CHAPIT 9
Metòd pou nou preche bon nouvèl la
ANTANKE yon pwoklamatè ki te chofe nan travay predikasyon an, Jezi kite yon egzanp pou disip li yo. Li te konn pran inisyativ pou l al jwenn moun yo. Li te konn pale avèk yo e l te konn anseye yo lakay yo ak sou plas piblik (Mat. 9:35; 13:36; Lik 8:1). Jezi te konn pale apa ak kèk moun, li te konn anseye disip li yo an prive e li te konn pale ak gwoup moun ki te gen plizyè milye moun ladean yo (Mak 4:10-13; 6:35-44; Jan 3:2-21). Li te pwofite tout okazyon ki apwopriye pou l di moun yo pawòl ki ankourajan e pou l ba yo espwa (Lik 4:16-19). Menm lè li te bezwen repo e li te swaf, lè l te jwenn okazyon pou l bay temwayaj, li pa t kite okazyon an pase (Mak 6:30-34; Jan 4:4-34). Lè nou li sa Jezi te konn fè nan travay predikasyon an, èske sa pa ankouraje nou pou n imite l? Se sèten nou santi nou ankouraje pou n fè sa, menm jan ak apot yo. — Mat. 4:19, 20; Lik 5:27, 28; Jan 1:43-45.
2 Ann egzamine posiblite kretyen yo genyen jodi a pou yo patisipe nan travay Jezi te kòmanse a, sa gen anviwon 2000 an.
PREDIKASYON KAY AN KAY
3 Antanke Temwen Jewova, nou rekonèt enpòtans pou nou preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan kay an kay. Nou tèlman itilize metòd sa a, depi yo wè yon moun ap preche kay an kay, yo gen tandans pran moun sa a pou Temwen Jewova. Rezilta nou jwenn ak metòd sa a montre li saj pou n itilize l. Grasa metòd sa a, nou rive kontakte plizyè milyon moun nan yon ti tan tou kout (Mat. 11:19; 24:14). Predikasyon kay an kay n ap fè a se yon bon fason pou n demontre lanmou nou gen pou Jewova e pou pwochen nou. — Mat. 22:34-40.
4 Metòd predikasyon kay an kay la se pa yon metòd Temwen Jewova nan epòk nou an envante. Apot Pòl montre li menm tou li te konn anseye moun lakay yo. Pandan li t ap pale ak siveyan ki nan kongregasyon Efèz la, men sa li te di: “Depi premye jou mwen te met pye m nan tèritwa Azi a [...], mwen pa t ezite anonse nou tout bagay ki te bon pou nou, e mwen pa t ezite anseye nou [...] kay an kay.” Pòl te itilize metòd sa a ak lòt metòd ankò pou l “te bay ni Juif ni Grèk yon temwayaj konplè”, pou l “te fè yo konnen yo dwe repanti, yo dwe vin jwenn Bondye e yo dwe gen lafwa nan Seyè nou an, Jezi”. (Tra. 20:18, 20, 21.) Nan epòk sa a, anperè women yo te ankouraje moun fè idolatri, e te gen anpil moun ki te “atache ak dye yo”. Li te ijan pou moun yo chèche “Bondye ki fè monn nan ak tout sa ki ladan l” lan, Sila a ki t ap “fè tout moun tout kote konnen yo dwe repanti” a. — Tra. 17:22-31.
5 Jodi a, li pi ijan toujou pou nou preche moun bon nouvèl la. Fen monn sa a ap pwoche ak tout vitès. Piske nou konnen li ijan pou n preche, sa ankouraje nou pou n fè plis efò toujou. Pa gen pi bon fason pou nou chèche moun ki swaf laverite yo pase metòd preche kay an kay la. Metòd sa a deja fè prèv li. Li bay bon rezilta jodi a tou, menm jan l te bay bon rezilta nan epòk Jezi ak apot li yo. — Mak 13:10.
6 Èske w gen posiblite pou w pase anpil tan nan travay predikasyon an? Si repons lan se wi, ou mèt sèten Jewova kontan avè w (Eze. 9:11; Tra. 20:35). Men, li gendwa pa fasil pou w preche kay an kay. Petèt ou gen kèk pwoblèm fizik ki fè w limite nan sa w ka fè, oswa w ap preche nan yon tèritwa kote moun yo pa vrèman enterese nan laverite. Petèt, kote w ye a, otorite yo menm mete restriksyon sou travay predikasyon an. Ou gendwa yon moun ki timid, e ou twouve li difisil pou w kòmanse konvèsasyon ak moun ou pa konnen. Konsa, chak fwa w ap preche kay an kay, ou gendwa santi w strese. Men, pa dekouraje (Egz. 4:10-12). Gen anpil nan frè ak sè w yo ki nan menm sitiyasyon avè w.
7 Men sa Jezi te pwomèt disip li yo: “Mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” (Mat. 28:20). Pwomès sa a ban nou fòs pou nou fè disip pou Jezi. Nou santi nou menm jan ak apot Pòl ki te di: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” (Flp. 4:13). Se pou w byen pwofite tout aranjman ki fèt nan kongregasyon an pou frè ak sè yo kapab preche kay an kay. Lè w preche ak lòt moun, w ap jwenn ankourajman, e w ap jwenn moun ki kapab ede w. Priye Jewova pou l ede w fè fas ak kèlkeswa pwoblèm ou rankontre, epi bay tout ou menm nan preche bon nouvèl la. — 1 Jan 5:14.
8 Pandan w ap pale ak lòt moun konsènan bon nouvèl la, w ap jwenn okazyon pou w ba yo ‘rezon ki fè ou gen esperans ou genyen an’. (1 Pyè 3:15.) Ofiramezi, w ap wè diferans ki genyen ant moun k ap tann Wayòm nan ak moun ki pa gen espwa yo (Eza. 65:13, 14). W ap santi w kontan dèske w konnen ou obeyi kòmandman Jezi te bay lè l te di “se pou limyè nou briye” a. Mete sou sa, ou ka menm gen privilèj pou w ede lòt moun aprann konnen Jewova ak verite ki bay lavi ki pap janm fini an. — Mat. 5:16; Jan 17:3; 1 Tim. 4:16.
9 Gen aranjman ki fèt pou frè ak sè yo preche kay an kay nan wikenn yo e pandan lòt jou nan semèn nan. Nan zòn kote li difisil pou nou jwenn moun yo lakay yo, gen kèk kongregasyon ki konn fè aranjman pou frè ak sè yo preche nan aswè. Moun yo kapab pi dispoze resevwa vizitè nan aprèmidi nèt, oswa lè l fè k kòmanse fè nwa, pase nan maten.
CHÈCHE MOUN KI DISPOZE AKEYI NOU
10 Jezi te bay disip li yo enstriksyon pou yo “chèche” moun ki dispoze akeyi yo (Mat. 10:11). Jezi pa t konn chèche moun yo sèlman nan predikasyon kay an kay. Anfèt, li te konn pwofite tout okazyon li te jwenn ki apwopriye pou l bay temwayaj, kit se te yon fason fòmèl, kit se te yon fason enfòmèl (Lik 8:1; Jan 4:7-15). Apot yo tou te konn bay temwayaj divès kote. — Tra. 17:17; 28:16, 23, 30, 31.
Objektif nou se pou n pataje bon nouvèl Wayòm nan ak plis moun posib.
11 Jodi a tou, nou gen objektif pou n pataje bon nouvèl Wayòm nan ak plis moun posib. Sa mande pou nou imite fason Jezi ak apot li yo te konn patisipe nan travay fè disip la, pou nou adapte nou ak epòk n ap viv la e pou nou adapte nou ak sitiyasyon moun ki nan tèritwa n ap preche ladan l lan (1 Kor. 7:31). Pa egzanp, pwoklamatè yo konn jwenn bon rezilta lè y al nan zòn ki gen biznis pou yo preche moun yo nan travay yo. Nan anpil peyi, pwoklamatè yo konn jwenn bon rezilta lè yo bay temwayaj nan lari, sou plas piblik, nan pakin oswa nenpòt kote yo kapab jwenn moun. Nan kèk kongregasyon, frè ak sè yo konn sèvi ak tab, charyo ak lòt metòd ankò pou yo ekspoze piblikasyon nou yo nan tèritwa kongregasyon pa yo a. Mete sou sa, biwo filyal la kapab fè yon aranjman espesyal pou kèk frè ak sè bay temwayaj an piblik nan kèk zòn nan yon vil kote anpil moun ap deplase apye. Nan ka sa yo, filyal la kapab mande plizyè frè ak sè nan plizyè kongregasyon pou yo patisipe nan travay sa a. Kòm rezilta, moun ki pa lakay yo lè pwoklamatè yo al preche nan tèritwa bò lakay yo kapab tande bon nouvèl la lòt kote.
12 Lè nou rankontre moun nan temwayaj an piblik ki montre yo enterese nan mesaj ki nan Bib la, nou ka ofri yo yon piblikasyon ki apwopriye. Pou n kapab kontinye ede yo, nou ka ba yo kontak nou epi fè aranjman pou n vizite yo, atire atansyon yo sou sit jw.org la oswa fè yo jwenn adrès kongregasyon ki pi pre yo a pou yo ka asiste reyinyon. Petèt w ap pran plezi pou bay temwayaj an piblik e w ap twouve se yon bon mwayen pou w fè plis nan travay predikasyon an.
13 Sepandan, nan travay kretyen yo jwenn lòd pou yo fè jodi a, yo pa sèlman preche bon nouvèl la. Si w vle jwenn bon rezilta nan efò w ap fè pou w ede moun yo aksepte verite k ap fè yo jwenn lavi a, l ap bon pou w kontinye retounen al vizite moun ki enterese yo pou yo kapab vin kretyen ki gen matirite.
NOUVÈL VIZIT
14 Men sa Jezi te di disip li yo: “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen [...] jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” (Tra. 1:8). Men, li te di yo tou: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” (Mat. 28:19, 20). Nouvèl vizit yo se youn nan travay nou fè k ap fè nou jwenn lajwa nan sèvis n ap bay Jewova a. Se sèten moun ki te montre yo enterese nan bon nouvèl la premye fwa ou te pale avèk yo ap kontan lè yo wè w ankò. Lè w pale avèk yo sou Bib la ankò, petèt w ap fòtifye lafwa yo nan Bondye e w ap ede yo pran konsyans yo bezwen Bondye (Mat. 5:3). Lè w fè bonjan preparasyon e w fè aranjman pou w retounen vizite moun ki enterese yo nan yon lè k ap bon pou yo, li posib pou w kòmanse yon etid biblik ak yo. An jeneral, se pou rezon sa a nou fè nouvèl vizit. Non sèlman nou plante semans verite a nan yo, men nou retounen al wouze semans sa a. — 1 Kor. 3:6.
15 Gen kèk moun ki konn twouve li difisil pou yo fè nouvèl vizit. Petèt ou vin maton nan prepare entwodiksyon tou kout pou w prezante bon nouvèl la e w renmen aspè sa a nan travay predikasyon an. Men, petèt ou santi w vrèman pa kapab retounen al vizite yon moun ki enterese pou w pale avè l sou Bib la. Bonjan preparasyon w fè ap ede w gen plis konfyans. Asire w ou sèvi ak sijesyon ou jwenn nan reyinyon lasemèn yo. Petèt ou ka envite yon pwoklamatè ki gen plis eksperyans pou akonpaye w.
ETID BIBLIK
16 Pandan Filip, evanjelizatè a, t ap pale ak yon pwozelit juif, men sa li te mande l: “Èske w vrèman konprann sa w ap li a?” Mesye a te reponn li: “Ki jan m ka rive byen konprann si pa gen yon moun ki ede m?” Nan Travay chapit 8, Bib la di nou, pou Filip te “anonse l bon nouvèl konsènan Jezi a”, li te kòmanse ak pasaj mesye a t ap li a (Tra. 8:26-36). Nou pa konn konbyen tan Filip te pase ak mesye a, men, esplikasyon Filip te ba li konsènan bon nouvèl la te fè l vin kwè e yo te fè l mande batèm. Mesye sa a te vin disip Jezi Kris.
17 Jodi a, gen anpil moun ki pa konnen mesaj ki nan Bib la. Se sa k fè ou ka oblije kontinye vizite yon moun ki enterese pandan plizyè semèn, plizyè mwa, pandan yon ane oubyen pandan plis tan toujou anvan pou yo vin gen lafwa e pou yo kalifye pou batèm. Men, lè w demontre w gen pasyans konsa ak moun ki sensè yo e w ede yo avèk amou pou yo vin disip Jezi, sa ap fè kè w kontan. Paske, Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Tra. 20:35.
18 L ap bon pou w sèvi ak youn nan piblikasyon nou genyen pou n kondui etid biblik yo pou w ka etidye Labib ak moun ki enterese yo. Lè w suiv enstriksyon yo bay nan reyinyon lasemèn yo e lè w travay ak pwoklamatè ki gen eksperyans, w ap kapab kondui etid biblik k ap pwogrese e w ap ede etidyan w yo vin disip Jezi Kris.
19 Si w bezwen èd pou w kòmanse yon etid biblik oswa pou w kontinye kondui yon etid biblik, ou mèt santi w alèz pou w pale ak youn nan siveyan yo oswa ak nenpòt pwoklamatè batize ki kondui etid biblik byen. Nan Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a, yo bay yon seri sijesyon, e yo sèvi ak sijesyon sa yo pou yo fè demonstrasyon nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Se sèten sijesyon sa yo ap ede w tou. Se pou w konte sou Jewova e se pou w mande l èd li nan lapriyè (1 Jan 3:22). Kidonk, anplis etid ou gendwa ap kondui ak moun nan fanmi w, se pou w gen objektif pou w kondui yon etid biblik ak yon lòt moun depi sa posib. Lè w gen etid biblik w ap kondui, sa ap fè w jwenn plis lajwa nan travay predikasyon an.
EDE MOUN KI ENTERESE YO VIN NAN ÒGANIZASYON JEWOVA A
20 Lè nou ede moun yo aprann konnen Jewova Dye e nou ede yo vin disip Jezi Kris, moun sa yo ap vin fè pati kongregasyon an. Etidyan nou yo ap pwogrese nan relasyon yo ak Bondye e y ap vin gen matirite si yo rekonèt òganizasyon sa a se òganizasyon Jewova a e si yo kolabore avè l. Li enpòtan pou n montre yo ki jan pou yo kolabore avè l. Yo prepare yon seri videyo ak bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a? espesyalman pou sa. Gen kèk enfòmasyon tou nan chapit 4 liv sa a ki kapab ede etidyan nou yo nan sans sa a.
21 Depi premye fwa ou kòmanse etidye Labib ak yon moun, se pou w ede moun nan konprann Jewova gen yon òganizasyon l ap itilize pou l fè travay predikasyon an sou tout tè a. Fè moun nan wè enpòtans piblikasyon nou yo ki ede nou etidye Bib la, esplike l ki jan nou rive genyen yo, e ki jan gason kou fi ki vwe lavi yo bay Jewova pote yo volontè pou yo distribye piblikasyon sa yo sou tout tè a. Se pou w envite moun w ap etidye avè l la nan reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm nan. Esplike l ki jan reyinyon yo fèt epi fè l fè konesans ak frè ak sè yo. Lè l al nan asanble ak nan kongrè, l ap bon tou pou w fè l fè konesans ak lòt Temwen Jewova. Nan okazyon sa yo ak nan lòt okazyon ankò, kite se moun ki enterese a ki remake poukont li jan moun ki nan pèp Jewova a gen lanmou, ki se kalite ki idantifye vrè kretyen yo (Jan 13:35). Ofiramezi moun ki enterese a ap vin gen plis apresyasyon pou òganizasyon Jewova a, l ap vin pi pwòch Jewova.
SÈVI AK PIBLIKASYON NOU YO
22 Premye kretyen yo te chofe nan preche Pawòl Bondye a. Yo te konn rekopye Ekriti yo pou tèt yo e pou kongregasyon yo te ka etidye yo ansanm. Yo te konn ankouraje lòt moun pou yo etidye Pawòl Bondye a, ki se laverite. Kopi sa yo ki te fèt alamen pa t anpil, men, yo te gen anpil valè pou kretyen yo (Kol. 4:16; 2 Tim. 2:15; 3:14-17; 4:13; 1 Pyè 1:1). Jodi a, Temwen Jewova yo itilize metòd modèn pou yo enprime plizyè santèn milyon Bib ak piblikasyon pou ede moun etidye Bib la, e yo pibliye piblikasyon sa yo. Pami piblikasyon sa yo, gen feyè, bwochi, liv ak peryodik yo prepare nan plizyè santèn lang.
23 Pandan w ap fè lòt moun konnen bon nouvèl la, asire w ou sèvi ak piblikasyon òganizasyon Jewova a prepare pou ede moun etidye Bib la. Lè w sonje byenfè w jwenn lefètke w li piblikasyon Temwen Jewova yo e w etidye yo, sa ap motive w pou w ofri lòt moun yo (Ebre 13:15, 16).
24 Chak jou ki pase, gen plis moun ki itilize Entènèt kòm prensipal mwayen pou yo jwenn enfòmasyon. Se sa k fè, anplis piblikasyon enprime nou yo ki baze sou Bib la, jw.org, sit Entènèt ofisyèl nou an, se yon zouti efikas nou itilize pou n gaye bon nouvèl la. Moun sou tout tè a gen posiblite pou yo sèvi ak òdinatè yo pou yo li piblikasyon nou yo, ki baze sou Bib la, nan plizyè santèn lang e pou yo koute anrejistreman nou genyen sou sit la ki disponib nan plizyè santèn lang. Moun ki yon ti jan renka pou yo pale ak nou oswa k ap viv nan zòn kote yo pa jwenn anpil okazyon pou yo pale ak Temwen Jewova yo kapab vin konnen kwayans nou yo pandan yo chita lakay yo, lè y al sou sit jw.org la.
25 Se sa k fè nou pwofite tout okazyon ki apwopriye nou jwenn pou nou pale ak moun yo de sit jw.org la. Si yon moun nou rankontre lakay li poze nou kesyon sou kwayans nou, nou kapab sèvi ak yon aparèy elektwonik mobil oswa ak yon òdinatè pou nou montre l repons lan lapoula. Si nou rankontre ak yon moun ki pale yon lòt lang, san wete lang siy, nou kapab ankouraje moun nan al sou sit nou an pou l jwenn yon Bib ak piblikasyon ki baze sou Bib la nan lang pa l. Gen anpil pwoklamatè ki konn sèvi ak youn nan videyo ki sou sit la pou yo kòmanse pale ak yon moun sou yon sijè ki gen rapò ak Bib la.
TEMWAYAJ ENFÒMÈL
26 Anpalan de moun ki obeyi pawòl li yo, Jezi te di: “Nou se limyè pou monn nan [...], se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo e y ap ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa.” (Mat. 5:14-16). Disip sa yo te montre y ap mache nan chemen Bondye yo lè yo te imite Jezi, ki te di, anpalan de tèt li: “Mwen se limyè pou monn nan.” Jezi te kite yon egzanp pou kretyen yo, li te fè “limyè k ap mennen nan lavi a” klere sou moun ki te vle koute l yo pou yo te ka jwenn byenfè grasa limyè sa a. — Jan 8:12.
27 Apot Pòl tou kite yon bon egzanp pou nou suiv (1 Kor. 4:16; 11:1). Pandan l te Atèn, chak jou, li te konn preche moun li te rankontre sou plas piblik la (Tra. 17:17). Kretyen nan vil Filip yo te suiv egzanp li. Se sa k fè, lè Pòl te ekri yo, li te di yo yo t ap “klere tankou flanbo nan monn nan” “nan mitan yon jenerasyon ki kwochi e ki kòwonpi”. (Flp. 2:15.) Jodi a, nou menm tou nou kapab kite limyè Wayòm nan klere grasa pawòl nou ak aksyon nou lè nou jwenn okazyon pou n pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Se vre bon egzanp nou bay antanke moun ki onèt e ki dwat kapab fè moun wè nou diferan parapò ak lòt moun yo nan monn nan, men, si nou preche lòt moun bon nouvèl la, y ap wè rezon ki fè nou diferan.
28 Anpil Temwen Jewova pataje bon nouvèl la ak moun ki travay menm kote avèk yo, ki nan menm lekòl avèk yo, oswa ak moun yo rankontre nan transpò piblik oswa lòt kote ankò pandan yo nan aktive y ap mennen chak jou. Si n ap vwayaje al yon kote, nou kapab pale ak lòt moun k ap vwayaje ansanm ak nou. Chak fwa nou jwenn okazyon pou n fè ti pale ak yon moun sou kèlkeswa sijè a, nou dwe pwofite okazyon sa yo pou n bay moun n ap pale avè l la temwayaj. Nou dwe toujou pare pou n bay lòt moun temwayaj depi okazyon an apwopriye pou sa.
29 N ap motive pou nou fè sa si nou sonje chak fwa nou fè sa se louwanj nou fè pou Kreyatè nou an e se onore nou onore non l. Mete sou sa, sa ban nou posiblite pou n ede moun ki sensè yo vin konnen Jewova. Konsa, y ap gen posiblite yo menm tou pou yo sèvi l e pou yo jwenn lavi poutèt yo vin gen lafwa nan Jezi Kris. Jewova kontan lè nou pwofite tout okazyon nou jwenn ki apwopriye pou nou preche moun yo e li konsidere sa fè pati sèvis sakre n ap ba li a. — Ebre 12:28; Rev. 7:9, 10.
TÈRITWA
30 Volonte Jewova se pou mesaj Wayòm nan preche sou tout tè a, ni nan vil yo ni nan zòn andeyò yo. Pou travay sa a rive fèt, biwo filyal la bay kèk kongregasyon ak kèk pwoklamatè responsablite pou yo preche nan tèritwa ki pa gen pwoklamatè k ap preche ladan yo (1 Kor. 14:40). Nan premye syèk la, Bondye te bay enstriksyon pou bagay yo fèt konsa (2 Kor. 10:13; Gal. 2:9). Piske travay predikasyon an ap vale teren nan dènye jou yo, lè gen bonjan aranjman ki fèt pou frè ak sè yo preche nan tèritwa yo, sa pèmèt gen plis travay ki fèt.
31 Se siveyan sèvis la ki responsab pou l fè aranjman pou frè ak sè yo ka byen preche tèritwa kongregasyon an. Yon sèvitè ministeryèl ka gen responsablite pou l bay kat tèritwa yo. Gen de kalite tèritwa: tèritwa pou gwoup ak tèritwa pèsonèl. Lè yon kongregasyon pa gen anpil tèritwa pou l preche, chak siveyan gwoup ap gen tèritwa pou gwoup nan men l e pwoklamatè ki nan gwoup pa l la ap preche nan tèritwa sa yo. Yon lòt bò, lè yon kongregasyon gen anpil tèritwa, chak pwoklamatè kapab gen yon tèritwa pèsonèl.
32 Yon pwoklamatè ki gen yon tèritwa pèsonèl nan men l ap gen yon tèritwa pou l preche lè pa gen okenn reyinyon pou predikasyon ki gen pou fèt oswa lè li pap kapab soti ak gwoup pa l la. Pa egzanp, gen pwoklamatè ki konn mande yon tèritwa ki toupre travay yo e yo preche ladan l nan poz midi oswa apre jounen travay la. Gen fanmi ki konn mande yon tèritwa pèsonèl ki nan zòn kote yo rete a e yo preche ladan l nan aswè. Lè yon pwoklamatè gen yon tèritwa pèsonèl ki nan yon zòn li twouve ki bon pou li, sa kapab ede pwoklamatè a fè plis travay nan tan li gen pou l preche a. Nòmalman, gwoup predikasyon yo kapab preche nan yon tèritwa pèsonèl. Si w ta renmen gen yon tèritwa pèsonèl, ou kapab mande responsab tèritwa a pou l ba w youn.
33 Kit tèritwa a se yon tèritwa siveyan gwoup la mande pou gwoup li a, kit se yon tèritwa pèsonèl yon pwoklamatè mande, moun ki mande tèritwa a dwe fè efò pou l kontakte yon moun nan chak kay. Aranjman y ap fè pou yo travay tèritwa a dwe ann amoni ak sa lalwa mande sou jan n ap itilize enfòmasyon nou genyen yo. Yon siveyan gwoup oswa yon pwoklamatè ki mande yon tèritwa dwe fè efò pou l fin preche tèritwa a nan kat mwa. Yonfwa l fin travay tèritwa a, li dwe fè responsab tèritwa a konn sa. Selon sitiyasyon an, siveyan gwoup la oswa pwoklamatè a kapab kenbe tèritwa a pou l preche l ankò oubyen li kapab remèt responsab tèritwa a li.
34 Lè tout moun ki nan kongregasyon an travay nan tèt ansanm, y ap kapab travay tèritwa a afon. Nou dwe veye tou pou de oswa plis pwoklamatè pa gen menm tèritwa a pou yo travay, paske sa kapab kontrarye moun yo nan tèritwa a. Konsa, n ap montre konsiderasyon pou frè ak sè yo ak moun ki nan tèritwa a.
NOU KOLABORE POU N PRECHE MOUN KI PALE TOUT LANG
35 Tout moun bezwen aprann konnen Jewova Dye, Pitit Gason l lan ak ki sa Wayòm nan ye (Rev. 14:6, 7). Nou vle ede moun ki pale tout lang pou yo envoke non Jewova pou yo kapab sove e nou vle ede yo vin gen nouvo pèsonalite a (Wom. 10:12, 13; Kol. 3:10, 11). Ki pwoblèm ki konn prezante lè n ap preche bon nouvèl la nan tèritwa kote gen moun ki pale diferan lang? Ki jan nou ka jere pwoblèm sa yo yon fason k ap pèmèt plis moun tande mesaj Wayòm nan nan lang yo konprann pi byen an? — Wom. 10:14.
36 Chak kongregasyon jwenn yon tèritwa pou l preche sou baz lang moun nan kongregasyon an pale. Konsa, nan zòn ki gen moun ki pale diferan lang, pwoklamatè ki nan divès kongregasyon preche nan menm zòn nan. Nan ka sa yo, li pi bon pou pwoklamatè ki nan chak kongregasyon chèche moun ki pale lang kongregasyon pa l la pou yo preche moun sa yo. Yo fè menm bagay la lè y ap fè kanpay envitasyon ki fèt chak ane yo. Sepandan, lè pwoklamatè yo ap bay temwayaj an piblik oswa y ap bay temwayaj enfòmèl, yo gendwa pale ak nenpòt moun epi ofri piblikasyon nan nenpòt lang.
37 Nan kèk ka, kongregasyon ki pale lòt lang gendwa pa kapab preche kèk zòn nan tèritwa yo genyen yo regilyèman paske zòn sa yo lwen. Nan ka sa yo, siveyan sèvis kongregasyon sa yo dwe kominike youn ak lòt pou yo ka antann yo sou yon metòd k ap pèmèt frè ak sè yo preche tout tèritwa a. Sa ap pèmèt tout moun nan tèritwa a tande mesaj Wayòm nan, e sa ap pèmèt pwoklamatè yo byen travay tèritwa a yon fason pou yo pa plede ap refè menm travay la. — Pwo. 15:22.
38 Ki sa pou n fè si moun ki vin ouvè pòt la pa pale menm lang avèk nou? Nou pa dwe met nan tèt nou pwoklamatè ki pale lang li pale a ap vin preche l. Gen kèk pwoklamatè ki prepare yon prezantasyon byen senp nan yon lang moun yo pale nan tèritwa a paske yo gen abitid rankontre moun ki pale lang sa a. Nou kapab montre yon moun ki jan pou l al sou sit jw.org la, sit ofisyèl nou an, pou l li piblikasyon nan lang li oswa pou l telechaje yo, oubyen nou kapab ofri l pou n pote piblikasyon ki nan lang pa l pou li.
39 Si moun nan montre li enterese toutbon, nou dwe chèche yon moun ki kapab ede l nan yon lang li konprann. Mete sou sa, nou kapab fè l konnen ki kote yo fè reyinyon nan lang pa l. Si li ta renmen pou yon moun ki pale lang li pale a kontakte l, nou kapab montre l ki jan l kapab sèvi ak sit jw.org la pou l bay enfòmasyon k ap pèmèt yo kontakte l. Lè sa a, biwo filyal la ap chèche jwenn yon pwoklamatè nan zòn bò lakay li, yon gwoup oswa yon kongregasyon ki kapab ede l.
40 Nou dwe kontinye al vizite moun sa a jiskaske li di nou gen yon pwoklamatè ki pale lang li ki kontakte l. Nan kèk ka, biwo filyal la ka fè ansyen yo konnen yo pa t ka jwenn yon pwoklamatè ki pale lang moun nan. Lè sa rive, nou dwe fè sa nou kapab pou n kontinye ede moun ki enterese a. Si sa posib, petèt nou kapab etidye Labib ak moun nan nan yon piblikasyon nou genyen ki nan lang moun nan pale a. Si nou byen sèvi ak foto yo e nou fè moun nan li vèsè yo site yo, moun nan ap rive konprann kèk bagay nan Bib la kanmenm. Petèt yon moun nan fanmi l ki plizoumwen konnen lang li pale a ak lang nou pale a kapab aksepte sèvi kòm entèprèt.
41 Pou nou ede moun ki enterese a vin nan òganizasyon Jewova a, nou dwe envite l vin nan reyinyon yo menmsi l ka pa fin konprann sa l ap tande nan reyinyon yo. Lè yo li vèsè nan reyinyon yo, si sa posib, nou kapab ede l jwenn vèsè sa yo nan yon Bib ki nan lang li. Lè moun nan vin nan kongregasyon an, lefètke li pase tan bò kote frè ak sè yo, sa kapab ankouraje l e sa kapab ede l fè plis pwogrè nan relasyon l ak Bondye.
42 Avangwoup: Yon avangwoup se yon ti gwoup pwoklamatè k ap preche nan yon lang ki diferan ak lang kongregasyon an, menmsi pa gen yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl kalifye ki disponib pou fè yon reyinyon nan lang sa a chak semèn. Pou biwo filyal la rekonèt yon kongregasyon gen yon avangwoup, men ki kondisyon kongregasyon an dwe ranpli:
1) Dwe gen yon bon kantite moun nan tèritwa kongregasyon an ki pale yon lang ki pa lang kongregasyon an.
2) Dwe gen omwen yon ti kantite pwoklamatè ki konn lang nan oswa ki dispoze aprann li.
3) Kolèj ansyen an dwe dispoze pran latèt nan òganize predikasyon nan lang sa a.
Si kolèj ansyen an vle kongregasyon an gen yon avangwoup, ansyen yo ap pale sa ak siveyan sikonskripsyon an. Li kapab okouran si gen lòt kongregasyon k ap eseye preche moun ki pale lang sa a e l ka ba yo bonjan enfòmasyon ki ka ede yo detèmine ki kongregasyon k ap pi byen plase pou gen avangwoup la. Yonfwa yo fin detèmine kongregasyon an, ansyen yo ap ekri biwo filyal la yon lèt pou mande otorizasyon pou yo rekonèt gen yon avangwoup nan kongregasyon an.
43 Gwoup: Pou biwo filyal la rekonèt yon kongregasyon gen yon gwoup, men ki kondisyon kongregasyon an dwe ranpli:
1) Dwe gen yon bon kantite moun ki pale lang nan ki enterese nan laverite e dwe gen posiblite pou gen akwasman nan lang sa a.
2) Dwe gen omwen yon ti kantite pwoklamatè ki pale lang nan oswa k ap aprann li.
3) Dwe gen yon ansyen oswa yon sèvitè ministeryèl kalifye ki disponib pou l pran latèt e pou l kondui omwen yon reyinyon oswa yon pati nan yon reyinyon chak semèn, tankou yon diskou piblik oswa yon Etid Toudegad nan lang nan.
Lè kondisyon sa yo reyini nan yon nivo ki rezonab, gwoup ansyen an ap ekri biwo filyal la pou l ba l tout enfòmasyon ki nesesè pou l mande l rekonèt ofisyèlman kongregasyon yo a gen yon gwoup ladan l. Se ansyen oswa sèvitè ministeryèl ki pran latèt gwoup la k ap “siveyan gwoup” la oswa “sèvitè gwoup” la e k ap responsab pou pran swen gwoup la.
44 Yonfwa gwoup la fin etabli, gwoup ansyen an ap detèmine si y ap ajoute lòt pati reyinyon yo pou gwoup la e konbyen fwa yo dwe fè reyinyon nan mwa a. Ansyen yo kapab fè aranjman pou gen reyinyon predikasyon pou gwoup la. Tout moun ki nan gwoup lang etranje a travay anba sipèvizyon gwoup ansyen an k ap soutni gwoup la. Ansyen yo ap bay frè ak sè sa yo konsèy ki ekilibre e y ap pran inisyativ yo twouve ki nesesè pou yo pran swen gwoup la. Apre siveyan sikonskripsyon an fin travay ansanm ak gwoup la pandan l ap vizite kongregasyon k ap soutni gwoup la, l ap prepare yon rapò tou kout pou filyal la, kote l ap pale de pwogrè gwoup la ap fè e l ap pale de bezwen gwoup la genyen. Rive yon lè, li posib pou gwoup la vin yon kongregasyon. Si tout moun ki konsène yo suiv direksyon òganizasyon an bay, Jewova ap kontan. — 1 Kor. 1:10; 3:5, 6.
PREDIKASYON AN GWOUP
45 Kretyen ki vwe lavi yo bay Bondye e ki batize gen responsablite pou yo pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Gen plizyè fason nou kapab fè sa, men, pifò nan nou renmen lè n al preche ak lòt moun (Lik 10:1). Se pou rezon sa a kongregasyon yo òganize predikasyon an gwoup nan wikenn yo e yo fè sa tou nan jou semèn yo. Jou fèt yo tou se bon okazyon pou nou preche an gwoup piske anpil frè ak sè gen konje nan travay yo. Komite sèvis kongregasyon an ap fè aranjman pou yo chwazi akilè e ki kote l ap pi bon pou gen reyinyon pou predikasyon ni lajounen ni nan aswè.
46 Aranjman pou gen predikasyon an gwoup la pèmèt pwoklamatè yo preche ansanm e li pèmèt “youn [...] ankouraje lòt”. (Wom. 1:12.) Nouvo pwoklamatè yo kapab preche ansanm ak pwoklamatè ki maton e ki gen eksperyans, yon fason pou yo jwenn fòmasyon. Nan kèk zòn, li gendwa pi bon pou se de oswa plizyè pwoklamatè ki preche ansanm pou rezon sekirite. Menmsi w planifye preche poukont ou nan tèritwa a, lè w soutni reyinyon pou predikasyon yo, sa ankouraje tout moun ki la yo. Lefètke w konnen gen lòt frè ak sè k ap preche nan zòn nan ansanm avè w, sa fè w santi w an sekirite. Pyonye yo ak lòt pwoklamatè yo pa dwe santi yo oblije soutni tout reyinyon pou predikasyon kongregasyon an òganize yo, sitou si reyinyon sa yo fèt chak jou. Sepandan, li ka posib pou yo soutni omwen kèk nan reyinyon sa yo ki fèt chak semèn.
47 Nou swete pou nou tout suiv egzanp Jezi ak apot li yo kite pou nou. Nou mèt gen konfyans Jewova ap beni tout efò nou fè pou nou bay tout nou menm nan preche bon nouvèl Wayòm nan, yon travay ki enpòtan anpil. — Lik 9:57-62.