BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g21 no 1 p. 6-7
  • Konsèy saj pou ede n viv anpè ak lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Konsèy saj pou ede n viv anpè ak lòt moun
  • Reveye n! — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Aprann padone
  • Se pou nou gen imilite ak respè
  • Nou pa dwe gen patipri
  • Se pou nou gen tanperaman dou
  • Se pou n renmen bay e se pou n gen rekonesans
  • Moun ki renmen bay se moun ki gen kè kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Se pou youn padone lòt ak tout kè l
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Fanmi ak zanmi
    Reveye n! — 2019
  • Pa fè “tipiti sa yo” bite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Reveye n! — 2021
g21 no 1 p. 6-7
Yon fanmi k ap akeyi moun yo envite vin manje lakay yo.

Konsèy saj pou ede n viv anpè ak lòt moun

Kreyatè nou an di nou fason nou ka viv anpè avèk lòt moun, kit se lakay nou, nan travay nou oswa ak zanmi nou. Pa egzanp, gade kèk konsèy saj li bay anpil moun te reyisi aplike nan lavi yo.

Aprann padone

“Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt [...] se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l.” — KOLOSYEN 3:13.

Nou tout konn fè erè. Nou ka fè lòt moun fache oswa lòt moun ka fè nou fache. Kèlkeswa sitiyasyon an, nou tout bezwen padone lòt moun e nou bezwen lòt moun padone nou. Lè nou padone, nou pa kenbe rankin kont lòt moun ki te fè nou fache a. Nou pa dwe “rann pèsonn mal pou mal,” ni nou pa dwe ap plede fè moun nan sonje erè li yo oswa feblès li yo (Women 12:17). Men e si nou tèlman fache, sa fè nou pa ka sispann panse ak sa k te pase a? Nan ka sa a, nou bezwen pale ak moun nan avèk respè konsènan pwoblèm nan poukont nou. Objektif nou se pou nou fè lapè, se pa pou nou genyen diskisyon an. — Women 12:18.

Se pou nou gen imilite ak respè

“Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” — FILIPYEN 2:3.

Lè nou gen imilite ak respè, moun ap kontan viv bò kote nou. Yo konnen n ap gen bonte ak konsiderasyon pou yo e nou pap pran plezi blese santiman yo. Men si nou panse nou pi enpòtan pase lòt moun oswa nou toujou ap ensiste pou bagay yo fèt jan nou vle a, sa ka mennen nan diskisyon ak lòt kalite pwoblèm. Moun ap evite nou, e n ap gen sèlman kèk zanmi oswa nou pa gen ditou.

Nou pa dwe gen patipri

“Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — TRAVAY 10:34, 35.

Kreyatè nou an pa bay yon moun plis valè pase yon lòt akoz nasyonalite l, lang li, nivo sosyal li oswa koulè po l. “Li sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon.” ​(Travay 17:26). Donk nan sans sa a, tout moun se frè ak sè. Lè nou trete lòt moun ak diyite e ak bonte, nou fè yo kontan, nou menm tou nou kontan e nou fè Kreyatè nou an plezi.

Se pou nou gen tanperaman dou

“Se pou nou abiye nou [...] ak dousè.” — KOLOSYEN 3:12.

Lè nou gen tanperaman dou, nou mete lòt moun alèz. Yo santi yo alèz pou yo pale avèk nou, e menm pou yo korije nou paske yo konnen n ap rete kalm. Lè yon moun fache avèk nou, repons dous nou bay kapab kalme moun nan. Men sa Pwovèb 15:1 di: “Yon repons ki dous kalme kòlè, men, yon pawòl ki rèd fè moun an kòlè.”

Se pou n renmen bay e se pou n gen rekonesans

“Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — TRAVAY 20:35.

Jodi a, anpil moun ava e yo panse ak tèt yo sèlman. Men moun ki gen vrè kè kontan an se moun ki renmen bay (Lik 6:38). Moun ki renmen bay yo gen kè kontan paske yo renmen moun plis pase bagay materyèl. Kalite lanmou sa a pouse yo gen rekonesans e li fè yo montre apresyasyon yo lè lòt moun ba yo yon bagay (Kolosyen 3:15). Mande tèt ou, ‘ak ki moun mwen ta renmen pase tan m, avèk moun ki chich e ki engra oswa avèk moun ki renmen bay e ki rekonesan?’ Sa sa aprann nou? Nou dwe vin kalite moun nou ta renmen lòt moun yo ye a. — Matye 7:12.

M pa panse m pi enpòtan pase lòt moun ankò

“Bib la di: ‘konsidere lòt moun menm jan nou konsidere tèt nou [...] Pinga nou vin saj nan pwòp je pa nou.’” ​(Women 12:16). “Konsèy sa yo te ede m goumen ak ògèy ak tandans pou m panse m pi enpòtan pase lòt moun. M pa konsidere gwoup etnik mwen an pi bon pase lòt yo ankò, e m pa panse m pi enpòtan pase moun ki nan lòt relijyon yo. Epitou, m vin pi amikal e m pi dispoze salye lòt moun.” — Asha.

Asha.

Aprann plis:

Pou w jwenn plis konsèy pratik sou fason pou w amelyore relasyon w ak lòt moun, ale sou sit jw.org, epi ale nan seksyon SA BIB LA ANSEYE > LAPÈ AK KÈ KONTAN > RELASYON NOU AK LÒT MOUN.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje