Sèvi ak prezantasyon nou ka adapte
Si nou enterese toutbonvre nan moun yo, sa ap pouse nou fè efò pou nou disène bezwen yo, e sa ap pouse nou montre yo jan Wayòm nan pral rezoud pwoblèm y ap rankontre yo yon fason definitif (Fil. 2:4). Yon prezantasyon anpil pwoklamatè ka adapte e yo twouve ki bay bon rezilta se envite moun yo rankontre yo pou yo pale sou youn nan foto ki reprezante Paradi a nan piblikasyon nou yo, tankou sa ki nan lis ki nan paj sa a, nan kolòn adwat la. Ou ka sèvi ak youn nan entwodiksyon sa yo pou w fè sa :
◼ “ Èske w panse yon lè tout fanmi sou tè a ap rive viv nan yon anviwònman ki tankou sa w ap gade nan foto sa a ? ”
◼ “ Nou tout ta renmen pou pitit nou viv nan yon monn ki sanble ak sa n ap gade nan foto sa a. Men dapre ou menm, ki sa ki nesesè pou sa rive fèt ? ”
◼ “ Sa a se yon foto ki montre jan tè a pral ye lè volonte Bondye va fèt sou tè a menm jan l fèt nan syèl la. Èske w remake kèk bagay nan foto a ki diferan ak jan lavi a ye jodi a ? ”
◼ “ Èske w ta renmen viv nan yon anviwònman ki tankou sa ki nan foto sa a ? [Kite moun nan reponn.] Èske w panse sa ap rive fèt pandan w vivan ? ”
Koute repons moun nan bay avèk anpil atansyon. Apre sa, avèk jantiyès, poze l de oubyen twa lòt kesyon pou nou ka konnen opinyon l. Si gen kèk moun ki di yo pa ta renmen viv nan yon anviwònman ki tankou sa ki nan foto a oubyen si yo di yo pa kwè yon bagay konsa posib, pa prese di yo pa enterese. Avèk tak, mande yo poukisa yo panse konsa. Remak yo fè ka montre an reyalite yo gen anpil sousi konsènan pwoblèm lèzòm ap rankontre ki sanble san solisyon. — Eze. 9:4.
Lè nou disène sa k ap trakase moun nan, adapte prezantasyon nou an selon bezwen l. Ensiste sou aspè nan mesaj Wayòm nan ki plis gen rapò ak bezwen l. Montre l youn oubyen de vèsè ki pale sou sijè k ap trakase l la. (Gade sijesyon ki nan kolòn adwat la.) Ede l wè pèsonèlman sa Pawòl Bondye a di. Si l montre li enterese, ofri l piblikasyon an e pran randevou pou nou retounen vizite l. Kontinye konstwi sou premye konvèsasyon nou te gen avè l la.
[Kare nan paj 6]
Kèk foto ki reprezante Paradi a
Liv Création : paj 237, 243, 251.
Liv Konesans : paj 4-5, 188-9.
Bwochi Bondye vle : paj 11, 13.
Liv Paix véritable : paj 98.
[Kare nan paj 6]
Sijè k ap trakase moun yo
Depresyon
Sòm 34:8 ;
Grangou, malnitrisyon
Koripsyon, enjistis
Krim, vyolans
Lagè, teworis
Lanmò, dèy
Maladi, enfimite
Move gouvènman
Povrete, abi
Prejije, patipri
Prensip moral k ap degrade
Pwoblèm kay, pwoblèm ekonomik
Tè a k ap depafini
Zannimo yo maltrete