Avril
Dimanch 1ye avril
Nou menm yon lè ki te lwen Bondye e ki te ènmi l paske lespri nou te fikse sou zèv ki pa bon, kounye a, li rekonsilye nou avèk li grasa kò sila a ki te mouri a. — Kol. 1:21, 22.
Si moun yo pa demontre lafwa nan sakrifis Jezi a, Bondye ap konsidere yo kòm ènmi l. Kidonk, se responsablite pa nou pou n fè yo konnen yo kapab vin zanmi Bondye. Men sa apot Jan te ekri: “Moun ki demontre l gen lafwa nan Pitit la ap gen lavi ki pap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la pap wè lavi, men l ap sibi kòlè Bondye.” (Jan 3:36). Nou mèt kontan dèske sakrifis Jezi a rann li posib pou n vin zanmi Bondye (2 Kor. 5:18-20). Lè n anseye moun yo laverite, sa ap ede yo vin gen yon relasyon sere ak Jewova. Se yon pati enpòtan nan travay predikasyon n ap fè a. w16.07 4:8-10.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 14 Nizan an) Jan 19:1-42
Lendi 2 avril
Se pou non w vin sen. — Mat. 6:9.
Nan priyè modèl Jezi te fè a, premye bagay li te mande se pou non Bondye vin sen. Piske Jewova sen, tout prensip ak tout lwa li bay sen tou. Malgre sa, nan jaden Edenn nan, avèk riz, Satan te simen dout sou dwa Bondye genyen pou l bay moun prensip pou yo suiv. Lè Satan te bay manti sou Jewova a, li te lage vèni sou non Bondye ki sen (Jen. 3:1-5). Yon lòt bò, Jezi te vrèman renmen non Jewova (Jan 17:25, 26). Jezi te travay pou non Bondye vin sen (Sòm 40:8-10). Lefètke Jezi te gen yon konduit ki pafè sou tè a, li te montre se yon bagay ki rezonab e ki kòrèk pou Jewova bay kreyati entèlijan l yo prensip pou yo suiv. Menm devan lanmò, Jezi te ret fidèl ak Papa l ki nan syèl la nan tout bagay. Piske Jezi te fidèl, li te montre yon moun ki pafè kapab kontinye obeyi prensip Bondye yo ki jis yon fason ki pafè. w17.02 2:2-4.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 15 Nizan an) Matye 27:62-66 (Evènman ki te pase apre solèy la fin kouche: 16 Nizan) Jan 20:1
Madi 3 avril
Onè, glwa [...] pou Ti Mouton an. — Rev. 5:13.
Se Jezi Kris ki Ti Mouton an, li se “Ti Mouton Bondye a k ap retire peche monn nan”. (Jan 1:29.) Bib la fè nou konnen Jezi Kris nan pi gwo pozisyon lontan pase kèlkeswa moun ki wa oswa ki te wa. Men sa Bib la esplike: “Li se Wa moun k ap dirije antanke wa e li [se] Seyè moun k ap dirije antanke seyè, li menm sèl ki pa ka mouri, li menm ki abite nan yon limyè moun pa ka pwoche, yon limyè pèsonn pami lèzòm pa wè, ni yo pa ka wè.” (1 Tim. 6:14-16). Anfèt, ki lòt wa ki te janm aksepte mouri kòm ranson pou peche nou? Èske kè w pa pouse w met ansanm ak plizyè dizèn milye zanj nan syèl la pou w pwoklame: “Ti Mouton yo te touye a merite pou l resevwa pisans, richès, sajès, fòs, onè, glwa ak benediksyon?” (Rev. 5:12). Se yon obligasyon pou nou onore Jewova ak Kris. Nou dwe fè sa pou n ka gen lavi ki pap janm fini an. — Sòm 2:11, 12; Jan 5:23. w17.03 1:3, 4.
Lekti Labib pou Memoryal la: (Evènman ki te pase pandan jounen 16 Nizan an) Jan 20:2-18
Mèkredi 4 avril
Si nou fè m tounen [...], m ap dakò vin chèf nou. — Jij 11:9.
Fason Jewova te boule ak pèp li a te fè Jefte vin konn prensip Bondye anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal (Jij 11:12-27). Jefte te sèvi ak konesans sa a lè l t ap pran desizyon nan lavi l. Li te byen konn ki jan Jewova konsidere yon moun ki an kòlè e k ap tire revanj, e l te konn jan Bondye vle pou moun nan pèp li a renmen youn lòt. Anplis de sa, Lalwa te anseye l kòman pou l boule ak lòt moun, menm moun ki rayi l yo (Egz. 23:5; Lev. 19:17, 18). Petèt, egzanp Jozèf te ede Jefte. Jefte dwe te aprann kòman Jozèf te demontre mizèrikòd anvè frè l yo menm lè yo te rayi l (Jen. 37:4; 45:4, 5). Sandout, lè Jefte te reflechi ak egzanp sa a, sa te ede l aji yon fason ki fè Jewova plezi. Sa frè l yo te fè a te vrèman blese santiman l. Men, se pa t santiman Jefte yo ki te pi enpòtan pou li, sa k te pi enpòtan pou li a se te goumen pou non Jewova e pou pèp Jewova a. — Jij 11:1-3. w16.04 1:8, 9.
Jedi 5 avril
Yo te kontinye pran tan [...] pou yo reyini ansanm. — Tra. 2:42.
Pèp Jewova a te toujou ap chèche jwenn moman pou yo ansanm youn ak lòt. Pa egzanp, premye kretyen yo te toujou chofe pou yo rankontre ansanm pou yo adore Jewova e pou yo aprann konnen l. Nòmalman, nou menm tou nou toujou chofe pou n al nan reyinyon. Sepandan, menm jan ak tout frè ak sè n yo, ou ka twouve l difisil pou w asiste reyinyon yo regilyèman. Petèt ou dwe pase plizyè èdtan ap travay oswa w gen anpil bagay pou w fè oubyen w toujou santi w fatige. Lè n konprann jan reyinyon yo enpòtan anpil, sa ap ede n fè tout sa n kapab pou n asiste yo. Gen kèk nan frè ak sè nou yo ki pa ka al nan reyinyon regilyèman akoz kèk sikonstans yo pa gen kontwòl sou yo. Pa egzanp, yo ka malad anpil. Ansyen yo ka ede moun sa yo suiv reyinyon yo, petèt, yo ka ede yo fè sa pa telefòn oswa lè yo anrejistre reyinyon yo pou yo. w16.04 3:3.
Vandredi 6 avril
Pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan. — Jan 16:33.
Gen anpil sèvitè fidèl Jewova ki te gen kouraj e yo te pran desizyon ki saj ki te ede yo pou yo pa antre nan zafè monn nan. Panse ak Chadrak, Mechak ak Abèdnego ki te refize pwostène devan yon imaj ki te reprezante gouvènman Babilòn nan (Dàn. 3:16-18). Istwa sa a ki nan Bib la ede anpil Temwen k ap viv jodi a pou yo gen kouraj e pou yo refize adore drapo peyi kote y ap viv la. Jezi pa t antre nan zafè politik oswa lòt bagay ki te lakòz divizyon. Piske l te konnen bon egzanp li bay t ap ede disip li yo, li te di yo: “Pran kouraj!” Frè ak sè nan kongregasyon w lan ka ede w pou w pa antre nan zafè monn nan. Anplis de sa, si gen moun nan kongregasyon an ki konn sitiyasyon w, yo ka ankouraje w. Mande yo pou yo priye pou ou. Men, nou menm tou nou dwe soutni frè nou yo e n dwe priye pou yo. — Mat. 7:12. w16.04 4:16, 18.
Samdi 7 avril
Moun ki nan pèp ou a ap ofri tèt yo san fòse. — Sòm 110:3.
Èske Temwen Jewova yo fè lakòlèt nan Sal Wayòm yo oubyen lè y ap fè kongrè? Non! Se grasa ofrann volontè y ap soutni travay y ap fè a (2 Kor. 9:7). Aktout sa, nan ane 2015 lan, Temwen Jewova yo te pase prèske de milya èdtan ap preche bon nouvèl la e yo te kondui plis pase nèf milyon etid biblik chak mwa. Yo pa peye yo pou yo preche, men, yo kontan itilize lajan yo pou yo fè travay sa a. Men sa yon moun k ap fè rechèch te di sou travay Temwen Jewova yo: “Objektif yo se preche moun epi anseye yo.” Epitou, li te fè konnen Temwen Jewova yo pa gen yon gwoup moun responsab pou yo peye. Bon, si n pa preche pou lajan, ki sa k pouse n preche? Nou fè travay sa a ak kè kontan paske nou renmen Jewova e nou renmen moun. Atitid sa a reyalize pwofesi ki nan tèks pou jounen an. w16.05 2:9.
Dimanch 8 avril
Sajès ki sot anwo a se yon sajès toudabò ki pwòp, ansuit ki renmen lapè, ki rezonab, ki dispoze obeyi, ki chaje ak mizèrikòd ak bon fwi. — Jak 3:17.
Nou dwe evite nenpòt ki divètisman ki ka fè n ap reflechi oswa vin anvi fè sa k pa pwòp ak sa ki mal. Epi, si n byen konprann sa Jewova renmen ak sa l rayi, l ap pi fasil pou n konnen ki liv pou n li, ki fim pou n gade oswa ki jwèt pou n jwe. Nou pap bezwen ap mande lòt moun ki sa pou n fè. Lè n gen yon desizyon pou n pran, byen souvan nou konn gen plizyè opsyon devan nou e nenpòt ladan yo t ap fè Jewova plezi. Men, lè n dwe pran yon desizyon ki enpòtan anpil, li ta bon pou n mande yon ansyen oubyen yon lòt moun ki gen eksperyans kèk konsèy (Tit 2:3-5; Jak 5:13-15). Byennantandi, nou pa dwe mande moun pran desizyon nan plas nou. Okontrè, nou bezwen byen reflechi ak sa nou te aprann nan Bib la, epi pran pwòp desizyon nou (Ebre 5:14). Men sa apot Pòl te di: “Chak moun ap pote pwòp responsablite pa l.” — Gal. 6:5, nòt. w16.05 3:15, 16.
Lendi 9 avril
Mwen te yon moun ki te konn blasfeme, yon pèsekitè, yon moun ki te ensolan. — 1 Tim. 1:13.
Lè Jewova ap gade moun yo, li pa wè yo menm jan nou menm nou wè yo a. Olye de sa, li egzamine kè nou e l wè kiyès nou chak nou ye toutbonvre. (1 Sam. 16:7b) Jewova te montre sa lè l t ap fòme kongregasyon kretyen an. Li te rale anpil moun vin jwenn li menm ak Pitit gason l lan, e gen kèk nan yo yo te konsidere kòm moun ki pa gen valè (Jan 6:44). Pa egzanp, youn nan moun sa yo se te yon Farizyen ki te rele Sòl. Men, Jewova te wè sa k nan kè Sòl e l pa t panse Sòl te yon ajil ki pa gen valè (Pwo. 17:3). Olye de sa, Jewova te wè li te ka bay Sòl fòm pou l tounen “yon enstriman [li] chwazi” pou preche ‘moun nasyon yo, wa yo ak pitit Izrayèl yo’. (Tra. 9:15.) Anplis de sa, Jewova te chwazi lòt moun li kapab bay fòm “pou yon sèvis ki onorab”, tankou kèk moun ki te konn pran dwòg, ki t ap mennen yon vi imoral e ki te vòlè (Wom. 9:21; 1 Kor. 6:9-11). Toutpandan moun sa yo t ap etidye Ekriti yo, yo te vin gen plis lafwa nan Jewova e yo te kite l ba yo fòm. w16.06 1:4.
Madi 10 avril
Tande sa, [...], menm jan ak ajil ki nan men yon atizan ki konn travay ak ajil, se konsa nou ye nan men m. — Jer. 18:6.
Bondye ban nou Pawòl li, kongregasyon an ak travay predikasyon an pou l ede n rete tankou ajil ki maleyab. Lè n li Bib la chak jou e n medite sou sa nou li a, sa ap ede n vin maleyab nan men Jewova, e sa ap pèmèt li ban nou fòm li vle. Jewova te bay wa Izrayelit yo lòd pou yo kopye lwa Bondye a e pou yo li l chak jou (Det. 17:18, 19). Apot yo te konnen jan sa enpòtan pou yo li Pawòl Bondye a e pou yo medite sou li pou yo ka fè sèvis Bondye. Yo te itilize kèk pati nan Liv ki te ekri ann ebre yo plizyè santèn fwa nan liv yo te ekri yo, e lè yo t ap preche moun yo, yo te ankouraje yo itilize Ekriti yo tou (Tra. 17:11). Menm jan an tou, nou wè enpòtans pou n li Pawòl Bondye a chak jou e pou n medite sou sa nou li a (1 Tim. 4:15). Sa ede n kontinye gen imilite, e konsa Jewova ap kapab ban nou fòm. w16.06 2:10.
Mèkredi 11 avril
Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou. — Jan 13:35.
Nan epòk nou an, Temwen Jewova yo demontre menm kalite lanmou sa a youn pou lòt menm lè nasyon yo ap fè lagè. Pa egzanp, gen anviwon 55 milyon moun ki te pèdi lavi yo pandan dezyèm gè mondyal la. Men, pèp Jewova a pa t touye pèsonn nan gè sa a (Miche 4:1, 3). Se sa k fè yo “pa responsab san pèsonn”. (Tra. 20:26.) Pèp Bondye a kontinye vin pi plis malgre yo gen yon ènmi ki pisan anpil, anpalan de Satan. Satan se “dye sistèm sa a”. (2 Kor. 4:4.) Li gen kontwòl òganizasyon politik ki nan monn nan, ansanm ak mwayen kominikasyon yo, e li sèvi avèk yo pou l eseye kanpe travay predikasyon bon nouvèl la. Men, li pa ka kanpe travay sa a. Sepandan, Satan konnen li rete yon tikras tan, se sa k fè li kontinye ap eseye anpeche nou adore Jewova. — Rev. 12:12. w16.06 4:3, 4.
Jedi 12 avril
Gade flè ki nan savann yo. — Mat. 6:28.
Jezi te fè disip li yo sonje fason Jewova pran swen kreyasyon l lan. Jezi te pran egzanp “flè ki nan savann yo”. “Flè” y ap pale la yo kapab se glayèl, jasent, iris ak tilip. Pa gen youn nan flè sa yo ki koud rad met sou yo. Men, yo tèlman bèl, Jezi te di “menm Salomon, nan tout glwa li, pa t konn abiye tankou youn nan yo”. Fè yon ti reflechi sou sa Jezi te di annapre a: “Si Bondye abiye plant ki nan savann [...], nou pa bezwen mande si l ap abiye nou tou! Ki jan nou fè manke lafwa konsa a?” (Mat. 6:29, 30.) Se sèten l ap fè sa! Men, disip Jezi yo te bezwen gen plis lafwa (Mat. 8:26; 14:31; 16:8; 17:20). Yo te bezwen gen konfyans Jewova te vle pran swen yo e l t ap fè sa vre. E nou menm? Èske nou kwè Jewova ap pran swen nou? w16.07 1:15, 16.
Vandredi 13 avril
Se pou chak moun itilize don l resevwa a pou l sèvi lòt moun. Konsa, l ap sanble ak moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a. — 1 Pyè 4:10.
Kèlkeswa eprèv oswa pwoblèm nou jwenn nan lavi a, Jewova ap ban nou sa nou bezwen pou n andire (1 Pyè 1:6). L ap toujou ban nou egzakteman sa nou bezwen pou n ka sipòte chak eprèv. Piske Jewova demontre favè san parèy divès fason, sa fè n jwenn anpil benediksyon. Youn nan yo se paske l padone peche nou. Grasa favè san parèy Jewova genyen, li padone peche nou. Men, l ap fè sa si nou repanti e nou kontinye goumen kont tandans peche ki lakay nou (1 Jan 1:8, 9). Men sa Pòl te di: “[Bondye] delivre nou anba pouvwa fènwa a epi li transfere nou nan wayòm Pitit Gason l li renmen an, e grasa Pitit sa a, nou jwenn liberasyon nou grasa ranson an, wi, nou jwenn padon pou peche nou.” (Kol. 1:13, 14). Nou tèlman gen Bondye rekonesans pou mizèrikòd li fè nou, nou vle fè louwanj pou li. E piske Jewova padone peche nou, nou vin ka resevwa anpil lòt gwo benediksyon. w16.07 3:7-9.
Samdi 14 avril
L ap kraze tèt ou. — Jen. 3:15.
Malgre sa Satan te fè ann Edenn nan, Jewova te fè yon jan pou lèzòm gen yon esperans pou lavni. Esperans sa a parèt nan premye pwofesi ki nan Bib la. Bondye t ap voye youn nan zanj li yo vin “kraze” Dyab la epi pèmèt moun ki obeyisan yo rejwenn sa de premye moun yo te pèdi a. Konsa, moun ki obeyisan yo t ap gen posiblite viv pou toutan sou tè a ann amoni ak objektif Jewova te genyen an (Jan 3:16). Rebelyon Adan ak Èv te fè a te gen move efè sou maryaj yo e sou tout lòt maryaj ki t apral fèt annapre. Pa egzanp, Èv ak tout lòt fi ki t apral fèt annapre yo t ap gen gwo doulè lè y ap fè pitit. Medam yo t ap santi yo bezwen mari yo anpil, men mari yo t ap domine sou madanm yo, e pafwa yo t ap menm fè yo abi, jan nou wè sa jodi a (Jen. 3:16). Jewova vle pou mari yo aji antanke chèf fanmi ki gen lanmou, e l vle pou madanm yo soumèt devan mari yo (Efe. 5:33). Lè kretyen ki marye yo travay ansanm, yo ka evite anpil pwoblèm. w16.08 1:6, 7.
Dimanch 15 avril
Ou menm madanm, ki jan w fè konnen si w pap sove mari w? Oubyen, ou menm mari, ki jan w fè konnen si w pap sove madanm ou? — 1 Kor. 7:16.
Bib la montre gen bonjan rezon pou de moun ki marye kontinye viv ansanm menmsi youn ladan yo pap adore Jewova (1 Kor. 7:12-14). Konjwen ki pa kwayan an “vin sen” paske l marye ak yon moun k ap sèvi Bondye. Timoun piti yo genyen yo “sen” tou e yo anba pwoteksyon Bondye. Gen anpil ka kote mari ak madanm ki kretyen te ede moun yo marye avè l la vin sèvi Jewova. Apot Pyè te konseye kretyèn ki marye yo pou yo soumèt devan mari yo. Men sa l te di: “Si gen ladan yo ki pa obeyi pawòl la, nou ka genyen yo san pawòl grasa konduit nou, paske yo temwen ak je yo nou gen yon konduit ki pwòp e nou gen yon gwo respè.” — 1 Pyè 3:1-4. w16.08 2:14, 15.
Lendi 16 avril
Se pou nou youn renmen lòt anpil ak tout kè nou. — 1 Pyè 1:22.
Jewova vle pou sèvitè l yo renmen youn lòt antanke frè ak sè e pou youn sèvi lòt (Lik 22:24-27). Bib la esplike Jezi te bay tout bagay, san wete lavi l, pou l ede lòt moun (Mat. 20:28). Dòkas “te konn fè anpil bèl aksyon, e li te konn ede moun ki nan nesesite yo anpil”. (Tra. 9:36, 39.) Mari “te travay di” pou frè ak sè l yo nan vil Wòm (Wom. 16:6). Ki jan nou ka ede nouvo yo konprann li enpòtan anpil pou yo fè sa ki bon pou frè ak sè yo? Nou ka mande nouvo yo pou yo akonpaye nou lè n ap vizite moun ki aje yo oubyen moun ki malad yo. Epi, lè paran yo ap vizite moun sa yo, yo ka mennen pitit yo avèk yo depi sa posib. Ansyen yo ka mande jèn yo oswa nouvo yo pou yo travay ansanm avèk yo si yo dwe bay moun ki aje yo manje oubyen repare kay yo. Lè jèn yo ak nouvo yo wè fason frè ak sè yo voye je youn sou lòt, y ap aprann fè menm jan an. — Wom. 12:10. w16.08 4:13, 14.
Madi 17 avril
Se moun ki tande pawòl la e ki konprann sans li, ki bay fwi toutbon. — Mat. 13:23.
Men sa yon jèn sè nan peyi Lafrans te di: “Gen pwofesè nan lekòl mwen ki sezi anpil lè yo wè gen elèv ki toujou kwè nan Bib la.” Anpil moun jodi a pa kwè se Bondye ki kreye nou. Si w se yon jèn k ap sèvi Jewova oubyen k ap aprann konnen l, pafwa ou ka mande tèt ou ki jan w ka pwouve li se Kreyatè nou. Bib la ede n byen reflechi sou sa nou tande oubyen sa nou li e pou n rezone sou yo. Men sa Pawòl Bondye a di: “W ap aprann reflechi e sa ap pwoteje w.” Ki jan? Sa ap ede w pou w rejte ide ki pa verite e pou w fòtifye lafwa w nan Jewova (Pwo. 2:10-12). Pou n gen yon lafwa solid nan Jewova, nou dwe aprann byen konnen l (1 Tim. 2:4). Se sa k fè, lè w ap li Bib la ak piblikasyon nou yo, li enpòtan anpil pou w pran yon ti tan pou w reflechi sou sa w li yo e pou w eseye yo. w16.09 4:1-3.
Mèkredi 18 avril
Kontinye pot laviktwa sou sa ki mal lè w fè sa ki byen. — Wom. 12:21.
Menmsi fason nou te leve a pa t bon oubyen fason n ap viv jodi a parèt sanzespwa, nou dwe kontinye lite epi pèsevere. Lè nou fè sa, nou mèt gen asirans Jewova ap beni nou (Jen. 39:21-23). Jodi a, nou menm tou, nou ka oblije andire anba gwo pwoblèm. Petèt w ap soufri akoz enjistis, prejije oswa akoz moun ap pase w nan rizib, oubyen akoz lòt moun jalou sò w. Olye w vin dekouraje, sonje ki sa k te ede Jakòb, Rachèl ak Jozèf kontinye sèvi Jewova ak kè kontan. Bondye te ba yo fòs e l te beni yo paske yo te vrèman bay relasyon yo te gen avè l la anpil valè. Yo te kontinye goumen oswa lite, e yo te kontinye aji ann amoni ak priyè yo. Piske n ap viv nan dènye jou yo, li enpòtan pou n kenbe esperans nou genyen pou lavni an djanm! Èske w dispoze fè anpil efò pou w jwenn favè Jewova? w16.09 2:8, 9.
Jedi 19 avril
Fwi lespri a se [...] lafwa. — Gal. 5:22.
Antanke paran, egzanp ou antanke moun ki gen lafwa enpòtan anpil. Timoun yo ap gade sa w ap fè. Kidonk, kontinye fòtifye lafwa w. Kite pitit ou yo wè jan Jewova reyèl pou ou. Pa egzanp, lè yon manman ak yon papa nan Bèmid enkyete yo pou yon bagay, yo priye ansanm ak pitit fi yo e yo mande Jewova pou l gide yo. Apre sa, yo ankouraje pitit yo pou yo priye poukont yo. “Epi, men sa nou di pi gran pitit fi nou an: ‘Se pou w gen yon konfyans total nan Jewova, rete okipe nan sèvis Wayòm nan, e pa bay tèt ou twòp pwoblèm.’ Lè l wè jan tout bagay fini, li konnen se Jewova k ap ede nou. Sa gen gwo efè sou lafwa li nan Bondye ak nan Bib la.” Paran, pinga n janm bliye nou pa ka fòse pitit nou gen lafwa. Nou ka plante e nou ka wouze, men se sèl Jewova ki ka fè sa n plante a grandi (1 Kor. 3:6). Kidonk, fè anpil efò pou n aprann pitit nou yo nou renmen anpil konnen Jewova, epi priye pou lespri sen l ede yo gen lafwa. — Efe. 6:4. w16.09 5:16-18.
Vandredi 20 avril
Se pou nou fè [pawòl sa yo] antre nan kè pitit nou. — Det. 6:7.
Serge ak madanm li, Muriel, te fè plis pase twazan nan yon kongregasyon lang etranje. Yo te kòmanse remake pitit gason yo a, ki gen 17 an, pa t twò renmen preche oswa al nan reyinyon. Men sa Serge fè konnen: “Lè n te vin rann nou kont sitiyasyon sa a te anpeche pitit gason nou an fè pwogrè espirityèl, nou te deside retounen nan ansyen kongregasyon nou an.” Ki sa k ka ede paran yo deside si yo dwe retounen? Premyèman, yo bezwen chèche wè si yo gen ase tan ak enèji pou yo aprann pitit yo renmen Jewova e anmenmtan pou yo anseye yo yon lòt lang. Dezyèmman, yo ka remake pitit yo pa vle al preche, oswa al nan reyinyon, oubyen menm al nan yon tèritwa lang etranje. Pou rezon sa yo, paran yo ka deside retounen nan yon kongregasyon ki itilize lang pitit yo pi byen konprann nan. Epi, apre pitit yo fin devlope yon relasyon solid ak Jewova, paran yo ka deside retounen nan kongregasyon lang etranje a. — Det. 6:5-7. w16.10 2:14, 15.
Samdi 21 avril
Grasa lafwa Noye te genyen, apre Bondye te fin avèti l konsènan bagay moun potko wè, li te demontre li gen krent pou Bondye, e li te konstwi yon lach pou l sove moun lakay li. — Ebre 11:7.
Petèt vwazen l yo te mande l pou ki rezon l ap fè lach la. Nou mèt gen asirans Noye pa t ret bouch be. Bib la di Noye te “yon moun ki t ap preche sa ki jis”. (2 Pyè 2:5.) Li te avèti moun yo Bondye pral fè yon gwo delij pou l detwi mechan yo. Petèt li te fè yo konnen egzakteman mesaj Jewova te ba l la, lè l te di l: “Mwen deside detwi tout moun, paske yo fè tè a chaje ak vyolans”, epi “m ap detwi tout sa ki gen souf lavi a nan yo anba syèl la nan yon delij m ap fè sou tè a. Tout sa k sou tè a ap peri”. Apre sa, Noye dwe te esplike moun yo ki sa yo te bezwen fè pou yo sove. Epi, men lòd Jewova te bay Noye: “Ou dwe antre nan lach la.” — Jen. 6:13, 17, 18. w16.10 4:7.
Dimanch 22 avril
Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l. — Jer. 10:23.
Nan Bib la, Jewova bay paran yo enstriksyon sou fason pou yo bay pitit yo fòmasyon. Kretyen yo bezwen pran prekosyon pou yo pa kite fason pifò moun nan monn nan panse enfliyanse yo (Efe. 2:2). Pa egzanp, gen zòn kote papa yo kapab panse: ‘Bon, bò isit la, se medam yo ki anseye timoun.’ Men, Bib la bay papa yo lòd byen klè pou yo anseye pitit yo pou yo aprann konnen Jewova (Efe. 6:4). Papa ak manman ki renmen Jewova yo vle pou pitit yo gen yon relasyon sere ak Jewova, menm jan Samyèl te gen yon relasyon sere ak Jewova lè l te timoun (1 Sam. 3:19). Li t ap saj pou n reflechi sou sa Bib la di anvan n pran desizyon enpòtan ki gen rapò ak fanmi nou ansanm ak travay nou. Nou bezwen èd Papa nou ki nan syèl la paske nou pa ka deside ki kote n ap met pye nou. w16.11 3:14, 15.
Lendi 23 avril
Lè m wè syèl ou a, bagay ou fè ak men w yo, lalin nan ak zetwal ou fè yo, mwen di tèt mwen: Ki sa lòm ye pou w ap sonje l? — Sòm 8:3, 4.
Lè n gade bagay Jewova kreye yo, nou wè aklè li se yon Bondye ki gen lòd. Li te “fè fondasyon tè a ak sajès. Li te met syèl la nan plas li byen djanm ak entèlijans”. (Pwo. 3:19.) Gen anpil bagay nou pa konnen sou sa Jewova kreye yo. Anfèt, “se sèlman yon ti chwichwichwi nou tande nan vwa l”. (Jòb 26:14.) Men, li klè, ti sa nou konn sou linivè a montre li vrèman byen òganize. Gen plizyè milyon zetwal k ap deplase nan lespas nan lòd. Epi, fè yon ti reflechi sou fason planèt yo ap vire toutotou solèy la. Bèl lòd sa a posib sèlman paske Jewova te òganize fason planèt yo ak zetwal yo t ap gen pou yo deplase. Lè n reflechi sou fason Jewova “te byen fè syèl la” ak tè a, nou vle ba l louwanj, nou vle adore l, e nou vle fidèl ak li. — Sòm 136:1, 5-9. w16.11 2:3.
Madi 24 avril
Y ap vin moun ki dwat k ap fè ofrann pou Jewova. — Mal. 3:3.
Malachi 3:1-3 esplike ki sa k te pase Etidyan Labib yo ant ane 1914 ak kòmansman ane 1919. Jewova Dye, “vrè Seyè a”, ak Jezi Kris, “mesaje alyans lan”, te vin enspekte “pitit gason Levi yo”, ki reprezante moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Apre Jewova te fin korije yo e l te fin pirifye yo, yo te pare pou yo resevwa yon nouvo asiyasyon. Nan ane 1919, Jezi te nome yon “esklav fidèl ki prevwayan” e l te ba l responsablite pou l gide tout sèvitè Bondye yo e pou l ba yo enstriksyon (Mat. 24:45). Pèp Bondye a te resi libere anba Gran Babilòn nan. Depi lè sa a, yo te kòmanse aprann plis bagay konsènan volonte Bondye, e yo te vin gen plis lanmou pou li. Se pa ti rekonesans yo gen pou benediksyon l ba yo! w16.11 5:14.
Mèkredi 25 avril
“Tanpri, teste m pou n wè si m pap ouvri vàn ki nan syèl la pou nou pou m vide benediksyon sou nou jiskaske nou pa manke anyen.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di. — Mal. 3:10.
Nou renmen Jewova “paske li te demontre lanmou pou nou an premye”. (1 Jan 4:19.) Youn nan fason Jewova montre jan l renmen sèvitè fidèl li yo se lè l pran inisyativ pou l beni yo. Tank n ap vin gen plis lanmou pou Jewova, se tank lafwa nou nan li ap vin pi solid e n ap gen plis konviksyon Jewova ap rekonpanse moun li renmen yo (Ebre 11:6). Jewova se Sila a ki konn rekonpanse moun nan! Se yon aspè enpòtan nan pèsonalite l ak travay li fè. Se sa k fè lafwa nou nan Bondye pap total si nou pa gen konviksyon li se Sila a ki rekonpanse moun ki chèche l toutbonvre. Sa k fè sa? Se paske “lafwa se tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans”. (Ebre 11:1.) Yon moun ki gen lafwa gen yon konfyans total Bondye ap beni moun ki fidèl avè l yo. Jan tèks pou jounen an montre sa, Jewova ankouraje n chèche jwenn benediksyon l. Nou demontre rekonesans nou pou envitasyon Jewova fè nou pou n teste l la lè nou aksepte envitasyon an. w16.12 4:1-3.
Jedi 26 avril
Moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò. — Wom. 8:6.
Menm moun ki gen plizyè ane depi y ap sèvi Jewova ka kòmanse mache “selon lachè”. Kidonk, èske Pòl te vle di nou pa dwe janm panse ak bagay tankou manje, travay, detant oswa relasyon santimantal? Se pa sa l te vle di. Bagay sa yo se bagay ki nòmal nan lavi a. Menm Jezi te pran plezi nan manje e li te renmen bay moun manje. Epitou, li te rann li kont li te bezwen pran repo. Mete sou sa, nan lèt Pòl te ekri yo, li te fè konnen relasyon seksyèl gen yon plas enpòtan nan maryaj. Mo grèk Pòl te itilize a fè referans ak yon moun ki konsantre tout panse l ak tout objektif li sou yon bagay. Dapre esplikasyon yon biblis bay, ekspresyon sa a fè referans ak moun “ki plis enterese nan, ki toutan ap pale sou”, e ki plis konsantre sou dezi lachè yo genyen. Yo kite dezi sa yo kontwole fason y ap viv. w16.12 2:5, 9, 10.
Vandredi 27 avril
Kiyès ou ye pou w ap jije pwochen w? — Jak 4:12.
Nenpòt moun ka aji yon fason ki montre l pa konn limit li si l kite dezi lachè anvayi l menmsi se pou yon ti tan. Anbisyon egoyis, anvi ak kòlè san kontwòl lakòz anpil moun pran dwa ki pa pou yo. Gen yon seri moun Bib la pale de yo tankou Absalon, Ozyas ak Nebikadneza ki te lage kò yo nan “zèv lachè” sa yo e Jewova te rabese yo paske yo te pran dwa ki pa pou yo (2 Sam. 15:1-6; 18:9-17; 2 Kwo. 26:16-21; Dàn. 5:18-21). Gen lòt rezon ankò ki ka fè yon moun aji yon fason ki montre l pa konn limit li. Pa egzanp, ann konsidere istwa biblik ki vin annapre yo: Jenèz 20:2-7 ak Matye 26:31-35. Èske se dezi lachè ki te pouse Abimelèk ak Pyè aji yon fason ki sanble yo te pran dwa ki pa t pou yo? Oubyen èske se paske moun sa yo te jis pa t gen tout enfòmasyon yo oswa èske se paske yo te aji san reflechi? Piske nou pa ka li kè moun, n ap montre nou saj e nou gen lanmou lè n pa kouri jije lòt moun sou sa yo di oswa sa yo fè. w17.01 3:9, 10.
Samdi 28 avril
Dam sa a ki nan nesesite a mete tout sa l te gen pou l viv. — Lik 21:4.
Menm jan ak vèv malerèz la, nan epòk nou an, gen anpil nan kwayan parèy nou yo ki montre yo gen konfyans si yo chèche Wayòm nan an premye, Jewova ap fè yo jwenn sa yo bezwen (Mat. 6:33). Ann pran egzanp yon frè ki te rele Malcolm. Pandan plizyè dizèn ane li menm ak madanm li te fè ap sèvi Jewova, yo te konn bon moman ak move moman. Men sa l te di: “Pafwa, gen yon seri bagay ki ka rive sanzatann , e ki ka menm difisil pou n fè fas ak yo. Men, Jewova beni moun ki konte sou li.” Ki konsèy Malcolm te bay? “Priye Jewova pou l ede w fè tout sa w kapab pou w aktif nan sèvis li a e pou w toujou bay bon rezilta nan sèvis sa a. Konsantre w sou sa w ka fè, pa konsantre w sou sa w pa ka fè.” Toutpandan sistèm sa a “ap vin pi mal”, nou kapab atann n ap jwenn pi gwo difikilte toujou (2 Tim. 3:1, 13). Se sa k fè l pi enpòtan toujou pou n pa kite difikilte sa yo anpeche n fè efò. Okontrè, nou bezwen chèche gen yon lafwa solid nan Jewova toutpandan n ap fè efò pou n fè tout sa n kapab. w17.01 1:17-19.
Dimanch 29 avril
Se pa ou menm k ap bati kay [la]. — 1 Kwo. 17:4.
Piske sa te fè David mal pou l wè pa t gen yon “kay” oswa yon tanp ki dedye pou Jewova, li te vle konstwi youn. Men, jan tèks pou jounen an montre sa, se pa konsa Jewova te wè bagay yo. Byenke Jewova te bay David asirans l ap kontinye beni l, li te fè l konnen se Salomon, pitit gason l, k ap bati tanp lan. Ki jan David te reyaji (1 Kwo. 17:1-4, 8, 11, 12; 29:1)? David pa t refize bay èd li, e l pa t ret ap panse lè tanp lan fini moun pap di se li ki te fè l. An reyalite, yo te vin rele tanp lan tanp Salomon, yo pa t rele l tanp David. Byenke David te ka santi l tris dèske l pa t rive fè sa l te gen nan kè l pou l fè a, li te soutni pwojè a nèt. Li te òganize gwoup travayè, li te rasanble fè, kuiv, ajan, lò ansanm ak bwa sèd, e l te byen kontan fè sa. Annapre, men sa l te di Salomon pou l ankouraje l: “Kounye a, pitit gason m, se pou Jewova avèk ou, se pou w reyisi bati kay Jewova” a. — 1 Kwo. 22:11, 14-16. w17.01 5:6, 7.
Lendi 30 avril
Delivre nou epi padone peche nou yo poutèt non w. — Sòm 79:9.
Menm lè yo pèsekite nou, nou fè tout sa n kapab pou n viv ann amoni ak prensip Bondye yo e ak lwa l yo ki jis. Lè n aji yon fason ki dwat, nou fè limyè nou briye, konsa nou pèmèt non Jewova jwenn glwa (Mat. 5:14-16). Antanke moun ki sen, nou montre nan fason nou mennen lavi nou lwa Jewova yo bon e akizasyon Satan yo se manti. Lè n peche, kòm nou tout konn fè peche, nou repanti sensèman e nou vire do bay move aksyon ki dezonore Jewova. Sou baz sakrifis Kris la, Jewova padone peche moun ki demontre lafwa yo. Li aksepte moun ki vwe lavi yo ba li antanke adoratè l. Jewova deklare kretyen li chwazi pou al nan syèl yo jis antanke pitit li e li konsidere moun ki fè pati “lòt mouton” yo kòm zanmi l antanke moun ki jis (Jan 10:16; Wom. 5:1, 2; Jak 2:21-25). Se sa k fè, menm jodi a, ranson an pèmèt Papa nou konsidere nou kòm moun ki jis k ap travay pou fè non l vin sen. w17.02 2:5, 6.