Me
Madi 1ye me
Bondye te lage desandan Amon yo nan men [...] yo. — Jij 11:33.
Jefte te konnen l bezwen èd Bondye pou l te ka libere pèp Izrayèl la anba men desandan Amon yo. Li te pwomèt Jewova si l fè l genyen batay la, l ap ba l premye moun lakay li ki kouri vin rankontre l pandan l ap retounen sot nan batay la kòm “sakrifis yo boule nèt”. (Jij 11:30, 31.) Ki sa sa te vle di? Jewova rayi lè moun boule moun kòm sakrifis. Donk, nou sèten Jefte pa t apral fè yon sakrifis konsa (Det. 18:9, 10). Selon Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, yon sakrifis yo boule nèt se te yon kado espesyal yon moun te bay Jewova nèt. Konsa, Jefte te vle fè di moun li t apral bay Jewova a t ap gen pou l sèvi Jewova nan tabènak la pandan tout rès vi l. Jewova te tande priyè Jefte a e l te ede l gen yon gwo viktwa (Jij 11:32). Lè Jefte te retounen sot nan batay la, premye moun ki te vin rankontre l se te pitit fi li renmen anpil la, sèl pitit li genyen an! Èske Jefte t ap kenbe pwomès li te fè a? w16.04 1:11-13.
Mèkredi 2 me
Yo te ede pèp la konprann sa yo t ap li a. — Ney. 8:8.
Sa gen kèk ane, pifò kongregasyon te etidye liv Annou pwoche bò kote Jewova a nan Etid biblik kongregasyon an. Ki jan w santi w lè n ap pale sou kalite Jewova yo e lè w tande frè yo k ap esplike santiman yo gen pou li? Sandout sa fè w vin gen plis lanmou pou Jewova. Anplis de sa, nan reyinyon yo, nou aprann plis bagay sou Bib la lè n byen suiv diskou yo ak demonstrasyon yo e lè n byen koute lè y ap fè lekti Labib. Reyinyon yo montre nou ki jan pou nou sèvi ak sa n aprann nan Bib la nan lavi nou (1 Tes. 4:9, 10). Pa egzanp, èske w te asiste yon etid Toudegad ki te pouse w anvi fè plis nan sèvis Jewova a, ki te pouse w amelyore kalite priyè w oswa padone yon frè oubyen yon sè? Reyinyon nou fè pandan semèn nan ka aprann nou fason pou n preche bon nouvèl la ak fason pou n ede lòt moun konprann verite ki nan Bib la. — Mat. 28:19, 20. w16.04 3:4, 5.
Jedi 3 me
Tout bagay ki te ekri nan tan lontan, yo te ekri yo pou enstriksyon nou. — Wom. 15:4.
Èske w pa janm pran tan pou w reflechi ak pasaj nan Bib la ki pale de pwoblèm moun te konn gen youn ak lòt? Nan sèlman kèk nan premye chapit ki nan liv Jenèz la, nou aprann Kayen te touye Abèl (Jen. 4:3-8); Lamèk te touye yon jèn gason poutèt li te frape l (Jen. 4:23); gadò bèt Abraram yo te nan gwo diskisyon ak gadò bèt Lòt yo (Jen. 13:5-7). Aga te santi l siperyè Sara, Sara te vin an kòlè kont Abraram (Jen. 16:3-6); Izmayèl te nan kont ak tout moun e tout moun te nan kont avè l (Jen. 16:12). Pou ki sa Bondye te fè ekri istwa sa yo nan Bib la? Se paske nou kapab aprann nan egzanp moun enpafè sa yo ki te gen bonjan pwoblèm. Nou menm tou nou enpafè, e lè n rankontre menm pwoblèm sa yo nan lavi nou, nou ka imite bon egzanp nou jwenn nan Bib la e n ka evite move egzanp yo. Sa ka ede n aprann ki jan n pou n viv anpè ak lòt moun. w16.05 1:1, 2.
Vandredi 4 me
Fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon. — Mak 13:10.
Ki metòd Jezi ak disip li yo te itilize pou yo fè travay predikasyon an? Yo t al tout kote yo te ka jwenn moun. Pa egzanp, yo te preche nan lari ak nan mache. Yo te chèche jwenn moun yo lakay yo (Mat. 10:11; Lik 8:1; Tra. 5:42; 20:20). Travay predikasyon kay an kay la se youn nan fason yo te rive pale ak tout kalite moun. E Temwen Jewova yo? Yo se sèl moun k ap fè konnen Jezi ap dirije antanke Wa depi 1914. Yo obeyi Jezi e yo bay travay predikasyon an priyorite nan lavi yo. Selon sa yon liv referans fè konnen, Temwen Jewova yo pa janm bliye objektif prensipal yo se preche lafen monn sa a toupre epi anseye moun yo ki sa pou yo fè pou yo sove. Temwen Jewova yo kontinye preche mesaj sa a e yo kontinye suiv menm metòd Jezi ak disip li yo te genyen an. w16.05 2:10, 12.
Samdi 5 me
W ap vin aprann konn Bondye. — Pwo. 2:5.
Lè n pran desizyon ki fè Jewova plezi, n ap vin pi pwòch avè l e n ap gen favè l ak benediksyon l (Jak 4:8). Epi, lafwa nou nan Jewova ap vin pi solid. Kidonk, ann medite sou sa n aprann nan Bib la pou n ka rive konprann fason Jewova panse. Byennantandi, n ap toujou gen yon nouvo bagay pou n aprann sou Jewova (Jòb 26:14). Men, si n travay di pou n aprann konnen l depi kounye a, n ap vin gen sajès e n ap ka pran bon desizyon (Pwo. 2:1-5). Lide lèzòm ak plan yo genyen konn chanje, men Jewova pa janm chanje. Men sa salmis la te di: “Desizyon Jewova yo ap dire pou toutan, panse ki nan kè l yo ap la jenerasyon apre jenerasyon.” (Sòm 33:11). Li klè, nou ka rive pran pi bon desizyon lè n aprann panse menm jan ak Jewova, epi nou fè sa ki fè l plezi. w16.05 3:17.
Dimanch 6 me
Jewova [...] wè sa k nan kè yon moun. — 1 Sam. 16:7.
Nou gen konfyans Jewova kapab chwazi bon moun pou l rale vin jwenn li. Se rezon sa a ki fè n pa dwe jije moun nan tèritwa nou yo oswa nan kongregasyon nou an (Jan 6:44). Lè n rekonèt se Jewova ki Atizan k ap ban nou fòm nan, n ap chanje fason nou konn aji anvè frè ak sè n yo (Eza. 64:8). N ap vin konsidere yo chak kòm yon moun Jewova toujou ap bay fòm. Men ki fason Jewova wè yo: Li wè kiyès yo ye toutbon nan fon kè yo e l konnen enpèfeksyon yo la sèlman pou yon ti tan. Anplis de sa, li konnen ki kalite moun yo chak yo ka vin ye (Sòm 130:3). Nou kapab imite Jewova si n aji menm jan an ak frè nou yo. Nou ka menm travay ansanm ak Atizan k ap ban nou fòm nan pou n ede frè ak sè n yo fè pwogrè (1 Tes. 5:14, 15). Ansyen yo nan kongregasyon an dwe bay yon bon egzanp nan sans sa a. — Efe. 4:8, 11-13. w16.06 1:4-6.
Lendi 7 me
Se pou moun ki panse li kanpe a fè atansyon pou l pa tonbe. — 1 Kor. 10:12.
Lè n preche bon nouvèl la, nou dwe demontre kalite tankou imilite ansanm ak diferan kalite ki gen nan fwi lespri Bondye a (Gal. 5:22, 23). Reflechi ak kèk bèl kalite ou te vin genyen grasa travay predikasyon an. Lè n imite Kris, sa ka fè moun vin anvi koute mesaj n ap preche a e sa ka fè yo vin chanje fason yo wè nou. Pa egzanp, te gen de Temwen nan peyi Ostrali ki te eseye al preche yon dam lakay li, men dam nan te vin fache anpil e l te pale mal avèk yo. Sepandan, Temwen yo te ret ap tande l ak anpil respè. Annapre, dam nan te vin regrèt fason l te aji a, e l te ekri filyal la yon lèt. Li te mande eskiz pou fason l te reyaji a. Men sa l te di: “Se yon bagay moun sòt mwen te fè, pou m kanpe devan de moun k ap simaye Pawòl Bondye a e pou m eseye kraze yo konsa.” Eksperyans sa a montre nou enpòtans pou n gen dousè lè n ap preche. Pa gen dout nan sa, travay predikasyon n ap fè a ede lòt moun, men li ede n amelyore pèsonalite n tou. w16.06 2:12, 13.
Madi 8 me
Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou. — Mat. 22:39.
Tout moun fèt tou enpafè (Wom. 5:12, 19). Se sa k fè, pafwa, gen kèk moun nan kongregasyon an ki kapab di oswa fè yon bagay ki fè nou mal. Lè sa rive, ki sa w ap fè? Pa egzanp, Eli te gran prèt ann Izrayèl, men de pitit gason l yo te dezobeyi lwa Jewova yo. Men sa Bib la di: “Pitit gason Eli yo t ap fè sa ki mal. Yo pa t gen okenn respè pou Jewova.” (1 Sam. 2:12). Eli te konnen pitit gason l yo t ap fè bagay ki mal anpil. Malgre sa, li pa t ba yo ase disiplin. Avèk letan, Jewova te pini Eli ak de pitit gason l yo. Epi annapre, li pa t pèmèt desandan Eli yo kontinye sèvi kòm gran prèt (1 Sam. 3:10-14). Si w t ap viv nan epòk Eli a e w te konnen jan l te kite pitit gason l yo fè yon seri move bagay, èske w t ap kite sa fè w bite? Èske w t ap kite sitiyasyon sa a febli lafwa w nan Jewova, epi fè w sispann sèvi l? w16.06 4:5, 6.
Mèkredi 9 me
L ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. — Mat. 6:33.
Jezi te esplike rezon ki fè n kapab gen konfyans nan pwomès sa a. Men sa l te di: “Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo.” Jewova wè sa w bezwen anvan menm ou wè sa (Fil. 4:19). Li konn ki rad nou pral bezwen. Epitou, li konn ki kalite manje w ap bezwen. Li konnen ou menm ak fanmi w bezwen yon kote pou n rete. Jewova ap asire l ou jwenn sa w vrèman bezwen. Vrèmanvre, nou kapab gen konfyans si n fè sa l mande e n met Wayòm nan an premye nan lavi nou, l ap ban nou tout sa n gen bezwen e l ap ban nou plis pase sa. Epitou, nou rann nou kont se bon relasyon n gen ak Jewova k ap fè kè n kontan toutbon e sa ede n kontante n sèlman ak “manje ak rad” nou gen bezwen. — 1 Tim. 6:6-8. w16.07 1:17, 18.
Jedi 10 me
Lè nou te ènmi Bondye, nou te vin rekonsilye avè l grasa lanmò Pitit li a. — Wom. 5:10.
Grasa ranson an, nou kapab vin rekonsilye ak Bondye, sa vle di, nou kapab vin anpè avè l epi vin zanmi l. Pòl te esplike sa e l te montre rapò sa genyen ak favè san parèy Jewova a lè l te di frè Bondye chwazi pou al nan syèl menm jan avè l yo: “Lefètke Bondye deklare nou jis paske nou gen lafwa, annou rete nan lapè ak Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an, li menm ki te ban nou posiblite pou nou jwenn favè san parèy sa a nou ladan l kounye a, grasa lafwa nou.” (Wom. 5:1, 2). Se pa ti kontan nou kontan dèske nou anpè ak Jewova e nou zanmi l! Dapre sa pwofèt Dànyèl te ekri, nan tan lafen an “moun ki gen bon konprann yo”, anpalan de moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, t ap ede “anpil moun vin fè sa ki dwat”. (Dàn. 12:3). Ki jan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo fè sa? Yo preche bon nouvèl la e yo anseye plizyè milyon “lòt mouton” lwa Jewova yo (Jan 10:16). Se sèlman grasa favè san parèy Jewova a yo rive ede moun sa yo fè sa ki dwat devan Jewova. — Wom. 3:23, 24. w16.07 3:10, 11.
Vandredi 11 me
Yo te kòmanse chwazi tout fi yo te vle pou vin madanm yo. — Jen. 6:2.
Zanj ki te pran fòm kò moun yo te fè yon bagay ki pa t natirèl lè yo te chwazi medam sou tè a pou vin madanm yo. Konsa, yo te vin fè yon seri pitit gason ki jeyan e ki vyolan yo te rele Nefilim. Anplis de sa, nan epòk sa a, “lèzòm t ap fè anpil mechanste sou tè a”. (Jen. 6:1-5.) Jewova te di l ap fè yon gwo delij sou tè a pou l detwi tout moun ki mechan. “Noye, yon moun ki t ap preche sa ki jis”, te fè moun sa yo konnen pral gen yon delij (2 Pyè 2:5). Men, yo pa t koute Noye paske yo te twò okipe nan aktivite yo t ap mennen chak jou yo, tankou maryaj. Jezi te konpare epòk nou an ak epòk Noye a (Mat. 24:37-39). Jodi a, pifò moun pa koute mesaj n ap bay konsènan bon nouvèl Wayòm Bondye a. N ap preche mesaj sa a anvan destriksyon monn mechan sa a rive. Ki leson nou ka aprann nan sa k te pase nan epòk delij la? Nou pa dwe kite aktivite tankou maryaj ak fè pitit vin tèlman enpòtan pou nou pou sa fè n bliye jou Jewova a toupre. w16.08 1:8, 9.
Samdi 12 me
Tan ki rete a vin pi kout. Depi kounye a, se pou moun ki gen madanm fè tankou yo pa t genyen. [...] E se pou moun k ap sèvi ak monn nan tankou moun ki pap sèvi avè l nèt. — 1 Kor. 7:29-31.
Piske n ap viv nan fen “dènye jou yo”, ‘tan yo vin di e yo difisil pou nou sipòte’. (2 Tim. 3:1-5). Se sa k fè nou bezwen pwoteksyon Jewova lè n gen yon relasyon solid avè l. Pòl pa t vle di moun ki marye yo dwe neglije mari yo oswa madanm yo. Men, piske n ap viv nan dènye jou yo, se adorasyon n ap bay Jewova a nou bezwen bay priyorite pito (Mat. 6:33). Nan epòk difisil sa yo, nou wè anpil maryaj k ap kraze. Èske l posib pou n gen kè kontan e pou maryaj nou reyisi? Wi, si n ret pwòch ak Jewova ansanm ak pèp li a, nou aplike prensip ki nan Bib la e nou aksepte direksyon lespri sen Jewova bay. Lè n fè sa, nou onore “sa Bondye mete anba menm jouk”. — Mak 10:9. w16.08 2:17, 18.
Dimanch 13 me
Pran swen twoupo Bondye a. — 1 Pyè 5:2.
Li nesesè pou plis frè jwenn fòmasyon pou yo ka vin bèje nan kongregasyon an. Men sa Pòl te di Timote: “Bagay ou te tande m di w yo, bagay anpil temwen te apiye, konfye yo bay gason ki fidèl. Yo menm, bò kote pa yo, y ap vin kalifye kòmsadwa pou yo anseye lòt moun.” (2 Tim. 2:1, 2). Timote te aprann anpil bagay nan men Pòl ki te yon ansyen e ki te yon apot tou, tankou ki jan pou l amelyore fason l preche e ki jan pou l ede lòt moun nan kongregasyon an (2 Tim. 3:10-12). Pòl te pase anpil tan ak Timote paske l te vle asire l Timote te jwenn bonjan fòmasyon (Tra. 16:1-5). Ansyen yo kapab imite Pòl lè y al fè kèk vizit pastoral ak sèvitè ministeryèl ki kalifye yo. Konsa, ansyen yo ap montre sèvitè ministeryèl yo ki jan pou yo anseye lòt moun, ki jan pou yo demontre pasyans ak lanmou, e ki jan pou yo konte sou Jewova lè y ap pran swen twoupo a. w16.08 4:16, 17.
Lendi 14 me
Pinga w kite men w vin fèb. — Sof. 3:16
Gen lòt lè, Bib la konn pale de yon moun ki kite men l tonbe. Sa fè referans ak yon moun ki dekouraje oswa ki pèdi espwa (2 Kwo. 15:7, nòt; Ebre 12:12). Li fasil pou yon moun ki nan yon sitiyasyon konsa anvi bay vag. Malerezman, piske n ap viv nan monn Satan an ki mechan, nou anba anpil gwo presyon. Menm jan lank yon bato kapab anpeche bato a deplase, se konsa tou, tètchaje nou genyen kapab fè nou santi n vin lou oswa dekouraje (Pwo. 12:25). Ki bagay konsa ki kapab chaje tèt ou? Petèt ou ka tris paske ou gen yon moun pa w ki mouri oswa ou ka ap lite anba yon maladi grav oswa anba pèsekisyon. Ou ka ap lite pou w pran swen fanmi w akoz sitiyasyon ekonomik la difisil anpil. Tank tan ap pase, strès kapab fè w pèdi fòs e sa kapab menm fè w pèdi jwa w. Sepandan, ou mèt gen asirans Bondye la pou ede w. — Eza. 41:10, 13. w16.09 1:2, 4.
Madi 15 me
M ap prese suiv kòmandman w yo. — Sòm 119:32.
Antanke moun enpafè, nou gendwa ap lite kont yon seri move dezi. Gen moun k ap lite pou yo chanje fason yo wè travay predikasyon an, e gen lòt k ap lite akoz pwoblèm sante oswa akoz yo santi yo poukont yo. Gen lòt moun ankò ki twouve l difisil pou yo padone moun ki te fè yo mal. Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou tout bezwen goumen kont yon seri bagay ki fè l difisil pou n sèvi Bondye, Sila a ki rekonpanse moun ki fidèl yo. Si se ka pa w, priye Jewova epi mande l pou l ba w lespri sen. Lapriyè ak lespri sen kapab ede w jwenn fòs pou w fè sa ki dwat, apre sa, w ap kapab jwenn benediksyon Bondye. Se pou w pran detèminasyon pou w viv ann amoni ak priyè w. Fè efò pou w li Labib chak jou, epi rezève tan pou w fè etid pèsonèl ou ak adorasyon an fanmi. — Sòm 119:32. w16.09 2:10, 11.
Mèkredi 16 me
Lafwa [...] se prèv klè [yon moun] genyen sou yon seri bagay reyèl li pa wè. — Ebre 11:1.
Yon moun ta kapab di w: “Mwen kwè nan evolisyon paske syantifik yo di se laverite. Ki jan w fè kwè nan Bondye alòske okenn moun pa janm wè l?” Gen anpil moun ki panse konsa. Se vre, pa gen nou youn ki janm wè Bondye oubyen ki te wè l k ap kreye yon bagay (Jan 1:18). Men, e moun ki kwè nan evolisyon yo? Yo menm tou, yo kwè nan yon bagay yo pa ka wè. Pa gen okenn syantifik oubyen okenn lòt moun ki te janm wè yon fòm lavi k ap chanje pou l vin tounen yon lòt fòm lavi. Pa egzanp, pa gen pèsonn ki te janm wè yon reptil vin tounen yon bèt ki ka bay pitit li tete (Jòb 38:1, 4). Kidonk, nou tout dwe egzamine prèv ki genyen yo, byen reflechi sou yo, epi chèche wè ki sa yo montre toutbonvre. Gen anpil moun ki gade sa ki nan lanati e yo “rive wè” gen yon Bondye. Sa “parèt klè” nan je yo Bondye se Kreyatè a, li gen anpil pisans e li gen anpil bèl kalite. — Wom. 1:20. w16.09 4:4.
Jedi 17 me
Pa bliye montre nou janti ak etranje yo. — Ebre 13:2, nòt.
Jewova te pran swen etranje ki t ap viv ann Izrayèl yo avèk lanmou. Pa egzanp, yo te ka ranmase manje moun ki t ap rekòlte yo te kite dèyè (Lev. 19:9, 10). Olye Jewova te annik bay Izrayelit yo lòd pou yo respekte moun ki sot nan lòt peyi yo, li te vle yo sonje ki jan sa te ye pou yo lè yo t ap viv nan yon lòt peyi (Egz. 23:9). Menm anvan Izrayelit yo te vin esklav ann Ejip, Ejipsyen yo pa t renmen yo paske yo te diferan (Jen. 43:32; 46:34; Egz. 1:11-14). Antanke etranje, lavi a te di anpil pou Izrayelit yo. Jewova te vle yo sonje sa e l te vle yo montre yo janti ak moun lòt peyi ki t ap viv bò kote yo (Lev. 19:33, 34). Jewova pa chanje. Donk, lè gen moun lòt peyi ki vin nan kongregasyon nou an, nou pa dwe bliye Jewova toujou gen sousi pou moun sa yo (Det. 10:17-19; Mal. 3:5, 6). Fè yon ti reflechi ak pwoblèm moun lòt peyi yo ka genyen. Pa egzanp, yo ka pa konprann nouvo lang nan e moun ka mal aji avèk yo. Ann fè efò pou n ede yo e pou n janti avèk yo. — 1 Pyè 3:8. w16.10 1:3-5.
Vandredi 18 me
Menm jan kò ki san espri a mouri, se konsa tou lafwa ki pa gen bon aksyon mache avè l la mouri. — Jak 2:26.
Lèt Jak te ekri a montre vrè lafwa vle di plis pase annik kwè, li enplike aksyon tou. Men sa Jak te ekri: “Montre m lafwa pa w san w pa fè bon aksyon, epi mwen menm m ap montre w lafwa pa m grasa bon aksyon mwen fè.” (Jak 2:18). Jak te esplike pou yon moun gen lafwa, li dwe fè plis pase annik kwè. Demon yo kwè Bondye egziste, men yo pa gen lafwa nan Jewova. Okontrè, yo opoze nèt avè l (Jak 2:19, 20). Yon lòt bò, lè yon moun gen lafwa, l ap fè Bondye plezi lè l fè bon travay, oswa bon aksyon. Se sa Abraram te fè. Men sa Jak te ekri: “Èske se pa lè Abraram, papa nou, te fin mete Izarak, pitit gason l lan, sou lotèl la pou l ofri l kòm sakrifis yo te deklare l jis pou aksyon sa a li te fè a? Ou wè lafwa li te mache ak bon aksyon li te fè, e grasa aksyon sa yo lafwa li te vin konplè.” Apre sa, pou Jak te montre byen klè jan lafwa dwe gen aksyon ki mache avè l, li te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. w16.10 4:8.
Samdi 19 me
Li [...] met lide pou lèzòm viv pou toutan nan kè yo. — Ekl. 3:11.
Syantifik yo itilize anpil nan bagay yo aprann sou linivè ak tè a pou yo amelyore lavi. Men, yo pa rive reponn anpil kesyon enpòtan. Pa egzanp, astwonòm yo pa ka bay yon esplikasyon egzak sou fason linivè te vin egziste, oswa sou rezon ki fè moun, bèt ak plant egziste sou tè a. Mete sou sa, pifò moun pa ka esplike poukisa lèzòm gen yon gwo dezi pou yo viv pou toutan konsa. Youn nan rezon ki fè moun yo pa gen repons kesyon sa yo se paske syantifik yo ak lòt moun ankò fè konnen pa gen Bondye e y ap fè pwopagann pou evolisyon. Men, Bondye ban nou repons kesyon sa yo nan Liv li a, anpalan de Bib la. Se Jewova ki te kreye pakèt lwa ki gen nan lanati yo. Lwa sa yo pa chanje. Elektrisyen yo, plonbye yo, enjenyè yo, pilòt yo, chirijyen yo ak lòt moun ankò depann de lwa sa yo pou yo fè travay yo. w16.11 2:4, 5.
Dimanch 20 me
[Se] grasa [Bondye] nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste. — Tra. 17:28.
Gen anpil rezon ki fè n dwe gen Jewova rekonesans! Youn ladan yo se paske “se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste”. Epitou, li ban nou Liv li a, anpalan de Bib la. Menm jan ak kretyen Tesalonik yo, nou bay kado sa a anpil valè paske se yon mesaj li voye pou nou (1 Tes. 2:13). Bib la ede n pwoche bò kote Jewova, e li menm li pwoche bò kote nou (Jak 4:8). Nou gen anpil rekonesans dèske Papa nou envite n vin fè pati òganizasyon l lan! Nou santi nou menm jan ak youn nan moun ki te ekri sòm yo ki te di: “Di Jewova mèsi paske li bon. Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.” (Sòm 136:1). Nan chak vèsè nan sòm sa a, li te repete ekspresyon “lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan”. Vrèmanvre, si nou fidèl ak Jewova e nou suiv enstriksyon li ban nou yo pa mwayen òganizasyon l lan, l ap ban nou lavi ki pap janm fini an e l ap fidèl avè n nètale! w16.11 3:18, 19.
Lendi 21 me
Menm jan akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche. — Wom. 5:12.
Yo itilize vèsè sa a plizyè fwa nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a ak liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Lè n ap etidye chapit 3, chapit 5 ak chapit 6 la ak pitit nou oswa ak lòt moun, petèt n ap li Women 5:12. Nou ka itilize vèsè sa a pou n ede yo konprann poukisa tè a pa yon paradi, rezon ki fè nou bezwen ranson an e poukisa moun mouri. Men, mete sou sa, vèsè sa a ka ede nou tout vin gen plis rekonesans dèske nou gen relasyon ak Jewova. Li ka ede n vin gen plis detèminasyon pou n fè l plezi e pou n kontinye ret tann sa l pwomèt nou yo. Malerezman, nou tout se pechè. Se chak jou nou fè erè. Sepandan, Jewova gen mizèrikòd. Li konnen nou enpafè, e li dispoze padone nou (Sòm 103:13, 14). Jezi te di nou dwe mande Bondye pou l padone peche nou (Lik 11:2-4). Lè Jewova fin padone peche nou te fè nan tan lontan, nou pa dwe kontinye ap reflechi sou yo. Aktout sa, nou ka reflechi ak fason l kapab padone nou. w16.12 1:1-3.
Madi 22 me
Moun k ap mache selon lachè fikse panse yo sou bagay lachè. — Wom. 8:5.
Kretyen ki t ap viv Wòm yo te bezwen egzamine tèt yo pou yo wè sou ki sa yo te fikse lespri yo. Èske se te sou “bagay lachè”? Jodi a, nou menm tou, nou bezwen chèche wè ki bagay ki pi enpòtan pou nou. Sou ki bagay nou plis renmen pale? Ki bagay nou vrèman renmen fè? Gen moun ki ka rann yo kont se toutan y ap panse ak bwè divès kalite diven, dekore kay, achte nouvo rad, envesti lajan, oubyen planifye vakans yo. Bagay sa yo se pa bagay ki mal. Yo gendwa se bagay ki nòmal nan lavi nou. Pa egzanp, menm Jezi te bay diven nan yon maryaj, e Pòl te konseye Timote pou l pran “yon ti diven” poutèt sante l (1 Tim. 5:23; Jan 2:3-11). Sepandan, diven pa t bagay ki te pi enpòtan nan lavi yo. E nou menm? Ki bagay ki plis enterese nou nan lavi a? w16.12 2:5, 10, 11.
Mèkredi 23 me
Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w. — Ebre 13:5.
Pwomès sa a Jewova fè a ede n gen konfyans nan pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 6:33 a. Men yon kesyon apot Pyè te poze Jezi yon lè: “Nou kite tout bagay pou nou suiv ou, ki sa n ap jwenn menm?” (Mat. 19:27). Jezi pa t korije Pyè pou kesyon sa a. Okontrè, Jezi te di disip li yo y ap jwenn rekonpans pou sakrifis yo fè yo. Apot yo ak lòt moun ki fidèl yo pral dirije ansanm ak Jezi nan syèl la. Men, Jezi te fè konnen y ap jwenn rekonpans depi kounye a lè l te di: “Nenpòt moun ki kite kay, oswa frè, oswa sè, oswa papa, oswa manman, oswa pitit, oswa tè poutèt non mwen, l ap jwenn 100 fwa plis pase sa, e l ap resevwa lavi ki pap janm fini an.” (Mat. 19:29). Jodi a, tout moun k ap suiv Jezi kapab jwenn papa, manman, frè, sè ak pitit nan kongregasyon an. Se sèten sa gen plis valè lontan pase nenpòt sakrifis nou fè pou Wayòm Bondye a. w16.12 4:4, 5.
Jedi 24 me
Lafwa se tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans. — Ebre 11:1.
Jewova ban nou yon pakèt bèl bagay ki ban nou espwa. Li pwomèt l ap fè non l vin sen e l pral fè volonte l fèt ni nan syèl la ni sou tè a (Mat. 6:9, 10). Pwomès sa yo se bagay ki pi enpòtan n ap tann. Mete sou sa, Jewova pwomèt l ap ban nou lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans, swa nan syèl la, swa sou tè a. Se pa ti bèl sa pral bèl (Jan 10:16; 2 Pyè 3:13)! Epitou, n ap tann pou n wè ki jan Jewova ap kontinye gide pèp li a e l ap kontinye soutni l nan dènye jou sa yo. Gen anpil moun jodi a ki espere yon seri bagay e ki swete yo rive, men, yo pa gen asirans bagay sa yo ap janm rive. Pa egzanp, yon moun ka espere genyen nan lotri, men li pa gen okenn asirans l ap genyen vre. Yon lòt bò, vrè lafwa a se lè “yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans”. w16.10 3:1, 2.
Vandredi 25 me
Se pou chak moun itilize don l resevwa a pou l sèvi lòt moun. — 1 Pyè 4:10.
Nan favè san parèy li, Jewova bay nou chak yon seri don, resous, kapasite oswa talan. Nou kapab itilize yo pou nou ba l glwa e pou n ede lòt moun (Wom. 12:4-8). Jewova konfye nou chak yon sèvis ki fè n jwenn onè, ki fè moun fè n konfyans, e ki ban nou responsablite. Sepandan, wòl nou jwe nan dispozisyon Bondye pran yo se pa yon wòl ki fiks. Li kapab chanje detanzantan. Ann pran egzanp Jezi. Okòmansman, li te poukont li ak Jewova (Pwo. 8:22). Apre sa, li te ede Jewova fè lòt kreyati espirityèl yo, linivè a, e finalman lèzòm (Kol. 1:16). Annapre, Jezi te vin gen yon nouvo wòl sou tè a, toudabò, li te yon tibebe san defans, ansuit, li te vin yon adilt (Flp. 2:7). Apre Jezi fin bay lavi l kòm sakrifis, li te retounen nan syèl la antanke yon espri pou l vin Wa nan Wayòm Bondye a an 1914 (Ebre 2:9). Epi, apre rèy mil an Jezi a, Jezi ap remèt Jewova Wayòm nan yon fason pou “Bondye ka tout bagay pou tout moun”. — 1 Kor. 15:28. w17.01 3:11, 12.
Samdi 26 me
Chwazi nou menm jodi a kiyès n ap sèvi. — Joz. 24:15.
Men sa yon dam te di yon zanmi l lè l te gen yon desizyon pou l pran: “Pa fè m reflechi, annik di m sa pou m fè. Sa pi fasil.” Dam nan te prefere yo di l sa pou l fè olye l te itilize yon kado ki gen anpil valè Kreyatè a ba li, anpalan de libète li genyen pou l deside a. E ou menm? Èske w renmen pran desizyon poukont ou oubyen èske w prefere lòt moun deside nan plas ou? Ki jan w konsidere kesyon libète moun genyen pou yo deside a? Pandan plizyè syèk, moun fè anpil deba sou sijè sa a. Gen moun ki fè konnen kesyon libète moun genyen pou yo deside a pa egziste vre, Bondye te gentan deside alavans tout sa n ap fè. Gen lòt moun ki deklare sèl fason pou nou gen vrè libète pou nou deside a se si nou gen yon libète total. Men, pou nou byen konprann kesyon sa a, nou dwe chèche konnen sa Pawòl Bondye a di, anpalan de Bib la. Poukisa? Se paske l montre Jewova te kreye nou ak libète pou nou deside, sa vle di li te ban nou kapasite ak libète pou nou fè bon chwa. w17.01 2:1, 2.
Dimanch 27 me
Salomon, pitit gason m nan, jèn e li poko gen eksperyans [...]. Kidonk, m ap fè kèk preparasyon pou li. — 1 Kwo. 22:5.
David te ka panse Salomon pa kalifye pou l sipèvize yon gwo pwojè konsa ki se bati yon kay pou Bondye. Dayè, tanp lan te dwe “bèl anpil anpil”, e nan epòk la, Salomon te “jèn e li [potko] gen eksperyans”. Aktout sa, David te konnen Jewova t ap ede Salomon fè travay la. Se sa k fè, David te konsantre l sou sa l te ka fè pou l bay èd li, li te prepare yon bon kantite materyo pou konstriksyon an. Menm jan an tou, jodi a, frè ki pi aje yo pa dwe santi yo tris lè yo oblije bay frè ki pi jèn yo responsablite yo te genyen. Olye de sa, sa nan enterè travay la lè frè ki pi jèn yo jwenn fòmasyon pou yo pran responsablite sa yo. Frè nome yo dwe santi yo kontan anpil lè yo wè frè ki pi jèn yo te bay fòmasyon yo vin kalifye pou yo fè travay la. w17.01 5:8, 9.
Lendi 28 me
M ap mete rayisman ant ou menm ak fi a, ant desandans ou ak desandans pa l. L ap kraze tèt ou. — Jen. 3:15.
Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, Jezi pral kraze tèt sèpan an e l ap efase tout tras rebelyon Satan an nan linivè. Pandan Jezi te sou tè a, li te ede disip li yo wè enpòtans Wayòm Bondye a. Kou Jezi te fin batize, li te anonse “bon nouvèl Wayòm Bondye a” toupatou (Lik 4:43). Nan dènye pawòl Jezi te di disip li yo anvan l retounen nan syèl la, li te di yo dwe sèvi l temwen “rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Tra. 1:6-8.) Travay predikasyon Wayòm nan bay moun toupatou sou tè a posiblite pou yo aprann konn sa ranson an ye ak posiblite pou yo viv anba dominasyon Wayòm Bondye a. Jodi a, nou montre nou soutni Wayòm nan lè n ede frè Kris yo ki sou tè a nan travay yo genyen pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout tè a. — Mat. 24:14; 25:40. w17.02 2:7, 8.
Madi 29 me
[Kris] bay kèk ladan yo kòm apot. — Efe. 4:11.
Byenke kolèj santral la te gen otorite nan kongregasyon an nan premye syèk la, yo te rekonèt se Jezi ki Gid yo. Men sa apot Pòl te ekri: “Annou grandi nan tout bagay grasa lanmou, ann amoni ak sila a ki se tèt la, anpalan de Kris.” (Efe. 4:15). Olye disip yo te chèche pote non yon apot ki nan gwo pozisyon, “Bondye te fè yo rele disip yo Kretyen”. (Tra. 11:26.) Li klè, Pòl te rekonèt jan l enpòtan pou kretyen yo “byen kenbe tout sa [l] te transmèt” yo, oswa bagay ki baze sou Ekriti yo apot yo ak lòt mesye ki t ap dirije yo te transmèt. Aktout sa, men sa l te ajoute: “Men, mwen vle nou konnen chèf tout gason [sa gen ladan l chak manm kolèj santral la] se Kris, [...] e chèf Kris se Bondye.” (1 Kor. 11:2, 3). Vrèmanvre, se Kris Jezi ki envizib e ki nan glwa li ki t ap dirije kongregasyon an anba direksyon Chèf li a, Jewova Dye. w17.02 4:7.
Mèkredi 30 me
Ansyen k ap byen dirije yo merite yon onè doub. — 1 Tim. 5:17.
Lè n onore lòt moun ki merite onè, sa anpeche n wè tèt nou sèlman. Sa fè n evite vin twò kwè nan tèt nou si yo ta onore nou. Epitou, sa pèmèt nou mache sou menm pa ak òganizasyon Jewova a, yon òganizasyon ki pa bay moun twòp onè, kit yo kwayan kit yo pa kwayan, oswa ki pa ba yo yon onè yo pa merite. Mete sou sa, sa demontre sajès òganizasyon an genyen, paske sa ap anpeche n bite si yon moun nou onore ta desevwa nou. Pi gwo byenfè n ap jwenn lè n onore moun nou dwe bay onè jan n dwe fè sa sèke n ap fè Bondye plezi. Nou konpòte nou jan l vle a, konsa nou ret fidèl avè l. Sa pèmèt li jwenn yon repons pou l bay kèlkeswa opozan ki ta eseye pwovoke l (Pwo. 27:11). Monn nan chaje ak moun ki pa fin byen konprann ki jan pou yo onore lòt moun. Vrèmanvre, nou gen Jewova rekonesans dèske n konnen fason pou n onore lòt moun jan l vle a. w17.03 1:13, 20, 21.
Jedi 31 me
[Jozafa] te fè sa ki dwat nan je Jewova. — 2 Kwo. 20:32.
Menm jan ak, Aza, papa l, Jozafa te ankouraje pèp la chèche Jewova. Li te fè sa lè l te òganize yon kanpay pou anseye moun, kote yo te sèvi ak “liv Lalwa Jewova a”. (2 Kwo. 17:7-10.) Li te menm al nan tèritwa wayòm ki te nan nò Izrayèl la, nan zòn ki gen mòn nan tèritwa tribi Efrayim yo, “pou l fè yo tounen vin jwenn Jewova”. (2 Kwo. 19:4.) Nou tout kapab patisipe nan gwo kanpay pou anseye moun Jewova ap fè jodi a. Èske chak mwa ou gen objektif pou w anseye lòt moun Pawòl Bondye a, pou w eseye touche kè yo pou yo vin sèvi Bondye? Lè w fè tout sa w kapab nan travay sa a, e grasa benediksyon Bondye, w ap ka kòmanse yon etid Labib. Èske w konn priye Jewova konsènan objektif sa a? Èske w dispoze aksepte responsablite sa a, e w menm dispoze pran nan tan lib ou pou w fè sa? Epi, menm jan Jozafa t al nan tèritwa Efrayim nan pou l ede moun yo tounen vin nan vrè adorasyon an, nou kapab al chèche moun ki vin inaktif yo. w17.03 3:10, 11.