BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es18 p. 57-67
  • Jen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jen
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
  • Soutit
  • Vandredi 1ye jen
  • Samdi 2 jen
  • Dimanch 3 jen
  • Lendi 4 jen
  • Madi 5 jen
  • Mèkredi 6 jen
  • Jedi 7 jen
  • Vandredi 8 jen
  • Samdi 9 jen
  • Dimanch 10 jen
  • Lendi 11 jen
  • Madi 12 jen
  • Mèkredi 13 jen
  • Jedi 14 jen
  • Vandredi 15 jen
  • Samdi 16 jen
  • Dimanch 17 jen
  • Lendi 18 jen
  • Madi 19 jen
  • Mèkredi 20 jen
  • Jedi 21 jen
  • Vandredi 22 jen
  • Samdi 23 jen
  • Dimanch 24 jen
  • Lendi 25 jen
  • Madi 26 jen
  • Mèkredi 27 jen
  • Jedi 28 jen
  • Vandredi 29 jen
  • Samdi 30 jen
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
es18 p. 57-67

Jen

Vandredi 1ye jen

M ap ofri moun sa a tankou se te yon sakrifis yo boule nèt. — Jij 11:31.

Piske pitit fi l la t apral sèvi nan tabènak la, li pa t ap janm ka fè pitit. Konsa, Jefte pa t ap gen pèsonn ki pou pote non l e ki pou eritye tè l te genyen an (Jij 11:34). Malgre sa, avèk fidelite, Jefte te di: “Mwen fè Jewova yon ve e mwen pa kapab fè bak.” (Jij 11:35). Jewova te aksepte kokenn sakrifis sa a Jefte te fè a e l te beni Jefte. Èske w ap montre w fidèl menm jan ak Jefte? Lè n vwe lavi nou bay Jewova, se pwomèt nou pwomèt pou n fè kèlkeswa sa l mande n fè a. Nou te konnen l pa t ap fasil ditou pou n kenbe pwomès sa a. Men, ki jan nou reyaji lè yo mande n fè yon bagay nou pa renmen? Si n domine santiman nou epi n obeyi Bondye san fòse, n ap montre nou kenbe pwomès nou. Sakrifis nou fè yo ka fè n mal anpil, men, benediksyon Jewova bay yo toujou pi bon lontan. — Mal. 3:10. w16.04 1:11, 14, 15.

Samdi 2 jen

Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande sa lespri a di kongregasyon yo. — Rev. 2:7.

Jezi ap sèvi ak lespri sen pou l dirije kongregasyon yo. Lespri sen ka ede n reziste devan tantasyon e l ka ede n preche avèk kouraj. Li ka ede n pran bon desizyon tou. Se rezon sa a ki fè n dwe fè tout sa n kapab pou n la nan reyinyon yo e pou n resevwa èd lespri sen Bondye. Byen souvan, nou konn pale sou fason pwofesi ki nan Bib la reyalize. Sa ka ede n vin gen plis asirans pwomès Jewova fè pou lavni yo ap reyalize. Frè n ak sè n yo ankouraje n nonsèlman lè yo bay diskou, men tou, lè yo fè kòmantè e lè yo chante ak tout kè yo pou fè louwanj pou Jewova (1 Kor. 14:26). Epi, lè n pale avèk yo anvan e apre reyinyon yo, nou santi nou ankouraje paske n gen anpil zanmi k ap pran ka nou toutbon. — 1 Kor. 16:17, 18. w16.04 3:6, 7.

Dimanch 3 jen

Fè disip pami moun tout nasyon. — Mat. 28:19.

Jezi te di moun k ap suiv li yo dwe preche bon nouvèl la e yo dwe anseye moun “sou tout tè a”. Li te ba yo lòd pou yo fè disip “pami moun tout nasyon”. (Mat. 24:14.) Sa vle di yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl la sou tout tè a. Se sèl Temwen Jewova yo ki reyalize pwofesi konsènan predikasyon bon nouvèl la sou tout tè a. Poukisa nou di sa? Ozetazini, gen anviwon 600 000 manm klèje lakretyente, alòske gen anviwon 1 200 000 Temwen Jewova k ap preche bon nouvèl la nan peyi sa a. Sou tout kò tè a, gen anviwon 400 000 prèt katolik, men gen plis pase 8 milyon Temwen Jewova k ap preche bon nouvèl la nan 240 peyi. Li klè, Temwen Jewova yo ap preche bon nouvèl la toupatou sou tè a, sa ki fè moun onore Jewova e yo fè louwanj pou li! — Sòm 34:1; 51:15. w16.05 2:13, 14.

Lendi 4 jen

Yon moun ki gen tandans fè kòlè leve diskisyon, moun ki renmen fè gwo kòlè fè anpil peche. — Pwo. 29:22.

Jodi a, gen anpil moun nan monn nan ki santi yo gen dwa pou yo deside sa ki byen ak sa ki mal poukont yo. Yo gen ògèy, yo egoyis, y ap fè konpetisyon, e si desizyon yo pran yo blese lòt moun, sa pa di yo anyen (Jen. 3:1-5). Konpòtman sa yo lakòz moun gen pwoblèm youn ak lòt. Lè Jezi te bay Diskou sou mòn nan, li te anseye disip li yo pou yo fè lapè e pou yo evite gen kont ak lòt moun, menmsi sa ta sanble pa nan enterè yo pou yo fè sa. Pa egzanp, li te di yo yo dwe gen tanperaman dou, yo dwe fè lapè ak lòt moun, yo dwe voye santiman tankou kòlè jete, yo dwe rezoud pwoblèm yo gen ak lòt moun byen vit e yo dwe renmen ènmi yo. — Mat. 5:5, 9, 22, 25, 44. w16.05 1:4, 5.

Madi 5 jen

Mwen vle fè sa ki byen, men, mwen pa gen kapasite pou m fè l. — Wom. 7:18.

Anvan n te batize, anpil nan nou te fè yon seri gwo chanjman nan lavi nou pou n te ka rive viv jan Labib mande nou fè sa a. Menm kounye a, nou rann nou kont gen yon seri ti chanjman nou bezwen fè pou n ka pi byen imite Bondye ak Kris (Efe. 5:1, 2; 1 Pyè 2:21). Pa egzanp, nou kapab rann nou kont nou renmen plenyen, oubyen nou nan tripotay, epi n ap di yon pakèt move pawòl sou lòt moun. Oubyen pafwa, nou tèlman pè sa lòt moun ap di oubyen sa yo pral fè, nou konn pa fè sa ki byen. Petèt, nou gen plizyè ane depi n ap fè efò pou n chanje, men n kontinye fè menm erè yo. Pa bliye nou toujou enpafè (Kol. 3:9, 10). Se sa k fè nou kontinye ap fè erè menmsi n gen plizyè ane depi n batize. Detanzantan, nou ka gen move dezi oswa santiman ki negatif, oubyen nou ka twouve l difisil pou n metrize yon feblès nou gen nan pèsonalite nou. Anfèt, nou ka oblije ap goumen ak menm feblès la pandan plizyè ane. — Jak 3:2. w16.05 4:3-5.

Mèkredi 6 jen

Jewova disipline moun li renmen. Anfèt, li kale tout moun li akeyi kòm pitit li. — Ebre 12:6.

Gen kèk moun ki kapab di: ‘M pa t janm vrèman konprann rezon ki fè paran m yo te konn disipline m jiskaske m vin gen pwòp pitit pa m.’ Tank n ap vin pi gran, nou ka vin apresye disiplin yo ban nou paske n ap wè l kòm yon prèv lanmou (Ebre 12:5, 11). Wi, Jewova renmen nou tankou pitit li, se sa k fè, avèk pasyans, li disipline n oswa l ban nou fòm. Li vle pou n gen sajès e pou n renmen l antanke Papa nou (Pwo. 23:15). Li pa renmen wè n ap soufri e l pa vle nou mouri antanke pechè ki pa repanti (Efe. 2:2, 3). Anvan nou te vin konnen Jewova, petèt nou te gen anpil vye defo. Sepandan, Jewova te ban nou fòm e l te ede n chanje. Kòm rezilta, kounye a, nou gen yon pakèt bèl kalite. — Eza. 11:6-8; Kol. 3:9, 10. w16.06 1:7, 8.

Jedi 7 jen

Nenpòt moun ki rabese tèt li pou l vin tankou tipitit sa a, se li ki pi enpòtan nan Wayòm syèl la. — Mat. 18:4.

Pifò timoun piti gen imilite e yo swaf pou yo aprann nouvo bagay (Mat. 18:1-4). Se sa k fè li saj pou paran yo ede pitit yo aprann laverite e pou yo renmen yo pandan yo jèn toujou (2 Tim. 3:14, 15). Pou paran yo rive fè sa, yo dwe renmen laverite pou tèt yo, e yo dwe aplike sa Bib la di nan lavi pa yo. Lè paran yo fè sa, li vin pi fasil pou timoun yo vin renmen laverite. Epitou, timoun yo ap vin konprann lè paran yo disipline yo, se yon prèv ki montre paran yo ak Jewova renmen yo. Lè nou gen imilite e n toujou obeyi Jewova, nou vin gen anpil valè nan je l menm jan ak Dànyèl (Dàn. 10:11, 19). Anplis de sa, Jewova ap kontinye ban nou fòm pa mwayen Pawòl li, lespri li ak òganizasyon l lan. w16.06 2:14, 17.

Vandredi 8 jen

Mwen jwenn David, pitit Jese, yon moun ki fè m plezi. — Tra. 13:22.

David te gen anpil bèl kalite, se sa k fè Jewova te renmen l anpil (1 Sam. 13:13, 14). Men, menm David te fè yon bagay ki grav anpil. Pandan Ouri t al nan lagè, David te vin gen relasyon seksyèl ak Batcheba, madanm Ouri a, e madanm nan te vin ansent. David pa t vle pèsonn konn sa l te fè a. Se sa k fè li te bay Ouri lòd pou l vin kote l, epi l te eseye konvenk Ouri pou Ouri al lakay li. David te espere Ouri t ap gen relasyon ak Batcheba, konsa moun t ap panse se Ouri ki papa pitit la. Men, Ouri pa t al lakay li. Se sa k fè David te fè touye Ouri nan batay la. David ak fanmi l te soufri anpil akoz peche grav li te fè yo (2 Sam. 12:9-12). Aktout sa, Jewova te gen mizèrikòd e l te padone l. Li te konnen David te vle fè sa ki byen (1 Wa 9:4). Si w t ap viv nan epòk David la, ki sa w t ap panse de konduit David? Èske w t ap sispann sèvi Jewova? w16.06 4:7.

Samdi 9 jen

Kontinye veye, rete je klè, paske nou pa konnen ki lè tan ki fikse a ap rive. — Mak 13:33.

Temwen Jewova yo pran avètisman Jezi te bay la oserye. Nou konnen n ap viv nan “tan lafen an” e “gwo tribilasyon” an pral kòmanse talè konsa (Dàn. 12:4; Mat. 24:21)! Jan Jezi te anonse sa, pèp Jewova a ap preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan sou tout tè a. Anmenmtan an tou, nou wè gen lagè, maladi, tranblemanntè ak grangou plizyè kote sou tè a. Relijyon yo nan gwo konfizyon e gen plis krim ak vyolans pase tout lòt epòk (Mat. 24:7, 11, 12, 14; Lik 21:11). Kounye a, n ap tann avèk enpasyans moman kote Jezi pral vin reyalize objektif Papa l (Mak 13:26, 27). Sepandan, li enposib pou n konn ki lè egzakteman gwo tribilasyon an ap kòmanse. w16.07 2:2-4.

Dimanch 10 jen

Annou pwoche bò kote twòn favè san parèy la e annou alèz pou n priye Bondye. — Ebre 4:16.

Grasa favè san parèy Jewova a, nou kapab priye l. Nou kapab priye Jewova nan non Jezi nenpòt ki lè. Vrèmanvre, se yon gwo onè sa ye! Men sa Pòl te di: “Nou alèz pou n pale, e nou ka pwoche alèz bò kote Bondye avèk konfyans, grasa lafwa nou nan Kris.” (Efe. 3:12). Pòl te ankouraje nou priye Jewova nenpòt lè n bezwen fè sa “pou nou ka resevwa mizèrikòd e pou nou ka jwenn favè san parèy la k ap ede nou nan bon moman”. (Ebre 4:16b.) Nenpòt lè nou jwenn eprèv ak difikilte nan lavi nou, nou kapab sipliye Jewova pou l ede nou. Mete sou sa, li reponn priyè nou, byenke l pa oblije fè sa. Byen souvan, li sèvi ak frè ak sè nou yo pou ede nou. Jewova reponn priyè nou yon fason pou n “kapab gen anpil kouraj e [pou n] kapab di: ‘Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?’” — Ebre 13:6. w16.07 3:12, 13.

Lendi 11 jen

Sara [...] te konn obeyi Abraram, e [li] te konn rele l mèt. E nou menm, nou vin pitit li. — 1 Pyè 3:6.

Ni Noye, ni twa pitit gason l yo, yo chak te gen yon sèl madanm. Men, apre delij la, anpil gason te vin gen plis pase yon madanm. Nan anpil kilti, imoralite seksyèl te yon bagay pifò moun t ap fè e sa te menm fè pati koutim relijyon yo. Lè Abraram ak Sara te demenaje al viv Kanaran, yo te antoure ak moun ki imoral ki pa t gen okenn respè pou maryaj. Jewova te detwi vil Sodòm ak Gomò paske moun nan vil sa yo te imoral anpil. Abraram pa t menm ak moun sa yo. Li te yon bon chèf fanmi, e Sara te yon bon egzanp antanke yon madanm ki soumèt devan mari l (1 Pyè 3:3-5). Abraram te fè yon jan pou Izarak, pitit gason l, marye ak yon fi k ap sèvi Jewova. Izarak te fè menm bagay la pou Jakòb, pitit gason l, e pitit gason Jakòb yo te vin zansèt 12 tribi Izrayèl yo. w16.08 1:10.

Madi 12 jen

Sa ki pa anpil la ap tounen 1 000 e sa ki toupiti a ap tounen yon gwo nasyon. — Eza. 60:22.

Pawòl sa yo ap reyalize jodi a nan tan lafen an. Vrèmanvre, pandan ane 2015 lan, te gen 8 220 105 sèvitè Jewova ki te preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout kò tè a! Men sa Bondye te di konsènan ogmantasyon ki t apral gen nan mitan pèp li a: “Mwen menm, Jewova, m ap akselere travay sa a nan lè l gen pou l fèt la.” Se sa k fè, tank tan ap pase, se tank ap gen plis travay pou nou tout fè. Èske n ap fè tout sa n kapab kounye a pou n preche e pou n anseye bon nouvèl la? Gen anpil frè ak sè ki deja ap sèvi kòm pyonye pèmanan oubyen pyonye oksilyè. Genyen k al nan yon lòt zòn pou yo bay èd yo nan travay predikasyon an, e gen lòt k ap travay di nan konstriksyon Sal Wayòm. Li klè, “gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”, e se pa sèlman pou frè yo ki gen travay, gen pou sè yo tou. — 1 Kor. 15:58. w16.08 3:1, 2.

Mèkredi 13 jen

Men Jewova pa twò kout pou l sove moun. — Eza. 59:1.

Yon ti tan apre Izrayelit yo te sot nan esklavaj nan peyi Ejip, moun Amalèk yo te atake yo. Moyiz te di Jozye, yon gason vanyan, pou l dirije Izrayelit yo nan batay la. Apre sa, Moyiz te ale ak Arawon ansanm ak Ou sou yon mòn ki te toupre. Kote yo te ye a, yo te ka wè kote batay la t ap fèt la. Moyiz te suiv yon plan ki te ede Izrayelit yo genyen konba yo t ap fè ak moun Amalèk yo. Li te kenbe baton vrè Dye a nan men l e l te leve men l anlè nan direksyon syèl la. Lè Moyiz te fè sa, Jewova te bay Izrayelit yo fòs pou yo goumen ak moun Amalèk yo. Men, lè men Moyiz te kòmanse fè l mal e men l te kòmanse tonbe, moun Amalèk yo te kòmanse genyen batay la. Arawon ak Ou te kouri ede Moyiz. “Yo te pran yon wòch pou l chita sou li epi Arawon ak Ou te soutni men l, youn sou bò dwat li, youn sou bò goch li, yon fason pou men l te rete anlè pou jis solèy la kouche.” Wi, grasa men Bondye ki gen anpil fòs, Izrayelit yo te genyen batay la. — Egz. 17:8-13. w16.09 1:5-7.

Jedi 14 jen

Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen. — Wom. 7:21.

Pòl te gen asirans li t ap kapab genyen batay la si l te priye Jewova, si l te konte sou li pou ede l, e si l te demontre lafwa nan sakrifis Jezi a. E nou menm? Èske n ap rive pot laviktwa sou feblès nou yo? Wi, akondisyon nou imite Pòl e nou konte nèt sou Jewova, nou pa konte sou fòs pa nou e nou gen lafwa nan ranson an. Pafwa, Bondye ka kite nou fè fas ak yon sitiyasyon pou n ka montre jis nan ki pwen yon bagay enpòtan pou nou. Pa egzanp, si nou menm oswa yon moun nan fanmi nou ap soufri akoz yon gwo maladi oswa akoz yon enjistis nou sibi, ki jan n ap reyaji? Si nou met tout konfyans nou nan Jewova, n ap sipliye l pou l ban nou fòs nou bezwen pou n ka ret fidèl e pou n ka kenbe jwa nou ak relasyon nou gen avè l la djanm (Flp. 4:13). Egzanp anpil kretyen ki t ap viv nan tan lontan ak kretyen k ap viv nan epòk nou an montre lapriyè kapab ban nou fòs ak kouraj nou bezwen pou n ka kontinye andire. w16.09 2:14, 15.

Vandredi 15 jen

Disip ki Juif ki pale grèk yo te kòmanse ap plenyen kont disip ki Juif ki pale ebre yo. — Tra. 6:1.

Toutpandan plis moun t ap antre nan kongregasyon kretyen an, gen yon bagay ki te rive. Juif ki te pale grèk yo t ap plenyen lefètke yo pa t byen trete vèv ki pale grèk yo. Pou apot yo te rezoud pwoblèm sa a, yo te chwazi sèt mesye pou asire yo yo pa t neglije pèsonn. Apot yo te chwazi yon seri mesye ki te gen non grèk, petèt pou yo te ka fè vèv yo santi yo pi alèz (Tra. 6:2-6). Kit nou rann nou kont, kit nou pa rann nou kont, kilti nou gen gwo enfliyans sou nou (Wom. 12:2). Anplis de sa, nou ka konn tande vwazen nou, kòlèg travay nou oswa kondisip nou k ap di move bagay sou moun ki sot lòt kote, nan yon lòt tribi oswa ki gen yon lòt koulè po. Jis nan ki pwen panse negatif sa yo gen enfliyans sou nou? Oubyen, ki jan nou reyaji lè moun ap fè blag sou nasyonalite nou oswa sou bagay ki nan kilti nou? w16.10 1:7, 8.

Samdi 16 jen

Kalite [Bondye] yo ki envizib [...] parèt klè [...] paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo. — Wom. 1:20.

Lè n gade lanati e nou byen reflechi sou sa nou wè yo, nou kapab wè tout bagay fèt yon fason ki estrawòdinè. “Grasa lafwa nou genyen, nou vin konprann” gen yon Kreyatè, byenke nou pa ka wè l. Nou rann nou kont li gen yon bèl pèsonalite ak yon kokenn sajès (Ebre 11:3, 27). Nou ka aprann anpil bagay nan sa l kreye yo lè nou li sa syantifik yo dekouvri. Nou kapab jwenn kèk nan enfòmasyon sa yo nan yon seri zouti pou fè rechèch, tankou videyo Les merveilles de la création révèlent la gloire de Dieu a, bwochi La vie a-t-elle été créée? a, bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie a, liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous? a ak Réveillez-vous! ki gen entèvyou yo fè ak kèk syantifik ansanm ak lòt moun ki esplike rezon ki fè kounye a yo kwè nan Bondye. Epi, seri atik ki rele “Hasard ou conception?” an bay anpil detay sou kèk bèt ak lòt bagay nan lanati ansanm ak kèk egzanp ki montre jan kèk syantifik eseye imite fason bagay sa yo fonksyone. w16.09 4:4, 5.

Dimanch 17 jen

Yo te resevwa bon temwayaj grasa lafwa yo. — Ebre 11:39.

Moun fidèl Bib la pale de yo nan Ebre chapit 11 lan te gen yon lafwa solid Jewova t ap fè yo retounen viv ankò. Natirèlman, yo pa t espere Bondye ap resisite yo pou y al viv nan syèl la, piske Jezi potko bay posiblite sa a (Gal. 3:16). Okontrè, yo te espere viv pou toutan sou tè a nan yon bèl paradi (Sòm 37:11; Eza. 26:19; Oze 13:14). Men sa Ebre 11:13 di konsènan sèvitè fidèl Jewova sa yo: “Tout moun sa yo te kontinye gen lafwa jiskaske yo mouri, kwak yo pa t resevwa sa Bondye te pwomèt yo. Men, yo te wè yo delwen, sa te fè yo kontan.” Yo t ap tann monn nouvo a e yo te imajine tèt yo k ap viv ladan l. Youn nan moun sa yo se te Abraram. Jezi te di Abraram “te rejwi anpil poutèt li te gen espwa l ap wè” epòk sa a (Jan 8:56). Sara, Izarak, Jakòb ak anpil lòt moun ankò t ap tann epòk kote Wayòm “se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l” la pral dirije tout tè a. — Ebre 11:8-11. w16.10 3:4, 5.

Lendi 18 jen

Kontinye priye nan tout okazyon. — Efe. 6:18.

Jewova te itilize lespri sen l pou l ede nou konprann laverite sou li menm ak Pitit li a e pou l ede nou gen lafwa nan yo. (Lik 10:21) Ki jan n ka montre nou gen Jewova rekonesans pou tout sa l fè? Nou pa dwe janm sispann di l mèsi dèske l pèmèt nou gen relasyon avè l pa mwayen Jezi ki se “Gid prensipal k ap dirije lafwa nou e ki se Sila a k ap fè lafwa nou vin pafè” a (Ebre 12:2). Epi, nou bezwen kontinye fòtifye lafwa nou lè n toujou priye Jewova e nou toujou etidye Pawòl li a (1 Pyè 2:2). Nou dwe kontinye demontre nan aksyon nou nou gen yon lafwa solid nan pwomès Jewova yo. Pa egzanp, nou kontinye preche moun yo konsènan Wayòm Bondye a e nou kontinye ede yo pou yo vin disip Jezi. Mete sou sa, nou kontinye fè “byen ak tout moun, men sitou ak moun ki fanmi nou nan lafwa”. (Gal. 6:10.) Epi, nou fè anpil efò pou n “retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo”. — Kol. 3:5, 8-10. w16.10 4:11, 12.

Madi 19 jen

[Jewova] te byen fè syèl la. — Sòm 136:5.

Jewova òganize linivè yon fason ki estrawòdinè. Se sa k fè nou sèten li vle pou moun k ap adore l yo fè sa yon fason ki òganize. Anfèt, Jewova ban nou Labib pou anseye nou fason pou nou adore l. Se sèlman lè nou suiv konsèy li ban nou pa mwayen Bib la ak òganizasyon l lan n ap kapab viv ak kè kontan e n ap satisfè ak lavi nou. Izrayelit yo te suiv Lwa Bondye te ba yo a e yo te byen òganize. Pa egzanp, te gen ‘medam ki t ap fè sèvis yo nan antre tant lan dapre aranjman ki te fèt pou sa’. (Egz. 38:8.) Annapre, wa David te òganize prèt yo ak Levit yo pou yo fè yon seri travay byen presi nan tanp lan (1 Kwo. 23:1-6; 24:1-3). Kongregasyon yo nan premye syèk la te òganize tou. Te gen yon kolèj santral, sa vle di, te gen yon gwoup mesye ki te konn bay kongregasyon yo enstriksyon. Okòmansman, se apot yo ki te fè pati gwoup sa a (Tra. 6:1-6). Anplis de sa, Jewova te konn sèvi ak lèt li te pouse mesye sa yo ekri pou l bay konsèy ak enstriksyon. — 1 Tim. 3:1-13; Tit 1:5-9. w16.11 2:3, 6, 8, 9.

Mèkredi 20 jen

Gen nan nou k ap prizonye. — Jer. 15:2.

Nan ane 607 anvan Kris, wa Nebikadneza II ansanm ak gwo lame peyi Babilòn nan te atake vil Jerizalèm. Bib la fè konnen wa a te touye jèn gason yo ak kout epe. “Li pa t gen pitye ni pou jèn gason, ni pou vyèj, ni pou granmoun ni pou moun ki enfim.” Finalman, “li te boule kay vrè Dye a, li te kraze miray Jerizalèm nan, li te boule tout fòtrès ki te nan vil la e li te detwi tout bagay ki te gen valè yo”. (2 Kwo. 36:17, 19.) Destriksyon Jerizalèm pa t dwe yon sipriz pou Juif yo. Pandan plizyè ane, Bondye te voye pwofèt li yo al avèti pèp la si yo te kontinye dezobeyi l, Babilónyen yo t ap atake yo. Anpil Juif t ap mouri anba kout epe, e petèt moun ki t ap chape yo t ap oblije al viv ann egzil nan peyi Babilòn. w16.11 4:1, 2.

Jedi 21 jen

Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan. — Wom. 5:12.

Piske Adan te peche, peche ak lanmò gen efè sou tout moun enpafè ki pase sou tè a. Se sa k fè Bib la di: “Akoz fot yon sèl moun, lanmò vin domine antanke wa.” Men, Jewova te montre yon kokenn favè san parèy e l te bay yon mwayen pou delivre lèzòm grasa “yon sèl moun: Jezi Kris”. (Wom. 5:12, 15, 17.) “Grasa obeyisans yon sèl moun anpil moun ap vin jis.” Epi, yo kapab gen espwa y ap gen “lavi ki pap janm fini an grasa Jezi Kris”. (Wom. 5:19, 21.) Reflechi sou sa: Jewova pa t oblije bay Pitit Gason l lan kòm ranson. Men, li te demontre anpil bonte lè l te bay yon mwayen pou delivre nou anba peche ak lanmò. Nou youn pa merite sa Bondye ak Jezi te fè pou nou an. Se pa ti rekonesans nou genyen lefètke yo ban nou posiblite pou n jwenn padon e pou n viv pou toutan! Ann montre Bondye jan nou gen rekonesans nan fason n ap viv. w16.12 1:1, 6, 7.

Vandredi 22 jen

Moun ki fikse panse yo sou lachè vin ènmi Bondye, paske lachè pa soumèt anba lwa Bondye. — Wom. 8:7.

Men avètisman Pòl te bay: “Moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò.” (Wom. 8:6). Ki sa l te vle di lè l te di pawòl sa a? Si n ap mache “selon lachè”, nou kapab pèdi relasyon nou gen ak Jewova kounye a e pi devan nou ka pèdi lavi nou. Men, sa pa oblije rive. Tout moun kapab chanje. Èske n sonje mesye imoral ki t ap viv nan vil Korent yo te oblije eskominye a? Li te chanje e l te sispann suiv dezi imoral li yo. Yon lòt fwa ankò, li te vin ap sèvi Jewova yon fason ki pwòp (2 Kor. 2:6-8). Mesye sa a se youn nan pi vye egzanp antanke moun ki t ap viv “selon lachè”, e malgre sa li te rive chanje. Kidonk, jodi a, si yon kretyen ta kòmanse suiv move dezi li genyen olye l suiv prensip Jewova yo, li menm tou li ka chanje. Lè nou sonje avètisman Pòl te bay la, sa ka pouse n fè kèlkeswa chanjman ki nesesè. w16.12 2:5, 12, 13.

Samdi 23 jen

Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. — Sòm 55:22.

Sa rekonfòtan pou n konnen Jewova ap pran swen nou lè n lage chay nou sou li. Nou ka gen yon konfyans total Bondye ka fè “pi plis lontan pase tout sa nou mande”. (Efe. 3:20.) Jewova ap ede nou, li pap annik ede nou anpil oubyen anpil anpil, men l ap fè “pi plis lontan”! Pou n jwenn rekonpans lan, nou bezwen gen yon lafwa total nan Jewova e n bezwen obeyi enstriksyon li bay. Men sa Moyiz te di nasyon Izrayèl la: “Jewova pap manke pa beni nou nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj la, depi nou toujou obeyi Jewova, Bondye nou an, e nou byen suiv tout kòmandman l yo m ap ban nou jodi a. Paske, Jewova, Bondye nou an, ap beni nou jan li te pwomèt nou sa a.” (Det. 15:4-6). Èske w kwè toutbonvre Jewova ap beni w si w kontinye sèvi l fidèlman? Ou gen bonjan rezon pou w kwè sa. w16.12 4:8, 9.

Dimanch 24 jen

Jewova [...] chwazi nou [...] pou nou vin pèp li, pou nou vin byen espesyal pa l. — Det. 7:6.

Se pa yon chwa li te fè konsa konsa. Jewova te vle respekte yon pwomès li te fè zanmi l Abraram plizyè syèk anvan sa (Jen. 22:15-18). Jewova toujou sèvi ak libète l genyen an ann amoni ak lanmou ak jistis li gen lakay li. Sa parèt klè nan fason li te disipline Izrayelit yo ki te abandone vrè adorasyon an plizyè fwa. Lè yo te montre yo repanti ak tout kè yo, Jewova te dispoze demontre lanmou ak mizèrikòd pou yo, li te di: “M ap geri yo e yo pap aji yon fason ki montre yo pa fidèl ankò. M ap renmen yo san pèsonn pa fòse m.” (Oze 14:4). Ala yon bèl egzanp Jewova bay nan fason l sèvi ak libète l genyen an nan enterè lòt moun! Lè Jewova te kòmanse kreye, avèk lanmou, li te chwazi bay kreyati entèlijan yo libète pou yo deside. Premye kreyati ki te resevwa kado sa a se premye Pitit Gason l lan, li menm ki “se pòtre Bondye envizib la”. (Kol. 1:15.) Anvan menm Jezi te vin sou tè a, li te chwazi ret fidèl ak Papa l e li pa t soutni Satan nan rebelyon l lan. w17.01 2:3, 4.

Lendi 25 jen

Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l. — Ebre 6:10.

Lè sitiyasyon n chanje, sa kapab fè n vin nan pozisyon pou n fè plis oswa pou n fè mwens. Èske w jèn oswa èske w gen yon bon ti laj? Èske w an sante oswa èske w pa viv sante? Jewova toujou gade ki pi bon fason li ka itilize nou chak nan sèvis li. Se sèlman sa ki rezonab li vle nou fè, e li vrèman apresye tout sa nou fè. Jezi te gen kè kontan nan kèlkeswa asiyasyon l te genyen, e nou kapab gen kè kontan nan asiyasyon nou yo tou (Pwo. 8:30, 31). Yon moun ki konn limit li pap santi l bloke akoz asiyasyon oswa responsablite li gen nan kongregasyon an. Li pap bay tèt li pwoblèm pou l jwenn yon seri privilèj alavni oswa pou sa lòt moun ap reyalize. Okontrè, li konsantre enèji l nan chèche konprann wòl li e li chèche jwenn satisfaksyon ladan l paske l konsidere se Jewova ki ba li l. Anmenmtan tou, avèk senserite, li respekte wòl oswa plas Jewova bay lòt moun. Lè nou konn limit nou, sa fè n kontan bay lòt moun onè ak sipò yo merite. — Wom. 12:10. w17.01 3:13, 14.

Madi 26 jen

Menm jan yon pitit konn fè pou papa l, se konsa li travay ansanm avèk mwen tankou yon esklav pou bon nouvèl la ka pwogrese. — Flp. 2:22.

Gen kèk jèn frè ki gendwa ap kowòdone aktivite ki konsène frè ki pi aje yo. Byenke frè sa yo ki pi jèn vin gen yon lòt asiyasyon, l ap bon pou yo chèche byen pwofite sajès ak eksperyans frè pi aje yo anvan yo pran desizyon. Timote, yon jèn gason, te travay ansanm ak apot Pòl pandan plizyè ane. Men sa Pòl te ekri frè nan vil Korent yo: “M ap voye Timote ban nou, piske l se pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl. E l ap fè nou sonje metòd mwen yo anrapò ak Kris Jezi.” (1 Kor. 4:17). Deklarasyon tou kout sa a montre bonjan kolaborasyon ki te genyen ant Pòl ak Timote. Pòl te pran tan pou l anseye Timote “metòd [li] yo”. Timote te byen aprann, Pòl te vin renmen l e Pòl te gen konfyans Timote t ap kapab pran swen moun ki nan vil Korent yo nan domèn espirityèl. Se yon bèl egzanp pou ansyen yo imite jodi a lè y ap bay lòt frè fòmasyon pou yo vin gen plis responsablite nan kongregasyon an! w17.01 5:13, 14.

Mèkredi 27 jen

Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis. — Tra. 24:15.

Jewova vle pou moun viv, li pa vle yo mouri. Antanke Sous lavi a, l ap vin Papa tout moun ki resisite yo (Sòm 36:9). Kidonk, li nòmal pou Jezi anseye n pou n priye “Papa nou ki nan syèl la”. (Mat. 6:9.) Jewova bay Jezi yon wòl enpòtan nan travay resisite moun nan (Jan 6:40, 44). Nan Paradi a, Jezi pral jwe wòl li antanke sila a ki se “rezirèksyon an [ak] lavi a”. (Jan 11:25.) Jewova pa montre l donan sèlman ak kèk moun espesyal, paske men sa Jezi te di: “Kèlkeswa moun ki fè volonte Bondye, se moun sa a ki frè m, ki sè m, ki manman m.” (Mak 3:35). Se volonte Bondye pou yon “gwo foul moun” pèsonn pa ka konte ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi ak lang vin adore l. Moun ki demontre lafwa nan sakrifis ranson Kris la e ki fè volonte Bondye kapab pami moun k ap rele byen fò yo e k ap di: “Se Bondye nou an, li menm ki chita sou twòn nan, ak Ti Mouton an ki sove nou.” — Rev. 7:9, 10. w17.02 2:10, 11.

Jedi 28 jen

Sonje moun k ap dirije nou yo. — Ebre 13:7.

Pou yo te ka simaye verite ki nan Bib la nan divès lang, an 1884, yo te fonde yon asosyasyon legal ki te rele Zion’s Watch Tower Tract Society, e se Charles Taze Russell ki te prezidan asosyasyon an. Li te yon moun ki te maton nan etidye Labib, e li pa t pè fè konnen doktrin tankou Trinite, nanm imòtèl, se fo doktrin yo ye. Li te vin konprann retou Kris la t ap envizib e “tan ki fikse pou nasyon yo” t ap fini an 1914 (Lik 21:24). Frè Russell te itilize tan l, enèji l ak lajan l san rezèv pou l te ka fè lòt moun konnen verite sa yo. Li klè, nan yon epòk enpòtan konsa, Jewova ak chèf kongregasyon an te sèvi ak frè Russell. Frè Russell pa t ap chèche glwa nan men lèzòm. An 1896, men sa l te ekri: “Nou pa bezwen okenn omaj, okenn elòj, ni pou tèt nou ni pou sa nou ekri yo, ni nou pa bezwen moun ban nou tit Reveran oswa Anseyan. Epitou, nou pa ta renmen pèsonn santi yo dwe pote non nou.” Annapre, li te di: “Travay sa a pa travay lèzòm.” w17.02 4:8, 9.

Vandredi 29 jen

Sajès fè moun ki gen lespri a konnen kote l prale. — Pwo. 14:8.

Nou tout gen kèk chwa pou n fè ak kèk desizyon pou n pran. Se pa tout desizyon nou pran ki gen rapò ak lavi oswa ak lanmò. Men, anpil nan desizyon nou yo, anpalan de chwa nou fè yo, kapab gen gwo efè sou nou. Kidonk, kapasite nou genyen pou n pran bon desizyon kapab ede n viv yon fason ki plizoumwen kalm e ki pezib, olye pou lavi n ta chaje ak pwoblèm, tètchaje ak desepsyon. Ki sa k ap ede n pran desizyon avèk sajès? Se sèten nou bezwen gen lafwa nan Bondye, nou pa dwe gen dout li dispoze ede nou gen sajès e l kapab fè sa. Mete sou sa, nou bezwen gen lafwa nan Pawòl Jewova a ak nan fason l aji, nou fè konsèy Bondye ban nou yo konfyans (Jak 1:5-8). Toutpandan n ap pwoche bò kote l e n ap vin gen plis lanmou pou Pawòl li a, nou vin fè jijman l yo konfyans. Konsa, nou vin pran abitid chèche konn sa Pawòl Bondye a di anvan nou pran desizyon. w17.03 2:2, 3.

Samdi 30 jen

Je nou fikse sou ou. — 2 Kwo. 20:12.

Menm jan ak papa l, Aza, Jozafa te ret atache ak Bondye menm lè yon gwo ènmi te vin fè l menas (2 Kwo. 20:2-4). Jozafa te vin pè! Aktout sa, li te “pran desizyon pou l chèche Jewova”. Nan yon priyè l te fè, avèk imilite li te admèt pèp li a “pa ka fè anyen kont gwo foul moun sa a” e ni li menm ni pèp la pa t konn sa pou yo fè. Li te konte sou Jewova nèt e l te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Pafwa, menm jan ak Jozafa, nou ka pa konn sa pou n fè e nou ka menm pè (2 Kor. 4:8, 9). Men, sonje Jozafa te admèt nan yon priyè li te fè devan tout moun jan li menm ak pèp li a te santi yo fèb (2 Kwo. 20:5). Moun k ap bay fanmi yo direksyon nan domèn espirityèl yo kapab imite Jozafa lè yo chèche konsèy ak fòs nan men Jewova lè yo nan pwoblèm. Pinga w wont kite fanmi w tande w k ap fè siplikasyon sa yo. Y ap wè jan w fè Jewova konfyans. Bondye te ede Jozafa, e l ap ede w tou. w17.03 3:12, 13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje