BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/06 p. 4
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Yon asanble sikonskripsyon k ap ede nou prezève espirityalite nou
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • ‘Manje ki sèvi nan bon moman’
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Pwoteje lespri nou
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 8/06 p. 4

Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Monn nan ta vle fè nou kwè sistèm de choz ki la jodi a ap dire pou toutan. Sepandan, Pawòl Bondye a di nou lekontrè (1 Jan 2:15-17). Li ede nou konprann se vanite pou nou chèche ‘ sere trezò sou tè a ’. Nan objektif pou fòtifye pèp Bondye a, pwogram asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2007 la ap devlope tèm sa a : “ Sere trezò [...] nan syèl la. ” — Mat. 6:19, 20.

Etadespri materyalis fè pati bagay Efezyen 2:2 rele “ otorite lè a, lespri k ap aji kounye a nan pitit dezobeyisans yo ”. (1 Kor. 2:12.) Menm jan lè a tout kote, e nou respire l fasilman, se menm jan an “ lespri monn nan ” gaye tout kote nan sistèm sa a (1 Kor. 2:12). Piske li gen yon kokenn enfliyans, yo di li gen “ otorite ”. Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an ap ede nou evite etadespri materyalis monn nan e l ap ede nou kenbe lespri nou fikse sou priyorite nou yo (Mat. 6:33). Anplis de sa, pwogram nan ap ede nou konte sou Jewova toutpandan n ap akonpli ministè nou malgre presyon ak eprèv nou ta ka rankontre.

Fè tout sa nou kapab pou nou la pandan de jou sa yo e pou nou bay “ yon atansyon ki plis pase sa nou abitye bay ”. (Ebre 2:1.) Pran ti nòt tou kout sou pwen nou kapab aplike pèsonèlman nan lavi nou e nan ministè nou. Si nou la depi nan kòmansman pwogram espirityèl anrichisan sa a pou rive jis nan fen l, n ap jwenn ankourajman ak fòs pou nou kontinye ‘ sere trezò nan syèl la ’ !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje