Jen
Jedi 1ye jen
Pawòl dous yon moun di kapab kraze yon zo. — Pwo. 25:15.
Menm lè yon moun di n yon bagay ki ofanse nou, si n chwazi bèl pawòl pou n reponn li, sa ka bay bon rezilta (Pwo. 15:1). Pa egzanp, gen yon manman selibatè ki gen pitit gason l ki adolesan k ap mennen yon vi doub. Gen yon sè nan kongregasyon an ki te di manman an ak tout bon entansyon l: “Sa vrèman fè m mal pou m wè jan w echwe nan edikasyon pitit ou a.” Manman an te fè yon ti reflechi epi l di l: “Se vre bagay yo pap mache byen kounye a, men, m poko fin fè edikasyon l. Vin pale avè m apre Amagedon, lè sa a, n ap konn kòman sa ye toutbon.” Repons dous sa a te pèmèt sè yo kontinye viv anpè e l te ankouraje pitit gason an ki t ap koute konvèsasyon an. Pitit gason an te rann li kont manman l te toujou gen konfyans nan li. Sa te pouse l koupe kontak ak move zanmi l yo. Pi devan, li te vin batize epi, annapre, li t al sèvi nan betèl. Kit nou nan mitan frè ak sè n yo, kit nou nan mitan fanmi nou oswa etranje, nou ta dwe toujou fè yon fason pou pawòl nou toujou “bèl, [...] pou l sizonnen ak sèl”. — Kol. 4:6. w15 15/12 3:15, 17.
Vandredi 2 jen
Yon bann lang, ki tankou dife [...] al poze sou tèt chak moun. — Tra. 2:3.
Si w te youn nan disip ki te viv evènman sa a, sandout ou pa t ap janm bliye jou sa a. Ou pa t ap gen okenn dout ou se yon moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l, sitou si w te resevwa don pou w pale nan lang etranje a tou (Tra. 2:6-12). Men, èske tout moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l yo resevwa apèl yo a menm fason espesyal ak premye gwoup moun ki te anviwon 120 disip la? Non. Rès moun ki te Jerizalèm nan jou sa a te resevwa apèl yo a pandan y ap batize (Tra. 2:38). Pa t gen okenn lang ki tankou dife ki te vin poze sou tèt yo. Mete sou sa, se pa tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ki resevwa apèl yo a pandan y ap batize. Samariten yo te resevwa apèl yo a pa mwayen lespri sen kèk tan apre yo fin batize (Tra. 8:14-17). Yon lòt bò, Bondye te fè yon bagay espesyal nan ka Kònèy ak fanmi l paske l te chwazi yo pa mwayen lespri sen l anvan menm yo batize. — Tra. 10:44-48. w16.01 3:3, 5.
Samdi 3 jen
Kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a. — Efe. 4:3.
Avèk modesti, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo konnen l pa nesesè pou yo gen plis lespri sen pase moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Yo pap mache fè konnen yo gen yon konesans espesyal oswa kèk swadizan revelasyon, ni yo pap eseye pwouve yo siperyè lòt moun nan kèk domèn. Anplis de sa, yo pap janm fè lòt moun konnen yo menm tou yo se moun Bondye chwazi e yo ta dwe kòmanse manje pen an epi bwè diven an, okontrè, avèk imilite, yo rekonèt se Jewova ki rele moun li chwazi yo. Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la pa atann okenn onè espesyal nan men lòt moun (Efe. 1:18, 19; Flp. 2:2, 3). Se sèl yo menm lespri Jewova fè konn sa. Li pa fè lòt moun konn sa. Donk, yo pa sezi si kèk moun pa kouri kwè Bondye chwazi yo toutbon grasa lespri sen. Anfèt, Bib la pa ankouraje n kouri kwè lòt moun ki fè konnen yo jwenn yon asiyasyon espesyal nan men Bondye. — Rev. 2:2. w16.01 4:6, 7.
Dimanch 4 jen
Ala anpil richès ak sajès ak konesans Bondye genyen yo anpil! — Wom. 11:33.
Jewova te pwoteje Abraram ak Sara plizyè fwa pa mwayen mirak (Jen. 12:10-20; 20:2-7, 10-12, 17, 18). Grasa eksperyans sa yo, lafwa Abraram te vin pi solid. Èske nou kapab vin bon zanmi Jewova? Wi, nou kapab. Menm jan ak Abraram, nou bezwen aprann konnen Jewova. Epi, nou menm tou, nou kapab vin gen konesans ak eksperyans nou bezwen an. Jodi a, nou gen plis pase sa Abraram te genyen (Dàn. 12:4). Bib la chaje ak konesans konsènan “Sila a ki fè syèl la ak tè a”. (Jen. 14:22.) Sa nou aprann nan Bib la ka fè nou vin renmen Jewova e sa kapab ede nou vin gen gwo respè pou li. Lanmou ak respè nou gen pou Bondye a kapab pouse n obeyi l. Lè n obeyi l, nou wè jan li pwoteje nou e li beni nou, sa fè n gen eksperyans ki fè lafwa nou vin pi solid. Lè nou sèvi Jewova ak tout kè nou, n ap jwenn satisfaksyon, lapè ak kè kontan (Sòm 34:8; Pwo. 10:22). Plis nou vin gen konesans ak eksperyans, se plis n ap vin zanmi Jewova. w16.02 1:7, 8.
Lendi 5 jen
Li vin ede Izrayèl [...] jan li te di zansèt nou yo sa. — Lik 1:54, 55.
Pawòl sa yo montre Mari te byen konnen Liv ki te ekri ann Ebre yo. Ki jan n fè konn sa? Pawòl Mari te di yo sanble tèt koupe ak pawòl ki nan priyè Ana, manman Samyèl, te fè a (1 Sam. 2:1-10). Sanble Mari te site Ekriti yo anviwon 20 fwa nan pawòl li te di yo. Li klè, Mari te renmen pale de verite li te aprann nan men pi gwo Zanmi l lan, Jewova. Menm jan ak Mari, pafwa, Jewova ka ban nou kèk asiyasyon nou santi ki twò difisil pou nou. Ann imite egzanp Mari, e avèk imilite, ann aksepte asiyasyon an toutpandan nou gen konfyans Jewova ap ede n. Nou ka imite lafwa Mari te genyen an tou lè n pran tan pou n koute Jewova e pou n medite sou sa n aprann sou li ak objektif li. Epitou, nou ka pran plezi pataje sa n aprann yo ak lòt moun. — Sòm 77:11, 12; Lik 8:18; Wom. 10:15. w16.02 2:17, 18.
Madi 6 jen
Kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l, dekwa pou l ka wè si l gen ase lajan pou l fini l? — Lik 14:28.
Gen plizyè milye jèn ki batize chak ane (Ekl. 12:1). Paran ki kretyen yo ak ansyen yo nan kongregasyon an dwe asire yo se jèn yo ki pran pwòp desizyon yo pou yo batize e yo konprann ki sa sa vle di. Lè yon kretyen vwe lavi l bay Bondye epi l batize, se kòmanse l kòmanse yon vi tounèf. Vi tounèf sa a pral fè l jwenn anpil benediksyon nan men Jewova, men, l ap jwenn opozisyon nan men Satan tou (Pwo. 10:22; 1 Pyè 5:8). Se rezon sa a ki fè paran ki kretyen yo dwe pran tan pou yo anseye pitit yo sa sa vle di toutbon pou yon moun vin disip Kris. Lè yon jèn pa gen paran ki kretyen, ansyen yo nan kongregasyon an ap kontan ede l konprann ki sa sa vle di pou yon moun vwe lavi l epi pou l batize (Lik 14:27-30). Menm jan sa mande preparasyon pou yon moun fini yon konstriksyon, jèn yo dwe prepare yo anvan yo batize yon fason pou yo ka sèvi Jewova fidèlman “jiska lafen”. — Mat. 24:13. w16.03 1:1, 2.
Mèkredi 7 jen
Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi. — Tra. 10:34, 35.
Se sèlman nasyon Izrayèl selon lachè a Jewova te bay Lwa l te bay pa mwayen Moyiz la. Sepandan, apati premye syèk la, moun ki te fè pati pèp Bondye a pa t soti nan yon sèl nasyon ankò, men, yo te soti nan yon pakèt nasyon ki gen kilti diferan e yo te vin rele pèp Bondye a Izrayèl espirityèl la. Pèp sa a te vin tounen kongregasyon kretyen an e l te vin nan yon nouvo alyans. Jewova te ba yo nouvo enstriksyon oswa plis enstriksyon sou fason pou yo viv ak fason pou yo adore l. Yo te fè sa “lalwa Kris la” mande, yon lwa ki baze sou yon seri prensip ki pa t ekri sou wòch, men, ki te ekri sou kè yo. Lwa sa a te gide kretyen yo e l te ede yo kèlkeswa kote yo ye (Gal. 6:2). Izrayelit espirityèl yo jwenn anpil byenfè nan enstriksyon Jewova bay pa mwayen Jezi yo. Yon ti tan anvan Jezi te vin ak nouvo alyans lan, li te bay de gwo kòmandman. Gen youn ki gen rapò ak travay predikasyon an. E lòt la gen rapò ak fason kretyen yo dwe boule youn ak lòt. Piske se pou tout kretyen Jezi te bay enstriksyon sa yo, nou tout dwe suiv yo jodi a, kit nou gen esperans pou n viv pou toutan nan syèl la, kit nou gen esperans pou n viv pou toutan sou tè a. w16.03 4:10, 11.
Jedi 8 jen
Pran devan nan onore youn lòt. — Wom. 12:10.
Anvan yon anseyan kòmanse bay yon lòt frè fòmasyon, li ta dwe pran tan pou l chèche kreye yon anbyans rilaks epi pou l chèche gen yon bon zanmitay avè l. Etap ansyen an ap suiv la kapab varye selon peyi a e selon sikonstans ak koutim zòn kote l ap viv la. Sepandan, kèlkeswa kote w ap viv, antanke ansyen ki okipe anpil, lè w rezève yon ti tan pou w pase ak moun w ap fòme a se kòmsi w te di l: “Ou enpòtan pou mwen.” Nan kèlkeswa peyi a, moun ki dispoze pran fòmasyon yo ap konprann mesaj sa a ou bay san pale a byen klè e y ap vrèman apresye l. Yon anseyan ki jwenn bon rezilta pa sèlman yon anseyan ki renmen bay lòt moun fòmasyon, men l se yon anseyan ki renmen moun l ap bay fòmasyon an tou. (Konpare ak Jan 5:20.) Moun y ap bay fòmasyon an pap pran tan pou l rive disène kalite enpòtan sa a lakay yon anseyan ki dispoze e sa ap gen gwo efè sou fason l ap reyaji devan fòmasyon l ap resevwa a. Kidonk, nou menm ansyen nou renmen anpil yo, toutpandan n ap bay fòmasyon montre nou plis pase yon senp anseyan, montre nou se yon zanmi tou. — Pwo. 17:17; Jan 15:15. w15 15/4 1:19, 20.
Vandredi 9 jen
Jewova te frape wa a, wa a te vin gen lèp e li te rete ak maladi lèp la jis li mouri. — 2 Wa 15:5.
Ann sipoze Pawòl Bondye a pa ta bay detay byen klè konsènan wa Azarya (wa Ouziya) menm jan sa ye nan kèk lòt istwa nan Bib la (2 Wa 15:7, 32; 2 Kwo. 26:3-5, 16-21). Èske w t ap kouri gen dout sou jistis Bondye? Oswa, èske w t ap di tèt ou nou jwenn ase enfòmasyon nan Bib la ki ban nou asirans Jewova toujou fè sa ki dwat epi se li menm ki etabli bonjan prensip konsènan sa ki byen ak sa ki mal (Det. 32:4)? Tank n ap vin pi byen konnen ki kalite Moun Jewova ye se tank lanmou ak apresyasyon nou gen pou fason l konn aji ap vin pi plis opwen nou pap bezwen jwenn yon esplikasyon konsènan tout aksyon l fè. Ou mèt gen asirans tank w ap fè efò pou w etidye epi medite sou fason Bondye kominike avè n pa mwayen Pawòl li te fè ekri a se tank apresyasyon sa a ap vin pi plis (Sòm 77:12, 13). Kòm rezilta, sa ap fè relasyon w gen ak Jewova a vin pi solid epi relasyon sa a ap vin pi reyèl toujou. w15 15/4 3:8, 10.
Samdi 10 jen
Louwe Jewova, nou menm zanj li yo ki chaje ak fòs e ki pisan, nou menm ki fè sa l di, nou menm ki obeyi vwa l. — Sòm 103:20.
Kreyati espirityèl yo rele zanj yo gen ‘anpil fòs e yo pisan’ anpil. Yo siperyè lèzòm lontan, e konsa, yo pi entèlijan e yo gen plis fòs pase yo. Nòmalman, zanj fidèl yo sèvi ak fòs yo genyen an pou fè sa k byen. Pa egzanp, yon lè, gen yon zanj Jewova ki te touye 185 000 sòlda asiryen ki te ènmi pèp Bondye a. Li t ap enposib pou yon moun ta fè yon aksyon konsa e l menm difisil pou yon lame ann antye ta fè sa (2 Wa 19:35). Yon lòt lè, gen yon zanj ki te sèvi ak kokennchenn pisans ak kapasite l genyen an pou l libere apot Jezi yo nan prizon. Dispozisyon yo te pran anrapò ak kesyon sekirite pa t vle di anyen pou kreyati espirityèl sa a. Li te ouvè pòt yo, li met apot yo deyò, e apre sa li fèmen pòt yo. Li te fè tout bagay sa yo aktout te gen gad toupre a (Tra. 5:18-23)! Toutpandan kreyati espirityèl ki fidèl yo ap sèvi ak pisans yo genyen an pou fè sa k byen, Satan bò kote pa l ap sèvi ak pisans li a pou l fè sa k mal. E se pa ti pisans ak enfliyans li genyen! Ekriti yo pale de li kòm “chèf monn nan”. — Jan 12:31. w15 15/5 1:5, 6.
Dimanch 11 jen
Dekwa pou pouvwa peche genyen pou l twonpe moun pa fè okenn nan nou ap fè tèt di. — Ebre 3:13.
Kit nou marye kit nou selibatè, nou dwe fè tout sa n kapab pou n kouri pou fònikasyon sou kèlkeswa fòm nan. Èske lit sa a fasil? Non l pa fasil! Pa egzanp, si w se yon jèn, ou gendwa konn tande kamarad lekòl ou k ap vante tèt yo pou di yo konn fè sèks pou plezi oswa yo konn voye mesaj ki gen rapò ak sèks ki se yon pratik moun anpil kote konsidere kòm yon bagay ki nan menm kategori ak abi seksyèl sou timoun. Bib la fè konnen: “Yon moun k ap pratike fònikasyon peche kont pwòp kò li.” (1 Kor. 6:18). Maladi moun pran nan relasyon seksyèl lakòz ni soufrans ni lanmò. Epi, pifò jèn selibatè ki te pèdi vijinite yo fè konnen yo regrèt sa yo te fè a. Nan kesyon fònikasyon, reyalite a diferan lontan ak sa medya yo ap montre pou fè n kwè lè yon moun vyole lwa Bondye yo li pap sibi okenn konsekans. Kalite panse sa yo fè moun tonbe anba “pouvwa peche genyen pou l twonpe moun”. w15 15/5 2:14.
Lendi 12 jen
Sila a ki nan pi gwo pozisyon an [...] bon ni ak moun ki engra, ni ak moun ki mechan. — Lik 6:35.
Jezi te imite bonte Bondye. Ki sa k te ede l fè sa? Li te konn trete moun avèk bonte lè l te reflechi ak efè pawòl li ak aksyon l ka genyen sou santiman yo. Pa egzanp, gen yon dam tout moun te byen konnen kòm yon moun k ap pratike peche ki te pwoche kot Jezi, li t ap kriye anpil e l te lave pye Jezi ak dlo ki sot nan je l. Jezi te rive konprann dam sa a te repanti e l te konnen ki jan sa t ap fè dam nan mal si l ta trete l yon fason ki di. Se sa k fè l te felisite l e l te padone l. Lè yon Farizyen te montre l pa dakò ak sa k te pase a, Jezi te pale avè l avèk bonte tou (Lik 7:36-48). Ki jan n ka imite bonte Bondye? Men sa apot Pòl te ekri: “Yon esklav Seyè a pa dwe nan goumen, men li dwe dou ak tout moun.” (2 Tim. 2:24). Lè n met tèt nou nan plas lòt moun epi n eseye wè ki efè pawòl nou ka gen sou yo, nou kapab konprann ki jan pou n pale epi pou n aji yon fason pou n imite bonte Jewova. — Pwo. 15:28. w15 15/5 4:8, 9.
Madi 13 jen
Pa refize fè byen pou moun ki bezwen w fè sa pou yo, depi w kapab fè sa. — Pwo. 3:27.
Lè frè nou yo ap soufri akoz difikilte, nou ka rekonfòte yo nan domèn fizik, afektif ak espirityèl (Pwo. 17:17). Pa egzanp, nou ka ede yo fè fas ak sa yo te pèdi nan yon katastwòf natirèl. Tande ki pawòl sensè yon vèv te di pou l eksprime rekonesans li apre yon siklòn te fin sakaje kay li anpil: “M vrèman rekonesan dèske m fè pati òganizasyon Jewova a nonsèlman pou èd mwen jwenn nan domèn fizik, men, pou èd espirityèl yo tou.” Gen yon sè selibatè ki te pèdi espwa nèt e l pa t konn sa pou l fè apre l te fin wè tout dega yon tanpèt te fè lakay li. Men sa sè a te di pandan l ap resevwa èd: “M pa ka kwè sa! M pap janm ka fin esplike ki jan m santi m [...]. Mèsi Jewova!” Nou kontan dèske n fè pati yon fanmi entènasyonal frè ak sè ki gen bonjan sousi pou bezwen lòt moun. Pi gwo rezon nou genyen pou n kontan sèke Jewova ak Jezi Kris vrèman sousye yo de pèp Bondye a. w15 15/6 1:17.
Mèkredi 14 jen
Sipliye granmoun fi yo tankou se te manman w. Sipliye jèn medam yo tankou se te sè w, san okenn move lide. — 1 Tim. 5:2.
Bib la ede n evite anvi ki pa pwòp lè l ban nou konsèy sou fason pou n boule ak moun ki pa menm sèks avè n. Konsèy sa yo ede n pou n pa tonbe nan flète. Gen kèk moun ki gendwa konsidere jès y ap fè ak kò yo, men yo, oswa fè ti je dou kòm bagay ki pa gen anyen ki mal piske yo pa gen okenn kontak fizik ak moun nan. Sepandan, lè w flète ak yon moun oswa w ankouraje lòt moun nan sans sa a, sa ka fè w vin gen move panse e sa ka fè w tonbe nan imoralite seksyèl. Si sa te rive deja, sa ka rive ankò. Jozèf te montre l saj nan sans sa a. Lè madan Potifa, mèt li, te eseye sedui l, Jozèf pa t kite l fè sa. Men, madanm nan pa t bay vag. Madanm nan te konn mande l ret avè l jou apre jou (Jenèz 39:7, 8, 10). Sepandan, Jozèf te detèmine pou l pa t janm kite sa madanm nan t ap di yo gen efè sou li, konsa, li pa t kite okenn move dezi pran rasin nan kè l. w15 15/6 3:10, 11.
Jedi 15 jen
Padone dèt nou, menm jan nou menm tou nou padone moun ki dwe nou. — Mat. 6:12.
Jewova vle pou n sousye n nonsèlman pou byennèt espirityèl nou, men tou, pou byennèt espirityèl lòt moun san wete moun ki gendwa peche kont nou. An jeneral, peche sa yo pa konn grav epi yo ban nou opòtinite pou n montre jan n renmen frè ak sè nou yo toutbon epi n dispoze padone yo menm jan Bondye demontre mizèrikòd anvè nou lè l padone nou (Kol. 3:13). Malerezman, antanke moun enpafè, pafwa, nou ka gen rankin nan kè n pou lòt moun (Lev. 19:18). Si n pale sa ak lòt moun, yo ka pran pati pou nou epi sa ka lakòz vin gen divizyon nan kongregasyon an. Si n kite sitiyasyon an kontinye konsa, sa ap montre n manke apresyasyon pou mizèrikòd Bondye fè n e n ap montre n manke apresyasyon pou ranson an. Papa nou ap sispann aplike valè sakrifis Pitit gason l lan anvè nou si n pa renmen padone (Mat. 18:35). Jezi te di sa tousuit apre l te fin bay priyè modèl la (Mat. 6:14, 15). Finalman, si n vle Bondye padone nou nou dwe fè efò pou n pa tonbe nan fè peche grav. — 1 Jan 3:4, 6. w15 15/6 5:9-11.
Vandredi 16 jen
Yon wa kontan lè yon sèvitè l aji ak entèlijans. — Pwo. 14:35.
Nou santi nou onore lefètke Jewova pèmèt nou kontribye pou n anbeli paradi espirityèl nou an. Nou fè sa lè n zele pou n preche bon nouvèl Wayòm nan epi fè plis disip. Chak fwa nou ede yon moun pwogrese pou l vin yon kretyen ki vwe lavi l bay Jewova, se travay nou travay pou n etann limit paradi espirityèl la (Eza. 26:15; 54:2). Nou kapab anbeli paradi espirityèl nou an tou lè n fè bonjan efò pou n amelyore pèsonalite nou antanke kretyen. Nan sans sa a, nou fè paradi a vin pi atiran pou moun k ap gade yo. Byen souvan, se pa konesans nou gen nan Bib la ki konn premye bagay ki atire moun yo vin nan òganizasyon an e ki pouse yo vin jwenn Bondye ak kris, men, se lefètke n gen yon konduit ki pwòp e nou viv anpè. Se pa ti kontan Jewova ak Jezi dwe kontan lè y ap gade bèl paradi espirityèl nou an jodi a! Lajwa nou genyen kounye a lefètke n ap travay pou n anbeli paradi espirityèl nou an se jis yon avangou sou lajwa nou pral genyen lè n pral travay pou n fè tout tè a vin yon paradi. w15 15/7 1:18-20.
Samdi 17 jen
N ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. — Jen. 3:5.
Jodi a, se tout moun ki dwe deside si wi ou non yo kwè fason Bondye fè bagay yo pi bon lontan pase fason Satan fè bagay yo. Sensèman, èske w pran pozisyon pou Jewova lè w chwazi obeyi lwa l yo ak prensip li yo olye w fè bagay yo fason pa w? Èske w konsidere Wayòm li an kòm sèl solisyon pou pwoblèm lèzòm yo? Oswa èske w kwè lèzòm ka dirije tèt yo poukont yo? Se repons ou bay pou kesyon sa yo k ap montre ki fason w ap aji lè yo mande w opinyon w sou sijè polemik yo. Sa fè lontan depi gen politisyen, militan ak moun ki vle fè refòm k ap chèche solisyon pou sa k lakòz divizyon. Yo gendwa sensè e yo gendwa gen bon mobil nan efò y ap fè yo. Sepandan, kretyen yo rekonèt se sèl Wayòm Bondye a ki ka rezoud pwoblèm lèzòm yo e ki ka garanti vrè jistis la. Nou bezwen kite bagay yo nan men Jewova. Anplis de sa, si chak kretyen ta nan chèche solisyon l wè k ap pi bon pou li a, èske kongregasyon nou an pa t ap divize nan yon bat je? w15 15/7 3:7, 8.
Dimanch 18 jen
M ap medite sou tout aksyon w yo. — Sòm 77:12.
Èske n ka wè lanmou Jewova gen pou nou an nan sa l kreye yo? Wi nou kapab, piske kreyasyon an menm se yon prèv ki demontre lanmou Bondye (Wom. 1:20). Li kreye tè a ak yon ekosistèm ki pèmèt nou egziste epi pwogrese an sekirite. Sepandan, li vle n fè plis pase annik egziste. Nou bezwen manje pou n ka kontinye viv. Jewova kreye tè a ak kapasite pou l pwodui plizyè varyete plant yon fason pou n ka prepare bon ti manje. Rezon an se paske l vle pou n pran plezi nan manje n ap manje epi pou n jwenn satisfaksyon ladan yo (Ekl. 9:7)! Jewova kreye nou ak kapasite pou n fè travay ki itil e ki enteresan yon fason pou n ka pran plezi nan lavi a (Ekl. 2:24). Li te gen objektif pou lèzòm ranpli tè a, pou yo gen pouvwa sou li, sou pwason yo, zwazo yo ak lòt kreyati vivan yo (Jen. 1:26-28). Epitou, se pa ti lanmou Jewova gen pou nou lefètke l kreye n ak yon seri kalite ki pèmèt nou imite l! — Efe. 5:1. w15 15/8 1:4, 5.
Lendi 19 jen
Men, veye kò nou pou kè nou pa janm vin lou [...] epi pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, sanzatann, tankou yon pyèj. — Lik 21:34, 35.
Evènman k ap rive nan monn nan montre aklè pwofesi biblik yo ap akonpli kounye a epi fen sistèm mechan sa a pa twò lwen. Donk, nou pa dwe panse fòk gen plis tan ki pase pou kondisyon monn sa a vin tèlman mal opwen pou “dis kòn” yo ansanm ak “bèt sovaj” yo pale de yo nan Revelasyon 17:16 la detwi Gran Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon. Ann toujou sonje se Bondye ki pral “mete lide l nan kè yo” pou yo fè sa epi aksyon sa a ka rive byen rapid e nenpòt ki lè (Rev. 17:17)! Lafen tout sistèm sa a pa twò lwen. Se avèk bonjan rezon nou ta dwe koute avètisman nou jwenn nan tèks pou jounen an (Rev. 16:15). Ann pran detèminasyon pou n sèvi Jewova toutpandan n sonje gen ijans epi n gen konfyans l ap “aji byen ak moun ki ret tann li yo”. — Eza. 64:4. w15 15/8 2:17.
Madi 20 jen
Kèlkeswa moun ki fè volonte Bondye, se moun sa a ki frè m, ki sè m, ki manman m. — Mak 3:35.
Byenke nou vle aji ak jantiyès menm anvè moun ki pap obeyi lwa Bondye yo, nou pa dwe vin gen yon amitye sere sere ak yo. Donk, sa t ap mal anpil pou yon Temwen Jewova ki selibatè ta renmen ak yon moun ki pa batize, ki pap sèvi Bondye fidèlman e ki pa respekte prensip Bondye yo ki wo nivo. Kenbe entegrite nou antanke kretyen pi enpòtan lontan pase vin popilè nan je moun ki pap viv ann amoni ak lwa Jewova yo. Nou dwe fè zanmi ak moun k ap fè volonte Bondye. Izrayelit yo te konnen move konsekans sa pote lè yon moun gen move frekantasyon (Egz. 23:24, 25; Sòm 106:35-39). Etandone yo pa t ret fidèl anvè Bondye, Jezi te di yo: “Gade! Bondye kite kay nou an ban nou.” (Mat. 23:38). Jewova te rejte nasyon Izrayèl la e l te vin vide benediksyon l sou kongregasyon kretyen an ki te fèk fòme. — Tra. 2:1-4. w15 15/8 4:7, 8.
Mèkredi 21 jen
Objektif enstriksyon sa a se pou nou ka gen yon lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, nan yon konsyans ki klè. — 1 Tim. 1:5.
Jewova Dye te kreye lèzòm ak libète pou yo deside, sa vle di libète pou yo chwazi ant yon posiblite oswa yon lòt. Bondye te bay premye gason an, premye fi a ak desandans yo t apral genyen yo yon gid ki gen anpil valè anpalan de konsyans lan ki se kapasite ki pèmèt yo distenge sa ki byen ak sa ki mal. Lè n byen sèvi ak konsyans lan, li ka ede n fè sa k bon epi evite sa k mal. Konsa, konsyans nou se yon prèv ki montre Bondye renmen nou e l vle pou lèzòm met tèt ansanm pou fè sa k bon. Jodi a, lèzòm toujou gen yon konsyans (Wom. 2:14, 15). Aktout gen anpil moun ki vire do bay prensip Bib la bay sou zafè konduit, byen souvan, nou konn wè kèk moun k ap fè sa k byen e ki rayi sa k mal. Konsyans lan anpeche anpil moun komèt move zak. Imajine jis nan ki pwen kondisyon monn nan t ap mal si pèsonn pa t gen yon konsyans! Se pa ti kontan nou dwe kontan dèske Bondye bay lèzòm yon konsyans! w15 15/9 2:1, 2.
Jedi 22 jen
Gade ki kalite lanmou Papa a montre l gen pou nou. — 1 Jan 3:1.
Li vrèman enpòtan pou n reflechi ak pawòl sa yo apot Jan te di a. Lè Jan te di “gade ki kalite lanmou Papa a montre l gen pou nou” an, se ankouraje l t ap ankouraje kretyen yo pou yo reflechi sou kokenn lanmou Bondye gen pou yo a epi pou yo reflechi sou fason Bondye renmen yo. Pa gen dout nan sa, lè n rive konprann lanmou Jewova nan sans sa a, n ap vin renmen l pi plis e relasyon n gen avè l la ap vin pi solid. Sepandan, pou kèk moun, kesyon Bondye renmen moun nan se jis yon bagay ki etranj. Pou yo menm, nou dwe pè Bondye epi n dwe obeyi l. Oswa, petèt akoz kèk ansèyman ki pa laverite, yo santi Bondye pa renmen moun e l menm enposib pou moun renmen l. Yon lòt bò, gen kèk moun yo menm ki panse Bondye pa atann anyen nan men yon moun pou l renmen l epi Bondye renmen yo kit yo fè yon bagay oswa yo pa anyen. Pandan w ap etidye Bib la, ou aprann lanmou se kalite ki plis parèt kay Jewova e se lanmou ki te pouse l bay sèl Pitit Gason l lan kòm ranson pou nou. — Jan 3:16; 1 Jan 4:8. w15 15/9 4:1, 2.
Vandredi 23 jen
Disiplin [...] bay lapenn. — Ebre 12:11.
Lè Pòl te di pawòl sa a, se pa minimize li t ap minimize enpòtans oswa valè yon disiplin genyen, paske, men sa l te ajoute: “Sepandan, pi devan, moun li fòme yo pral mennen yon vi dwat nan lapè.” Si nou renmen Jewova, nou dwe fè atansyon pou n pa vin twò kwè nan tèt nou oswa pou n pa koute konsèy li yo. Nan epòk sa a kote tout moun wè tèt yo sèlman, li pa fasil ditou pou n pale sou konsèy ak disiplin, sa k pi mal la, pou moun ta aksepte yo. Byen souvan, menm moun ki sanble pare pou aksepte konsèy oswa disiplin yo pa fè sa ak tout kè yo. Sepandan, antanke kretyen, nou jwenn avètisman pou n “sispann konfòme nou ak sistèm sa a”. Nou dwe chèche konprann “volonte Bondye, yon volonte [...] ki pafè” epi n dwe pousuiv li (Wom. 12:2). Pa mwayen òganizasyon l lan, Jewova ban nou konsèy nan bon moman nan anpil domèn nan lavi a tankou fason pou n konpòte n ak yon moun ki pa gen menm sèks avè n, konsènan frekantasyon ansanm ak divètisman. Lè n pran plezi aksepte epi aplike konsèy sa yo, n ap montre nou rekonesan anvè Jewova epi n vrèman renmen l ak tout kè n. — Jan 14:31; Wom. 6:17. w15 15/9 5:13, 15.
Samdi 24 jen
Ede m gen plis lafwa toujou! — Mak 9:24.
Nou pa ka vin gen yon lafwa ki solid ak pwòp fòs nou sèlman. Lafwa se yon fasèt nan fwi lespri sen Bondye a (Gal. 5:22). Donk, nou montre nou saj lè n suiv konsèy Jezi te bay pou n priye pou n jwenn plis lespri sen paske Jezi ban nou asirans Papa a ap ‘ban nou lespri sen si nou mande l li’. (Lik 11:13.) Yon fwa nou vin gen lafwa, nou dwe kontinye fè l vin pi djanm. Nou ka konpare lafwa nou ak yon dife bwa. Lè n limen yon dife e l fin pran, flanm dife a ka monte men wotè. Sepandan, si n pa fè anyen pou dife a, flanm dife a ap kòmanse bese jiskaske l etenn nèt e se sann nan k ap rete. Men, si n toujou met bwa nan dife a, l ap ret limen. Menm jan an tou, lafwa nou ap toujou ret djanm si n toujou etidye Pawòl Bondye a. Lè n kontinye etidye Bib la, nou kapab vin gen plis lanmou ni pou Bib la ni pou Sila a ki te fè ekri l la, e sa ap vin yon baz pou n bati lafwa nou. w15 15/10 2:6, 7.
Dimanch 25 jen
M ap medite sou tout aksyon w yo. — Sòm 77:12.
Syantifik yo fè rechèch ki montre lè yon moun li mo yo awotvwa, sa fè l pi fasil pou l sonje sa l te li. Sila a ki kreye sèvo a konn sa. Se sa k fè l te bay Jozye enstriksyon pou l li liv Lalwa a “tou ba”. (Joz. 1:8.) N ap rann nou kont lè nou li Bib la tou dousman, oswa tou ba, sa gen yon gwo efè sou lespri nou. Sa ka ede n pi byen konsantre sou sa n ap li a. Byenke lè yon moun ap li sa ka pa mande anpil efò, men, lè yon moun ap medite, sa mande pou l ret konsantre. Piske lòm enpafè, sèvo l gen tandans fè travay ki pi fasil, ki pa mande anpil efò. Se sa k fè, pi bon moman pou yon moun medite se lè l pran bonjan repo epi l al yon kote ki kalm, ki pa gen anpil bagay pou distrè l. Gen yon salmis ki te twouve pi bon moman pou l medite se lè l nan kabann li e l pa ka dòmi nan nuit (Sòm 63:6). Jezi, ki te gen yon sèvo pafè, te konnen avantaj sa genyen lè l al kote ki trankil pou l medite e pou l priye. — Lik 6:12. w15 15/10 4:4, 6, 7.
Lendi 26 jen
Li te konn sa k nan lòm. — Jan 2:25.
Yon lè, gen kèk nan moun Galile ki t ap koute Jezi yo ki te montre yo chofe pou yo suiv li (Jan 6:22-24). Men, piske Jezi te konn li sa k nan kè moun, li te wè sa k te pi enterese yo se manje fizik, men se pa sa l t ap anseye yo. Li te wè move panse yo te genyen an, li te korije yo avèk pasyans, epi l te esplike yo sa pou yo fè pou yo chanje (Jan 6:25-27). Byenke n pa ka li kè moun, nou menm tou nou ka montre n gen bon konprann epi n ka rive konnen ki fason pitit nou yo konsidere travay predikasyon an. Gen anpil paran ki renmen pran yon ti poz pandan y ap preche pou pèmèt pitit yo fè yon ti kanpe pou yo manje. Men w ka chèche wè pi lwen pase sa k devan w epi w ka mande tèt ou: ‘Èske timoun mwen yo pi renmen predikasyon an oswa yo pi renmen ti moman poz yo?’ Si w rann ou kont travay predikasyon an ka vin pi enteresan pou timoun ou yo, ede yo fikse kèk objektif. Fè tèt ou travay pou w wè fason w ka ede yo preche ak tout kè yo kòm patnè predikasyon w. w15 15/11 1:10, 11.
Madi 27 jen
Ansyen bagay yo disparèt. — Rev. 21:4.
Bondye nou an ki renmen nou toujou vle sa k pi bon an pou sèvitè fidèl li yo. Men sa Bib la fè n konnen: “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” Se pa ti bèl avni k ap tann nou tout ki vrèman bay lanmou Jewova gen pou nou anpil valè e ki obeyi l antanke Chèf nou! Pawòl Jewova a di nou: “Gade moun ki san repwòch la byen, gade moun ki dwat la, paske moun sa a gen pou l viv anpè. Men, tout moun k ap pratike peche yo ap peri.” (Sòm 37:37, 38). “Moun ki san repwòch” yo se moun ki vin aprann konnen Jewova ak Pitit Gason l lan e ki chwazi fè volonte Bondye pou yo obeyi l (Jan 17:3). Moun sa yo se moun ki pran pawòl nou jwenn nan 1 Jan 2:17 la oserye: “Se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen ap pase tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan.” Tank n ap pwoche pi pre fen monn nan, se tank li vin ijan pou n ‘met espwa n nan Jewova epi pou n mache nan chemen l yo’. — Sòm 37:34. w15 15/11 3:11, 12.
Mèkredi 28 jen
Rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè. — Mat. 9:37.
Pèp Bondye a te itilize yon pakèt metòd pou yo pataje bon nouvèl la ak kantite moun yo kapab. Sa te sitou enpòtan lè “pa [t] gen anpil travayè”. Nan kòmansman 20yèm syèk la, frè yo te itilize jounal pou yo ka pale ak pi plis moun nan zòn ki pa t gen anpil Temwen Jewova. Chak semèn Charles Taze Russell te konn voye yon diskou pa telegram bay yon sendika nouvèl. Sendika a, bò kote pa l, te voye diskou a pa telegram bay jounal ki Ozetazini, Kanada ak Ewòp. Selon kalkil yo fè, nan ane 1913, gen 15 000 000 moun ki te rive li diskou frè Russell yo nan 2 000 jounal! Apre lanmò frè Russell, frè yo te kòmanse itilize yon lòt bon metòd pou yo gaye bon nouvèl la. Jou ki te 16 avril 1922 a, frè Joseph F. Rutherford te fè premye emisyon radyo l kote l t ap pale ak anviwon 50 000 oditè. Epi, jou ki te 24 fevriye 1924 la, premye radyo òganizasyon an, anpalan de WBBR, te kòmanse fonksyone. w15 15/11 5:10, 11.
Jedi 29 jen
M ap tounen sa m chwazi tounen. — Egz. 3:14.
Jewova fè kreyasyon l vin tounen nenpòt sa l vle tou. Jan siyifikasyon non l montre sa, Bondye te fè Noye vin tounen yon moun ki konn konstwi lach, li te fè Betsalèl vin yon moun ki maton nan fè travay ak men l, li te fè Jedeyon vin yon gèrye ki konn pot laviktwa e l te fè Pòl vin yon apot pou nasyon yo. Vrèmanvre, non Bondye gen yon gwo siyifikasyon pou pèp li a. Se sa k fè Komite Tradiksyon monn nouvo a pap janm retire non sa a nan Bib la, sa ki t ap fè l minimize enpòtans non sa a. Edisyon Tradiksyon monn nouvo a onore non Bondye nan plis pase 130 lang paske yo mete l kote l dwe ye nan tèks sakre a (Mal. 3:16). Yon lòt bò, moun k ap tradui Labib yo gen tandans ranplase non Bondye ak lòt tit tankou “Seyè” oswa non yon dye nan zòn yo rete a. Se pou rezon sa a menm Kolèj santral Temwen Jewova yo te pran dispozisyon pou gen yon bib ki onore non Bondye e ki disponib pou pi plis moun posib. w15 15/12 2:7-9.
Vandredi 30 jen
Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: “Mwen malad.” — Eza. 33:24.
Pa gen dout nan sa, Bondye gen pouvwa pou l aji sou sante yon moun. Bib la montre sa. Pafwa, kòm pinisyon, li te konn lage maladi sou kèk moun tankou Farawon ki t ap viv nan epòk Abraram nan epi, annapre, sou Miryam, sè Moyiz la (Jen. 12:17; Nonb 12:9, 10; 2 Sam. 24:15). Bondye te avèti Izrayelit yo si yo vin enfidèl, li t ap lage “tout [kalite] maladi oswa flewo” sou yo (Det. 28:58-61). Yon lòt bò, Jewova ka retire maladi yon moun oswa l ka pa kite l malad (Egz. 23:25; Det. 7:15). Anplis de sa, li ka geri moun. Apre Jòb te fin tèlman malad opwen l te vle mouri, Bondye te geri l (Jòb 2:7; 3:11-13; 42:10, 16). Vrèmanvre, li klè, Bondye gen pouvwa pou l geri moun ki malad. Se menm bagay la tou pou Pitit Gason l lan. Bib la fè n konnen Jezi te fè mirak pou l te geri moun ki gen lèp, malkadi ak moun ki te avèg oswa ki te paralize (Mat. 4:23, 24; Jan 9:1-7). Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan dèske n konnen gerizon Jezi te fè yo se jis yon apèsi sou pakèt mirak li pral fè nan monn nouvo a. w15 15/12 4:3, 4.