BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es17 p. 88-97
  • Septanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Septanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
  • Soutit
  • Vandredi 1ye septanm
  • Samdi 2 septanm
  • Dimanch 3 septanm
  • Lendi 4 septanm
  • Madi 5 septanm
  • Mèkredi 6 septanm
  • Jedi 7 septanm
  • Vandredi 8 septanm
  • Samdi 9 septanm
  • Dimanch 10 septanm
  • Lendi 11 septanm
  • Madi 12 septanm
  • Mèkredi 13 septanm
  • Jedi 14 septanm
  • Vandredi 15 septanm
  • Samdi 16 septanm
  • Dimanch 17 septanm
  • Lendi 18 septanm
  • Madi 19 septanm
  • Mèkredi 20 septanm
  • Jedi 21 septanm
  • Vandredi 22 septanm
  • Samdi 23 septanm
  • Dimanch 24 septanm
  • Lendi 25 septanm
  • Madi 26 septanm
  • Mèkredi 27 septanm
  • Jedi 28 septanm
  • Vandredi 29 septanm
  • Samdi 30 septanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2017
es17 p. 88-97

Septanm

Vandredi 1ye septanm

[Abraram] deplase pou l ale kote vrè Dye a te di l la. — Jen. 22:3.

Anvan Abraram ak Izarak te kite sèvitè l yo, men sa l te di yo: “Nou menm, nou mèt ret la ak bourik la, mwen menm ak tigason an nou pral lòtbò a pou n al adore Bondye epi n ap retounen vin jwenn nou.” (Jen. 22:5). Ki sa Abraram te vle di? Èske se manti l t ap bay lè l te di l ap retounen ak Izarak la alòske l konnen se ofri l pral ofri l kòm sakrifis? Non. Bib la di Abraram te konnen Jewova te kapab resisite Izarak (Ebre 11:19). Abraram te konnen Jewova te ba l pouvwa pou l gen yon pitit gason menm lè li menm ak Sara te granmoun anpil (Ebre 11:11, 12, 18). Konsa, li te vin konprann pa gen anyen ki enposib pou Jewova. Abraram pa t konnen ki sa k t apral pase jou sa a. Men, li te konnen si sa te nesesè, Jewova te kapab resisite pitit gason l lan yon fason pou tout pwomès Jewova fè yo te ka reyalize. Pou rezon sa a, yo te vin rele Abraram “papa tout moun ki gen lafwa”. — Wom. 4:11. w16.02 1:3, 13.

Samdi 2 septanm

Jewova pap abandone pèp li a, poutèt non li ki gran. — 1 Sam. 12:22.

Jonatan ak pèp Izrayèl la te nan yon sitiyasyon ki difisil. Wa Sayil te vin ap dezobeyi Jewova e konsa, Jewova te vire do ba li (1 Sam. 15:17-23). Malgre sa, Bondye te pèmèt Sayil kontinye dirije nasyon Izrayèl la pandan plizyè ane. Se sa k fè l te difisil anpil pou pèp la ret fidèl ak Bondye lè wa ki te chita sou “twòn Jewova a” t ap fè sa k pa sa (1 Kwo. 29:23). Sepandan, Jonatan, pitit gason Sayil la, te ret fidèl ak Jewova. Nou kapab montre nou fidèl ak Jewova lè nou obeyi gouvènman peyi kote n ap viv la lè sa posib. Jewova pèmèt “otorite” sa yo dirije nou e li mande pou n respekte yo (Wom. 13:1, 2). Se pou rezon sa a nou dwe trete yon responsab gouvènman an avèk respè menm lè li pa onèt e nou santi li pa merite pou nou respekte l. An reyalite, nou dwe respekte tout moun Jewova bay otorite. — 1 Kor. 11:3; Ebre 13:17. w16.02 3:5, 6, 8.

Dimanch 3 septanm

Moun ki nan pèp ou a ap ofri tèt yo san fòse. — Sòm 110:3.

Bib la fè konnen tout moun ki fè pati pèp Jewova a, menm moun ki jèn yo, t ap gen pou yo sèvi Jewova “san fòse”. Se sa k fè, yon moun ki vle batize bezwen asire l se sa li menm li vle toutbon. Sa ka mande pou w byen egzamine rezon ki fè w vle batize a sitou si w te leve nan laverite. Toutpandan w t ap grandi, petèt ou te wè anpil moun te batize devan w, se gendwa kèk nan zanmi w yo ak frè ak sè w yo. Men, fè atansyon pou w pa vin santi w oblije batize tou senpleman paske w wè w gen yon laj oubyen paske w wè tout moun ap fè sa. Ki jan w ka sèten ou konsidere batèm menm jan ak Jewova? Pran tan pou w reflechi sou rezon ki fè batèm nan enpòtan anpil konsa. w16.03 1:11, 12.

Lendi 4 septanm

Tout moun ki tande sa, se pou yo di: “Vini!” Se pou tout moun ki swaf vini. E se pou tout moun ki vle, pran dlo lavi a gratis. — Rev. 22:17.

Nou ka rive bay envitasyon sa a sèlman si n “byen kole ansanm” epi n kolabore youn ak lòt nan kongregasyon an (Efe. 4:16). Pou n rive preche plis moun posib, nou bezwen byen òganize pou n fè travay predikasyon an. Enstriksyon nou jwenn nan kongregasyon an ap ede n fè sa. Apre reyinyon predikasyon an, n al nan tèritwa a pou n preche moun yo bon nouvèl Wayòm nan. Nou ofri yo piblikasyon ki baze sou Bib la tou. Anfèt, nou bay plizyè milyon piblikasyon toupatou nan monn nan. Pafwa, yo konn mande n patisipe nan kèk kanpay predikasyon espesyal. Lè w fè travay sa a, se kolabore w ap kolabore ak plizyè milyon lòt moun toupatou nan monn nan k ap preche menm mesaj sa a! Anplis de sa, jan sa parèt nan Revelasyon 14:6 la, w ap travay ak zanj yo tou, yo menm k ap ede pèp Bondye a preche bon nouvèl la. w16.03 3:4, 5.

Madi 5 septanm

Gen woulo ki te ouvè. — Rev. 20:12.

Bib la fè n konnen nan monn nouvo a, nou pral resevwa woulo k ap gen nouvo enstriksyon ladan yo. Lè tout moun etidye woulo sa yo, san wete moun ki resisite yo, y ap vin konnen sa Bondye vle pou yo. Woulo yo pral ede n pi byen konnen fason Jewova panse. Mete sou sa, nou pral vin pi byen konprann Bib la, e nan Paradi a, nou pral viv youn ak lòt avèk lanmou, respè ak diyite (Eza. 26:9). Imajine tout kantite bagay nou pral aprann e n pral anseye lòt moun anba dominasyon Jezi Kris, Wa a! Si n suiv enstriksyon ki “ekri nan woulo yo” e n ret fidèl ak Jewova pandan eprèv final la, Jewova ap ekri non nou pou toutan nan “woulo lavi a”. Nou ka gen lavi ki pap janm fini an! w16.03 4:19, 20.

Mèkredi 6 septanm

Se ou menm ki tout espwa m, o Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen gen konfyans nan ou depi lè m jèn. — Sòm 71:5.

Ansyen ki gen eksperyans yo wè l enpòtan tou pou yo kòmanse fòme frè yo pandan yo jèn, sa vle di nan kòmansman adolesans yo, lè yo ba yo kèk asiyasyon nan kongregasyon an selon laj yo. Fòmasyon sa a jèn yo kòmanse jwenn nan ap ede yo kenbe je yo fikse sou objektif espirityèl lè yo rive nan fen adolesans yo kote gen anpil bagay ki pral vin distrè yo (Sòm 71:17). Yon ansyen ka ankouraje yon moun l ap fòme pou l sèvi tou lè l esplike l nonsèlman sa pou l fè men rezon ki fè l dwe fè l. Lè ansyen yo ba l rezon yo, se imite yo imite Jezi, gran Anseyan an. Pa egzanp, anvan Jezi te bay apot li yo misyon pou yo fè disip la, li te ba yo rezon ki fè yo ta dwe obeyi. Li te di yo: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” Apre sa l te ajoute: “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon.” — Mat. 28:18, 19. w15 15/4 2:5, 6.

Jedi 7 septanm

Seyè a te kanpe toupre m e li te ban m pisans [...]. E mwen te delivre anba bouch lyon an. — 2 Tim. 4:17.

Epòk kretyen yo t ap viv nan vil Wòm nan te vrèman difisil pou yo. Nan ane 64 epòk nou an, disip Kris yo t ap fè fas ak gwo opozisyon paske yo te akize yo kòmkwa se yo menm ki te met yon gwo dife nan vil la. Sandout se nan epòk sa a yo te met apot Pòl nan prizon nan vil Wòm yon dezyèm fwa. Èske gen lòt kretyen ki t ap vin ede l? Petèt Pòl dwe te fè fas ak kèk sitiyasyon konsa anvan sa paske men sa l te ekri Timote: “Lè m t ap defann mwen premye fwa a, pa t gen pèsonn bò kote m, tout moun te abandone m.” (2 Tim. 4:16). Aktout sa, Pòl te rekonèt li pa t fin poukont li nèt. Li te gen konfyans Jewova t ap ede l andire nan sitiyasyon l t ap viv la ak nenpòt lòt difikilte l ta ka jwenn pi devan. Anfèt, li te menm rive di: “Seyè a ap delivre m anba tout sa ki mal.” (2 Tim. 4:18). Vrèmanvre, Pòl te vin rann li kont menm nan sitiyasyon kote pèsonn pa t ka ede l yo, li te ka toujou konte sou èd Jewova ak Pitit Gason l lan. w15 15/4 4:1-3.

Vandredi 8 septanm

L ap kraze tèt ou. — Jen. 3:15.

Lè Jezi te fèt, Satan te konnen tibebe sa a t apral grandi pou l vin tounen Mesi yo te pwomèt la. Èske Satan te di tèt li touye yon tibebe t ap yon bagay ki egzajere? Li pa t janm jennen pou l fè yon seri bagay, donk, se pa nan ka Jezi ki te timoun li t ap ezite aji. Ki fason l te fè sa? Wa Ewòd te an kòlè anpil lè astwològ yo te poze l kesyon konsènan “wa Juif yo ki fèk fèt la” e l te detèmine pou l touye l (Mat. 2:1-3, 13). Pou l te asire l travay la t ap fèt, li te bay lòd pou yo touye tout tigason ki te gen dezan oswa mwens ki t ap viv nan Betleyèm ak nan distri Betleyèm yo (Mat. 2:13-18). Se vre Jezi te chape anba masak terib sa a, men, ki sa sa aprann nou konsènan Satan, ènmi nou an? Sa klè, Dyab la pa bay lavi moun regle anyen pou li. Li pa gen okenn konsiderasyon pou timoun. Vrèmanvre, Satan se “yon lyon k ap gwonde”. (1 Pyè 5:8.) Pinga nou janm souzestime tandans li genyen pou l aji san pitye a! w15 15/5 1:10, 12, 13.

Samdi 9 septanm

Yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo. Men, yo te wè yo delwen. — Ebre 11:13.

Kapisite n genyen pou n imajine bagay nou pa wè yo se yon kado Bondye ban nou. Li pèmèt nou fè bonjan planifikasyon e l pèmèt nou tann bon bagay ki gen pou vini yo. Jewova gen kapasite pou l predi evènman ki gen pou rive yo e nan Ekriti yo, byen souvan, li fè n konnen sa k gen pou rive alavans. Nou kapab imajine sa k gen pou rive yo. Anfèt, kapasite n genyen pou n imajine bagay nou pa wè yo ede n demontre lafwa (2 Kor. 4:18). Lè Ana te pran tan pou l reflechi ak kòman sa t ap ye lè l t ap gen pou l mennen Samyèl pitit gason l lan al sèvi nan tabènak la, sa l t ap imajine a te gen yon bon baz. Li te baze sou sa l te detèmine pou l fè a e sa te ede l fikse lespri l sou objektif li te genyen an (1 Sam. 1:22). Si n ap imajine sa Bondye pwomèt pou l fè yo, konnen n ap panse ak yon bagay ki gen pou rive san mank (2 Pet. 1:19-21). Pa gen dout nan sa, gen anpil moun fidèl ki t ap viv nan tan biblik yo ki te konn pran tan pou yo imajine bagay Bondye te pwomèt yo. w15 15/5 3:1-3.

Dimanch 10 septanm

Richès moun ki rich la [...] tankou yon miray k ap pwoteje l. — Pwo. 18:11.

Se yon danje sa ye lè n ap imajine nou menm ki vin rich anpil toutpandan n pa bay Bondye anpil atansyon. Jezi te rakonte yon istwa pou l montre jis nan ki pwen yon “moun k ap sere trezò pou tèt li, men ki pa rich anvè Bondye” se yon moun ki nan yon eta mizerab (Lik 12:16-21). Jewova kontan lè n fè sa ki fè l plezi (Pwo. 27:11). Se pa ti kontan nou kontan lè Jewova apwouve n paske n sere “trezò nan syèl la”! (Mat. 6:20.) Epi, pa gen dout nan sa, yon bon relasyon ak Jewova se trezò ki gen plis valè nou te ka genyen. Imajine jis nan ki pwen nou t ap enkyè si n ta nan fè anpil efò pou n sere “trezò sou tè a”. (Mat. 6:19.) Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l montre kòman “enkyetid ki gen nan sistèm sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun” ka toufe mesaj Wayòm nan. — Mat. 13:18, 19, 22. w15 15/5 4:15, 16.

Lendi 11 septanm

Foul moun yo te sezi lè yo wè bèbè ap pale, moun ki estwopye geri, moun ki enfim nan pye ap mache dwat e moun ki avèg wè. — Mat. 15:31.

Pisans Bondye te pèmèt Jezi Kris fè yon pakèt bèl mirak. Nonsèlman l te geri moun ki gen lèp, men l te geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te genyen. Jezi pa t bezwen okenn moun bay ògàn nan kò yo pou l te fè aksyon sa yo ki demontre konpasyon. Se egzakteman ògàn oswa pati nan kò moun yo ki t ap fè yo soufri a li te geri! Epi l te geri moun yo menm kote a, pafwa, menm pandan yo lwen l (Jan 4:46-54). Ki sa bèl egzanp sa yo montre? Yo montre antanke Wa Bondye tabli nan syèl la kounye a, nonsèlman Jezi gen pisans pou l geri lèzòm pou toutan, men, li vle fè sa tou. Sa n aprann konsènan fason Jezi te konn aji ak moun yo fè n gen konfyans pwofesi biblik ki vin apre a pral akonpli nan monn nouvo a. Men sa pwofesi a di: “L ap gen pitye pou malere a ak moun ki pòv yo.” (Sòm 72:13). Vrèmanvre, lè sa a, Jezi pral aji ann amoni ak dezi l gen nan kè l pou l ede tout moun k ap soufri. w15 15/6 2:6.

Madi 12 septanm

Se pou non w vin sen. — Mat. 6:9.

Anpil moun ka resite priyè Nòtrepè a pa kè. Byen souvan, nan travay predikasyon kay an kay la, nou konn fè referans ak priyè sa a pou n ede moun yo konprann Wayòm Bondye a se yon gouvènman reyèl ki pral pote anpil bèl chanjman sou tè a. Oswa, nou kapab fè referans ak premye demann ki nan priyè a pou n montre moun yo non Bondye, yon non ki dwe vin sen (Mat. 6:9). Èske entansyon Jezi se te pou n repete priyè sa a motamo chak fwa n ap priye menm jan anpil moun nan lakretyente gen abitid fè sa? Non. Men sa Jezi te di yon ti tan anvan l te bay priyè sa a kòm yon modèl: “Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo.” (Mat. 6:7). Nan yon lòt okazyon, li te redi menm priyè sa a, men, li te sèvi ak lòt mo (Lik 11:1-4). Konsa, Jezi te ede n konnen ki kalite bagay nou bezwen mande nan priyè nou ak nan lòd nou dwe mande yo. Kidonk, li toutafè nòmal pou n rele priyè sa a priyè modèl la. w15 15/6 4:1, 2.

Mèkredi 13 septanm

Se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe. — 1 Kor. 10:12.

Jewova ban nou lespri sen l ki se yon fòs ki pisan anpil e lespri sa a ka ban nou fòs ak èd pou n reziste anba tantasyon. Anplis de sa, pa mwayen Pawòl li a ak kongregasyon an, Bondye gentan fè n konnen ki sitiyasyon nou dwe evite. Espen ak Janne se de ansyen pyonye espesyal ki gen de timoun pou yo pran swen. Men sa Espen fè konnen: “Se toutan n ap priye Jewova pou l pa kite n tonbe anba tantasyon etandone kounye a nou pa ka pase menm kantite tan nou te konn pase nan aktivite teyokratik yo. Nou mande Jewova pou l ede n kenbe espirityalite nou epi pou l ede n rete zele nan travay predikasyon an.” Pònografi se yon lòt tantasyon ki gaye pasipala nan epòk nou an. Gen kèk moun ki tonbe nan tantasyon sa a paske yo kontinye ap panse ak bagay ki mal. Sepandan, nou kapab reziste anba tantasyon sa a menm jan gen plizyè milye frè ak sè ki fè sa. — 1 Kor. 10:13. w15 15/6 5:15, 16.

Jedi 14 septanm

Wa k ap dirije latè yo, moun ki nan gwo pozisyon yo, kòmandan lame yo, moun ki rich yo, moun ki pisan yo, tout esklav ak tout moun ki lib, yo tout al kache nan gwòt ak nan mitan mas wòch ki nan mòn yo. — Rev. 6:15.

Ki sa k pral rive apre yo fin detwi tout fo relijyon yo? Se pral yon moman pou n montre sa n gen nan kè n toutbon. Nan moman sa a, pifò moun pral chèche refij nan òganizasyon lèzòm yo Bib la konpare ak “mas wòch ki nan mòn”. Sepandan, nan yon sans senbolik, pèp Bondye a li menm pral kouri kache nan refij Jewova bay la. Nan premye syèk la, moman kalmi an pa t yon moman pou yon pakèt Juif konvèti pou yo vin kretyen. Se te yon moman pou moun ki te deja kretyen yo aji epi pou yo montre yo obeyisan. Menm jan an tou, nou pa dwe atann pral gen yon pakèt moun k ap vin kwayan nan moman kalmi ki pral genyen pandan gwo tribilasyon an. Olye de sa, moman sa a se pral yon moman pou tout vrè kretyen yo montre yo renmen Jewova epi y ap soutni frè Kris yo. — Mat. 25:34-40. w15 15/7 2:7.

Vandredi 15 septanm

Se yon bèl bagay lè yon moun andire tribilasyon e li soufri san l pa merite sa, poutèt konsyans li devan Bondye. — 1 Pyè 2:19.

Èske edikasyon nou oswa kote n te leve gen tandans fè n fyè de yon nasyon oswa yon zòn? Èske n toujou gen nenpòt nan santiman sa yo nan kè n? Kretyen yo pa dwe kite kesyon nasyonalis gen efè sou fason yo wè lòt moun? Men, ki sa w ka fè si w rann ou kont ou gen panse negatif anvè moun ki soti nan lòt nasyon, lòt kilti, lòt lang oswa lòt ras? Ebyen, sandout li t ap bon pou w medite sou pwennvi Jewova genyen sou nasyonalis ak prejije? Li kapab bon pou w fè rechèch sou sijè sa a ansanm ak lòt sijè menm jan an. Epi annapre, sipliye Jewova pou l ede w gen menm pwennvi avè l sou kesyon sa yo (Wom. 12:2). Nou dwe fè sa paske towouta, tout sèvitè Jewova yo gen pou twouve yo nan sitiyasyon kote konsyans yo pral oblije yo met tèt yo apa antanke moun ki diferan ak moun ki toutotou yo: kit se kolèg travay yo, kamarad lekòl yo, vwazen yo, fanmi yo oswa lòt moun. Wi, nou dwe met tèt nou apa! w15 15/7 3:14, 15.

Samdi 16 septanm

Jonas priye Jewova, Bondye l la, pandan l nan vant pwason an. — Jon. 2:1.

Jewova tande siplikasyon nou yo e l konprann nou menm lè okenn moun pa konprann nou. Fason l reponn priyè nou yo se yon bèl fason ki montre l ap toujou renmen nou. Nou ka aprann anpil bagay nan priyè nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Sepandan, pafwa nou gendwa wè l vrèman bon pou n analize priyè sa yo nan adorasyon an fanmi an. Lè n reflechi sou fason sèvitè Jewova nan tan lontan yo te konn fè Bondye konnen panse ki pwofon yo genyen yo sa gendwa anrichi priyè pa nou yo. Pa egzanp, nou kapab konsidere priyè Yona te fè lè l te nan vant gwo pwason an (Yona 1:17–2:10). Fè yon ti reflechi ankò sou priyè Salomon te fè ak tout kè l pandan l t ap inogire tanp lan (1 Wa 8:22-53). Medite sou priyè modèl Jezi te bay la (Mat. 6:9-13). Sa k pi enpòtan an, toujou “fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay”. Kòm rezilta, “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann [nan], ap pwoteje kè nou ak lespri nou”. — Flp. 4:6, 7. w15 15/8 1:11, 12.

Dimanch 17 septanm

Soumèt devan yo. — Ebre 13:17.

Se pral yon plezi pou n viv anba dispozisyon Jewova pral pran nan monn nouvo a toutpandan n ap travay pou n fè tè a vin bèl, pou n anseye moun ki resisite yo epi pou n fè sa Jewova vle pou limanite. Men, e si yo mande n fè yon bagay an patikilye nan travay la e n pa renmen l vre? Èske n ap soumèt devan moun ki mande n fè l la lè n fè tout sa n kapab pou n fè travay la epi pou n menm pran plezi fè l? Pifò nan nou t ap reponn wi! Nan ka sa a, èske n soumèt devan direksyon teyokratik yo depi kounye a? Si n fè sa, n ap prepare n pou n viv pou toutan anba dominasyon Jewova. Nou ka prepare n depi kounye a pou lavi nan monn nouvo a nonsèlman lè n soumèt devan dispozisyon Jewova pran nan epòk nou an, men tou, lè n travay pou n aprann kontante n e n aprann kowopere. Si n aprann kowopere ak moun ki pran latèt nan epòk nou an, petèt lè n chèche jwenn lajwa nan nouvo asiyasyon yo ban nou epi n aprann kontante n ak sèvis sa yo, se sèten n ap gen menm atitid sa a nan monn nouvo a. w15 15/8 3:6, 7.

Lendi 18 septanm

Madanm [Salomon] yo [ki t ap adore fo dye] te pran tèt li, yo te fè l al sèvi lòt dye. [...] Salomon te fè sa ki mal devan je Jewova. — 1 Wa 11:4, 6.

Move frekantasyon te fè Salomon pèdi sajès li a e sa te lakòz li sispann pratike vrè adorasyon an (1 Wa 11:1-6). Se pa ti avètisman sa ye pou kretyen ki ta gendwa ap panse ak posiblite pou yo marye ak yon moun ki pa renmen Jewova! E si yon moun ta vin adore Jewova toutpandan l marye ak yon moun ki pa kwayan? Bib la di: “Nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou, konsa, si gen ladan yo ki pa obeyi pawòl la, nou ka genyen yo san pawòl grasa konduit nou.” (1 Pyè 3:1). Yo te ekri pawòl sa yo pou medam kretyen yo, men, menm pawòl sa yo aplikab pou yon mari ki vin adore Jewova toutpandan l marye ak yon moun ki pa kwayan. Konsèy Bib la bay la klè: Se pou l yon bon konjwen, e se pou l viv ann amoni ak prensip wo nivo Bondye bay pou moun marye yo. Gen anpil konjwen ki pa kwayan ki vin aksepte laverite paske yo wè chanjman mari yo oswa madanm yo fè apre yo fin soumèt yo anba egzijans Bondye yo. w15 15/8 4:15, 16.

Madi 19 septanm

Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè. — Pwo. 14:15.

Gen kèk maladi ki gendwa pa gen okenn tretman. Donk, nou bezwen fè atansyon ak kèk tretman ki popilè anpil alòske yo pa gen prèv. Men ki sa Bondye te pouse Pòl ekri: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” (Flp. 4:5). Lè n montre nou rezonab, sa ap ede n evite depanse anpil tan nan chèche swen sante toutpandan n bay bagay espirityèl yo dezyèm plas. Si n kite swen sante n pran premye plas nan lavi n, n ap riske konsantre nou sou tèt nou sèlman (Flp. 2:4). Se bagay espirityèl yo ki pi enpòtan, epi, anrapò ak sante, nou ta dwe toujou montre n rezonab nan sa n atann (Flp. 1:10). Anrapò ak kèk sijè tankou swen sante, nou chak ta dwe pran pwòp desizyon nou epi n dwe aksepte responsablite ki mache ak desizyon sa a. w15 15/9 2:8, 10.

Mèkredi 20 septanm

Voye limyè w ak verite w. Se pou yo gide m. — Sòm 43:3.

Jewova, se “Bondye verite a”. (Sòm 31:5.) Li renmen pitit li yo e l pran plezi kite limyè verite a gide yo nan tout aspè nan lavi yo, sitou nan fason y ap adore l. Ki verite Jewova fè n konnen, e ki jan sa montre l renmen nou? Pou kòmanse, Jewova fè n konn laverite sou li. Li fè n konn non l ki parèt plis fwa nan Bib la pase nenpòt lòt non. Konsa, Jewova pwoche kote n e l pèmèt nou vin konnen l (Jak 4:8). Jewova fè n konnen kalite l yo tou e l fè n konn ki kalite Dye li ye. Byenke linivè a montre pisans ak sajès Jewova genyen, grasa Ekriti yo, Jewova fè n konnen jistis li e sitou kokenn lanmou l genyen an (Wom. 1:20). Li menm jan ak yon papa ki nonsèlman gen fòs e l saj, men tou, ki jis, ki gen lanmou e ki fè l fasil pou pitit li gen yon relasyon sere sere avè l. w15 15/9 4:8, 9.

Jedi 21 septanm

Sèvitè Jewova yo ap wè men l. — Eza. 66:14.

Gen anpil moun ki panse pa gen okenn rapò ant sa y ap fè ak sa Bondye ap fè. An reyalite, gen moun ki kwè Bondye pa enterese nan sa k ap pase nan lavi moun. Apre yon gwo siklòn ki rele Haiyan te fin fè anpil dega nan mitan peyi Filipin nan mwa novanm 2013, men sa majistra yon gwo vil te di: “Genlè Bondye te yon lòt kote.” Gen lòt moun k ap aji kòmsi Bondye pa ka wè sa y ap fè (Eza. 26:10, 11; 3 Jan 11). Yo aji menm jan ak moun apot Pòl t ap pale de yo lè l te di: “Sa pa t enterese yo pou yo chèche gen konesans egzak sou Bondye.” Moun sa yo te “ranpli ak tout kalite enjistis, mechanste, tanta [ak] move aksyon”. (Wom. 1:28, 29.) E nou menm? Kontrèman ak moun nou sot pale de yo pi wo a, nou konnen Jewova wè tout sa n ap fè. Men, èske n wè l enterese nan nou tou? Èske n wè men Bondye nan lavi nou? w15 15/10 1:1-3.

Vandredi 22 septanm

M ap montre w lafwa pa m grasa bon aksyon mwen fè. — Jak 2:18.

Lè n patisipe nan travay predikasyon an se youn nan pi bon fason nou ka montre n gen lafwa. Sa k fè n di sa? Travay sa a mande pou nou kwè yon jou Bondye pral met fen nan sistèm sa a e jou sa a “pap anreta”. (Aba. 2:3.) Yon fason nou ka konnen ki kalite lafwa nou genyen se lè n gade jis nan ki pwen nou dispoze fè plis nan travay predikasyon an. Èske n fè tout sa n kapab nan travay sa a, petèt lè n chèche plizyè fason pou n fè sa (2 Kor. 13:5)? An reyalite, lè n fè ‘deklarasyon piblik pou n ka sove’ se yon bèl fason nou montre n gen lafwa nan kè nou (Wom. 10:10). Anplis de sa, nou kapab montre n gen lafwa lè n ap fè fas ak pwoblèm nou jwenn chak jou. Kit pwoblèm n ap rankontre yo se maladi, dekourajman, depresyon, povrete oswa lòt gwo pwoblèm ankò, nou gen konfyans Jewova ak Pitit Gason l lan ap “ede nou nan bon moman”. (Ebre 4:16.) Nou montre nou gen konfyans sa a lè n pa priye Bondye pou èd nou bezwen nan domèn espirityèl sèlman. w15 15/10 2:12-14.

Samdi 23 septanm

Lespri sen [...] ap fè nou sonje tout bagay mwen te di nou yo. — Jan 14:26.

Byenke n ka twouve n nan kèk sitiyasyon kote n pa ka sèvi ak yon bib, nou pap janm pa gen posiblite pou n medite sou sa n te deja gen nan memwa nou, tankou vèsè nou plis renmen yo ak pawòl kantik yo (Tra. 16:25). Epi, lespri Bondye ka ede n sonje bon bagay nou te aprann yo. Kidonk, nou bezwen prepare n depi kounye a lè n rezève tan pou n li e pou n medite sou lekti Labib chak semèn nan. Anplis de sa, nou dwe rezève tan tou pou n medite sou sa Jezi te di ak sa l te fè. N ap dakò Evanjil yo pami liv nan Bib la pifò moun konnen ki pale sou lavi Jezi ak travay predikasyon li te fè a (Wom. 10:17; Ebre 12:2; 1 Pyè 2:21). Pèp Bondye a gen yon piblikasyon ki menm rakonte eksperyans Jezi te fè ak tan li te fè sou tè a nan lòd evènman yo te pase. Piblikasyon sa a se yon bon zouti, sitou lè n pran tan pou n li lòt vèsè yo site nan chak chapit ki rakonte menm istwa n ap li a e n medite sou yo. — Jan 14:6. w15 15/10 4:11, 12.

Dimanch 24 septanm

Mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di. — Jan 15:15.

Jezi te yon zanmi ki gen lanmou e ki fidèl. Nan tan biblik yo, nòmalman, yon mèt pa t konn fè esklav li yo konnen sa k ap pase nan tèt li, ni l pa t konn di yo sa l santi. Epoutan, nonsèlman Jezi te yon mèt pou apot fidèl li yo, men, li te zanmi yo tou. Li te konn pase tan ak yo, li te konn fè yo konnen sa l santi epi l te konn pran san l pou l koute yo lè y ap di l sa k nan kè yo (Mak 6:30-32). Fason sa a Jezi te konn kominike ak apot li yo te fè yo vin gen yon relasyon sere sere avè l e sa te prepare yo pou responsablite yo t apral genyen nan sèvis Bondye a. Jezi te vle pou disip li yo li te renmen anpil e ki te zanmi l tou rive wè jan sa bay kè kontan lè yon moun ret okipe nan sèvis l ap bay Jewova a. Se sa k fè l te vle pou yo chofe lè y ap patisipe nan aktivite espirityèl yo. Konsa, Jezi te vle pou yo chofe nan travay fè disip la. Epi, avèk lanmou, li te bay disip li yo asirans l ap ede yo reyisi. — Mat. 28:19, 20. w15 15/11 2:3, 5.

Lendi 25 septanm

Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou. — Mat. 22:39.

Lanmou se kalite ki pi fò lakay Jewova Dye (1 Jan 4:16). Jezi, premye moun Bondye te kreye a, te fè anpil ane ap viv ak Bondye nan syèl la e l te aprann nan fason Bondye demontre lanmou (Kol. 1:15). Pandan tout lavi Jezi, san wete lavi l sou tè a, li te montre l vrèman konprann jis nan ki pwen Jewova se yon Bondye lanmou e l te imite lanmou sa a. Se sa k fè n ka gen konfyans se lanmou k ap toujou enfliyanse fason Jewova ak Jezi ap dirije a. Lè yon moun te mande Jezi ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa, li te di l: “‘Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.’ Sa a se pi gwo kòmandman an, e se premye a. Men dezyèm nan, ki menm jan avè l: ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.’” (Mat. 22:37-39). N ap remake Jezi te met lanmou pou pwochen tousuit apre lanmou pou Jewova. Sa montre jan l enpòtan pou n demontre lanmou nan relasyon nou ak tout moun. w15 15/11 4:1-3.

Madi 26 septanm

Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou. — Wom. 15:4.

Bondye pa t sèlman sèvi ak lang ebre a pou l kominike ak lèzòm. Apre pèp Bondye a te sot ann egzil nan peyi Babilòn, lang arameyen an te vin tounen lang kèk nan yo te konn pale chak jou. Petèt se pou Jewova te ka montre ki sa k pral rive ki fè l te fè pwofèt Dànyèl, Jeremi ak prèt Esdras ekri kèk pati nan Bib la nan lang arameyen. Piske Aleksann Legran te pot laviktwa sou pifò nan tèritwa monn nan tan lontan an, konsa, lang koyinè, ki se lang grèk pifò moun te konn pale, te vin tounen yon lang entènasyonal. Gen anpil Juif ki te vin kòmanse pale lang sa a, se sa k fè yo te vin tradui liv biblik ki te ekri ann ebre yo nan lang grèk. Etandone anpil moun panse se 72 tradiktè ki te fè tradiksyon sa a, yo te vin rele l Septant. Li se premye tradiksyon Bib ki egziste e se youn nan tradiksyon ki gen plis valè. Piske se yon pakèt tradiktè ki te fè tradiksyon sa a, sa fè l gen plizyè stil, genyen ki tradui yon fason literal e genyen ki tradui jan yo vle. Aktout sa, Juif ki pale grèk yo ak moun ki te vin kretyen annapre yo te konsidere Septant lan kòm Pawòl Bondye. w15 15/12 1:4-6.

Mèkredi 27 septanm

Gade ki jan yon vyepti dife ka fè tout yon gwo forè pran dife! — Jak 3:5.

Pwen kle nan egzanp Jak te pran an parèt byen klè nan vèsè 6 la ki di: “Lang nan se yon dife tou.” Lang nan reprezante kapasite n genyen pou nou pale. Menm jan ak dife, pawòl nou gen kapasite pou l lakòz gwo dega. Bib la menm di “lang yon moun gen pouvwa pou l lakòz lanmò e li gen pouvwa pou l bay lavi”. (Pwo. 18:21.) Nòmalman, menm jan nou pap sispann sèvi ak dife akoz nou pè pou domaj li ka lakòz yo, konsa tou, nou pap sispann pale tou senpleman paske n pè pou n pa di yon bagay ki ka blese lòt moun. Sa ki enpòtan an se aprann kontwole lang nou. Si n aprann metrize dife, nou ka sèvi avè l pou n kuit manje, pou n chofe kò nou epi pou n fè limyè lè gen fènwa. Si n donte lang nou, nou ka sèvi ak pouvwa l genyen an pou n onore Bondye epi pou n ede lòt moun (Sòm 19:14). Kit nou sèvi ak son ki sot nan bouch nou oswa n fè siy ak men nou pou n kominike, kapasite n genyen pou n fè lòt moun konn sa n panse ak sa n santi a se yon bèl kado Bondye ban nou. Sepandan, nou ta dwe sèvi ak kado sa a pou n ankouraje moun olye n kraze yo (Jak 3:9, 10). w15 15/12 3:1-3.

Jedi 28 septanm

Lik, doktè byenneme a [...] voye salye nou. — Kol. 4:14.

Li rezonab pou n kwè Lik te bay Pòl kèk konsèy nan domèn medikal e l te bay Pòl ansanm ak moun ki t ap vwayaje avè l yo kèk swen sante. Poukisa Lik te ka bezwen fè sa? Se paske menm Pòl te tonbe malad pandan vwayaj la (Gal. 4:13). Petèt Lik te ba l kèk èd medikal ann amoni ak sa Jezi te di a: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” (Lik 5:31). Bib la pa di ki kote oswa ki lè Lik te resevwa fòmasyon nan domèn medsin. Men, sanble Pòl te pale ak kretyen nan vil Kolòs yo konsènan Lik ki te yon medsen paske kretyen sa yo te konnen Lik. Yon bagay ki enteresan sèke te gen yon lekòl medsin toupre vil Lawodise. Kèlkeswa jan sa te ye, Lik pa t yon senp pwofàn ki pa gen okenn eksperyans moun te konn fè djòlè pou swen sante l yo, li te yon medsen. Langaj medikal Lik te itilize nan Evanjil li te ekri a ak liv Travay la ansanm ak fason l te plis konsantre l sou gerizon Jezi te fè yo pase lòt ekriven yo montre sa byen klè. w15 15/12 4:11, 12.

Vandredi 29 septanm

N ap di Bondye mèsi pou kado l bay la, yon kado moun pa jwenn mo pou yo esplike l. — 2 Kor. 9:15.

Lè Jewova te voye sèl Pitit gason li fè a sou tè sa a, Li te bay sa k t apral vin pi gwo kado ki demontre lanmou l gen pou nou an (Jan 3:16; 1 Jan 4:9, 10)! Apot Pòl te pale de kado sa a kòm “yon kado moun pa jwenn mo pou yo esplike l”. Pòl te konnen tout bèl pwomès Bondye te fè yo t ap reyalize grasa sakrifis pafè Kris la (2 Kor. 1:20). Donk, kado sa a “moun pa jwenn mo pou yo esplike l” la gen ladan l tout bonte ak tout lanmou fidèl Jewova pral demontre anvè n pa mwayen Jezi. Anfèt, kado sa a tèlman bèl okenn moun pa ka jwenn mo pou yo esplike l nèt. Lefètke n resevwa yon kado estrawòdinè konsa, ki efè sa ta dwe gen sou nou? E ki fason pratik kado sa a ta dwe motive nou? Èske l oblije w rekonsidere fason w te konn aji oswa menm pou w chanje fason w ap viv la? Èske w santi l pouse w vin pi donan, pou w demontre plis lanmou anvè lòt moun e pou w padone nenpòt moun ki fè w yon bagay ki mal? Pa bliye, pa gen okenn lòt kado moun bay ki ka pi enpòtan pase kado Jewova ban nou pa mwayen Kris la. — 1 Pyè 3:18. w16.01 2:1, 2, 4, 5.

Samdi 30 septanm

Van vante kote l vle, e ou tande bri l, men w pa konnen ki kote l soti, ni ki kote l prale. Se konsa tout moun ki fèt pa mwayen lespri a ye. — Jan 3:8.

Yon moun ki jwenn envitasyon sa a gendwa mande tèt li: ‘Poukisa Bondye chwazi m? Poukisa se pa yon lòt moun li chwazi?’ Yo ka menm mande tèt yo si yo merite sa. Men, yo pap poze kesyon pou konnen si yo jwenn envitasyon sa a toutbonvre. Kè yo vin ranpli ak lajwa ak rekonesans. Yo santi yo menm jan ak Pyè lè Bondye te pouse l di: “Louwanj pou Sila a ki Bondye Seyè nou an, Jezi Kris, e ki Papa li, paske, selon mizèrikòd li ki gran, li fè nou fèt yon lòt fwa ankò pou nou vin gen yon esperans ki vivan, grasa rezirèksyon Jezi Kris pami mò yo, e pou nou vin gen yon eritaj ki pa ka ni gate, ni sal, ni fennen. Eritaj sa a rezève nan syèl la pou nou.” (1 Pyè 1:3, 4). Lè moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo li pawòl sa yo, yo pa gen okenn dout Papa yo ki nan syèl la ap pale avèk yo pèsonèlman. w16.01 3:11, 12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje