Mas
Mèkredi 1ye mas
Nou pa menm konnen sa k ap rive nou demen. — Jak 4:14.
Ansyen yo toujou ap chèche moman apwopriye pou yo pataje eksperyans yo fè pandan plizyè ane fidèl yo fè nan sèvis Jewova a ak jèn frè yo (Sòm 71:17, 18). Ansyen k ap fòme lòt moun yo se yon benediksyon pou twoupo a. Yo ranfòse defans kongregasyon an. Nan ki sans? Efò ansyen yo fè pou fòme lòt moun pèmèt vin gen plis frè ki pare pou ede kongregasyon an rete djanm epi pou pèmèt li gen inite nonsèlman depi kounye a men sitou nan moman difisil ki pral genyen pandan gwo tribilasyon an (Eze. 38:10-12; Miche 5:5, 6). Kidonk, ansyen nou renmen anpil yo, n ap mande nou tanpri pou n bay kesyon fòme lòt moun nan yon plas enpòtan nan travay n ap fè nan ministè a jodi a. Nòmalman, nou konnen tan w pase ap regle bagay ki enpòtan nan kongregasyon an kapab gentan fè w santi w pa ka fè plis. Aktout sa, ou gendwa bezwen rezève yon pati nan tan sa a pou w fòme lòt moun (Ekl. 3:1). Lè w fè sa, w ap fè yon envestisman ki saj. w15 15/4 1:8-10.
Jedi 2 mas
N ap tande yon vwa dèyè nou k ap di: “Men chemen an. Mache ladan l.” — Eza. 30:21.
Se sèten w ap dakò nan Bib la nou jwenn mesaj Bondye te fè ekri pou tout moun an jeneral. Men, èske Bib la montre ki fason w ka vin pi pwòch ak Jewova tou? Se sèten l montre sa. Ki jan? Toutpandan w ap li Bib la epi w ap etidye l regilyèman, reflechi ak fason w konsidere sa Bib la di a epi gade pou w wè kòman w ka aplike sa l di a nan ka pa w. Lè w fè sa, se kite w kite Jewova pale avè w pa mwayen Pawòl li a. Sa ap pèmèt ou vin gen yon relasyon sere avè l (Ebre 4:12; Jak 1:23-25). Pa egzanp, li pawòl kote Jezi te di pou n “sispann anpile trezò sou tè a” epi medite sou yo. Si w santi w te gentan santre lavi w sou enterè Wayòm nan, konnen Jewova felisite w. Yon lòt bò, si w santi l nesesè pou w senplifye lavi w epi pou w konsantre w plis sou enterè Wayòm nan, konnen se Jewova k ap montre w yon bagay ou bezwen fè pou w vin pi pwòch avè l. — Mat. 6:19, 20. w15 15/4 3:3-5.
Vandredi 3 mas
Seyè a te kanpe toupre m e li te ban m pisans, dekwa pou, grasa mwen, predikasyon an ka fèt nèt, e pou tout nasyon yo ka tande mesaj la. E mwen te delivre anba bouch lyon an. — 2 Tim. 4:17.
Toutpandan nou ret okipe nan travay predikasyon an menm jan ak Pòl, nou gen konfyans Jewova ap “ajoute” tout lòt bagay yo pou nou (Mat. 6:33). Antanke pwoklamatè Wayòm nan, Jewova “konfye nou bon nouvèl la” e l konsidere nou kòm “konpayon travay” li (1 Tes. 2:4; 1 Kor. 3:9). Lè n rete aktif nan travay Bondye a toutotan sa posib, n ap twouve l pi fasil pou n tann Jewova delivre nou. Kidonk, ann chèche vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye depi kounye a. Kèlkeswa sitiyasyon k ap trakase nou, sèvi avè l pou n vin pi pwòch Jewova. Toutpandan n ap fouye nan Pawòl Bondye a, n ap kontinye priye l e n ap kontinye ret okipe nan aktivite espirityèl yo, ann montre nou gen konfyans Jewova ap ede n fè fas ak kèlkeswa eprèv n ap jwenn kounye a ansanm ak tout sa k ap tann nou pi devan. w15 15/4 4:17, 18.
Samdi 4 mas
Ki kote lit ak goumen ki gen nan mitan nou yo soti? — Jak 4:1.
Fyète ki depase limit ka kraze lapè nan yon kongregasyon. Si lahèn ak ide kòmkwa n siperyè lòt moun byen anrasinen nan kè nou, sa ka gen efè sou pawòl nou ak aksyon nou e sa ka lakòz nou fè lòt moun soufri anpil (Pwo. 12:18). Si pèsonèlman nou wè n gen tandans santi n siperyè lòt moun, nou bezwen sonje “moun ki gen ògèy nan kè yo bay Jewova degoutans”. (Pwo. 16:5.) L ap bon tou pou n egzamine pwennvi n genyen sou moun ki soti nan lòt ras, lòt kilti, oswa ki gen lòt nasyonalite yo. Si n santi n gen tandans rasis oswa patriyotik konnen n bliye Bondye te “sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon”. (Tra. 17:26.) Nan sans sa a, se sèlman yon sèl ras ki genyen paske tout moun nèt gen yon sèl zansèt anpalan de Adan. Donk, sa pa t ap fè sans menm pou n ta kwè gen kèk ras ki tou natirèlman siperyè oswa enferyè parapò ak lòt yo. Yon refleksyon konsa t ap kore objektif Satan genyen pou l kraze lanmou ak inite nou genyen antanke kretyen an (Jan 13:35). Pou n lite kont Satan epi pou n genyen nou dwe reziste kont tout kalite ògèy. — Pwo. 16:18. w15 15/5 2:8, 9.
Dimanch 5 mas
Se pou nou imite Bondye. — Efe. 5:1.
Pa gen dout nan sa, nou kontan dèske Bondye pwomèt pou l bay moun fidèl li chwazi yo lavi imòtèl nan syèl la e dèske l pwomèt “lòt mouton” fidèl Jezi yo pou l ba yo lavi ki pap janm fini an sou tè a (Jan 10:16; 17:3; 1 Kor. 15:53). Nòmalman, okenn nan soufrans n ap rankontre jodi a pap gen plas li nan lavi imòtèl nan syèl la ak nan lavi pou toutan sou tè a. Jewova byen konnen ki soufrans n ap sibi menm jan l te konnen ki kalite soufrans Izrayelit yo t ap sibi antanke esklav nan peyi Ejip. Vrèmanvre, “toutpandan yo te nan detrès, se te yon detrès sa te ye pou li”. (Eza. 63:9.) Plizyè syèk annapre, Juif yo te pè akoz kèk ènmi ki te vle anpeche yo rebati tanp lan, men, Bondye te di yo: “Moun ki touche nou, se gla je m li touche.” (Zak. 2:8). Menm jan ak yon manman ki gen tandrès pou pitit li, lanmou te pouse Jewova aji an favè pèp li a (Eza. 49:15). Nan yon sans, Jewova ka met tèt li nan plas lòt moun e l kreye nou ak kapasite sa a. — Sòm 103:13, 14. w15 15/5 4:2.
Lendi 6 mas
N ap toujou gen pòv yo avèk nou. — Mat. 26:11.
Èske Jezi te vle di t ap toujou gen moun ki pòv sou tè a? Non, li te vle di t ap toujou gen moun ki pòv toutotan vye sistèm sa a la toujou. Jodi a, akoz lwa lèzòm yo ki enjis, gen plizyè santèn milyon moun ki pa ka jwenn sa yo bezwen ki nesesè. Sepandan, delivrans nou pa twò lwen (Sòm 72:16)! Mirak Jezi te fè yo fè n gen konfyans nan kapasite ak anvi l genyen pou l sèvi ak pouvwa l genyen an pou l fè sa k byen talè konsa (Mat. 14:14-21). Se vre n pa ka fè mirak, men, nou ka chofe pou n atire atansyon moun yo sou Pawòl Bondye te fè ekri a. Pwofesi biblik yo ban nou garanti gen bon moman k ap tann nou. Antanke Temwen Jewova ki vwe lavi n ba li e ki posede bèl konesans sa a konsènan lavni, èske n pa santi n gen yon dèt anvè lòt moun yo (Wom. 1:14, 15)? Se pou meditasyon nou fè sou pwen sa a pouse n pataje bon nouvèl Wayòm Bondye a ak lòt moun! — Sòm 45:1; 49:3. w15 15/6 1:7, 10, 11.
Madi 7 mas
Netwaye men nou [...] e pirifye kè nou. — Jak 4:8.
Etandone n ancheri relasyon nou gen ak Jewova a, nou fè anpil efò pou n fè l plezi nan tout aspè nan lavi nou san wete nan panse nou. Nou fikse lespri n sou sa ki pwòp, sou sa ki gen bon repitasyon ak sa ki merite louwanj paske n vle gen “yon kè ki pwòp”. (Sòm 24:3, 4; 51:6; Flp. 4:8.) Se vre, Jewova konnen nou enpafè e l konnen nou konn gen move dezi, men, nou konnen sa ka fè l tris lè n ap panse ak move bagay olye n fè tout sa n kapab pou n rejte yo (Jen. 6:5, 6). Lè n reflechi ak sa, n ap pran plis detèminasyon pou n kontinye panse ak bagay ki pwòp. Youn nan fason enpòtan nou ka montre nou gen yon konfyans total nan Jewova se lè n priye l konsènan lit n ap mennen kont panse ki pa pwòp yo. Lè n pwoche bò kote Bondye nan lapriyè, li pwoche bò kote nou tou. Li kontan ban nou lespri sen l e konsa sa ranfòse detèminasyon nou pran pou n lite kont panse imoral yo epi pou n rete pwòp. w15 15/6 3:4, 5.
Mèkredi 8 mas
Ban nou pen nou bezwen pou jounen an. — Mat. 6:11.
N ap remake byenke se yon demann pèsonèl, nou pa di pen “mwen” bezwen pou jounen an, men, nou di pen “nou” bezwen pou jounen an. Men sa Victor, yon siveyan sikonskripsyon k ap viv ann Afrik fè konnen: “Byen souvan, m konn remèsye Jewova ak tout kè m dèske mwen menm ak madanm mwen pa bezwen ap enkyete n twòp pou n konnen ki kote pwochen repa nou ap soti, ni nou pa bezwen ap bay tèt nou pwoblèm pou n konnen kiyès ki pral peye lwaye kay la. Avèk jantiyès, frè nou yo toujou pran swen nou chak jou. Men, nou priye pou moun k ap ede n yo rive fè fas ak presyon y ap rankontre nan domèn ekonomik.” Si n gen ase manje nou bezwen pou plizyè jou, nou kapab panse ak frè k ap viv nan peyi ki pòv yo oswa frè ki te fè fas ak katastwòf natirèl yo. Nou ta dwe nonsèlman priye pou yo, men, nou dwe aji ann amoni ak priyè nou fè yo tou. Pa egzanp, nou ka pataje sa n genyen ak adoratè parèy nou yo ki nan bezwen. Nou ka fè ofrann regilyèman pou travay mondyal la tou paske n konnen y ap byen sèvi ak ofrann sa yo. — 1 Jan 3:17. w15 15/6 5:4-6.
Jedi 9 mas
Bondye sa a se Bondye nou pou tout tan gen tan. L ap kontinye gide nou pou toutan. — Sòm 48:14.
Ezayi 60:17 te predi yon kokennchenn travay ki gen rapò ak chanjman ki t apral fèt nan pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a. Jèn yo oswa moun ki fèk vin nan laverite yo ka te li kèk prèv konsènan chanjman sa yo oswa yo ka te tande lòt moun ap pale de yo. Sepandan, se pa ti privilèj frè ak sè ki te viv chanjman sa yo genyen! Sandout yo gen konviksyon Jewova ap gide òganizasyon l lan epi l ap dirije l pa mwayen Wa li nome a! Yo konnen se yon konviksyon ki byen fonde, yon konviksyon nou tout genyen. Lè w tande pawòl yo di ak tout kè yo, sa ap fòtifye lafwa w e sa ap fè w gen plis konfyans nan Jewova. Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi nou nan laverite, nou dwe pale ak lòt moun konsènan òganizasyon Jewova a. Nan epòk n ap viv la, se yon mirak sèlman ki ka fè yon paradi espirityèl egziste nan monn mechan sa a ki kòwonpi e ki pa gen lanmou! w15 15/7 1:12, 13.
Vandredi 10 mas
Yo rasanble wa yo nan yon zòn yo rele ann ebre: Amagedòn. — Rev. 16:16.
Gè Amagedòn nan pral pèmèt non Jewova ki sen jwenn glwa. Nan moman sa a, tout moun ki tankou kabrit yo pral “mouri pou toutan”. (Mat. 25:31-33, 46.) Tout mechanste ap resi fini sou tè a epi gwo foul moun nan pral pase dènye faz gwo tribilasyon an vivan. Ki sa nou chak ta dwe fè depi kounye a etandone nou gen tout bèl evènman sa yo k ap tann nou? Men sa apot Pyè te ekri anba enfliyans lespri sen: “Piske tout bagay sa yo gen pou yo fonn konsa, reflechi sou jan de moun nou dwe ye: Nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye, pandan n ap tann jou Jewova a e pandan nou toujou kenbe l nan lespri nou. [...] Se poutèt sa, byenneme, piske n ap tann bagay sa yo, fè tout sa nou kapab pou alafen li ka jwenn nou san tach, san defo e nan lapè.” (2 Pyè 3:11, 12, 14). Kidonk, annou pran detèminasyon pou n rete pwòp nan domèn espirityèl epi pou n soutni Wa lapè a. w15 15/7 2:17, 18.
Samdi 11 mas
Si se pa Jewova ki bati kay la, se pou granmesi travayè yo travay di pou yo fè kay la. — Sòm 127:1.
Òganizasyon Jewova a pa janm sispann fè gwo efò pou konstwi Sal Wayòm ki modès epi pou finanse konstriksyon sa yo. Se yon seri volontè yo pa peye senkòb ki desine plan sal sa yo, ki konstwi yo epi ki renove yo. Depi 1ye novanm 1999, yo te konstwi plis pase 28 000 bèl lokal pou pratike adorasyon ki pwòp la pou kèk kongregasyon toupatou sou tè a. Sa vle di, pandan 15 an, an mwayèn, yo te konstwi anviwon senk Sal Wayòm chak jou nan yon ane. Gen anpil efò ki fèt pou soutni yon konstriksyon Sal Wayòm kèlkeswa kote ki gen bezwen. Dispozisyon sa a ki demontre lanmou se yon dispozisyon ki baze sou yon prensip nan Ekriti yo ki montre sa kèk moun gen anplis kapab kouvri sa lòt moun manke yon fason pou “bagay yo [...] ka vin egal”. (2 Kor. 8:13-15.) Kòm rezilta, yo te konstwi yon seri bèl lokal tounèf pou anpil kongregasyon, ki pa t ap janm ka jwenn ase lajan pou konstwi yon Sal Wayòm, ka pratike adorasyon ki pwòp la. w15 15/7 4:9-11.
Dimanch 12 mas
Kontinye tann li! — Aba. 2:3.
Pou siy ki gen plizyè aspè ki pale konsènan prezans Kris la atenn objektif li, fason l ap akonpli a ta dwe parèt byen klè opwen pou l atire atansyon moun k ap obeyi konsèy Jezi te bay pou n “kontinye veye” a (Mat. 24:27, 42). E se konsa sa ye vre depi 1914. Depi ane sa a rive jis kounye a, evènman ki gen nan siy nan kontinye ap akonpli. Vrèmanvre, kounye a, n ap viv nan “fen sistèm nan” ki se yon kantite tan limite ki pral mennen nan destriksyon sistèm mechan sa a e ki gen ladan l destriksyon sistèm nan (Mat. 24:3). Nan ka sa a, poukisa kretyen yo dwe kontinye tann jodi a? Nou kontinye tann yon fason pou n obeyi Jezi Kris. Anplis de sa, nou rekonèt siy ki montre li prezan an. Tann n ap tann nan pa baze sou yon etadespri ki fè n kwè nenpòt bagay san n pa konprann anyen, men, li baze sou bonjan prèv nou jwenn nan Ekriti yo ki pouse n rete vijilan, je klè, pou n kontinye veye, wi, pou n ret tann fen sistèm mechan sa a. w15 15/8 2:8, 9.
Lendi 13 mas
Ou [...] bay tout sa k vivan sa yo bezwen. — Sòm 145:16.
Enterè pèsonèl ak detant pral gen plas yo nan monn nouvo Bondye a. Dayè, pou ki rezon pou Jewova ta kreye n ak yon gwo anvi pou n akonpli kèk bagay pèsonèl epi pou n pran bonjan plezi si l pa t gen entansyon pou n byen satisfè anvi sa yo (Ekl. 2:24)? Jewova pral kontinye “bay tout sa k vivan sa yo bezwen” nan domèn sa a ansanm ak anpil lòt domèn ankò. Detant ak distraksyon gen plas yo, men, nou jwenn plis plezi nan yo lè n bay relasyon nou gen ak Jewova a premye plas. Se konsa sa pral ye tou nan Paradi ki pral gen sou tè a. Se pa ti saj nou montre n saj lè n aprann met enterè pèsonèl nou nan plas yo toutpandan n ap kontinye chèche Wayòm nan an premye epi n fikse lespri n sou benediksyon espirityèl pèp Jewova a ap jwi depi kounye a (Mat. 6:33)! Nan Paradi ki pral genyen an, nou pral viv ak kè kontan nan yon nivo nou potko janm rive. Annou montre jis nan ki pwen nou swaf pou n gen lavi toutbon an lè n prepare n pou li depi kounye a. w15 15/8 3:17, 18.
Madi 14 mas
Abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande. — Efe. 4:24.
Antanke moun pafè, pandan Jezi t ap viv sou tè a li te chaje ak moun enpafè toutotou l. Se paran ki enpafè ki te leve l e l te pase plizyè ane ap viv nan kay ak manm fanmi l ki enpafè. Tandans anbisyon ak tandans manipile moun ki te egziste nan epòk la te gen enfliyans menm sou disip ki te pi pwòch li yo. Pa egzanp, jou swa anvan yo te touye Jezi a, “yo te pete yon gwo diskisyon [...] pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan”. (Lik 22:24.) Men, Jezi te gen konfyans disip li yo ki enpafè te kapab grandi nan domèn espirityèl pou yo vin fè yon sèl antanke yon kongregasyon. Nan menm jou swa sa a, Jezi te priye pou apot li yo vin fè yon sèl nan lanmou. Men sa l te di Papa l ki nan syèl la: “Pou yo tout ka vin youn, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m e mwen ann inyon avèk ou, pou yo menm tou ka vin ann inyon avèk nou [...] dekwa pou yo ka vin youn menm jan mwen menm avè w nou fè youn.” — Jan 17:21, 22. w15 15/9 1:10, 11.
Mèkredi 15 mas
Li di l: “Ou mèt vini!” Menm kote a, Pyè sot nan bato a, li mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. — Mat. 14:29.
Nou ka konpare van ak vag lanmè ki t ap frape Pyè pandan l t ap mache sou dlo a ak eprèv ansanm ak tantasyon n ap rankontre antanke moun ki vwe lavi n bay Bondye. Menm lè pwoblèm sa yo difisil anpil, nou kapab kanpe fèm grasa èd Jewova. Nou dwe sonje Pyè pa t koule nan dlo a akoz yon gwo van oswa yon gwo vag lanmè. Ann fè yon ti reflechi ankò ak dewoulman evènman yo. Bib la di: “Lè l ap gade jan van an fò, li vin pè.” (Mat. 14:24-32). Pyè pa t ret konsantre sou Jezi e konsa, lafwa l te vin febli. Nou menm tou nou ka kòmanse plonje si n vin “ap gade jan van an fò”, si n kite fòs van an fè n distrè epi n vin gen dout Jewova ap ede n. Nou bezwen vrèman reflechi ak jan sa posib pou lafwa n vin fèb paske Bib la pale de lafwa yon moun k ap febli oswa lè l ap pèdi lafwa kòm “peche k ap jennen nou fasil la”. (Ebre 12:1.) Jan eksperyans Pyè te fè a montre sa, si n ret konsantre sou move bagay yo, lafwa n ka vin fèb byen rapid. w15 15/9 3:1, 6, 7.
Jedi 16 mas
Tout bèl don ak tout kado pafè sot anwo, yo soti nan men Sila a ki Papa limyè yo ki nan syèl la. — Jak 1:17.
Ki sa w fè lè w resevwa yon kado? Sandout gen kèk fason w konn montre jan w apresye l. Anplis de sa, se sèten w ap byen sèvi ak kado a e w ap ba l valè. Jewova fè n jwenn tout sa n bezwen pou n viv e pou n gen kè kontan. Èske sa pa ta dwe pouse n renmen l anretou? Jewova te fè plizyè santèn ane ap pran swen Izrayelit yo avèk lanmou e l te vide anpil benediksyon sou yo ni nan domèn materyèl ni nan domèn espirityèl (Det. 4:7, 8). Sepandan, pou yo te kontinye resevwa benediksyon sa yo, yo te dwe obeyi Lwa Bondye a ki te gen ladan l kèk sakrifis yo te dwe fè regilyèman pou yo ofri Jewova “sa k pi bon nan premye danre” yo te rekòlte nan peyi a (Egz. 23:19). Konsa, Izrayelit yo t ap montre yo pa pran lanmou Jewova demontre anvè yo a ansanm ak benediksyon l vide sou yo a alalejè. — Det. 8:7-11. w15 15/9 5:5, 6.
Vandredi 17 mas
Byennere moun kè yo pwòp, piske y ap wè Bondye. — Mat. 5:8.
Ki fason nou kapab wè men Jewova nan lavi nou? Fè yon ti reflechi: Petèt ou ka santi fason w te rive jwenn laverite a se yon prèv byen klè ki montre se Bondye menm ki te fè sa. Èske sa pa t janm rive w kote w te asiste yon reyinyon, ou te tande yon patisipasyon, epi w di tèt ou: “Se egzakteman sa m te bezwen”? Oubyen, petèt ou te jwenn repons yon priyè w te fè. Petèt ou te deside fè plis nan travay predikasyon an, epi w te sezi wè jan Jewova te fè bagay yo mache byen pou ou. Oswa, èske w te janm kite yon travay paske w te vle vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye, epi w vin wè verite ki gen nan pwomès Bondye te fè ki vin apre a: “Mwen pap janm abandone w.” (Ebre 13:5)? Lè n chèche wè fason Jewova ede n, n ap rive wè jan l fè sa plizyè fason. Ki jan n ka vin gen yon ‘kè ki pwòp’? Nou dwe se moun ki pwòp pa anndan e nou dwe sispann fè sa ki mal (2 Kor. 4:2). Lè n chèche vin gen yon pi bon relasyon ak Bondye e nou bat pou n kenbe yon bon konduit, nou vin fè pati moun ki kapab wè Bondye yo. w15 15/10 1:17, 19.
Samdi 18 mas
Si yon moun vle sèvi m, Papa a ap onore l. — Jan 12:26.
Gen kèk grèk ki te konvèti nan relijyon Juif la ki te nan mitan foul moun ki te Jerizalèm yo, yo te tèlman sezi wè sa Jezi ap fè, yo te mande Filip pou l planifye yon reyinyon pou yo wè ak Jezi. Sepandan, Jezi pa t vle kite okenn distraksyon fè l sispann konsantre sou bagay ki pi enpòtan ki te gen pou rive yo. Li klè, li pa t ap chèche vin popilè yon fason pou l te ka pa mouri an sakrifis anba men ènmi Bondye yo. Konsa, apre l te fin esplike li gen pou l mouri talè konsa, li te di Andre ak Filip: “Yon moun ki atache ak nanm li ap detwi l, men yon moun ki rayi nanm li nan monn sa a ap prezève l pou lavi ki pap janm fini an.” Olye l te fè sa grèk sa yo te vle a, li te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo mennen yon vi sakrifis menm jan avè l, e l te di yo pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Sandout, Filip te pot mesaj pozitif sa a bay mesye ki te mande pou Jezi reyini ak yo a (Jan 12:20-25). Byenke Jezi pa t kite anyen fè l distrè nan misyon l te gen pou l preche bon nouvèl la, li pa t yon moun k ap panse sèlman ak travay tou. w15 15/10 3:13, 14.
Dimanch 19 mas
Mwen reprimande tout moun mwen gen afeksyon pou yo. — Rev. 3:19.
Malgre disip Jezi yo te toujou ap diskite pou yo konn kiyès ki gen plis enpòtans pami yo, Jezi pa t janm bouke ak yo. Men tou, li pa t fèmen je l lè yo pa t suiv konsèy li. Li te demontre lanmou ak dousè nan fason l te reprimande yo nan yon lè ak yon kote ki te apwopriye pou sa (Mak 9:33-37). Montre pitit ou yo ou renmen yo lè w disipline yo. Pafwa w ka sèlman bezwen esplike rezon ki fè yon konduit bon oubyen l pa bon. Sa ka rive yon timoun gendwa pa fè sa w di l fè (Pwo. 22:15). Lè konsa, imite Jezi. Nan yon moman ak yon kote ki apwopriye pou sa, montre w gen lanmou, dousè ak pasyans lè w ap bay pitit ou enstriksyon, fòmasyon ak koreksyon. Men sa Elaine, yon sè ann Afrik disid, fè konnen: “Paran m pa t janm an kòlè lè y ap disipline m ni yo pa t janm pa di m rezon ki fè y ap disipline m nan. Kòm rezilta, m te santi m an sekirite, m te konn limit mwen e m te konn sa yo atann de mwen.” w15 15/11 1:5, 6.
Lendi 20 mas
Bondye se lanmou. — 1 Jan 4:16.
Imajine ki jan lavi a t ap ye si Bondye pa t gen lanmou pou lèzòm. Nou sèlman bezwen gade istwa monn sa a ansanm ak dirijan l yo ki anba pouvwa Satan Ledyab, dye monn sa a ki pa gen lanmou e ki an kòlè (2 Kor. 4:4; 1 Jan 5:19; Rev. 12:9, 12). Sa fè n wè jis nan ki pwen bagay yo pa t ap bon ditou si linivè t ap fonksyone san yon Bondye ki gen lanmou. Lè Dyab la t ap rebele kont otorite Jewova a, li te kanpe kont dwa Bondye genyen pou l dirije linivè a, yon dwa ki jis. Anfèt, Satan te fè konnen li t ap dirije pi byen pase Kreyatè a (Jen. 3:1-5). Byenke Jewova te pèmèt Satan eseye pwouve sa l te di a, men, se sèlman pou yon ti tan li te pèmèt li fè sa. Grasa kokenn sajès Jewova gen lakay li a, li te kite ase tan pase pou l montre byen klè pa gen okenn dominasyon ki pi bon pase pa l la. Listwa lèzòm ki tris anpil montre ni lèzòm ni Satan pa gen kapasite pou dirije. w15 15/11 3:3, 4.
Madi 21 mas
Defann nou [...] avèk dousè e avèk gwo respè. — 1 Pyè 3:15.
Piske pèp Jewova a kontinye aji ak imilite, yo obeyi yon prensip enpòtan Jezi te bay nan Diskou li te fè sou Mòn nan, lè l te di: “Nou tande yo te di: ‘Nou dwe renmen pwochen nou, men nou dwe rayi ènmi nou.’ Men mwen menm, men sa m di nou: Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou, pou nou ka montre nou se pitit Papa nou ki nan syèl la, piske l fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon e li fè lapli tonbe ni sou moun ki jis ni sou moun ki pa jis.” (Mat. 5:43-45). Wi, antanke sèvitè Bondye, nou dwe aprann “renmen ènmi nou” yo kèlkeswa fason yo boule avè n. Nan tout domèn nan lavi a, pèp Jewova a dwe montre yo renmen Jewova ak pwochen yo nan konduit yo ak nan aksyon yo. Pa egzanp, menm lè gen kèk moun ki mal reyaji devan mesaj Wayòm nan, nou demontre lanmou pou pwochen nou lè yo nan bezwen. w15 15/11 4:17, 19, 20.
Mèkredi 22 mas
Yo te konprann pawòl yo te tande yo. — Ney. 8:12.
Pèp Bondye a te toujou sèvi ak kapasite yo genyen pou yo pale a, anpalan de lang, pou yo louwe Jewova e pou yo fè lòt moun konn volonte l. Nan dènye ane ki sot pase yo, pèp Bondye a te sèvi ak posiblite pou tradui Labib nan lòt lang lan kòm yon bon fason pou l soutni vrè adorasyon an. Gen plizyè milye tradiksyon Labib, men, yo tout diferan nan fason yo ret kole ak tèks orijinal la lè y ap transmèt mesaj ki ladan l lan. Nan ane 1940 yo, Komite Tradiksyon monn nouvo a te tabli yon seri prensip tradiktè Labib yo te suiv nan plis pase 130 lang. Men prensip yo: 1) Fè non Bondye vin sen lè n remete l nan plas li dwe ye nan Ekriti yo (Mat. 6:9). 2) Lè sa posib, tradui mesaj ki nan tèks orijinal la yon fason literal, men, bay sans ki egzak la lè yon tradiksyon motamo ap fè n pèdi sans lan. 3) Itilize yon langaj ki fasil pou moun konprann e ki ankouraje moun li. — Ney. 8:8. w15 15/12 2:1, 2.
Jedi 23 mas
Si twonpèt la bay yon siyal ki pa klè, kiyès k ap prepare yo pou y al nan lagè? — 1 Kor. 14:8.
Yon kout twonpèt moun pa konprann ka lakòz gwo dega pou yon lame ki pral nan lagè. Menm jan an tou, si n pa fin klè nan sa n ap di yo, sa ka lage moun nan konfizyon (1 Kor. 14:9). Nòmalman, menm lè n ap fè efò pou n di pawòl ki klè e ki presi, nou pa dwe parèt twò kare oswa pou n manke tak. Jezi kite yon bon egzanp pou nou antanke moun ki te konn chwazi bon pawòl pou l di. Ann konsidere diskou tou kout men ki gen anpil fòs li te bay nou jwenn nan Matye chapit 5 rive nan chapit 7. Jezi pa t sèvi ak pawòl pou l enpresyone moun, ni l pa t itilize yon langaj ki di oswa ki blesan. Olye de sa, li te chwazi ekspresyon ki klè, ki senp pou l te ka touche kè moun ki t ap koute l yo. Pa egzanp, pou l te soulaje moun yo anba enkyetid yo genyen pou manje yo bezwen pou jounen an, li te pale sou fason Jewova pran swen zwazo nan syèl la. Apre sa, li te konpare moun k ap koute l yo ak zwazo yo e l te di yo: “Èske nou pa gen plis valè pase yo?” (Mat. 6:26). Vrèmanvre, avèk lanmou, Jezi te sèvi ak pawòl ki senp, ki fasil pou konprann pou l te touche kè moun yo. w15 15/12 3:13, 14.
Vandredi 24 mas
Se pou nou kontinye gen lanmou pou frè yo. — Ebre 13:1.
Ki sa sa vle di pou nou gen lanmou pou frè yo? Yon fason literal, tèm grèk Pòl te itilize a, ki se filadèlfya, vle di “afeksyon pou yon frè”. Donk, gen lanmou pou frè yo se yon kalite afeksyon ki gen ladan l yon atachman ki fò e ki sere nou gen pou yo, tankou afeksyon manm fanmi oswa bon zanmi yo gen youn pou lòt la (Jan 11:36). Nou pa pran pòz nou se frè ak sè paske se frè ak sè nou ye toutbon (Mat. 23:8). Men ki bèl fason Bib la rezime kokenn atachman nou gen youn pou lòt la: “Se pou lanmou nou gen pou frè nou yo makònen ak gwo afeksyon nou gen youn pou lòt. Pran devan nan onore youn lòt.” (Wom. 12:10). Lè kalite lanmou sa a makònen ak lanmou agapè a, li fè gen bonjan tèt ansanm pami pèp Bondye a. Tout moun ki kwè nan Bondye yo se kretyen kèlkeswa nasyonalite yo (Wom. 10:12). Antanke frè, se Jewova ki anseye nou pou n gen afeksyon youn pou lòt. — 1 Tes. 4:9. w16.01 1:5, 6.
Samdi 25 mas
Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa. — 2 Kor. 5:14.
Lanmou n gen pou Jezi a pouse n patisipe ak tout nanm nou nan travay predikasyon an ak travay fè disip la (Mat. 28:19, 20; Lik 4:43). Pandan epòk Memoryal la, nou pral gen okazyon pou n sèvi kòm pyonye oksilyè e pou n pase 30 oswa 50 èdtan nan travay predikasyon an. Èske w ka fè aranjman pou w fè sa? Gen yon sè ki vèv e ki gen 84 an ki pa t santi l te ka pyonye oksilyè akoz laj ak pwoblèm sante. Sepandan, pyonye nan zòn nan te met ansanm pou ede l. Yo te ofri l mwayen transpò epi yo te byen chwazi yon tèritwa pou l te ka preche, pou l te ka rive fè 30 èdtan an. Èske w ka chèche ede yon moun yon fason pou l ka jwenn lajwa nan sèvis pyonye oksilyè a pandan epòk Memoryal la? Nòmalman, se pa nou tout k ap kapab pyonye oksilyè. Aktout sa, nou ka sèvi ak kèlkeswa tan ak enèji nou genyen an pou n fè plis sakrifis louwanj pou Jewova. w16.01 2:7, 11.
Dimanch 26 mas
Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou. — Zak. 8:23.
Si l pa posib pou n sèten nou konn non tout Izrayelit espirityèl ki sou tè a jodi a, ki jan moun ki fè pati lòt mouton yo ka “ale avèk” yo? Gade ki sa pwofesi Zakari a di konsènan dis moun senbolik sa yo. Moun sa yo t ap gen pou yo “kenbe wòb long yon Juif, wi, y ap kenbe l byen di, epi y ap di: ‘Nou vle ale avèk nou, paske nou tande yo di Bondye avèk nou’”. Byenke se yon sèl Juif yo site nan vèsè sa a, nan toude ka yo, pwonon “nou” an gen rapò ak plis pase yon sèl moun. Donk, Juif espirityèl sa a reprezante yon gwoup moun, se pa yon sèl moun! Kidonk, li pa nesesè pou n chèche konn non chak moun nan gwoup sa a pou n suiv yo chak. Okontrè, nou bezwen chèche konnen moun sa yo antanke gwoup epi chèche ede yo. Pa gen okenn vèsè nan Bib la ki ankouraje n suiv yon moun. Se Jezi ki Gid nou. — Mat. 23:10. w16.01 4:4.
Lendi 27 mas
Ou menm, o Izrayèl, ou se sèvitè m. O Jakòb, ou menm, moun mwen chwazi a, ki se desandan Abraram, zanmi m nan. — Eza. 41:8.
Depi lè nou fèt pou jis nou mouri, nou bezwen lanmou. Se pa sèlman lanmou ki gen ant gason ak fi a lèzòm bezwen, men tou, yo bezwen gen bon zanmi, zanmi ki renmen yo. Men, lanmou nou plis bezwen an se lanmou Jewova gen pou nou an. Gen anpil moun ki pa kwè moun ka vin bon zanmi Bondye Toupisan an. Men, nou konnen se pa vre. Jan Bib la montre sa, gen moun ki te vin zanmi Bondye. Nou dwe imite moun sa yo. Poukisa? Paske pi gwo objektif yon moun ka atenn nan lavi l se vin zanmi Bondye. Egzanp Abraram se pi gwo egzanp antanke moun ki te vin gen kalite zanmitay sa a ak Bondye (Jak 2:23). Ki jan Abraram te fè vin zanmi Bondye? Abraram te vin bon zanmi Bondye paske l te gen lafwa, e yo te vin konnen l kòm “papa tout moun ki gen lafwa”. — Wom. 4:11. w16.02 1:1, 2.
Madi 28 mas
Pa t gen pèsonn tankou l. — 2 Wa 18:5.
Menm lè papa Ezekyas te youn nan pi move wa ki te ka genyen nan peyi Jida, Ezekyas te vin youn nan pi bon wa peyi sa a te genyen (2 Wa 18:5, 6). Ezekyas te rezoud anpil nan pwoblèm papa l te lakòz yo. Li te netwaye tanp lan, li te mande Bondye padon pou peche pèp la e l te detwi zidòl yo nan tout peyi a (2 Kwo. 29:1-11, 18-24; 31:1). Annapre, lè Senakerib, wa Asiri a, te menase pou l atake Jerizalèm, Ezekyas te montre l gen anpil kran ak anpil lafwa. Li te gen konfyans Jewova t ap pwoteje l e l te ankouraje pèp la (2 Kwo. 32:7, 8). Rive yon lè, Ezekyas te vin gen ògèy, men, lè Jewova te korije l, li te aksepte koreksyon an avèk imilite (2 Kwo. 32:24-26). Li klè, Ezekyas se yon bèl egzanp pou n imite. Li pa t kite erè fanmi l te fè yo fè l gache lavi l. Okontrè, li te montre l se zanmi Jewova. w16.02 2:11.
Mèkredi 29 mas
Menmsi yon moun fè yon fo pa san l pa rann li kont, nou menm ki gen matirite, eseye redrese moun sa a avèk dousè. — Gal. 6:1.
Ou menm tou ou kapab fidèl ak Jewova an premye e w ka fidèl ak lòt moun lè w demontre bonte. Pa egzanp, ou kapab gen prèv yon frè te fè yon peche grav. Ou ka vle ret fidèl ak frè a sitou si l se bon zanmi w oswa l se yon moun nan fanmi w. Men, anmenmtan tou, ou konnen l pi enpòtan pou w fidèl ak Jewova. Obeyi Jewova epi demontre bonte anvè frè w la. Fè l konnen li dwe al chèche èd nan men ansyen yo e l dwe pale ak yo san pèdi tan. Si l pa fè sa, ou dwe al fè ansyen yo konn sa. Lè w fè sa, w ap ret fidèl ak Jewova e w ap demontre bonte anvè frè w la paske ansyen yo ka ede l vin gen bon relasyon ak Jewova ankò. Y ap disipline l yon fason ki kalm e ak jantiyès. — Lev. 5:1. w16.02 4:14.
Jedi 30 mas
Reflechi sou jan de moun nou dwe ye: Nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye. — 2 Pyè 3:11.
‘Aksyon ki montre w gen atachman pou Bondye yo’ gen ladan yo aktivite w fè nan kongregasyon an tankou al nan reyinyon epi al preche. Men tou, yo gen ladan yo aktivite w fè lòt moun pa wè tankou lè w ap priye Jewova poukont ou e lè w ap fè etid pèsonèl. Yon moun ki vwe lavi l bay Jewova pap konsidere aktivite sa yo kòm yon chay. L ap santi l menm jan ak wa David ki te di: “O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. Lwa w yo nan fon kè m.” (Sòm 40:8). Lè w vwe lavi w bay Jewova e w batize, ou vin gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova. Kidonk, sa w fè pou Jewova yo pa dwe depann de paran w oswa lòt moun. Aksyon w fè ki montre w gen yon konduit ki sen e ki montre w gen atachman pou Bondye yo bay prèv ou gen konviksyon ou jwenn laverite, ou vle obeyi prensip Bondye yo e w ap pwogrese pou w batize. w16.03 2:10, 12, 15.
Vandredi 31 mas
Anvan lafwa te rive, yo te kenbe nou anba lalwa [...]. Konsa, Lalwa te vin tounen yon gid k ap mennen nou bay Kris. — Gal. 3:23, 24.
Lalwa te pwoteje Izrayelit yo kont imoralite ak fo relijyon nasyon ozalantou yo te konn pratike yo. Lè pèp Izrayèl la te koute Bondye, Bondye te konn beni pèp la. Lè yo te vire do ba li, yo te konn peye sa chè (Det. 28:1, 2, 15). Yo te bezwen nouvo enstriksyon pou yon lòt rezon ankò. Lalwa te prepare Izrayelit yo pou yon evènman enpòtan nan objektif Jewova anpalan de vini Mesi a, Jezi Kris, te gen pou l vini an. Lalwa te fè Izrayelit yo sonje yo se moun ki enpafè. Epitou, li te ede yo konprann yo bezwen yon ranson, sa vle di, yon sakrifis pafè ki t ap efase peche yo nèt (Gal. 3:19; Ebre 10:1-10). Mete sou sa, Lalwa te pwoteje fanmi kote Mesi a te gen pou l soti a e l te ede Izrayelit yo rekonèt Mesi a lè l parèt. Vrèmanvre, Lalwa te tankou yon “gid” ki mennen nan Kris. w16.03 4:6, 7.