Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou manifeste bonte
1 Etan yon madanm ki te gen prejije kont Temwen Jewova yo t ap sonje premye fwa li te rankontre yon sè, li di : “ Mwen pa vrèman sonje sou ki sa nou te pale, men sa m sonje se jan li te montre li janti ak jan li te montre li gen ospitalite ak imilite. Mwen te vrèman santi li atire m. ” Kòmantè sa yo souliye enpòtans pou nou montre yon enterè sensè pou moun nou preche yo. — Fil. 2:4.
2 Lanmou gen bonte ladan l : Youn nan fason nou kapab demontre lanmou pou lòt moun se lè nou manifeste bonte (1 Kor. 13:4). Yon moun ki bon montre li enterese toutbon nan byennèt lòt moun, etan l ap fè efò pou l ede yo. Natirèlman, lè nou preche se yon fason pou nou manifeste bonte. Men sousi sensè nou genyen pou lòt moun ap parèt lè nou fè plis pase annik preche yo senpleman. Fason nou aji ak lòt moun, amitye nou genyen avèk yo, politès nou, fason nou koute, pawòl nou di ak fason nou di yo, e menm fason nou gade lòt moun, kapab montre sousi nou genyen pou yo toutbonvre. — Mat. 8:2, 3.
3 Anplis de sa, sousi ki plen lanmou nou genyen pou lòt moun ap pouse nou ofri èd nou yon fason ki pratik. Pandan yon frè ki pyonye t ap preche kay an kay, yon vèv ki aje pa t rete koute l lè l te vin rann li kont frè a se yon Temwen. Li di frè a se sou yon nechèl li te ye nan kuizin nan e se eseye li t ap eseye chanje yon anpoul nan moman li vin frape pòt la. Frè a reponn li : “ Li pa pridan pou w fè travay sa a poukont ou. ” Vèv la te envite l antre. Frè a chanje anpoul la, epi apre sa l ale. Yon ti tan annapre, lè pitit madanm nan te vin vizite l pou l wè jan l ap debouye l, madanm nan di l sa k te pase a. Pitit madanm nan te tèlman enpresyone, l al chèche jwenn frè a pou l eksprime l apresyasyon l. Yon bèl konvèsasyon te kòmanse. Finalman, pitit madanm nan te aksepte yon etid biblik.
4 Lè nou manifeste bonte, nou reflete lanmou Jewova genyen pou lèzòm e nou anbeli mesaj Wayòm nan. Se poutèt sa se pou nou toujou “ rekòmande tèt nou kòm minis Bondye, pa mwayen [...] bonte ”. — 2 Kor. 6:4, 6.