BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 3 p. 6-7
  • Mete w nan plas lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mete w nan plas lòt moun
  • Reveye n! — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Pwoblèm nan
  • Prensip Bib la bay
  • Poukisa l itil pou n mete n nan plas lòt moun?
  • Men sa w ka fè
  • Mete nou nan plas lòt moun
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Èske Bondye konn mete l nan plas moun?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Fanmi ak zanmi
    Reveye n! — 2019
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Mete kouraj sou nou pou nou pale konsènan Wayòm nan
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 3 p. 6-7
Yon mesye ki blan ak yon mesye ki nan relijyon sik ki chita youn bò kote lòt nan yon avyon. Yo kontan pale youn ak lòt.

Mete w nan plas lòt moun

Pwoblèm nan

Si nou sèlman ret ap reflechi sou diferans ki genyen ant nou menm ak lòt moun, nou ka panse diferans sa yo se feblès oswa defo. Anfèt, sa gendwa fè n panse nou siperyè lòt moun yo. Depi n fin gen panse negatif konsa sou lòt moun, li vin difisil pou n mete n nan plas yo. Lè n pa rive mete n nan plas lòt moun, sa ka montre n gen yon pi gwo pwoblèm, ki se prejije.

Prensip Bib la bay

“Rejwi ak moun k ap rejwi. Kriye ak moun k ap kriye.” — WOMEN 12:15.

Sa sa vle di? Nou ka di pawòl ki nan prensip sa a nan kèk mo sèlman: mete n nan plas lòt moun. Konsa, nou gen posiblite pou n santi sa yon lòt moun santi.

Poukisa l itil pou n mete n nan plas lòt moun?

Lè n mete n nan plas yon moun, nou vin konprann jan n gen anpil bagay ki sanble ak moun sa a. Nou konprann li ka santi l menm jan n santi nou e li ka reyaji menm jan avè n. Lè n mete n nan plas lòt moun, sa fè n wè, kèlkeswa sa n ye, nou tout se yon sèl fanmi. Plis nou pran tan pou n reflechi sou jan n sanble ak yo, se plis nou ka pa kouri mal jije yo.

Lè n mete n nan plas lòt moun, sa ap pouse n respekte yo tou. Anne-Marie, ki soti Senegal, te konn meprize yon gwoup moun anpil moun te panse ki pi ba nan sosyete a. Fason l te mete l nan plas lòt moun te ede l. Men sa l di sou sa: “Lè m t ap gade pwoblèm gwoup ki pi ba yo t ap rankontre, m te mande tèt mwen ki jan m t ap santi m si m te nan plas yo. Sa te fè m ap reflechi sou swadizan pi gwo pozisyon m te genyen an, se pa yon bagay m te ni chwazi ni achte.” Wi, si n chèche konprann fason lòt moun ap lite ak yon pwoblèm, sandout, n ap pi byen konprann yo, olye n kritike yo.

Men sa w ka fè

Gade pi lwen pase diferans yo epi chèche ki sa k sanble ant ou menm ak  gwoup moun ou mal wè a. Pa egzanp, panse sou jan yo santi yo lè:

Lè n mete n nan plas lòt moun, sa fè n wè nou tout se yon sèl fanmi.

  • y ap manje ak fanmi yo

  • yo fin fè yon jounen ap travay di

  • y ap pase tan ak zanmi yo

  • y ap koute mizik yo renmen

Ansuit, chèche mete w nan plas yo. Poze tèt ou kesyon sa yo:

  • ‘Ki jan m t ap reyaji si yon moun ta fè m santi m pa vo anyen?’

  • ‘Ki jan m t ap santi m si lòt moun ta jije m san yo pa chèche konnen m?’

  • ‘Si m te nan gwoup moun yo meprize a, ki jan m t ap renmen lòt moun konsidere m?’

Menm mesye ki blan an ak mesye ki nan relijyon sik la k ap pataje foto sou bagay yo genyen ki menm, tankou fanmi, spò ak travay.

Egzanp ki pase toutbon: Robert (Sengapou)

“Lontan, m te panse moun ki bèbè yo dwòl, yo pa entelijan e yo fache pou tikrik tikrak. Se sa k fè m pa t pran pa ak yo. Men, m pa t panse se prejije m te genyen, piske sa pa t fè okenn moun mal.

“Lè m te aprann mete m nan plas bèbè yo, sa te ede m konbat prejije m te genyen an. Pa egzanp, m te gen enpresyon moun ki bèbè yo pa entelijan, paske lè m ap pale avèk yo, y ap gade m yon fason dwòl. Donk, pou m te mete n nan plas yo, m te eseye imajine ki jan m t ap santi m, si m pa t ka tande yon moun k ap pale avè m. Pa gen dout, m t ap gade l yon fason ki dwòl! Menmsi m ta gen yon bagay pou ede m tande l, vizaj mwen te ka montre l se ‘anpil efò m ap fè pou m konprann’, an reyalite, se anpil efò m t ap fè pou m tande l.

“Piske m te mete m nan plas moun ki bèbè yo, prejije m yo te vole y ale.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje