BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/03 p. 3
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • “Se pou andirans lan fin fè travay li nèt”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • “ Reflechi seryezman sou moun sa a ki te andire ” a
    “Vin suiv mwen”
  • Rete atache ak òganizasyon Jewova a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 7/03 p. 3

Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

1 Jezi, Mèt nou an, te predi disip li yo t ap jwenn tribilasyon (Mat. 24:9). Ki jan nou ta dwe konsidere eprèv nou rankontre yo ? Ki sa k ap pèmèt nou andire anba tribilasyon ? Pwogram asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2004 la pral reponn kesyon sa yo. Men tèm asanble a : “ Rejwi nan esperans nou. Andire anba tribilasyon. ” — Wom. 12:12.

2 De senpozyòm : Premye senpozyòm nan gen tit sa a : “ Pwodui fwi avèk andirans. ” Nan senpozyòm sa a, yo pral egzamine divès fason nou pwodui fwi. Yo pral fè entèvyou ak plizyè pwoklamatè sou fason yo preche, sou fason yo anseye pandan yo toujou gen nan lespri yo y ap viv nan yon tan ki ijan. Paran yo an patikilye ap bezwen suiv sa ki pral di nan diskou sa a : “ Lè se Jewova ki disipline nou. ” Ladan l, yo pral pale sou fason paran yo ka rezone avèk pitit yo. Dènye oratè nan senpozyòm nan pral ensiste sou sa nou dwe fè pou nou pa kite monn nan detenn sou nou ni pou l fè nou sispann pwodui fwi. — Mak 4:19.

3 “ Kouri nan kous la avèk andirans ” se tèm dezyèm senpozyòm nan. Li pral demontre kòman lavi nou se tankou yon kous. Poukisa nou dwe kouri selon règ ki fikse yo ? Ki jan pou nou reyisi voye tout pwa jete e ki jan nou ka fè pou nou pa faya nan kous pou lavi a ? Nou pral jwenn konsèy biblik ki apwopriye pou moman n ap viv la e sa pral ede nou kontinye kouri avèk andirans.

4 Andirans fè nou jwenn apwobasyon Bondye : Diskou siveyan itineran yo ap fòtifye fwa moun ki tande konsèy e ki aplike yo. Youn nan diskou siveyan distri a ap gen tèm sa a : “ Andirans ap fè nou vin nan yon sitiyasyon kote yo apwouve nou. ” Diskou piblik la pral reponn kesyon sa yo : Nan non kiyès pou nasyon yo mete espwa yo, e ki sa sa mande lè yo fè sa ? Diskou final la pral egzamine kòman Jezi te andire enjistis san l pa t vin egri. Men tèm li : “ Grasa andirans, n ap genyen nanm nou. ”

5 Sonje pote liv École du Ministère la ak tout Toudegad n ap etidye pou semèn nan. Pran nòt pou nou ka rete konsantre, nòt k ap itil nou. Pi devan, ap gen yon revizyon sou pwogram asanble a nan kongregasyon an.

6 Se Jewova menm ki prepare festen espirityèl sa a. Vin manje ! N ap santi yon jwa san parèy si nou la pou nou pwofite tout pwogram nan. — Iza. 65:14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje