BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/05 p. 4-5
  • Louwe Jewova nan gran kongregasyon an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Louwe Jewova nan gran kongregasyon an
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Kontinye tann Jewova
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Suiv Kris lè nou aji yon fason ki diy
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Yon okazyon pou nou nouri nou espirityèlman e pou nou rejwi
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Kongrè distri: Yon moman pou nou adore Bondye ak kè kontan
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 4/05 p. 4-5

Louwe Jewova nan gran kongregasyon an

1, 2. Kongrè distri a ban nou okasyon fè ki sa ? Bay kèk fason nou kapab fè sa.

1 Chak ane, kongrè distri nou yo ban nou yon bèl okazyon pou nou bay Jewova glwa. Nou gen menm santiman ak David ki te di pawòl sa yo nan yon chante : “ M ap louwe w nan gran kongregasyon an ; nan mitan anpil moun m ap ba w louwanj. ” ​(Sòm 35:18). Nan kongrè distri k ap vini an : “ Obeyisans ki onore Bondye ”, ki jan nou ka sèten n ap bay Jewova louwanj antanke pèp ki gen tèt ansanm ?

2 Youn nan fason nou ka fè sa, se pa mwayen konduit nou. Men sa responsab yon lokal moun lwe pou òganize kongrè te di : “ Nou baze nou sou kongrè nou yo, epi nou di lòt gwoup relijye ki vle lwe lokal la pou yo vin gade ki jan Temwen Jewova yo òganize kongrè, etandone yo fè sa yon fason ki pafè ”. Grasa teni nou, kowoperasyon nou ak konduit nou, nou chak patisipe pou moun kontinye fè bèl deklarasyon konsa ki fè elòj, deklarasyon ki nòmalman se pou Bondye. — 1 Pyè 2:12.

3, 4. Ki jan modesti ede nou abiye yon fason ki konvnab pou yon minis kretyen, kit se nan kongrè a kit se apre sesyon yo ?

3 Teni : Pou nou bay Jewova louwanj nan abiman ak nan aparans nou, sa mande modesti (1 Tim. 2:9). Men sa Liv École du Ministère la di nan paj 132 : “ Yon moun ki modès pran prekosyon pou li pa ofanse lòt moun initilman e pou li pa atire atansyon sou li menm pou fè pale de li. ” Nan anpil peyi, fason moun abiye ki pa modès tounen yon bagay ki kouran. Sepandan, Jewova apresye efò n ap fè pou nou reprezante l yon fason ki kòrèk (Tra. 15:14). Byenke yo kapab òganize kongrè a nan yon sant espòtif oswa nan yon lokal kote moun pran detant, rasanbleman an tounen pou nou yon “ gran kongregasyon ” toule twa jou kongrè a. Donk, pandan nou rasanble devan Jewova, nou dwe abiye nou nan fason diy pi gran Pèsonaj nan inivè a merite a. — 1 Kwo. 29:11.

4 Nou dwe veye tou sou teni nou apre dènye sesyon an, chak jou. Menm lè nou ka anvi abiye yon fason pou nou santi nou pi alèz nan moman detant oswa pandan n ap pran yon repa nan yon restoran, li enpòtan pou nou abiye nou yon fason ki konvnab pou “ moun ki di yo gen respè pou Bondye ”. (1 Tim. 2:10.) Abiman ki akseptab pa depann de abiman ki alamòd nan monn nan (1 Jan 2:16, 17). Piblikasyon nou yo montre foto ki ka ede nou, kote gason ak fi abiye yon fason ki modès nan yon teni ki kòrèk nan divès okazyon. Lè nou pote ensiy nou yo nan vil kote yo òganize kongrè a, sa ap fè moun sonje se minis kretyen nou ye tout tan. — 2 Kor. 6:3, 4.

5, 6. Ki jan nou ka montre respè pou tab espirityèl Jewova a ?

5 Respè pou tab Jewova a : Souvren Seyè linivè a mete yon festen manje devan nou (Iza. 25:6 ; 1 Kor. 10:21). Si nou gen anpil apresyasyon pou plas nou genyen arebò tab espirityèl Jewova a, n ap gen kòm objektif pou nou la nan kongrè a toule twa jou yo. Èske w fè aranjman pou lojman, pou transpò, e pou w jwenn konje nan travay ou ? Èske w prevwa ase tan pou w prepare w epi ase tan pou w fè vwayaj la, pou w rive byen bonè nan lokal kongrè a, yon fason pou w jwenn plas, pou w rejwenn frè w yo, epi pou w bay Jewova louwanj avèk yo nan kantik yo chante ak nan priyè yo fè pou kòmanse a ? — Sòm 147:1.

6 Respè pou tab Jewova a ap pouse nou suiv pwogram nan avèk atansyon epi evite pale san nesesite ak lòt moun, manje, oubyen mache nan koulwa yo. Grasa esklav fidèl ki prevwayan an, Jewova ban nou manje espirityèl nou bezwen kounye a (Mat. 24:45). Pèsonn pa dwe pèdi anyen nan manje espirityèl k ap bay la. Paran yo dwe chita ak pitit yo epi ede yo pou yo tire pwofi o maksimòm. — Det. 31:12.

7. Ki sa yo mande pou nou fè lè pou nou pran repa, e poukisa ?

7 Nan kongrè distri ki te fèt ane pase a, yo te mande pou nou pote manje nou olye pou nou soti deyò al achte nan men machann yo. Pifò kongresis yo te suiv enstriksyon sa a. Nou felisite yo anpil. Ala bèl sa ta bèl si tout moun te kapab fè menm jan an ane sa a (Ebre 13:17) ! N ap aji yon fason pou nou pa ankouraje machann manje kuit ak lòt machann ankò vin fè pil arebò kote n ap fè kongrè a. Yon anbyans konsa pa onore Jewova, Bondye nou an ki chaje ak diyite. Èske nou sonje jan Jezi te reyaji lè kèk Juif te fè tanp lan tounen yon mezon komès ? Jezi te kanpe kont aktivite sa a, li te kondane l aklè avèk fèmte (Jan 2:14-17). Pou jan Jezi te reyaji a, èske nou panse sa t ap janm vin nan lide l pou l ta achte nan men moun sa yo ? Menm jan an tou, si Jezi te sou tè a e li ta vin nan yon kongrè, èske nou panse li t ap janm soti al achte nan men machann yo ? Epitou, lè nou pa pèdi tan nou al achte deyò, nou pwofite tan sa a pou nou fòtifye nou grasa anbyans fratènèl agreyab ki genyen nan kongrè a. Sa ban nou bèl okazyon tou pou nou ranfòse anbyans lapè ak inite ki onore Jewova. — Sòm 133:1.

8, 9. Ki okazyon anplis kongrè a ofri nou pou nou bay Jewova louwanj ?

8 Bay temwayaj enfòmèl : Pandan trajè ale retou pou kongrè a, nou genyen plizyè okazyon pou bay Jewova louwanj ak bouch nou (Ebre 13:15). Si n ap manje nan yon restoran, n ap chèche fason pou nou bay temwayaj la. Espri nou ak kè nou pral chaje ak trezò espirityèl n ap jwenn nan kongrè a. Annou pataje bon bagay sa yo ak moun nou rankontre sou wout nou. — 1 Pyè 3:15.

9 N ap tann avèk anpil enpasyans okazyon sa a pou nou beni Jewova “ pami foul moun ki rasanble yo ”. (Sòm 26:12.) Se pou nou louwe Jewova nan tèt ansanm nan kongrè distri “ Obeyisans ki onore Bondye ” a.

[Kare nan paj 5]

Rapèl pou kongrè distri a

◼ Orè : Pwogram nan ap kòmanse apati 9:30 a.m. toule twa jou yo. Pòt yo ap louvri apati 8:00 a.m. Kèk minit anvan sesyon an kòmanse, prezidan an ap chita sou estrad la pandan pwogram mizik lan ap dewoule. Lè sa a, nou tout nou ta dwe chita nan plas nou, konsa pwogram nan ap kòmanse nan lòd ak diyite. Pwogram nan ap fini a 5:05 p.m. nan vandredi ak nan samdi, e l ap fini a 4:10 p.m. nan dimanch.

◼ Rezèvasyon plas : Rezève plas sèlman pou moun ki vwayaje avè w nan menm machin oubyen pou moun ki viv avè w nan menm kay.

◼ Ofrann : Yo fè anpil depans pou òganize kongrè distri a. Nou kapab montre rekonesans nou lè nou depoze ofrann volontè pou travay mondyal la nan bwat ofrann nan Sal Wayòm nan oswa nan kongrè a. Moun k ap bay chèk kòm ofrann dwe fè yo sou non “ Association chrétienne les Témoins de Jéhovah d’Haïti ”.

◼ Repa : Tanpri pote manje nou olye pou nou soti deyò al achte nan men machann yo. Nou ka vin ak ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, anndan lokal kongrè a, yo pap aksepte nou vin ak gwo glasyè, ni ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze, ni ak bwason ki gen alkòl.

◼ Anrejistreman : Moun pa dwe ploge okenn aparèy sou sistèm elektrik ki gen nan lokal la oswa sou sistèm sonorizasyon an, e yo ta dwe sèvi ak aparèy sa yo yon fason pou yo pa deranje lòt moun.

◼ Fè foto : Si w ap fè foto pandan sesyon yo, pa sèvi ak flach.

◼ Pedjè ak telefòn selilè : Pedjè ak telefòn selilè dwe pwograme yon fason pou yo pa distrè lòt moun.

◼ Aksidan ak ijans : Si gen yon ijans medikal nan lokal kongrè a, tanpri kontakte yon manm sèvis akèy ki nan zòn kote w ye a. L ap enfòme sèvis premye sekou a tousuit. Sèvis sa a kapab chèche konnen gravite sitiyasyon an epi li kapab pote èd li.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje