BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Èlkana ak madanm li yo (1-8)

      • Ana, ki pa gen pitit, ap priye pou l gen yon pitit gason (9-18)

      • Samyèl fèt e yo bay Jewova li (19-28)

1 Samyèl 1:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “moun Rama, yon Zoufit”.

  • *

    Byenke Èlkana te rete nan tèritwa Efrayim, an reyalite, li te yon Levit. Gade 1Kw 6:19, 22-28.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 6:22, 27
  • +1Sa 1:19; 7:15, 17
  • +Joz 16:5

1 Samyèl 1:3

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pwostène devan”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:14; 34:23; Dt 12:5, 6; Joz 18:1; Jj 21:19; Lk 2:41
  • +1Sa 2:12, 22; 4:17
  • +Nb 3:10; Dt 33:10; Mal 2:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 51, 54

    Toudegad,

    1/7/2010, p. 14-15

1 Samyèl 1:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 7:15

1 Samyèl 1:5

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “te fèmen matris Ana”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 52

    Toudegad,

    1/7/2010, p. 15

1 Samyèl 1:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 16:16; 1Sa 2:18, 19

1 Samyèl 1:8

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Poukisa kè w pa byen?”

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 52-54

    Toudegad,

    1/7/2010, p. 14-15

    1/4/2005, p. 29

1 Samyèl 1:9

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de tabènak la.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 25:8; 1Sa 3:3; 2Sa 7:2

1 Samyèl 1:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 55:22; 65:2

1 Samyèl 1:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 30:22
  • +Nb 6:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    4/2017, p. 5

    Imite, p. 57

    Toudegad,

    1/7/2010, p. 17

1 Samyèl 1:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 55

    Toudegad,

    1/7/2010, p. 16

1 Samyèl 1:15

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon fi ki gen lespri l boulvèse”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 42:6; 62:8; 142:2

1 Samyèl 1:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 1:11

1 Samyèl 1:18

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 55-56

    Toudegad,

    1/7/2010, p. 16, 18

1 Samyèl 1:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 1:1
  • +1Sa 1:11; Sm 66:19; Pw 15:29

1 Samyèl 1:20

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di: “Non Bondye”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 5:29; 41:51; Eg 2:21, 22; Mt 1:21

1 Samyèl 1:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 1:3

1 Samyèl 1:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 16:16
  • +1Sa 1:11; 2:11; 2Kw 31:16

1 Samyèl 1:24

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “anviwon 7 gwo mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 15:8-10
  • +Joz 18:1

1 Samyèl 1:26

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Devan lavi nanm ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 1:15

1 Samyèl 1:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 1:11, 17; Sm 66:19

1 Samyèl 1:28

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “prete”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    4/2017, p. 5

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 1:11Kw 6:22, 27
1 Sam. 1:11Sa 1:19; 7:15, 17
1 Sam. 1:1Joz 16:5
1 Sam. 1:3Eg 23:14; 34:23; Dt 12:5, 6; Joz 18:1; Jj 21:19; Lk 2:41
1 Sam. 1:31Sa 2:12, 22; 4:17
1 Sam. 1:3Nb 3:10; Dt 33:10; Mal 2:7
1 Sam. 1:4Le 7:15
1 Sam. 1:7Dt 16:16; 1Sa 2:18, 19
1 Sam. 1:9Eg 25:8; 1Sa 3:3; 2Sa 7:2
1 Sam. 1:10Sm 55:22; 65:2
1 Sam. 1:11Jen 30:22
1 Sam. 1:11Nb 6:5
1 Sam. 1:15Sm 42:6; 62:8; 142:2
1 Sam. 1:171Sa 1:11
1 Sam. 1:191Sa 1:1
1 Sam. 1:191Sa 1:11; Sm 66:19; Pw 15:29
1 Sam. 1:20Jen 5:29; 41:51; Eg 2:21, 22; Mt 1:21
1 Sam. 1:211Sa 1:3
1 Sam. 1:22Dt 16:16
1 Sam. 1:221Sa 1:11; 2:11; 2Kw 31:16
1 Sam. 1:24Nb 15:8-10
1 Sam. 1:24Joz 18:1
1 Sam. 1:261Sa 1:15
1 Sam. 1:271Sa 1:11, 17; Sm 66:19
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 1:1-28

1 Samyèl

1 Twouve, te gen yon mesye ki te rele Èlkana+ ki moun Ramatayimsofim*+, nan zòn ki gen mòn nan Efrayim+ nan. Li se pitit Jewowam, ki te pitit gason Eliyou, pitit gason Toyou, li menm ki te pitit gason Zouf. Li te moun Efrayim*. 2 Li te gen de madanm. Youn te rele Ana, e lòt la te rele Penina. Penina te gen pitit, men Ana pa t gen pitit. 3 Chak ane, mesye sa a te sot nan vil kote l rete a pou l monte al adore* Jewova, Chèf lame yo, nan Silo+, e pou l fè sakrifis pou li. Se la de pitit gason Eli yo, Ofni ak Fineyas+, t ap sèvi kòm prèt Jewova+.

4 Yon jou, pandan Èlkana t ap ofri yon sakrifis, li te bay Penina, madanm li, ansanm ak tout pitit gason l yo ak pitit fi l yo plizyè moso nan sakrifis la+. 5 Men, Èlkana te bay Ana yon moso espesyal, paske se Ana li te renmen. Sepandan, Jewova pa t pèmèt Ana fè pitit*. 6 Mete sou sa, lòt madanm Èlkana a te toujou ap fawouche Ana pou fè l fache paske Jewova pa t ba l pitit. 7 Chak ane, li te konn fè sa. Chak fwa Ana monte al lakay Jewova+, matlòt li a te tèlman nui l, li te konn kriye e li te konn ret san manje. 8 Men, Èlkana, mari l, di l: “Ana, poukisa w ap kriye e poukisa w pa manje? Poukisa w tris konsa?* Èske m pa vo plis pase dis pitit gason pou ou?”

9 Epi, apre yo fin manje e yo fin bwè nan vil Silo, Ana leve. Nan moman sa a, Eli, prèt la, te chita sou chèz la bò papòt tanp Jewova a*+. 10 Ana te tris anpil, li te pran priye Jewova+ e li t ap kriye san rete. 11 Epi, li fè yon ve, li di: “O Jewova, Chèf lame yo, si w wè tray sèvant ou an ap pase e ou sonje m, si w pa bliye sèvant ou an e ou bay sèvant ou an yon pitit gason+, m ap ba ou l, Jewova, pou l ka sèvi w pandan tout lavi l. Okenn razwa pap touche tèt li+.”

12 Pandan l te pase yon pakèt tan ap priye Jewova, Eli t ap gade bouch li. 13 Ana t ap pale nan kè l. Se sèlman bouch li ki t ap bat, moun pa t tande vwa l. Se sa k fè Eli te panse l te sou. 14 Eli di l: “Ki lè w ap sispann sou? Sispann bwè diven non!” 15 Lè sa a, Ana di l: “Non, mèt mwen. Mwen se yon fi ki anba gwo pwoblèm*. Mwen pa bwè ni diven ni okenn lòt bwason ki gen alkòl, se kè m m ap vide bay Jewova+. 16 Pa pran sèvant ou an pou yon move moun. Se paske mwen gen gwo tètchaje e mwen nan lapenn ki fè m kontinye ap pale konsa.” 17 Lè sa a, Eli di l: “Ale anpè! Se pou Bondye Izrayèl la ba w sa w mande l la+!” 18 Ana reponn: “Mwen swete pou sèvant ou an kontinye jwenn favè w.” Apre sa, l ale lakay li, li manje, epi figi l pa t tris ankò.

19 Annapre, yo leve granmmaten y al pwostène devan Jewova. Apre sa, yo retounen lakay yo nan Rama+. Epi, Èlkana te antre nan relasyon ak Ana, madanm li, e Jewova te sonje Ana+. 20 Anviwon ennan apre, Ana vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele+ l Samyèl*. Paske, li di: “Se Jewova mwen te mande l.”

21 Rive yon lè, Èlkana monte ak tout moun lakay li pou l al ofri sakrifis li abitye bay Jewova+ chak ane a e pou l bay ofrann pou ve li fè. 22 Men, Ana pa t monte+, paske li te di mari l: “Kou m sevre tigason an, m ap mennen l. Lè sa a, l ap vin devan Jewova e l ap rete la nèt+.” 23 Epi, Èlkana, mari l, di l: “Fè sa w panse ki pi bon an. Rete lakay jiskaske w sevre l. Mwen swete pou Jewova fè sa w di a rive!” Konsa, dam nan te rete lakay li pou l pran swen pitit gason l lan jiskaske l sevre l.

24 Kou l fin sevre l, li monte avè l Silo ansanm ak yon towo bèf ki gen twazan, yon efa* farin ak yon gwo bidon diven+, epi li ale lakay Jewova a+ ansanm ak tigason an. 25 Apre sa, yo touye towo bèf la e yo mennen tigason an bay Eli. 26 Lè sa a, Ana di: “Eskize m, mèt mwen. Menm jan li klè ou vivan, mwen fè sèman*, mèt mwen, mwen se dam ki te kanpe bò kote w isit la e ki t ap priye Jewova a+. 27 Se pou m te ka gen tigason sa a mwen t ap priye, e Jewova ban m sa m te mande l la+. 28 Kounye a, mwen bay* Jewova l. Pandan tout lavi l, se pou Jewova li ye.”

Epi, Èlkana pwostène kote l ye a devan Jewova.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje