BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es17 p. 17-26
  • Fevriye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fevriye
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
  • Soutit
  • Mèkredi 1ye fevriye
  • Jedi 2 fevriye
  • Vandredi 3 fevriye
  • Samdi 4 fevriye
  • Dimanch 5 fevriye
  • Lendi 6 fevriye
  • Madi 7 fevriye
  • Mèkredi 8 fevriye
  • Jedi 9 fevriye
  • Vandredi 10 fevriye
  • Samdi 11 fevriye
  • Dimanch 12 fevriye
  • Lendi 13 fevriye
  • Madi 14 fevriye
  • Mèkredi 15 fevriye
  • Jedi 16 fevriye
  • Vandredi 17 fevriye
  • Samdi 18 fevriye
  • Dimanch 19 fevriye
  • Lendi 20 fevriye
  • Madi 21 fevriye
  • Mèkredi 22 fevriye
  • Jedi 23 fevriye
  • Vandredi 24 fevriye
  • Samdi 25 fevriye
  • Dimanch 26 fevriye
  • Lendi 27 fevriye
  • Madi 28 fevriye
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
es17 p. 17-26

Fevriye

Mèkredi 1ye fevriye

Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. — Jak 4:8.

Èske w se yon Temwen Jewova ki vwe e ki batize? Si se wi, konnen w posede yon bagay ki gen anpil valè anpalan de relasyon w gen ak Bondye a. Sepandan, nonsèlman relasyon sa a ap fè fas ak presyon nan monn Satan an, men, l ap fè fas ak pwòp enpèfeksyon nou tou. Se tout kretyen nèt k ap fè fas ak sitiyasyon difisil sa a. Se sa k fè, relasyon nou gen ak Jewova a dwe vin pi solid otank posib. Jis nan ki pwen relasyon w gen ak Jewova a reyèl pou ou? Èske w ta renmen fè l vin pi solid? Jak 4:8 ki se tèks pou jounen an montre fason w ka fè sa. W ap remake aksyon sa a mande yon echanj. Tank n ap fè efò pou n pwoche bò kote Bondye se tank l ap pwoche bò kote n tou. Echanj sa a k ap fèt detanzantan an ap pèmèt relasyon nou gen ak Jewova a vin pi solid tikras pa tikras. Kòm rezilta, relasyon sa a ap vin vrèman reyèl pou nou. Sa ap fè n vin gen kalite konfyans Jezi te genyen lè l te di: “Moun ki voye m nan egziste reyèlman, e [...] mwen konnen l.” — Jan 7:28, 29. w15 15/4 3:1, 2.

Jedi 2 fevriye

Andire anba tribilasyon. Pèsevere nan lapriyè. — Wom. 12:12.

Ann sipoze gen yon moun nan fanmi w ou renmen anpil ki eskominye. Selon sa w aprann nan Bib la, ou konnen ki jan pou w aji ak moun ki eskominye (1 Kor. 5:11; 2 Jan 10). Aktout sa, pafwa, li gendwa difisil anpil e l gendwa menm enposib pou w soutni dispozisyon sa a. Èske w ka gen konfyans Papa w ki nan syèl la ap ba w fòs ou bezwen pou w pran detèminasyon pou w suiv lòd Bib la bay anrapò ak yon moun ki eskominye? Èske w konsidere sitiyasyon sa a kòm yon okazyon w genyen pou w vin gen yon relasyon ki pi solid ak Jewova lè w vin pi pwòch avè l? Èske sa vle di nou pa ta dwe renmen fanmi nou anpil? Non. Men, nou dwe pi renmen Jewova pase yo (Mat. 22:37, 38). Anfèt, sa pi bon lontan pou yo, kit yo toujou ap sèvi Jewova kit yo sispann sèvi l. Epi, si w santi w boulvèse anpil akoz yon moun nan fanmi w eskominye, ouvri kè w bay Jewova nan lapriyè. — Flp. 4:6, 7. w15 15/4 4:14, 16.

Vandredi 3 fevriye

Nou menm, nou fyè de nou pami kongregasyon Bondye yo, paske [...] nou andire e nou demontre lafwa. — 2 Tes. 1:4.

Lè yon moun santi l kontan pou travay lòt moun fè oswa l menm montre l fyè de tèt li nan yon nivo ki rezonab, sa kapab bon pou li. Nou pa dwe wont fanmi nou, kilti nou oswa kote n grandi a (Tra. 21:39). Yon lòt bò, gen yon lòt kalite fyète ki kapab minen relasyon nou gen ak lòt moun e ki kapab kraze relasyon nou gen ak Jewova a. Yon fyète konsa ka lakòz nou vin gen rankin e l ka lakòz nou rejte yon konsèy yo ban nou olye n aksepte l avèk imilite (Sòm 141:5). Yo defini kalite fyète sa a kòm “yon konfyans depase limit yon moun gen nan tèt li” oswa kòm “yon etadespri ògeye moun ki kwè yo pi bon pase lòt moun yo konn demontre, alòske byen souvan yo pa gen okenn rezon valab pou sa”. Jewova rayi ògèy (Eze. 33:28; Amòs 6:8). Men, Satan dwe kontan lè l wè jan lèzòm ap aji ak ògèy paske sa reflete menm ògèy li genyen an. Se pa ti kontan Satan dwe te santi l kontan lè l te wè jan kèk moun tankou Nimwòd, Farawon ak Absalòm te konn ap vante tèt yo e yo te vin fyè depase limit. — Jen. 10:8, 9; Egz. 5:1, 2; 2 Sam. 15:4-6. w15 15/5 2:5, 6.

Samdi 4 fevriye

Ou ouvri men w e w bay tout sa k vivan sa yo bezwen. — Sòm 145:16.

Lefètke ‘Kris, pisans Bondye a’, te reflete kalite Papa l genyen yo, li te konn ouvri men l souvan pou l bay moun ki te konn suiv li yo sa yo bezwen (1 Kor. 1:24). Li pa t fè sa tou senpleman pou l demontre pisans li. Se bonjan sousi l te gen pou lòt moun ki te pouse l fè sa. Konsidere Matye 14:14-21. Disip Jezi yo te vin kote l pou yo pale avè l sou pwoblèm manje a. Sanble nonsèlman disip yo te grangou, men, yo t ap bay tèt yo pwoblèm tou pou foul moun ki te grangou e ki te fatige ki t ap suiv Jezi apye depi nan vil yo (Mat. 14:13). Ki sa Jezi t apral fè? Jezi te sèvi ak senk pen ak de pwason e l te bay anviwon 5 000 gason manje, san konte fi ak timoun! Foul moun yo te “manje vant plen”. Sa montre te gen yon pakèt manje. Jezi pa t annik bay moun yo yon bout pen, men, li te ba yo yon repa ki t ap kore yo pou jounen byen long yo t apral fè ap mache pou tounen lakay yo a (Lik 9:10-17). Epi, rès ki te rete yo te plen 12 pànye! w15 15/6 1:8, 9.

Dimanch 5 fevriye

Lèzòm ap fè lwanj pou move bagay. — Sòm 12:8.

Akoz tandans imoral ki gaye toupatou nan monn nan, nou gendwa ap mande tèt nou: ‘Èske l posib toutbon pou yon moun rete pwòp?’ Grasa èd Jewova, repons lan se wi. Sepandan, nou bezwen rekonèt nou dwe rejte tout dezi imoral. Menm jan manje yo met nan yon kwòk ka atire yon pwason, konsa tou, si yon kretyen pa kouri rejte panse imoral ak move dezi, yo ka kòmanse atire l e yo ka pouse l fè sa k mal. Yo ka eveye dezi chanèl nou yo e yo ka pouse n komèt aksyon imoral. Rive yon lè, tandans nou genyen pou n fè peche a ka vin tèlman fò lakay nou opwen panse ki pa pwòp yo ka vin pran rasin. Nan pwen sa a, menm yon sèvitè Jewova ka tou pare pou l aji selon dezi l lè l jwenn okazyon. Vrèmanvre, se ‘dezi ki mennen nan peche’. (Jak 1:14, 15.) Li enteresan pou n reflechi ak fason move dezi ka grandi lakay yon moun jis li rive fè l komèt yon peche grav. Sepandan, se pa ti ankourajan sa ankourajan lefètke n konnen si n pa kite move dezi yo pran rasin nan kè n nou pap tonbe nan konduit imoral e nou pap soufri akoz move konsekans konduit sa a! — Gal. 5:16. w15 15/6 3:1-3.

Lendi 6 fevriye

Se pou volonte w fèt sou tè a. — Mat. 6:10.

Sa gen anviwon 6 000 an, volonte Bondye te fèt sou tè a yon fason ki pafè. Se rezon sa a ki fè Jewova te ka gade bèl fason l te pèmèt limanite derape a epi l te di sa l fè yo “bon anpil”. (Jen. 1:31.) Annapre, Satan te rebele kont Bondye e depi lè sa a, se yon tikras moun ki t ap fè volonte Bondye sou tè a. Men, jodi a, nou gen privilèj pou n viv nan moman kote gen anviwon uit milyon Temwen Jewova ki nonsèlman ap priye pou volonte Bondye fèt sou tè a, men tou, k ap fè gwo efò pou yo viv ann amoni ak priyè sa a. Yo fè sa nan fason y ap viv ak nan fason y ap patisipe avèk zèl nan travay fè disip la. N ap kontinye priye pou volonte Bondye fèt sou tè a jiskaske Bondye fin elimine tout moun ki kanpe kont Wayòm li an. Apre sa, nou pral wè volonte Bondye fèt yon fason total lè plizyè milya moun pral resisite pou yo viv nan yon paradi sou tè a (Jan 5:28, 29). Se pa ti bèl sa ap bèl pou n la pou n akeyi moun nou renmen ki te mouri yo! w15 15/6 4:15, 17.

Madi 7 fevriye

M ap fè kote m met pye m nan gen anpil glwa. — Eza. 60:13.

Ekspresyon “paradi espirityèl” la vin fè pati ekspresyon nou itilize nan ministè a. Li gen rapò ak bèl anviwònman oswa kondisyon espirityèl san parèy nou genyen an ki pèmèt nou viv anpè ak Bondye ansanm ak frè ak sè nou yo. Nòmalman, nou pa dwe kouri panse “paradi espirityèl” la se menm ak “tanp espirityèl” la. Tanp espirityèl la se dispozisyon Bondye pran pou vrè adorasyon an. Paradi espirityèl la li menm, li la pou idantifye byen klè moun Bondye apwouve yo ak moun k ap sèvi l nan tanp espirityèl la jodi a (Mal. 3:18). Se pa ti kontan nou kontan dèske n konnen depi ane 1919, Jewova pèmèt moun enpafè kolabore avè l nan travay pou anbeli paradi espirityèl la ki sou tè a, pou fè l vin pi djanm epi pou etann li! Èske w wè tèt ou k ap jwe yon wòl nan kokennchenn travay sa a? Èske w santi w vle kontinye travay ak Jewova pou w fè ‘kote l met pye l la’ jwenn glwa? w15 15/7 1:10, 11.

Mèkredi 8 fevriye

[M ap] fè yo wè mwen se yon Dye ki sen nan fason m aji avèk ou, o Gòg. — Eze. 38:16.

Gòg pral atake pèp Bondye a yon ti tan anvan rès 144 000 moun yo monte nan syèl. Ki reyaksyon atak sa a pral pwovoke? Pèp Bondye a ki sou tè a pral parèt tankou yon pèp san defans. Men, yo pral obeyi enstriksyon Bondye te bay nan epòk wa Jozafa a lè l te di: “Nou pap gen pou nou goumen. Pran pozisyon nou, ret kanpe la, epi gade jan Jewova ap delivre nou. O Jida, o Jerizalèm, pinga nou pè e pinga nou panike.” (2 Kwo. 20:17). Sepandan, bagay yo pap menm jan an nan syèl la. Men sa n li nan Revelasyon 17:14 konsènan ènmi pèp Bondye yo anrapò ak moman kote tout moun Bondye chwazi yo ap nan syèl la: “Yo pral goumen ak Timouton an. Men, kòm Timouton an se Seyè tout seyè e li se Wa tout wa, l ap pote laviktwa sou yo. Epitou, moun yo rele yo e ki ansanm avèk li yo, moun yo chwazi yo, moun ki fidèl yo, ap pote laviktwa sou yo tou.” Jezi ansanm ak 144 000 moun ki pral dirije avè l nan syèl la pral vin sove pèp Bondye a sou tè a. w15 15/7 2:16.

Jedi 9 fevriye

Gen yon lè pou tout bagay. — Ekl. 3:1.

Respè n genyen pou Dye ki envite n nan reyinyon kretyen yo ta dwe parèt aklè nan fason nou abiye ak nan aparans nou. Demontre respè vle di evite ekstrèm tou. Jewova vle pou sèvitè l yo ansanm ak lòt envite yo santi yo alèz nan Sal Wayòm nan. Anmenmtan tou, moun k ap asiste reyinyon yo pa dwe montre yo pa gen respè pou reyinyon yo lè yo parèt twò rilaks nan abiman yo, lè y ap voye mesaj tèks, y ap pale, y ap manje oswa y ap bwè pandan reyinyon yo, elatriye. Paran yo ta dwe anseye pitit yo pou yo konprann Sal Wayòm nan pa yon kote pou y ap kouri pasipala oswa pou y ap jwe. Jezi te tèlman fache lè l te wè moun ap fè komès nan tanp Bondye a, li te met yo tout deyò (Jan 2:13-17). Menm jan an tou, Sal Wayòm nou yo se kote nou pratike adorasyon ki pwòp la ak kote nou resevwa fòmasyon espirityèl. Donk, nou dwe al fè tout aktivite biznis ki pa gen anyen pou wè ak objektif espirityèl yon lòt kote. — Konpare ak Neyemi 13:7, 8. w15 15/7 4:7, 8.

Vandredi 10 fevriye

Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. — 2 Tim. 3:1.

Bib la montre mechanste t ap gen pou l ogmante anpil “nan dènye jou yo”. (2 Tim. 3:13; Mat. 24:21; Rev. 12:12.) Donk, nou ka atann pou kondisyon monn nan kontinye vin pi mal aktout li deja pa bon depi kounye a. Men, jis nan ki pwen w atann pou kondisyon yo vin pi mal anvan “gwo tribilasyon an” rive (Rev. 7:14)? Pa egzanp, èske w atann pral gen yon gè nan chak peyi, pou pèsonn pa gen manje sou tab yo epi pou gen moun malad nan chak kay? Nan yon kondisyon konsa, petèt menm moun ki gen dout yo te gendwa admèt pwofesi biblik yo ap akonpli. Sepandan, Jezi te fè konnen pifò moun pa t ap “remake” siy ki montre li prezan an, yo t ap kontinye mennen aktivite nòmal yo nan lavi a jiskaske l vin twò ta (Mat. 24:37-39). Konsa, Ekriti yo montre nan dènye jou yo, kondisyon monn nan pa t ap gen pou l vin tèlman mal opwen pou moun yo ta oblije kwè lafen an toupre. — Lik 17:20; 2 Pyè 3:3, 4. w15 15/8 2:6, 7.

Samdi 11 fevriye

Lanmou fidèl ou genyen an pi bon pase lavi. — Sòm 63:3.

Lefètke n ap sèvi ak tan nou pou n prepare n pou monn nouvo Bondye a, èske sa vle di n pa anvi viv yon pi bon fason jodi a? Non, sa pa vle di sa! Sèvi Jewova se pi bèl fason yon moun te ka viv. Se pa annik yon sèvis n ap bay nan fòse yon fason pou n ka chape nan gwo tribilasyon an. Se fason Jewova kreye n pou n viv, fason ki bay plis jwa ki genyen. Suiv direksyon Jewova ap bay epi jwi lanmou fidèl li pi bon lontan pase annik viv san okenn relasyon avè l (Sòm 63:1, 2). Nòmalman, nou pa bezwen ret tann monn nouvo a pou n jwi benediksyon espirityèl yon moun jwenn lefètke l ap sèvi Jewova ak tout kè l, bagay sa yo deja disponib! Anfèt, gen kèk nan nou ki gen plizyè dizèn ane depi y ap jwi benediksyon sa yo, e dapre eksperyans nou fè, nou konnen pa gen okenn lòt fason pou moun viv ki ka bay plis satisfaksyon. — Sòm 1:1-3; Eza. 58:13, 14. w15 15/8 3:16.

Dimanch 12 fevriye

Nou te sove grasa lafwa. — Efe. 2:8.

Lafwa pèmèt nou fè yon seri bagay ki parèt enposib selon pwennvi lèzòm (Mat. 21:21, 22). Pa egzanp, anpil nan nou te tèlman chanje konpòtman ak pratik nou yo opwen moun ki te konnen nou anvan yo vin prèske pa ka rekonèt nou. Jewova soutni efò n ap fè yo paske n rive franchi etap sa yo sou baz lafwa n gen nan li (Kol. 3:5-10). Yonfwa lafwa n pouse n vwe lavi n bay Jewova, nou vin tounen zanmi Jewova, yon bagay nou pa t ap janm ka rive fè ak pwòp fòs nou. Lafwa nou kontinye fè n vin pi djanm. Grasa lafwa, nou anmezi pou n reziste kont atak Dyab la ki se yon advèsè ki gen anpil fòs (Efe. 6:16). Anplis de sa, lefètke n fè Jewova konfyans, sa pèmèt nou pa bay enkyetid nou genyen nan moman difisil yo twòp enpòtans. Jewova di lè lafwa n pouse n bay enterè Wayòm nan premye plas, li menm l ap fè n jwenn sa n bezwen nan domèn materyèl (Mat. 6:30-34). Sa k pi enpòtan an, grasa lafwa, n ap resevwa lavi ki pap janm fini an ki se yon kado okenn moun pap janm ka jwenn grasa fòs li. — Jan 3:16. w15 15/9 3:4, 5.

Lendi 13 fevriye

Nou demontre lanmou, paske [Bondye] te demontre lanmou pou nou an premye. — 1 Jan 4:19.

Nan ki sans Bondye “te demontre lanmou pou nou an premye”? Men sa apot Pòl te di: “Men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” (Wom. 5:8). Lanmou se kalite ki plis parèt lakay Jewova, donk, nou ka konprann rezon ki fè Jezi te di premye kòmandman Bondye bay la se: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou.” (Mak 12:30). Selon sa Jezi di yo, nou aprann lanmou pou Bondye enplike kè nou anvan tout bagay. Yon kè ki pataje pa ka fè Jewova plezi. Sepandan, n ap remake lanmou pou Bondye enplike tout nanm nou, tout lespri nou ak tout fòs nou tou. Kidonk, vrè lanmou pou Bondye a vle di plis pase yon senp santiman nou gen nan kè nou. Nonsèlman lanmou n gen pou Bondye a dwe sensè, li dwe enplike tout kapasite espirityèl nou ak tout kapasite fizik nou tou. Selon pwofèt Miche, se sa menm Jewova ap chèche nan men nou. — Miche 6:8. w15 15/9 5:1-3.

Madi 14 fevriye

Mwen te konn tande pale de ou, men kounye a, mwen wè w ak je m. — Jòb 42:5.

Ki kèk rezon ki ka fè n pa rive wè men Bondye toutbon nan lavi nou? Petèt se paske pwoblèm nou yo twòp pou nou. Lè sa rive, nou ka bliye konsantre n sou sa Jewova deja fè pou l ede nou. Lè rèn Jezabèl te dèyè touye Eli a, pandan yon ti tan, Eli te menm bliye si Bondye te konn ede l. Men sa Bib la di konsènan Eli: “Li mande Bondye pou l mouri.” (1 Wa 19:1-4). Ki sa k te solisyon pwoblèm Eli a? Li te bezwen chèche ankourajman nan men Jewova (1 Wa 19:14-18). Jòb te tèlman ret konsantre sou pwoblèm li te genyen yo, li pa t ka wè bagay yo jan Bondye wè yo a (Jòb 42:3-6). Menm jan ak Jòb, nou ka bezwen fè plis efò pou n wè Bondye. Ki jan n ka rive fè sa? Jan Bib la montre sa, nou bezwen medite sou sa k ap pase toutotou nou. Tank n ap aprann jan Jewova ede nou se tank l ap vin pi reyèl pou nou. w15 15/10 1:15, 16.

Mèkredi 15 fevriye

Zanmi, kiyès ki mete m jij nou oswa kiyès ki mete m kòm abit nou? — Lik 12:14.

Gen anpil bagay ki te ka distrè Jezi pandan l t ap fè travay predikasyon an, men, li pa t janm kite yo distrè l. Byen bonè nan ministè Jezi, apre l te fin anseye yon foul moun nan Kapènawòm e l te fè mirak, moun yo te sipliye l pou l pa kite vil la. Ki jan Jezi te reyaji devan demann sa a? Li te di yo: “Mwen dwe al anonse bon nouvèl wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.” (Lik 4:42-44). Jezi te fè sa l te di a, li te mache toupatou nan Palestin, li t ap preche e l t ap anseye. Byenke l te pafè, li te gen bezwen menm jan ak tout moun, e pafwa li te konn santi l fatige anpil paske l te bay tout li menm nan sèvis Bondye a (Lik 8:23; Jan 4:6). Nan yon lòt okazyon, pandan Jezi t ap anseye disip li yo fason pou yo fè fas ak opozisyon, gen yon mesye ki te vin entèwonp li e l te di l: “Anseyan, di frè m nan pou l ban m pa m nan eritaj mwen gen avè l la.” Men, Jezi te refize antre nan diskisyon sa a. — Lik 12:13-15. w15 15/10 3:10, 11.

Jedi 16 fevriye

Bondye se lanmou. — 1 Jan 4:8.

Lanmou se kalite ki pi fò lakay Jewova, se kalite ki pi enpòtan an. Jewova pa jis gen lanmou, li se lanmou menm. Se pa ti bèl sa bèl dèske n konnen Moun ki kreye linivè a ansanm ak tout sa ki vivan yo se yon Bondye lanmou! Se kalite sa a ki pouse l fè tout sa l te fè yo. Bonjan afeksyon ak atachman Bondye gen pou sa l kreye yo ban nou asirans tout objektif li gen pou lèzòm pral akonpli pi bon fason ki genyen an e yo pral pote gwo benediksyon pou tout moun ki aksepte l dirije yo. Pa egzanp, grasa lanmou, Jewova “fikse yon jou kote li pral sèvi ak yon moun li chwazi [ki se Jezi Kris] pou l jije tout tè a avèk jistis”. (Tra. 17:31.) Nou kapab gen konfyans sa pral fèt kanmenm. Moun ki nan bon dispozisyon e ki obeyisan yo pral resevwa yon bon jijman e sa pral pèmèt yo jwenn bonjan benediksyon alavni pou tout tan gen tan. w15 15/11 3:1, 2.

Vandredi 17 fevriye

Se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl. — Kol. 4:6.

Lè n ap preche, moun yo reyaji plizyè fason. Genyen ki byen reyaji e gen lòt ki mal reyaji. Men, kèlkeswa fason moun yo reyaji, Pawòl Bondye a montre n ki prensip sèvitè Jewova yo dwe suiv. Lè n ap defann nou devan nenpòt moun ki mande n rezon ki fè n gen esperans nou genyen an, nou fè sa “avèk dousè e avèk gwo respè” paske n renmen pwochen nou (1 Pyè 3:15). Nou demontre lanmou pou pwochen nou menmsi gen kèk nan yo ki an kòlè, ki rejte mesaj nou an e ki pale di ak nou. Nou imite Jezi paske: “Lè yo te joure l, li pa t joure tou. Lè li t ap soufri, li pa t fè menas, men, li te remèt tèt li nan men Sila a ki jije avèk jistis la.” (1 Pyè 2:23). Kit nou ak kwayan parèy nou, kit nou ak lòt moun, nou aji ak imilite e n suiv konsèy ki di: “Pa rann mal pou mal, pa joure moun poutèt yo joure nou. Men okontrè, se pou nou pale avèk konsiderasyon.” — 1 Pyè 3:8, 9. w15 15/11 4:17, 18.

Samdi 18 fevriye

[Konseye yo] pou yo renmen pitit yo. — Tit 2:4.

Jezi pa t pè di disip li yo li renmen yo (Jan 15:9). Li te montre yo li renmen yo tou lè l te toujou dispoze pase tan ak yo (Mak 6:31, 32; Jan 2:2; 21:12, 13). Menm jan an tou, fè pitit ou konnen ou renmen yo, e toujou dispoze montre yo tout valè yo gen pou ou (Pwo. 4:3). Men sa Samuel k ap viv ann Ostrali di: “Lè m te toupiti, papa m te konn li nan Liv istwa biblik mwen an pou mwen chak swa. Li te konn reponn kesyon m poze yo, li te konn ban m akolad, li te konn bo m anvan m dòmi. Se pa ti sezi m te sezi aprann papa m pa t leve nan yon fanmi kote moun te konn bo moun oswa bay moun akolad! Malgre sa, li te fè anpil efò pou l montre m li renmen m. Kòm rezilta, mwen te renmen papa m anpil, mwen te santi m kontan e m te alèz.” Ede pitit ou santi yo menm jan an lè w toujou di yo: “M renmen w pitit mwen.” Montre w gen afeksyon pou pitit ou. Pale ak yo, manje ak yo epi jwe ak yo. w15 15/11 1:3, 4.

Dimanch 19 fevriye

Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an mèt li met responsab sèvitè ki lakay li yo pou ba yo manje nan bon moman? — Mat. 24:45.

Nan kòmansman syèk ki sot pase a, an jeneral, se nan lang anglè ti gwoup etidyan Labib Jewova te chwazi pou sèvi kòm “esklav fidèl ki prevwayan an” te konn kominike ak “sèvitè” l yo. “Esklav” sa a fè gwo efò pou pèmèt manje espirityèl la vin disponib nan plis lang toujou, e kounye a, yo tradui manje espirityèl la nan plis pase 700 lang. Anplis de sa, li te vin nesesè pou gen yon bib ki ekri nan lang moun pale kounye a e ki transmèt mesaj ki nan tèks orijinal yo yon fason ki egzak. Komite Tradiksyon monn nouvo a te vin fòme, epi, nan yon peryòd ki yon tikras plis pase dizan, soti 1950 pou rive 1960, tradiksyon Komite a te fè a te parèt nan sis volim. Lè premye volim nan t ap parèt nan dat 2 out 1950, frè N. H. Knorr te fè konnen li swete pou tradiksyon sa a pèmèt plizyè milyon moun jwenn èd nan domèn espirityèl. w15 15/12 1:15, 17.

Lendi 20 fevriye

Anseyan an te chèche jwenn bèl pawòl e li te rasanble pawòl ki verite e ki egzak. — Ekl. 12:10.

Èske byen souvan w konn twouve l difisil pou w di “bèl pawòl”? Si se wi, konnen w ka bezwen ogmante vokabilè w. Youn nan fason pou w fè sa se chèche note ki fason yo sèvi ak mo yo nan Bib la ak nan piblikasyon nou yo. Chèche konn sans ekspresyon w pa konnen yo. Sa k pi enpòtan an, chèche aprann ki fason w ka sèvi ak pawòl yo pou w ede lòt moun. Men sa n li nan Bib la konsènan relasyon ki egziste ant Jewova ak premye Pitit Gason l lan: “Jewova [...] ban m [Jezi] fòmasyon pou m ka konn ki jan pou m di pawòl ki kòrèk pou m reponn moun ki fatige a.” (Eza. 50:4). Lè n pran tan pou n medite sou sa n pral di yo, sa ka ede n jwenn bon pawòl pou n di (Jak 1:19). Nou ka mande tèt nou: ‘Èske pawòl sa yo ap vrèman montre sa m vle di a? Ki efè pawòl mwen chwazi di yo ap gen sou moun k ap koute m nan?’ w15 15/12 3:12.

Madi 21 fevriye

Lè pou yo ravaje [Jerizalèm nan] ap pwoche. — Lik 21:20.

Lè kretyen nan Jide yo, sitou sa ki t ap viv Jerizalèm yo, ta wè “lame monte kan toutotou Jerizalèm” jan Jezi te fè konn sa a, yo te dwe aji san pèdi tan. Jezi te fè yo konnen yo dwe kouri tousuit yo fin wè evènman sa yo kòmanse rive (Lik 21:21-24). Nan 28 ane ki te gentan pase depi Jezi te bay pwofesi sa a, Juif fidèl ki t ap viv ann Izrayèl yo te deja rete djanm devan anpil opozisyon ak pèsekisyon (Ebre 10:32-34). Sepandan, Pòl te konnen yo t apral fè fas ak youn nan pi gwo eprèv pou lafwa yo (Mat. 24:20, 21; Ebre 12:4). Li te vle pou yo prepare pou kèlkeswa sa k te ka vin devan yo a. Yo t apral bezwen gen yon lafwa ak yon andirans ki estrawòdinè, yon lafwa solid ki t ap pèmèt yo rete an vi (Ebre 10:36-39). Lespri Jewova te pouse Pòl ekri frè ak sè sa yo, li te renmen anpil la, yon lèt ki te pale de sa yo bezwen yo. Kounye a, yo rele lèt sa a liv Ebre yo. w16.01 1:1, 2.

Mèkredi 22 fevriye

Byenneme, si se konsa Bondye renmen nou, ebyen nou menm tou, nou gen obligasyon pou youn renmen lòt. — 1 Jan 4:11.

Nou pap ka aksepte lanmou Bondye a kòrèkteman san n pa rekonèt nou gen obligasyon pou n renmen frè nou yo (1 Jan 3:16). Ki kèk fason pratik nou ka demontre lanmou nou genyen an? Ann konsidere egzanp Jezi. Pandan l t ap preche sou tè a, li te bay moun ki ba yo yon atansyon espesyal. Li te konn chèche ede moun ki enfim yo, sa k t ap bwete yo, avèg yo, moun soud yo ak bèbè yo (Mat. 11:4, 5). Jezi te pran plezi anseye moun ki te grangou nan domèn espirityèl yo, moun chèf relijye Juif yo te konsidere kòm “moun modi” yo (Jan 7:49). Li te renmen moun ki ba yo e l te konn travay di pou l ede yo (Mat. 20:28). Èske w ka panse ak frè ak sè ki nan kongregasyon w lan? Pa gen dout nan sa, w ap wè gen kèk nan yo ki ka benefisye lanmou w genyen an. Petèt gen kèk moun aje ki bezwen èd. Nou dwe kite lanmou Bondye pouse n aji pou n demontre lanmou pou frè nou yo. w16.01 2:12-14.

Jedi 23 fevriye

Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Yo menm tou, fòk mwen fè yo antre, [...] e yo tout ap vin yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje. — Jan 10:16.

Èske l nesesè pou lòt mouton yo konn non tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl la jodi a? Repons kout la se non. Sa k fè sa? Se paske menmsi yon moun te resevwa apèl selès la, se sèlman yon envitasyon li resevwa, men l pa resevwa yon konfimasyon definitif ki fè l kwè l ap jwenn rekonpans lan. Se rezon sa a ki fè Satan te fè kèk “fo pwofèt” vin parèt “pou yo ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa posib”. (Mat. 24:24.) Pèsonn pa ka konnen si wi ou non yon kretyen Bondye chwazi pral resevwa rekonpans li an nan syèl la jiskaske Jewova wè kretyen sa a merite jwenn pri sa a. Se Jewova ki fè jijman sa a epi l ap bay kretyen an dènye so a swa yon ti tan anvan l mouri fidèl swa kèk tan anvan “gwo tribilasyon an” kòmanse (Rev. 2:10; 7:3, 14). Kidonk, sa pa t ap itil anyen pou nenpòt moun k ap viv sou tè a kounye a chèche konnen ki moun pami sèvitè Bondye yo k ap rive fè pati 144 000 moun yo. w16.01 4:2, 3.

Vandredi 24 fevriye

Wè pa wè, [pawòl mwen] ap fè sa m voye l fè a. — Eza. 55:11.

Fè yon ti reflechi sou fason travay predikasyon bon nouvèl la byen mache ak objektif ki plen lanmou Jewova gen pou limanite a. Objektif li se pou lèzòm viv sou tè a san yo pa mouri e byenke Adan te peche, Jewova pa chanje objektif. Olye de sa, li te pran dispozisyon pou l delivre lèzòm anba kondanasyon peche ak lanmò. Ann amoni ak objektif sa a, Jezi te vin sou tè a e l te bay lavi l kòm sakrifis pou moun ki obeyisan yo. Sepandan, pou lèzòm rive obeyi, yo dwe konprann sa Bondye vle yo fè. Se pou rezon sa a tou ki fè Jezi te anseye moun yo ki sa Bondye vle yo fè e l te bay disip li yo lòd pou yo fè menm jan an. Lè n ede lòt moun vin rekonsilye ak Bondye, nou patisipe dirèkteman nan dispozisyon ki plen lanmou Jewova te pran pou l delivre limanite anba peche ak lanmò a. Anplis de sa, sa montre nou gen lanmou ni pou yo ni pou Jewova “ki vle pou tout kalite moun sove e ki vle yo gen yon konesans egzak sou laverite”. — 1 Tim. 2:4. w16.01 5:15, 16.

Samdi 25 fevriye

[Ahaz] te boule pitit gason l nan dife. — 2 Kwo. 28:3.

Ezekyas, pitit gason Ahaz, te ka vin egri oswa an kòlè kont Jewova. Jodi a, gen kèk moun ki pa menm jwenn tout pwoblèm Ezekyas te jwenn yo ki vin “an kòlè [...] sou Jewova” oubyen yo egri kont òganizasyon l lan (Pwo. 19:3). Gen lòt menm ki santi fason yo te grandi nan fanmi yo ka fè yo mennen yon move vi oswa sa ka fè yo fè menm erè ak paran yo (Eze. 18:2, 3). Men, èske ide sa yo kòrèk? Lavi Ezekyas montre repons kesyon sa a se non! Pa janm gen yon bon rezon pou yon moun vin an kòlè sou Jewova. Se pa li menm ki fè malè rive pèsonn (Jòb 34:10). Se vre, paran yo ka gen yon gwo enfliyans sou fason pitit yo ap konprann sa ki byen ak sa ki mal (Pwo. 22:6; Kol. 3:21). Men, sa pa vle di se fason nou te leve nan fanmi nou k ap di ki kalite moun n ap vin ye. Sa k fè n di sa? Se paske Jewova ban nou libète pou n chwazi, sa vle di nou ka deside fè sa ki byen oubyen sa ki mal. — Det. 30:19. w16.02 2:8-10.

Dimanch 26 fevriye

Gen gason ki san pitye k ap chèche touye m. — Sòm 54:3.

Lè Sayil te vle touye David la, Abnè te ede Sayil (1 Sam. 26:1-5). Ni Jonatan ni Abnè te konnen Bondye te vle pou David vin wa Izrayèl apre Sayil. Men, apre lanmò Sayil, Abnè pa t soutni David. Olye de sa, li te eseye fè Ichbochèt, yon pitit gason Sayil, vin wa. Pi devan, petèt se paske Abnè te vle vin wa ki fè l te gen relasyon seksyèl ak youn nan madanm wa Sayil yo (2 Sam. 2:8-10; 3:6-11). Ki sa k fè fason Jonatan te wè David la te diferan nèt ak fason Abnè te wè David? Se paske Jonatan te fidèl ak Jewova e l te gen imilite alòske Abnè pa t konsa. Menm jan an tou, piske Absalon, pitit gason wa David la, pa t gen imilite, li pa t fidèl ak Bondye. Piske l te vle vin wa, li te vin gen “yon charyo ak plizyè cheval, e li te gen 50 gason pou kouri devan l”. (2 Sam. 15:1.) Anplis de sa, li te konvenk anpil Izrayelit pou fè yo vin fidèl avè l. Li te menm eseye touye papa l aktout li te konnen se Jewova ki te met David wa ann Izrayèl (2 Sam. 15:13, 14; 17:1-4). Li difisil pou yon moun ki pa gen imilite e ki vle vin gen plis pouvwa ret fidèl ak Bondye. Nòmalman, piske n renmen Jewova, nou pa vle vin wè tèt nou sèlman e n pa vle vin mechan tankou Abnè ak Absalon. w16.02 4:9-11.

Lendi 27 fevriye

Lafwa, depi pa gen bon aksyon ki mache avè l, li mouri. — Jak 2:17.

Si w gen konviksyon ki solid, w ap montre sa nan aksyon w fè. Jèn yo dwe gen “yon konduit ki sen” tou (2 Pyè 3:11). Pou w rive fè sa, ou dwe pwòp nan domèn moral. Pa egzanp, fè yon ti reflechi ak sis mwa ki sot pase yo. Lè w te anvi fè yon bagay ki mal, èske w te byen pran san w pou w reflechi sou sa ki byen ak sa ki mal (Ebre 5:14)? Èske w sonje kèk moman byen presi kote w pa t tonbe anba tantasyon oswa presyon lòt moun te fè sou ou? Nan lekòl ou, èske w se yon bon egzanp pou lòt moun? Èske w ret fidèl ak Jewova oubyen èske w ap eseye vin menm jan ak elèv lekòl ou yo yon fason pou yo pa fawouche w (1 Pyè 4:3, 4)? Nòmalman, pa gen okenn moun ki pafè. Pafwa, menm moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova yo ka santi yo wont epi yo ka twouve l difisil pou yo preche lòt moun. Men, yon moun ki vwe lavi l bay Bondye ap fyè dèske l se Temwen Jewova e l ap montre sa nan bon konduit li genyen. w16.03 2:10, 11.

Madi 28 fevriye

Men chemen an. Mache ladan l. — Eza. 30:21.

Depi nan kòmansman istwa lèzòm, Jewova te bay enstriksyon byen presi pou moun suiv. Pa egzanp, nan jaden Edenn, Jewova te bay yon seri enstriksyon byen klè ki t ap pèmèt lèzòm viv ak kèk kontan e pou toutan (Jen. 2:15-17). Men, Adan ak Èv pa t suiv enstriksyon Papa yo ki renmen yo a te ba yo. Èv te pito koute konsèy li te panse se yon sèpan ki te bay li, epi Adan te koute madanm li. Ki sa sa te lakòz? Toule de te soufri anpil e yo te mouri san okenn espwa. Mete sou sa, akoz dezobeyisans yo, tout moun sou tè a te pran yon chemen ki mennen nan lanmò. Jodi a, Jewova ap gide pèp li a yon fason pou yo ka resevwa lavi ki pap janm fini a e pou yo evite danje. Anplis de sa, li aji menm jan ak yon bèje k ap gide mouton l yo e k ap avèti yo pou yo pa pran wout ki mennen nan danje. w16.03 4:2, 3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje