Mas
Jedi 1ye mas
Yo te mete Jefte deyò. — Jij 11:2.
Piske frè Jefte yo te jalou sò l e yo te rayi l, yo te fòse l kite yon tè nòmalman ki te pou li dapre lalwa (Jij 11:1-3). Sepandan, lè yo te sipliye l pou l ede yo, li te fè sa menm kote a (Jij 11:4-11). Se pa t santiman Jefte yo ki te pi enpòtan pou li, sa k te pi enpòtan pou li se te goumen pou defann non Jewova (Jij 11:9). Li te detèmine pou l ret fidèl ak Jewova. Fason l te aji a te fè ni li menm ni Izrayelit yo jwenn favè Jewova (Ebre 11:32, 33). Ki leson nou aprann nan egzanp Jefte a? Ki sa n ap fè si frè nou yo fè n yon bagay ki mal oswa si n santi yo pa byen aji avè n? Menmsi yo blese santiman nou, nou pa dwe kite sa anpeche n sèvi Jewova. Pa janm sispann al nan reyinyon oswa pase tan ak moun nan kongregasyon an. Ann imite Jefte lè n obeyi Jewova. Sa ap ede n fè fas ak sitiyasyon difisil yo yon fason pou nou menm tou nou ka vin yon bon egzanp. — Wom. 12:20, 21; Kol. 3:13. w16.04 1:7, 9, 10.
Vandredi 2 mas
Nou pap abandone. — 2 Kor. 4:1.
Nou dwe andire, pa sèlman pou yon ti tan, men jiska lafen. Imajine yon bato k ap koule. Pou moun ki nan bato a rive chape, yo dwe naje jis yo rive sou tè. Moun ki bay vag kou l kòmanse naje a ap nwaye. Menm jan an tou, moun ki bay vag yon ti tan anvan l rive sou tè a ap nwaye tou. Si nou vle viv nan monn nouvo a, nou bezwen kontinye andire. Ann montre nou gen menm detèminasyon ak apot Pòl ki te di: “Nou pap abandone.” (2 Kor. 4:1, 16). Menm jan ak apot Pòl, nou vrèman gen konviksyon Jewova ap ede n andire jiska lafen. Men sa Pòl te ekri: “Nou pot yon viktwa total grasa Sila a ki renmen nou an. Paske, mwen gen konviksyon ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni gouvènman, ni bagay ki la kounye a, ni bagay ki gen pou vini, ni pisans, ni bagay ki wo, ni bagay ki ba, ni okenn lòt kreyasyon pap kapab separe nou ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi, Seyè nou an.” — Wom. 8:37-39. w16.04 2:17, 18.
Samdi 3 mas
Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, e l ap ba li l. — Jak 1:5.
Mande Jewova sajès pou w rekonèt yon sitiyasyon ki ka fè l difisil pou w pa antre nan zafè monn nan. Epi, mande l ede w fè sa ki dwat nan sitiyasyon sa a. Yo ka mete w nan prizon oswa yo ka pini w kèk lòt fason ankò lefètke w ret fidèl ak Jewova. Si sa rive, priye Jewova pou l ba w kouraj pou w byen esplike lòt moun rezon ki fè w pa antre nan zafè monn nan. Ou kapab gen asirans Jewova ap ede w andire (Tra. 4:27-31). Jewova ban nou Labib pou n ka jwenn fòs ladan l. Lè w medite sou vèsè yo, sa ka ede w kenbe netralite w. Eseye aprann vèsè yo epi sonje yo paske y ap ede w si yon lè w pa gen Bib la nan men w. Anplis de sa, Bib la ka fè espwa w gen nan sa Bondye pwomèt konsènan lavni yo vin pi djanm. Nou bezwen esperans sa a pou n ka andire anba pèsekisyon (Wom. 8:25). Chwazi kèk vèsè ki pale sou bagay ou sitou espere jwi nan monn nouvo a, epi, imajine ou menm k ap jwi bagay sa yo. w16.04 4:14, 15.
Dimanch 4 mas
Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay. — Mat. 10:8.
Chèf Legliz lakretyente yo pa preche konsènan Wayòm Bondye a. Menmsi yo konn pale de Wayòm Bondye a, anpil nan yo di Wayòm nan se yon santiman ki nan kè moun (Lik 17:21). Yo pa fè moun yo konnen Wayòm nan se yon gouvènman ki nan syèl la e se Jezi k ap dirije l. Olye de sa, an jeneral, yo pale de Jezi nan epòk Nwèl oswa fèt Pak. Yo pa fè moun yo konnen Wayòm nan pral rezoud pwoblèm tout moun epi, talè konsa, li pral retire tout mechanste sou tè a (Rev. 19:11-21). Sa klè, chèf legliz lakretyente yo pa konn sa Jezi pral fè antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Epitou, yo pa konprann rezon ki fè yo dwe preche a. Disip Jezi yo pa dwe preche nan objektif pou yo fè lajan oubyen pou yo bati gwo bilding. Travay predikasyon an pa dwe yon biznis (2 Kor. 2:17, nòt). Disip Jezi yo pa dwe mande moun peye yo pou travay predikasyon y ap fè a. — Tra. 20:33-35. w16.05 2:7, 8
Lendi 5 mas
Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun. — 1 Kor. 10:24.
Imajine ou renmen yon stil rad, men w konnen gen kèk moun nan kongregasyon an k ap choke si w mete stil rad sa a. Bib la pa di anyen sou stil rad sa a. Bon, ki jan w ka rive konnen sa Jewova panse? Men sa Bib la di nou: “Medam yo dwe fè bèbèl ak tèt yo ak abiman ki kòrèk. Yo dwe fè sa yon fason ki senp e avèk bonsans. Yo pa dwe fè sa ak yon seri stil cheve trese, oswa ak lò, oubyen ak pèl, oswa ak rad ki koute chè anpil, men, y ap fè sa jan medam ki di yo gen atachman pou Bondye yo dwe fè sa.” (1 Tim. 2:9, 10). Byennantandi, tout sèvitè Jewova yo, menm gason yo, kapab aprann nan pawòl sa yo. Bonsans ap ede n panse ak ki jan lòt moun kapab santi yo lè yo wè rad nou chwazi mete. Epi, piske nou renmen frè ak sè n yo, nou evite fè yo fache oswa blese santiman yo. — 1 Kor. 10:23, 24; Fil. 3:17. w16.05 3:14.
Madi 6 mas
O Jewova, ou se Papa nou. Nou se ajil, e ou se Atizan ki ban nou fòm nan, nou tout se travay ou fè ak men w. — Eza. 64:8.
Lè Adan te rebele kont Moun ki te kreye l la, li te vin pa pitit Bondye ankò. Men, gen anpil nan pitit pitit Adan yo ki chwazi Jewova kòm Dirijan yo (Ebre 12:1). Lefètke yo obeyi Kreyatè yo a avèk imilite, yo montre se li menm yo vle kòm Papa yo ak Atizan k ap ba yo fòm nan, se pa Satan (Jan 8:44). Fidelite yo anvè Bondye fè n sonje pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Jodi a, menm jan an tou, vrè adoratè Jewova yo ap fè gwo efò pou yo aji ak imilite e pou yo obeyi l. Yo konsidere se yon onè sa ye pou yo di Jewova se Papa yo e yo vle pou se li menm ki Atizan k ap ba yo fòm nan. Èske n dispoze montre nou se ajil ki maleyab Bondye kapab bay fòm pou l vin tounen yon veso ki gen anpil valè? Èske n konsidere chak frè ak sè n yo kòm yon ajil Bondye toujou ap bay fòm? w16.06 1:2, 3.
Mèkredi 7 mas
Kontinye verifye si nou nan lafwa. — 2 Kor. 13:5.
Tank n ap pwoche pi pre monn nouvo a, se tank n ap jwenn eprèv ki teste lafwa nou. Se sa k fè n bezwen egzamine ki kalite lafwa nou genyen. Ki jan n kapab asire nou lafwa nou solid? Nou kapab egzamine pawòl Jezi nou jwenn nan Matye 6:33 a. Mande tèt ou: ‘Èske objektif mwen genyen ak desizyon mwen pran montre mwen kwè nan pawòl Jezi yo? Èske m ap aksepte pèdi reyinyon oubyen rate soti predikasyon pou m ka al fè plis lajan? Ki sa m t ap fè si travay mwen oblije m pase plis tan ladan l e m oblije depanse plis enèji ladan l? Èske m ap kite monn sa a ban m fòm e petèt menm fè m sispann sèvi Jewova?’ Si n pa obeyi sa Bib la di sou fè move zanmi, relasyon nou ak moun ki eskominye, oubyen sou kalite divètisman pou nou chwazi, kè nou kapab vin di. Ki sa w dwe fè si sa kòmanse rive w? Ou bezwen egzamine kalite lafwa w san pèdi tan! Se pou w onèt ak tèt ou e toujou sèvi ak Pawòl Bondye a pou w korije fason w panse. w16.06 2:8, 9.
Jedi 8 mas
Sa ki pa anpil la ap tounen 1 000 e sa ki toupiti a ap tounen yon gwo nasyon. — Eza. 60:22.
Toupatou sou tè a, gen yon òganizasyon ki gen moun ki renmen Jewova ladan l e ki vle sèvi l. Moun sa yo se Temwen Jewova yo. Byenke yo se moun ki gen kèk defo e ki konn fè erè, Jewova sèvi ak lespri sen l pou l dirije pèp li a. An 1914, te gen yon tikras moun ki t ap adore Jewova. Men, Jewova te beni travay predikasyon an. Kòm rezilta, plizyè milyon moun te vin aprann verite ki nan Bib la e yo te vin Temwen li. Nan tèks pou jounen an Jewova te pale de kokennchenn akwasman sa a, e men sa l ajoute: “Mwen menm, Jewova, m ap akselere travay sa a nan lè l gen pou l fèt la.” Jodi a, nou ka wè byen klè pwofesi sa a ap reyalize. Pèp Jewova a tankou yon gwo nasyon. An reyalite, gen anpil nasyon sou tè a ki gen mwens moun ladan yo pase kantite moun ki nan pèp Jewova a. w16.06 4:1, 2.
Vandredi 9 mas
Èske nou pa gen plis valè pase [zwazo nan syèl] yo? — Mat. 6:26.
Jezi te gen asirans si Papa l pran swen zwazo yo, l ap pran swen moun tou (1 Pyè 5:6, 7). Li klè, menm jan ak zwazo yo, nou pa dwe fè parès. Pou n jwenn manje pou n manje, se swa nou fè jaden oubyen n travay pou n jwenn lajan pou n achte manje. Jewova kapab beni efò nou fè. Epi, menm lè n pa gen ase lajan oswa manje, li toujou kapab ban nou sa n gen bezwen. Pa egzanp, lòt moun ka pataje sa yo genyen avèk nou. Anplis de sa, Jewova bay zwazo yo kote pou yo rete. Li ba yo kapasite pou yo fè nich e se li ki fè materyo zwazo yo itilize pou yo fè nich yo. Menm jan an tou, Jewova kapab ede n jwenn yon bon kote pou fanmi nou rete. Lè Jezi te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an, sandout li t ap panse ak lavi l li t apral bay pou tout moun nan yon ti tan ankò (Konpare ak Lik 12:6, 7). Li klè, Jezi pa t mouri ni pou zwazo yo ni pou okenn lòt bèt. Li te mouri pou nou, pou n ka viv pou toutan. — Mat. 20:28. w16.07 1:11-13.
Samdi 10 mas
Peche pa dwe domine sou nou, piske nou pa anba lalwa, men nou anba favè san parèy la. — Wom. 6:14.
Poukisa nou peche e nou mouri? Bib la di “akoz fot yon sèl moun, lanmò vin domine antanke wa”. Se sa k fè, piske nou se desandan Adan, nou enpafè e nou mouri (Wom. 5:12, 14, 17). Sepandan, nou toujou kapab chwazi pa kite peche domine sou nou oubyen kontwole nou. Lè n demontre lafwa nan sakrifis ranson Kris la, nou benefisye favè san parèy Jewova a (Wom. 5:20, 21). Menmsi nou toujou pechè, nou pa oblije kite peche domine sou nou. Se sa k fè, lè n fè yon bagay ki mal, nou mande Jewova padon. Kounye a, ki jan nou ka rive jwi favè san parèy Bondye a? Men repons Pòl te bay: “Favè san parèy Bondye a [...] montre nou pou nou rejte konduit ki dezonore Bondye, pou nou rejte dezi ki nan monn nan, e pou nou viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye nan sistèm sa a.” — Tit 2:11, 12. w16.07 3:5, 6.
Dimanch 11 mas
[Bondye] mennen l bay gason an. — Jen. 2:22.
Premye maryaj la te vin gen gwo pwoblèm lè Adan ak Èv te dezobeyi Jewova. “Premye sèpan an”, Satan Ledyab, te twonpe Èv e l te fè l konnen si l manje fwi “pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la”, sa ap fè l vin gen yon konesans espesyal. Satan te fè l konnen si l manje fwi pyebwa a, sa ap pèmèt li deside sa ki byen ak sa ki mal. Èv pa t montre l respekte Adan, chèf fanmi an, lè l te deside manje fwi a san l pa t pale sou sa avè l anvan. Adan te dezobeyi Bondye lè l te aksepte fwi a nan men madanm li (Rev. 12:9; Jen. 2:9, 16, 17; 3:1-6). Lè Jewova te poze yo kesyon, Adan te lage chay la sou madanm li. Èv te lage chay la sou sèpan an, li te fè konnen se sèpan an ki twonpe l (Jen. 3:12, 13). Adan ak Èv te bay yon seri eskiz ki pa kanpe sou anyen pou montre rezon ki fè yo te dezobeyi, e Jewova te jije rebèl sa yo. An reyalite, egzanp yo a se yon avètisman pou nou! Pou yon maryaj reyisi, mari a ak madanm nan dwe obeyi Jewova e yo dwe responsab aksyon yo. w16.08 1:1, 4, 5.
Lendi 12 mas
Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l. — Mat. 19:6.
Poukisa gen kèk moun marye ki jwenn gwo pwoblèm nan maryaj yo? Pou kèk moun, yo santi sa yo t ap atann de maryaj la se pa sa yo jwenn, sa fè yo regrèt oubyen yo fache. Byen souvan, vin gen pwoblèm akoz moun yo pa t leve menm jan e akoz yo pa reyaji menm jan. Genyen ki konn gen pwoblèm ak fanmi moun yo marye avè l la, oswa yo pa rive dakò sou fason pou yo depanse lajan, oubyen sou fason pou yo leve pitit yo. Men, nou kontan wè pifò kretyen ki marye yo rive jwenn solisyon pou pwoblèm yo paske yo kite Bondye gide yo. Lè moun ki marye yo jwenn gwo pwoblèm, yo ka mande ansyen yo nan kongregasyon an èd. Mesye sa yo gen anpil eksperyans, e yo kapab ede moun ki marye yo suiv konsèy Bondye bay nan lavi yo. Epi, lè moun marye yo mande Jewova èd lespri sen l, sa ka ede yo suiv prensip biblik yo, epi demontre kalite kretyen yo. — Gal. 5:22, 23. w16.08 2:11-13.
Madi 13 mas
Apati kounye a, se moun ou pral pran tou vivan. — Lik 5:10.
Jezi te okipe anpil. Men, lè moun yo te dispoze koute l, li te pase tan ak yo e l te anseye yo anpil bagay. Pa egzanp, gen yon foul moun ki te rasanble bò lanmè pou yo koute Jezi. Jezi te monte nan yon bato ansanm ak Pyè e l te anseye moun yo detan l nan bato a. Apre sa, li te fè yon mirak kote l te fè Pyè pran yon gwo kantite pwason epi l te di l pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Menm kote a, Pyè ak moun ki te ansanm avè l yo te “abandone tout bagay”, e yo suiv Jezi (Lik 5:1-11). Nikodèm te vle aprann plis bagay nan men Jezi tou. Nikodèm, yon manm Sanedren an, te pè sa lòt moun te ka di si yo te wè l ap pale ak Jezi. Li te vizite Jezi nan nuit. Jezi pa t voye l ale. Okontrè, li te pataje yon seri verite ki pwofon avè l (Jan 3:1,2). Jezi te toujou dispoze itilize tan l pou l anseye moun yo laverite e pou l fè lafwa yo vin pi djanm. Menm jan an tou, nou dwe dispoze vizite moun yo nan yon lè k ap bon pou yo, e nou dwe ede yo konprann Bib la. w16.08 4:10, 11.
Mèkredi 14 mas
Mache avèk Bondye w la e [...] fè sa avèk imilite. — Miche 6:8.
Nou gen Jewova anpil rekonesans poutèt li pa ban nou yon seri lis byen long pou abiman ak aparans ki akseptab oswa ki pa akseptab. Olye de sa, li ban nou libète pou n pran desizyon ki rezonab ki baze sou prensip ki nan Bib la. Avèk imilite, nou rekonèt Jewova se yon Bondye ki pwòp, ki sen, e prensip li yo se pi bon gid nou genyen. Si n vle rekonèt limit nou e nou vle gen imilite, n ap suiv prensip li yo nan lavi nou. Mete sou sa, lè n rekonèt limit nou, sa ap ede nou respekte santiman lòt moun ak opinyon yo. Abiman nou dwe montre byen klè nou se sèvitè Jewova. Prensip Jewova yo wo nivo, e nou kontan suiv yo. An jeneral, frè ak sè nou yo merite felisitasyon pou aparans yo ak bon konduit yo genyen, sa atire moun ki sensè yo pou yo aksepte mesaj Bib la bay k ap sove lavi yo, e sa fè Jewova jwenn glwa ak kè kontan. w16.09 3:18-20.
Jedi 15 mas
Ou [...] te lite ni ak Bondye ni ak moun, e alafen ou genyen. — Jen. 32:28.
Jakòb te gen anpil detèminasyon, e l te bay prèv li te vle fè anpil efò pou l jwenn yon benediksyon (Jen. 32:24-26)! Jewova te beni Jakòb paske l te pèsevere e li te rele l Izrayèl, ki vle di “Moun ki lite (oubyen pèsevere) ak Bondye”. Jakòb te jwenn menm rekonpans n ap chèche a, sa vle di, favè ak benediksyon Jewova. Rachèl, madanm Jakòb te renmen anpil la, te chofe pou l wè jan Jewova t ap kenbe pwomès li te fè pou l beni desandan mari l la. Men, Rachèl pa t ka fè pitit. Nan epòk sa a, pwoblèm sa a te konn fè medam yo soufri anpil. Ki jan Rachèl te kontinye lite malgre sitiyasyon li te ladan l lan te fè l dekouraje? Li pa t janm pèdi espwa. Olye de sa, pou l te kontinye lite, li te priye Jewova pi plis toujou. Jewova te tande priyè sensè Rachèl te fè yo, e Rachèl te santi Jewova beni l lè finalman li te vin gen pitit. — Jen. 30:8, 20-24. w16.09 2:6, 7.
Vandredi 16 mas
Pawòl Bondye a vivan e li pisan, li pi file pase yon epe ki file de bò. — Ebre 4:12.
Li enpòtan tou pou w anseye pitit ou kè yo ap pi kontan lè yo obeyi sa Bib la di (Sòm 1:1-3). Pa egzanp, ou ta ka mande pitit ou pou yo imajine yo menm ki pral viv sou yon zile. Yo dwe chwazi kèk moun pou al viv sou zile a avèk yo. Apre sa, ou ta kapab mande yo: “Ki kalite moun ou t ap pran al avè w si w ta renmen tout moun viv byen youn ak lòt?” Alafen, ou ta ka li Galat 5:19-23 pou ede l wè ki kalite moun Jewova vle nan monn nouvo a. Konsa, ou t ap ka anseye pitit ou de leson enpòtan. Premyèman, Jewova ap anseye nou fason pou n viv ak kè kontan depi kounye a e pou n viv anpè ak lòt moun. Dezyèmman, l ap anseye nou fason pou n viv nan monn nouvo a (Eza. 54:13; Jan 17:3). Epitou, ou ta ka montre pitit ou fason Bib la ede frè ak sè nou yo. Pa egzanp, pou w fè sa, ou ka chèche yon byografi nan youn nan piblikasyon nou yo, petèt nan ribrik “Labib chanje lavi moun” ki parèt nan Toudegad. w16.09 5:13, 14.
Samdi 17 mas
Se pou nou byen sèvi ak tan nou. — Efe. 5:16.
Byenke nou ka okipe anpil, nou tout bezwen pran tan pou n fè etid pèsonèl ak adorasyon an fanmi (Efe. 5:15). Objektif nou se pa ta dwe annik li yon pakèt enfòmasyon oswa prepare yon kòmantè pou reyinyon yo. Nou dwe gen objektif pou n kite Pawòl Bondye a gen efè sou nou e fòtifye lafwa nou. Nou dwe ekilibre. Lè n ap etidye, nou pa dwe sèlman reflechi ak bezwen lòt moun, men nou dwe reflechi ak bezwen pa nou tou (Fil. 1:9, 10). Nou dwe admèt lè n ap prepare n pou travay predikasyon an, pou reyinyon yo oswa pou yon diskou, nou ka pa toujou aplike enfòmasyon an pou tèt nou. Pa egzanp, menm lè yon chèf kuizinye dwe goute manje li fè yo anvan l sèvi yo, li pa ka kontinye viv nan goute sèlman. Si l vle ret an sante, li dwe toujou prepare manje ki gen vitamin pou l manje. Menm jan an tou, si n vle ranfòse relasyon nou ak Jewova, nou bezwen etidye Labib regilyèman. Etid pwofon sa yo ap fè nou jwenn sa nou menm nou bezwen. w16.10 2:10, 11.
Dimanch 18 mas
Grasa lafwa nou genyen, nou vin konprann se pawòl Bondye ki mete sistèm yo anplas. Konsa, bagay nou wè yo soti nan bagay ki pa vizib. — Ebre 11:3.
Nan Ebre 11:1, Bib la esplike sa lafwa ye. 1) Lafwa se “tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans”. Bagay nou espere yo gen ladan yo pwomès Bondye fè pou lavni yo. Pa egzanp, nou gen asirans mechanste pral fini e pral gen yon monn nouvo. 2) Lafwa se “prèv klè” oswa bonjan prèv yon moun genyen “sou yon seri bagay reyèl li pa wè”. Nou konnen Jewova Dye, Jezi Kris, zanj yo ak Wayòm nan ki nan syèl la egziste, menm lè nou pa ka wè yo. Ki jan n ka montre nou gen lafwa toutbon nan pwomès Bondye yo ak nan bagay nou pa ka wè yo? Nou fè sa nan fason nou mennen lavi nou, nan sa nou di ak nan sa nou fè. w16.10 4:6.
Lendi 19 mas
Se pou youn kontinye ankouraje lòt. — Ebre 3:13.
Jewova ak Jezi vrèman apresye tout sa nou fè pou yo, menmsi nou pa kapab fè tout sa n ta vle fè (Lik 21:1-4; 2 Kor. 8:12). Pa egzanp, nou konnen sa mande anpil efò pou frè ak sè nou yo ki aje vin nan reyinyon epi patisipe nan travay predikasyon an regilyèman. Èske nou ankouraje yo e nou felisite yo pou tout sa yo fè? Wi, nou bezwen ankouraje lòt moun otank posib. Nenpòt lè w wè yon moun fè yon bon bagay, asire w ou felisite l. Lè Pòl ak Banabas te nan vil Antyòch ki nan Pizidi a, men sa responsab sinagòg vil sa a te di yo: “Frè nou yo, si nou gen yon pawòl nou vle di pou nou ankouraje pèp la, nou mèt pale.” Pòl te pwofite okazyon sa a pou l ankouraje moun yo (Tra. 13:13-16, 42-44). Lè n ankouraje lòt moun, moun kapab ankouraje n tou. — Lik 6:38. w16.11 1:3, 15, 16.
Madi 20 mas
Je Jewova tout kote, l ap gade ni moun ki mechan ni moun ki bon. — Pwo. 15:3.
Se pa ti onè sa ye pou n fè pati òganizasyon Jewova a e pou n konnen sa l mande nou fè! Byennantandi, depi nou konnen sa k fè Bondye plezi, nou gen responsablite pou n obeyi l e pou n fè sa k byen. E malgre gen anpil moun ki renmen fè sa k mal, nou dwe “rayi sa ki mal” menm jan ak Jewova (Sòm 97:10). Nou pa dwe janm sanble ak moun ki panse “sa k bon an pa bon e [...] sa k pa bon an bon”. (Eza. 5:20.) Nou vle fè Jewova plezi, se sa k fè nou pran detèminasyon pou n pwòp nan tout domèn (1 Kor. 6:9-11). Sa Jewova di nou nan Bib la se pou byen nou. Nou renmen l e nou vle fidèl avè l. Se sa k fè nou suiv sa l di nou lè nou lakay nou, nan kongregasyon an, nan travay nou, nan lekòl nou oswa nenpòt kote nou ta ye. w16.11 3:13.
Mèkredi 21 mas
Se pou tout moun soumèt devan otorite yo. — Wom. 13:1.
Etidyan Labib yo se te moun sensè. Men, gen yon bagay yo te toujou bezwen korije. Yo pa t byen konprann sa Jewova te vle di lè l mande nou obeyi gouvènman yo. Se sa k fè, antanke gwoup, yo pa t toujou kenbe netralite yo pandan gè a. Pa egzanp, lè prezidan Etazini an te mande pou moun yo priye pou lapè jou ki te 30 me 1918 la, Toudegad te ankouraje Etidyan Labib yo pou yo priye tou. Gen frè ki te bay kòb pou soutni gè a, e te menm gen kèk ladan yo ki te vin sòlda e yo t al nan lagè. Men, byenke yo te dwe korije kèk bagay, nou pa ta dwe kouri panse se pou rezon sa a yo te prizonye nan Gran Babilòn nan. An reyalite, nan epòk Premye Gè mondyal la, yo te prèske fin soti nan fo relijyon nèt. — Lik 12:47, 48. w16.11 5:9.
Jedi 22 mas
[N ap] mache selon lespri, [men nou] pap mache selon lachè. — Wom. 8:4.
Ou ka mande tèt ou poukisa Pòl te bezwen avèti kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo evite viv “selon lachè”? E poukisa tout kretyen yo jodi a bezwen avètisman sa a? Se paske nenpòt sèvitè Bondye ki fidèl kapab kòmanse fè dezi li genyen vin bagay ki pi enpòtan nan lavi l. Pa egzanp, Pòl te di gen frè ak sè ki t ap viv Wòm ki te esklav “move dezi yo genyen”. Lè l te di pawòl sa yo, petèt li te vle di moun sa yo te kite sèks, manje ak lòt plezi ankò vin bagay ki pi enpòtan nan lavi yo (Wom. 16:17, 18; Fil. 3:18, 19; Jid 4, 8, 12). Epitou, pandan yon tan, te gen yon sitiyasyon nan kongregasyon Korent lan kote yon frè te gen relasyon imoral “ak madanm papa l”. (1 Kor. 5:1.) Li klè, kretyen sa yo ki t ap viv nan premye syèk la te bezwen avètisman Pòl te bay konsènan moun k ap mache “selon lachè” yo (Wom. 8:5, 6). Avètisman sa a toujou enpòtan jodi a. w16.12 2:5, 8, 9.
Vandredi 23 mas
Tètchaje yon moun genyen fè kè l vin lou, men, yon bèl ti pawòl fè kè l kontan. — Pwo. 12:25.
Lè w pale yon fason ki franch e ki onèt ak yon moun ou fè konfyans, sa kapab ede w fè fas ak enkyetid ou genyen. Moun ou marye avè l la, yon bon zanmi, oswa yon ansyen nan kongregasyon an kapab ede w pi byen konprann sitiyasyon w. Mete sou sa, Bib la di: “Kote ki pa gen dyalòg, okenn plan pap mache, men, bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” (Pwo. 15:22). Yon lòt bagay ki ede n gen mwens enkyetid se reyinyon kongregasyon yo. Chak semèn, ou pase tan nan reyinyon yo ak frè ak sè yo ki gen sousi pou ou e ki vle ankouraje w (Ebre 10:24, 25). Lè w “jwenn ankourajman nan lafwa lòt” moun, sa ap fòtifye w e l ap pi fasil pou w lite ak nenpòt tètchaje ou genyen. — Wom. 1:12. w16.12 3:17, 18.
Samdi 24 mas
Ana [...] te pran priye Jewova. — 1 Sam. 1:10.
Lè nou gen pwoblèm sante oswa lòt difikilte nou pa gen kontwòl sou yo, nou lage tètchaje nou sou Jewova, nou gen konfyans l ap pran swen nou (1 Pyè 5:6, 7). Anplis de sa, nou dwe fè sa nou kapab pou n byen pwofite reyinyon yo ak lòt dispozisyon Bondye pran yo (Ebre 10:24, 25). Ki sa n ka di konsènan paran ki fidèl yo ki gen pitit yo ki kite laverite? Lè Samyèl te granmoun, li pa t kapab fòse pitit gason l yo ki te gran pou yo ret fidèl ak prensip jis li te anseye yo (1 Sam. 8:1-3). Li te oblije kite sa nan men Jewova. Aktout sa, Samyèl te kapab kenbe entegrite l e l te kapab fè Jewova, Papa l ki nan syèl la, plezi (Pwo. 27:11). Jodi a, gen anpil paran ki kretyen ki nan yon sitiyasyon konsa. Yo gen konfyans Jewova toujou dispoze akeyi moun ki fè peche e ki repanti (Lik 15:20). Anmenmtan tou, paran sa yo fè anpil efò pou yo ret fidèl ak Jewova, yo espere egzanp yo bay ap ankouraje pitit yo retounen nan twoupo a. w17.01 1:15, 16.
Dimanch 25 mas
Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou. — Flp. 2:3.
An jeneral, yon moun ki gen imilite se yon moun ki konn limit li tou, li kapab evalye kapasite l ak sa l ka reyalize yon fason ki egzak, li kapab rekonèt erè l, e li kapab aksepte konsèy ak ide lòt moun ba l. Lè yon moun gen imilite, sa fè Jewova kontan anpil. Nan Bib la, yon moun ki konn limit li se yon moun ki gen yon pwennvi kòrèk sou tèt li e ki byen konnen sa l ka fè ak sa l pa ka fè. Nan tèks orijinal la, sanble yo met aksan sou efè konesans sa a ta dwe genyen sou fason nou aji ak lòt moun. Ki lè nou ka kòmanse panse oswa aji yon fason ki montre nou pa konn limit nou? Nou ka bay tèt nou oswa privilèj nou genyen twòp enpòtans (Wom. 12:16). Nou ka ap atire atansyon sou nou yon seri fason ki pa kòrèk (1 Tim. 2:9, 10). Oubyen nou ka ap baze senpleman sou pozisyon nou, relasyon nou, oswa refleksyon pèsonèl nou pou n soutni yon seri ide ak tout fòs san nou pa menm rann nou kont nou kite limit nou pou n pran dwa ki pa pou nou. — 1 Kor. 4:6. w17.01 3:6-8.
Lendi 26 mas
Glwa yon jèn se fòs li, e se cheve blan yo ki fè granmoun yo bèl. — Pwo. 20:29.
Nan dènye tan sa yo, travay pèp Jewova a ap fè a vin pi plis e l vin pi konplike. Lè nou gen nouvo pwojè n ap fè, vin gen nouvo fason pou n fè yo, e byen souvan, sa mande pou n sèvi ak teknoloji k ap chanje byen vit. Gen kèk moun ki pi aje ki ka twouve l difisil pou yo adapte yo ak vitès bagay yo ap vanse (Lik 5:39). Menm lè moun sa yo pa ta nan sitiyasyon sa a, moun ki pi jèn yo ka gen plis fòs ak plis enèji pase yo. Se sa k fè, li bon pou moun ki pi aje yo prepare moun ki pi jèn yo pou yo aksepte plis responsablite, konsa, yo montre yo gen lanmou (Sòm 71:18). Moun ki gen otorite yo ka pa twouve l fasil pou yo bay moun ki pi jèn yo responsablite. Gen moun ki pè pou yo pa pèdi yon privilèj yo renmen anpil oswa yo kwè moun ki pi jèn yo pa ka travay tankou yo. Gen kèk moun tou ki ka panse yo pa gen tan pou yo fòme lòt moun. Yon lòt bò, moun ki pi jèn yo dwe veye pou yo pa vin pèdi pasyans lè yo wè yo pa ba yo plis responsablite. w17.01 5:3, 4.
Madi 27 mas
Grasa yon sèl aksyon ki jis, rezilta sa bay pou tout kalite moun se deklare Bondye deklare yo jis pou yo gen lavi. — Wom. 5:18.
Jezi te vin yon moun ki pafè, menm jan Adan te ye a (Jan 1:14). Men, kontrèman ak Adan, Jezi te viv ann amoni ak prensip Jewova te atann pou yon moun ki pafè respekte. Menm devan eprèv ki pi difisil yo, Jezi pa t janm fè peche oubyen dezobeyi menm youn nan lwa Bondye yo. Piske Jezi te yon moun pafè, lanmò l te kapab sove lèzòm anba peche ak lanmò. Li te egzakteman jan Adan te dwe ye a, sa vle di yon moun pafè ki fidèl ak Bondye nèt e ki obeyi l (1 Tim. 2:6). Jezi te vin tounen ranson ki te ouvri pòt lavi pou toutan an pou “anpil moun”, sa vle di gason, fi ak timoun (Mat. 20:28). Li klè, ranson an se kle ki ouvri pòt k ap pèmèt objektif Bondye te gen okòmansman an reyalize (2 Kor. 1:19, 20). Ranson an bay tout moun ki fidèl posiblite pou yo gen lavi ki pap janm fini an. w17.02 1:15, 16.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 9 Nizan an) Jan 12:12-19; Mak 11:1-11
Mèkredi 28 mas
Poutèt kè kontan ki te rezève pou li a, li [te] andire. — Ebre 12:2.
Imajine w nan yon tinèl byen long. Tout kote w gade, ou wè l fènwa. Ou ta ka ap mande tèt ou si w ap wè limyè solèy la ankò. Lavi a ka menm jan ak vwayaj sa a. Ou ka gen pou w fè fas ak sitiyasyon ki difisil anpil e pwoblèm ou yo ka fè w santi w dekouraje. Menm Jezi te santi l konsa. Lè yo t apral touye l sou yon poto soufrans, yo te imilye l e yo te fè l soufri anpil. Moman sa a dwe te moman ki te pi difisil nan lavi l (Ebre 12:3)! Men Jezi te andire tout bagay sa yo. Li te fikse je l sou rekonpans li t apral jwenn grasa andirans li, sitou lefètke l t apral jwe yon wòl nan pèmèt non Bondye vin sen epi soutni dwa Bondye genyen pou l dirije a. Li te konnen eprèv yo te la pou yon ti tan e rekonpans li t ap jwenn nan syèl la t ap la pou toutan. Jodi a, eprèv w ap rankontre yo ka fè w dekouraje e yo ka fè w soufri, men, pa bliye yo la sèlman pou yon ti tan. w16.04 2:10.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 10 Nizan an) Jan 12:20-50
Jedi 29 mas
Piske Pitit li a [Jezi] te peye ranson an, nou libere grasa san li, wi, nou jwenn padon pou fot nou yo. — Efe. 1:7.
Jodi a, anpil moun pa santi yo koupab lè yo peche, se sa k fè yo pa konprann rezon ki fè lèzòm bezwen ranson an. Yo pa konn ki sa peche ye, fason li afekte nou, ak ki sa n dwe fè pou n pa esklav peche ankò. Yonfwa moun ki sensè yo fin konprann ki sa peche ye, yo rekonesan dèske yo aprann Jewova te voye Pitit li a sou tè a pou l libere nou anba peche ak lanmò. Jewova te fè sa paske l gen anpil lanmou lakay li e akoz favè san parèy li a (1 Jan 4:9, 10). Sakrifis Kris la, anpalan de ranson an, se pi gwo prèv ki montre jis nan ki pwen Bondye renmen nou e sa montre pakèt enpòtans favè san parèy li a genyen. Se yon gwo soulajman sa ye pou n aprann si nou demontre lafwa nan sakrifis Jezi a, Bondye ap padone peche nou e n ap gen yon konsyans ki klè (Ebre 9:14)! Se bon nouvèl konsa pou nou pataje ak lòt moun! w16.07 4:6, 7.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 11 Nizan an) Lik 21:1-36
Vandredi 30 mas
[Kris] te jwenn yon delivrans pou nou pou toutan. — Ebre 9:12.
Chemen pou n jwenn padon nèt la ouvri devan nou lè n demontre lafwa nan ranson an. Pawòl Bondye a ban nou asirans peche nou yo kapab “efase”. (Tra. 3:19-21.) Sou baz ranson an, Jewova adopte sèvitè l li chwazi grasa lespri sen l yo antanke pitit li (Wom. 8:15-17). Pou nou menm ki fè pati “lòt mouton” yo, se kòmsi Jewova te fè yon sètifika adopsyon ki gen non nou sou li. Apre nou fin pafè e nou pase dènye eprèv la, Jewova ap kontan siyen sètifika sa a, se kòmsi l ap adopte nou kòm pitit li renmen anpil ki sou tè a (Wom. 8:20, 21; Rev. 20:7-9). Lanmou Jewova genyen pou pitit li yo ki gen anpil valè pou li ap la pou toutan. Byenfè ranson an pral pote yo ap la pou toutan. Kado sa a pap janm pèdi valè. Pa gen okenn moun oswa okenn pisans ki ka retire l nan men nou. w17.02 2:15, 16.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 12 Nizan an) Matye 26:1-5, 14-16; Lik 22:1-6
Dat Memoryal la
Apre solèy la fin kouche
Samdi 31 mas
Si yon moun ta fè yon peche, nou gen yon èd bò kot Papa a, se Jezi Kris. — 1 Jan 2:1.
Toujou sonje premye bagay ki te fè w vin zanmi Jewova. Se li menm ki te wè yon bagay ki bon lakay ou e ki te vle w vin konnen l. Epitou, li te konnen ou gen defo ak feblès e w pral fè erè kanmenm. Men, malgre sa, Jewova te vle w vin zanmi l. Jewova tèlman renmen nou, li te ban nou yon kado ki gen anpil valè. Li te voye Jezi, Pitit li a, sou tè a pou l te bay lavi l kòm ranson pou peche nou (Jan 3:16). Lè n fè yon peche, nou kapab mande Jewova padon. Epi, grasa ranson an, nou mèt gen asirans l ap padone nou e nou kapab toujou ret zanmi l aktout nou enpafè! — 1 Tim. 1:15. w16.05 4:6, 7.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 13 Nizan an) Matye 26:17-19; Mak 14:12-16; Lik 22:7-13 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche: 14 Nizan) Jan 13:1-5; 14:1-3