Jiyè
Dimanch 1ye jiyè
Se pou w fè m sa w te di ou t ap fè m nan. — Jij 11:36.
Pitit fi Jefte a te sakrifye dezi natirèl li gen lakay li pou l gen yon mari e pou l fè pitit la pou l ka sèvi Jewova. Ki jan n ka imite lespri sakrifis li te genyen an? Gen plizyè milye jèn kretyen, gason kou fi, ki deside pa marye oswa ki chwazi pa fè pitit omwen pou kounye a. Pou ki rezon? Se paske yo vle ret konsantre plis sou sèvis y ap bay Jewova a. Anplis de sa, gen anpil moun aje ki sakrifye tan yo te konn pase ak pitit yo oswa pitit pitit yo pou yo bay Jewova tan sa a ak enèji sa a. Gen kèk nan yo ki travay nan pwojè konstriksyon oswa ki asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan e k al sèvi nan yon kongregasyon kote yo bezwen plis pwoklamatè. Gen lòt ki fè aranjman pou yo pase plis tan nan sèvis Jewova a. Jewova pap janm bliye tout sakrifis sa yo sèvitè fidèl li yo fè ak tout kè yo (Ebre 6:10-12). E ou menm? Èske w dispoze fè sakrifis pou w ka sèvi Jewova plis toujou? w16.04 1:16, 17.
Lendi 2 jiyè
Yo tout ap vin yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje. — Jan 10:16.
Jezi te konpare tèt li ak yon bèje e l te konpare moun k ap suiv li yo ak yon twoupo mouton. Fè yon ti reflechi: Si de mouton sou tèt yon mòn, de lòt nan yon vale epi youn yon lòt kote, èske senk mouton sa yo se yon twoupo? Non, paske yon twoupo mouton dwe ret ansanm e yo dwe suiv bèje a. Menm jan an tou, nou pa dwe rete lwen frè nou yo lè n pa vin nan reyinyon yo. Nou bezwen rankontre ansanm pou n vin “yon sèl twoupo” k ap suiv “yon sèl bèje”. Reyinyon nou yo ede n viv nan tèt ansanm antanke yon fanmi ki gen lanmou (Sòm 133:1). Gen kèk moun nan kongregasyon an, manm fanmi pwòch yo, tankou paran yo oswa frè ak sè yo, rejte yo. Men, Jezi te pwomèt l ap ba yo yon fanmi k ap renmen yo e k ap veye sou yo (Mak 10:29, 30). Si n asiste reyinyon yo regilyèman, nou ka vin tankou yon papa, yon manman, yon frè oswa yon sè pou yon moun nan kongregasyon an. Lè n reflechi ak sa, nou vle fè tout sa n kapab pou n la nan tout reyinyon yo. w16.04 3:9, 10.
Madi 3 jiyè
Lè nou kanpe pou nou lapriyè, padone nenpòt move bagay lòt moun fè nou, dekwa pou Papa nou ki nan syèl la ka padone peche nou yo tou. — Mak 11:25.
Jodi a, nou adore Jewova lè n priye l, lè n al preche e lè n al nan reyinyon. Si n pa fè lapè ak frè ak sè n yo, Jewova pap aksepte adorasyon n ap ba li a. Pou n ka zanmi Jewova, nou dwe padone erè lòt moun (Lik 11:4; Efe. 4:32). Jewova atann li pou tout sèvitè l yo renmen padone e pou yo gen lapè nan mitan yo. Nou ka mande tèt nou: ‘Èske m padone frè m yo byen rapid? Èske m renmen pase tan avèk yo?’ Si w rann ou kont ou dwe aprann padone plis toujou, priye Jewova pou w mande l ede w fè amelyorasyon. Papa nou ki nan syèl la ap tande priyè sensè sa yo e l ap reponn yo. — 1 Jan 5:14, 15. w16.05 1:6, 7.
Mèkredi 4 jiyè
Yo pral preche bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan. — Mat. 24:14.
Konbyen tan travay predikasyon an t ap dire? Jezi te di yo ta dwe preche bon nouvèl la jiskaske lafen an rive. Antanke Temwen Jewova, nou rive andire nan travay predikasyon an sèlman grasa lespri sen Jewova (Tra. 1:8; 1 Pyè 4:14). Gen kèk moun legliz ki kapab di yo “gen lespri sen”. Men èske yo ka fè travay Temwen Jewova yo ap fè nan dènye jou sa yo? Gen kèk gwoup moun ki eseye preche menm jan ak fason n ap preche a, men yo pa kapab. Gen lòt menm ki dispoze preche, men pandan yon tan. Epitou, genyen ki ka preche kay an kay, men yo pap preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan. Kidonk, yo pa kapab fè travay Jezi te kòmanse a. w16.05 2:13, 16.
Jedi 5 jiyè
Frè m yo, kontinye rejwi, kontinye kite yo redrese nou, kontinye kite yo konsole nou, kontinye panse menm jan, kontinye viv anpè. — 2 Kor. 13:11.
Men sa apot Pòl te di kretyen yo: “Yo te aprann nou pou nou voye ansyen pèsonalite a jete, pèsonalite ki ann akò ak konduit nou te genyen anvan an, e ki vin kòwonpi selon dezi li genyen ki chaje twonpri. E nou dwe kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an, e nou dwe abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande.” (Efe. 4:22-24). Sa vle di nou bezwen kontinye fè efò pou n chanje e pou n “abiye ak nouvo pèsonalite a”. Kidonk, kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou kapab toujou aprann plis bagay sou kalite l yo. Epi, Bib la kapab ede n fè chanjman nan pèsonalite nou pou n ka vin sanble ak Bondye plis toujou. w16.05 4:8, 9.
Vandredi 6 jiyè
Jewova korije moun li renmen. — Pwo. 3:12.
N ap viv nan yon paradi espirityèl ki se yon anviwònman espesyal Jewova kreye nan epòk nou an k ap pèmèt li ban nou fòm (Eza. 64:8). Nan anviwònman sa a, nou santi n an sekirite menm lè n ap viv nan yon monn ki mechan. Nou te vin konnen Jewova e kounye a, nou santi jan l renmen nou antanke Papa nou (Jak 4:8). Nan monn nouvo a, nou pral pi byen pwofite paradi espirityèl la. Anplis de sa, nou pral kontan viv nan yon paradi fizik anba direksyon Wayòm Bondye a. Pandan tan sa a, Jewova pral kontinye ban nou fòm e l ap kontinye anseye nou yon fason ki difisil pou n imajine kounye a (Eza. 11:9). Epitou, Jewova pral fè lespri nou ak kò nou vin pafè. Sa pral fè l vin pi fasil pou n konprann enstriksyon l yo e pou n obeyi yo nèt. Kidonk, ann kontinye kite Jewova ban nou fòm, epi ann montre nou vrèman apresye fason l demontre lanmou anvè nou an. w16.06 1:8, 9.
Samdi 7 jiyè
O Izrayèl, koute byen: Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova. — Det. 6:4.
Nou jwenn pawòl sa yo nan dènye diskou Moyiz te bay nasyon Izrayèl la. Nan ane 1473 anvan Jezi Kris, nasyon an te twouve l nan peyi Mowab e yo te pare pou yo travèse Rivyè Jouden an pou yo antre al pran peyi Jewova te pwomèt yo a (Det. 6:1). Moyiz te gentan gen 40 an depi l t ap dirije pèp la e l te vle pou yo met kouraj sou yo pou yo te ka fè fas ak difikilte yo t apral rankontre yo. Yo te bezwen gen konfyans nan Bondye yo a, Jewova, e yo te dwe gen lafwa nan li. Se sa k fè Moyiz te ankouraje yo pou yo fè sa nan dènye pawòl li te di yo a. Apre Moyiz te fin site Dis Kòmandman yo ansanm ak kèk lòt lwa Jewova te bay, li te fè pèp la sonje pawòl enpòtan nou jwenn nan Detewonòm 6:4, 5 yo. Izrayelit yo te konnen Jewova, Bondye yo a, se “yon sèl Jewova”. Izrayelit ki te fidèl yo t ap adore yon sèl Bondye ki se Bondye zansèt yo te konn adore a. w16.06 3:2, 3.
Dimanch 8 jiyè
Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se Papa a sèl ki konnen yo. — Mat. 24:36.
Jezi te di pawòl sa yo pandan l te sou tè a. Nòmalman, piske se Jezi ki pral pran latèt nan lagè Amagedon an, siman kounye a li konn ki lè gè sa a ap fèt (Rev. 19:11-16). Men, nou toujou pa konn dat oswa lè lafen an ap rive. Se sa k fè l enpòtan anpil pou n kontinye veye. Jewova deja deside ki lè egzakteman gwo tribilasyon an ap kòmanse, e chak jou ki pase se pwoche jou a ap pwoche. “Li pap anreta!” (Aba. 2:1-3). Sa k fè nou gen tout asirans sa a? Pwofesi Jewova yo toujou reyalize nan lè yo dwe reyalize a! Jewova pwomèt l ap delivre pèp li a nan gwo tribilasyon an e l ap ba yo lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo a. Nou mèt gen asirans pwomès sa a ap reyalize. Se sa k fè, si n vle la nan monn nouvo a, nou dwe kontinye veye. w16.07 2:4-6.
Lendi 9 jiyè
Pyè di l: “Menmsi tout lòt yo kite w, mwen menm, mwen pap kite w.” — Mak 14:29.
Apot yo te abandone Jezi nan yon moman kritik. Pyè te di li pa t ap janm abandone Jezi menmsi lòt moun ta fè sa (Mak 14:27-31, 50). Men, lè yo te fin arete Jezi, tout apot yo, san wete Pyè te abandone l. Apre sa, nan twa okazyon diferan, Pyè te di li pa rekonèt Jezi (Mak 14:53, 54, 66-72). Sepandan, Pyè te vin tris anpil pou sa l te fè a. Se sa k fè Jewova te padone l e l te kontinye sèvi avè l. Si w te yon disip nan epòk la e w te konn sa Pyè te fè a, èske w t ap kontinye fè Jewova konfyans? Jodi a, èske w ap rann ou kont Jewova gen mizèrikòd e l kapab ret tann yon moun repanti? Men, sa konn rive kote yon moun koupab akoz peche grav li fè e moun nan pa regrèt ditou sa l te fè yo. Èske w ap gen konfyans Jewova konn sa e l ap regle sa nan moman li dwe regle sa? Li ka menm retire moun sa a nan kongregasyon an si sa nesesè. Èske w gen konfyans Jewova ap toujou fè sa ki dwat ak sa ki jis? w16.06 4:8, 9.
Madi 10 jiyè
Se pou Jezi Kris li menm, wi, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou an, [...] konsole kè nou, e se pou yo fòtifye nou. — 2 Tes. 2:16, 17, nòt.
Se yon kokennchenn benediksyon sa ye lefètke Jewova konsole nou nenpòt lè nou anba strès (Sòm 51:17). Pòl te ekri kretyen nan vil Tesalonik yo lè yo te anba pèsekisyon, pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Se pa ti ankouraje sa ankouraje nou lefètke n konnen, grasa favè san parèy Jewova fè nou, li renmen nou e l gen sousi pou nou! Piske nou se pechè, san èd Jewova, nou pa gen okenn espwa (Sòm 49:7, 8). Men, Jewova ban nou yon bèl espwa. Ki espwa sa a? Men sa Jezi te di: “Volonte Papa a se pou tout moun ki rekonèt Pitit la e ki demontre yo gen lafwa nan li gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 6:40). Donk, nou gen espwa viv pou toutan grasa favè san parèy Jewova a. Men sa Pòl te di: “Favè san parèy Bondye a, ki pote delivrans pou tout kalite moun, vin parèt aklè.” — Tit 2:11. w16.07 3:14, 15.
Mèkredi 11 jiyè
Pinga nou aji an trèt ak madanm nou genyen depi nou jèn nan. — Mal. 2:15.
Jodi a, enfidelite nan maryaj pa akseptab nan mitan pèp Jewova a, e sa pa rive souvan. Bon, ann sipoze yon moun marye ki batize ta fè adiltè epi l ta divòse pou l ka remarye ak yon lòt moun. Si moun sa a pa repanti, y ap eskominye l pou kongregasyon an ka rete pwòp, san salte (1 Kor. 5:11-13). Moun nan t ap gen pou l “fè aksyon ki montre [li] repanti” anvan yo aksepte l nan kongregasyon an ankò (Lik 3:8; 2 Kor. 2:5-10). Pa gen yon kantite tan byen presi ki dwe pase anvan moun sa a reyentegre. An reyalite, sa ka pran youn oswa plizyè ane anvan yon moun ki te peche bay prèv li repanti toutbon pou yo ka aksepte l nan kongregasyon an ankò. E menm lè sa a, moun nan ap toujou gen pou l “parèt devan tribinal Bondye a”. — Wom. 14:10-12. w16.08 1:12, 13.
Jedi 12 jiyè
Si yon moun ap chèche vin siveyan, se yon bèl travay li ta renmen genyen. — 1 Tim. 3:1.
Apot Pòl te felisite frè ki t ap “chèche vin” siveyan yo. Pou yon moun rive pran yon bagay ki lwen l, li bezwen fè anpil efò, e petèt li bezwen lonje bra l pou l pran l. Kounye a, ann imajine gen yon frè ki ta renmen vin sèvitè ministeryèl. Li rann li kont li bezwen fè efò pou l amelyore kalite li genyen antanke kretyen. Epi, lè l vin sèvitè ministeryèl, li kontinye travay di pou l ka vin ansyen. Gen kèk frè ak sè ki fè anpil chanjman nan lavi yo paske yo ta renmen fè plis nan sèvis y ap bay Jewova a. Pa egzanp, yo ka anvi vin pyonye, al travay nan Betèl, oubyen bay koutmen nan konstriksyon Sal Wayòm. w16.08 3:3, 4.
Vandredi 13 jiyè
Se sèvitè w yo ye e yo se pèp ou, ou te delivre yo ak fòs ou ki san parèy e avèk pisans ou. — Ney. 1:10.
Lè Neyemi t al Jerizalèm, ki sa l te wè? Li te wè ènmi ki soti nan lòt peyi ap menase Juif yo, e sa te fè yo sispann konstwi miray la. Vil la te san pwoteksyon e Juif yo te dekouraje. Ki jan Neyemi te santi l? Èske l te vin dekouraje tou e l te kite men l vin fèb? Non! Menm jan ak Moyiz ak Aza ansanm ak lòt sèvitè fidèl Jewova yo, Neyemi te toujou konte sou Jewova (Egz. 17:8-13; 2 Kwo. 14:8-13). Nan sitiyasyon sa a tou, Neyemi te priye Jewova pou l ede l, e Jewova te reponn li. Bondye te sèvi ak “fòs [li] ki san parèy” ansanm ak “pisans” li pou l bay Juif yo fòs (Ney. 2:17-20; 6:9). Èske w kwè Jewova sèvi ak “fòs [li] ki san parèy” ansanm ak “pisans” li pou l bay sèvitè l yo fòs jodi a? w16.09 1:9.
Samdi 14 jiyè
Fè tout bagay pou glwa Bondye. — 1 Kor. 10:31.
Gen yon jounal nan Peyiba ki te esplike fason yon seri responsab legliz te abiye nan yon reyinyon yo te òganize. Men sa l te di: “Nou te wè anpil moun abiye yon fason ki twò rilaks, sitou lè l fè cho.” Sepandan, menm jounal sa a te fè konnen se pa fason sa a Temwen Jewova yo te abiye nan yon kongrè yo te òganize. Byen souvan, moun felisite Temwen Jewova yo pou fason yo abiye. Apot Pòl te fè konnen kretyen yo dwe abiye yon fason ki “senp e avèk bon jijman”, sa ki apwopriye pou sèvitè Bondye yo (1 Tim. 2:9, 10, nòt). Byenke Pòl t ap pale de fi yo, menm prensip sa a valab pou gason ki kretyen yo. Antanke pèp Jewova, sa enpòtan pou nou pou n gen bonjan prensip k ap gide nou nan fason nou abiye, e sa enpòtan tou pou Bondye n ap adore a (Jen. 3:21). Bib la fè konnen aklè, Jewova, Souvren linivè a, etabli yon seri prensip sou fason li vle sèvitè l yo abiye. Donk, sa nou chwazi met sou nou dwe fè Jewova, Seyè ki Souvren an, plezi. w16.09 3:1, 2.
Dimanch 15 jiyè
Yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo. — 2 Pyè 1:21.
Gen moun ki renmen etidye pwofesi ki nan Bib la. Oubyen yo konn renmen konpare istwa ki nan Bib la ak sa istoryen yo, syantifik yo ak akeyològ yo di. Ann pran Jenèz 3:15 kòm egzanp. Jewova te bay pwofesi sa a ki enpòtan anpil yon ti tan apre Adan ak Èv te dezobeyi l e yo te vin opoze ak fason l ap dirije a. Se premye nan plizyè pwofesi ki nan Bib la ki ede n konprann ki jan Wayòm Bondye a pral montre se fason Bondye dirije a ki pi bon ak fason Wayòm nan pral elimine tout kalite soufrans. Ki jan w ta kapab etidye Jenèz 3:15? Ou ta ka fè yon lis vèsè ki bay plis detay sou fason pwofesi sa a gen pou l akonpli. Apre sa, ou ta ka chèche konnen ki lè yo te ekri pawòl ki nan vèsè sa yo epi mete yo nan lòd. Ou pap pran tan pou w vin rann ou kont moun sa yo ki te ekri Bib la pa t ap viv nan menm epòk, men, yo chak te ekri yon bagay ki te fè pwofesi sa a vin pi klè chak fwa. Sa ka ede w pwouve se lespri sen Jewova ki te gide yo. w16.09 4:8.
Lendi 16 jiyè
Ki sa k fè w pa menm ak yon lòt moun? — 1 Kor. 4:7.
Gen yon lè, apot Pyè te gen prejije kont moun ki pa Juif. Men, tikras pa tikras, li te aprann retire move tandans sa a lakay li (Tra. 10:28, 34, 35; Gal. 2:11-14). Menm jan an tou, si n wè nou gen menm yon ti tras prejije oswa fyète akoz ras nou, nou dwe fè gwo efò pou n retire l nèt lakay nou (1 Pyè 1:22). Ki sa k ka ede n fè sa? Nou bezwen sonje nou tout enpafè, kèlkeswa peyi nou soti, e nou youn pa merite sove (Wom. 3:9, 10, 21-24). Donk, nou pa gen okenn rezon pou n panse nou pi bon pase okenn lòt moun! Nou dwe santi nou menm jan ak apot Pòl. Li te fè kretyen parèy li yo konnen yo “pa etranje ankò, ni [yo] pa moun ki soti nan lòt peyi”, men yo se “manm fanmi Bondye” (Efe. 2:19). Se nou tout ki bezwen fè gwo efò pou n retire tout kalite prejije nan nou yon fason pou n ka abiye nou ak nouvo pèsonalite a. — Kol. 3:10, 11. w16.10 1:9.
Madi 17 jiyè
Li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit. — Sòm 1:2.
Ki sa k ap ede n kenbe yon lafwa solid? Jewova ban nou Bib la pou anseye nou konsènan pwomès li fè pou lavni yo. Nan Bib la, li montre sa n dwe fè pou n gen kè kontan. Se sa k fè l bon pou n li Bib la chak jou e pou n suiv konsèy ki ladan l (Sòm 1:1-3; Tra. 17:11). Mete sou sa, Jewova ban nou “manje nan bon moman” pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45.) Menm jan ak pèp Bondye a nan tan lontan, nou bezwen li bagay ki gen rapò ak pwomès Bondye yo epi medite afon sou yo regilyèman. Sa ap ede n ret fidèl ak Bondye epi kontinye tann epòk kote Wayòm li an pral dirije tout tè a (Ebre 11:1). Ki lòt bagay ki te ede pèp Jewova a nan tan lontan kontinye gen yon lafwa solid? Yo te priye Jewova pou yo mande l èd, e lè yo te wè jan l reponn priyè yo, lafwa yo te vin pi solid. — Ney. 1:4, 11; Sòm 34:4, 15, 17; Dàn. 9:19-21. w16.10 3:7, 8.
Mèkredi 18 jiyè
Si mwen tèlman gen lafwa mwen ka deplase mòn, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. — 1 Kor. 13:2.
Jezi te di “pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa” se renmen Bondye (Mat. 22:35-40). Lafwa ak lanmou se de kalite ki enpòtan anpil, e byen souvan, moun ki te patisipe nan ekri Labib yo te pale de yo ansanm. Pòl te ankouraje kretyen parèy li yo pou yo “mete lafwa ak lanmou sou [yo] kòm pwotèj pwatrin”. (1 Tes. 5:8.) Dapre sa Jan te ekri, kòmandman Bondye a se pou n “gen lafwa nan non Jezi Kris, Pitit li a, e se pou nou youn renmen lòt”. (1 Jan 3:23.) Yon lòt bò, men sa Pòl te ekri tou: “Men kounye a, men twa bagay k ap rete: lafwa, esperans, lanmou. Men, sa ki pi enpòtan pami yo, se lanmou.” (1 Kor. 13:13). Alavni, nou pap bezwen gen lafwa ankò nan monn nouvo Bondye pwomèt la, piske pwomès sa a ap deja reyalize. N ap deja ap jwi bèl lavi Bib la pale de li a. Men, n ap toujou bezwen gen lanmou pou Bondye e pou moun parèy nou. An reyalite, lanmou nou gen pou yo ap kontinye grandi nètale. w16.10 4:15-17.
Jedi 19 jiyè
Kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa. — Tra. 16:5.
Nan premye syèk la, gen kèk frè ki te konn vizite kongregasyon yo pou fè yo konnen “desizyon apot yo ak ansyen ki nan Jerizalèm yo te pran”, anpalan de kolèj santral la (Tra. 16:4). Kongregasyon yo te suiv enstriksyon sa yo e yo “te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e de jou an jou, yo te vin gen plis moun”. Jodi a, ki sa n dwe fè lè n resevwa enstriksyon nan men òganizasyon Bondye a? Liv Jewova a mande pou nou tout obeyi moun k ap dirije nou yo (Det. 30:16; Ebre 13:7, 17). Moun ki fidèl ak Jewova yo pa nan fè rebèl, e yo pa plenyen lè yo ba yo enstriksyon. Nou pa ta renmen vin tankou Dyotrefès ki pa t gen okenn respè pou frè ki t ap dirije yo (3 Jan 9, 10). Lè nou suiv enstriksyon yo ban nou, nou kontribye pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an. Se sa k fè nou ka mande tèt nou: ‘Èske m ankouraje frè m ak sè m yo pou yo fidèl ak Jewova? Èske m suiv enstriksyon òganizasyon Bondye a ban mwen san pèdi tan?’ w16.11 2:10, 11.
Vandredi 20 jiyè
Se pou nou travay pou gen lapè nan vil kote mwen voye nou ann egzil la. — Jer. 29:7.
Juif ki te suiv enstriksyon Jewova te bay yo te viv yon fason ki prèske nòmal lè yo te ann egzil. Babilónyen yo te pèmèt Juif yo regle pifò aktivite pèsonèl yo e yo te lib pou yo vwayaje tout kote nan peyi a. Nan epòk sa a, Babilòn te yon kote moun te konn fè biznis. Gen kèk ansyen dokiman ki montre lè Juif yo te ann egzil, anpil ladan yo te aprann fè komès e yo te vin bon atizan. Gen kèk Juif ki te menm vin rich. Lavi a pa t difisil menm jan sa te ye pou Izrayelit ki te esklav ann Ejip yo sa gen plizyè santèn ane (Egz. 2:23-25). Èske Izrayelit yo t ap janm vin gen posiblite pou yo adore Bondye fason ki fè l plezi toutbon an ankò? Nan epòk sa a, sa te ka parèt enposib piske Babilòn pa t janm libere moun li te fè prizonye. Sepandan, Jewova Dye te fè pèp li a pwomès y ap vin lib, e sa te fèt vre. Pwomès Bondye yo toujou reyalize! — Eza. 55:11. w16.11 4:3, 5.
Samdi 21 jiyè
Nou te mouri anrapò ak peche. — Wom. 6:2.
Grasa ranson an, Bondye te padone peche Pòl yo ak peche lòt kretyen nan premye syèk la. Pa mwayen lespri sen, Jewova te chwazi yo pou yo vin pitit li. Si yo te ret fidèl, yo t ap gen pou y al viv nan syèl e yo t ap gen pou yo dirije ak Kris. Men, piske yo te toujou ap viv sou tè a, ki jan yo te fè “mouri anrapò ak peche”? Pòl te fè yon konparezon pou l montre fason yo t ap viv la te chanje nèt. Li te di lè Jezi te mouri, Bondye te resisite l antanke yon espri ki pa ka mouri. Se sa k fè lanmò “pap domine sou li ankò”. Nan menm sans lan, se kòmsi kretyen yo te mouri tou. Lavi yo te chanje nèt paske yo pa t kite dezi pou yo fè peche domine sou yo ankò. Depi lè sa a, yo te fè tout sa yo kapab pou yo viv yon fason ki fè Bondye plezi. Yo te “mouri toutbon parapò ak peche, men [yo t ap] viv pou Bondye grasa Kris Jezi”. — Wom. 6:9, 11. w16.12 1:9, 10.
Dimanch 22 jiyè
Moun ki fikse panse yo sou lespri ap jwenn lavi ak lapè. — Wom. 8:6.
Sa pa vle di moun sa a dwe panse sèlman ak Jewova oswa ak Bib la e se de yo sèlman li dwe pale. Pa egzanp, nan premye syèk la, sèvitè Bondye yo te konn viv yon fason ki nòmal. Yo te pran plezi nan manje, bwè, marye, leve timoun e yo te konn travay (Mak 6:3; 1 Tes. 2:9). Sepandan, Pòl ak lòt kretyen yo nan premye syèk la pa t kite aktivite nòmal sa yo vin bagay ki pi enpòtan nan lavi yo. Pa egzanp, nou konnen Pòl te konn fè tant pou l te ka pran swen tèt li. Men, travay sa a pa t bagay ki te pi enpòtan nan lavi l. Sa k te pi enpòtan nan lavi Pòl se te sèvi Bondye. Pòl te konsantre l sou preche ak anseye moun (Tra. 18:2-4; 20:20, 21, 34, 35). Frè ak sè nan vil Wòm yo te bezwen imite Pòl, e nou bezwen fè sa tou. — Wom. 15:15, 16. w16.12 2:5, 15, 16.
Lendi 23 jiyè
Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, e Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a. — Pwo. 19:17.
Nou mèt gen asirans Jewova bay tout sa nou fè nan sèvis li anpil valè. Li konprann lè n pa fin twò kwè nan tèt nou oubyen lè n gen dout sou kapasite nou. Li gen anpil sousi pou nou lè n nan tètchaje akoz travay nou oswa akoz responsablite nou genyen pou n bay fanmi nou sa yo gen bezwen. Li konprann lè n pa kapab fè tout sa n te konn fè nan sèvis li akoz nou malad kounye a oubyen nou deprime. Nou mèt gen yon konfyans total Jewova bay fidelite nou anpil valè aktout nou gen pwoblèm (Ebre 6:10, 11). Epitou, sonje Jewova se Sila a ki “tande lapriyè” a. Nou mèt gen konfyans l ap koute nou lè n priye l (Sòm 65:2). “Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an” ap ban nou tout sa nou bezwen pou nou ret pwòch avè l. Pafwa, li ka sèvi ak frè ak sè n yo pou l fè sa (2 Kor. 1:3). Jewova kontan lè nou gen konpasyon pou lòt moun (Mat. 6:3, 4). Li pwomèt l ap rekonpanse nou pou byen nou fè a. w16.12 4:13, 14.
Madi 24 jiyè
Kote lespri Jewova ye, se la ki gen libète. — 2 Kor. 3:17.
Lè Jezi te vin sou tè a, li te sèvi ak libète l genyen pou l deside a pou l rejte tantasyon gwo Advèsè a (Mat. 4:10). Nan yon priyè sensè Jezi te fè nan nuit anvan l te mouri a, yon lòt fwa ankò, li te montre li detèmine pou l fè volonte Bondye. Men sa l te di: “Papa, si se volonte w, retire koup sa a devan m. Sepandan, se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w.” (Lik 22:42). Annou imite Jezi lè n sèvi ak libète nou genyen pou n deside a pou n onore Jewova e pou n fè volonte l! Èske sa vrèman posib? Wi, nou kapab imite egzanp Jezi, paske nou menm tou nou fèt pòtre ak Bondye e nou sanble avè l (Jen. 1:26). Sepandan, nou gen limit. Nou pa gen libète total Jewova genyen an. Pawòl Bondye a montre libète nou genyen an gen limit e nou dwe respekte limit rezonab Jewova ban nou. Anplis de sa, madanm yo dwe soumèt devan mari yo e timoun yo dwe soumèt devan paran yo. — Efe. 5:22; 6:1. w17.01 2:4, 5.
Mèkredi 25 jiyè
M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse. — Wom. 12:3.
N ap viv nan yon epòk ki vrèman enteresan. Gen anpil akwasman nan plizyè domèn nan pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a, e akwasman mache ak chanjman. Toutpandan chanjman yo ap afekte nou, nou bezwen gen imilite e n bezwen wè sa k ap fè Jewova plezi, olye n wè enterè nou. Si n fè sa, sa ap fè gen tèt ansanm nan mitan nou. Men sa Pòl te ekri kretyen ki te nan vil Wòm yo: “Menm jan kò nou gen plizyè pati, men tout pati yo pa jwe menm wòl, se konsa tou, nou menm, byenke nou anpil, nou se yon sèl kò ann inyon avèk Kris.” (Wom. 12:3-5). Kèlkeswa sitiyasyon nou, annou tout travay ansanm pou n soutni enterè Wayòm Jewova a ki gen glwa. Nou menm ki pi aje, bay moun ki pi jèn yo fòmasyon pou yo fè travay n ap fè yo. Nou menm ki pi jèn, aksepte responsablite, aprann konn limit nou, epi kontinye montre nou respekte frè ki pi aje yo. Nou menm madanm, imite Prisil, madanm Akila a, ki te akonpaye Akila e ki te ede l fidèlman lè sitiyasyon yo te vin chanje. — Tra. 18:2. w17.01 5:15, 16.
Jedi 26 jiyè
Se mwen ki gen mwens enpòtans. — Jij 6:15.
Jedeyon te rekonèt byen vit li pa t sot nan gran fanmi e li pa t fè anyen ki estrawòdinè. Apre Jedeyon te fin aksepte asiyasyon Jewova te ba l la, li te asire l li byen konprann sa yo te mande l fè a, e l te chèche direksyon nan men Jewova (Jij 6:36-40). Jedeyon te gen kran ak kouraj. Aktout sa, li te aji ak prekosyon e l te pridan (Jij 6:11, 27). Li pa t pwofite responsablite Bondye te ba l la pou l chèche vin yon moun enpòtan. Okontrè, kou sa te posib, li te kontan retounen nan plas li (Jij 8:22, 23, 29). Lè yon moun konn limit li, sa pa vle di li pa dwe janm chèche gen privilèj oubyen aksepte lòt privilèj. Labib ankouraje nou tout pou nou fè pwogrè (1 Tim. 4:13-15). Èske sa toujou mande pou n chanje asiyasyon? Pa vrèman. Grasa benediksyon Jewova, nou kapab fè pwogrè espirityèl kèlkeswa wòl nou genyen kounye a. Nou kapab kontinye devlope kapasite Bondye ban nou yo epi pwogrese nan fè bon travay. w17.01 3:15, 16.
Vandredi 27 jiyè
Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. — 1 Jan 4:9.
Ranson Jewova te bay la te koute l chè anpil (1 Pyè 1:19). Li tèlman bay lèzòm anpil valè, li te dispoze kite sèl Pitit li fè a vin mouri pou nou. Nan yon sans, Jezi pran plas Adan, premye papa n te genyen an (1 Kor. 15:45). Lefètke Jezi te fè sa, li te fè plis pase ban nou lavi ankò, li ban nou posiblite pou finalman nou vin fè pati fanmi Bondye ankò. Wi, sou baz sakrifis Jezi a, Jewova kapab aksepte pou lèzòm retounen vin fè pati fanmi l ankò san l pa pase jistis li anba pye. Èske sa pa touche kè w lè w panse yon lè tout moun ki fidèl yo ap vin pafè? Tout kreyati ki nan syèl la e ki sou tè a ap vin yon sèl fanmi ki gen tèt ansanm. Nan yon sans ki pi laj, nou tout ap pitit Bondye (Wom. 8:21). Rekonesans nou pou ranson an dwe pouse n fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun vin konnen yo ka jwenn byenfè grasa kado san parèy sa a Bondye bay la. w17.02 1:17, 19.
Samdi 28 jiyè
Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an? — Mat. 24:45.
Toudegad 15 jiyè 2013 la te fè konnen “esklav fidèl ki prevwayan an” se yon ti gwoup frè Bondye chwazi pou al nan syèl e se yo ki Kolèj santral la. Kolèj santral la pran desizyon ki enpòtan yo ansanm. Ki jan yo fè sa? Frè yo nan Kolèj santral la reyini chak semèn, sa ki fè yo gen bon kominikasyon ak tèt ansanm (Pwo. 20:18). Chak ane, yo chanje moun k ap prezide reyinyon sa yo youn apre lòt, piske pa gen yon frè nan Kolèj santral la ki pi enpòtan pase lòt yo (1 Pyè 5:1). Chak komite nan sis komite ki anba direksyon Kolèj santral la chanje prezidan menm jan an. Epi, chak frè ki nan Kolèj santral la pa konsidere tèt li tankou yon chèf pou lòt frè yo, men kòm youn nan “domestik” yo esklav fidèl la ap bay manje e ki soumèt anba direksyon l. Kolèj santral la pa resevwa okenn revelasyon nan men Bondye e li konn fè erè. Donk, li konn fè erè nan kesyon ki gen rapò ak ansèyman oswa nan kesyon òganizasyon. w17.02 4:10-12.
Dimanch 29 jiyè
[Bondye] pa t menm epaye pwòp Pitit li a, men li te bay li pou nou tout. — Wom. 8:32.
Yon fason enpòtan nou montre rekonesans nou pou ranson an se lè n vwe lavi nou bay Jewova sou baz lafwa nou gen nan ranson an e lè nou batize. Lè n batize, sa montre “se byen Jewova nou ye”. (Wom. 14:8.) Piske tout sa Jewova fè se lanmou ki pouse l fè yo, se volonte l pou tout adoratè l yo demontre lanmou kòm prensipal kalite yo (1 Jan 4:8-11). Nou montre nou vle vin “pitit Papa nou ki nan syèl la” lè n renmen pwochen nou (Mat. 5:43-48). Lòd pou nou renmen pwochen nou vin tousuit apre lòd pou nou renmen Jewova (Mat. 22:37-40). Nou ka demontre lanmou pou pwochen nou lè n obeyi lòd pou n preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. Lè n montre nou renmen lòt moun, nou reflete glwa Bondye. Donk, lanmou pou Bondye “konplè nan nou” lè nou obeyi lòd li bay pou n renmen lòt moun, sitou frè ak sè nou yo. — 1 Jan 4:12, 20. w17.02 2:13, 14.
Lendi 30 jiyè
Si se Jewova ki vrè Dye a, se li menm pou nou adore, men, si se Baal, se li menm pou nou adore! — 1 Wa 18:21.
Ou ta ka panse se yon chwa tou senp sa te ye paske li toujou saj pou yon moun sèvi Jewova e sa toujou pote byenfè. Anfèt, pa gen okenn moun ki rezonab ki ta dwe santi Baal atire yo oswa ki t ap atache avè l. Malgre sa, Izrayelit yo te “gen de lide”. Avèk sajès, Eli te ankouraje yo chwazi adorasyon ki pi bon an, sètadi adorasyon Jewova a. Ki sa k te ka fè l difisil konsa pou Izrayelit yo te pran yon desizyon avèk sajès? Toudabò, li klè yo te pèdi lafwa nan Jewova e yo te refize koute vwa l. Yo pa t chèche gen konesans egzak oswa sajès Bondye bay la, e yo pa t fè Jewova konfyans. Si yo te aji ann amoni ak konesans egzak la sa t ap ede yo pran desizyon avèk sajès (Sòm 25:12). Mete sou sa, moun ki pa t ap adore Jewova ki t ap viv nan peyi a te enfliyanse fason Izrayelit yo panse, sa te pouse Izrayelit yo suiv pifò nan moun sa yo. Depi byen lontan Jewova te avèti pèp la yon bagay konsa te kapab rive. — Egz. 23:2. w17.03 2:6, 7.
Madi 31 jiyè
[Ezekyas] te kraze sèpan an kuiv Moyiz te fè a. — 2 Wa 18:4.
Toutpandan n ap medite sou egzanp Ezekyas, nou ka wè enpòtans pou n elimine yon bagay ki anpeche n gen bon relasyon ak Bondye, oubyen ki anpeche n ret konsantre sou vrè adorasyon an. Nou pa vle imite moun nan monn nan k ap sèvi ak mwayen kominikasyon yo pou yo trete lòt moun kòmsi yo se idòl. Byennantandi, kèk kretyen ka byen kontan itilize mwayen sa yo pou yo pran kontak ak fanmi yo oswa ak bon zanmi yo. Men, anpil moun nan monn itilize mwayen kominikasyon sa yo twòp, yo tonbe ap suiv yon pakèt gason ak fi yo pa menm konnen. Oubyen yo pase anpil tan ap gade foto moun sa yo oswa li atik sou moun sa yo. Se yon danje lè moun kite bagay ki pa enpòtan sa yo pran tout tan yo. Yon kretyen ka menm kite ògèy pote l ale lè l wè kantite moun ki renmen sa l poste sou Entènèt, e l ka menm fache si moun sispann vin sou paj li. Nou kapab mande tèt nou: ‘Èske m evite trete lòt moun tankou idòl oswa èske m evite pase yon pakèt tan ap fè yon seri aktivite ki pa enpòtan?’ — Efe. 5:15, 16. w17.03 3:14, 17.