Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 14 janvye
Kantik 3
10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè konvèsasyon sou kare ki di : “ Se moman pou nou konstwi plis Sal Wayòm. ”
25 min : Annou tire pwofi nan bonjan dispozisyon ki la pou ede nou. Yon ansyen ki kalifye ap pale sou sa yo prevwa fè pou yo ede frè yo, lè yo gen pou pran desizyon nan domèn lasante. Pami dispozisyon sa yo, n ap site kat ki rele “ Instructions médicales prévisionnelles/Décharge ” la, epi atik ki nan ribrik “ Questions des lecteurs ” nan La Tour de Garde 15 jen 2000, ak La Tour de Garde 15 oktòb 2000. Chak kongregasyon ta dwe gen kont kat “ Instructions médicales prévisionnelles/Décharge ” nan estòk li. Apre reyinyon an, Temwen batize yo ap ka resevwa yon kat tounèf. Nou pa dwe ranpli kat sa a tousuit. Apre mèt kat la fin mete dat sou kat la, ni li, ni moun ki sèvi l temwen yo ap siyen kat la nan etid liv k ap fèt apre reyinyon sa a. Si sa nesesè, kondiktè etid liv la ap bay koutmen pou ranpli kat la. Mèt kat la dwe siyen l devan temwen yo. Si pwoklamatè ki poko batize yo vle, yo kapab kopye sou kat la, selon sitiyasyon yo ak konviksyon pèsonèl yo. Yo ka ekri enstriksyon ni pou yo ni pou pitit yo. Ensiste pou w fè konnen li saj pou nou pran devan nan desizyon ki konsène lasante, selon sa konsyans nou ki jwenn fòmasyon nan Bib la dikte nou (Pwovèb 27:12 ; 14:15). Li enpòtan pou nou fè yon ti pale alavans avèk medsen yo. Nan konvèsasyon an, n ap eksplike aklè ki tretman ak ki medikaman nou aksepte. Li esansyèl pou nou etidye kesyon an seryezman, pou n ka pran bonjan desizyon. Fè efò pou nou li paragraf apwopriye ki nan atik La Tour de Garde nou sot site la yo. Se vre, ansyen yo byen dispoze ede frè yo, men, yo pa ka pran desizyon nan plas yo. Eksplike ki diferan fason frè yo ka bay dokiman ekri ki fè konnen desizyon yo pran.
10 min : “ Jan pou nou prezante peryodik yo. ” Fè demonstrasyon, kote yo ofri La Tour de Garde 15 janvye ak Réveillez-vous ! 22 janvye. Si nou poko resevwa nimewo sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo. Ankouraje tout pwoklamatè pou yo soutni aktivite jounen peryodik.
Kantik 55 ak priyè final.
Semèn 21 janvye
Kantik 104
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè konvèsasyon sou kare ki di “ Mete kichòy akote. ”
13 min : Èske w fè tèks pou jounen an chak jou ? Yon fanmi vle pwofite tèks pou jounen an pi plis toujou. Pou yo fè sa, nan yon konvèsasyon, y ap egzamine § 13-14 ki nan paj 18 La Tour de Garde 15 desanm 1996. Fè yon ti repase sou de oswa twa tèks nou te egzamine sa pa gen twò lontan, epi eksplike ki jan enfòmasyon sa yo bon pou nou. Ensiste pou fè tout moun konprann, dispozisyon sa a ta dwe fè pati pwogram etid familyal la ki la pou ede yo rete aktif espirityèlman.
22 min : “ Kontinye bay Wayòm nan premye plas. ” a Sèvi avèk kèk kesyon sou prensipal pwen nou jwenn nan paj 19-21 La Tour de Garde 1ye septanm 1998.
Kantik 168 ak priyè final.
Semèn 28 janvye
Kantik 196
10 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa janvye. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou w fè de demonstrasyon. Nan youn, y ap prezante La Tour de Garde 1ye fevriye. Nan lòt la, y ap prezante Réveillez-vous ! 8 fevriye. Si nou poko resevwa nimewo sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo. Pale de ki piblikasyon n ap ofri pou mwa fevriye a. Fè konnen ki liv kongregasyon an genyen nan estòk li.
20 min : “ Paran — Bay pitit ou fòmasyon depi yo toupiti. ” b Fè kèk kòmantè daprè sa ki nan paj 32 La Tour de Garde 15 avril 1998. Envite paran yo pou yo rakonte bonjan rezilta yo jwenn lè yo kòmanse fòme pitit yo nan domèn espirityèl depi yo toupiti.
15 min : Bezwen kongregasyon an. Envite pwoklamatè yo pou yo rakonte eksperyans yo te fè, swa pandan yo t ap sèvi avèk liv Comment raisonner a, swa pandan yo t ap ofri bwochi apwopriye ki reponn kesyon moun yo ap poze. Mande yo rakonte eksperyans yo te fè pandan yo t ap sèvi ak Bib la pou yo rekonfòte moun yo avèk bwochi Quand la mort frappe un être aimé a. Petèt ou kapab prezante youn oswa de eksperyans jan sa te pase.
Kantik 202 ak priyè final.
Semèn 4 fevriye
Kantik 212
8 min : Anons lokal.
17 min : “ Ki jan y ap fè tande ? ” c Mande oditwa a fè kòmantè sou ki jan yo ka aplike vèsè yo. Sèvi ak kesyon ki nan La Tour de Garde 15 out 1998, paj 20, § 17-18.
20 min : “ Entwodiksyon yo ban nou pou predikasyon. ” Siveyan sèvis la ap fè konvèsasyon ak oditwa a. Paj mitan sa a gen entwodiksyon ki te deja parèt nan ansyen Ministè Wayòm. Gen lòt entwodiksyon ki fèk parèt. Liy blanch yo la pou nou ekri lòt sijesyon n ap jwenn pi devan, e ki byen apwopriye pou tèritwa a. Envite moun nan oditwa a di ki entwodiksyon yo pi renmen e poukisa. Fè demonstrasyon ak youn oswa de nan entwodiksyon yo, nou panse k ap itil nou pou nou ofri piblikasyon an fevriye. Ankouraje tout pwoklamatè pou yo sere paj mitan sa a, pou yo pa neglije sèvi avè l lè y ap prepare yo pou y al preche.
Kantik 224 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.