BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Samyèl 5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • David vin wa sou tout Izrayèl (1-5)

      • Yo pran Jerizalèm (6-16)

        • Siyon, Vil David la (7)

      • David pot laviktwa sou moun Filisti yo (17-25)

2 Samyèl 5:1

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “zo w ak chè w”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 2:1, 11; 1Kw 12:23
  • +1Kw 11:1-3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/6/2005, p. 29

2 Samyèl 5:2

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “ki t ap fè Izrayèl soti e ki t ap fè Izrayèl antre”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:13; 25:28
  • +Jen 49:10; 1Sa 16:1; 25:30; 2Sa 6:21; 7:8; 1Kw 28:4; Sm 78:71

2 Samyèl 5:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 11:17
  • +1Sa 16:13; 2Sa 2:4; Tr 13:22

2 Samyèl 5:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 29:26, 27

2 Samyèl 5:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 14:18

2 Samyèl 5:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:23; Joz 15:63; Jj 1:8, 21
  • +1Kw 11:4-6

2 Samyèl 5:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 2:10; Ne 12:37

2 Samyèl 5:8

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ki rayi nanm David”.

2 Samyèl 5:9

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “li te rele l”.

  • *

    Lit.: “plen ak ranblè”. Petèt se te yon konstriksyon ki te tankou yon sitadèl.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 9:15, 24; 11:27; 2Kw 32:5
  • +1Kw 11:7-9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Tradiksyon monn nouvo a, p. 1700

2 Samyèl 5:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 16:13; 2Sa 3:1
  • +1Sa 17:45

2 Samyèl 5:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “palè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 5:1, 8
  • +2Kw 2:3
  • +2Sa 7:2; 1Kw 14:1, 2

2 Samyèl 5:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 7:16; Sm 41:11; 89:21
  • +Sm 89:27
  • +1Wa 10:9; 2Kw 2:11

2 Samyèl 5:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 15:16
  • +1Kw 3:5-9; 14:3-7

2 Samyèl 5:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Lk 3:23, 31
  • +2Sa 12:24

2 Samyèl 5:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 5:3
  • +Sm 2:2
  • +1Sa 22:1, 5; 24:22; 2Sa 23:14; 1Kw 14:8

2 Samyèl 5:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Platon”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:8, 12; 1Kw 11:15; 14:9

2 Samyèl 5:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 27:21
  • +1Kw 14:10-12

2 Samyèl 5:20

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di: “Mèt nan kraze”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 22:41
  • +Eza 28:21

2 Samyèl 5:22

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Platon”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:8, 12; 1Kw 11:15; 14:13-17

2 Samyèl 5:23

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “touf bwa baka a”. Baka se yon mo ebre. Yo pa byen konn ki kalite pyebwa li ye.

2 Samyèl 5:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:7
  • +Joz 18:21, 24
  • +Joz 16:10

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Sam. 5:12Sa 2:1, 11; 1Kw 12:23
2 Sam. 5:11Kw 11:1-3
2 Sam. 5:21Sa 18:13; 25:28
2 Sam. 5:2Jen 49:10; 1Sa 16:1; 25:30; 2Sa 6:21; 7:8; 1Kw 28:4; Sm 78:71
2 Sam. 5:32Wa 11:17
2 Sam. 5:31Sa 16:13; 2Sa 2:4; Tr 13:22
2 Sam. 5:41Kw 29:26, 27
2 Sam. 5:5Jen 14:18
2 Sam. 5:6Eg 23:23; Joz 15:63; Jj 1:8, 21
2 Sam. 5:61Kw 11:4-6
2 Sam. 5:71Wa 2:10; Ne 12:37
2 Sam. 5:91Wa 9:15, 24; 11:27; 2Kw 32:5
2 Sam. 5:91Kw 11:7-9
2 Sam. 5:101Sa 16:13; 2Sa 3:1
2 Sam. 5:101Sa 17:45
2 Sam. 5:111Wa 5:1, 8
2 Sam. 5:112Kw 2:3
2 Sam. 5:112Sa 7:2; 1Kw 14:1, 2
2 Sam. 5:122Sa 7:16; Sm 41:11; 89:21
2 Sam. 5:12Sm 89:27
2 Sam. 5:121Wa 10:9; 2Kw 2:11
2 Sam. 5:132Sa 15:16
2 Sam. 5:131Kw 3:5-9; 14:3-7
2 Sam. 5:14Lk 3:23, 31
2 Sam. 5:142Sa 12:24
2 Sam. 5:172Sa 5:3
2 Sam. 5:17Sm 2:2
2 Sam. 5:171Sa 22:1, 5; 24:22; 2Sa 23:14; 1Kw 14:8
2 Sam. 5:18Joz 15:8, 12; 1Kw 11:15; 14:9
2 Sam. 5:19Nb 27:21
2 Sam. 5:191Kw 14:10-12
2 Sam. 5:202Sa 22:41
2 Sam. 5:20Eza 28:21
2 Sam. 5:22Joz 15:8, 12; 1Kw 11:15; 14:13-17
2 Sam. 5:25Le 26:7
2 Sam. 5:25Joz 18:21, 24
2 Sam. 5:25Joz 16:10
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Samyèl 5:1-25

2 Samyèl

5 Rive yon lè, tout tribi ann Izrayèl yo te vin kot David nan Ebwon+, yo di l: “Gade! Se san w* nou ye+. 2 Lontan, lè Sayil te wa nou, se ou menm ki te konn alatèt pèp Izrayèl la lè li t apral nan lagè*+. Jewova te di w: ‘W ap vin yon bèje pou Izrayèl, pèp mwen an, e w ap vin chèf sou Izrayèl+.’” 3 Konsa, tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la te vin kot wa a nan Ebwon. Epi, wa David te fè yon alyans avèk yo+ nan Ebwon devan Jewova. Apre sa, yo vide luil sou tèt David pou yo mete l wa Izrayèl+.

4 David te gen 30 an lè l te vin wa, e li te fè 40 an kòm wa+. 5 Li te dirije Jida pandan 7 an 6 mwa detan l Ebwon. E pandan 33 an, li te dirije tout Izrayèl ak Jida detan l Jerizalèm+. 6 Epi, wa a ak mesye l yo pran wout pou y al Jerizalèm pou y al atake moun Jebis yo+ ki te abite nan zòn nan. Moun yo te pase David nan rizib, yo te di l: “Ou pap janm antre isit la! Ata moun ki avèg yo ak moun ki domaje nan pye yo ap mete w deyò.” Yo te di tèt yo: ‘David pap janm antre isit la+.’ 7 Men, David te pran fòtrès ki nan Siyon an, e yo rele l Vil David kounye a+. 8 Se konsa, jou sa a, David te di: “Moun k ap atake moun Jebis yo dwe pase nan tinèl dlo a pou y al touye ‘ni moun ki domaje nan pye ni moun ki avèg’ ki rayi mwen menm, David*.” Se sa k fè, gen yon pawòl ki di: “Moun ki avèg yo ak moun ki domaje nan pye yo pap janm antre isit la.” 9 Apre sa, David te vin abite nan fòtrès la, e yo te rele l* Vil David. Epi, David te kòmanse bati yon seri miray ak lòt bagay nan Milo*+ ak lòt kote nan vil la+. 10 Se konsa, David te vin gen plis pouvwa de jou an jou+, e Jewova, Bondye ki Chèf lame yo, te avè l+.

11 Iram+, wa vil Ti, te voye moun pot mesaj bay David e l te voye bwa sèd+, bòs ki konn travay bwa ak bòs ki konn taye wòch pou bati miray yo e yo te kòmanse bati yon kay* pou David+. 12 Epi, David te wè se Jewova ki mete l wa sou pèp Izrayèl la+ e ki te leve wayòm li an byen wo+ pou byen pèp Izrayèl la+.

13 David te vin gen plis madanm sou kote+ ak plis madan marye nan Jerizalèm e li te vin gen plis pitit gason ak plis pitit fi+. 14 Men non pitit li te vin genyen nan Jerizalèm yo: Chamwa, Chobab, Natan+, Salomon+, 15 Iba, Elichouwa, Nefèg, Jafya, 16 Elichama, Elyada ak Elifelèt.

17 Lè moun Filisti yo tande yo chwazi David kòm wa sou pèp Izrayèl la+, yo tout monte pou y al dèyè David+. Lè David aprann sa, li desann al yon kote pou l kache+. 18 Epi, moun Filisti yo vini, yo gaye kò yo nan Vale* Refayim+ nan. 19 Epi, David mande Jewova+: “Èske m mèt monte al goumen ak moun Filisti yo? Èske w ap lage yo nan men m?” Lè sa a, Jewova di David: “Ou mèt monte. Paske, m ap lage moun Filisti yo nan men w san mank+.” 20 Vrèmanvre, David vini Baalperazim e li touye moun Filisti yo nan zòn sa a. Apre sa, li di: “Jewova kraze ènmi m yo+ pou mwen, tankou yon kote dlo pase li kraze.” Se sa k fè li te rele zòn sa a Baalperazim*+. 21 Moun Filisti yo te kite zidòl yo te genyen yo nan zòn nan, e David ak mesye l yo pran yo e yo detwi yo.

22 Annapre, moun Filisti yo monte yon lòt fwa ankò e yo gaye kò yo nan Vale* Refayim nan+. 23 David te mande Jewova sa pou l fè, men li di David: “Pa monte dwat. Okontrè, al pase pa dèyè yo, epi atake yo anfas kote ki gen touf bwa a*. 24 Lè w tande yon bri nan tèt pyebwa yo ki tankou bri moun k ap mache, lè sa a, aji byen vit, paske Jewova ap pase devan w pou l touye sòlda ki nan lame Filisti a.” 25 Vrèmanvre, David te fè egzakteman sa Jewova te ba l lòd fè a, epi li touye moun Filisti yo+ soti Geba+ pou rive jis Gezè+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje