Oktòb
Dimanch 1ye oktòb
Moun li te chwazi davans yo se yo menm tou li rele. — Wom. 8:30.
Jewova te kòmanse chwazi moun ki pral nan syèl yo apre Jezi te fin mouri epi l resisite, e sanble tout moun ki te nan kongregasyon kretyen an nan premye syèk la te resevwa apèl la. Soti nan premye syèk la rive nan kòmansman dènye jou yo, pifò moun ki te fè konnen y ap suiv Kris yo te fo kretyen e Jezi te konpare yo ak “move zèb”. Aktout sa, Jewova te kontinye chwazi kèk moun fidèl pandan tan sa a, e moun sa yo te montre yo tankou “ble” Jezi te pale a (Mat. 13:24-30). Pandan dènye jou yo, Jewova te kontinye chwazi moun ki t ap vin fè pati 144 000 moun yo. Si Jewova ta chwazi tann byen ta nan epòk sa a pou l chwazi kèk moun pou privilèj sa a, kiyès nou ye pou n ta kesyone sajès li (Eza. 45:9; Dàn. 4:35; Wom. 9:11, 16)? Nou dwe fè atansyon pou n pa reyaji menm jan ak travayè ki pa t kontan e ki te tonbe plenyen konsènan fason mèt yo a te aji ak travayè ki te vin travay nan 11yèm èdtan yo. — Mat. 20:8-15. w16.01 4:15.
Lendi 2 oktòb
Tanpri, pran Izarak, pitit gason w lan, sèl pitit ou renmen anpil la, al nan peyi Morija, epi ofri l kòm sakrifis sou youn nan mòn m ap montre w yo. — Jen. 22:2.
Jodi a, Jewova pa mande pou nou ofri pitit nou kòm sakrifis, men l mande n pou n obeyi kòmandman l yo. Pafwa nou ka pa konprann rezon ki fè Jewova ban nou tèl ou tèl kòmandman, oubyen li ka difisil pou n obeyi yo. Èske w pa janm santi w konsa? Pou kèk moun, travay predikasyon an se yon travay ki difisil. Petèt moun sa yo timid e yo ka wè l difisil pou yo kòmanse konvèsasyon ak moun yo pa konnen. Gen lòt ki pè pou yo pa parèt diferan nan travay yo oswa nan lekòl yo (Egz. 23:2; 1 Tes. 2:2). Lè yo mande w fè yon bagay ki difisil, reflechi ak bèl egzanp Abraram kite antanke yon moun ki te gen lafwa e ki te gen kran. Lè n pran tan pou n reflechi sou egzanp gason ak fi ki fidèl yo kite pou nou, sa kapab ankouraje n imite yo e pou n vin pi pwòch Jewova, Zanmi nou an. — Ebre 12:1, 2. w16.02 1:3, 14.
Madi 3 oktòb
Sayil pale ak Jonatan, pitit gason l, ansanm ak tout sèvitè l yo, pou l fè yo konnen li vle touye David. — 1 Sam. 19:1.
Lè Sayil te di li pral touye David, Jonatan te gen yon gwo desizyon pou l pran. Li te vle fidèl ak papa l e anmenmtan li te vle fidèl ak David. Jonatan te konnen se David ki te gen favè Jewova, se pa Sayil. Konsa, li te chwazi ret fidèl ak David. Li te fè David al kache, apre sa, li te esplike Sayil rezon k fè l dwe kite David viv (1 Sam. 19:1-6). Nou pa dwe kite atachman nou gen pou yon ekip spò, pou lekòl nou, pou peyi nou oswa pou nenpòt sa l ye a vin pi enpòtan pou nou pase atachman nou dwe gen pou Jewova. Pa egzanp, Henry te renmen jwe echèk nan ekip lekòl li a, e l te vle genyen yon chanpyona pou lekòl la. Men, lefètke l te konn jwe echèk chak wikenn, li pa t gen tan pou predikasyon ak reyinyon. Henry te fè konnen atachman l te gen pou lekòl li a te vin pi enpòtan pase atachman l pou Jewova. Se sa k fè l te deside sispann jwe echèk pou lekòl la. — Mat. 6:33. w16.02 3:10, 12.
Mèkredi 4 oktòb
Moun ki nan pèp ou a ap ofri tèt yo san fòse. — Sòm 110:3.
Antanke jèn, yon fason w ka rive wè si desizyon w pran pou w batize a se yon desizyon ki sot nan kè w se lè w egzamine priyè w yo. Konbyen fwa w konn priye Jewova? Èske priyè w yo presi? Repons kesyon sa yo ka montre jis nan ki pwen w gen yon relasyon sere ak Jewova (Sòm 25:4). Byen souvan, Jewova sèvi ak Bib la pou l reponn priyè n fè yo. Donk, yon lòt fason w ka rive wè si w vle vin pwòch ak Jewova toutbon ak si w vle sèvi l ak tout kè w se lè w egzamine pwogram ou genyen pou w fè etid pèsonèl (Joz. 1:8). Mande tèt ou: ‘Èske m fè etid pèsonèl mwen regilyèman? Èske m patisipe nan adorasyon an fanmi an san fòse?’ Repons kesyon sa yo ap ede w wè si desizyon w pran pou w batize a se yon desizyon ou menm ou vle. w16.03 1:11, 13.
Jedi 5 oktòb
Grasa li, tout kò a byen kole ansanm, e li fèt pou l kolabore ansanm. — Efe. 4:16.
Se pa ti kontan nou kontan lè n li bèl rezilta nou jwenn nan travay predikasyon nou an toupatou sou tè a nan Liv aktivite Temwen Jewova yo! Anplis de sa, reflechi sou fason nou vin fè yon sèl toupatou sou tè a nan kongrè nou yo. Se tout moun ki resevwa menm enfòmasyon an. Diskou yo, dram yo ak demonstrasyon yo ankouraje n bay Jewova tout nou menm. Nou fè yon sèl ak frè ak sè n yo toupatou nan monn nan tou lè n asiste Memoryal la chak ane (1 Korentyen 11:23-26). Nou reyini ansanm nan menm dat la, 14 Nizan, apre solèy la fin kouche pou n montre rekonesans nou pou sa Jewova te fè pou nou an e pou n obeyi kòmandman Jezi te bay la. Epi, kèk semèn anvan Memoryal la, nou kolabore ansanm pou n envite plis moun posib vin patisipe nan evènman enpòtan sa a avè n. Nou youn pap ka preche tout moun poukont nou. Men, piske n ap travay ansanm, nou rive pale de Jewova ak plizyè milyon moun e n rive ede kèk nan yo pou yo fè louwanj pou li e pou yo onore l. w16.03 3:4, 6, 7.
Vandredi 6 oktòb
Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. — Mat. 3:17.
Frè k ap sèvi nan kongregasyon an dwe jwenn fòmasyon ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Pa egzanp, ann sipoze yon ansyen ta mande yon frè pou l netwaye antre Sal Wayòm nan pou moun ka antre san pwoblèm. Li te ka egzamine Tit 2:10 avè l epi l te ka esplike frè a jan travay l ap fè pou l fè Sal Wayòm nan vin pi bèl la ap “anbeli ansèyman Bondye, Sovè nou an”. Anplis de sa, ansyen an ka mande moun l ap fòme a pou l panse ak moun aje ki nan kongregasyon an epi pou l wè kòman lè l ranpli asiyasyon sa a sa ap pwofitab pou yo. Konvèsasyon sa yo ap ede moun nan konsantre l plis sou moun yo olye l konsantre l sou règ yo. L ap rive pwofite lajwa sa bay pou l wè fason frè ak sè nan kongregasyon an jwenn byenfè grasa travay l ap fè a. Mete sou sa, ansyen an dwe felisite moun l ap bay fòmasyon an pou efò l fè pou l aplike sijesyon ansyen an ba li yo. Bonjan felisitasyon fè menm efè sou yon moun k ap aprann ak efè dlo fè sou yon plant, sa vle di li fè l anvi fè plis. w15 15/4 2:7, 8.
Samdi 7 oktòb
Seyè a ap delivre m anba tout sa ki mal. — 2 Tim. 4:18.
Èske sa konn rive w pafwa ou santi w poukont ou fas ak yon sitiyasyon difisil? Se gendwa akoz ou pèdi travay ou, akoz presyon w ap rankontre nan lekòl, akoz yon pwoblèm sante oswa kèk lòt eprèv ankò. Petèt ou te mande lòt moun ede w, men, ou te vin desi paske yo pa t ba w èd ou te bezwen an. Vrèmanvre, gen kèk pwoblèm yon senp imen pa ka rezoud. Nan sitiyasyon sa yo, èske konsèy Bib la bay pou w “mete konfyans ou nan Jewova” a se yon konsèy ki pa gen sans (Pwo. 3:5, 6)? Èske konsèy sa a pa gen enpòtans? Non! Jan anpil istwa nou jwenn nan Bib la montre sa, Jewova konn ede moun toutbon. Kidonk, olye w kenbe moun sou kè paske yo pa ba w èd ou te espere a, li pi bon pou w konsidere sitiyasyon sa yo menm jan apot Pòl te konsidere yo a, sa vle di kòm okazyon pou w met tout konfyans ou nan Jewova epi pou w wè jan Jewova ap pran swen w. Sa ap fè w vin gen plis konfyans nan li e relasyon w gen avè l la ap vin pi reyèl. w15 15/4 4:3-5.
Dimanch 8 oktòb
Dye sistèm sa a bouche lespri moun ki pa kwayan yo. — 2 Kor. 4:4.
Satan konn twonpe moun pou l fè yo vire do bay Jewova, Bondye lanmou an (1 Jan 4:8). Pa mwayen taktik sa a, Satan anpeche moun yo “rann yo kont yo bezwen Bondye”. (Mat. 5:3.) Konsa, li “bouche lespri moun ki pa kwayan yo, dekwa pou limyè bon nouvèl ki gen glwa a, bon nouvèl sou Kris la ki pòtre Bondye, pa rive klere yo”. Youn nan pi gwo mwayen Satan itilize pou l twonpe moun se fo relijyon. Se pa ti kontan Satan dwe kontan lè l wè moun k ap adore zansèt, lanati, zannimo oubyen kèlkeswa moun oswa bagay la depi se pa Jewova, Sila a ki “egzije yon atachman san pataj” la (Egz. 20:5)! Menm gen anpil moun ki panse y ap adore Bondye kòmsadwa ki ret atache ak fo kwayans oswa koutim ki san valè. Moun sa yo nan yon eta mizerab, yo sanble ak moun Jewova t ap sipliye lè l te di: “Poukisa n ap depanse lajan nou pou bagay ki pap fè anyen pou nou? Koute m byen, [...] e n ap jwenn anpil plezi nan manje bon kalite manje.” — Eza. 55:2. w15 15/5 1:14, 15.
Lendi 9 oktòb
L ap kraze tèt ou e ou menm w ap blese l nan talon. — Jen. 3:15.
Petèt Abèl te konn reflechi ak pwomès sa a anpil e petèt li te rann li kont gen yon moun yo t ap gen pou ‘blese nan talon’ yon fason pou limanite te ka atenn lapèfeksyon Adan ak Èv te genyen anvan yo te peche a. Abèl te gen lafwa ki baze sou pwomès Bondye a, e pou rezon sa a, Jewova te aksepte sakrifis li a (Jen. 4:3-5; Ebre 11:4). Noye te chape nan delij la paske l te gen lafwa (Ebre 11:7). Grasa lafwa l te genyen, li te ofri bèt kòm sakrifis apre delij la (Jen. 8:20). Sandout, menm jan ak Abèl, li te gen lafwa lèzòm t ap gen pou yo libere anba esklavaj peche ak lanmò. Toutpandan Noye t ap viv nan epòk tèt chaje ki te vin apre delij la, epòk kote Nimwòd t ap aji ann opozisyon ak Jewova a, li te toujou gen lafwa e l te toujou gen espwa (Jen. 10:8-12). Pa gen dout nan sa, li dwe te konn panse ak yon moman kote lèzòm ap libere anba dirijan boutdi, anba peche nou eritye a epi anba lanmò. Nou menm tou nou ka “wè” yon bèl moman konsa, e moman sa a toupre rive! — Wom. 6:23. w15 15/5 3:4, 6.
Madi 10 oktòb
Tètchaje yon moun genyen fè kè l vin lou, men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan. — Pwo. 12:25.
Lè n pa gen kontwòl sou sa k ap enkyete n yo, sa ka fè n soufri ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl. Kidonk, ann toujou met konfyans nou nan Jewova epi ann pa janm bliye pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Bon pawòl ankourajan nou jwenn nan men yon moun ki konprann nou kapab fè kè n kontan. Lè n fè paran nou, konjwen nou oswa yon zanmi nou fè konfyans e ki wè bagay yo menm jan ak Bondye konnen sa n santi, sa ka ede n fè fas ak enkyetid nou genyen an. Pa gen pèsonn ki ka konprann enkyetid nou yo pi byen pase Jewova. Men sa Pòl te ekri: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon ansanm ak remèsiman. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.” (Flp. 4:6, 7). Fè yon ti reflechi ak tout kantite moun k ap fè efò pou pwoteje n kont danje nan domèn espirityèl: Nou gen kwayan parèy nou yo, ansyen yo, esklav fidèl la, zanj yo, Jezi ak Jewova. w15 15/5 4:16, 17.
Mèkredi 11 oktòb
Te gen yon mesye ki te la ki te malad depi 38 an. — Jan 5:5.
Nan zòn nò tanp Jerizalèm nan, te gen yon pisin ki rele Betzata. Gen yon gwo foul moun malad e ki enfim ki t al rasanble bò pisin nan e yo te kwè yo t ap ka geri grasa yon mirak. Pitye te pouse Jezi pwoche kot yon mesye ki te malad depi byen lontan anvan Jezi te vin sou tè a (Jan 5:6-9). Jezi te mande l si l ta renmen vin an sante. Mesye a te reponn lapoula. Mesye a te vle geri, men, li pa t wè kòman sa t ap fè posib etandone l pa t gen pèsonn pou ede l desann nan pisin nan. Lè sa a, Jezi te bay mesye a lòd pou l fè sa k te enposib la, sètadi pou l pran branka l epi pou l mache. Mesye a te fè sa Jezi te mande l la, li te pran branka l epi l kòmanse mache. Ala yon kokennchenn apèsi Jezi te bay sou sa l pral fè nan monn nouvo a! Mirak sa a fè n wè jan Jezi gen konpasyon tou. Se li ki te chèche ede mesye sa a ki te nan bezwen. Egzanp Jezi a ta dwe motive n pou n kontinye chèche moun nan tèritwa nou yo ki dekouraje akoz tout move bagay k ap rive nan monn sa a. w15 15/6 2:8-10.
Jedi 12 oktòb
Men ki jan nou dwe priye. — Mat. 6:9.
Lefètke Jezi di “Papa nou” e l pa di “Papa m”, sa fè n sonje nou fè pati yon kominote “frè” ki vrèman renmen youn lòt (1 Pyè 2:17). Ala yon gwo privilèj nou genyen! Li toutafè nòmal pou kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l pou vin pitit li yo, e ki gen posiblite pou y al viv nan syèl la, rele Jewova “Papa” nan tout sans mo a (Wom. 8:15-17). Kretyen ki gen esperans pou viv pou toutan sou tè a ka pale de Jewova antanke “Papa” yo tou. Rezon an se paske l se Sila a ki ba yo lavi epi, avèk lanmou, li fè tout vrè adoratè l yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pral kapab vin pitit Bondye nan tout sans mo a apre yo fin atenn lapèfeksyon epi yo fin demontre fidelite yo anvè Jewova nan eprèv final la (Wom. 8:21; Rev. 20:7, 8). Se yon bèl kado paran yo bay pitit yo lè yo aprann yo priye epi yo ede yo konsidere Jewova kòm Papa yo ki nan syèl la ki gen sousi pou yo. Pa gen pi gwo kado paran yo ka bay pitit yo pase ede yo vin gen yon relasyon sere sere ak Jewova. w15 15/6 4:4-6.
Vandredi 13 oktòb
Delivre nou anba Mechan an. — Mat. 6:13.
Pou n viv ann amoni ak demann nou fè Bondye pou l “delivre nou anba Mechan an”, nou dwe fè gwo efò pou n “pa fè pati monn [Satan an]”. Anplis de sa, nou pa dwe “renmen monn [Satan an], ni bagay ki nan monn nan”. (Jan 15:19; 1 Jan 2:15-17.) Pou n fè sa, nou bezwen kontinye lite. Se pa ti soulaje n ap santi n soulaje lè Jewova reponn demann sa a kote l pral detwi Satan ansanm ak monn mechan Satan an! Sepandan, nou dwe sonje lè yo te met Satan deyò nan syèl la li te konnen se yon ti kras tan li rete. Etandone l an kòlè anpil, l ap fè tout sa l kapab pou l kraze entegrite nou. Pou rezon sa a, nou bezwen kontinye priye Bondye pou l delivre n anba Mechan an (Rev. 12:12, 17). Èske w anvi wè bèl avni k ap tann nou an? Ebyen, kontinye priye pou Wayòm Bondye a fè non Bondye vin sen epi pou l vin fè volonte Bondye fèt sou tè a. Konte sou Jewova pou w jwenn sa w bezwen nan domèn espirityèl ak nan domèn fizik. Wi, se pou w pran detèminasyon pou w viv ann amoni ak priyè modèl la. — Mat. 6:9-13. w15 15/6 5:12, 17, 18.
Samdi 14 oktòb
Pral gen yon gwo tribilasyon. — Mat. 24:21.
Byenke n pa fin konnen tout sa k pral rive nan moman eprèv sa a, nou ka atann sa pral mande pou n fè kèk sakrifis. Nan premye syèk la, kretyen yo te oblije kite sa yo te posede epi yo te andire anpil difikilte yon fason pou yo te ka chape (Mak 13:15-18). Èske n ap dispoze pèdi byen materyèl nou posede yon fason pou n ret fidèl? Èske n ap pare pou n fè kèlkeswa sa yo mande n pou n ka montre nou fidèl anvè Jewova? Fè yon ti reflechi! Nan moman sa a, se nou menm sèl ki pral suiv egzanp pwofèt Dànyèl, yon pwofèt ki t ap viv nan tan lontan, lè n pral kontinye adore Bondye nou an kèlkeswa sa k rive (Dàn. 6:10, 11). Se pap moman pou n preche “bon nouvèl [...] wayòm nan” paske moman sa a ap gentan pase. Tan “lafen an” ap gentan rive (Mat. 24:14). Se sèten pèp Bondye a pral anonse yon mesaj jijman ki pral gen efè sou tout moun. Petèt mesaj sa a ap gen rapò ak yon deklarasyon konsènan monn mechan Satan an ki prèske fin detwi. w15 15/7 2:3, 8, 9.
Dimanch 15 oktòb
Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan. — Jan 17:16.
Nou pa dwe sezi si monn nan rayi nou dèske n rete net paske Jezi te gentan avèti nou. Pifò moun ki opoze avè n yo pa bay sijè ki gen rapò ak netralite kretyen an okenn enpòtans. Sepandan, sijè sa yo gen anpil enpòtans pou nou. Pou n ret fidèl anvè Jewova sa mande pou n kanpe tennfas devan presyon (Dàn. 3:16-18). Lakrentif pou lòm ka gen efè sou moun tout laj, men, se sitou jèn yo ki ka twouve l difisil pou yo fè fas ak pwoblèm nan. Si pitit ou ap fè fas ak kèk pwoblèm tankou salye drapo oswa fèt nasyonalis, pa ezite ede yo. Sèvi ak adorasyon an fanmi an pou w ede pitit ou konprann ki sa kesyon sa yo enplike yon fason pou yo ka fè fas ak difikilte sa yo avèk kouraj. Ede yo pou yo esplike kwayans yo yon fason ki klè e avèk respè (Wom. 1:16). Pran inisyativ pale ak pwofesè pitit ou yo sou kesyon sa yo si sa nesesè. w15 15/7 3:15, 16.
Lendi 16 oktòb
Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li. — Jan 3:16.
Pou n “ka jwenn lavi”, Bondye ban nou sakrifis ranson Jezi a ki se yon kado moun pa merite (1 Jan 4:9). Men sa apot Pòl te ekri pandan l t ap pale de pi gwo fason Bondye demontre lanmou l genyen an: “Kris te mouri pou lèzòm pechè nan tan ki te fikse a [...]. Paske, li difisil pou yon moun bay vi l pou yon moun ki jis. Anfèt, petèt yon moun ka dispoze mouri pou yon bon moun. Sepandan, men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” (Wom. 5:6-8). Grasa kokennchenn fason sa a Jewova demontre lanmou l, lèzòm vin gen posiblite pou yo nan yon bon pozisyon devan Jewova. Jewova demontre lanmou pou lèzòm pa mwayen ranson an. Si n gen esperans pou n viv pou toutan sou tè a epi n kontinye sèvi Jewova fidèlman, nou kapab gen asirans l ap fè lavi a bèl pou nou nan monn nouvo a. Se pa ti apwopriye l apwopriye pou n konsidere ranson an kòm pi gwo prèv ki montre jan Bondye ap toujou renmen nou! w15 15/8 1:13, 15.
Madi 17 oktòb
Pinga nou tris. — Ney. 8:10.
Privilèj nou genyen pou n viv anba dominasyon Wayòm nan merite pou n fè kèlkeswa efò pou n kowopere ak òganizasyon Jewova a epi pou n ranpli asiyasyon teyokratik nou yo. Nòmalman, sitiyasyon nou ka vin chanje. Pa egzanp, gen kèk moun nan fanmi Betèl Etazini an yo te voye al sèvi nan tèritwa e kounye a moun sa yo ap jwi yon pakèt benediksyon nan lòt fòm sèvis aplentan. Akoz laj ansanm ak kèk lòt bagay, gen kèk moun ki te nan sèvis itineran ki resevwa asiyasyon pou y al sèvi kòm pyonye espesyal kounye a. Si n aprann kontante n, nou priye Bondye pou l ede n epi n fè tout sa n kapab nan sèvis li a n ap jwenn anpil jwa ak anpil benediksyon menm nan dènye jou difisil n ap viv yo (Pwo. 10:22). Ki sa n ka di konsènan sa n atann pou lavni? Nou kapab gen kèk ide konsènan ki kote n ta renmen viv nan monn nouvo a, sepandan, yo ka mande n al viv yon kote ki diferan nèt parapò ak sa n te panse. Kèlkeswa kote n pral sèvi lè sa a epi kèlkeswa sa n pral fè a, nou mèt gen asirans n ap gen rekonesans, n ap satisfè epi n ap kontan anpil. w15 15/8 3:8.
Mèkredi 18 oktòb
[Noye] te yon moun ki te san repwòch pami moun ki t ap viv nan epòk li a. — Jen. 6:9.
Noye t ap viv nan yon monn ki mechan, men, li pa t janm anvi vin bon zanmi moun ki t ap viv nan monn li an. Li pa t chèche fè zanmi ak moun sa yo ki pa t ap sèvi Bondye. Li menm ak sèt lòt moun ki te nan fanmi l yo te okipe nan fè travay Bondye te ba yo fè a, san wete konstriksyon lach la. Pandan tan sa a, Noye te “yon moun ki t ap preche sa ki jis” tou (2 Pyè 2:5). Travay predikasyon an, travay konstriksyon lach la ak bon relasyon Noye te gen ak fanmi l te fè l ret okipe nan fè bon bagay ki fè Bondye plezi. Kòm rezilta, Noye ansanm ak fanmi l te chape nan delij la. Nou tout k ap viv jodi a dwe montre nou rekonesan anvè Noye, madanm li, pitit gason l yo ak madanm pitit gason l yo ki t ap sèvi Jewova fidèlman paske nou tout se desandan yo. Menm jan an tou, lefètke kretyen premye syèk yo te montre yo fidèl, yo te obeyisan e yo pa t nan fè zanmi ak moun ki pap sèvi Bondye, sa te pèmèt yo chape nan destriksyon Jerizalèm ak sistèm juif la nan ane 70 epòk nou an. — Lik 21:20-22. w15 15/8 4:17, 18.
Jedi 19 oktòb
[Gen] yon lè pou moun ri [...] ak yon lè pou moun danse. — Ekl. 3:4.
Se pa tout divètisman ki pote byenfè, ki detann moun oswa ki ankourajan. Anplis de sa, li pa bon pou n patisipe nan twòp divètisman oswa pou n ap detann nou twò souvan. Ki fason konsyans nou ka ede n pran plezi nan divètisman k ap fòtifye nou e pou n jwenn byenfè nan yo? Nan Ekriti yo, nou jwenn avètisman kont pratik yo rele “zèv lachè yo”. Zèv sa yo “se imoralite seksyèl, konduit ki pa pwòp, konduit derespektan, idolatri, pratik ki gen rapò ak movèzespri, rayisman, fè kont, jalouzi, kòlè san kontwòl, chirepit, divizyon, fè klan, anvi, bwè pou sou, banbòch ak lòt bagay menm jan an”. Pòl te fè konnen “moun k ap pratike bagay sa yo pap benefisye Wayòm Bondye a”. (Gal. 5:19-21.) Anrapò ak sa, nou kapab mande tèt nou: ‘Èske konsyans mwen pouse m evite spò ki vyolan, ki gen konpetisyon e ki gen zafè nasyonalis? Èske konsyans mwen ban m avètisman lè m anvi gade yon fim ki gen kèk sèn pònografi oswa k ap fè piblisite pou imoralite, eksè nan bwason ki gen alkòl oswa pratik ki gen rapò ak movèzespri?’ w15 15/9 2:11, 12.
Vandredi 20 oktòb
O Jewova, mwen byen konnen se pa lòm ki pou chwazi chemen l ap suiv. Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l. — Jer. 10:23.
Nan Bib la, nou aprann Bondye pa t bay lèzòm dwa pou yo dirije tèt yo poukont yo, pou yo vin endepandan parapò avè l, epi, si yo meprize verite enpòtan sa a, sa prale mal pou yo. Sa vrèman enpòtan pou byennèt nou. Se sèlman lè n rekonèt otorite Bondye n ap ka viv anpè ak nan tèt ansanm. Se pa ti renmen Jewova renmen nou lefètke l fè n konnen verite enpòtan sa a! Yon papa ki gen lanmou sousye l anpil de avni pitit li, li vle pou yo gen yon vrè objektif, yon objektif ki gen sans. Malerezman, pifò moun pa konn anyen konsènan lavni oswa yo pase lavi yo nan pousuiv objektif ki pap pote byenfè k ap dire (Sòm 90:10). Antanke pitit Bondye, nou santi Jewova renmen nou toutbon paske l pwomèt nou yon bèl avni. Sa bay lavi nou yon bon sans e sa fè n gen objektif nan lavi a. w15 15/9 4:10, 11.
Samdi 21 oktòb
Pap gen ni lawouze ni lapli toutotan m pa bay lòd pou sa fèt! — 1 Wa 17:1.
Nan kòmansman istwa pèp Izrayèl la, anpil moun te ka wè aksyon Bondye te fè an favè pèp Izrayèl la e yo te ka tande pale de aksyon sa yo. Jewova te fè mirak pou l fè pèp li a soti nan peyi Ejip, e pi devan, yo te pot laviktwa sou plizyè wa youn apre lòt (Joz. 9:3, 9, 10). Ènmi izrayelit yo te refize rekonèt se Bondye ki t ap goumen pou pèp Izrayèl la, e sa te lakòz yo pèdi batay yo. Annapre, Ahab, yon wa ki te mechan, te gen anpil posiblite pou l wè men Bondye nan evènman ki te pase yo. Ahab te wè dife sot nan syèl la lè Eli te priye Jewova pou dife boule sakrifis li t ap fè a. Epi, Eli te fè konnen Jewova t ap fè sechrès yo t ap sibi a sispann, lè l te di Ahab: “Desann pou lapli pa bare w.” (1 Wa 18:22-45). Ahab te wè tout sa k te pase yo, men l te toujou refize admèt aksyon sa yo se prèv ki montre byen klè pisans Bondye t ap aji. Egzanp sa a ak lòt egzanp yo anseye nou leson enpòtan sa a: nou dwe chèche wè men Jewova lè l ap aji. w15 15/10 1:4, 5.
Dimanch 22 oktòb
Moun ki jis la ap kontinye viv grasa lafwa li genyen. — Gal. 3:11.
Nou pa dwe janm gen dout sou sa, depi n suiv enstriksyon Bondye bay, tout bagay ap mache byen pou nou. Li enpòtan pou n gen lafwa nan Sila a ki ka ede n toutbonvre a. Apot Pòl fè n sonje, Bondye, “selon pisans li k ap aji nan nou, ka vrèman fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine”. (Efe. 3:20.) Sèvitè Jewova yo fè tout sa yo kapab pou yo fè volonte Bondye, men, piske yo konnen yo gen limit, yo konte sou Jewova pou beni efò yo fè. Èske n pa kontan lefètke Bondye nou an avèk nou? Èske n ka atann pou Bondye ban n plis lafwa si n mande l sa? Bib la ban nou asirans Bondye ap ban nou plis lafwa lè “nou mande l selon volonte l”. (1 Jan 5:14.) Li klè, Jewova kontan lè l wè gen moun ki gen yon konfyans total nan li. Jewova ap reponn priyè n fè pou n mande l plis lafwa e lafwa nou ap grandi anpil, konsa n ap vin “diy pou nou rantre nan wayòm Bondye a”. — 2 Tes. 1:3, 5. w15 15/10 2:16-18.
Lendi 23 oktòb
Pa janm [kite anyen] pote nou ale. — Ebre 2:1.
Lè yon moun medite sou bagay espirityèl, sa ap ede l vin yon kretyen ki gen matirite (Ebre 5:14; 6:1). Yon moun ki pase yon tikras tan ap reflechi sou Jewova ak Jezi pap gen yon lafwa ki djanm. Nenpòt pwoblèm ka pote l ale lwen laverite oswa fè l kite laverite (Ebre 3:12). Jezi te di si n pa tande oswa aksepte Pawòl Bondye a “ak yon kè ki pwòp e ki bon”, nou pap ka “kenbe pawòl la”. Li fasil pou n kite “enkyetid, richès ak plezi ki gen nan lavi sa a pran tèt” nou e pou n “pa pwodui anyen ki bon nèt”. (Lik 8:14, 15.) Kidonk, ann kontinye reflechi sou Pawòl Bondye a. Sa ap fè n anvi reflete glwa Bondye, kalite l yo ak pèsonalite l jan sa parèt nan Bib la (2 Kor. 3:18). Ki sa k ka pi bon pase sa? Chèche gen plis konesans sou Bondye epi chèche jwenn posiblite pou n reflete glwa li se yon gwo privilèj e se yon bagay n ap toujou kontinye fè tank n ap kontinye aprann fason pou n imite Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou. — Ekl. 3:11. w15 15/10 4:13, 14.
Madi 24 oktòb
Sajès bon pou ou. Si w jwenn li, w ap gen yon bèl avni. — Pwo. 24:14.
Antanke paran, ou vle pou pitit ou ki adolesan kontinye gen bon relasyon ak Bondye, e Bondye vle pou w leve pitit ou nan “disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”. (Efe. 6:4.) Donk, sèvi ak responsablite Bondye ba w la pou w tabli yon bon woutin nan domèn espirityèl e pou w kenbe woutin sa a. Ann pran yon egzanp: Ou fè tout sa w kapab pou w anseye pitit ou paske w konnen edikasyon yo enpòtan e w espere sa ap fè yo vin renmen aprann. Menm jan an tou, paran ki gen lanmou yo fè tout sa yo kapab pou pitit yo jwenn byenfè nan ‘avètisman Jewova bay’ nan reyinyon kongregasyon an ak lòt aktivite espirityèl yo. Etandone edikasyon Jewova bay la enpòtan anpil, ou fè gwo efò pou w fè pitit ou vin renmen bagay espirityèl yo e pou yo rekonèt li bon pou yo gen sajès. Menm jan Jezi te ede disip li yo, ou chèche ede pitit ou ki adolesan pou yo reyisi nan travay predikasyon an lè w ede yo vin renmen anseye Pawòl Bondye a e pou yo vin gen yon bon woutin nan travay predikasyon an. w15 15/11 2:6.
Mèkredi 25 oktòb
Chèf tout gason se Kris, chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye. — 1 Kor. 11:3.
Lanmou sitou enpòtan akoz prensip otorite Bondye tabli a. Men, nou pa dwe sèvi ak pozisyon nou antanke moun ki gen otorite pou n domine sou lòt moun. Byenke yon mari se chèf madanm li, Bib la mande pou l “onore” madanm li (1 Pyè 3:7). Youn nan fason mari yo ka onore madanm yo se lè yo pran bezwen yo an konsiderasyon ak lè yo pèmèt yo deside anvan nan kèk sitiyasyon. Se sa k fè Pawòl Bondye a di: “Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an, e li te bay tèt li pou li.” (Efe. 5:25). Wi, Jezi te menm bay lavi l pou disip li yo. Lè yon mari imite fason Jezi egzèse otorite l avèk lanmou, l ap pi fasil pou madanm li renmen l, pou l respekte l e pou l soumèt devan l. — Tit 2:3-5. w15 15/11 4:6, 7.
Jedi 26 oktòb
Disip ki Juif ki pale grèk yo te kòmanse ap plenyen kont disip ki Juif ki pale ebre yo. — Tra. 6:1.
Toutpandan Krisyanis la t ap gaye toupatou, lang grèk la te vin tounen lang pifò kretyen pale. Anfèt, Evanjil Matye, Mak, Lik ak Jan te ekri ki rakonte sa Jezi te anseye ak sa l te fè yo, te gaye toupatou nan lang grèk. Kidonk, se grèk ki te lang pifò disip Jezi yo te pale, se pa ebre. Lèt apot Pòl te ekri yo ak lòt liv Bondye te fè ekri yo te vin disponib nan lang grèk tou. Li enteresan pou n konnen lè ekriven ki te patisipe nan redaksyon liv ki te ekri an grèk yo te konn site pasaj ki sot nan liv ki ekri ann ebre yo, an jeneral, yo te konn pran pasaj sa yo nan Septant lan. Kounye a pasaj sa yo fè pati Pawòl Bondye te fè ekri a byenke pafwa konn gen kèk ti diferans nan mo oswa ekspresyon yo itilize lè y ap tradui yo. Konsa, travay tradiktè enpafè sa yo te fè a vin fè pati Pawòl Bondye a, yon Bondye ki pa bay yon kilti oswa yon lang plis enpòtans pase yon lòt. — Tra. 10:34. w15 15/12 1:8, 9.
Vandredi 27 oktòb
O Jewova, louvri bouch mwen Pou m ka fè louwanj pou ou. — Sòm 51:15.
Pale se yon bagay nou fè chak jou nan lavi a, men, nou pa oblije pale toutan. Bib la di gen “yon lè pou moun pa di anyen”. (Ekl. 3:7.) Lè n fè silans pandan lòt moun ap pale, sa ka montre nou respekte moun (Jòb 6:24). Lè n metrize lang nou pou n pa devwale sekrè moun fè n sou yon bagay konfidansyèl, sa bay prèv nou se moun yo ka fè konfyans e nou gen bon konprann (Pwo. 20:19). N ap montre n saj lè n metrize lang nou lè y ap pwovoke n (Sòm 4:4). Yon lòt bò, Bib la di gen “yon lè pou moun pale” tou (Ekl. 3:7). Si yon zanmi fè nou yon bèl kado, sandout nou pap mete l yon kote pou pyès moun pa wè l. Olye de sa, n ap montre jan n renmen kado a lè n byen sèvi avè l. Nou montre nou rekonesan anvè Jewova pou kapasite l ban nou pou n pale a lè n sèvi avè l avèk sajès. Sa ka gen ladan l pou n di sa n santi, pou n fè konn sa n bezwen, pou n pataje kèk mo ankourajan e pou n bay Bondye louwanj. w15 15/12 3:4, 5.
Samdi 28 oktòb
Pa bwè dlo ankò, men pran yon ti diven poutèt lestomak ou a e poutèt malad w ap malad souvan an. — 1 Tim. 5:23.
Nou pap viv nan yon epòk kote kretyen parèy nou yo ka sèvi ak “don gerizon” pou geri nou (1 Kor. 12:9). Sepandan, gen kèk frè, ak tout bon entansyon yo, k ap bay konsèy nan zafè sante san yo pa mande yo. Nòmalman, yon moun gendwa bay kèk sijesyon ki pratik. Pòl te fè sa lè Timote te gen yon pwoblèm lestomak petèt akoz dlo nan zòn nan ki pa t bon. Sepandan, sa diferan anpil ak lè yon moun ap eseye konvenk yon Temwen parèy li pou l sèvi ak kèk fèy, kèk remèd oswa pou l fè kèk rejim ki ka pa menm bay bon rezilta e ki ka menm gen move efè sou moun nan. Pafwa, gen kèk moun ki konn eseye konvenk lòt moun lè yo bay yon ti esplikasyon tankou: ‘Gen yon fanmi m ki te gen menm maladi a e l te pran... Apre sa, li anfòm.’ Kèlkeswa jan yon konsèy konsa kapab sensè, li ta bon pou n toujou sonje menm medikaman oswa tretman pifò moun konn itilize yo kapab gen move efè. — Pwo. 27:12. w15 15/12 4:13.
Dimanch 29 oktòb
Kris, yon moun ki jis, te mouri yon sèl fwa pou moun ki enjis, pou l te ka delivre yo anba peche. — 1 Pyè 3:18.
Etandone nou eritye peche, nou tout kondane pou n mouri (Wom. 5:12). Lanmou te fè Jewova pran dispozisyon pou Jezi vin sou tè a e pou l “goute lanmò pou tout moun”. (Ebre 2:9.) Nonsèlman Jewova sove lavi n depi kounye a, men, li poze baz pou l retire sa k lakòz lanmò a pou toutan (Eza. 25:7, 8; 1 Kor. 15:22, 26). Tout moun ki montre yo gen lafwa nan Jezi pral resevwa lavi ki pap janm fini an nan lapè ak lakontantman antanke moun ki pral viv sou tè a lè Kris ap dirije nan Wayòm Bondye a. Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral dirije ak Kris nan Wayòm nan (Wom. 6:23; Rev. 5:9, 10). Ki lòt byenfè ankò ki gen nan kado sa a Jewova bay la? Kado Jewova bay la gen ladan l geri li pral geri tout maladi nou yo, fè l pral fè tè a vin tounen yon paradi ak resisite li pral resisite moun ki mouri yo (Eza. 33:24; 35:5, 6; Jan 5:28, 29). Se sèten nou renmen Jewova ak Pitit gason l lan lefètke yo ban nou kado sa a “moun pa jwenn mo pou yo esplike l” la. — 2 Kor. 9:15. w16.01 2:5, 6.
Lendi 30 oktòb
Nou dwe fèt yon lòt fwa ankò. — Jan 3:7.
Moun ki pral viv nan syèl la te gen esperans pou yo viv sou tè a anvan lespri Bondye te fè yo konnen Bondye chwazi yo. Yo te swaf pou yo wè moman kote Jewova pral netwaye tè a e yo te vle jwi benediksyon ki pral vini yo. Petèt yo te menm konn imajine yo menm k ap akeyi moun yo renmen yo lè y ap sot nan tonm nan. Yo t ap tann pou yo abite nan kay yo bati epi pou yo manje fwi pyebwa yo plante (Eza. 65:21-23). Poukisa panse yo vin chanje? Se pa paske yo vin pa renmen esperans sa a ankò. Se pa strès oswa pwoblèm ki fè yo vin chanje fason yo panse. Yo pa bay tè sa a vag kòmsi bridsoukou yo vin santi zafè viv pou toutan sou tè a se yon bagay k ap fatigan oswa k ap raz, ni yo pa jis vle konnen ki jan lavi a ye nan syèl la. Okontrè, yo vin chanje paske fason lespri Bondye aji nan yo a pa sèlman fè yo konnen yo rele yo oswa yo envite yo, men, li chanje fason yo panse ak esperans yo genyen. w16.01 3:11, 13.
Madi 31 oktòb
Anplis, piske n ap travay ansanm ak Bondye, nou sipliye nou pou nou pa fin aksepte favè san parèy Bondye a, epi apre sa pou nou rate objektif li. — 2 Kor. 6:1.
Jewova se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, se li ki kreye tout bagay e l gen yon sajès ak yon pisans ki pa gen limit. Jòb te konprann sa. Men sa l te di apre Jewova te fin poze l kèk kesyon konsènan travay kreyasyon l lan: “Mwen konnen ou kapab fè tout bagay, e pa gen anyen ou panse fè ki enposib pou ou.” (Jòb 42:2). Byenke Jewova ka fè kèlkeswa sa l vle a san l pa bezwen pèsonn ede l, depi okòmansman, lanmou te pouse l envite lòt moun vin travay avè l pou l ka reyalize objektif li. Premye moun Bondye te kreye se sèl Pitit gason espirityèl li fè a. Jewova te pèmèt Pitit gason l lan ede l kreye tout bagay, kit se bagay espirityèl kit se lòt bagay (Jan 1:1-3, 18). Konsa, Jewova onore Pitit gason l lan lè l pèmèt li patisipe nan travay kreyasyon l lan ak lè l fè lòt moun konnen wòl enpòtan Pitit gason l lan jwe. — Kol. 1:15-17. w16.01 5:1, 2.