Out
Madi 1ye out
Èske Jij tout tè a pap fè sa ki jis? — Jen. 18:25.
Piske Abraram te toujou obeyi Jewova menm nan bagay ki toupiti, relasyon yo te genyen antanke zanmi an te vin pi sere. Li te santi li te kapab pale de nenpòt bagay avèk Jewova, e l te ka menm mande l èd pou l rezoud pwoblèm ki difisil. Pa egzanp, lè Jewova te di li pral detwi vil Sodòm ak vil Gomò, sa te enkyete Abraram. Poukisa? Li te pè pou ni moun ki bon, ni moun ki mechan pa mouri ansanm. Petèt li t ap bay tèt li pwoblèm pou Lòt, neve l, ak fanmi Lòt, ki t ap viv nan vil Sodòm. Abraram te gen konfyans nan Jewova, “Jij tout tè a”. Se sa k fè, avèk imilite, li te pale ak Jewova sou sa k t ap enkyete l la. Jewova te gen pasyans ak zanmi l lan, e l te montre l li se yon Bondye ki gen mizèrikòd. Jewova te esplike l menm lè l ap fè jijman l, li chèche moun ki bon yo e li pwoteje yo (Jen. 18:22-33). Li klè, tout konesans ak eksperyans Abraram te vin genyen yo te ede l fè relasyon l te gen ak Jewova antanke zanmi an vin pi sere. w16.02 1:11, 12.
Mèkredi 2 out
Se pou Jewova temwen ant ou menm avè m, ant desandans pa w ak desandans pa m pou toutan. — 1 Sam. 20:42.
An jeneral, nou renmen moun ki fidèl. Men, èske nou renmen Jonatan sèlman paske l te fidèl ak David? Non. Pou Jonatan, fidelite l ak Jewova se sa k te pi enpòtan nan lavi l. An reyalite, se rezon sa a ki fè l te ret fidèl ak David byenke l te konnen se David ki t apral vin wa, se pa li menm. Mesye sa yo te nonsèlman fidèl youn ak lòt, men, yo te fidèl ak Jewova. Yo te respekte pwomès yo te fè a. Nou menm tou nou bezwen fidèl ak fanmi nou, zanmi nou e ak frè ak sè n yo nan kongregasyon an (1 Tes. 2:10, 11). Men, sa k pi enpòtan an, nou dwe fidèl ak Jewova. Se li menm ki ban nou lavi (Rev. 4:11)! Lè n fidèl ak Jewova n ap jwenn bonjan kè kontan e lavi nou ap gen yon sans. Sepandan, nou konnen nou dwe fidèl ak Jewova menm nan moman ki difisil. w16.02 3:3, 4.
Jedi 3 out
Dànyèl te byen deside nan kè l pou l pa kontamine tèt li. — Dàn. 1:8.
Yon jèn ki gen matirite pap abandone kwayans li yo menm lè l nan sitiyasyon difisil. Sa vle di, li pap tankou zanmi Bondye lè l nan Sal Wayòm nan epi li tankou zanmi monn nan lè l nan lekòl li. L ap ret fidèl menm lè l jwenn eprèv (Efe. 4:14, 15). Nòmalman, pa gen pèsonn ki pafè. Ni jèn yo ni moun ki gran yo konn fè erè pafwa (Ekl. 7:20). Sepandan, si w vle batize, li vrèman saj pou w chèche wè jis nan ki pwen w detèmine pou w obeyi kòmandman Jewova yo. Mande tèt ou: ‘Èske m gen yon bon kantite tan depi m ap obeyi Jewova?’ Fè yon ti reflechi ak fason w te reyaji dènye fwa lafwa w te pase anba eprèv. Èske w ka deside ki sa bon bagay pou w fè yo ye? Menm jan ak Dànyèl, èske yon moun te ankouraje w sèvi ak kapasite w genyen yo nan monn Satan an? Lè w ap fè fas ak yon tantasyon konsa, èske w ka konprann ki sa volonte Jewova ye? — Efe. 5:17. w16.03 1:7-9.
Vandredi 4 out
Jou sa yo se pral jou kote ap gen yon tribilasyon ki poko janm rive depi nan kòmansman kreyasyon Bondye fè a rive jis kounye a. — Mak 13:19.
N ap viv nan “dènye jou yo” e talè konsa nou pral viv yon epòk tribilasyon ki pa sanble ak okenn lòt epòk (2 Tim. 3:1). Mete sou sa, yo te pimpe Satan ak demon l yo sou tè a, kòm rezilta, lèzòm vin ap soufri anpil (Rev. 12:9, 12). N ap obeyi kòmandman Jezi te bay pou n preche plis moun toujou nan pi plis lang posib toupatou sou tè a! Pou n jwenn benediksyon nan men Bondye, nou bezwen byen suiv tout enstriksyon Bondye ban nou pa mwayen kongregasyon kretyen an. Si n obeyisan depi kounye a, l ap pi fasil pou n suiv enstriksyon nou pral resevwa pandan “gwo tribilasyon” an lè tout monn mechan Satan ap dirije a pral detwi nèt (Mat. 24:21). Apre sa, n ap bezwen nouvo enstriksyon k ap ede n viv nan monn nouvo a. w16.03 4:16, 18.
Samdi 5 out
Gen krikèt ki sot nan lafimen an. — Rev. 9:3.
Nan yon vizyon apot Jan te fè nan premye syèk la, li te wè sèt zanj k ap sonnen twonpèt. Apre senkyèm zanj lan te fin sonnen twonpèt pa l la, Jan te wè “yon zetwal ki sot nan syèl la ki tonbe sou tè a”. “Zetwal” sa a te sèvi ak yon kle pou l ouvè yon pòt ki mennen nan yon pi fènwa ki san fon. Toudabò, lafimen te sot nan pi a epi, apre sa, yon pakèt krikèt te sot nan lafimen an. Krikèt yo pa t atake pyebwa yo oswa plant yo, men, yo te atake moun ki “pa gen so Bondye a sou fwon yo”. (Rev. 9:1-4.) Jan te konnen yon pakèt krikèt ka fè anpil ravaj jan sa te deja fèt ann Ejip nan epòk Moyiz la (Egz. 10:12-15). Krikèt Jan te wè yo reprezante kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo k ap preche yon kokennchenn mesaj kont fo relijyon. Epi, gen plizyè milyon lòt moun ki gen espwa pou yo viv sou tè a ki vin met ansanm ak yo. De gwoup moun sa yo ap kolabore ansanm nan travay predikasyon an. Travay sa a ede anpil moun kite fo relijyon epi soti anba men Satan. w16.03 3:3.
Dimanch 6 out
Ouvri je m pou m ka wè Bèl bagay ki gen nan lwa w yo byen klè. — Sòm 119:18.
Pou yon ansyen rive wè jis nan ki pwen verite Wayòm nan gen enfliyans sou fason yon frè ki pa gen anpil eksperyans panse ak fason l aji, ansyen an gendwa mande l: ‘Ki jan ve w te fè bay Jewova a chanje fason w ap itilize lavi w?’ Kesyon sa a ka mennen nan yon bèl konvèsasyon konsènan fason n ka bay Jewova yon sèvis sakre ak tout kè n (Mak 12:29, 30). Petèt ansyen an ka fè yon priyè nan fen yon konvèsasyon konsa pou l mande Jewova pou l bay frè a lespri sen l bezwen pou fòmasyon l lan vin konplè. Se pa ti ankouraje frè a ap santi l ankouraje lè l tande ansyen an k ap priye Jewova ak tout kè l pou li! Nan premye faz fòmasyon an, yon ansyen ka egzamine kèk istwa biblik ki ka ede moun l ap fòme a wè jan l enpòtan pou l montre l vle aprann, pou l montre l se yon moun k ap aplike sa ansyen an di l epi pou l montre l gen imilite (1 Wa 19:19-21; Ney. 7:2; 13:13; Tra. 18:24-26). Menm jan angrè enpòtan pou tè a, se konsa tou, li enpòtan anpil pou moun w ap bay fòmasyon an gen kalite sa yo. Sa ap pèmèt li pwogrese pi vit nan domèn espirityèl e sa ap ‘ouvri je l’ pou l wè ‘bèl bagay’ ki nan Pawòl Bondye a. w15 15/4 2:3, 4.
Lendi 7 out
Pwoche bò kote Bondye. — Jak 4:8.
Si w vle vin pwòch ak Jewova, li enpòtan pou w kominike avè l regilyèman. Ki jan w ka kominike ak Bondye? Ou pale ak Jewova chak fwa w priye l (Sòm 142:2). Epi, lè w li Pawòl li te fè ekri a regilyèman epi w medite sou li, se kòmsi w te kite Jewova pale avè w (Eza 30:20, 21). Lè w presi nan sa w ap di nan priyè w yo, w ap vin pi konsyan Jewova reponn priyè sa yo menmsi repons yo pa fin parèt twò klè. Lè w konsyan Jewova reponn priyè w sa ap fè l vin pi reyèl pou ou. Anplis de sa, plis ou di Jewova sa w santi toutbon se plis l ap vin pwòch avè w. Se pandan tout vi n n ap bezwen travay pou n gen yon relasyon sere ak Jewova. Nou dwe fè efò pou n pwoche bò kote Bondye si n vle l pwoche bò kote nou tou. Kidonk, ann pran detèminasyon pou n kominike regilyèman ak Bondye pa mwayen etid nou fè nan Bib la ansanm ak lapriyè. Kòm rezilta, relasyon nou gen ak Jewova a k ap vin pi solid ap pèmèt nou andire anba eprèv. w15 15/4 3:3, 14, 16.
Madi 8 out
Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun. — 1 Pyè 5:8.
Se pa ti byen dekri vèsè sa a byen dekri tandans Satan genyen pou l aji san pitye a! Aktout Satan deja gen lemonnantye anba pouvwa l, li bezwen manje plis moun toujou. Entansyon Satan se devore pèp Jewova a. Kokennchenn pèsekisyon li lage dèyè disip Jezi yo depi nan premye syèk la pou rive jis jounen jodi a bay prèv ki montre l san pitye. Yon lyon ki grangou anpil pa gen okenn pitye pou bèt l ap pousuiv la. Li pap gen okenn konpasyon pou bèt la anvan l touye l e l pap regrèt anyen apre l fin touye l. Nan menm sans lan, Satan montre l pa gen okenn pitye pou moun l ap chèche devore yo. Pa egzanp, fè yon ti reflechi ak kantite fwa Satan Ledyab dwe te konn ap veye pou l fè Izrayelit yo tonbe nan kèk peche tankou fònikasyon ak ava. Lè w li sa Bib la di konsènan konsekans terib imoralite Zimri te fè a te lakòz ak sa k te rive lefètke Geyazi te ava, nan yon sans, èske w pa wè fason lyon k ap gwonde a te kontan pou viktwa sa yo li te ranpòte a? — Nonb 25:6-8, 14, 15; 2 Wa 5:20-27. w15 15/5 1:8, 9.
Mèkredi 9 out
Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. — Jak 4:7.
Ki jan n ka lite kont Satan epi pou n genyen? Jezi te di disip li yo: “Grasa andirans nou, n ap gen lavi.” (Lik 21:19). Pa gen anyen kèlkeswa moun nan ka fè ki ka lakòz nou soufri pou toutan. Pèsonn pa ka fè n pèdi bèl amitye nou gen ak Bondye a anwetan nou menm (Wom. 8:38, 39). Menm lè sèvitè Jewova yo ta mouri sa pap yon viktwa pou Satan paske Jewova ap asire l sèvitè sa yo resisite (Jan 5:28, 29)! Yon lòt bò, wè pa wè, sa ap fini mal pou Satan. Apre Jewova fin detwi sistèm Satan an ki san respè pou Jewova, yo pral lage Satan nan twou san fon an pou 1 000 an (Rev. 20:1-3). Nan fen Rèy mil an Jezi a, yo pral “libere Satan nan prizon an” pou yon tikras tan yon fason pou l eseye twonpe limanite ki vin pafè yon dènye fwa. Apre sa, y ap detwi Dyab la (Rev. 20:7-10). Satan gen pou l detwi kanmenm, men, se pa ka pa w! Kidonk, kenbe tèt ak Satan epi rete fèm nan lafwa (1 Pyè 5:9). Ou ka lite ak Satan e w ka genyen! w15 15/5 2:1, 18.
Jedi 10 out
Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa. — Pwo. 22:3.
Yon moun ki entèlijan ap rann li kont kapasite l genyen pou l imajine a kapab tankou dife. Si yo byen sèvi ak dife, li kapab itil anpil, pa egzanp pou fè manje. Men, lè yo pa gen kontwòl li, li ka lakòz moun mouri, li ka boule yon kay rapyetè epi l ka touye tout moun nan kay la. Menm jan an tou, kapasite n genyen pou n imajine a itil nou lè l ede n imite Jewova. Sepandan, si se bagay ki imoral sèlman n ap imajine sa ka fè n ditò. Pa egzanp, si n gen abitid reflechi ak bagay ki ka lakòz nou peche, sa ka pouse n aji ann amoni ak panse sa yo. Kidonk, si n pran plezi ap panse ak bagay ki imoral sa ka lakòz nou mouri nan domèn espirityèl (Jak 1:14, 15)! Jezi te avèti nou kont danje ki ka genyen lè n ap plede panse ak bagay ki imoral. Li te di: “Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” — Mat. 5:28. w15 15/5 4:11, 12, 14.
Vandredi 11 out
Se pitit lèzòm yo mwen te pi renmen. — Pwo. 8:31.
Jezi te bay anpil prèv ki montre jan l vrèman gen sousi pou lèzòm toupatou kote l te konn preche yo. Pa egzanp, yon lè, li te rankontre yon sitiyasyon ki te tris anpil (Mak 1:39, 40). Gen yon mesye ki te gen lèp, yon maladi ki repiyan, ki te vin jwenn li. Pou Lik ki te yon doktè te esplike jis nan ki pwen mesye a te malad, li te pale de li kòm yon moun ki “chaje ak lèp”. (Lik 5:12.) Bib la di: “Lè mesye [ki te gen lèp la] wè Jezi, li lage kò l fas atè, epi li sipliye l, li di: ‘Seyè, depi w vle, ou ka geri m.’” Mesye a te konnen Jezi te gen pisans pou l geri l e l pa t gen okenn dout sou sa, men, li te sèlman bezwen konnen si Jezi te vle fè sa. Ki fason Jezi t apral reyaji fas ak demann sa a mesye a te fè ak tout kè l la? Jezi te lonje men l, li touche mesye ki gen lèp la epi, avèk tandrès e nan yon ton ki fèm, li te di l: “Wi, mwen vle. Ou geri.” Epi, “lèp la disparèt sou mesye a”. (Lik 5:13.) Vrèmanvre, Jezi te montre jis nan ki pwen l renmen moun. — Lik 5:17. w15 15/6 2:3-5.
Samdi 12 out
Yon moun ki met kò l apa [...] refize aji avèk sajès. — Pwo. 18:1.
Lè n met kouraj sou nou pou n chèche bonjan konsèy nan men yon kretyen ki gen matirite sa ka anpeche n jistifye move dezi n genyen yo (Ebre 3:12, 13). Lè n pale ak yon kretyen ki gen matirite e ki espirityèl konsènan feblès nou yo sa ka ede n wè ki kote n bezwen fè chanjman. Sa ka ede n fè chanjman ki nesesè yo yon fason pou n rete nan lanmou Jewova. Ansyen yo pi byen kalifye pou ede n (Jak 5:13-15). Si se gade pònografi, yon abitid ki pa pwòp, ki ta pouse n gen kèlkeswa move dezi, li enpòtan pou n chèche èd. Plis nou pran tan pou n chèche èd se plis risk pou move dezi yo vin ‘nouri opwen pou yo bay peche’ a ap vin pi plis, sa ki ka fè lòt moun soufri epi l ka lage vèni sou non Jewova. Anvi nou genyen pou n fè Jewova plezi epi pou n kontinye rete nan kongregasyon kretyen an pouse anpil nan sèvitè Jewova yo aksepte èd avèk amou. — Jak 1:15; Sòm 141:5; Ebre 12:5, 6. w15 15/6 3:15-17.
Dimanch 13 out
Jou sa a, chak pwofèt pral wont vizyon y ap rakonte lè y ap pwofetize. Yo pap met rad ki fèt ak plim bèt sou yo pou yo ka twonpe moun. — Zak. 13:4.
Èske tout moun ki nan relijyon yo pral mouri lè yo detwi Gwo Babilòn nan? Sanble repons lan se non. Sanble ap menm gen kèk nan chèf relijye yo ki pral vire do bay relijyon e ki pral di yo pa t janm fè pati fo relijyon sa yo (Zak. 13:5, 6). Ki fason pèp Bondye a pral chape nan moman sa a? Men sa Jezi fè konnen: “An reyalite, si yo pa t retire nan jou sa yo, pa gen moun ki t ap sove. Men, poutèt moun Bondye chwazi yo, y ap retire nan jou sa yo.” (Mat. 24:22). Nan ane 66 epòk nou an, yo te “retire nan jou” tribilasyon an. Sa te pèmèt “moun Bondye chwazi yo”, anpalan de kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, kouri kite vil la ak zòn ki te ozalantou yo. Menm jan an tou, akoz “moun Bondye chwazi yo”, yo pral “retire nan jou” evènman ki pral deklannche gwo tribilasyon ki gen pou vini an. “Dis kòn” yo pap gen posiblite pou yo detwi pèp Bondye a (Rev. 17:16). Olye de sa, ap gen yon moman kalmi. w15 15/7 2:5, 6.
Lendi 14 out
Dyab la vin tante l. — Mat. 4:3.
Se chak moun ki pou deside si l ap tonbe anba tantasyon oswa si l pap tonbe anba tantasyon (Mat. 6:13; Jak 1:13-15). Jezi li menm te rejte chak tantasyon Satan yo san pèdi tan lè l te fè referans ak Pawòl Bondye a. Konsa, Jezi te defann dwa Bondye genyen pou l dirije a, yon dwa ki jis. Sepandan, Satan pa t bay legen. Li te ret tann “yon lòt bon okazyon”. (Lik 4:13.) Jezi te kontinye reziste kont tout efò Satan t ap fè pou l kraze entegrite l. Sepandan, Satan ap eseye pran disip Jezi yo nan pyèj san wete ou menm. Etandone kesyon ki gen rapò ak dwa Jewova genyen pou l dirije a toujou bezwen jwenn yon repons, Jewova pèmèt Sila ki konn tante moun nan sèvi ak monn sa a pou l tante nou. Bondye pap kite n tonbe anba tantasyon. Okontrè, li fè n konfyans e l vle ede n. Sepandan, etandone l respekte libète nou genyen pou n deside a, li pa anpeche n tonbe anba tantasyon yon fason ki otomatik. Nou dwe fè de bagay ki se: kontinye veye nan domèn espirityèl epi pèsevere nan lapriyè. w15 15/6 5:13, 14.
Madi 15 out
Nan okenn fason, nou pap bay okenn okazyon pou moun bite, pou yo pa kritike sèvis nou an. — 2 Kor. 6:3.
Kretyen yo dwe fòme lespri yo ak konsyans yo pou yo reyaji yon fason ki apwopriye lè gen kèk kesyon ki soulve konsènan netralite (Wom. 14:19). Ann pran egzanp Mirjeta ki soti nan yon zòn nan ansyen Yougoslavi a. Toutpandan l t ap grandi, yo te aprann li rayi moun peyi Sèbi yo. Lè l te vin aprann Jewova pa gen patipri e se Satan ki lakòz pwoblèm rasis, li te fè anpil efò pou l rejte santiman nasyonalis li te genyen an. Sepandan, lè te vin gen vyolans rasyal nan zòn bò lakay li, lahèn li te genyen an te kòmanse parèt ankò, sa ki te vin lakòz li difisil pou l preche moun peyi Sèbi yo. Sepandan, li te rann li kont li pa ka ret de bra kwaze epi pou l gen espwa vye santiman sa yo ap annik rete yo disparèt. Li te sipliye Jewova pou ede l fè fas ak difikilte sa a. Men sa l di: “M rann mwen kont lè m ret konsantre nan ministè a se pi bon èd m te ka jwenn. Lè m ap preche mwen eseye imite lanmou Jewova, e m wè jan panse negatif mwen yo ap disparèt.” w15 15/7 3:11-13.
Mèkredi 16 out
Je Jewova ap pwonmennen sou tout tè a, L ap chèche moun k ap sèvi l ak tout kè yo pou l ka itilize fòs li an favè yo. — 2 Kwo. 16:9.
Fè yon ti reflechi ak Yewochafat ki te wa peyi Jida. Yon lè, Yewochafat pa t montre l saj lè l te aksepte akonpaye Ahab, ki te wa peyi Izrayèl, nan yon batay. Byenke te gen 400 fo pwofèt ki te bay Ahab asirans l ap reyisi, Mikaya, vrè pwofèt Jewova a te gentan fè l konnen l ap echwe. Ahab te mouri nan batay la, e Yewochafat te manke mouri. Lè l retounen Jerizalèm, li te jwenn reprimann poutèt li te akonpaye Ahab nan batay la. Aktout sa, men sa Yewou, pitit gason Anani an, mesye ki te konn fè vizyon an, te di l: “Bondye wè ou gen kèk bon bagay nan ou.” (2 Kwo. 18:4, 5, 18-22, 33, 34; 19:1-3). Se vre Yewochafat te fè yon move aksyon, men, Jewova te wè bon bagay li te fè yo tou (2 Kwo. 17:3-10). Istwa biblik sa a fè n sonje malgre nou enpafè Jewova ap toujou renmen n si n chèche fè l plezi ak tout kè n. w15 15/8 1:8, 9.
Jedi 17 out
Di yo pou yo travay pou sa ki byen [...] dekwa pou yo ka kenbe lavi toutbon an fèm. — 1 Tim. 6:18, 19.
Ki fason nou ka prepare n depi kounye a pou lavi nan monn nouvo a? Ebyen, ann sipoze n ap planifye pou n al viv nan yon lòt peyi. Ki fason n te ka prepare n pou chanjman sa a? Nou ta gendwa kòmanse aprann lang moun nan peyi a pale a. Chèche konn koutim moun yo t ap bon tou. Nou te ka goute kèk nan manje peyi a. Nan yon sans, nou t ap kòmanse viv kòmsi n te deja abite nan peyi sa a. Dayè, se konsa n atann nou pral viv yonfwa n rive nan peyi a. Menm jan an tou, nou kapab prepare n pou lavi nan monn nouvo a lè n fè tout sa n kapab pou n viv depi kounye a jan nou atann nou pral viv nan monn nouvo a. Gen kèk moun ki gendwa met aksan sou endepandans yo e ki gendwa renmen ensiste sou preferans pèsonèl yo, men, ki rezilta sa bay? Lefètke yo pa aksepte direksyon Bondye, sa lakòz soufrans, mizè e menm katastwòf (Jer. 10:23). Se pa ti tann n ap tann moman kote tout moun pral soumèt yo anba direksyon plen lanmou Jewova ap bay la! w15 15/8 3:4, 5.
Vandredi 18 out
Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan. — 2 Kor. 6:14.
Li sitou enpòtan pou kretyen selibatè ki vle marye yo veye sou frekantasyon yo. Bib la ankouraje sèvitè Bondye k ap chèche konjwen yo pou yo marye ‘sèlman ak moun ki nan Seyè a’, sa vle di, pou yo marye sèlman ak yon adoratè Jewova ki vwe lavi l bay Jewova, ki batize e k ap viv ann amoni ak sa Bib la anseye (1 Kor. 7:39). Lè kretyen yo marye ak kwayan parèy yo, sa pèmèt yo vin gen yon konpayon ki vwe lavi l bay Jewova e k ap ede yo kenbe entegrite yo. Jewova konn sa k pi bon pou sèvitè l yo e l pa janm sispann fè yo konn pwennvi l sou kesyon maryaj. Remake ki kòmandman byen klè li te bay Izrayelit yo pa mwayen Moyiz. Anrapò ak moun ki t ap viv nan nasyon ki te ozalantou yo, yon seri moun ki pa t ap sèvi Jewova, Moyiz te di Izrayelit yo: “Nou pa dwe marye avèk yo. [...] Paske, y ap detounen pitit nou yo, y ap fè yo sispann suiv mwen pou y al sèvi lòt dye.” — Det. 7:3, 4. w15 15/8 4:12, 13.
Samdi 19 out
Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo, dekwa pou nou ka san defo e pou nou pa tounen yon obstak pou lafwa lòt moun. — Flp. 1:10.
Ki jan n ka fòme konsyans nou? Kèk bon fason nou ka fè sa se lè n etidye Labib regilyèman epi n priye sou sa n ap etidye a, lè n medite sou sa nou li a epi, annapre, nou met sa n aprann nan an pratik. Sa klè, sa enplike plis bagay pase annik gen konesans epi aprann kèk règ. Tikras pa tikras, etid nou fè nan Bib la ta dwe fè n gen yon ide ki pi klè sou Jewova, sou pèsonalite l, sou kalite l yo, sou sa l renmen ak sa l pa renmen. Konsa, konsyans nou ap vin ann amoni ak chemen Jewova Dye yo. L ap fè kè n chofe e l ap pouse n anvi sanble ak Jewova plis toujou. Si n pa ka fin konprann yon desizyon konsènan kèk pwoblèm pèsonèl yon kwayan parèy nou pran sou baz konsyans li, nou pa dwe kouri jije l oswa n pa dwe santi n oblije fè presyon sou li pou l chanje opinyon. Petèt konsyans li “fèb” epi l bezwen pou yo fòme l plis toujou, oswa l ka pi sansib sou kèk sijè. — 1 Kor. 8:11, 12. w15 15/9 2:4, 8, 10.
Dimanch 20 out
Li bay lèzòm tè a. — Sòm 115:16.
Tè a parèt san parèy pami tout bagay Bondye kreye yo. Annik imajine sa, pami tout kantite planèt moun pa ka konte ki gen nan Lavwa lakte a ak lòt galaksi ankò, Jewova te kreye tè a nonsèlman pou moun abite, men l te fè l konfòtab, li te fè l bèl ak e l te fè l yon fason pou lèzòm ka jwenn pwoteksyon (Iza. 45:18)! Sa montre jis nan ki pwen Jewova dwe renmen nou (Jòb 38:4, 7; Sòm 8:3-5). Byenke Jewova kreye yon bèl kay pou nou, li konnen pou nou jwenn kè kontan ak satisfaksyon nou bezwen plis pase bagay materyèl. Yon timoun ap santi l vrèman an sekirite lè l santi jan paran l renmen l ak jan yo ba l atansyon. Jewova te kreye lèzòm pòtre ak li e l ba yo kapasite espirityèl pou yo santi lanmou l ak fason l ap pran swen yo epi pou yo reyaji ak sa (Jen. 1:27). Anplis de sa, Jezi te di: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” (Mat. 5:3). Antanke Papa ki gen lanmou, ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl, Jewova “ban nou tout bagay an kantite pou nou ka jwi yo”. — 1 Tim. 6:17; Sòm 145:16. w15 15/9 4:6, 7.
Lendi 21 out
Gen yon wout ki parèt dwat devan yon moun, men, alafen, se nan lanmò li mennen. — Pwo. 14:12.
Salmis la te montre ki bon atitid nou ta dwe gen nan kè nou lè l te ekri: “Se pou m ret tann Bondye. Paske, mwen gen pou m fè louwanj pou li kòm Sovè m. Bondye m, mwen dekouraje. Se sa k fè mwen sonje w.” (Sòm 42:5, 6). Ala yon kokenn lanmou l te gen pou Jewova? Èske w chèche vin gen kalite lanmou sa a pou Papa w ki nan syèl la epi w chèche gen menm konfyans sa a nan li? Menmsi w pare pou w reponn wi, ou ka toujou dispoze chèche vin gen plis konfyans nan li ann amoni ak pawòl sa yo nou li nan Bib la: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” (Pwo. 3:5, 6). Lefètke Jewova te renmen n an premye, li tou montre n kòman pou n renmen l (1 Jan 4:19). Annou toujou kenbe kokenn egzanp li ban nou an nan lespri n. Epi, ann pa janm sispann montre l jan n renmen l “ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou”. — Mak 12:30. w15 15/9 5:17-19.
Madi 22 out
Kanta pou mwen menm ak fanmi m, se Jewova n ap sèvi. — Joz. 24:15.
Lè n patisipe nan travay predikasyon an, se pa lafwa pa lòt moun sèlman n ap bati, men, lafwa pa nou vin djanm tou. Menm jan ak kretyen nan premye syèk la, nou aprann pou n gen yon lafwa total nan Jewova e pou n pale avèk kran nan nenpòt sitiyasyon (Tra. 4:17-20; 13:46). Tank nou vin pi byen konprann fason Jewova ap ede n nan lavi nou ak fason l reponn priyè nou, se tank lafwa n ap vin djanm. Se konsa sa te ye pou Kalèb ak Jozye. Yo te demontre lafwa nan Jewova lè yo t al espyone peyi Bondye te pwomèt yo a. Sepandan, tank yo te wè jan Jewova t ap gide yo nan chak sitiyasyon nan lavi yo, se tank yo te vin gen lafwa. Nou ka konprann rezon ki fè Jozye te di Izrayelit yo byen klè: “Pa gen yon pawòl nan tout bèl pwomès Jewova, Bondye nou an, te di nou ki pa reyalize”. Apre sa, li te di: “Se sa k fè, se pou nou gen lakrentif pou Jewova e se pou nou sèvi l yon fason ki san repwòch e avèk fidelite.” (Joz. 23:14; 24:14). Tank n ap goute bonte Jewova, se tank nou menm tou n ap ka gen menm konviksyon an. — Sòm 34:8. w15 15/10 2:10, 11.
Mèkredi 23 out
Esdras te prepare kè l. — Esd. 7:10.
Èske pafwa nou pran nòt lè n ap asiste diskou piblik yo, asanble yo ak kongrè yo? Lè n ap repase nòt sa yo, sa ban nou bonjan okazyon pou n medite lè n reflechi sou sa n te aprann nan Pawòl Bondye a ak sa n aprann grasa òganizasyon l lan. Epitou, atik Toudegad ak Réveillez-vous! ki parèt chak mwa yo ak nouvo piblikasyon nou resevwa nan kongrè yo ban nou bèl enfòmasyon pou n li e pou n medite. Lè n li Annuaire la, nou ka twouve li itil pou n pran yon ti poz pou n reflechi sou sa nou li yo e pou n kite eksperyans sa yo touche kè nou. Nou ka vle souliye ide kle yo, oubyen pran nòt nan maj piblikasyon an ki ka itil nou lè n ap prepare yon nouvèl vizit, yon vizit pastoral oubyen yon diskou. Sa k pi enpòtan an, lè n pran tan pou n fè yon ti poz pou n medite detanzantan sou sa n ap li nan piblikasyon ki baze sou Bib la, sa ap ede n byen konprann enfòmasyon an e n ap gen posiblite pou n priye Jewova pou n di l mèsi pou tout bon bagay n ap aprann yo. w15 15/10 4:9, 10.
Jedi 24 out
Jezi te kontinye gen plis sajès, li te kontinye grandi e li te kontinye jwenn favè nan men Bondye ak nan men lèzòm. — Lik 2:52.
Paran ki kretyen yo kontan anpil lè yo wè pitit yo ap batize. Men sa Berenice, yon manman ki gen kat pitit ki te rive batize anvan yo gen 14 an, fè konnen: “Se te yon eksperyans ki vrèman touche n. Nòmalman, nou te kontan dèske pitit nou yo te vle sèvi Jewova. Men, nou te konnen lè timoun nou yo vin adolesan, yo t ap jwenn anpil difikilte.” Men sa yon espè nan zafè devlopman timoun fè konnen: “Peryòd adolesans lan pa yon peryòd pou moun aji tankou moun fou oswa sou kout tèt. Se yon peryòd ki enpòtan anpil pou yon moun aprann kontwole santiman l, pou l aprann pase tan ak lòt moun e pou l aprann fè imajinasyon l travay.” Pandan pitit ou yo adolesan, yo ka vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova, yo ka fikse objektif ki gen rapò ak travay predikasyon an epi pousuiv objektif sa yo, yo ka chèche fè plis toutpandan y ap vwe lavi yo bay Bondye epi viv ann amoni ak ve yo fè a. Yo ka wè peryòd adolesans lan se yon bon moman pou yo grandi nan domèn espirityèl menm jan Jezi te fè sa lè l te jèn. w15 15/11 2:1, 2.
Vandredi 25 out
Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la. — Mat. 6:10.
Lanmou Bondye gen pou lèzòm parèt aklè nan dispozisyon l pran pou gen Wayòm Mesi a. Jewova gentan lage gouvènman sa a nan men Pitit Gason l lan ki renmen lèzòm e ki vrèman kalifye pou dirije (Pwo. 8:31). Lè 144 000 moun ki pral dirije ak Jezi yo resisite, y ap monte nan syèl la ak tout eksperyans yo te fè nan lavi yo antanke moun (Rev. 14:1). Se Wayòm nan ki te tèm prensipal ansèyman Jezi a e Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou Wayòm nan ansanm ak benediksyon li pral pote yo Pwofesi ki nan Bib la montre Wayòm Bondye a te tabli nan syèl la lè prezans Kris la te kòmanse nan ane 1914. Depi lè sa a, yo te kòmanse rasanble rès moun ki pral dirije ak Jezi nan syèl la ansanm ak “yon gwo foul moun” ki pral chape vivan nan fen sistèm sa a pou yo antre nan monn nouvo a. — Rev. 7:9, 13, 14. w15 15/11 3:16, 18.
Samdi 26 out
Tanpri, koute, mwen pral pale. — Jòb 42:4.
Apot Jan te rele premye moun ki te ansanm ak Bondye a “Pawòl la”, e l te di moun sa a se “kòmansman kreyasyon Bondye a”. (Jan 1:1; Rev. 3:14.) Jewova Dye te fè premye Pitit Gason sa a konnen panse l ak santiman l (Jan 1:14, 17; Kol. 1:15). Apot Pòl te pale de “lang zanj” yo ki se yon mwayen kominikasyon ki pi siperyè lontan ak fason moun pale (1 Kor. 13:1). Jewova byen konnen plizyè milya kreyati entèlijan li fè yo, kit se sa ki nan syèl la kit se sa ki sou tè a. Yon pakèt moun nou pa ka konte ka priye l nan anpil lang nenpòt lè yo vle. Toutpandan Jewova ap koute moun k ap priye l yo, l ap bay zanj yo ki nan syèl la direksyon e l ap kominike avè yo. Pou Jewova rive fè sa, panse l yo, fason l pale ak fason l kominike dwe siperyè pa lèzòm yo lontan (Ezayi 55:8, 9). Vrèmanvre, lè Jewova ap kominike ak lèzòm, li fè yo konn panse l yon fason ki senp pou yo ka rive konprann yo. w15 15/12 1:1, 2.
Dimanch 27 out
San mank, tè a pral plen konesans sou Jewova Menm jan lanmè a plen dlo. — Eza. 11:9.
Nan anpil peyi, bib yo koute chè anpil e yo pa toujou disponib, donk, jis resevwa yon bib vle di anpil bagay. Men sa yon rapò ki sot nan peyi Wannda fè konnen: “Pandan anpil tan, anpil nan moun frè yo te konn etidye Labib avè yo pa t konn fè pwogrè paske yo pa gen Bib. Yo pa t ka achte bib legliz nan zòn nan. Epi, byen souvan, yo pa t ka byen konprann sans kèk vèsè e sa te anpeche yo pwogrese.” Bagay yo te vin chanje lè Tradiksyon monn nouvo a te vin disponib nan lang pa yo. Men sa yon fanmi nan peyi Wannda ki gen kat pitit ki adolesan te di: “Nou vle di Jewova ak esklav fidèl ki prevwayan an yon gwo mèsi pou Bib sa a. Nou pòv anpil e n pa gen lajan pou n achte yon bib pou chak moun nan fanmi an. Men, kounye a, nou chak gen bib pa nou. Pou n montre jan n rekonesan anvè Jewova, nou li Bib la an fanmi chak jou.” w15 15/12 2:15, 16.
Lendi 28 out
O Jewova, fè m favè. Geri m, paske mwen peche kont ou. — Sòm 41:4.
Petèt David te ekri pawòl sa yo nan epòk kote Absalon t ap eseye pran twòn nan alòske David te malad e l pa t ka fè anyen nan sitiyasyon an. Aktout David te jwenn padon nan men Bondye, li pa t bliye peche l te fè ak Batcheba a ansanm ak konsekans peche sa a (2 Sam. 12:7-14). Malgre sa, wa a te gen konfyans Bondye t ap ede l pandan l kouche sou kabann li tou malad. David pa t priye pou Bondye geri l grasa yon mirak. Selon kontèks la, se kòmsi David te mande Bondye pou l ede l menm jan Bondye t ap ede moun ki gen konsiderasyon pou moun ki ba yo. Sa gen ladan l pou Bondye te ede l “pandan l kouche sou kabann li tou malad”. (Sòm 41:3.) Piske Bondye te padone peche David yo, David te ka mande l rekonfò ak èd, epi pou kapasite kò l genyen pou l geri poukont li a te ka pèmèt li refè nèt (Sòm 103:3). Nou ka fè menm jan an tou. w15 15/12 4:8, 9.
Madi 29 out
Nou resevwa yon lespri ki pèmèt Bondye adopte nou antanke pitit li, e se lespri sa a ki fè n ap di byen fò: “O Papa, Papa!” — Wom. 8:15.
Moun Bondye fè envitasyon espesyal sa a pa bezwen okenn lòt moun di yo sa. Yo pa bezwen okenn lòt moun verifye sa k rive yo a. Jewova pa kite okenn dout nan kè yo ak nan lespri yo. Men sa apot Jan te di kretyen Bondye chwazi yo: “Nou gen yon onksyon ki soti nan Bondye ki sen an. Nou tout gen konesans.” Mete sou sa, li te di: “Kanta pou nou menm, onksyon nou te resevwa nan men l lan rete nan nou, e nou pa bezwen pèsonn anseye nou. Men, onksyon sa a anseye nou sou tout bagay, e li se laverite, li pa yon manti. Menm jan li anseye nou an, se pou nou rete ann inyon ak sila a ki te bay li a.” (1 Jan 2:20, 27). Moun sa yo bezwen enstriksyon nan domèn espirityèl menm jan ak tout lòt moun. Men, yo pa bezwen okenn moun valide apèl yo a. Se fòs ki pi pisan nan linivè a ki fè yo gen konviksyon sa a! w16.01 3:9, 10.
Mèkredi 30 out
Kontante nou ak sa nou genyen. — Ebre 13:5.
Moun ki kontante l toutbon an se yon moun ki fè Jewova konfyans. Sa pèmèt li gen yon pwennvi ekilibre sou bagay materyèl (1 Tim. 6:6-8). Sa ede l rann li kont relasyon l gen ak Jewova ansanm ak frè l yo pi enpòtan lontan pase nenpòt bagay lajan ka achte. Yon moun ki kontante l ak sa l genyen pap nan plenyen, li pap nan fè kòlè oswa ap chèche bay moun responsab fot li. Anplis de sa, li pap kite jalouzi ak anbisyon domine l paske bagay sa yo ka anpeche l montre lanmou pou frè yo. Olye de sa, lefètke l kontante l ak sa l genyen, sa fè l renmen bay (1 Tim. 6:17-19). Konfyans nou gen nan Jewova a fè n gen kouraj nan kèlkeswa difikilte nou kapab ap rankontre (Ebre 13:6). Yon lòt bò, kouraj sa a ap ede n rete pozitif e l ap pèmèt nou fòtifye kwayan parèy nou yo epi rekonfòte yo (1 Tes. 5:14, 15). Menm lè monn nan ap vanse toudwat nan gwo tribilasyon an, nou menm, n ap ka “kanpe dwat [epi n ap] leve tèt nou” paske n ap konnen delivrans nou pa lwen. — Lik 21:25-28. w16.01 1:16, 17.
Jedi 31 out
Jewova konnen moun ki pou li yo. — 2 Tim. 2:19.
Nan dènye ane ki sot pase yo, nou te wè yon ogmantasyon nan kantite moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an pandan Memoryal lanmò Kris la. Tandans sa a depaman ak fason n te wè kantite moun ki manje pen an e ki bwè diven an t ap diminye pandan plizyè dizèn ane. Èske ogmantasyon sa a ta dwe enkyete n? Non. Ann konsidere kèk bagay enpòtan nou ta dwe sonje. Moun k ap konte moun yo pandan Memoryal la pa ka konnen kiyès toutbon ki gen esperans pou l al nan syèl. Nan kantite moun yo konte yo, gen moun ki fè erè ki panse Bondye chwazi yo. Gen kèk moun ki te konn pran nan pen an ak diven an ki vin sispann fè sa annapre. Gen lòt ki gendwa gen yon pwoblèm mantal oswa afektif e sa ka fè yo kwè yo pral dirije ak Kris nan syèl la. Se sa k fè, se pa kantite moun ki pran nan pen an ak diven an ki ka fè n konnen egzakteman konbyen moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki sou tè a toujou. Epitou, Bib la pa di ki kantite moun Bondye chwazi k ap sou tè a nan moman gwo tribilasyon an ap kòmanse a. w16.01 4:12-14.