BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g19 no 1 p. 6-7
  • Pi bon fòmasyon an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pi bon fòmasyon an
  • Reveye n! — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YON FÒMASYON SOU SA K BYEN AK SA K MAL KI PA EGZISTE NAN OKENN LEKÒL NAN MONN NAN
  • Lanmou
    Reveye n! — 2018
  • Fason nou ka fè bonjan lanmou an grandi nan nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • “Se pou nou kontinye mache nan lanmou”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Lanmou: Yon kalite ki enpòtan anpil
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Reveye n! — 2019
g19 no 1 p. 6-7
Yon tifi paran l ap montre lave veso

Paran yo aprann pitit yo gen lanmou grasa egzanp yo ba yo.

YON ETAP POU EDE N LEVE DEFI A

Pi bon fòmasyon an

Gen yon lekòl prive ki gen gwo renome nan peyi Kanada ki te òganize yon jounen ak kèk elèv. Pandan jounen an, yo fè konnen gen kèk jèn gason ki nan adolesans yo ki te vyole yon lòt jèn gason ki nan menm lekòl la. Apre sa k te fin pase a, gen yon jounalis ki rele Leonard Stern ki te ekri pawòl nou jwenn annapre yo nan yon jounal (Ottawa Citizen): “Entèlijans, klas sosyal ak bon nivo edikasyon gen avantaj yo, men yo pa anpeche jèn yo fè sa k pa bon.”

Stern te fè konnen tou: “Petèt yon moun ta ka panse sa k pi enpòtan pou paran yo se anseye pitit yo diferans ki genyen ant sa ki byen ak sa ki mal, men, sanble pou anpil paran, sa k pi enpòtan se pou pitit yo travay byen lekòl epi jwenn yon travay ki byen peye yon fason pou timoun sa yo ka vin gen anpil kòb.”

Se vre, ale lekòl enpòtan. Men, menm nivo etid ki pi wo a pap montre yon moun ki jan l pou l evite fè sa k pa sa oswa konbat yon seri vye tandans li gen lakay li. Kidonk, ki kote nou kapab jwenn bonjan direksyon pou n fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal, pou nou ka venk bagay sa yo?

YON FÒMASYON SOU SA K BYEN AK SA K MAL KI PA EGZISTE NAN OKENN LEKÒL NAN MONN NAN

Labib tankou yon glas. Lè n gade ladan l, li fè n pi byen wè limit nou ak feblès nou (Jak 1:23-25). Men, Labib pa annik ede n konnen limit nou ak feblès nou yo sèlman, li ede n pou n fè chanjman ki nesesè yo tou, epi vin gen yon seri kalite tankou byenveyans, bonte, pasyans, metriz ak lanmou. Kalite konsa pèmèt nou viv anpè e nan tèt ansanm toutbon ak lòt moun. Labib menm fè konnen lanmou se yon “chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. (Kolosyen 3:14.) Sa k fè lanmou espesyal konsa? Ann wè sa Bib la di konsènan kalite sa a.

  • “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun, li pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li, li pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l, li pa fè kòlè fasil. Li pa note bagay mal yo fè l. Li pa pran plezi nan sa ki mal, men li pran plezi nan sa ki verite. Li sipòte tout bagay, [...] li andire tout bagay.” — 1 Korentyen 13:4-8.

  • “Yon moun ki gen lanmou pa fè pwochen l mal.” — Women 13:10.

  • “Anvan tout bagay, se pou nou gen anpil lanmou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon pakèt peche.” — 1 Pyè 4:8.

Ki jan w santi w lè w ansanm avèk moun ki renmen w? Èske w pa santi w byen epi an sekirite? Èske w pa santi w alèz? Se sèten se konsa w santi w, paske w konnen moun sa yo vle byen w nan tout sans, e se pap janm entansyon yo pou yo blese w.

Lanmou gen pouvwa pou l ankouraje yon moun fè sakrifis tou, moun nan ka menm rive chanje fason l t ap viv pou byennèt lòt moun. Pa egzanp, gen yon mesye n ap bay non George ki te vin granpè. Li te vrèman anvi pase tan ak pitit pitit li, ki yon tigason. Men, George te gen yon pwoblèm. Li te konn fimen anpil, e bofis li pa t vle l fimen sou tibebe a. Ki sa George te fè? Aktout li te gentan gen 50 an depi l ap fimen, li te kite abitid sa a pou byennèt pitit pitit li a. Pa gen dout nan sa, lanmou gen anpil pouvwa!

Labib ede nou vin gen yon seri bèl kalite tankou byenveyans, bonte, pasyans, metriz ak lanmou, kalite ki pi enpòtan an.

Nou pa fèt tou gen lanmou lakay nou, se aprann nou aprann genyen l. Paran yo jwe yon gwo wòl nan aprann timoun yo devlope kalite sa a. Paran yo nouri pitit yo e yo pwoteje yo. Epi lè pitit yo blese oswa malad, yo pran swen yo. Bon paran yo pale ak pitit yo e yo anseye yo. Yo bay pitit yo disiplin tou, sa ki gen ladan l aprann yo fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal. Anplis de sa, bon paran yo bay pitit yo bon egzanp.

Men, sa tris pou n wè gen kèk paran ki echwe nan domèn sa yo. Men, èske sa vle di otomatikman timoun yo kondane pou yo echwe nan lavi yo? Sa pa vle di sa. Gen anpil timoun ki vin gran ki te rive fè gwo chanjman nan lavi yo, alòske anpil ladan yo te leve nan fanmi ki te tèt anba. Epoutan, yo vin moun ki konn pran ka moun e ki onèt. Nan atik ki vin apre a, nou pral pale sou egzanp kèk moun anpil moun te konsidere kòm ka pèdi.

PWEN POU NOU SONJE

LABIB KAPAB BAN NOU YON FÒMASYON KI PA EGZISTE NAN OKENN LEKÒL NAN MONN NAN. LI KAPAB EDE N KONNEN SA K BYEN AK SA K MAL EPI GEN BON RELASYON AK BONDYE.

SE PA TOUT MOUN K AP CHANJE

Bib la fè konnen byen klè gen moun ki pap vle chanje pou yo fè sa ki byen. Selon Dànyèl 12:10, moun ki mechan yo ap kontinye “fè sa ki mal”. Èske sa vle di nou kondane pou n pa janm gen lapè ak sekirite nètale? Anfèt, si se nan men lèzòm avni nou te ye, nou t ap sanzespwa. Sepandan, jan nou pral wè sa, se pa nan men lèzòm li ye. Donk, nou kapab gen asirans nou pral viv anpè e an sekirite!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje