BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es17 p. 67-77
  • Jiyè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jiyè
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
  • Soutit
  • Samdi 1ye jiyè
  • Dimanch 2 jiyè
  • Lendi 3 jiyè
  • Madi 4 jiyè
  • Mèkredi 5 jiyè
  • Jedi 6 jiyè
  • Vandredi 7 jiyè
  • Samdi 8 jiyè
  • Dimanch 9 jiyè
  • Lendi 10 jiyè
  • Madi 11 jiyè
  • Mèkredi 12 jiyè
  • Jedi 13 jiyè
  • Vandredi 14 jiyè
  • Samdi 15 jiyè
  • Dimanch 16 jiyè
  • Lendi 17 jiyè
  • Madi 18 jiyè
  • Mèkredi 19 jiyè
  • Jedi 20 jiyè
  • Vandredi 21 jiyè
  • Samdi 22 jiyè
  • Dimanch 23 jiyè
  • Lendi 24 jiyè
  • Madi 25 jiyè
  • Mèkredi 26 jiyè
  • Jedi 27 jiyè
  • Vandredi 28 jiyè
  • Samdi 29 jiyè
  • Dimanch 30 jiyè
  • Lendi 31 jiyè
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
es17 p. 67-77

Jiyè

Samdi 1ye jiyè

Pa bliye montre nou akeyan. — Ebre 13:2.

Nan lang orijinal la, ekspresyon lè yo tradui l yo met “akeyan” pou li a vle di “lanmou pou etranje”. Fraz sa a ka fè n sonje egzanp Abraram ak Lòt. Toule de mesye sa yo te demontre lanmou pou vizitè yo pa t konnen. An reyalite, vizitè sa yo se te zanj (Jen. 18:2-5; 19:1-3). Èske n montre nou akeyan tou lè n envite lòt moun vin manje lakay nou oubyen vin pase kèk ti moman detant ki ankourajan ak nou? Nou pa bezwen fè gwo aranjman oswa anpil depans pou n montre nou akeyan, nitou nou pa vle envite moun sèlman ki ka remèt nou sa (Lik 10:42; 14:12-14). Objektif nou se ta dwe pou n ankouraje lòt moun, men, pa pou n enpresyone yo! Menm lè n ka pa konn siveyan sikonskripsyon nou an ak madanm li trè byen, èske n chofe pou n montre nou akeyan ak yo (3 Jan 5-8)? Aktout pwogram nou byen chaje e malgre nou jwenn anpil strès chak jou nan lavi a, se pa ti enpòtan l enpòtan pou n “pa bliye montre nou akeyan”! w16.01 1:11, 12.

Dimanch 2 jiyè

Bondye te poze yon so sou nou tou, anpalan de lespri sen li te pwomèt la, ki se yon garanti davans sou eritaj nou an. — Efe. 1:13, 14.

Fason espesyal sa a lespri sen aji sou yo a vin tankou yon avalwa oswa yon garanti sou sa k gen pou vini an. Yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl vin gen yon konviksyon nan kè l grasa garanti sa a (2 Kor. 1:21, 22; 5:5). Moun sa a se yon moun ki sèten yo envite l. Men, pou l konnen si l ap resevwa rekonpans li an nan syèl la oswa si l pap resevwa l, sa depann de fidelite l ak Jewova. Men ki fason apot Pyè te esplike sa: “Se pou rezon sa a, frè m yo, se pou nou fè plis efò toujou pou nou asire ni apèl nou ni chwazi yo chwazi nou an. Paske, si nou kontinye fè bagay sa yo, nou pa gendwa janm echwe. Anfèt, se konsa y ap fè nou antre avèk glwa nan Wayòm Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris, yon Wayòm k ap la pou toutan.” (2 Pyè 1:10, 11). Donk, chak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl dwe fè gwo efò pou l ret fidèl, si l pa fè sa, apèl oswa envitasyon yo fè l la pap itil li anyen. — Ebre 3:1; Rev. 2:10. w16.01 3:6, 7.

Lendi 3 jiyè

Nenpòt moun ki met tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo. — Mat. 23:12.

Li t ap mal anpil pou n ta leve yon moun menmsi moun sa a se yon frè Kris Bondye chwazi pou al nan syèl. Anpalan de ansyen yo, Bib la ankouraje nou pou n imite lafwa moun k ap dirije nou yo, men, li pa mande pou n konsidere kèlkeswa moun nan kòm lidè nou (Ebre 13:7). Se vre Ekriti yo pale de kèk moun ki “merite yon onè doub”. Sepandan, se pa paske moun sa yo se moun Bondye chwazi ki fè yo merite onè sa a, men, se paske y ap “byen dirije” epi y ap “travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an”. (1 Tim. 5:17.) Anplis de sa, sa t ap fè moun ki resevwa apèl selès yo santi yo jennen si lòt moun ta fè lwanj pou yo oswa ba yo yon atansyon ki pa kòrèk. Sa k pi mal la, si yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ta resevwa yon tretman espesyal, li ta gendwa twouve l difisil pou l kontinye aji ak imilite (Wom. 12:3). Pa gen okenn nan nou ki ta renmen lakòz youn nan frè Kris yo bite! — Lik 17:2. w16.01 4:9.

Madi 4 jiyè

Yon bon zanmi demontre lanmou toutan. — Pwo. 17:17.

Relasyon de moun ki bon zanmi kapab sanble ak yon trezò ki gen anpil valè. Li pa menm jan ak yon po ki koute chè ki la pou dekorasyon. Li plis tankou yon bèl flè ki bezwen pou yo wouze l e pou yo ba l swen pou l ka fleri. Abraram te bay relasyon l te gen ak Jewova antanke zanmi an anpil valè e l te fè efò pou l kontinye ret zanmi Jewova. Ki jan l te fè sa? Abraram te toujou fè efò pou l gen plis lakrentif pou Bondye e pou l toujou obeyi l. Pa egzanp, lè l t ap vwayaje pou l al Kanaran ak fanmi l ansanm ak sèvitè l yo, li te kontinye kite Jewova gide l nan tout desizyon l ap pran, kit se ti desizyon, kit se gwo desizyon. Ennan anvan Izarak te fèt, lè Abraram te gen 99 an, Jewova te di l pou l sikonsi tout gason lakay li. Èske Abraram te vin gen dout sou Jewova oubyen èske l t ap chèche yon mwayen pou l pa t fè sa Jewova te mande l la? Non. Li te fè Jewova konfyans e l te obeyi Jewova “menm jou sa a”. — Jen. 17:10-14, 23. w16.02 1:9, 10.

Mèkredi 5 jiyè

Menm yon timoun, aksyon l fè montre kiyès li ye, yo montre si konduit li pwòp e si konduit li dwat. — Pwo. 20:11.

Menm yon timoun ka konprann ki sa sa vle di pou l fè sa ki dwat epi pou l vwe lavi l bay Kreyatè l la. Konsa, batèm se yon etap ki enpòtan e ki apwopriye pou yon jèn ki gen matirite e ki vwe lavi l bay Jewova (Pwo. 20:7). Ki sa gen matirite vle di? Lè yon moun gen matirite, sa pa toujou vle di moun sa a se yon moun ki gran oswa ki byen grandi. Bib la fè konnen moun ki gen matirite yo se moun ki antrene “kapasite yo genyen pou yo konprann nan” yon fason pou yo rive distenge sa ki byen ak sa ki mal (Ebre 5:14). Yon moun ki gen matirite se yon moun ki konnen sa ki byen e ki deside fè sa ki byen ak tout kè l. Konsa, li pa fasil pou yo enfliyanse l pou yo fè l fè sa ki mal. Epi l pa toujou bezwen pou se lòt moun ki pou di l fè sa ki byen. Li toutafè rezonab pou n atann pou yon jèn ki batize fè sa ki byen menm lè paran l oswa yon lòt granmoun pa toupre l. — Flp. 2:12. w16.03 1:4, 5.

Jedi 6 jiyè

Ou pa bezwen pè. [...] Se ou k ap vin wa ann Izrayèl e mwen menm m ap vin apre w. — 1 Sam. 23:17.

Jonatan dwe te sezi lè l te wè jan David, ki te yon jèn gason, te gen kran. David te touye jeyan yo te rele Golyat la e l te pote “tèt sòlda Filisti a” bay Sayil, papa Jonatan, ki te wa ann Izrayèl (1 Sam. 17:57). Jonatan pa t gen okenn dout Bondye te ak David e depi lè sa a, Jonatan ak David te vin bon zanmi. Yo te pwomèt pou yo toujou ret fidèl youn ak lòt (1 Sam. 18:1-3). Jonatan te ret fidèl ak David pandan tout rès vi l. Jonatan te ret fidèl ak David menm lè se pa li menm Jewova te chwazi pou vin wa ann Izrayèl men se te David. Epi, lè Sayil t ap chèche touye David, Jonatan te enkyete l anpil pou zanmi l lan. Pou Jonatan te ankouraje zanmi l lan, li te vwayaje nan dezè Jida a pou l al Orèch. Pandan l Orèch, li te di David pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an pou ede l “vin gen plis konfyans nan Jewova”. — 1 Sam. 23:16. w16.02 3:1, 2.

Vandredi 7 jiyè

Mwen te bò kote [Jewova] kòm yon moun ki konn travay byen. Chak jou, se mwen ki te ba l plis kè kontan. — Pwo. 8:30.

Jewova ak Jezi te konn kolabore ansanm depi nan kòmansman kreyasyon an. Jezi te kolabore avè l pou yo kreye tout kalite lavi nou wè ki gen jodi a. Sèvitè Jewova yo te konn kolabore youn ak lòt tou nan travay yo te gen pou yo fè. Pa egzanp, Noye ak fanmi l te bati lach la ansanm. Pi devan, Izrayelit yo te travay ansanm pou yo konstwi tabènak la, pou yo monte l, pou yo demonte l e pou yo pote l sot nan yon zòn al nan yon lòt. Nan tanp lan, yo te konn met tèt ansanm pou yo chante epi jwe enstriman pou yo fè louwanj pou Jewova ak bèl mizik. Pèp Jewova a te ka fè tout bagay sa yo paske yo te konn kolabore youn ak lòt (Jen. 6:14-16, 22; Nonb 4:4-32; 1 Kwo. 25:1-8). Kretyen yo nan premye syèk la te konn kolabore youn ak lòt tou. Apot Pòl te montre kretyen yo te gen tèt ansanm byenke yo chak te gen kapasite ak asiyasyon ki diferan. Yo tout t ap suiv Mèt yo a ki se Jezi Kris. Pòl te konpare yo ak yon kò ki gen plizyè pati k ap kolabore ansanm. — 1 Kor. 12:4-6, 12. w16.03 3:1, 2.

Samdi 8 jiyè

Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. — Mat. 28:19.

Nan tan lontan, moun nan nasyon yo te oblije vin ann Izrayèl pou yo sèvi Jewova (1 Wa 8:41-43). Men, annapre, Jezi te bay lòd nou jwenn nan tèks pou jounen an. Jezi te di disip li yo pou yo “ale” nan tout nasyon. Nan Pannkòt ane 33 a, Jewova te montre li vle pou yo preche bon nouvèl la toupatou sou tè a. Jou sa a, lespri sen te desann sou anviwon 120 moun nan nouvo kongregasyon an e yo te kòmanse pale ak Juif yo ansanm ak moun ki te konvèti nan relijyon Juif yo nan diferan lang (Tra. 2:4-11). Annapre, yo te gen pou yo preche moun Samari yo. Mete sou sa, nan ane 36, yo t al preche moun nan nasyon yo ki pa t sikonsi. Sa te montre kretyen yo dwe al preche tout moun sou tè a! w16.03 4:12.

Dimanch 9 jiyè

Bagay ou te tande m di w yo, [...] konfye yo bay gason ki fidèl. — 2 Tim. 2:2.

Sèvitè Bondye yo gen lontan depi yo konprann fòmasyon kontribye pou moun jwenn rezilta. Patriyach Abram te ‘rasanble mesye lakay li ki te aprann batay’ yo pou l t al sove Lòt, e mesye yo te rive sove l vre (Jen. 14:14-16). Nan epòk wa David la, gen moun ki te jwenn fòmasyon pou yo “chante pou Jewova” nan kay li a e yo te konn fè louwanj pou li (1 Kwo. 25:7). Jodi a, n ap lite nan yon gè espirityèl kont Satan ak patizan l yo (Efe. 6:11-13). Anplis de sa, nou pran detèminasyon pou n fè tout sa n kapab pou n fè Jewova jwenn louwanj (Ebre 13:15, 16). Kidonk, menm jan ak moun ki t ap sèvi Bondye nan tan lontan yo, nou bezwen jwenn fòmasyon pou n ka reyisi. Jewova bay ansyen nan kongregasyon yo responsablite pou yo fòme lòt moun. Anvan yon ansyen ede yon frè ki pa gen anpil eksperyans vin gen yon seri kapasite, li kapab twouve l nesesè pou l pataje kèk panse ki soti nan Ekriti yo avè l yon fason pou l pouse kè l pi byen reyaji devan fòmasyon l pral resevwa a. — 1 Tim. 4:6. w15 15/4 2:1, 2.

Lendi 10 jiyè

[Jezi pral] detwi sila a ki gen mwayen pou l lakòz lanmò a, anpalan de Dyab la. — Ebre 2:14.

Sa pa vle di se Dyab la li menm ki touye tout moun. Sepandan, espri kriminèl li genyen an gaye nan monn nan. Anplis de sa, etandone Èv te kwè nan manti Satan an epi Adan te dezobeyi Bondye, sa vin lakòz peche ak lanmò blayi sou tout moun (Wom. 5:12). Nan sans sa a, Dyab la vin “gen mwayen pou l lakòz lanmò”. Se li menm Jezi te rele “asasen” an (Jan 8:44). Vrèmanvre, Satan se yon veritab ènmi pou nou! Lè nou opoze ak Satan, se pa kont li sèlman nou opoze, men, nou opoze tou ak tout moun ki pran pozisyon pou Satan nan kesyon ki gen rapò ak dwa Bondye genyen pou l dirije linivè a. Pami moun sa yo gen yon bon kantite lòt kreyati espirityèl rebèl, anpalan de demon yo (Rev. 12:3, 4). Byen souvan, demon yo konn montre kokennchenn pisans yo genyen an lè yo fè moun y ap toumante yo soufri anpil (Mat. 8:28-32; Mak 5:1-5). Nou pa dwe janm souzestime pisans ni zanj mechan sa yo ni “chèf demon yo” genyen an (Mat. 9:34). Nou pap janm ka genyen batay n ap fè kont Satan an si Jewova pa ede nou. w15 15/5 1:6, 7.

Madi 11 jiyè

Moun k ap fè imoralite seksyèl, moun k ap adore zidòl, moun k ap fè adiltè, gason ki dakò lòt gason kouche yo, gason k ap kouche ak gason, moun k ap vòlè, moun ki ava, moun ki bwasonyè, moun k ap joure moun, moun ki dechèpiyè pap benefisye Wayòm Bondye a. — 1 Kor. 6:9, 10.

Ki sa w ka fè si w ap lite ak tantasyon pou w fè fònikasyon? Ou bezwen rekonèt ou gen feblès sa a lakay ou (Wom. 7:22, 23). Ou bezwen priye Bondye pou l ba w fòs (Flp. 4:6, 7, 13). Ou bezwen evite tout sitiyasyon ki ka mennen w nan fònikasyon (Pwo. 22:3). Epi, lè tantasyon an vini, ou bezwen rejte l san pèdi tan (Jen. 39:12). Jezi kite yon kokennchenn egzanp pou nou nan fason l te reziste devan tantasyon. Li pa t kite Satan twonpe l ak pwomès li yo ni l pa t ret ap reflechi ak bon kote oswa move kote pwomès sa yo genyen. Olye de sa, san pèdi tan li te reponn: “Men sa ki ekri.” (Mat. 4:4-10). Etandone Jezi te konn Pawòl Bondye a, li te ka aji byen vit epi l te ka site kèk vèsè lè l t ap fè fas ak tantasyon. Pou n lite kont Satan epi pou n genyen, nou dwe evite tout tantasyon k ap fè n tonbe nan fònikasyon. w15 15/5 2:15, 16.

Mèkredi 12 jiyè

Se pou nou imite Bondye. — Efe. 5:1.

Kapasite n genyen pou n imajine kèk evènman nou pap viv la ka ede n imite sajès Jewova e l ka ede n gentan wè ki rezilta aksyon nou yo ka pote. Si Jewova vle, li kapab gentan konnen tout ti detay kèk aksyon ka pote. Se vre n pa gen nivo kapasite sa a pou n gentan wè bagay yo alavans, men, l ap bon pou n reflechi ak rezilta aksyon nou yo ka pote. Pou n imite sajès Bondye, l ap bon pou n reflechi oswa pou n menm chèche wè ki konsekans aksyon nou yo ka pote. Pa egzanp, si n ap frekante, l ap bon pou n rekonèt pouvwa dezi seksyèl genyen. Nou pa dwe janm fè plan oswa fè anyen ki ka met bèl relasyon nou gen ak Jewova a an danje! Olye de sa, annou aji ann amoni ak pawòl sa yo Bondye te fè ekri a ki di: “Moun ki entèlijan an wè malè a, li kouri kache, men moun ki pa gen eksperyans lan al pase e li dwe sibi konsekans lan.” — Pwo. 22:3. w15 15/5 4:10, 11.

Jedi 13 jiyè

Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l. — Mat. 5:28.

Sonje sa k te rive wa David. Bib la di: “Pandan [David] sou do kay la, li gade l wè yon dam k ap benyen.” (2 Sam. 11:2). David pa t vire je l ni l pa t fikse panse l sou lòt bagay. Sa te fè l vin anvi madanm yon lòt moun e sa te fè l tonbe nan adiltè ak fi a. Pou n ka lite kont panse imoral, nou bezwen “fè yon alyans ak je” nou menm jan Jòb yon moun fidèl te fè sa (Jòb 31:1, 7, 9). Nou dwe pran bonjan desizyon pou n gen kontwòl sou sa je n ap gade e pou n pa kite je n fè n vin gen anvi imoral pou lòt moun. Sa mande pou n pa ret ap gade imaj seksyèl ki parèt sou ekran òdinatè, sou pano piblisite, sou paj kouvèti yon liv oswa lòt kote ankò. Lè n ap lite kont move dezi, nou dwe aji san pèdi tan. Se pou n dispoze aplike konsèy Pawòl Bondye a ban nou, konsèy ki ka ede n evite fè sa k mal epi pou n rete pwòp. — Jak 1:21-25. w15 15/6 3:12-14.

Vandredi 14 jiyè

Pa kite nou tonbe anba tantasyon. — Mat. 6:13.

Lè n konsidere sa k te rive Jezi yon ti tan apre l te fin batize, sa ka ede n konprann enpòtans demann sa a ki di: “Pa kite nou tonbe anba tantasyon.” Lespri Bondye te mennen Jezi nan dezè a. Poukisa? Bib la di: “Pou Dyab la tante l.” (Mat. 4:1). Èske sa ta dwe fè n sezi? Non, nou pap sezi si n rive konprann rezon prensipal ki fè Bondye te voye Pitit gason l lan sou tè a. Se te pou l vin bay repons pou kesyon ki te vin soulve lè Adan ak Èv te rejte dwa Bondye genyen pou l dirije a. Kesyon sa yo te bezwen tan pou yo reponn yo. Pa egzanp, èske te gen yon bagay mal nan fason Bondye te kreye lèzòm nan? Èske l te posib pou yon moun pafè rive soutni dwa Bondye genyen pou l dirije a aktout “Mechan an” ap fè presyon sou li? Epi, èske lèzòm t ap viv pi byen si yo pa t anba otorite Bondye jan Satan te fè konn sa (Jen. 3:4, 5)? Te dwe gen tan ki pase pou kesyon sa yo jwenn repons, men, sa t apral pèmèt tout kreyati entèlijan yo konprann se fason Jewova ap dirije a ki pi bon. w15 15/6 5:12.

Samdi 15 jiyè

Lè sa a, pral gen yon gwo tribilasyon. — Mat. 24:21.

Ki jan gwo tribilasyon an pral kòmanse? Liv Revelasyon an fè konnen l ap kòmanse ak destriksyon “Gran Babilòn nan”. (Rev. 17:5-7.) Se pa ti apwopriye l apwopriye pou yo pale de tout fo relijyon yo kòm yon pwostitye! Rezon an se paske chèf relijye yo fè fònikasyon ak dirijan ki nan monn mechan sa a. Olye pou yo montre yo fidèl anvè Jezi ak Wayòm li an, yo pito soutni gouvènman lèzòm yo epi yo pase prensip Bondye yo anba pye jis pou yo ka gen pouvwa nan domèn politik. Fason yo konpòte yo a depaman nèt ak fason moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo konpòte yo, yo menm ki tankou yon vyèj k ap mennen yon vi pwòp (2 Kor. 11:2; Jak 1:27; Rev. 14:4). Men, kiyès ki pral detwi òganizasyon sa a ki tankou yon pwostitye? Jewova Dye pral met “lide l” nan kè ‘dis kòn bèt sovaj wouj vif’ la. Kòn sa yo reprezante tout pisans politik nan epòk nou an k ap soutni Nasyonzini yo ki se yon òganizasyon yo dekri kòm yon “bèt sovaj wouj vif”. — Rev. 17:3, 16-18. w15 15/7 2:3, 4.

Dimanch 16 jiyè

Nou chak di yon bagay. Gen nan nou ki di: “Mwen pou Pòl.” Genyen ki di: “Mwen pou Apolòs.” Gen lòt ki di: “Mwen pou Sefas.” E gen lòt ankò ki di: “Mwen pou Kris.” — 1 Kor. 1:12.

Ki fason yo te ka konbat move panse sa a? Men ki egzòtasyon Pòl te ba yo: “M ap ankouraje nou, frè m yo, [...] pou nou tout gen menm pawòl, pou pa gen divizyon nan mitan nou, men pou nou byen ini nan menm panse ak nan menm opinyon.” (1 Kor. 1:10, 11, 13). Menm jan an tou, pa dwe gen divizyon sou kèlkeswa fòm nan nan kongregasyon kretyen an (Wom. 16:17, 18). Pòl te ankouraje kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo fikse lespri yo sou sitwayènte yo pral jwenn nan syèl la olye yo fikse l sou bagay ki sou tè a (Flp. 3:17-20). Yo te dwe aji antanke anbasadè ki reprezante Kris. Anbasadè yo pa mele nan zafè peyi kote y ap sèvi a. Fidelite yo se pou peyi yo (2 Kor. 5:20). Menm jan an tou kretyen ki gen esperans pou yo viv sou tè a se moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a, donk, yo pa ka mele nan zafè monn nan. w15 15/7 3:9, 10.

Lendi 17 jiyè

Li te gen mizèrikòd, li te konn padone peche yo e li pa t detwi yo. Souvan, li te metrize tèt li e li pa t vide tout kòlè l sou yo. — Sòm 78:38.

Lè n reflechi sou vèsè sa a nou ka vin apresye lanmou ak sousi Jewova montre l gen pou nou. Nou mèt gen asirans Jewova vrèman gen sousi pou nou (1 Pyè 5:6, 7). Nou dwe bay Labib anpil enpòtans paske se sitou avè l Bondye sèvi pou l pale ak nou. Li enpòtan pou paran yo gen bon kominikasyon ak pitit yo yon fason pou youn ka fè lòt konfyans e pou youn vin gen plis lanmou pou lòt. Ki sa n dwe atann nan men Jewova? Byenke nou pa janm wè Jewova e n pa janm tande vwa l, li sèvi ak Pawòl li te fè ekri a pou l pale avè n e n bezwen koute l (Ezayi 30:20, 21). Antanke moun ki vwe lavi n bay Jewova, li vle ban nou direksyon e l vle pwoteje n kont danje. Li vle n konnen l epi pou n met konfyans nou nan li. — Sòm 19:7-11; Pwo. 1:33. w15 15/8 1:6, 7.

Madi 18 jiyè

Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. — Jak 4:8.

Byenke n swaf pou n viv nan Paradi ki gen pou vini an, pi gwo benediksyon nou pral jwi nan monn nouvo a se pral nan domèn espirityèl. Se pa ti satisfaksyon nou pral genyen lè n konnen non Jewova vin sen epi Jewova montre se li menm ki gen dwa pou l dirije (Mat. 6:9, 10)! Nou pral kontan anpil lè n wè objektif Jewova te gen okòmansman pou lèzòm ak tè a rive reyalize. Epi, eseye imajine jan l pral vin pi fasil pou n pwoche bò kot Jewova toutpandan n ap vin pafè pou jis nou rive atenn lapèfeksyon (Sòm 73:28)! Nou ka jwenn benediksyon sa yo paske Jezi ban nou asirans “pou Bondye, tout bagay posib”. (Mat. 19:25, 26.) Sepandan, si n ap tann pou n viv nan monn nouvo sa a epi pou n kontinye viv lontan apre Rèy mil an Kris la, nou dwe aji depi kounye a pou n ‘kenbe lavi ki pap janm fini an fèm’. (1 Tim. 6:19.) Nou bezwen viv toutpandan n ap tann destriksyon monn mechan sa a epi n bezwen aji depi kounye a pou n prepare n pou lavi nan monn nouvo a. w15 15/8 3:2, 3.

Mèkredi 19 jiyè

Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris. — Jan 17:3.

Pifò bagay medya nan monn nan ap pwodui yo se bagay ki ka reprezante yon danje pou kretyen yo nan domèn espirityèl. Yo pa fè bagay sa yo nan entansyon pou ede n vin gen plis lafwa nan Jewova ak nan pwomès li yo. Okontrè, bagay sa yo reflete monn mechan Satan an ansanm ak objektif li. Se sa k fè n bezwen pran anpil prekosyon pou n pa chwazi bagay ki ka fè n vin gen “dezi ki nan monn nan” (Tit 2:12). Kontrèman ak monn nan, sa òganizasyon Jewova a pwodui nan dènye jou sa yo ankouraje n viv yon fason k ap fè n jwenn lavi ki pap janm fini an. Se pa ti beni nou beni dèske n gen peryodik, bwochi, liv, videyo, ak sit Entènèt ki ede n pratike vrè adorasyon an! Anplis de sa, òganizasyon Bondye a pèmèt nou reyini regilyèman nan plis pase 110 000 kongregasyon sou tout tè a. Nan reyinyon sa yo, asanble yo ak kongrè yo, nou egzamine sijè ki baze sou Bib la ki fè n vin gen plis lafwa nan Bondye ak nan pwomès li yo. — Ebre 10:24, 25. w15 15/8 4:9, 11.

Jedi 20 jiyè

Konsyans yo ap rann temwayaj ansanm avèk yo. — Wom. 2:15.

Sèvitè Jewova yo vle fòme konsyans yo. Yo vle travay konsyans yo pou l vin ann amoni ak prensip Pawòl Bondye a bay konsènan sa ki bon ak sa ki mal. Yon konsyans ki byen fòme ap jwe yon gwo wòl nan pouse moun fè sa k bon anndan kongregasyon kretyen an. Sepandan, fòme konsyans nou antanke kretyen epi sèvi avè l pa sèlman yon aktivite mantal. Bib la fè yon lyen ant yon bon konsyans ak lafwa ak lanmou. Men sa Pòl te ekri: “Objektif enstriksyon sa a se pou nou ka gen yon lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, nan yon konsyans ki klè ak nan yon lafwa ki san ipokrizi.” (1 Tim. 1:5). Tank n ap fòme konsyans nou epi n ap koute l, se tank lanmou nou gen pou Jewova a ap grandi epi lafwa nou ap vin pi solid. Anfèt, fason nou sèvi ak konsyans nou montre nan ki nivo espirityalite nou ye, ki eta kè nou ak jis nan ki pwen nou anvi fè Jewova plezi. Vrèmanvre, vwa sa a nou gen anndan nou an montre ki kalite moun nou ye toutbon. w15 15/9 2:2, 3.

Vandredi 21 jiyè

Gade ki kalite lanmou Papa a montre l gen pou nou. — 1 Jan 3:1.

Se Jewova ki kreye tout moun (Sòm 100:3-5). Se rezon sa a ki fè Bib la rele Adan “pitit Bondye”, e Jezi te anseye disip li yo lè y ap priye pou yo pale ak Bondye antanke “Papa [yo] ki nan syèl la”. (Lik 3:38; Mat. 6:9.) Etandone Jewova se Sila ki kreye lavi a, li se Papa nou e konsa, relasyon ki egziste ant li menm avè n nan sanble ak relasyon ki egziste ant yon papa ak yon pitit. Yon fason senp, nou ka di Jewova renmen nou menm jan yon bon papa renmen pitit li. Natirèlman, papa imen yo pa pafè. Kèlkeswa efò yo fè, yo pap janm ka rive nan nivo Jewova demontre lanmou l antanke papa. Anfèt, gen kèk moun ki gen move souvni anrapò ak sitiyasyon yo t ap viv nan fanmi yo ki kite yon domaj afektif oswa mantal pou yo. Sa fè lapèn, sa tris, e sa menm terib. Nou kapab sèten Jewova pa tankou yon papa konsa (Sòm 27:10). Lè n konn fason Jewova montre l renmen nou e l pran swen nou, se sèten sa ap fè n vin pi pwòch li. — Jak 4:8. w15 15/9 4:3, 4.

Samdi 22 jiyè

Se Bondye ki fòtifye nou ann amoni ak sa ki fè l plezi, li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji. — Flp. 2:13.

Nou t ap montre n pa gen okenn lanmou ak okenn konfyans si n ta pran desizyon nou yo san n pa pran sa Bondye panse yo an konsiderasyon. Yon lè, nan epòk Samyèl la, Izrayelit yo te pèdi yon gwo batay kont Filisten yo. Pèp Bondye a te vrèman bezwen èd ak pwoteksyon. Ki sa yo te fè? Men sa yo te di: “Ann al pran lach alyans Jewova a nan Silo, pou l ka ansanm avèk nou e pou l ka sove nou anba men ènmi nou yo.” Ki jan bagay yo te fini? Bib la di: “Moun Filisti yo te touye anpil ladan yo. Yo te touye 30 000 sòlda apye pami Izrayelit yo. Mete sou sa, yo te pran Lach Bondye a.” (1 Sam. 4:2-4, 10, 11). Petèt sa te parèt kòmsi se chèche Izrayelit yo t ap chèche èd nan men Jewova lè yo te pran lach alyans Bondye a. Men, an reyalite, se pa direksyon Jewova yo t ap chèche, se te pwòp ide pa yo yo t ap suiv e bagay yo te fini mal pou yo. — Pwovèb 14:12. w15 15/9 5:16, 17.

Dimanch 23 jiyè

Ban nou plis lafwa. — Lik 17:5.

Ki lòt bagay nou ka fè pou n bati lafwa nou e pou n kontinye gen yon lafwa ki djanm? Pinga n kontante nou sèlman ak sa nou te aprann anvan nou te batize (Ebre 6:1, 2). Pran tan pou n reflechi sou pwofesi biblik ki deja reyalize yo, paske sa ka ban nou bonjan rezon pou n gen lafwa. Anplis de sa, nou kapab itilize Pawòl Bondye a pou n wè ki kalite lafwa nou genyen, konsa n ap wè si n gen yon lafwa ki djanm menm jan ak lafwa Bib la mande pou moun genyen an (Jak 1:25; 2:24, 26). Apot Pòl te fè kretyen parèy li yo konnen yo “chak [ka] jwenn ankourajman nan lafwa lòt”. (Wom. 1:12.) Lè n ansanm ak kretyen parèy nou yo, nou ka ede youn lòt vin gen plis lafwa sitou lè nou ansanm ak moun ki deja demontre lafwa malgre yo “sibi eprèv”. (Jak 1:3.) Move frekantasyon detwi lafwa moun, men, bon frekantasyon bati lafwa (1 Kor. 15:33). Se rezon sa a ki fè Bib la konseye n pou n pa abandone “reyinyon nou” yo. — Ebre 10:24, 25. w15 15/10 2:2, 8, 9.

Lendi 24 jiyè

Reflechi sou bagay sa yo, plonje nèt ladan yo. — 1 Tim. 4:15.

Nou bezwen tan pou n medite lè n ap prepare pou n al kondui yon etid biblik. Lè n panse ak chak etidyan, nou ka reflechi sou yon kesyon nou ka poze etidyan an pou n konn sa l panse, oswa yon egzanp k ap ede l pwogrese. Tan nou pase ap medite a ka vrèman ankourajan, paske lè n reflechi sou bagay konsa, sa fè lafwa n vin pi solid, sa ede n pi byen kondui etid biblik nou yo e n ap fè sa yon fason ki vivan. Se menm bagay la tou lè n ap prepare kè n pou n al nan predikasyon (Ezra 7:10). Lè n li yon chapit nan liv Travay la, sa ap fè n “pa neglije” travay predikasyon an e n ap chofe nan travay sa a. Lè n medite sou vèsè nou gen entansyon itilize jou sa a ak piblikasyon nou konte ofri yo, sa ap ede n fè travay nou ki se yon privilèj (2 Tim. 1:6). Panse ak moun yo nan tèritwa a ansanm ak sa k ka fè yo vin enterese nan mesaj nou an. Tout preparasyon sa yo ap pouse n bay temwayaj yon fason ki “demontre pisans lespri a” ki soti nan Pawòl Bondye a. — 1 Kor. 2:4. w15 15/10 4:9.

Madi 25 jiyè

Si se je dwat ou k ap fè w peche, rache l. — Mat. 5:29.

Mande tèt ou: ‘Ki sa k ka fè pitit mwen anvi gade pònografi? Èske l konn rezon ki fè se yon gwo danje sa ye? Èske l ap santi l alèz pou l vin kote m pou m ede l si l ta anvi gade pònografi?’ Menm lè timoun ou yo piti anpil, ou ka di yo: “Si yon jou je n tonbe sou yon sit imoral e nou santi n anvi gade sa k sou li, tanpri, vin pale avè m. Nou pa bezwen wont, m vle ede n.” Bon konprann ap ede w byen chwazi kalite divètisman w ap pran tou. Men sa yon papa ki rele Pranas fè konnen: “Antanke paran, chwa nou fè nan domèn mizik, fim oswa liv ap montre fanmi an sa l dwe chwazi. Ou ka pale sou anpil bagay, men, se sa pitit ou wè w fè y ap imite.” Si pitit ou wè w pran san w pou w chwazi divètisman ki pwòp, se sèten y ap anvi fè menm jan avè w. — Wom. 2:21-24. w15 15/11 1:12-14.

Mèkredi 26 jiyè

M ap fè w gen bon konprann e m ap fè w konnen ki chemen pou w pran. — Sòm 32:8.

Kounye a, frè yo vin met plis aksan sou temwayaj an piblik nan estasyon bis, estasyon tren, pakin, sou plas piblik ak nan mache. Si w yon ti jan pè lè w ap patisipe nan youn nan fòm predikasyon sa yo li ta bon pou w reflechi seryezman sou kòmantè frè Angelo Manera Jr, yon frè k ap sèvi kòm siveyan sikonskripsyon depi plizyè ane, te fè: “Nou konsidere chak nouvo fòm sèvis kòm yon lòt fason pou n sèvi Jewova, kòm yon lòt fason pou n montre n fidèl anvè l, kòm yon lòt eprèv pou fidelite nou, e n chofe pou n montre n dispoze sèvi l nenpòt fason l mande.” Lè n patisipe nan yon nouvo fòm sèvis petèt nou pa fin alèz ladan l, sa ap ede n vin gen plis konfyans ak plis lafwa nan Jewova, konsa, n ap vin pi pwòch ak Jewova (2 Kor. 12:9, 10). Gen anpil pwoklamatè ki kontan ankouraje moun al sou sit Entènèt jw.org la. Grasa sit la, moun yo rive tande bon nouvèl la menm nan zòn ki byen lwen yo. w15 15/11 5:12, 13, 15.

Jedi 27 jiyè

Menm jan fè file fè, se konsa tou yon moun ka ede yon zanmi l vin pi bon. — Pwo. 27:17.

Anvan sa, Tradiksyon monn nouvo ann anglè a te konn sèvi ak mo “Cheyòl” la nan kèk vèsè tankou Eklezyas 9:10 menm jan ak kèk lòt Bib anglè. Men ki jan moun te konn li vèsè sa a: “Pa gen ni travay, ni pwojè, ni konesans, ni sajès nan cheyòl la, kote w prale a.” Men pwoblèm anpil moun k ap tradui nan lòt lang ki pa anglè te jwenn: Pifò nan moun ki pral li tradiksyon sa yo pa konn mo “Cheyòl” la, li pa nan okenn diksyonè yo genyen epi l sanble ak non kèk zòn. Se sa k fè, pou edisyon revize 2013 la, yo te jwenn pèmisyon pou yo tradui sans mo “Cheyòl” la ak mo grèk “Adès” la ki koresponn avè l la yon fason ki klè e yo mete “Tonm” nan plas yo. Anplis de sa, yo te ranplase ekspresyon anglè ki la lontan yo e yo te fè bonjan efò pou yo tradui tèks la yon fason ki klè, ki fasil pou moun konprann e anmenmtan ki egzak. Tradiksyon Labib ki te deja fèt nan lòt lang yo te ede Komite a rafine tèks anglè a. w15 15/12 2:10, 12.

Vandredi 28 jiyè

Byennere moun ki pran ka moun ki ba yo. Jewova ap delivre l nan jou malè a. Jewova ap pwoteje l, l ap fè l ret vivan. — Sòm 41:1, 2.

Si nou malad, nou ka konte sou Bondye pou n jwenn rekonfò, sajès ak èd menm jan vrè adoratè Bondye yo te fè sa nan tan lontan. Sepandan, nou konnen, nan epòk David la, yon moun ki te demontre konsiderasyon pou yon moun ki ba pa t ap kontinye viv pou toutan. Kidonk, lè David te ekri pawòl ki pi wo a, li pa t vle di moun sa a ki demontre konsiderasyon an t ap gen pou l kontinye viv grasa yon mirak e pou l jwenn lavi ki pap janm fini an. Sanble pawòl enspire sa yo ta vle di Bondye ap ede moun fidèl ki demontre konsiderasyon an. Sa k fè sa? Se paske David te di: “Jewova ap ede l pandan l kouche sou kabann li tou malad. L ap pran swen l pandan l malad la.” (Sòm 41:3). Wi, yon moun ki te demontre konsiderasyon pou yon moun ki ba te kapab sèten Bondye konnen l e l wè bon aksyon li fè yo. Epi kapasite kò l genyen pou l geri poukont li a t ap pèmèt moun sa a pote l byen jis li refè nèt anba maladi l la. w15 15/12 4:7.

Samdi 29 jiyè

Sonje moun ki nan prizon yo. — Ebre 13:3.

Nan vèsè sa a, apot Pòl pa t ap pale de nenpòt kalite prizonye. Li t ap pale de frè yo te met nan prizon akoz lafwa yo. Pòl li menm te gentan gen katran nan prizon nan moman l t ap ekri pawòl sa yo voye bay kretyen ebre yo (Flp.1:12-14). Li te felisite frè yo dèske yo te montre yo “gen kè sansib pou frè ki nan prizon yo”. (Ebre 10:34.) Kretyen ebre sa yo pa t la fizikman ak Pòl. Donk, ki fason yo t ap ka kontinye sonje l? Yo te ka fè sa grasa priyè yo te konn fè pou li (Ebre 13:18, 19). Jodi a, menm jan an tou, nou gendwa pa ansanm ak frè nou yo ki nan prizon. Nou gendwa pa ka ba yo èd ki pratik Temwen k ap viv toupre prizon an ka ba yo. Men, nou ka montre nou gen tandrès ak afeksyon pou frè yo lè n toujou sonje moun fidèl sa yo, lè n priye pou yo ak lè n kontinye sipliye Jewova pou yo. w16.01 1:13, 14.

Dimanch 30 jiyè

Lespri a li menm ansanm ak lespri pa nou bay temwayaj nou se pitit Bondye. — Wom. 8:16.

Okòmansman, objektif Bondye se te pou lèzòm viv pou toutan sou tè a (Jen. 1:28; Sòm 37:29). Zafè chwazi kèk moun pou al nan syèl pou dirije antanke wa ak prèt la pa t ladan l. Li se yon dispozisyon espesyal. Lè Bondye chwazi yon moun, apèl sa a vin lakòz yon gwo chanjman nan fason moun nan panse, nan fason l wè bagay yo ak nan esperans li genyen (Efe. 1:18). Men, ki jan yon moun fè konnen l gen esperans pou l al nan syèl, sa vle di l resevwa apèl sa a? Yon fason klè, nou jwenn repons lan nan pawòl Pòl te di frè Bondye te chwazi nan vil Wòm yo anpalan de “moun yo [te] rele pou vin sen yo”. Men sa l te di yo: “Nou pa t resevwa yon lespri ki fè nou vin esklav e ki fè nou vin pè ankò, men nou resevwa yon lespri ki pèmèt Bondye adopte nou antanke pitit li, e se lespri sa a ki fè n ap di byen fò: ‘O Papa, Papa!’” (Wom. 1:7; 8:15). Yon fason senp, nou ka di pa mwayen lespri sen l, Bondye fè moun sa a konnen byen klè li envite l pou l vin patisipe nan dispozisyon l pran pou Wayòm nan. — 1 Tes. 2:12. w16.01 3:8, 9.

Lendi 31 jiyè

Okipe pwòp zafè nou. — 1 Tes. 4:11.

Ki jan n ka montre nou gen bonjan respè pou moun Jewova chwazi pou al nan syèl yo? Nou pap poze yo kesyon konsènan apèl yo a. Konsa, nou pap chèche mele nan sa k pa regade nou (2 Tes. 3:11). Nou pa dwe panse paran moun sa yo, konjwen yo oswa lòt moun nan fanmi yo se moun Bondye chwazi pou al nan syèl tou. Esperans sa a pa yon eritaj fanmi yon moun oswa moun li marye avè l la kite pou li (1 Tes. 2:12). Anplis de sa, nou dwe goumen kont anvi nou genyen pou n poze konjwen moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo kesyon konsènan fason yo santi yo lefètke yo konnen yo pral viv san konjwen yo nan Paradi ki pral gen sou tè a. Olye pou n nan poze yo kesyon ki ka lakòz yo tris, nou tout kapab gen konfyans Jewova pral ouvri men l epi l ap “bay tout sa k vivan sa yo bezwen”. (Sòm 145:16.) Moun ki byen aji anvè kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pwoteje tèt yo kont yon gwo danje anpalan de “fo frè” ki pretann yo se moun Bondye chwazi. — Gal. 2:4, 5; 1 Jan 2:19. w16.01 4:10, 11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje