‘ Ki jan y ap fè tande ? ’
1 Jezi te ensiste ap di : “ Fòk toudabò, yo preche bon nouvèl la nan tout nasyon. ” (Mak 13:10). Malgre tout efò n ap fè, toujou gen plizyè santèn milyon moun ki poko janm jwenn temwayaj pa yo. Gen kèk gouvènman ki soti pou frennen travay nou an. Nan anpil peyi, popilasyon yo kontinye ap miltipliye rapid rapid. Donk, ‘ ki jan y ap fè tande ? ’ — Wom. 10:14.
2 Fè Jewova konfyans : Nou dwe sonje Jewova konnen sa ki nan kè tout moun. Kèlkeswa sitiyasyon yon moun, si l ap chèche laverite sou Bondye ak tout kè l, l ap jwenn li. — 1 Kwo. 28:9.
3 Kè Abraram t ap kase konsènan moun Sodòm ak moun Gomò yo. Men, Bondye te ba l garanti li pa t apral detwi moun Sodòm yo, menmsi se sèlman dis moun k ap mache dwat li ta jwenn anndan vil sa a (Jen. 18:20, 23, 25, 32). Jewova pa t janm detwi moun ki mache nan ladwati ansanm ak mechan, tankou nou wè sa lè l te delivre Lòt ak pitit fi li yo. — 2 Pyè 2:6-9.
4 Te gen yon lè, Eliya te panse se li menm sèl ki t ap sèvi vrè Bondye a. Toutfwa, Jewova te ba l asirans li pa t pou kont li, e li te fè l konnen travay li te kòmanse a pa t ap kanpe nan wout (1 Wa 19:14-18). E sitiyasyon n ap viv jounen jodi a ?
5 Rete okipe nan sèvis Bondye : Nou pa konnen jis nan ki pwen travay predikasyon an dwe kontinye toujou. Se Jewova ki responsab travay sa a, e l ap sèvi ak zanj li yo pou l sipèvize l (Rev. 14:6, 7). Se li menm ki la pou deside jis nan ki pwen nou dwe preche moun ki nan tout nasyon. Si Jewova vle, li ka fè yon jan pou nou rive simaye mesaj Wayòm nan yon fason nou pa t prevwa. Nan konsa, plis moun toujou ap ‘ tande pawòl bon nouvèl la, e y ap kwè ’. (Tra. 15:7.) Fason Jewova ap aji a byen kadre ak pèsonalite l, piske li se yon Bondye ki gen lanmou, ki saj e ki jis.
6 Se yon bèl privilèj nou genyen pou nou travay ann amoni ak volonte Jewova, etan n ap fè sa n kapab pou nou pèmèt tout moun tande bon nouvèl la. — 1 Kor. 9:16.