BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es17 p. 37-46
  • Avril

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Avril
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
  • Soutit
  • Samdi 1ye avril
  • Dimanch 2 avril
  • Lendi 3 avril
  • Madi 4 avril
  • Mèkredi 5 avril
  • Jedi 6 avril
  • Vandredi 7 avril
  • Samdi 8 avril
  • Dimanch 9 avril
  • Lendi 10 avril
  • Dat Memoryal la
    Apre solèy la fin kouche
    Madi 11 avril
  • Mèkredi 12 avril
  • Jedi 13 avril
  • Vandredi 14 avril
  • Samdi 15 avril
  • Dimanch 16 avril
  • Lendi 17 avril
  • Madi 18 avril
  • Mèkredi 19 avril
  • Jedi 20 avril
  • Vandredi 21 avril
  • Samdi 22 avril
  • Dimanch 23 avril
  • Lendi 24 avril
  • Madi 25 avril
  • Mèkredi 26 avril
  • Jedi 27 avril
  • Vandredi 28 avril
  • Samdi 29 avril
  • Dimanch 30 avril
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
es17 p. 37-46

Avril

Samdi 1ye avril

Se pou nou veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun. — 1 Pyè 5:8.

Pandan yon tan, li te gen bon relasyon ak Jewova. Sepandan, rive yon lè, kreyati espirityèl sa a te kòmanse gen anvi pou lèzòm adore l. Olye pou l te rejte move dezi sa a, li te nouri l e l te kite l grandi jiskaske l fè l peche (Jak 1:14, 15). Nou konnen kreyati sa a se Satan, li menm ki “pa t kenbe fèm nan laverite” a. Li te rebele kont Jewova e l te vin tounen “papa manti”. (Jan 8:44.) Depi apre Satan te fin rebele a, li te montre l se pi gwo ènmi Jewova, e yon bagay ki sèten, li pa t zanmi lèzòm. Tit yo bay Satan yo montre jis nan ki pwen li kòwonpi. Satan vle di “opozan”, sa ki montre kreyati espirityèl mechan sa a pap soutni dwa Jewova genyen pou l dirije a, olye de sa, li rayi dwa sa a e l ap goumen kont li avèk raj. Sa k pi mal la, Satan vle met fen nan dwa Jewova genyen pou l dirije a. w15 15/5 1:1, 2.

Dimanch 2 avril

Si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen moun sa a. — 1 Kor. 8:3.

Yon etid nan Ekriti yo ap ede n fè plis pase annik wè ki kote n bezwen amelyore nan domèn espirityèl. L ap ede n vin gen plis apresyasyon tou pou bèl kalite Jewova yo e sa ap fè n vin gen plis lanmou pou li. Epi, tank n ap gen plis lanmou pou Jewova se tank lanmou l gen pou nou an ap vin pi plis e konsa, relasyon nou gen avè l la ap vin pi solid. Sepandan, pou n pwoche bò kote Jewova, li enpòtan pou n gen bonjan objektif lè n ap etidye. Jan 17:3 fè konnen: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” Kidonk, nou pa ta dwe etidye nan objektif pou n annik vin gen konesans, men, nou dwe fè sa nan objektif pou n vin pi byen “konnen” ki kalite Moun Jewova ye (Egzòd 33:13; Sòm 25:4). Toutpandan n ap aprann konnen Jewova pi byen, nou pap plede ap bay tèt nou pwoblèm si ta gen kèk istwa biblik ki fè n mande poukisa Jewova te aji jan l aji a. w15 15/4 3:6-8.

Lendi 3 avril

[Timote] ap fè nou sonje metòd mwen yo anrapò ak Kris Jezi, metòd m ap anseye toupatou nan chak kongregasyon. — 1 Kor. 4:17.

Sa pa gen twò lontan, yo te mande yon gwoup ansyen ki jwenn bon rezilta nan ede frè yo pwogrese nan domèn espirityèl, ki metòd yo itilize lè y ap fòme lòt moun. Byenke sitiyasyon frè sa yo diferan anpil, yo tout te prèske bay menm metòd. Ki sa sa montre? Sa montre, menm jan sa te ye nan epòk apot Pòl la, fòmasyon ki chita sou Bib la aplikab pou moun y ap fòme “toupatou nan chak kongregasyon”. Yon anseyan bezwen chèche kreye bonjan anbyans pou l bay fòmasyon. Menm jan yon kiltivatè bezwen travay yon tè anvan l simen semans yo, se konsa tou yon anseyan bezwen prepare kè moun l ap bay fòmasyon an oswa l bezwen ankouraje l anvan l anseye l nouvo metòd yo. Nan ka sa a, ki fason anseyan yo ka chèche kreye bonjan anbyans pou yo fòme lòt moun? Yo ka fè sa lè yo fè menm jan ak Samyèl lè l t ap prepare Sayil pou l vin wa nan peyi Izrayèl la. — 1 Sam. 9:15-27. w15 15/4 1:11, 12.

Madi 4 avril

Lemonnantye anba pouvwa Mechan an. — 1 Jan 5:19.

Pifò nan bagay monn nan ap fè pwopagann pou yo a depaman ak prensip nou jwenn nan Bib la. Nòmalman, se pa tout bagay nan monn nan ki pa bon. Sepandan, nou dwe atann nou Satan ap sèvi ak monn li an pou l eksplwate dezi nou epi pou l eseye fè n peche oswa fè n vin renmen monn li an yon fason pou n vire do bay adorasyon n ap bay Jewova a (1 Jan 2:15, 16). Gen kèk kretyen nan premye syèk la ki te vin gen lanmou pou monn nan. Pa egzanp, apot Pòl te di: “Demas abandone m paske li renmen sistèm ki la kounye a.” (2 Tim. 4:10). Bib la pa di egzakteman ki bagay nan monn nan Demas te renmen ki fè l te abandone Pòl la. Sanble Demas te kòmanse vin gen plis lanmou pou bagay materyèl pase bagay espirityèl yo. Si se te sa vre, konnen Demas te pèdi yon pakèt bèl privilèj nan domèn espirityèl. E poukisa atò? Èske monn nan te ka bay Demas yon bagay ki pi enpòtan pase privilèj Jewova te ka ba li pou l vin konpayon travay Pòl? — Pwo. 10:22. w15 15/5 2:10, 11.

Mèkredi 5 avril

Jewova gen mizèrikòd ak konpasyon. — Sòm 103:8.

Jezi te konn santi soufrans menm moun ki te nan sitiyasyon l pa t janm viv. Pa egzanp, mas pèp la t ap viv nan laperèz akoz chèf relijye yo ki te twonpe yo e ki t ap fè yo pase tray ak yon pakèt règ yo te envante (Mat. 23:4; Mak 7:1-5; Jan 7:13). Jezi pa t janm konn pè e yo pa t janm ka twonpe l, sepandan, li te ka konprann yon seri sitiyasyon l pa t janm viv. Se sa k fè, Bib la di: “Lè l wè foul moun yo, li gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje.” (Mat. 9:36). Jezi te gen lanmou ak konpasyon menm jan ak Papa l. Lè Jezi te wè moun yo ap soufri, li te demontre lanmou anvè yo. Konsa, li te imite lanmou Papa l genyen an yon fason ki pafè. Apre Jezi ak apot li yo te fin fè yon bon bout tan ap preche, yo te vle al yon kote apa pou yo pran yon ti repo. Men, etandone Jezi te gen pitye pou foul moun ki t ap tann li yo, li te pran tan pou l “anseye yo anpil bagay”. — Mak 6:30, 31, 34. w15 15/5 4:3, 4.

Jedi 6 avril

Se pitit lèzòm yo mwen te pi renmen. — Pwo. 8:31.

Premye Pitit gason Bondye a se premye egzanp ak pi bèl egzanp ki montre jan Jewova gen yon sajès ki san parèy. Li t ap sèvi bò kote Papa l antanke “yon moun ki konn travay byen” e yo pale de li kòmsi l se sajès menm. Se sèlman imajine nou ka imajine lajwa ak satisfaksyon l te genyen nan moman Papa l t ap “fè syèl la” ak lè l t ap “fè fondasyon tè a”. Sepandan, byenke Pitit gason Bondye a te apresye bagay sa yo ki pa gen vi, men, li ‘te pi renmen pitit lèzòm yo’. (Pwo. 8:22-31.) Vrèmanvre, Jezi gen yon atachman espesyal oswa yon afeksyon ki gen tandrès pou lèzòm depi byen lontan anvan l te vin sou tè a. Annapre, pou premye Pitit gason Bondye a te demontre fidelite ak lanmou anvè Papa l epi pou l te montre jan l vrèman renmen “pitit lèzòm yo”, li te dispoze “kite fòm li te genyen an” epi l te vin tounen yon moun. Li te fè sa yon fason pou l te ka bay yon “ranson pou anpil moun”. (Flp. 2:5-8; Mat. 20:28.) Ala yon kokennchenn lanmou Jezi gen pou lèzòm! w15 15/6 2:1, 2.

Vandredi 7 avril

Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. — 1 Jan 4:9.

Èske w gen rekonesans pou sa Jewova fè pou ou? Si se wi, l ap bon pou w vwe lavi w bay Jewova e pou w batize. Lè w vwe lavi w bay Jewova, se pwomèt ou pwomèt li w ap toujou fè sa l vle. Èske w ta dwe pè fè yon pwomès konsa? Non! Jewova vle sa ki pi bon an pou ou, e l ap rekonpanse moun ki fè sa l vle yo (Ebre 11:6). Lè w vwe lavi w bay Bondye e w batize, se pa pi mal lavi w ap vin pi mal, okontrè, se pi bon l ap vin pi bon! Jewova vle sa ki pi bon an pou ou. Men, Satan li menm, li egoyis, li pa ba w regle anyen pou li. Li pa ka ba w anyen ki bon si w suiv li. Ki jan l ka fè ba w yon bagay li pa genyen? w16.03 2:16, 18, 19.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 9 Nizan an) Lik 19:29-44.

Samdi 8 avril

Papa, mwen remèsye w poutèt ou tande m. Se vre, mwen konnen ou toujou tande m. — Jan 11:41, 42.

Pou relasyon w gen ak Jewova vin reyèl pou ou, ou dwe gen konviksyon Jewova koute priyè w. Fè yon ti reflechi. Anvan Jezi te vin sou tè a, li te nan yon bon pozisyon pou l wè fason Jewova reponn priyè sèvitè l yo ki sou tè a. Annapre, pandan ministè l sou tè a, li te sèvi ak lapriyè kòm mwayen pou l fè Papa l ki nan syèl la konnen sa l santi. Si l te panse Jewova pap koute l vre, èske l t ap fè sa? Èske l t ap menm rive fè tout yon nuit ap lapriyè (Lik 6:12; 22:40-46)? Èske l t ap anseye disip li yo pou yo priye si l te panse lapriyè te sèlman gen yon efè sikolojik? Sa klè, Jezi te konnen lapriyè se bonjan kominikasyon ak Jewova. Nou menm tou nou kapab gen konfyans Jewova se Sila a ki “konn tande priyè” a. — Sòm 65:2. w15 15/4 3:11, 13.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 10 Nizan an) Lik 19:45-48; Matye 21:18, 19; 21:12, 13.

Dimanch 9 avril

O Papa, Papa, tout bagay posib pou ou. Retire koup sa a devan m. Men, se pa jan mwen vle, men se jan ou vle. — Mak 14:36.

Lè w priye avèk imilite devan pitit ou, y ap aprann konte sou Jewova. Men sa Ana k ap viv nan peyi Brezil di: “Lè te gen pwoblèm, tankou lè granparan m yo malad, paran m yo te konn mande Jewova fòs pou yo ka fè fas ak sitiyasyon an e yo te konn mande l sajès pou yo pran bon desizyon. Menm lè yo te anba gwo presyon yo te konn kite pwoblèm yo nan men Jewova. Sa te vin fè m aprann konte sou Jewova.” Lè w ap priye ak pitit ou, pa annik priye pou yo sèlman. Mande Jewova pou l ede w tou, petèt pou l ede w konn ki jan pou w pale ak patwon w yon fason pou l ba w konje pou w al asiste kongrè. Mande Jewova kouraj pou w ka preche vwazen w yo oswa pou l ede w lòt fason ankò. Avèk imilite, konte sou Jewova e pitit ou yo ap aprann fè sa tou. w15 15/11 1:7, 8.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 11 Nizan an) Lik 20:1-47.

Lendi 10 avril

Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou. — Mat. 22:37.

Youn nan pi bon fason ou ka vin gen plis lanmou pou Jewova se lè w byen pran san w pou w reflechi ak ranson an ki se pi gwo kado Bondye bay lèzòm (2 Kor. 5:14, 15; 1 Jan 4:9, 19). Lè w fè sa, sa ap fè w anvi montre w rekonesan pou bèl kado sa a. Men ki jan w ka esplike rekonesans ou genyen pou ranson an: Imajine w t ap neye epi yon moun vin sove w. Èske w t ap annik al lakay ou, ou seche kò w epi w bliye sa moun nan te fè pou ou a? Non! Ou t ap toujou santi w rekonesan dèske moun sa a te sove lavi w! Menm jan an tou, nou dwe gen anpil rekonesans pou Jewova ak Jezi dèske yo te ban nou ranson an. Piske yo renmen nou, kounye a, nou gen espwa pou n viv pou toutan nan yon paradi sou tè a! w16.03 2:16, 17.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 12 Nizan an) Lik 22:1-6; Mak 14:1, 2, 10, 11.

Dat Memoryal la
Apre solèy la fin kouche
Madi 11 avril

Kris mouri pou nou. — Wom. 5:8.

Jewova gen yon konfyans total nan sèl Pitit gason li fè a, yon pitit ki te ret fidèl avè l nan syèl la pandan yon kantite ane moun pa ka konte. Lè Jezi te sou tè a, li te kontinye rete fidèl e l te defann dwa Jewova genyen pou l dirije a menm lè l t ap fè fas ak eprèv ki pi rèd yo e l te mouri kòm yon moun ki t ap sèvi Papa l fidèlman. Se pa ti rekonesan nou ta dwe montre n rekonesan anvè Jezi dèske, grasa lanmò l, li peye pri ki te nesesè pou libere lèzòm nan e konsa l tou ouvri chemen pou lèzòm viv pou toutan nan monn nouvo Bondye pwomèt la! Men sa apot Jan te ekri: “Lanmou Bondye te parèt aklè nan ka pa nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. Nan ka sa a, men sa lanmou an ye: se pa nou menm ki te renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou e ki te voye Pitit li a kòm yon sakrifis pou peche nou, yon sakrifis ki rekonsilye nou avèk li.” — 1 Jan 4:9, 10. w15 15/11 3:13, 14.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 13 Nizan an) Lik 22:7-13; Mak 14:12-16. (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche: 14 Nizan) Lik 22:14-65.

Mèkredi 12 avril

Lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” — Wom. 5:12.

Antanke pitit Adan, premye gason an, nou tout nou eritye peche ak konsekans li ki se lanmò. Pa gen okenn nan nou ki ka di: “M pa bezwen ranson an.” Menm sèvitè Bondye ki pi fidèl la depann konplètman de favè san parèy Jewova fè n pa mwayen Kris la. Nou chak dwe rekonèt Bondye te anile yon gwo dèt pou nou. Ki sa lanmou ak mizèrikòd Jewova demontre anvè n nan ta dwe oblije n fè? Si n gen rankin nan kè n pou nenpòt nan frè ak sè nou yo, nou dwe imite Jewova ki “dispoze padone”. (Ney. 9:17; Sòm 86:5.) Si n gen rekonesans pou Jewova lefètke l te anile gwo dèt nou an, n ap dispoze padone lòt moun ak tout kè nou. Bondye pap renmen nou e li pap padone nou si n pa renmen lòt moun e nou pa padone yo (Mat. 6:14, 15). Se vre padon pa geri maleng, men lè n aprann padone n ap viv ak plis kè kontan alavni. w16.01 2:5, 15-17.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 14 Nizan an) Lik 22:66-71.

Jedi 13 avril

Nou menm ki te suiv mwen, n ap chita sou 12 twòn pou nou jije 12 tribi Izrayèl yo. — Mat. 19:28.

Jezi te di Pyè ansanm ak lòt disip yo pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an yon fason pou yo te ka imajine avni k ap tann yo a. Yo te ka imajine ki wòl yo pral jwe nan gouvènman ki pral dirije tout tè a e ki pral pote gwo benediksyon pou moun obeyisan yo. Sèvitè Jewova yo k ap viv sou tè a te toujou jwenn byenfè lè yo reflechi ak akonplisman pwomès Bondye yo. Abèl te konn ase bagay sou objektif Bondye ki te pèmèt li imajine yon pi bèl avni, li te montre l gen lafwa e l te vin gen yon esperans ki pa ka kraze. Li te vin posib pou Abraram fè yon seri gwo aksyon ki montre l gen lafwa paske l te “wè” bagay ki gen rapò ak akonplisman pwofesi Bondye te bay konsènan “desandans” li te pwomèt la (Jen. 3:15). Moyiz “te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan”, li te aji ak lafwa e l te vin gen lanmou pou Jewova (Ebre 11:26). Lafwa n gen nan Bondye ak lanmou n gen pou li a ka ede n imajine bagay Bondye pwomèt yo. w15 15/5 3:17, 18.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 15 Nizan an) Matye 27:62-66.

Vandredi 14 avril

Kris [...] kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye. — 1 Pyè 2:21.

Pou yon kretyen ki vle grandi nan domèn espirityèl suiv modèl Jezi kite a, li pap kontante l annik gen yon konesans konsa konsa sou Bib la. Piske l ap vin rann li kont “gwo manje se pou moun ki gen matirite”, l ap fouye byen fon ladan l regilyèman (Ebre 5:14). Vrèmanvre, yon kretyen ki gen matirite vle gen “konesans egzak sou Pitit Bondye a”. (Efe. 4:13.) Èske w gen yon pwogram pou w li Bib la chak jou? Èske w gen abitid fè etid pèsonèl ou, èske w fè bonjan efò pou w rezève yon ti tan chak semèn pou adorasyon an fanmi an? Toutpandan w ap egzamine Pawòl Bondye a, chèche jwenn prensip nan Ekriti yo k ap ede w pi byen wè fason Jewova panse ak sa l santi. Epi, eseye aplike prensip biblik yo, konte sou yo lè w ap pran desizyon yon fason pou w vin pi pwòch Jewova. w15 15/9 1:5, 9, 10.

Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 16 Nizan an) Lik 24:1-12.

Samdi 15 avril

Kris se pisans Bondye. — 1 Kor. 1:24.

Jezi byen konprann fason tè a fonksyone. Li konn ki jan pou l byen itilize resous tè a, pou l byen sèvi avè yo epi pou l byen distribye yo yon fason ki ekilibre. Lè Jezi te sou tè a, li te montre l se “pisans Bondye” nan fason l te kontwole fòs natirèl yo. Eseye imajine sèn nan: Kris fatige anpil akoz travay predikasyon an. Vag lanmè a ap frape bato a byen fò e sa lakòz dlo kòmanse antre nan bato a. Sepandan, malgre tout bri tanpèt la ansanm ak fason vag lanmè yo ap frape bato a byen fò, Jezi kontinye ap dòmi. Kò l bezwen repo. Etandone disip yo vin pè anpil, yo reveye Jezi epi yo di l: “Nou sanlè peri!” (Mat. 8:25). Jezi reveye epi l kòmande van an ak lanmè a, li di yo: “Silans! Ret trankil!” Epi gwo van an sispann (Mak 4:39). Anfèt, Jezi te bay van an ak lanmè a lòd pou yo fè silans epi pou yo ret trankil. Ki jan sa te fini? Bib la di: “Vin gen yon gwo kalmi.” Se pa ti pisans Jezi genyen! w15 15/6 1:12-14.

Dimanch 16 avril

Ban nou pen nou bezwen pou jounen an. — Mat. 6:11.

Lè Jezi te fè referans ak pen nou bezwen pou jounen an, sanble l te vle pale konsènan sa n bezwen nan moman an. Se sa k fè, apre l te fin montre jan Bondye abiye flè ki nan savann yo, li te di: “Nou pa bezwen mande si l ap abiye nou tou! Ki jan nou fè manke lafwa konsa a?” Pou l te fini, li te repete konsèy enpòtan sa a: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen.” (Mat. 6:30-34). Pawòl sa yo montre olye pou n vin materyalis nou ta dwe kontante nou ak sa n bezwen pou jounen an. Bezwen sa yo kapab gen rapò ak kay pou n rete, travay pou n pran swen fanmi nou ak fason pou n fè fas ak pwoblèm sante nou yo avèk sajès. Sepandan, si se pou sa n bezwen nan domèn fizik sèlman nou priye, n ap montre nou pa ekilibre. Bezwen nou genyen nan domèn espirityèl yo pi enpòtan toujou. Men sa Mèt nou an te di: “Lòm pa dwe viv ak pen sèlman, men li dwe viv ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” (Mat. 4:4). Donk, nou dwe kontinye priye pou Jewova pa janm sispann ban nou manje espirityèl nan moman apwopriye. w15 15/6 5:4, 7, 8.

Lendi 17 avril

Pa kite nou tonbe anba tantasyon. — Mat. 6:13.

Èske n priye Jewova regilyèman pou l ede n kenbe entegrite nou lè n ap fè fas ak tantasyon? Fason n te leve oswa konduit nou te genyen ka fè n vin renmen bagay Jewova kondane yo. Aktout sa, Jewova ka ede n fè chanjman ki nesesè yo yon fason pou n ka kontinye sèvi l jan l vle a. Wa David te rekonèt sa. Men ki jan l te sipliye Jewova apre l te fin fè adiltè ak Batcheba: “Fè kè m vin pwòp. [...] Ban m yon lòt espri, yon espri k ap fè m fidèl.” (Sòm 51:10, 12). Move dezi yo gendwa fò lakay ou, sepandan Jewova ka ba w volonte ak anvi pou w obeyi l. Menm lè move dezi yo gendwa anrasinen lakay ou e yo ka gen tandans kouri dèyè panse ki pwòp yo, Jewova ka gide w yon fason pou w obeyi kòmandman l yo epi pou w reyisi lè w viv ann amoni ak yo. Li ka anpeche nenpòt move bagay gen pouvwa sou ou. — Sòm 119:133. w15 15/6 3:5, 6.

Madi 18 avril

Lè gen anpil moun k ap bay konsèy, gen laviktwa. — Pwo. 24:6.

Moun aje ki pami nou yo sonje epòk kote se yon sèvitè kongregasyon ki te gen nan kongregasyon yo olye de yon gwoup ansyen, yo sonje lè se yon sèvitè filyal ki te gen nan peyi yo olye de yon komite filyal ak lè se prezidan Watch Tower Society a ki t ap dirije travay la olye de Kolèj santral Temwen Jewova yo. Byenke tout frè sa yo ki te gen bòn volonte te jwenn èd nan men kèk moun fidèl, se yon sèl moun ki te responsab pou pran desizyon nan kongregasyon yo, nan biwo filyal yo epi syèj mondyal la. Pandan ane 1970 yo, yo te fè kèk ajisteman ki te pèmèt vin gen yon gwoup ansyen pou pran swen kongregasyon an olye de yon sèl moun. Ajisteman sa yo te baze sou plis konesans nou vin genyen konsènan metòd ki nan Ekriti yo. Olye pou se yon sèl moun k ap dirije, òganizasyon an jwenn byenfè grasa bèl kalite tout “gason” Jewova bay “kòm kado” yo. — Efe. 4:8. w15 15/7 1:14, 15.

Mèkredi 19 avril

Yo pa fè pati monn nan. — Jan 17:16.

Se pa sèlman lè gen lagè vrè kretyen yo bezwen kenbe netralite yo epi rete fidèl. Sa k fè sa? Se paske tout moun ki vwe lavi yo bay Jewova pwomèt li pou yo renmen l, pou yo ret fidèl anvè l epi pou yo obeyi l (1 Jan 5:3). Nou vle viv ann amoni ak prensip Bondye yo nenpòt kote nou ye, kèlkeswa fason n te leve, nasyonalite nou oswa kilti nou. Rete fidèl anvè Jewova ak Wayòm li an pi enpòtan lontan pase nenpòt lòt bagay nou atache avè l (Mat. 6:33). Pou kretyen yo demontre yon kalite fidelite konsa, sa mande pou yo rete separe ak tout konfli oswa polemik ki gen nan monn nan (Eza. 2:4; Jan 17:11, 15, 16). Moun ki pa gen menm fwa avè n yo gendwa santi yon atachman espesyal pou peyi yo, tribi yo, kilti yo oswa menm ekip nasyonal peyi yo. Pou yo demontre kalite atachman sa a, yo konn antre nan konpetisyon, nan rivalite, e nan kèk ka, yo konn lakòz san koule oswa jenosid. Li te ka fasil pou n antre nan zafè monn nan epi pou n antre nan polemik. w15 15/7 3:1, 2.

Jedi 20 avril

Se pou tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd. — 1 Kor. 14:40.

Yonfwa yon nouvo Sal Wayòm fin konstwi, nou bezwen kenbe l pwòp epi annòd yon fason pou l reflete kalite ak pèsonalite Bondye n ap adore a ki se yon Bondye ki gen lòd (1 Kor. 14:33). Bib la fè yon lyen ant sen ak pwòpte espirityèl ak lè yon moun pwòp fizikman (Rev. 19:8). Donk, moun ki vle jwenn apwobasyon Jewova yo dwe gen bon ijyèn. Ann amoni ak prensip sa yo, nou ta dwe toujou santi n alèz pou n envite moun ki enterese yo nan reyinyon nou yo toutpandan n gen konfyans kondisyon sal la ap ajoute sou bon nouvèl nou te preche yo a. Konsa, y ap wè n ap adore yon Dye ki sen e ki pral fè tè a tounen yon paradi ki pwòp talè konsa (Eza. 6:1-3; Rev. 11:18). Kèlkeswa sitiyasyon moun nan zòn nan, Sal Wayòm nou an dwe sèvi kòm egzanp pou sa ki gen rapò ak netwayaj etandone l pote non Jewova e l se kote nou pratike adorasyon ki pwòp la. — Det. 23:14. w15 15/7 4:13-15.

Vandredi 21 avril

Kontinye veye. — Mak 13:35.

Piske disip Jezi yo rann yo kont prezans Kris la kòmanse an 1914, se avèk rezon yo prepare yo pou si lafen an ta rive sanzatann. Yo fè sa lè yo patisipe plis nan travay predikasyon Wayòm nan. Jezi te fè konnen li ka vin byen ta, sètadi “avanjou oubyen [...] granmmaten”. Si sa ta rive, ki jan disip li yo t ap reyaji? Li te di: “Kontinye veye.” Donk, menmsi n gen lontan depi n ap tann, nou pa gen okenn rezon pou n ta panse lafen an poko prèt pou rive oswa pou n ta sispann tann li. Nan monn nouvo a, nou pral gen rezon pou n reflechi ak reyalite sa a: Tout evènman yo te predi ki gen rapò ak fen sistèm nan te rive vre. Lè n medite sou fason bagay yo ap fèt kounye a, sa ap fè n vin gen plis konfyans nan Jewova ansanm ak pwomès li fè ki poko reyalize yo (Joz. 23:14). Se sèten nou pral kontan dèske Bondye ki ‘met tan oswa epòk anba otorite l’ la te ankouraje n viv toutpandan nou konsyan “lafen tout bagay vin pi pre”. — Tra. 1:7; 1 Pyè 4:7. w15 15/8 2:10, 11, 14.

Samdi 22 avril

Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. — 2 Tim. 3:12.

Nan kesyon divètisman, gen anpil moun ki pran plezi nan gade epi pratike sa Bib la konsidere kòm bagay ki vyolan, ki gen rapò ak imoralite seksyèl, movèzespri oswa lòt move bagay. Pa egzanp, kit se sou Entènèt, pwogram televizyon, fim, liv woman ak jounal, byen souvan, yo prezante vyolans ak imoralite kòm bagay ki akseptab. Kounye a, gen kèk kote yo legalize kèk konduit moun te konsidere kòm bagay ki pa t akseptab yon lè. Sepandan, sa pa vle di konduit sa yo akseptab nan je Bondye (Wom. 1:28-32). Nan premye syèk la, disip Jezi yo te rejte divètisman ki pa pwòp. Rezon sa a met ansanm ak konduit yo te genyen antanke kretyen te fè moun pale yo mal e yo te pèsekite yo. Men sa apot Pyè te ekri: “Etandone nou pa kontinye kouri avèk yo nan chemen ki mennen nan menm ma labou debòch la, sa boulvèse yo, e yo pale nou mal.” — 1 Pyè 4:4. w15 15/8 4:2, 3.

Dimanch 23 avril

Lè chak manm fonksyone nòmalman, sa vin pèmèt kò a devlope pou l bati tèt li nan lanmou. — Efe. 4:16.

Yon sèvitè Jewova ki gen matirite ap kontribye pou gen inite nan kongregasyon an (Efe. 4:1-6, 15). Objektif nou se pou pèp Bondye a rive “byen kole ansanm” epi pou tout manm yo kowopere youn ak lòt. Selon Pawòl Jewova a, pou n rive atenn inite sa a, nou bezwen gen imilite. Avèk imilite, yon frè oswa yon sè ki gen matirite ap travay pou gen inite menm lè l ap fè fas ak enpèfeksyon lòt moun. Ki jan w reyaji lè w ap fè fas ak enpèfeksyon yon frè oswa yon sè nan kongregasyon an? Oswa, ki sa w ap fè si yon moun nan kongregasyon an blese santiman w? Èske tandans ou oswa abitid ou se bati yon mi pou separe w ak moun ki ofanse w la? Oswa èske w eseye konstwi yon pon pou relye nou de a? Yon kretyen ki gen matirite ap vle, wi l ap eseye konstwi yon pon, li pap bati yon mi. Èske objektif ou se kontribye pou gen tèt ansanm nan kongregasyon an? w15 15/9 1:12, 13.

Lendi 24 avril

Pawòl ou se laverite. — Jan 17:17.

Jezi te gen konviksyon Bib la se Pawòl Bondye e se ladan l ki gen pi bon konsèy nan lavi a. Pou n suiv egzanp Jezi, nou dwe li Bib la chak jou, nou dwe etidye l epi medite sou sa n aprann nan. Anplis de etidye Bib la, fè bonjan rechèch sou sijè petèt ou konn poze kesyon sou yo. Pa egzanp, ou gendwa vin gen plis konviksyon fen sistèm sa a vrèman pre lè w etidye tout ti detay konsènan prèv nou jwenn nan Ekriti yo ki montre n ap viv nan dènye jou yo. Chèche vin gen plis konviksyon nan pwomès Bib la bay konsènan lavni lè w etidye pakèt pwofesi ki deja reyalize yo. Chèche vin gen plis konfyans nan valè pratik ki gen nan Bib la lè w konsidere kèk egzanp ki montre fason Bib la amelyore lavi moun (1 Tes. 2:13). Anplis de sa, ou ka imite Jezi lè w medite sou pakèt bèl pwomès Jewova fè w yo (Ebre 12:2). Konsidere pwomès sa yo kòm pwomès Bondye fè w pèsonèlman, men, pa sèlman tout moun. w15 15/9 3:16, 17.

Madi 25 avril

Onore Jewova avèk sa w genyen ki gen valè yo. — Pwo. 3:9.

Ki kèk fason nou ka montre nou renmen Bondye? Nòmalman, nou ka sèvi ak bagay materyèl nou genyen yo pou n soutni travay Wayòm nan k ap fèt nan zòn nou abite a ak nan lemonnantye. Vrèmanvre, se yon bon fason pou n montre nou renmen Jewova kit nou gen anpil byen materyèl kit nou pa gen anpil (2 Kor. 8:12). Sepandan, gen lòt fason ankò nou ka montre Jewova nou renmen l. Pa bliye Jezi te fè disip li yo sonje pou yo pa plede ap bay tèt yo pwoblèm pou manje ak rad, men, pou yo kontinye chèche Wayòm nan an premye. Li te di Papa a konnen sa n vrèman bezwen yo (Mat. 6:31-33). Fason nou demontre konfyans nou nan pwomès sa a se yon prèv ki montre jis nan ki pwen nou renmen Jewova paske lanmou ak konfyans se de bagay ki mache ansanm. Nou pap ka renmen yon moun toutbon si n pa fè l konfyans (Sòm 143:8). Kidonk, nou kapab mande tèt nou: ‘Èske objektif m ap pousuiv yo ak fason m ap viv la montre m vrèman renmen Jewova? Èske aksyon m fè chak jou yo montre m gen konfyans nan kapasite l genyen pou l ban m sa m bezwen?’ w15 15/9 5:7, 8.

Mèkredi 26 avril

San lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi. — Ebre 11:6.

Èske w janm mande tèt ou: ‘Èske m se jan de moun Jewova vle sove pandan gwo tribilasyon an pou l fè l antre nan monn nouvo a?’ Yon bagay ki vrèman enpòtan sèke n dwe chèche gen yon lafwa ki solid. Apot Pyè te montre jan sa enpòtan pou n gen lafwa lè l te pale de lafwa ki “pase anba eprèv” e ki “ka bay louwanj, glwa ak onè kòm rezilta lè Jezi Kris ap parèt”. (1 Pyè 1:7.) Etandone gwo tribilasyon an ap pwoche byen vit, èske n pa ta dwe asire nou kalite lafwa nou genyen an ap fè n vin pami moun k ap jwenn lwanj pou lafwa yo lè Wa nou an, ki gen glwa, vin parèt? Pa gen dout nan sa, nou vle vin “moun ki gen lafwa pou nanm nou ka ret vivan”. (Ebre 10:39.) Avèk objektif sa a nan lespri nou, nou ka vin menm jan ak yon mesye ki t ap sipliye Jezi e ki te di: “Ede m gen plis lafwa toujou!” (Mak 9:24). Oubyen nou ka anvi di pawòl apot Jezi yo te di a: “Ban nou plis lafwa.” — Lik 17:5. w15 15/10 2:1, 2.

Jedi 27 avril

Nou menm tou, annou voye tout pwa lou jete. — Ebre 12:1.

Pòl te konsantre l sou “bagay ki pi enpòtan yo”, li te travay tankou yon esklav nan sèvis li pou Bondye, li te fè ale vini nan Siri, Azi Minè, Masedwàn ak Jide. Men sa apot Pòl te ekri: “Mwen bliye bagay ki dèyè yo e mwen lanse dèyè bagay ki devan yo, m ap kouri pou m ka jwenn rekonpans lan.” (Flp. 1:10; 3:8, 13, 14). Toutpandan Pòl t ap pwofite lavi l antanke selibatè, li te ‘toujou sèvi Seyè a san l pa distrè’. (1 Kor. 7:32-35.) Menm jan ak apot Pòl, gen kèk sèvitè Bondye ki chwazi ret selibatè, konsa yo pa gen anpil responsablite nan fanmi yo, sa ki pèmèt yo bay tout yo menm nan travay Wayòm nan (Mat. 19:11, 12). Sèvitè Bondye ki marye yo konn gen plis responsablite nan fanmi yo. Sepandan, kit nou marye kit nou selibatè, nou tout ka “voye tout pwa lou jete” e n ka sèvi Bondye ak mwens distraksyon posib. Sa ka mande pou n retire nan aktivite ki konn fè n pèdi tan epi pou n fikse objektif pou n ogmante kantite tan nou pase nan sèvis Bondye a. w15 15/10 3:15, 16.

Vandredi 28 avril

Moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou. — 2 Tim. 3:13.

Pa gen okenn dout nan sa, istwa lèzòm pwouve verite ki gen nan pawòl sa yo nou li nan Bib la: “O Jewova, mwen byen konnen se pa lòm ki pou chwazi chemen l ap suiv. Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l.” (Jer. 10:23). Vrèmanvre, Jewova pa t kreye lèzòm ak kapasite pou yo dirije tèt yo san li, ni l pa t ba yo dwa sa a. Nonsèlman ti tan Bondye pèmèt mechanste gaye a montre jis nan ki pwen lèzòm pa ka dirije, men, tan sa a montre Bondye gen yon lòt objektif ki pral reyalize alalong. Tan sa a bay prèv se sèl gouvènman Bondye a ki ka reyisi. Apre Jewova fin elimine tout mechanste ansanm ak moun ki lakòz mechanste, Jewova pap gen okenn rezon pou l tolere yon rebelyon si yon moun ta vin rebele kont fason l ap dirije a ki plen lanmou. Li ka sèvi ak sa k te pase nan istwa lèzòm nan kòm bonjan rezon pou l elimine rebèl sa yo lapoula e l pap kite yo lakòz mechanste ankò. w15 15/11 3:5, 6.

Samdi 29 avril

Mwen swete pou Bondye lapè a [...] fè nou jwenn tout bon bagay pou nou fè volonte l. — Ebre 13:20, 21.

Jezi te renmen pale sou Wayòm Bondye a. Jan Bib la montre sa, li te pale plis sou Wayòm nan pase nenpòt lòt sijè, e l te pale sou li plis pase 100 fwa pandan ministè l. Wayòm nan te enpòtan anpil pou li (Mat. 12:34). Yon ti tan apre Bondye te fin resisite Jezi, Jezi te reyini ak 500 moun ki t apral vin pwoklamatè Wayòm nan (1 Kor. 15:6). Petèt se nan okazyon sa a li te bay lòd pou preche “moun tout nasyon” mesaj Wayòm nan ki te yon kokennchenn travay nan epòk la. Gwo travay sa a Jezi te anonse a t apral fèt rive jis nan “fen sistèm nan”, e nou ka wè pawòl sa yo se laverite. Sandout, ou menm tou w ap patisipe nan travay sa a e w ap bay patisipasyon pa w pou pèmèt pwofesi sa a reyalize (Mat. 28:19, 20). Epitou Bondye nou an fè n jwenn “tout bon bagay” pou ede n fè travay sa a. w15 15/11 5:1-3.

Dimanch 30 avril

Se non sa a m ap toujou genyen. — Egz. 3:15.

Moun ki etidye ansyen maniskri Labib ki ann ebre yo, tankou woulo yo te jwenn nan zòn Lanmè Mòt la, konn sezi wè kantite fwa Tetragram nan ki se kat lèt ki reprezante non Bondye a, parèt nan maniskri sa yo. Nonsèlman non Bondye parèt nan ansyen maniskri ebre sa yo, men l parèt nan kèk kopi Septant grèk la ki te ekri ant 2yèm syèk anvan epòk nou an ak 1ye syèk epòk nou an. Byenke gen anpil prèv klè ki montre non pèsonèl Bondye fè pati Bib la, gen anpil tradiksyon ki retire non sakre Bondye a nèt. Yo te pibliye tradiksyon Labib ki rele Revised Standard Version an an 1952. Yo te retire non Bondye nan tradiksyon sa a e konsa yo pa t suiv menm prensip ak editè ki te travay sou American Standard Version ki te parèt an 1901 an. Pou ki rezon? Men sa nou li nan entwodiksyon an: “Zafè sèvi ak yon non pwòp pou pale de sèl Bondye ki egziste a [...] pa gen anyen pou l wè ak lafwa tout Legliz kretyen ki gen sou tè a.” Gen anpil lòt tradiksyon ki te fè menm jan an, ni ann anglè, ni nan lòt lang. w15 15/12 2:3-5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje