Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 10 oktòb
Kantik 17
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye novanm ak Réveillez-vous ! 22 oktòb. Apre chak demonstrasyon, mete aksan sou kèk bon aspè ki nan prezantasyon an. Anplis, atire atansyon oditwa a sou atik segondè ki ka atire moun nan tèritwa kongregasyon an. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Èske w gen bonjan abitid lekti ? Konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou kèk pati nan liv École du ministère la, nan paj 21-6. Ki sa nou ka mete nan pwogram lekti nou (p. 21, kare) ? Poukisa li enpòtan pou nou li piblikasyon nou resevwa yo (p. 23 § 2) ? Ki sa ki endispansab pou nou kenbe yon bon pwogram lekti (p. 26 § 3-4) ? Ki pwogram ou mete sou pye pou w ka li Toudegad ak Réveillez-vous ! yo ? Nan ki domèn ou tire pwofi nan lekti sa yo ?
20 min : “ Annou kontinye pale Pawòl Bondye a avèk kran. ”a Envite moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou kèk sitiyasyon kote li ka difisil pou yo ranmase kouraj ki nesesè pou yo bay temwayaj. Ki sa ki te ede yo fè sa ?
Kantik 78 ak priyè final.
Semèn 17 oktòb
Kantik 36
10 min : Anons lokal. Sèvi ak twazyèm pati nan paj mitan Ministè Wayòm septanm 2005 lan pou fè yon revizyon sou youn oswa de pwen konsènan fason pou nou byen sèvi avèk Ekriti yo lè n ap kondui etid biblik.
15 min : Evite danje ki gen rapò ak Entènèt. Diskou pou yon ansyen fè. L ap baze sou Réveillez-vous ! 8 desanm 2004, paj 18-21.
20 min : “ Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou manifeste bonte. ”b Envite moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou fason nou ka manifeste bonte ak lòt moun nan ministè nou. Nan pwochen Ministè Wayòm k ap vini yo, n ap konsidere lòt aspè sou fason pou nou manifeste enterè pèsonèl pou moun nou preche yo.
Kantik 2 ak priyè final.
Semèn 24 oktòb
Kantik 68
10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont ak lèt remèsiman pou ofrann. Si sijesyon ki nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2005 lan apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante piblikasyon n ap ofri pou mwa novanm nan. — Gade nan Ministè Wayòm janvye 2005, paj 8 § 5.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : Annou reflete prensip Bondye yo nan abiman nou ak nan aparans nou. Diskou ak konvèsasyon avèk oditwa a pou yon ansyen fè, ki baze sou La Tour de Garde 1ye out 2002 (fransè), nan paj 17-19. Envite moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou fason yon teni ak yon aparans ki egzanplè kapab ouvri pòt pou nou bay temwayaj.
Kantik 153 ak priyè final.
Semèn 31 oktòb
Kantik 209
10 min : Anons lokal. Fè tout pwoklamatè sonje remèt rapò yo pou mwa oktòb la. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye novanm ak Réveillez-vous ! 8 novanm. Nan youn nan prezantasyon yo, poze baz pou yon pwochen vizit lè nou atire atansyon moun nan sou kare “ Nan nimewo k ap vini an ”. (Gade nan Ministè Wayòm oktòb 1998, paj 8 § 7-8). Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Sèvi ak yon wout peryodik pou nou kiltive enterè. Diskou ak konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou Ministè Wayòm me 2005, paj 8. Ki jan nou ka kòmanse yon wout peryodik (§ 1) ? Ki jan nou ka prepare yon seri konvèsasyon kote yo chak ap baze sou yon sèl vèsè biblik (§ 3) ? Poukisa nou bezwen fè plis pase annik li vèsè nou te chwazi a (§ 4) ? Ki jan yon vizit ki fèt nan kad yon wout peryodik kapab debouche sou yon etid biblik (§ 5) ? Fè yon demonstrasyon kote yon pwoklamatè ap gen yon konvèsasyon ki baze sou yon sèl vèsè biblik avèk yon moun li gen yon wout peryodik avè l.
20 min : Jèn ki detèmine men ki gen respè pou moun. Diskou pou yon ansyen fè ki baze sou La Tour de Garde 15 septanm 2002 (fransè), nan paj 23-4 nan soutit “ Une abstention respectueuse ”. Fè aranjman alavans pou youn oswa de jèn fè kòmantè sou difikilte yo jwenn lekòl e sou sa ki te ede yo reyisi rezoud difikilte sa yo.
Kantik 222 ak priyè final.
Semèn 7 novanm
Kantik 39
5 min : Anons lokal.
20 min : Amelyore fason w konsantre nan reyinyon yo. Diskou ak konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou La Tour de Garde 15 septanm 2002 (fransè), nan paj 12-14, § 11-14. Gade sijesyon yo bay yo, epi envite moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou sa ki te ede yo tire plis pwofi nan reyinyon kongregasyon an.
20 min : “ Devlope kapasite nou genyen pou nou rezone ak lòt moun. ”c Envite kèk pwoklamatè nou te chwazi alavans pou yo esplike ki jan yo te rezone ak moun ki soti nan divès kote ki nan tèritwa kongregasyon an.
Kantik 50 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.