BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 50 p. 258-p. 262 par. 4
  • Chèche touche kè moun yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chèche touche kè moun yo
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Fè efò pou w touche kè moun yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Fason pou n touche kè moun n ap anseye yo
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Devlope kapasite w genyen pou w anseye
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Mesaj nou dwe preche a
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 50 p. 258-p. 262 par. 4

LESON 50

Chèche touche kè moun yo

Ki sa pou w fè?

Egzamine fason moun yo santi yo parapò ak pwen w ap egzamine yo. Ede yo chèche gen motivasyon ak dezi ki nesesè pou yo vin pi pwòch Bondye e pou yo gen bon relasyon avè l.

Poukisa sa enpòtan?

Pou moun yo fè Jewova plezi, Pawòl li a dwe byen anrasinen nan fon kè yo.

NONSÈLMAN ou bezwen bay moun yo yon temwayaj, men tou ou bezwen fè efò pou w touche kè yo. Nan Bib la, souvan yo fè diferans ant kè yon moun ak sa moun nan montre li ye pa deyò. Kè senbolik yon moun reprezante sa moun nan ye pa anndan, sètadi santiman l, tout sa l panse, rezon ki fè li gen panse sa yo e fason panse sa yo enfliyanse aksyon l. Se nan kè sa a yo simen semans verite a (Mat. 13:19). Anplis de sa, pou yon moun obeyi Bondye toutbonvre, se nan kè l obeyisans sa a dwe soti. — Pwo. 3:1; Wom. 6:17.

Pou w ka fè ansèyman w ap bay la antre nan kè moun k ap koute w yo, konsantre w sou objektif ki vin annapre yo: 1) Chèche konprann ki sa ki deja gen yon enfliyans sou kè yo. 2) Ede yo pi byen devlope yon seri bon kalite, tankou lanmou ak lakrentif pou Bondye. 3) Ankouraje yo analize mobil yo pou yo ka fè Jewova plezi totalman.

Montre w gen disènman. Gen plizyè rezon ki fè yon seri moun poko aksepte laverite. Lè w ap etidye Labib ak yon moun, ou ka bezwen retire prejije li gen lakay li e w ka bezwen ba l yon seri enfòmasyon k ap kontrekare move ide li genyen, oubyen ou ka bezwen ba l prèv pou kore sa w di l yo. Mande tèt ou: ‘Èske moun sa a konnen ni li menm ni lòt moun k ap viv sou tè a gen bezwen Bondye nan lavi yo? Nan ki degre li te deja kwè nan Bondye? Nan ki sa l pa kwè? Poukisa li pa kwè nan bagay sa yo? Èske l bezwen èd pou l ka venk dezi ki ka anpeche l aksepte responsablite li vin genyen antanke moun ki konnen laverite?’

Li pa toujou fasil pou w konprann poukisa moun yo kwè nan yon seri bagay. Men sa Pwovèb 20:5 di: “Konsèy nan kè yon nonm se tankou dlo ki fon, men moun ki gen disènman an ap rale l monte.” Disènman se kapasite yon moun genyen pou l konprann sa ki pa parèt klè tousuit. Sa mande pou moun nan se yon bon obsèvatè e pou l enterese nan moun.

Kominikasyon pa fèt ak pawòl sèlman. Ou gendwa ap pale sou yon sijè ak yon etidyan epi w remake sa fè yon chanjman nan figi l oswa nan ton vwa l. Antanke paran, pa gen dout, si w rann ou kont gen yon chanjman nan konpòtman pitit ou, sa ka montre w gen yon bagay ki kòmanse enfliyanse lavi l. Pa fè kòmsi ou pa wè siy sa yo. Yo ede w wè sa k ap pase nan kè l.

Lè w byen chwazi kesyon pou w poze yon moun, sa ka ede w wè sa ki nan kè l. Ou ka mande l: “Ki jan w santi w lè...?”, “Ki sa k konvenk ou...?”, “Ki jan w t ap reyaji si w...?” Men, veye pou w pa plede ap poze moun yo kesyon nan pwen pou yo santi yo anbarase. Petèt, lè w ap kòmanse kesyon w yo, avèk ladrès, ou ka di: “Èske m ka mande w...?” Rive konnen sa ki nan kè yon moun se yon travay ki delika, ou pa ka fè l nan kouri. Byen souvan, anvan pou yon moun fè w konfyans pou l dispoze di w sa k nan fon kè l, sa mande tan. Men kanmenm, ou dwe fè atansyon pou moun nan pa santi w ap poze l kesyon sou bagay ki pa konsène w. — 1 Pyè 4:15.

Ou bezwen montre w gen disènman tou nan fason w ap reyaji parapò ak sa moun nan di w. Sonje objektif ou se chèche konprann moun nan pou w ka konnen ki enfòmasyon nan Bib la ki ka pouse l aji. Pa kouri ap korije sa k pa bon nan pwennvi l. Okontrè, chèche byen konprann ki sa ki pouse l di pawòl li di yo. Apre sa, w ap konnen ki jan pou w reponn li. E li menm, lefètke l santi w konprann li, l ap pi dispoze reflechi seryezman sou sa w di l yo. — Pwo. 16:23.

Nan yon sèten degre, menm lè w ap pale devan yon pakèt moun, ou ka pouse yo aji. Si w ap byen gade moun k ap koute w yo, si w ap suiv chanjman ki fèt sou figi yo e si w ap poze yo kesyon ki fè yo reflechi, petèt w ap ka konprann jan yo santi yo parapò ak sa w ap di yo. Si w byen konnen moun k ap koute w yo, montre w konprann sitiyasyon yo. Lè w ap rezone ak frè ak sè yo nan kongregasyon an sou Pawòl Bondye a, pran an konsiderasyon etadespri kongregasyon an. — Gal. 6:18.

Chèche touche kè moun yo pou yo ka devlope bèl kalite. Apre w fin konprann, nan yon sèten degre, sa yon moun kwè ak sa l pa kwè, e w konprann rezon ki fè se pwennvi sa a li genyen, w ap anmezi pou w sèvi ak enfòmasyon sa yo kòm baz pou w chèche touche kè l. Apre Jezi te resisite, li te touche kè disip li yo lè l ‘te ouvri Ekriti yo ba yo nèt’ anrapò ak evènman ki te fèk pase yo (Lik 24:32). Ou ta dwe chèche fè moun yo wè rapò ki genyen ant eksperyans yo fè nan lavi yo, sa yo ta renmen nan lavi a avèk sa ki di nan Pawòl Bondye a. W ap rive touche kè yon etidyan yon fason k ap itil li lè l kapab di tèt li san okenn dout: “Sa se LAVERITE!”

Lè w mete aksan sou bonte Jewova, lanmou li, favè san parèy li demontre ak fason chemen l yo jis, ou ede moun w ap anseye yo devlope lanmou yo pou Bondye. Lè w pran tan pou w montre moun k ap koute w yo Bondye wè bèl kalite yo gen lakay yo, ou ba yo yon baz k ap fè yo wè li posib pou yo gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova. Ou ka fè sa lè w reflechi avèk yo sou kèk vèsè tankou Sòm 139:1-3, Lik 21:1-4 ak Jan 6:44 e lè w ede yo apresye jan Jewova renmen sèvitè fidèl li yo anpil (Wom. 8:38, 39). Esplike yo Jewova pa ret chita sou fot nou yo, men li ale pi lwen pase sa, li konsidere tout lavi nou nèt, zèl nou genyen pou adorasyon ki pwòp la ak lanmou nou demontre pou non l (2 Kwo. 19:2, 3; Ebre 6:10). Li sonje menm ti enfòmasyon ki toupiti konsènan jan de moun nou chak nou ye e li pral bay “tout moun ki nan tonm” yo lavi ankò yon fason ki estrawòdinè (Jan 5:28, 29; Lik 12:6, 7). Piske moun fèt pòtre ak Bondye, lè n ap egzamine kalite Bondye genyen yo ak yon moun, souvan l ap santi sa touche l jis nan fon kè l. — Jen. 1:27.

Nou ka touche kè yon moun tou, lè nou aprann li pou l konsidere lòt moun jan Jewova konsidere yo. Li lojik pou nou konprann, si Bondye montre li gen konsiderasyon ak lanmou pou nou, li montre menm konsiderasyon sa a tou pou lòt moun, kèlkeswa kilti yo, edikasyon yo, nasyonalite yo oswa ras yo (Tra. 10:34, 35). Yonfwa yon moun rive konprann sa, l ap gen yon bon baz ki soti nan Bib la pou l retire lahèn ak prejije nan kè l. Sa ap ede l viv ak lòt moun nan lapè, tank l ap aprann fè volonte Bondye.

Lakrentif pou Bondye se yon lòt kalite ou ta dwe ede lòt moun genyen (Sòm 111:10; Rev. 14:6, 7). Si yon moun gen yon gwo respè pou Bondye, sa ka pouse l fè sa l pa t ap ka fè ak pwòp fòs pa l. Lè w pale sou gwo aksyon Jewova fè e sou lanmou ak bonte li demontre anvè nou yon fason estrawòdinè, ou ka ede lòt moun devlope lakrentif pou li, konsa, yo pap fè sa k pa fè l plezi. — Sòm 66:5; Jer. 32:40.

Asire w moun k ap koute w yo konprann konduit yo gen enpòtans pou Jewova. Li gen bagay li renmen e li gen bagay li rayi, e fason nou reyaji devan enstriksyon l ka fè l kontan oswa sa ka fè l lapenn (Sòm 78:40-42). Montre moun yo poukisa konduit yo ka bay yon repons pou kesyon Satan te soulve konsènan dwa Bondye genyen pou l dirije a. — Pwo. 27:11.

Ede moun yo konprann lè yo obeyi kòmandman Bondye yo, sa bon pou yo (Iza. 48:17). Youn nan fason nou ka fè sa, se lè nou montre moun yo konsekans sa genyen ni sou kò yo ni sou santiman yo lè yo rejte sajès Bondye, menm pou yon ti moman. Esplike ki jan peche mete yon distans ant nou menm ak Bondye, li fè lòt moun pèdi posiblite yo genyen pou yo aprann laverite nan men nou e li fè nou pa respekte dwa lòt moun genyen (1 Tes. 4:6). Ede moun yo gen rekonesans pou benediksyon yo deja jwenn lefètke yo suiv lwa Bondye yo. Ede yo gen plis rekonesans pou Jewova paske, lefètke n ap mache nan chemen l yo ki dwat, sa fè nou evite anpil malè. Yonfwa yon moun gen yon lafwa solid nan chemen Bondye yo ki saj, l ap rejte tout konduit ki pa ann amoni ak yo (Sòm 119:104). Li pap konsidere obeyi Jewova tankou yon fado, men l ap konsidere l pito kòm yon posiblite li genyen pou l demontre lanmou ak atachman li gen pou Jewova.

Ede yo egzamine tèt yo. Pou moun yo kontinye pwogrese nan domèn espirityèl, yo bezwen byen veye sou sa yo gen nan kè yo. Esplike yo ki jan Labib ka ede yo fè sa.

Ede moun yo konprann Bib la pa sèlman yon liv ki gen kòmandman, konsèy, pwofesi ak evènman ki te pase, men tou, li fè nou konnen panse Bondye. Nan Jak 1:22-25, yo konpare Pawòl Bondye a ak yon glas. Jan nou reyaji devan mesaj nou jwenn nan Bib la ak jan nou reyaji devan fason Jewova akonpli objektif li montre sa ki nan kè nou. Konsa, Pawòl Bondye a fè nou konnen jan Bondye, Sila a ‘k ap egzamine kè’ nou an, wè nou (Pwo. 17:3). Ankouraje moun yo kenbe sa nan lespri yo. Ankouraje yo reflechi sou sa Bondye fè ekri pou nou nan Bib la e sou chanjman yo ka bezwen fè nan lavi yo pou yo fè Bondye plezi plis toujou. Ede yo wè lekti Labib kòm yon mwayen pou Jewova egzamine ‘panse ak entansyon ki nan kè moun’, konsa y ap ka kowopere avè l pou yo fè tout chanjman ki nesesè nan lavi yo. — Ebre 4:12; Wom. 15:4.

Gen kèk etidyan Labib ki ka vle aji sou baz sa y ap aprann yo, men ki bay tèt yo pwoblèm pou sa lòt moun ap panse de yo. Yo ka ap lite kont yon seri dezi lachè ki fò lakay yo. Oswa yo ka ap chèche jwenn yon fason pou yo sèvi Bondye toutpandan yo kenbe kèk pratik ki nan monn nan. Montre yo danje ki genyen lè yon moun pa ka deside sa pou l fè (1 Wa 18:21). Ankouraje yo pou yo priye Bondye pou l egzamine kè yo e pou l rafine l. — Sòm 26:2; 139:23, 24.

Montre yo Jewova konprann lit y ap mennen an e Labib esplike ki sa k fè se konsa sa ye (Wom. 7:22, 23). Ede yo pran prekosyon pou yo pa kite move tandans yo gen nan kè yo antanke moun ki enpafè mennen yo. — Pwo. 3:5, 6; 28:26; Jer. 17:9, 10.

Ankouraje yo analize tèt yo pou yo wè ki sa ki pouse yo fè yon bagay. Aprann yo mande tèt yo: ‘Poukisa m vle fè sa? Èske sa ap montre Jewova mwen vrèman gen rekonesans pou tout sa l fè pou mwen?’ Chèche ede yo gen konviksyon yon bon relasyon avèk Jewova se bagay ki gen plis valè yon moun kapab genyen.

Ede moun yo konprann li enpòtan pou yo sèvi Jewova ak “tout kè” yo (Lik 10:27). Sa vle di, yo dwe mete tout santiman yo, dezi yo ak mobil yo ann amoni ak chemen Jewova yo. Se poutèt sa, aprann yo analize nonsèlman aksyon yo, men tou, santiman yo parapò ak kòmandman Bondye yo e mobil ki pouse yo sèvi l (Sòm 37:4). Ofiramezi etidyan w yo ap konprann nan ki domèn yo bezwen amelyore yo, ankouraje yo priye Jewova pou yo mande l “fè kè yo fè yon sèl pou l krenn non l”. — Sòm 86:11.

Lè yon etidyan vin gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova, l ap obeyi Jewova paske l gen lafwa nan li, li pap fè sa tou senpleman paske w ankouraje l fè sa. Konsa, li menm pèsonèlman l ap “kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi”. (Efe. 5:10; Fil. 2:12.) L ap gen yon obeyisans ki soti nan fon kè l, e sa ap fè Jewova plezi. — Pwo. 23:15.

Pa bliye Jewova se Sila a k ap egzamine kè moun yo e k ap atire yo pou yo vin gen bonjan relasyon avè l (Pwo. 21:2; Jan 6:44). Travay nou nou menm se kowopere avè l (1 Kor. 3:9). Se “kòmsi Bondye sèvi avèk nou pou l sipliye moun yo”. (2 Kor. 5:20; Tra. 16:14.) Jewova pa fòse pèsonn aksepte laverite, men, ofiramezi n ap sèvi ak Bib la lè n ap pale ak moun yo, Jewova ap fè yo rann yo kont sa y ap tande yo se repons kesyon yo konn ap poze tèt yo oswa se repons priyè yo te fè. Toujou gen pwen sa a nan lespri w chak fwa w gen okazyon anseye lòt moun, epi mande Jewova ak tout kè w pou l gide w e pou l ede w. — 1 Kwo. 29:18, 19; Efe. 1:16-18.

FASON POU W AMELYORE

  • Demontre bonjan lanmou pou lòt moun.

  • Chèche konprann ki sa k gen enfliyans sou kè moun k ap koute w yo.

  • Mete aksan sou bèl kalite Jewova yo.

  • Ede moun k ap koute w yo konprann fason pou yo analize kè yo e pou yo rafine l.

EGZÈSIS: 1) Li Matye 6:21, e egzamine ki jan vèsè sa a ka itil ou nan lavi w. Li vèsè 19 la ak vèsè 20 an tou, epi reflechi sou ki chanjman kè w pouse w fè. 2) Analize ki sa k te pouse w kòmanse sèvi Jewova. Ki sa k pouse w fè sa kounye a? Ki santiman w ta renmen ranfòse nan kè w pou w fè Jewova plezi?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje