BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 desanm p. 8-13
  • Liv Jòb la ka ede w lè w ap bay konsèy

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Liv Jòb la ka ede w lè w ap bay konsèy
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FASON TWA ZANMI JÒB YO TE BA L KONSÈY
  • FASON ELIYOU TE BAY JÒB KONSÈY
  • KONTINYE APRANN BONJAN LESON NAN LIV JÒB LA
  • Jewova te retire l nan lapenn
    Annou imite lafwa yo
  • Pwen enteresan ki nan liv Jòb la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Liv Jòb la ka ede w lè w ap soufri
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • “ Nou tande pale de andirans Jòb ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 desanm p. 8-13

ATIK ETID 49

KANTIK 44 Priyè yon moun ki dekouraje

Liv Jòb la ka ede w lè w ap bay konsèy

“Kounye a, Jòb, koute pawòl mwen yo souple.” — JÒB 33:1.

PWEN KLE

Fason liv Jòb la kapab ede n pou n bay bonjan konsèy.

1-2. Sa k fè l difisil pou twa zanmi Jòb yo ak Eliyou konsole Jòb?

NOUVÈL la gaye tout kote nan zòn Lès. Jòb, yon mesye tout moun konnen kòm yon moun ki rich, pèdi tout sa l genyen. Lè twa zanmi Jòb yo, Elifaz, Bildad ak Sofa, aprann sa k rive Jòb, yo vin nan vil Ouz pou yo ka konsole l. Yo pa t pare pou sa yo te wè lè yo te rive.

2 Imajine sitiyasyon an. Jòb pèdi tout sa l posede. Pakèt mouton, bèf, chamo ak bourik li te genyen yo, li pèdi tout nèt. Tout pitit li yo mouri e yo touye pifò sèvitè l yo. Kay kote pitit Jòb yo mouri a kraze plat atè. Mete sou sa, Jòb vin gen yon maladi ki tonbe sou li. Li gen yon pakèt gwo bouton sou kò l k ap fè l mal. Twa mesye yo ret nan yon distans y ap gade Jòb ki nan gwo lapenn e ki chita nan sann. Ki jan yo reyaji? Pandan anviwon sèt jou, yo pa di Jòb yon mo, aktout yo wè l ap soufri anpil (Jòb 2:​12, 13). Rive yon lè, gen yon jèn gason ki rele Eliyou ki vini e ki chita toupre a. Finalman, lè Jòb resi ouvè bouch li pou l pale, li bay jou l te fèt la madichon e l di pito l te mouri (Jòb 3:​1-3, 11). Li klè, Jòb bezwen zanmi l yo ankouraje l! Sa twa mesye sa yo pral di ak fason yo pral di yo ap montre si yo se zanmi Jòb toutbon e si yo vrèman gen sousi pou li.

3. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Jewova te fè Moyiz ekri sa twa zanmi Jòb yo ak Eliyou te di ak sa yo te fè. N ap remake gen nan pawòl Elifaz te di yo sanble se yon movèzespri ki te pouse l di yo. Tandiske se Jewova ki te pouse Eliyou di pawòl li te di yo (Jòb 4:​12-16; 33:​24, 25). Se sa k fè, menm lè n jwenn bonjan konsèy nan liv Jòb la, gen yon seri konsèy ladan l ki pa bon menm. Nou pral wè jan liv Jòb la kapab ede n lè n bezwen bay konsèy. Toudabò, nou pral wè move egzanp twa zanmi Jòb yo te bay. Apre sa, nou pral pale sou bon egzanp Eliyou te bay. Epitou, nou pral wè sa Izrayelit yo dwe te aprann nan liv Jòb la ak sa nou ka aprann ladan l jodi a.

FASON TWA ZANMI JÒB YO TE BA L KONSÈY

4. Sa k fè twa zanmi Jòb yo pa t rive konsole l? (Gade foto a tou.)

4 Bib la fè konnen lè twa zanmi Jòb yo te aprann tout malè ki te tonbe sou li, yo t al wè Jòb pou yo te ka “pran lapenn pou li e pou yo [te] konsole l”. (Jòb 2:11.) Men, yo pa t fè sa vre. Poukisa? Pou omwen twa rezon. Premyèman, yo pa t pran tan pou yo te koute Jòb e pou yo te chèche konprann sitiyasyon l. Pa egzanp, yo te panse se Bondye ki t ap pini Jòb pou peche l te fèa (Jòb 4:7; 11:14). Dezyèmman, pifò nan konsèy mesye sa yo te bay Jòb yo pa t itil li anyen, yo te pale rèd avè l e yo te di l yon seri pawòl ki te fè l mal anpil. Pa egzanp, toule twa mesye yo te di yon seri pawòl ki te parèt bon, men ki pa t gen okenn valè (Jòb 13:12). Pandan de fwa, Bildad te di Jòb li pale twòp (Jòb 8:2; 18:2). E Sofa te montre l san pitye lè l te fè konprann Jòb se “yon moun ki san sèvèl”. (Jòb 11:12.) Twazyèmman, byenke yo ka pa t rele sou Jòb lè yo t ap pale avè l, men, byen souvan, fason yo te pale te montre yo pa t gen okenn respè pou li, yo t ap pase l nan rizib e yo t ap akize l (Jòb 15:​7-11). Finalman, mesye sa yo te plis ap chèche montre Jòb antò olye yo te konsole l oswa fè lafwa l vin pi djanm.

Youn nan zanmi Jòb yo k ap pale rèd avè l pandan de lòt zanmi l yo ret ap gade. Jòb ki chita atè, li gen yon pakèt gwo bouton sou kò l, l ap soufri pandan l l ap koute konsèy y ap ba l la.

Lè w ap bay yon lòt moun konsèy, pa fè l santi ou pi bon pase l. Sonje objektif ou se ede l. (Gade paragraf 4.)


5. Ki sa k te rive apre zanmi Jòb yo te fin ba l konsèy?

5 Nou pa sezi dèske konsèy zanmi Jòb yo te ba li yo pa t bay bon rezilta. Yo te fè l santi l pi mal (Jòb 19:2). Ou ka konprann rezon ki fè Jòb te santi l oblije defann tèt li. Sa te fè l vin ap mal reflechi, e l te vin ap di yon pakèt pawòl dwategòch (Jòb 6:​3, 26). Zanmi Jòb yo pa t panse menm jan ak Jewova, ni yo pa t montre yo gen konpasyon pou Jòb. Se sa k fè Satan te sèvi avè yo pou l dekouraje Jòb (Jòb 2:​4, 6). Ki jan istwa sa a dwe te ede Izrayelit yo, e ki jan l ka itil nou jodi a?

6. Ki leson ansyen ann Izrayèl yo dwe te aprann nan move egzanp twa zanmi Jòb yo te bay?

6 Fason istwa Jòb la dwe te ede Izrayelit yo. Apre Jewova te fin bay pèp Izrayèl la yon seri lwa, li te chwazi plizyè gason ki te sèvi kòm ansyen pou jije pèp la e pou ede yo suiv lwa l yo (Det. 1:​15-18; 27:1). Mesye sa yo te bezwen byen koute moun yo anvan yo ba yo konsèy oswa anvan yo jije yo (2 Kwo. 19:6). Epitou, yo te bezwen poze kesyon olye yo te panse yo byen konprann sitiyasyon moun yo (Det. 19:18). Lè mesye sa yo t ap bay konsèy, yo te bezwen fè atansyon pou yo pa t pale rèd ak moun ki te vin kote yo pou mande yo ede yo. Poukisa? Paske, si yo pa t montre yo gen pasyans, yon moun te ka pa anvi di yo sa k nan kè l (Egz. 22:​22-24). Ansyen ann Izrayèl ki te reflechi sou istwa Jòb la dwe te aprann anpil leson.

7. Apa ansyen ann Izrayèl yo, ki lòt moun ankò ki te ka bay konsèy, e ki jan istwa Jòb la dwe te ede yo fè sa? (Pwovèb 27:9).

7 Nòmalman, se pa sèlman mesye ki te gen matirite yo ki te ka bay konsèy ann Izrayèl. An reyalite, nenpòt Izrayelit, jèn kou granmoun, gason kou fi, te ka bay yon zanmi l konsèy pou ede l amelyore relasyon l ak Jewova oswa pou ede l korije fason l aji (Sòm 141:5). Konsèy sensè konsa montre moun ki bay li a se yon bon zanmi. (Li Pwovèb 27:9.) Move egzanp twa zanmi Jòb yo te bay te kapab montre Izrayelit yo sa yo pa dwe di ak sa yo pa dwe fè lè y ap bay konsèy.

8. Ki erè n pa dwe fè lè n ap bay lòt moun konsèy? (Gade foto yo tou.)

8 Fason istwa Jòb la kapab itil nou. Antanke kretyen, nou vle ede frè n ak sè n yo lè yo jwenn eprèv. Sepandan, pou n ka fè sa, nou pa dwe suiv move egzanp twa zanmi Jòb yo te bay. Premyèman, nou pa dwe kouri bay konsèy san n pa byen konnen yon sitiyasyon. Dezyèmman, nou pa dwe baze konsèy n ap bay yo sou eksperyans nou te fè sèlman, jan Elifaz te fè sa plizyè fwa. Okontrè, nou dwe baze yo sou verite ki nan Pawòl Bondye a (Jòb 4:8; 5:​3, 27). Twazyèmman, nou pa dwe pale rèd ak moun oswa di yon seri bagay ki ka fè moun mal. Sonje, gen nan bagay Elifaz ak zanmi l yo te di ki te laverite. Pi devan, apot Pòl te menm fè referans ak youn nan bagay Elifaz te di. (Konpare Jòb 5:13 ak 1 Korentyen 3:19.) Sepandan, pifò nan sa mesye sa yo te di sou Bondye pa t laverite, e sa yo te di yo te fè Jòb mal anpil. Se sa k fè Jewova te di yo pa t di laverite (Jòb 42:​7, 8). Lè n ap bay lòt moun konsèy, nou bezwen veye pou sa n ap di pa janm fè moun panse Jewova pa rezonab oswa fè sèvitè l yo santi li pa ka renmen yo. Kounye a, ann wè ki sa n ka aprann nan egzanp Eliyou.

Foto ki ansanm: Yon frè k ap bay yon frè ki fache konsèy paske l vle byen pou li. 1. Yon frè ki pran pasyans pou l koute yon frè ki fache k ap di l sa k nan kè l pandan yo chita deyò devan yon tab ki gen kèk bagay pou yo bwè sou li. 2. Frè k ap koute a ouvri yon Bib. 3. Frè a byen kontan bay lòt frè a konsèy ki soti nan Bib la pandan lòt frè a ret byen kalm ap koute.

Lè w ap bay konsèy, 1) baze sa w ap di a sou bonjan enfòmasyon w genyen, 2) sèvi ak Pawòl Bondye a, e 3) pale avèk jantiyès. (Gade paragraf 8.)


FASON ELIYOU TE BAY JÒB KONSÈY

9. Esplike poukisa Jòb te bezwen moun ede l apre twa mesye yo te fin pale, e ki jan Jewova te ede l?

9 Jòb ak twa mesye yo te fè anpil tan ap diskite youn ak lòt. Yo te tèlman pale, gen 28 chapit nan Bib la ki gen pawòl pa yo sèlman. E anpil nan sa yo te di yo montre jan yo te an kòlè e yo te menm fache. Nou ka konprann rezon ki fè Jòb te kontinye santi l dekouraje! Li te kontinye bezwen konsolasyon ak konsèy. Ki jan Jewova te ede Jòb? Li te sèvi ak Eliyou pou bay Jòb konsèy. Sa k fè Eliyou te tann anpil tan anvan l pale? Li te di: “Mwen jèn, men, nou menm, nou gen anpil laj, se sa k fè, avèk respè, mwen te ret nan wòl mwen.” (Jòb 32:​6, 7). Antanke jèn, Eliyou te konprann yon bagay anpil moun konprann jodi a: Li te konnen byen souvan moun ki granmoun yo gen sajès paske yo viv pi lontan e yo gen plis eksperyans pase moun ki pi jèn pase yo. Men, apre Eliyou te fin pran san l pou l koute Jòb ak zanmi l yo, li te oblije pale. Men sa l te di: “Se pa laj sèlman ki fè yon moun gen sajès, ni se pa moun ki granmoun yo sèlman ki konprann sa ki dwat.” (Jòb 32:9). Ki sa Eliyou te di annapre? E ki jan l te di sa?

10. Ki sa Eliyou te fè anvan l bay Jòb konsèy? (Jòb 33:​6, 7).

10 Anvan Eliyou te bay Jòb konsèy, li te vle pou Jòb santi l kalm e pou l santi l pare pou l koute sa l t apral di l yo. Ki sa Eliyou te fè? Toudabò, li te metrize tèt li. Nou konn sa paske Bib la di anvan sa Eliyou te fache (Jòb 32:​2-5). Aktout sa, pa menm yon fwa Eliyou te di Jòb pawòl ki te fè l santi l mal. Okontrè, li te montre l gen imilite e l te pale ak Jòb tankou yon bon zanmi. Pa egzanp, li te di Jòb: “Gade! Mwen menm jan avè w devan vrè Dye a.” (Li Jòb 33:​6, 7.) Epi, Eliyou te fè Jòb konnen li te byen koute sa l te di yo. Anfèt, li te repete kèk nan bagay enpòtan Jòb te di (Jòb 32:11; 33:​8-11). Li te fè menm bagay la lè l t ap bay Jòb konsèy ankò. — Jòb 34:​5, 6, 9; 35:​1-4.

11. Lè Eliyou t ap bay Jòb konsèy, ki jan l te fè sa? (Jòb 33:1).

11 Lè Eliyou t ap bay Jòb konsèy, li te montre li te gen respè pou mesye sa a ki te fidèl. Pa egzanp Eliyou te site non Jòb lè l t ap pale avè l, e sanble twa lòt mesye yo pa t fè sa. (Li Jòb 33:1.) Petèt Eliyou te sonje jan l te anvi pale lè Jòb ak zanmi l yo t ap plede diskite. Se sa k fè Eliyou te kite Jòb pale lè l t ap ba l konsèy (Jòb 32:4; 33:32). Epitou, Eliyou te montre Jòb byen klè rezon ki fè kèk nan bagay li te di ak kèk nan bagay li te fè pa t bon, e l te fè Jòb sonje Jewova gen sajès, pisans, jistis ak lanmou fidèl (Jòb 36:​18, 21-26; 37:​13, 23, 24). Pa gen dout, bon konsèy Eliyou te bay Jòb yo te prepare lespri Jòb pou l aksepte plis konsèy. Men fwa sa a, se Kreyatè l la ki t apral ba li yo (Jòb 38:​1-3). Ki jan egzanp Eliyou dwe te ede moun nan tan lontan yo? E ki jan l ka ede n jodi a?

12. Ki jan Jewova te itilize pwofèt pou ede pèp li a, e ki jan egzanp Eliyou dwe te ede Izrayelit yo?

12 Fason istwa Jòb la dwe te ede Izrayelit yo. Pandan tout istwa pèp izrayèl la, Jewova te konn itilize pwofèt pou anseye Izrayelit yo e pou korije yo. Pa egzanp, nan epòk jij yo, Jewova te itilize Debora, yon dam ki te pwofèt pou gide pèp li a. Epitou, li te itilize Samyèl, aktout li te jèn, pou l bay Izrayelit yo enstriksyon (Jij 4:​4-7; 5:7; 1 Sam. 3:​19, 20). Annapre, lè te vin gen wa ki t ap dirije, Jewova te konn voye pwofèt pou ede Izrayelit yo pou yo kontinye adore l jan l vle a. E lè pèp la te dezobeyi l, li te konn voye pwofèt al korije yo (2 Sam. 12:​1-4; Tra. 3:24). Egzanp Eliyou nou jwenn nan liv Jòb la te kapab ede gason ak fi ki fidèl yo konprann sa pou yo te di lè yo t ap bay konsèy ak fason pou yo te di l.

13. Jodi a, ki jan kretyen yo ka ankouraje youn lòt?

13 Fason istwa Jòb la kapab itil nou. Antanke kretyen, nou menm tou, nou fè moun yo konn sa Bondye vle lè n fè konnen mesaj ki nan Labib, Pawòl li a. Yon lòt fason nou fè sa, se lè n byen chwazi sa n ap di pou n konsole frè n ak sè n yo e pou n ankouraje yo (1 Kor. 14:3). Ansyen yo sitou bezwen veye pou yo “pale yon fason pou [yo] konsole” frè ak sè yo, menm lè gen nan yo ki ka fache oswa ki ka gen tandans di “vye pawòl”. — 1 Tes. 5:14; Jòb 6:3.

14-15. Bay yon egzanp ki montre fason yon ansyen ka suiv egzanp Eliyou lè l ap bay konsèy.

14 Imajine sitiyasyon ki vin annapre a. Yon ansyen aprann gen yon sè nan kongregasyon l lan ki dekouraje. Ansyen an al vizite sè a ansanm ak yon lòt frè pou ankouraje l. Pandan vizit la, sè a di yon bann bagay negatif. Li fè konnen byenke li asiste reyinyon e l al preche, li pa vrèman santi l gen kè kontan. Ki sa ansyen an ap fè?

15 Premyèman, l ap fè efò pou l pi byen konprann sitiyasyon sè a. Pou l rive fè sa, l ap bezwen koute sè a avèk pasyans. Èske sè a santi li pa merite pou Bondye renmen l? Èske “tètchaje ki gen nan lavi a” ap boulvèse lespri l (Lik 21:34)? Dezyèmman, ansyen an ap chèche okazyon tou pou l felisite sè a pou bon bagay l ap fè. Pa egzanp, li ka felisite l poutèt li toujou asiste reyinyon e l preche menm lè sa pa toujou fasil pou li. E twazyèmman, lè ansyen an vin konprann sitiyasyon sè a ak sa ki lakòz li dekouraje, l ap sèvi ak Bib la pou l bay sè a asirans Bondye renmen l. — Gal. 2:20.

KONTINYE APRANN BONJAN LESON NAN LIV JÒB LA

16. Ki jan n ka kontinye byen pwofite liv Jòb la?

16 Li klè gen anpil leson nou ka aprann lè n egzamine liv Jòb la. Jan nou te wè nan atik anvan an, nonsèlman istwa sa a Bondye te fè ekri a aprann nou rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans, men tou, li aprann nou ki jan n ka andire lè n ap soufri. Jan nou sot wè nan atik sa a, nou tout ka aprann bay bon konsèy lè n suiv bon egzanp Eliyou te bay olye n suiv move egzanp twa zanmi Jòb yo te bay. Petèt, ou ka egzamine leson w te aprann nan liv Jòb la anvan w bay lòt moun konsèy. Si w gen yon ti tan depi w te li liv Jòb la, fè efò pou w reli bèl liv sa a ankò. Se sèten, w ap jwenn anpil lòt bèl leson ladan l.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki sa w te aprann nan egzanp twa zanmi Jòb yo konsènan sa w pa dwe di ak sa w pa dwe fè lè w ap bay konsèy?

  • Ki jan Eliyou te montre l se yon moun ki gen sajès lè l t ap bay Jòb konsèy?

  • Ki jan n ka kontinye aprann nan liv Jòb la?

KANTIK 125 ‘Byennere moun ki gen mizèrikòd yo!’

a Sanble gen yon movèzespri ki te fè Elifaz kwè pa gen moun ki jis pou Jewova, konsa pa gen moun k ap janm kapab fè l plezi. Elifaz te kwè manti sa a. Chak fwa li t ap pale ak Jòb, li pa t sispann repete sa. — Jòb 4:17; 15:​15, 16; 22:2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje