Kesyon lektè yo poze
Ki “lide” Jewova pral met nan kè nasyon yo talè konsa?
Men sa Revelasyon 17:16, 17 di konsènan lè gwo tribilasyon an pral kòmanse: “Dis kòn ou wè yo, ansanm ak bèt sovaj la, pral rayi pwostitye a, y ap dechèpiye l, y ap mete l toutouni, y ap manje chè l, e y ap boule l nèt nan dife. Paske, Bondye mete lide l nan kè yo pou yo reyalize volonte l, wi, pou yo reyalize sèl lide yo genyen an, sètadi bay bèt sovaj la wayòm yo a.” Anvan sa, piblikasyon nou yo te di “lide” Jewova pral met nan kè nasyon yo se pou yo detwi fo relijyon.
Sepandan, li nesesè pou gen yon ajisteman ki fèt. “Lide” Jewova pral met nan kè nasyon yo se pou yo “bay bèt sovaj la wayòm yo a”. Ann egzamine kesyon ki vin annapre yo pou n ka konprann ki jan pwofesi sa a pral reyalize.
Ki sa divès eleman nan pwofesi a reprezante? Yo rele “pwostitye a” “Gran Babilòn” tou. Li reprezante tout fo relijyon ki gen nan monn nan. “Bèt sovaj wouj vif” la reprezante Nasyonzini. Yo te kreye òganizasyon sa a, ki te rele Sosyete Nasyon yo anvan sa, an 1919 pou fè gen lapè nan monn nan (Rev. 17:3-5.) “Dis kòn” yo reprezante tout gouvènman k ap soutni bèt sovaj la.
Ki relasyon ki genyen ant pwostitye a ak bèt sovaj wouj vif la? Pwostitye a “chita sou” bèt sovaj la, sa vle di li dakò ak sa l ap fè. L ap chèche fè l fè sa li menm li vle, e l menm kontwole l.
Ki sa k pral rive pwostitye a? Bèt sovaj la ak dis kòn yo “pral rayi pwostitye a”. Y ap tèlman rayi l, y ap pran tout sa l genyen e y ap montre tout moun jan l pa bon. Epitou, y ap detwi l nèt, jan Jewova fè konn sa (Rev. 17:1; 18:8). Se konsa fo relijyon yo pral fini. Men anvan sa, Jewova pral fè nasyon yo fè yon bagay ki poko janm fèt depi lèzòm ap dirije.
Ki sa Jewova pral fè nasyon yo fè? L ap met “lide l” nan kè dis kòn yo, sa vle di l ap fè “yo bay bèt sovaj [wouj vif] la”, anpalan de Nasyonzini, “pisans ak pouvwa yo genyen an”. (Rev. 17:13.) Reflechi ak sa pawòl sa yo vle di. Èske gouvènman lèzòm yo ap annik deside poukont yo pou yo bay bèt sovaj la pisans ak pouvwa yo genyen an? Non! Pwofesi a montre se Bondye menm ki pral fè yo fè sa. (Pwo. 21:1; konpare ak Ezayi 44:28.) Èske se yon chanjman ki pral fèt tikras pa tikras? Non! Se sèten sa pral fèt bridsoukou. Apre sa, bèt sovaj la pral elimine fo relijyon nèt, jan Jewova fè konn sa.
Ki sa menm nou ka atann ki pral rive talè konsa? Nou pa bezwen atann n ap tande nan nouvèl gouvènman yo kòmanse bay Nasyonzini plis pouvwa tikras pa tikras. Men ki sa nou ka atann: Bridsoukou, Jewova pral fè gouvènman yo bay bèt sovaj la pouvwa yo genyen an. Lè sa rive, n ap konnen gwo tribilasyon an pral kòmanse. Annatandan, “annou rete je klè e annou rete nan bonsans nou” paske gen chanjman ki pral fèt bridsoukou talè konsa! — 1 Tes. 5:6.