn li e li di : ‘ Mwen gen pitye pou foul la, paske sa fè deja twa jou yo ansanm avè m e yo pa gen anyen pou yo manje, e mwen pa vle voye yo ale tou grangou. Yo ta ka faya sou wout la. ’ ” Apre sa, ak pwòp volonte l, li fè yon mirak pou l bay foul la manje. — Matye 15:32-38.
12 Annou reflechi sou yon lòt istwa. Nan ane 31 epòk nou an, pandan Jezi t ap pwoche bò kot vil Nayin, li tonbe sou yon sèn ki tris. Yon antèman ap kite vil la, petèt l ap dirije l nan tonm ki sou kolin toupre yo, kote yo pral antere ‘ sèl pitit gason [...] yon vèv ’. Èske w ka imajine lapenn manman sa a dwe gen nan kè l ? Li pral antere sèl pitit gason li genyen an, e li pa gen mari pou l pataje tristès li a. Pami tout moun k ap suiv antèman an, Jezi “ remake ” vèv ki vin san pitit kounye a. Sa l te wè a touche l, wi, “ li te pran pitye pou li ”. Pèsonn pa t bezwen sipliye l. Konpasyon li te gen nan kè l te pouse l pran inisyativ. Donk, “ li pwoche e li touche branka a ” e li rebay jennonm nan lavi. Sa k pase apre ? Jezi pa t mande jennonm nan pou l vin jwenn gwo foul la ki t ap vwayaje avè L la. Okontrè, Jezi “ remèt li bay manman l ”, li fè yo vin fòme yon fanmi ankò e li asire l vèv la gen yon moun pou pran swen l. — Lik 7:11-15.
Pran inisyativ ede moun ki nan bezwen.
13. Ki jan nou ka imite Jezi lè nou pran inisyativ ki apwopriye pou nou ede moun ki nan bezwen ?
13 Ki jan nou ka suiv egzanp Jezi ? Natirèlman, nou pa ka fè mirak pou nou bay moun manje, ni nonplis nou pa ka resisite mò. Sepandan, nou ka imite Jezi lè nou pran inisyativ ede moun ki nan nesesite. Yon kwayan parèy nou gendwa ap soufri akoz gwo pèt li fè nan domèn ekonomik, oswa poutèt li pèdi djòb li (1 Jan 3:17). Mezon yon vèv gendwa bezwen yon reparasyon ann ijans (Jak 1:27). Nou gendwa konnen yon fanmi ki gen moun ki mouri e ki bezwen rekonfò oswa yon èd pratik (1 Tesalonisyen 5:11). Si nou remake gen moun ki nan difikilte toutbonvre, nou pa bezwen tann yo vin adrese nou anvan nou ofri yo èd nou (Pwovèb 3:27). Konpasyon pral pouse nou pran inisyativ ki apwopriye pou nou pote èd nou, depi sitiyasyon nou pèmèt sa. Pa janm bliye yon senp aksyon ki demontre bonte oswa kèk pawòl rekonfò nou di ak tout kè nou se kapab kèk fason pisan pou nou demontre konpasyon. — Kolosyen 3:12.
Konpasyon te pouse l preche
14. Poukisa Jezi te bay travay predikasyon bon nouvèl la priyorite ?
14 Jan nou te wè sa nan seksyon 2 liv sa a, Jezi te bay yon egzanp ki estrawòdinè nan preche bon nouvèl la. Li te di : “ Fòk mwen al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a, paske se pou sa yo te voye m. ” (Lik 4:43). Poukisa li te bay travay sa a priyorite ? Toudabò, se akoz lanmou li pou Bondye. Men, Jezi te gen yon lòt motivasyon : se konpasyon sensè li te santi ki te pouse l fè fas ak bezwen espirityèl lòt moun. Pami tout fason li te demontre konpasyon, pa t genyen ki te pi enpòtan pase satisfè grangou espirityèl moun yo. Annou egzamine de evènman ki montre ki pwennvi Jezi te genyen anrapò ak moun li te konn preche yo. Yon refleksyon konsa ka ede nou analize sa ki motive nou patisipe nan ministè a.
15, 16. Dekri de evènman ki revele pwennvi Jezi te genyen anrapò ak moun li te konn preche yo.
15 Nan ane 31 epòk nou an, apre anviwon dezan kote Jezi te travay trè di nan ministè a, li te etann efò li lè li kòmanse “ siyonnen tout vil ak tout bouk ” nan Galile. Sa l te wè te touche kè li. Men sa apot Matye rapòte : “ Lè l te wè foul moun yo, li te gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te gaye tankou mouton ki san bèje. ” (Matye 9:35, 36). Jezi te gen konpasyon pou pèp la. Li te byen okouran yo nan yon kondisyon espirityèl mizerab. Li te konnen chèf relijye yo te maltrete yo, wi, yo menm ki te dwe pran swen yo a, se yo menm ankò ki te neglije yo konplètman. Konpasyon te pouse Jezi travay di pou l touche moun yo ak yon mesaj ki bay espwa. Sa moun yo te plis bezwen, se te bon nouvèl Wayòm Bondye a.
16 Gen yon bagay menm jan an ki te rive kèk mwa apre sa, nan zòn Pak ane 32 epòk nou an. Nan okazyon sa a, Jezi ak apot li yo anbake nan yon bato e yo travèse lanmè Galile, y ap chèche yon kote trankil pou yo repoze. Men, yon foul moun kouri sou plaj la e yo rive pa lòtbò lanmè a anvan bato a. Ki jan Jezi te reyaji ? “ Etan li t ap soti, li te wè yon gwo foul moun, men li te santi l gen pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki san bèje. E li te kòmanse anseye yo anpil bagay. ” (Mak 6:31-34). La ankò, Jezi te ‘ pran pitye pou yo ’ akoz kondisyon grangou espirityèl pèp la te twouve l. Tankou “ mouton ki san bèje ”, yo te nan grangou espirityèlman e yo te lage yo pou yo pran swen tèt yo poukont yo. Se konpasyon ki te pouse Jezi preche, se pa t senpleman paske l te santi l oblije fè sa.
Preche avèk konpasyon.
17, 18. a) Ki sa ki motive nou pou nou patisipe nan ministè a ? b) Ki jan nou ka kiltive konpasyon pou lòt moun ?
17 Antanke moun k ap suiv Jezi, ki sa ki motive nou pou nou patisipe nan ministè a ? Jan nou te wè sa nan chapit 9 liv sa a, nou gen yon misyon, yon responsablite : preche epi fè disip (Matye 28:19, 20 ; 1 Korentyen 9:16). Sepandan, motivasyon nou pou nou patisipe nan travay sa a dwe ale pi lwen pase yon senp obligasyon. Plis pase tout lòt bagay, se lanmou nou genyen pou Jewova ki pouse nou preche bon nouvèl Wayòm li an. Epitou, n ap preche paske nou gen konpasyon pou sila yo ki pa gen menm kwayans avèk nou (Mak 12:28-31). Donk, ki jan nou ka kiltive konpasyon pou lòt moun ?
18 Nou bezwen wè moun yo menm jan Jezi te wè yo, kòm moun ki ‘ depafini e ki gaye tankou mouton ki san bèje ’. Imajine ou jwenn yon timouton ki pèdi e ki pa gen espwa rejwenn twoupo a. Piske l pa jwenn yon bèje pou mennen l kote ki gen zèb vèt ak dlo, ti bèt la grangou e li swaf. Èske w pap gen konpasyon pou timouton sa a ? Èske w pap fè tout sa w kapab pou w ba l manje e pou w ba l bwè ? Nou ka konpare timouton sa a ak anpil moun ki poko konnen bon nouvèl la. Fo bèje relijye yo neglije yo, moun yo grangou e yo swaf espirityèlman, e yo pa gen yon espwa reyèl pou lavni. Nou gen sa yo bezwen an : manje espirityèl nourisan ak dlo fre laverite nou jwenn nan Pawòl Bondye a (Izayi 55:1, 2). Lè n ap reflechi sou bezwen espirityèl moun ki antoure nou yo, nou santi nou gen konpasyon pou yo. Si, menm jan ak Jezi, nou sousye nou anpil de moun yo, n ap fè tout sa nou kapab pou nou pataje esperans Wayòm nan avèk yo.
19. Ki sa nou ka fè pou nou ede yon etidyan Labib ki kalifye pou l patisipe nan ministè a ?
19 Ki jan nou ka ede lòt moun suiv egzanp Jezi ? Annou sipoze nou vle ankouraje yon etidyan Labib ki ranpli kondisyon pou sa, pou l kòmanse patisipe nan travay predikasyon an. Oswa petèt nou vle ede yon moun ki inaktif pou l rekòmanse patisipe anplen nan ministè a. Ki jan nou ka ede yo ? Nou bezwen touche kè yo. Sonje sa, anvan Jezi te anseye moun yo, li te ‘ pran pitye pou yo ’. (Mak 6:34.) Donk, si nou ka ede yo kiltive konpasyon, kè yo ka byen pouse yo vin menm jan ak Jezi e li ka pouse yo pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Nou ta ka mande yo : “ Nan ki sans lefètke w te aksepte mesaj Wayòm nan, sa te chanje lavi w an byen ? E moun ki poko konn mesaj sa a, èske yo menm tou, yo pa bezwen bon nouvèl la ? Ki sa w ka fè pou w ede yo ? Natirèlman, pi gwo motivasyon k ap pouse yon moun patisipe nan ministè a se lanmou pou Bondye ak dezi li genyen pou l sèvi l.
20. a) Ki sa suiv Jezi mande ? b) Ki sa n ap egzamine nan chapit ki vin apre a ?
20 Suiv Jezi mande plis pase annik repete pawòl li yo epi kopye sa l te fè. Nou bezwen kiltive menm “ etadespri ” li te genyen an (Filipyen 2:5). Donk, nou ka vrèman rekonesan dèske Bib la revele nou panse ak santiman ki dèyè pawòl ak aksyon Jezi yo. Lè nou vin abitye ak “ etadespri ki te nan Kris ” la, n ap pi byen ekipe pou nou kiltive sansiblite ak konpasyon sensè e konsa n ap ka trete moun fason Jezi te konn trete moun an jeneral (1 Korentyen 2:16). Nan chapit ki vin apre a, nou pral egzamine divès fason Jezi te konn montre lanmou pou disip li yo an patikilye.
a Dapre sa yo fè konnen, mo grèk lè yo tradui l yo mete “ pran pitye ” pou li a se youn nan mo ki pi pisan nan lang grèk la pou eksprime santiman konpasyon. Selon yon liv, mo sa a endike “ nonsèlman mete yon moun mete l nan plas yon moun k ap soufri, men tou li endike gwo anvi li genyen pou l soulaje soufrans lan e pou l retire l ”.
b Adjektif grèk ki bay mo “ senpati ” a vle di literalman “ soufri avèk ”.