Me
Lendi 1ye me
Yo te sezi pou bèl pawòl ki t ap sot nan bouch li. — Lik 4:22.
Nou ka imite bèl pawòl Jezi te di yo lè n montre n se moun ki janti, ki gen bon jan e ki pran santiman lòt moun an konsiderasyon. Lè Jezi te wè tout efò yon foul moun te fè pou vin koute l k ap pale, li te vin gen pitye pou yo e l te “kòmanse anseye yo anpil bagay”. (Mak 6:34.) Menm lè yo te joure Jezi, li pa t janm sèvi ak pawòl ki blesan (1 Pyè 2:23). Li ka difisil pou n pale avèk dousè epi pou n veye sou sa n ap di lè moun k ap koute n nan se yon moun nou konnen byen. Nou ka santi n lib pou n di tout sa k sou kè n. Sa kapab vre kit n ap pale ak yon manm fanmi nou kit n ap pale ak yon bon zanmi nan kongregasyon an. Èske Jezi te panse relasyon sere li te gen ak disip li yo te ba l dwa pou l pale byen di ak yo? Non, jamè! Lè disip ki te pi pwòch li yo te kontinye ap bay tèt yo pwoblèm konsènan kiyès nan yo ki pi enpòtan, Jezi te sèvi ak pawòl ki dous ansanm ak egzanp yon timoun piti pou l korije yo (Mak 9:33-37). Ansyen yo ka suiv egzanp Jezi lè yo bay konsèy “avèk dousè”. — Gal. 6:1. w15 15/12 3:15, 16.
Madi 2 me
Se pou nou kontinye gen lanmou pou frè yo. — Ebre 13:1.
Poukisa li enpòtan pou nou kontinye gen lanmou pou frè yo? Repons ki senp lan sèke Jewova mande pou nou youn renmen lòt. Nou pa ka di nou renmen Bondye, epi anmenmtan nou refize renmen frè nou (1 Jan 4:7, 20, 21). Anplis de sa, nou bezwen youn lòt. Sa sitou enpòtan lè gen pwoblèm. Pòl te konnen gen kèk nan kretyen ebre li t ap ekri yo ki t apral bezwen kite kay yo ak byen yo genyen nan yon ti tan ankò. Jezi te montre jis nan ki pwen moman sa a t ap difisil (Mak 13:14-18; Lik 21:21-23). Donk, plis pase nenpòt lè anvan sa, kretyen sa yo te bezwen vin gen plis afeksyon youn pou lòt (Wom. 12:9). Talè konsa, van destriksyon pi gwo tribilasyon ki pral genyen an pral frape tout kote (Mak 13:19; Rev. 7:1-3). Sa pa sifi pou n annik reyini ansanm regilyèman. Pòl te fè kretyen ebre yo sonje yo ta dwe sèvi ak okazyon sa yo pou youn pouse lòt gen “lanmou, [e] pou youn pouse lòt fè bèl aksyon”. — Ebre 10:24, 25. w16.01 1:6-8.
Mèkredi 3 me
Yo tout vin ranpli ak lespri sen. — Tra. 2:4.
Se te nan ane 33 epòk nou an e se te jou Pannkòt la. Gen yon gwoup ki gen anviwon 120 kretyen ki te rasanble nan yon chanmòt nan Jerizalèm pou yo “pèsevere nan lapriyè”. (Tra. 1:13-15.) Sa k t apral rive yo a te akonpli yon pwofesi pwofèt Jowèl te bay (Jow. 2:28-32; Tra. 2:16-21). Lespri sen Bondye te desann sou gwoup kretyen sa yo ki te rasanble nan chanmòt la (Tra. 1:8). Yo te kòmanse pwofetize oswa bay temwayaj konsènan bèl bagay yo te wè e yo te tande yo. Apot Pyè te fè yon foul moun, ki te vin rasanble, konnen siyifikasyon sa k te pase a. Apre sa, li te di moun yo: “Se pou nou repanti, e se pou nou chak batize nan non Jezi Kris pou nou jwenn padon pou peche nou, e n ap resevwa lespri sen kòm kado.” Antou, gen anviwon 3 000 moun ki te aksepte envitasyon an jou sa a, yo te batize e yo te resevwa lespri sen. — Tra. 2:37, 38, 41. w16.01 3:1-3.
Jedi 4 me
Nenpòt moun ki manje pen an oswa ki bwè nan koup Seyè a yon fason ki pa konvnab, l ap koupab anrapò ak kò Seyè a e anrapò ak san l. — 1 Kor. 11:27.
Ki pwen apot Pòl te vle fè soti nan vèsè sa a? Yon kretyen Bondye chwazi ki pa gen bon relasyon ak Jewova ap montre l pa gen respè pou Jewova si l ta manje pen an e li bwè nan diven an (Ebre 6:4-6; 10:26-29). Yon avètisman konsa ede kretyen Bondye chwazi yo sonje yo poko kenbe rekonpans yo a byen di. Yo bezwen kontinye kouri pou yo ka “jwenn rekonpans lan, sètadi apèl selès Bondye fè pa mwayen Kris Jezi a”. (Flp. 3:13-16.) Lespri sen te pouse Pòl sipliye kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo “mache yon fason ki konfòm ak apèl [yo] te resevwa a”. Ki jan yo t ap ka fè sa? Pòl te kontinye pou l di: “Avèk yon imilite ak yon dousè ki konplè, avèk pasyans, toutpandan youn ap sipòte lòt nan lanmou, e toutpandan n ap fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a.” (Efe. 4:1-3). Lespri Jewova fè moun gen imilite, li pa fè moun gen ògèy. — Kol. 3:12. w16.01 4:5, 6.
Vandredi 5 me
[Bondye] te teste Abraram. — Jen. 22:1.
Imajine Abraram ki gen anviwon 125 an k ap mache tou dousman pou l monte yon mòn. Izarak, pitit gason l ki te gen anviwon 25 an lè sa a, t ap mache dèyè l. Izarak t ap pote bwa pou yo fè dife e Abraram te pote yon kouto ak kèk bagay pou fè dife. Sanble vwayaj sa a se vwayaj ki te pi difisil Abraram te fè nan lavi l. Se pa paske l te granmoun, piske l te gen anpil fòs toujou. Olye de sa, vwayaj sa a te difisil paske Jewova te mande l ofri pitit gason l lan kòm sakrifis (Jen. 22:1-8). Sanble se vwayaj sa a ki te mete lafwa Abraram anba plis eprèv. Men, Abraram pa t annik obeyi Bondye je fèmen oubyen san l pa reflechi. Li te obeyi paske l te gen bonjan lafwa. Li te konnen Jewova pa t ap janm mande l fè yon bagay ki te ka lakòz yon seri domaj ki pa ka repare. Abraram te konnen depi l obeyi Jewova, Jewova t ap beni ni li menm, ni pitit gason l lan. Sou ki sa lafwa Abraram te genyen an te chita? Li te chita sou konesans ak eksperyans. w16.02 1:3, 4.
Samdi 6 me
Mwen se esklav Jewova! Se pou sa rive m jan w di a. — Lik 1:38.
Mari te gen pou l vin ansent, pou l vin manman Pitit gason Bondye a e pou l pran swen l! Byen souvan, nou konn pale de gwo onè Bondye te fè Mari a. Men, ki kèk enkyetid Mari te genyen? Pa egzanp, zanj Gabriyèl te di l l ap vin ansent san l pa gen relasyon ak yon gason. Men, Gabriyèl pa t di Mari l ap esplike fanmi l ak vwazen l yo ki jan l te fè vin ansent. Ki sa yo t apral panse? Ki jan l t apral rive konvenk Jozèf li pa t gen relasyon ak yon gason? Mete sou sa, leve Pitit gason Bondye a se yon gwo responsablite! Se vre, nou pa konn tout enkyetid Mari te genyen, men, nou konn sa l te fè apre Gabriyèl te fin pale avè l. Li te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. — Lik 1:26-37. w16.02 2:13, 14.
Dimanch 7 me
Ouchayi, yon Akit, te vin rankontre l ak rad li chire de bò e te gen pousyè sou tèt li. — 2 Sam. 15:32.
Ouchayi se te youn nan zanmi fidèl wa David yo. Lè kèk moun te vle fè Absalon vin wa, Ouchayi te bezwen gen kouraj pou l te ka ret fidèl ni ak David ni ak Bondye. Li te konnen Absalon te vin Jerizalèm ak sòlda l yo epi David te kouri kite vil la (2 Sam. 15:13; 16:15). Men, ki sa Ouchayi te fè? Èske l te abandone David epi l pran pou Absalon? Non. Aktout David te fin granmoun e anpil moun te vle touye l, Ouchayi te ret fidèl ak David paske l te konnen se Jewova ki te chwazi David kòm wa. Konsa, Ouchayi t al rankontre David sou Mòn Oliv (2 Sam. 15:30). David te mande Ouchayi pou l retounen Jerizalèm e pou l pran pòz li se zanmi Absalon yon fason pou l konvenk Absalon pou l fè l koute konsèy li yo olye l koute konsèy Ayitofèl yo. Se konsa Ouchayi te met kouraj sou li e l te riske lavi l pou l obeyi David e pou l ret fidèl ak Jewova. David te priye Jewova pou l ede Ouchayi e Jewova te ede Ouchayi. Absalon te koute Ouchayi e l pa t koute Ayitofèl. — 2 Sam. 15:31; 17:14. w16.02 4:15, 16.
Lendi 8 me
Jewova, Bondye nou an, ap vide yon pakèt benediksyon sou nou si nou koute vwa l. — Det. 28:2.
Antanke kretyen, enstriksyon Jewova te bay nan Lalwa Moyiz la kapab itil nou. Nan ki sans? Ebyen, nou kapab kanpe pou n gade nan prensip nou jwenn nan Lalwa Bondye te bay la. Menmsi nou pa oblije suiv lwa sa yo ankò, nou kapab toujou sèvi ak anpil nan yo pou gide n chak jou nan lavi n e pou n adore Jewova. Bondye te fè ekri lwa sa yo nan Bib la yon fason pou n ka aprann nan leson ki ladan yo, pou n kite prensip yo genyen yo gide nou e pou n montre n rekonesan dèske Jezi te anseye nou yon bagay ki gen plis enpòtans pase Lalwa. Koute sa Jezi te di: “Nou tande yo te di: ‘Nou pa dwe fè adiltè.’ Men mwen menm, men sa m di nou: Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” Konsa, se pa sèlman fè nou pa dwe fè adiltè, men, nou dwe rejte panse ak dezi ki imoral yo. — Mat. 5:27, 28. w16.03 4:6, 8.
Madi 9 me
Chwazi yon wa pou dirije nou. — 1 Sam. 8:5.
Samyèl te tèlman renka pou l fè sa pèp la mande a opwen pandan twa fwa Jewova te wè l nesesè pou l di l koute pèp la (1 Sam. 8:7, 9, 22). Aktout li te renka, Samyèl pa t kite kòlè oswa rankin pran rasin nan kè l kont moun ki t apral ranplase l la. Lè Jewova te di l pou l vide luil sou tèt Sayil pou l chwazi l, pwofèt la te obeyi, li pa t annik kontante l fè sa paske l te oblije men l te dispoze fè sa avèk lanmou. Menm jan ak Samyèl, jodi a, ansyen ki gen eksperyans yo demontre yon dispozisyon ki plen lanmou anvè moun y ap bay fòmasyon yo (1 Pyè 5:2). Ansyen sa yo pa ezite bay fòmasyon akoz yo pè pou moun y ap fòme yo pa pran kèk privilèj yo te genyen nan kongregasyon an. Anseyan ki dispoze yo pa konsidere moun ki vle jwenn fòmasyon yo kòm moun ki nan konpetisyon ak yo, men, yo konsidere yo kòm “konpayon travay” yo, kòm kado ki gen anpil valè pou kongregasyon an (2 Kor. 1:24; Ebre 13:16). Epitou, se pa ti kontan anseyan sa yo, ki pa egoyis, kontan lè yo wè jan moun y ap bay fòmasyon yo sèvi ak kapasite yo pou byennèt kongregasyon an! — Tra. 20:35. w15 15/4 1:16, 17.
Mèkredi 10 me
M ap disipline w nan degre w merite a. — Jer. 30:11.
Wa Azarya “te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova”. Sepandan, “Jewova te frape wa a, e wa a te vin gen lèp jiskaske l mouri”. (2 Wa 15:1-5.) Pou ki rezon? Istwa a pa di anyen sou sa. Èske sa ta dwe ban n pwoblèm oswa èske n ta dwe ap chèche konnen si wi ou non Jewova te pini Azarya san okenn rezon valab? Nou pap fè sa si n byen konn fason Jewova konn aji. Yo te konn rele Azarya Ouziya tou (2 Wa 15:7, 32). Nan yon lòt istwa nou jwenn nan 2 Kwonik 26:3-5, 16-21, nou aprann byenke Ouziya te konn fè sa ki dwat nan je Jewova pandan yon tan, rive yon lè, “li te vin gen ògèy nan kè l, e sa te lakòz malè tonbe sou li”. Lefètke Ouziya te gen ògèy, li t al dèyè fè travay prèt yo, yon seri travay ki pa t anba otorite l. Gen 81 prèt ki te vle anpeche l fè aksyon sa a. Ki fason Ouziya te reyaji? Li te montre jis nan ki pwen l vin gen ògèy. Bib la di l te “vin fache anpil” kont prèt yo. Kidonk, nou pa sezi dèske Jewova te lage lèp sou li! w15 15/4 3:8, 9.
Jedi 11 me
Yo pimpe gwo dragon an sou tè a, li menm ki premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an, li menm k ap twonpe lemonnantye a. — Rev. 12:9.
Jan tèks pou jounen an montre sa, yo rele Satan Dyab ki vle di “Medizan”. Tit sa a fè n sonje Satan te lage vèni sou Jewova lè l te di Jewova se yon mantè. Ekspresyon “premye sèpan an” fè n sonje jou terib sa a kote Satan te sèvi ak yon sèpan pou l twonpe Èv. Ekspresyon “gwo dragon an” fè n panse ak yon mons ki fè moun pè anpil e l byen mache ak gwo anvi Satan genyen pou l kontrekare objektif Jewova epi pou l detwi pèp Jewova a. Vrèmanvre, se Satan ki pi gwo menas pou entegrite nou. Bib la gen bonjan rezon lè l ankouraje n konsa: “Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun.” (1 Pyè 5:8). Sandout Satan kontan lè youn nan sèvitè Bondye yo fè yon peche grav e l ka sèvi ak viktwa sa a pou l pwovoke Jewova. — Pwo. 27:11. w15 15/5 1:3, 4, 10.
Vandredi 12 me
Lanmou pou lajan se youn nan rasin tout kalite move bagay. — 1 Tim. 6:10.
Jewova vle pou n viv alèz e n wè sa byen klè lè n konsidere bèl anviwònman li te kreye pou Adan ak Èv la (Jen. 2:9). Sepandan, Satan ka sèvi ak “pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” nan pou l eksplwate dezi nou yo (Mat. 13:22). Gen anpil moun ki panse lajan ka fè yo kontan oswa yo panse y ap reyisi lè yo gen anpil byen materyèl. Kalite panse sa a se yon manti kri e l ka fè n pèdi byen nou genyen ki pi enpòtan an, anpalan de amitye n ak Jewova. Men ki avètisman Jezi te bay disip li yo: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, swa l ap rayi youn e l ap renmen lòt la, oubyen l ap atache ak youn e l ap meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” (Mat. 6:24). Si se lajan nou esklav konnen n sispann sèvi Jewova, e se egzakteman sa Satan ta renmen nou fè! Pinga n janm bay lajan oswa bagay lajan ka achte yo plis enpòtans pase amitye nou ak Jewova. Pou n lite kont Satan, nou dwe kontinye gen yon pwennvi ekilibre sou bagay materyèl. — 1 Tim. 6:6-10. w15 15/5 2:12.
Samdi 13 me
Si yon manm ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l. — 1 Kor. 12:26.
Li pa toujou fasil pou n konprann soufrans lòt moun ap andire. Gen anpil moun k ap fè fas ak yon seri pwoblèm nou pa janm konn rankontre. Gen kèk k ap fè fas ak pwoblèm fizik akoz aksidan, maladi oswa laj. Gen lòt k ap fè fas ak eprèv nan domèn moral akoz depresyon, kriz panik oswa efè abi seksyèl kite. Mete sou sa, gen moun k ap viv nan fanmi ki divize nan kesyon relijyon oswa k ap viv ak yon sèl paran. Chak moun gen pwoblèm pa yo e byen souvan, se pwoblèm nou pa janm rankontre. Nan ka sa a, ki jan n ka imite lanmou Bondye? Nou ka fè sa lè n pran san n pou n koute jiskaske n rive konprann santiman lòt moun omwen nan kèk aspè. Sa ap pouse nou imite lanmou Jewova lè n aji selon bezwen an. Se vre chak moun gendwa pa gen menm bezwen, men, nou ka anmezi pou n ba yo ankourajman nan domèn espirityèl ansanm ak kèk lòt èd ki pratik. — Wom. 12:15; 1 Pyè 3:8. w15 15/5 4:6, 7.
Dimanch 14 me
Kris se pisans Bondye. — 1 Kor. 1:24.
Se Jewova li menm ki bay Kris pisans sa a. Donk, nou gen bonjan rezon pou n kwè Bondye Toupisan an ka kontwole tout fòs natirèl yo. Ann pran kèk egzanp. Men sa Jewova te di anvan delij la: “Nan sèt jou ankò, m ap fè lapli tonbe sou tè a pandan 40 jou ak 40 nuit.” (Jen. 7:4). Menm jan an tou, men sa nou li nan Egzòd 14:21: “Jewova sèvi ak yon gwo van ki te soti nan direksyon lès [...] pou l fè lanmè a fè bak.” Epi, nan Jonas 1:4, Bib la fè konnen: “Jewova voye yon gwo van sou lanmè a, e te vin gen yon gwo tanpèt sou lanmè a, sa te fè bato a prèske koule.” Sa vrèman ankourajan dèske n konnen Jewova ka kontwole fòs natirèl yo. Vrèmanvre, avni planèt tè a nan men yon bon moun. Se pa ti bèl sa bèl lè n panse ak moman kote pap gen okenn fòs natirèl ki pral touye oswa fè moun andikape paske “tant Bondye a [pral] avèk lèzòm”. (Rev. 21:3, 4.) Nou kapab gen asirans, pandan Rèy mil an an, pisans Bondye pral demontre pa mwayen Kris la ap kontwole tout fòs natirèl yo. w15 15/6 1:15, 16.
Lendi 15 me
Rete lwen fi [imoral] sa a, pa al toupre antre kay li — Pwo. 5:8.
Pwovèb chapit 7 esplike danje ki genyen lè yon moun pa suiv konsèy sa a. Nan chapit sa a, yo pale de yon jennonm ki t al pwonmennen toupre kay yon fi ki imoral (Pwo. 7:6-27). Konsa, yo te tonbe nan imoralite seksyèl. Èske pafwa nou gendwa montre nou manke bon konprann nan menm sans lan, petèt lè n twouve nou nan sitiyasyon ki ka eveye move dezi lakay nou? Pa egzanp, gendwa pa gen okenn limit nan pwogram y ap pase nan televizyon yo nan aswè. E si w ap chanje chèn pou w ka wè sa y ap bay? Petèt ou gendwa al sou Entènèt san w pap chèche anyen vre oswa w gendwa al sou yon sit pou w fè konvèsasyon e sou sit sa a ou jwenn envitasyon pou w al sou yon sit ki gen pònografi oswa ki gen lòt bagay ki gen rapò ak sèks. Èske sitiyasyon sa yo pa ka fè n tonbe sou yon bagay ki ka eveye move dezi lakay nou e ki ka fè n pèdi fòs nan lit n ap mennen pou n rete pwòp la? w15 15/6 3:8, 9.
Madi 16 me
Padone dèt nou. — Mat. 6:12.
Poukisa Jezi te sèvi ak mo “dèt” la alòske nan yon lòt okazyon li te sèvi ak mo “peche” a (Mat. 6:12, nòt; Lik 11:4)? Sa gen plis pase 60 an depi Toudegad te bay bèl esplikasyon sa a: “Lè n peche kont lwa Bondye yo, sa fè n vin gen yon dèt anvè l [...]. Bondye te ka menm reklame lavi nou akoz peche nou fè yo [...]. Li te ka fè n pèdi lapè li bay la epi l te ka kraze relasyon pezib nou gen avè l la. [...] Nou gen obligasyon pou n renmen l epi pou n montre sa lè n obeyi l; epi, lè n fè yon peche nou pa respekte dèt nou gen anvè l pou n renmen l lan paske peche se yon mank lanmou pou Bondye.” (1 Jan 5:3). Lefètke n bezwen pou Bondye padone nou chak jou, sa montre Bondye kapab efase peche nou yo sou yon sèl baz legal anpalan de sakrifis ranson Jezi a. Byenke sa gen prèske 2 000 an depi yo te peye ranson sa a, nou ta dwe ancheri l kòm yon kado yo ban nou jodi a. “Ranson” yo te bay pou lavi nou an “tèlman gen anpil valè” opwen pa t gen anyen okenn moun enpafè te kapab fè pou l ta rive peye menm yon tikal ladan l pou nou. — Sòm 49:7-9; 1 Pyè 1:18, 19. w15 15/6 5:9, 10.
Mèkredi 17 me
M ap fè kote m met pye m nan gen anpil glwa. — Eza. 60:13.
Nan travay predikasyon an, se pa ti kontan n kontan ofri moun yo piblikasyon pratik, ki touche kè yo e ki atiran! Anplis de sa, lè n sèvi ak dènye teknoloji ki genyen an, pa egzanp sit Entènèt jw.org la, pou n gaye verite a, nou reflete enterè Jewova demontre anvè moun tout kote paske n fè pifò nan yo jwenn direksyon yo bezwen e yo pa genyen. Nou pa ka bliye sajès ki genyen nan dispozisyon yo te pran pou pèmèt nou gen yon sware adorasyon an fanmi oswa plis tan pou n fè etid pèsonèl. Anplis de sa, nou apresye chanjman ki fèt nan pwogram kongrè ak pwogram asanble yo. Byen souvan nou konn di yo vin pi bèl chak ane! E sandout nou kontan resevwa bonjan fòmasyon y ap bay nan pakèt lekòl teyokratik nou yo. Nou wè men Jewova byen klè nan tout chanjman sa yo. Tikras pa tikras, Jewova ap anbeli òganizasyon l lan ak paradi espirityèl nou ladan l jodi a! w15 15/7 1:16, 17.
Jedi 18 me
Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou. — Lik 10:27.
Si w pa fin byen konn fason w ta dwe konpòte w nan yon sitiyasyon kèlkonk, li t ap saj pou w mande tèt ou: ‘Ki sa Jezi t ap fè?’ Nasyon Jezi te fèt la te chaje ak moun ki soti nan tout zòn: Jide, Galile, Samari ak lòt ankò. Selon sa Bib la fè konnen, te konn gen tansyon nan mitan moun sa yo ki te soti plizyè kote (Jan 4:9). Te gen pwoblèm ant Farizyen yo ak Sadiseyen yo (Tra. 23:6-9), ant pèp la ak pèseptè yo (Mat. 9:11), epi ant moun ki te resevwa fòmasyon nan lekòl raben yo ak moun ki pa t resevwa fòmasyon sa yo (Jan 7:49). Nan premye syèk la, nasyon Izrayèl la te anba dominasyon women yo ki t ap toupizi pèp la. Byenke Jezi t ap defann laverite e l t ap fè konnen delivrans lan se nan Juif yo l ap soti, li pa t janm ankouraje disip li yo antre nan rivalite (Jan 4:22). Olye de sa, li te ankouraje yo pou yo renmen tout moun kòm pwochen yo. w15 15/7 3:5.
Vandredi 19 me
Jewova avè m, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m? Jewova avè m, se li k ap ede m. — Sòm 118:6, 7.
Bondye te kreye lèzòm ak anvi pou yo demontre lanmou e pou moun renmen yo. Li fasil pou n vin dekouraje si evènman nou pa prevwa, desepsyon, pwoblèm sante, pwoblèm ekonomik oswa move rezilta nou jwenn nan ministè a ta fè n pa konble anvi sa a. Si n kòmanse santi Jewova pa renmen nou, l ap bon pou n sonje nou gen anpil valè nan je l epi l ap toujou “kenbe men dwat” nou e l ap toujou ede n. Si n fidèl anvè l, li pap janm bliye n (Eza. 41:13; 49:15). Brigitte, se yon sè ki te leve de timoun poukont li apre mari l fin mouri. Men sa l di: “Leve timoun se youn nan bagay ki pi difisil nan sistèm Satan an, sitou pou yon paran selibatè. Men m gen konviksyon Jewova renmen m paske l gide m nan moman dlo ap koule nan je m ak nan moman tristès yo, e l pa janm kite m tante plis pase sa m ka sipòte.” — 1 Kor. 13:10. w15 15/8 1:1-3.
Samdi 20 me
Kontinye tann. — Aba. 2:3.
Pwofèt Abakouk te jwenn misyon pou l pwofetize konsènan destriksyon Jerizalèm. Nan epòk li te kòmanse pwofetize a te gentan gen plizyè ane ki pase depi yo t ap anonse destriksyon vil sa a. Vil la te rive nan yon pwen kote ‘mechan yo te antoure moun ki jis yo epi pa t gen jistis ankò’ ditou. Donk, nou pa sezi dèske Abakouk te di: “O Jewova, konbyen tan pou m fè ap rele w pou m mande w sekou?” Jewova te bay pwofèt fidèl li a asirans destriksyon l te predi a “pap anreta”. (Aba. 1:1-4.) Ann sipoze Abakouk ta vin dekouraje epi l ta kòmanse panse konsa: ‘M gen plizyè ane depi m tande y ap pale konsènan destriksyon Jerizalèm. E si destriksyon sa a lwen toujou? Sanble l pa reyalis pou m kontinye ap pwofetize kòmsi vil la pral detwi bridsoukou. Ban m kite travay sa a nan men lòt moun.’ Si Abakouk te konn reflechi konsa li t ap pèdi pozisyon l te gen devan Jewova a, e petèt, li te ka pèdi lavi l lè Babilónyen yo te detwi Jerizalèm. w15 15/8 2:12, 13.
Dimanch 21 me
Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen. — 1 Kor. 15:33.
Pou n pa pèdi bon abitid nou, nou pa dwe nan zanmitay ak moun k ap pratike bagay ki pa bon. Sa aplikab nonsèlman nan ka moun ki pa kwayan k ap fè bagay ki mal, men tou, nan ka moun ki pretann y ap adore Jewova e ki pran plezi pase lwa l yo anba pye. Si swadizan kretyen sa yo lage kò yo nan fè peche ki grav e yo pa repanti, nou pa dwe kontinye gen amitye ak yo (Wom. 16:17, 18). Si n nan fè zanmi ak moun ki pap obeyi lwa Bondye yo, nou gendwa vin gen tandans fè menm bagay ak yo nan entansyon pou yo aksepte n. Pa egzanp, si n nan fè zanmi ak moun k ap pratike imoralite seksyèl, nou ka vin gen tandans pratike imoralite tou. Sa te rive kèk kretyen ki te vwe lavi yo bay Jewova, e gen kèk nan yo ki te eskominye paske yo pa t repanti (1 Kor. 5:11-13). Si yo pa repanti, sitiyasyon yo ka vin menm jan ak sa Pyè te di a. — 2 Pyè 2:20-22. w15 15/8 4:4-6.
Lendi 22 me
Nou se zanmi m si nou fè sa mwen ban nou lòd fè. — Jan 15:14.
Lè Jezi t ap chwazi zanmi l yo, li pa t fè sa konsa konsa. Jezi te chwazi zanmi sa yo pami moun ki t ap suiv li fidèlman e ki t ap sèvi Jewova ak tout kè yo. Èske ou menm tou w chwazi bon zanmi w yo pami moun k ap sèvi Jewova ak tout kè yo? Poukisa sa enpòtan? Anbyans ki gen nan kominote frè nou fòme a ka ede w pwogrese pou w vin gen matirite. Petèt ou se yon jèn k ap eseye deside ki sa w pral fè ak lavi w. Se pa ti saj w ap montre w saj si w fè zanmi ak kwayan parèy ou ki gentan fè anpil eksperyans nan sèvis Jewova a nan fason yo kontribye pou gen inite nan kongregasyon an! Tank ane yo ap pase, moun sa yo ka viv kèk bon moman oswa move moman nan lavi a e yo ka menm fè fas ak difikilte nan sèvis Bondye a. Moun sa yo ka ede w chwazi pi bon fason pou w viv. Bonjan zanmitay ak frè ak sè sa yo ka ede w pran desizyon ki saj epi grandi pou w atenn matirite. — Ebre 5:14. w15 15/9 1:14, 15.
Madi 23 me
Kenbe tèt ak [Dyab la], rete fèm nan lafwa. — 1 Pyè 5:9.
Jezi te bati lafwa disip li yo ni nan pawòl li ni nan aksyon l (Mak 11:20-24). Nou dwe suiv egzanp li paske lè n ede lòt moun bati lafwa yo sa fè lafwa n vin pi solid tou (Pwo. 11:25). Lè w ap preche ak lè w ap anseye, met aksan sou prèv ki montre Bondye egziste, l ap pran swen nou epi Bib la se Pawòl Bondye te fè ekri. Ede frè ak sè w yo fè lafwa yo vin pi solid tou. Si nenpòt nan yo ta bay yon siy ki montre yo gen dout, petèt lè yo kòmanse ap plenyen kont frè nome yo, pa kouri abandone yo. Olye de sa, ofri yo èd ou avèk respè, ede yo franchi etap k ap pèmèt yo fè lafwa yo vin solid ankò (Jid 22, 23). Si w nan lekòl kote yo konn pale sou teyori evolisyon an, met kouraj sou ou pou w defann lafwa w gen nan kreyasyon an. Ou gendwa sezi pou w wè ki efè pawòl ou ka gen sou lòt moun. Jewova ede nou tout kenbe fèm nan lafwa (1 Pyè 5:10). Sa vo lapenn pou n fè efò pou n bati lafwa nou paske pa gen anyen ki ka konpare ak rekonpans n ap jwenn pou lafwa nou. w15 15/9 3:20, 21.
Mèkredi 24 me
Syèl la fè konnen glwa Bondye genyen, syèl la montre travay li fè ak men l. — Sòm 19:1.
Jodi a, nou santi n beni dèske n konn anpil bagay konsènan travay kreyasyon Jewova a ansanm ak fason objektif li ap reyalize. Monn nan ap fè pwopagann pou gwo etid ak gwo fòmasyon. Men, dapre eksperyans anpil moun fè, nou rann nou kont lè yon moun ap kouri dèyè bagay sa yo, byen souvan, sa lakòz yo vin pèdi lafwa ak lanmou pou Bondye. Sepandan, nonsèlman Bib la ankouraje n renmen konesans, men, li ankouraje n chèche gen sajès ak bon konprann tou. Sa vle di pou n aprann kòman pou n sèvi ak konesans Bondye ban nou an yon fason k ap ede nou menm ak lòt moun (Pwo. 4:5-7). Bondye “vle pou tout kalite moun sove e [pou] yo gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:4.) Nou montre n renmen Jewova lè n preche tout moun bon nouvèl Wayòm nan ak tout kè n ak lè n al ede moun yo konprann kokenn objektif Bondye gen pou limanite a. — Sòm 66:16, 17. w15 15/9 5:10, 11.
Jedi 25 me
Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou. — Wom. 15:4.
Reflechi ak sitiyasyon ki vin apre yo ki montre kalite lafwa Eli te genyen nan Jewova. Lè Eli t ap fè wa Ahab konn entansyon Jewova genyen pou l fè yon sechrès, avèk asirans, li te di l: “Menm jan li klè Jewova [...] vivan, [...] pap gen ni lawouze ni lapli toutotan m pa bay lòd pou sa fèt!” (1 Wa 17:1). Eli te gen konfyans Jewova t ap bay ni li menm ni lòt moun tout sa yo bezwen pandan sechrès la (1 Wa 17:4, 5, 13, 14). Li te gen konfyans Jewova te ka leve yon timoun ki mouri (1 Wa 17:21). Li pa t gen okenn dout Jewova t ap voye dife pou boule sakrifis li t ap fè sou mòn Kamèl la (1 Wa 18:24, 37). Apre sechrès la, menm lè pa t gen anyen ki montre lapli t apral tonbe, Eli te di Ahab: “Monte, manje epi bwè, paske m tande bri yon gwo lapli.” (1 Wa 18:41). Èske istwa sa yo pa fè n egzamine tèt nou pou n wè si n gen yon lafwa ki solid konsa? w15 15/10 2:4, 5.
Vandredi 26 me
Reflechi sou bagay sa yo. — 1 Tim. 4:15.
Kapasite lèzòm genyen pou yo pale yon lang se yon kado Bondye ba yo, se yon mirak (Sòm 139:14; Rev. 4:11). Sèvo Bondye ban nou an san parèy pou yon lòt rezon ankò. Kontrèman ak bèt yo, Bondye kreye lòm “pòtre ak li”. Lèzòm gen libète pou yo chwazi e yo kapab sèvi ak kapasite yo genyen pou yo pale a pou yo bay Bondye glwa (Jen. 1:27). Bondye bay tout moun ki vle onore l antanke Sila a ki kreye lang lan yon bèl kado, anpalan de Labib. Bib la disponib ann antye oswa an pati nan anviwon 2 800 lang. Lè w etidye liv sakre sa yo, w ap ranpli lespri w ak panse Bondye (Sòm 40:5; 92:5; 139:17). Konsa, w ap kapab pran plezi medite sou bagay ki “kapab ba w sajès k ap pèmèt ou delivre”. (2 Tim. 3:14-17.) Medite vle di fikse panse w sou yon bagay, egzamine l oswa reflechi sou li, kit se yon bon bagay, kit se yon move bagay (Sòm 77:12; Pwo. 24:1, 2). Medite sou Jewova Dye ak Pitit Gason l lan, Jezi Kris, se pi bon meditasyon nou ka fè. — Jan 17:3. w15 15/10 4:2-4.
Samdi 27 me
Si yon moun pa konn ki jan pou l dirije pwòp kay li, ki jan l ap fè pran swen kongregasyon Bondye a? — 1 Tim. 3:5.
Kit se nan pawòl kit se nan egzanp, Jezi te bay disip li yo fòmasyon pou yo sèvi lòt moun avèk imilite (Lik 22:27). Li te anseye apot li yo pou yo demontre lespri sakrifis nan sèvis y ap bay Jewova a ak nan relasyon yo gen ak kwayan parèy yo. Grasa egzanp ou bay ak lespri sakrifis ou demontre avèk imilite, ou ka aprann pitit ou fè menm jan an. Men sa Debbie, yon manman ki gen de pitit, te di: “M pa janm santi m jalou akoz tan mari m konn pase ak lòt moun antanke ansyen. M konnen nenpòt lè fanmi an bezwen l, l ap la pou nou.” Men sa Pranas, mari Debbie a, te ajoute: “Pi devan, pitit nou yo te vin chofe pou yo patisipe nan asanble yo ak nan lòt aktivite espirityèl. Yo te fè bonjan pwogrè, yo te vin gen zanmi e yo te santi yo lakay yo!” Kounye a, tout fanmi an ap sèvi Jewova nan sèvis aplentan. Timoun ou yo ap ka aprann sèvi lòt moun lè yo wè fason w montre w gen imilite ak lespri sakrifis. w15 15/11 1:9.
Dimanch 28 me
Kalite [Bondye] yo ki envizib, sètadi pisans li ki etènèl e lefètke se li menm reyèlman ki Bondye, parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo. — Wom. 1:20.
Jewova gen plizyè fason l demontre kokenn lanmou l genyen an. Pa egzanp, fè yon ti reflechi ak grandè linivè. Gen plizyè milya galaksi e nan chak galaksi gen plizyè milya zetwal ak planèt. Solèy nou an se youn nan zetwal ki gen nan galaksi nou an ki rele Lavwa lakte, e si solèy la pa t la, tout fòm vi ki gen sou tè a pa t ap egziste. Tout bagay sa yo bay prèv Jewova se Bondye e yo reflete kalite Jewova yo tankou pisans, sajès ak lanmou. Tout sa Jewova kreye sou tè a, li kreye yo pou byennèt kreyati l fè pou viv sou tè a. Li te fè yon bèl jaden ki se yon paradi pou lèzòm e l te ba yo yon lespri ak yon kò pafè yon fason pou yo viv pou toutan (Rev. 4:11). Mete sou sa, “li bay tout sa k vivan manje pou yo manje, paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan”. — Sòm 136:25. w15 15/11 3:7, 8.
Lendi 29 me
Mwen avèk nou. — Mat. 28:20.
Pandan ane ki sot pase yo Wa nou an te ban nou plizyè zouti ki te ede n prepare kè plizyè milyon moun pou yo resevwa mesaj Wayòm nan. Gen kèk nan zouti sa yo ki te itil pandan kèk dizèn ane, alòske gen lòt ki itil jiska prezan. Men, tout zouti sa yo te ede n vin pi maton nan travay predikasyon an yon fason oswa yon lòt. Youn nan zouti ki te ede anpil moun kòmanse nan travay predikasyon an se te kat pou bay temwayaj la, yon kat pwoklamatè Wayòm yo te kòmanse itilize nan ane 1933. Kat la te gen yon mesaj tou kout ki baze sou Bib la. Kat temwayaj la te itil plizyè fason. Aktout kèk pwoklamatè te byen anvi patisipe nan travay predikasyon an, yo te timid e yo pa t konn sa pou yo di. Gen lòt menm ki te konn esplike moun yo tout sa yo te konnen nan kèk minit sèlman, men, yo pa t konn ki jan pou yo pale san yo pa blese santiman moun yo. Tandiske, ak yon tikras pawòl byen chwazi, kat pou bay temwayaj la “te pale” pou pwoklamatè yo. w15 15/11 5:3-6.
Madi 30 me
Se pou yo louwe non Jewova. — Sòm 148:13.
Gen anpil vèsè nan Bib la ki montre enpòtans non Bondye ak jan l enpòtan pou non sa a vin sen (Egz. 3:15; Sòm 83:18; Eza. 42:8; 43:10; Jan 17:6, 26; Tra. 15:14). Jewova Dye, Sila a ki fè ekri Bib la, te fè moun ki te patisipe nan ekri l yo sèvi ak non l san pwoblèm (Eze. 38:23). Lè yon moun retire non Bondye nan Bib la, yon non ki parèt plizyè milye fwa nan ansyen maniskri yo, moun sa a montre l pa gen okenn respè pou Moun ki te fè ekri Bib la. Nou kontinye jwenn plis prèv ki montre l enpòtan pou n kite non Bondye nan Bib la. Non Bondye parèt 7 216 fwa nan edisyon revize 2013 Tradiksyon monn nouvo a, sa ki fè l parèt 6 lòt kote anplis pase edisyon 1984 la. Senk nan kote sa yo se 1 Samyèl 2:25; 6:3; 10:26; 23:14, 16. Rezon prensipal ki fè yo remete l nan vèsè sa yo se paske gen non an nan vèsè sa yo nan woulo yo te jwenn nan Lanmè Mòt yo, yon seri woulo ki egziste depi plis pase 1 000 an anvan tèks Masorèt ebre a. Mete sou sa, rezilta kèk etid nou fè nan ansyen maniskri yo pèmèt nou remete non an nan Jij 19:18. w15 15/12 2:5, 6.
Mèkredi 31 me
Se pou nou kontinye gen lanmou pou frè yo. — Ebre 13:1.
Nou bezwen vin gen lanmou pou frè yo depi kounye a paske sa ap ede n nan kèlkeswa eprèv oswa tribilasyon nou kapab rankontre alavni. Menm depi kounye a, anvan gwo tribilasyon an eklate, nou vrèman bezwen gen lanmou pou frè yo. Gen anpil nan frè nou yo k ap fè fas ak tranblemanntè, inondasyon, siklòn, sounami oswa lòt katastwòf natirèl. Gen kèk frè k ap soufri akoz opozisyon ak pèsekisyon (Mat. 24:6-9). Mete sou tout bagay sa yo, se chak jou n ap fè fas ak pwoblèm ekonomik akoz n ap viv nan yon monn ki kòwonpi (Rev. 6:5, 6). Tank pwoblèm sa yo ap ogmante se tank n ap vin gen plis okazyon pou n demontre gwo lanmou nou gen pou frè yo. Nou bezwen bay prèv n ap kontinye gen lanmou pou frè yo menmsi “lanmou pifò moun ap vin rafredi”. — Mat. 24:12. w16.01 1:8, 9.