2 Timote
3 Men, met sa nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. 2 Paske, moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap grandizè, y ap ògeye, y ap blasfeme*, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, yo pap fidèl, 3 yo pap gen afeksyon pou moun parèy yo, yo pap dispoze antann yo, y ap pale moun mal, y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, 4 y ap trèt, y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye, 5 y ap parèt gen atachman pou Bondye, men y ap aji yon fason ki kontrè ak fòs atachman sa a*. Moun sa yo, evite yo. 6 Paske, pami yo, gen yon seri mesye k ap antre lakay moun anba anba, e y ap pran tèt fi ki fèb, fi ki chaje ak peche, ki kite yon bann dezi ap mennen yo, 7 ki toujou ap aprann, men ki pa janm ka rive gen yon konesans egzak sou laverite.
8 Menm jan Janès ak Janbrès te opoze ak Moyiz, se menm jan an tou mesye sa yo kontinye ap opoze ak laverite. Lespri yo kòwonpi nèt, e Bondye pa rekonèt yo kòm moun k ap mache selon lafwa. 9 Men, yo pap rive pi lwen, paske foli yo a ap vin klè pou tout moun, menm jan foli de mesye sa yo te vin klè pou tout moun tou. 10 Men ou menm, se pye pou pye ou suiv ansèyman m, fason m viv, objektif mwen, lafwa mwen, pasyans mwen, lanmou mwen ak andirans mwen. 11 Anplis de sa, ou konnen pèsekisyon mwen te sibi, soufrans mwen te andire, tankou sa k te rive m Antyòch, Ikónyòm ak Lis yo. Ou konnen ki kalite pèsekisyon m te andire, men Seyè a te delivre m anba yo tout. 12 Dayè, tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. 13 Men, moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou, y ap twonpe moun e yo twonpe tèt yo.
14 Men ou menm, rete nan sa w te aprann yo, nan sa yo te konvenk ou pou w kwè yo, piske w konnen nan men ki moun ou te aprann yo 15 e se depi w toupiti ou konnen sa ki ekri nan liv sakre yo, ki kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre grasa lafwa nan Kris Jezi. 16 Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil pou anseye, pou reprimande, pou korije, pou bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis, 17 dekwa pou moun pa Bondye a vin kalifye nèt, pou l vin gen tout sa l bezwen pou l fè tout bon travay.