BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es18 p. 77-87
  • Out

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Out
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
  • Soutit
  • Mèkredi 1ye out
  • Jedi 2 out
  • Vandredi 3 out
  • Samdi 4 out
  • Dimanch 5 out
  • Lendi 6 out
  • Madi 7 out
  • Mèkredi 8 out
  • Jedi 9 out
  • Vandredi 10 out
  • Samdi 11 out
  • Dimanch 12 out
  • Lendi 13 out
  • Madi 14 out
  • Mèkredi 15 out
  • Jedi 16 out
  • Vandredi 17 out
  • Samdi 18 out
  • Dimanch 19 out
  • Lendi 20 out
  • Madi 21 out
  • Mèkredi 22 out
  • Jedi 23 out
  • Vandredi 24 out
  • Samdi 25 out
  • Dimanch 26 out
  • Lendi 27 out
  • Madi 28 out
  • Mèkredi 29 out
  • Jedi 30 out
  • Vandredi 31 out
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
es18 p. 77-87

Out

Mèkredi 1ye out

Se pou andirans lan fin fè travay li nèt, pou nou ka konplè, pou nou ka san defo nan tout domèn, san nou pa manke anyen. — Jak 1:4.

Eseye imajine jan batay jij Jedeyon, ki te alatèt lame Izrayèl la, t ap fè kont ènmi l yo te yon batay ki difisil e ki fatigan. Jedeyon ansanm ak mesye ki te avè l yo te fè tout yon nuit ap kouri dèyè moun Madyan yo ak akolit yo sou yon distans 32 kilomèt! Pèp Izrayèl la pa t ka bay vag. Se sa k fè, Jedeyon ak mesye ki te avè l yo te kontinye kouri dèyè ènmi yo, e finalman, yo te pot laviktwa sou yo (Jij 7:22; 8:4, 10, 28)! Nou menm tou nou nan yon batay ki difisil e ki fatigan. Pami ènmi nou yo, nou jwenn Satan, monn li an ansanm ak pwòp enpèfeksyon nou. Gen kèk nan nou ki gen plizyè ane depi y ap konbat ènmi sa yo. Grasa èd Jewova, nou rive genyen anpil batay. Sepandan, nou poko fin ranpòte laviktwa. Pafwa, nou ka santi n fatige nan batay la, oubyen nou ka santi n bouke tann fen sistèm mechan sa a. Jezi te fè konnen nou t apral fè fas ak anpil eprèv ki difisil ak gwo pèsekisyon nan dènye jou yo. Men tou, li te di si n andire, nou ka genyen batay la. — Lik 21:19. w16.04 2:1, 2.

Jedi 2 out

Yo te kontinye pran tan pou yo koute ansèyman apot yo, pou yo reyini ansanm. — Tra. 2:42.

Nan reyinyon yo, nou etidye Labib e Jewova aprann nou sa n dwe fè ak fason nou dwe viv (Eza. 30:20, 21). Menm lè kèk moun ki pap sèvi Jewova vin nan reyinyon nou yo, yo rann yo kont Bondye ap dirije nou (1 Kor. 14:23-25). Jewova ap dirije reyinyon nou yo grasa lespri sen l, e se nan men l sa n aprann nan reyinyon yo soti. Kidonk, lè n vin nan reyinyon yo, nou koute sa Jewova di, nou santi jis nan ki pwen li renmen nou e n vin pi pwòch avè l. Men sa Jezi, Chèf kongregasyon an, te di: “Kote de ou twa moun reyini nan non mwen, mwen la nan mitan yo.” (Mat. 18:20). Anplis de sa, Bib la fè konnen Jezi “ap mache nan mitan” kongregasyon yo (Rev. 1:20–2:1). Sa klè, Jewova ak Jezi ansanm avè n e yo ban nou fòs nan reyinyon yo. Ki jan w panse Jewova santi l lè l wè w fè tout sa w kapab pou w pwoche kote l ak Pitit Gason l lan? w16.04 3:13, 14.

Vandredi 3 out

Pa kouri fache. — Ekl. 7:9.

Gen yon sè ki te salye de frè. Men, gen youn nan frè yo ki pa t renmen fason sè a te salye l la. Lè de frè yo te vin poukont yo, frè ki te santi l blese a te kòmanse plenyen kont sè a. Sepandan, lòt frè a te fè l sonje sè a gen 40 an depi l ap sèvi Jewova fidèlman malgre l jwenn anpil pwoblèm. Li te sèten sè a pa t vle blese lòt frè a. Ki jan premye frè a te reyaji? Li te di: “Ou gen rezon.” Apre sa, li te chwazi bliye sa k te pase a. Ki sa eksperyans sa a aprann nou? Lè yon moun blese nou, nou ka chwazi fason n ap reyaji. Yon moun ki gen lanmou ap padone lòt moun (Pwo. 10:12; 1 Pyè 4:8). Se yon bagay ki bèl nan je Jewova lè n “padone bagay mal yo fè” nou (Pwo. 19:11). Donk, pwochèn fwa yon moun di w oswa l fè w yon bagay ki blese w, mande tèt ou: ‘Èske m ka pase sou sa l fè m nan? Èske m vrèman bezwen kontinye panse ak sa?’ w16.05 1:8, 9.

Samdi 4 out

Se Bondye ki fòtifye nou [...], li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji. — Flp. 2:13.

Ki moun k ap preche bon nouvèl Wayòm nan jodi a? Se sèlman Temwen Jewova yo! Ki jan n fè konn sa? Paske se nou menm k ap preche mesaj ki kòrèk la anpalan de bon nouvèl Wayòm nan. N al chèche moun yo lè n al preche, kidonk, nou itilize bon metòd la. Nou preche pou rezon ki kòrèk la, sa vle di, paske nou renmen Jewova e nou renmen moun. Travay predikasyon nou an rive touche pi plis moun paske nou preche moun tout nasyon e ki pale tout kalite lang. Epi, n ap kontinye preche bon nouvèl la jiskaske lafen an rive! Se yon bagay ki vrèman enteresan pou n wè tout travay pèp Jewova a ap fè pou yo preche bon nouvèl la nan dènye jou sa yo. Men, ki jan n fè rive akonpli tout travay sa a? Apot Pòl te bay repons lan nan tèks pou jounen an. Se pou Jewova kontinye ban nou fòs nou bezwen yon fason pou n fè tout sa n kapab pou n kontinye preche bon nouvèl la! — 2 Tim. 4:5. w16.05 2:17, 18.

Dimanch 5 out

Gen degoutans pou sa ki mal, rete atache ak sa ki byen. — Wom. 12:9.

Lè n chwazi obeyi Bondye e n fè gwo efò pou n fè volonte l, nou montre nou renmen l e n vle fè l plezi. Satan fè konnen Jewova pa gen okenn dwa pou l dirije. Men lè n obeyi Jewova, nou montre se li menm nou vle kòm Dirijan nou. Epi, nou mèt gen asirans Papa nou ki renmen nou anpil la bay tout efò nou fè pou n obeyi l anpil valè (Jòb 2:3-5; Pwo. 27:11). Lè n fè gwo efò pou n metrize feblès nou yo menm lè sa pa fasil, nou montre nou fidèl ak Jewova e n montre se li menm nou vle kòm Dirijan nou. Jewova fè nou konnen nou dwe fè gwo efò pou n rive imite kalite l yo (Kol. 3:12; 2 Pyè 1:5-7). Epitou, li atann li pou n fè gwo efò pou n metrize panse nou ak santiman nou (Wom. 8:5). Depi nou fè gwo efò pou n fè yon chanjman nan pèsonalite nou e n rive fè chanjman sa a, nou santi nou vrèman kontan. w16.05 4:12, 13.

Lendi 6 out

O Jewova, [...] ou se Atizan ki ban nou fòm nan. — Eza. 64:8.

Jewova, gran Atizan an, konnen nou fen e byen. Li konn feblès nou, limit nou, li wè pwogrè nou fè e l konsidere sikonstans nou chak lè l ap ban nou fòm (Sòm 103:10-14). Nou ka aprann kòman Jewova wè nou lè n konsidere fason Jezi te konn aji ak apot li yo ki te enpafè. Pafwa, apot yo te konn fè diskisyon pou konn kiyès nan yo ki pi enpòtan. Si w te bò kot apot yo, ki jan w t ap konsidere atitid yo genyen an? Ou te gendwa panse yo pa tankou ajil ki maleyab. Sepandan, Jezi te konnen Bondye te ka ba yo fòm si yo te koute konsèy li te bay avèk jantiyès ak pasyans yo e si yo te demontre imilite menm jan avè l (Mak 9:33-37; 10:37, 41-45; Lik 22:24-27). Apre Jezi te fin resisite, lespri Bondye te desann sou apot yo e yo te sispann chèche konn kiyès nan yo ki pi enpòtan. Olye de sa, yo te konsantre yo sou travay Jezi te ba yo fè a. — Tra. 5:42. w16.06 1:10.

Madi 7 out

Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova. — Det. 6:4.

Se Jewova ki sèl vrè Dye a e pa gen okenn lòt dye ki tankou l (2 Sam. 7:22). Donk, pawòl Moyiz te di yo te fè Izrayelit yo sonje se sèl Jewova yo dwe adore. Yo pa t dwe imite lòt pèp ki t ap viv toutotou yo, yon seri moun ki t ap adore anpil fo dye ak deyès. Pèp sa yo te kwè dye yo t ap adore yo te ka kontwole kèk fòs nan lanati. Pa egzanp, Ejipsyen yo t ap adore Ra, dye solèy la, deyès syèl la ki se Nout, Gèb, dye tè a, Api, dye rivyè Nil la e yo te konn adore anpil bèt. Jewova te montre li te gen plis fòs lontan pase fo dye sa yo lè l te voye dis flewo yo. Baal se te prensipal dye Kananeyen yo te konn adore e yo te panse se li menm ki bay lavi. Anplis de sa, yo te kwè li se dye syèl la, se li menm ki bay lapli e se li ki lakòz tanpèt. Nan anpil zòn, moun yo te konte sou Baal pou yo jwenn pwoteksyon (Nonb 25:3). Izrayelit yo te dwe sonje Bondye yo a, “vrè Dye a”, pa gen parèy. Li se “yon sèl Jewova”. — Det. 4:35, 39. w16.06 3:4, 5.

Mèkredi 8 out

Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. Epi gade! mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan. — Mat. 28:20.

Egzanp Jezi montre nou enpòtans pou n fidèl ak Jewova e ak pèp li a. E n gen bonjan rezon pou n fè sa. Nou kapab wè jan Jewova ap dirije sèvitè l yo nan tan lafen an. L ap ede yo preche laverite sou tout tè a, e se sèl yo menm k ap fè travay sa a. Epitou, yo gen tèt ansanm e yo kontan pou tout sa Jewova ap anseye yo. Men ki jan Jewova esplike sa: “Gade! Sèvitè m yo ap rele tèlman y ap kontan, paske kè yo bon.” (Eza. 65:14). Nou vrèman kontan dèske Jewova ap gide nou e l ap ede n fè anpil bon bagay. Yon lòt bò, moun yo nan monn Satan an pa gen kè kontan e yo pa gen okenn espwa pou lavni. Nou dwe ret fidèl ak Jewova, epi suiv enstriksyon li bay. w16.06 4:10-12.

Jedi 9 out

Kontinye veye. — Mat. 25:13.

Nou ka aprann yon bèl leson nan egzanp gad ki te konn ap veye vil nan tan lontan yo. Anpil nan vil sa yo, san wete Jerizalèm, te gen miray byen wo toutotou yo yon fason pou ènmi pa t ka antre. Te gen gad sou tèt miray sa yo, e kote yo te kanpe a, yo te ka wè tout espas ki toutotou vil la. Gen lòt gad ki te kanpe nan pòtay vil la. Mesye sa yo te dwe ret ap veye lajounen kou lannuit, e si yo te wè ènmi k ap pwoche, yo te dwe avèti moun nan vil la (Eza. 62:6). Yo te konn enpòtans sa genyen pou yo ret je klè e pou yo byen gade tout sa k ap pase. Si yo pa t fè sa, anpil moun te ka pèdi lavi yo (Eze. 33:6). Jozèf, yon istoryen juif, te esplike ki jan Women yo te rive antre nan vil Jerizalèm nan ane 70 apre Jezi Kris. Dòmi te pran gad yo ki t ap veye yon pati nan vil la. Se sa k fè sòlda women yo te kapab antre nan vil la. Yo t al nan tanp lan, yo met dife ladan l, epi yo detwi rès vil Jerizalèm nan. Se te dènye pati nan pi gwo tribilasyon nasyon juif la te ka jwenn. w16.07 2:2, 7, 8.

Vandredi 10 out

Veye pou nou pa kite erè moun sa yo ki pa respekte lalwa pote nou ale ansanm avèk yo epi fè nou pa rete fèm nan bon chemen an. — 2 Pyè 3:17.

Nou jwenn anpil benediksyon grasa favè san parèy Jewova a. Men, nou pa dwe minimize favè san parèy Bondye a, sa vle di fè l sèvi eskiz pou n fè peche. Gen kèk kretyen nan premye syèk la ki te eseye “pran favè san parèy Bondye nou an fè l sèvi eskiz pou yo lage kò yo nan konduit derespektan”. (Jid 4.) Sanble kretyen sa yo ki pa t fidèl te panse yo te ka lage kò yo nan peche e Jewova t ap toujou padone yo. Yo te menm eseye fè lòt kretyen patisipe nan peche yo t ap fè yo. Jodi a tou, nenpòt moun ki aji konsa “derespekte lespri Bondye ki bay favè san parèy la”. (Ebre 10:29.) Satan twonpe kèk kretyen jodi a lè l fè yo panse yo mèt peche e Jewova ap padone yo otomatikman. Se vre, Jewova dispoze padone moun ki peche e ki repanti, men l vle n goumen kont dezi ki ka fè n peche yo. w16.07 3:16, 17.

Samdi 11 out

Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou imoralite seksyèl, e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè. — Mat. 19:9.

Yon moun marye ki divòse san pa gen imoralite seksyèl pa lib pou l remarye. Yon moun ka chwazi padone mari l oswa madanm li ki te fè imoralite men ki repanti. Se sa k te pase lè pwofèt Oze te padone Gomè, madanm li, ki te fè imoralite, e lè Jewova te padone nasyon Izrayèl la ki te repanti (Oze 3:1-5). Mete sou sa, si yon moun marye konnen mari l oubyen madanm li fè imoralite e li chwazi gen relasyon seksyèl avè l ankò, sa montre li padone l. Selon Labib, pa gen okenn rezon pou l divòse avè l ankò. Apre Jezi te fin di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an, li te pale de “moun ki gen don pou” yo ret selibatè. Men sa Jezi te di: “Yon moun ki ka suiv pawòl sa a, li mèt suiv li.” (Mat. 19:10-12). Gen anpil moun ki chwazi ret san marye paske yo vle sèvi Jewova san distraksyon, e nou dwe felisite yo pou desizyon sa a! w16.08 1:15, 16.

Dimanch 12 out

Goute e n a wè jan Jewova bon. Byennere moun ki pran refij nan li. [...] Moun ki gen lakrentif pou li yo pa manke anyen. — Sòm 34:8, 9.

Jèn yo ka fè anpil travay nan sèvis Jewova a paske yo gen fòs e yo an sante (Pwo. 20:29). Gen jèn frè ki nan Betèl k ap bay koutmen nan enprimri e k ap relye liv ak Bib. Gen anpil jèn frè ak sè k ap travay nan konstriksyon Sal Wayòm, oubyen k ap repare yo. Genyen ki ofri tèt yo kòm volontè lè gen katastwòf natirèl. E gen anpil jèn pyonye ki aprann yon lòt lang oubyen ki vwayaje al yon lòt kote pou yo preche bon nouvèl la. Men sa yon moun ki te ekri yon pati nan Sòm yo te di: “Goute e n a wè jan Jewova bon.” Li te di tou: “Moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon.” (Sòm 34:10) Li klè, lè n bay Jewova sa n genyen ki pi bon an, nou santi kè n kontan toutbon paske nou konnen nou fè kè l kontan. Epi, l ap kenbe pwomès li fè pou l pran swen nou. w16.08 3:5, 8.

Lendi 13 out

M ap sove nou e n ap vin tounen yon benediksyon. Pinga nou pè! Se pou nou met kouraj sou nou! — Zak. 8:13.

Jewova kapab ede nou e li dispoze fè sa, epi li ban nou lespri sen l pou ban nou fòs (1 Kwo. 29:12). Li enpòtan anpil pou n mande Bondye lespri sen pou n ka lite ak Satan ansanm ak monn mechan l lan (Sòm 18:39; 1 Kor. 10:13). Epitou, nou gen rekonesans pou èd nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Fè yon ti reflechi tou sou valè bagay nou aprann nan piblikasyon nou yo chak mwa. Yo te di pawòl nou jwenn nan Zakari 8:9, 13 la lè yo t ap rekonstwi tanp lan nan Jerizalèm, poutan, pawòl sa yo kapab ede n jodi a. Mete sou sa, Jewova ban nou fòs pa mwayen enstriksyon nou jwenn nan reyinyon yo, asanble yo, kongrè yo ak divès lekòl teyokratik yo. Enstriksyon sa yo kapab ede n sèvi Bondye ak bon entansyon, y ap ede n fikse objektif e y ap ede n ranpli pakèt responsablite nou genyen antanke kretyen (Sòm 119:32). Èske w chofe pou w jwenn fòs grasa enstriksyon Jewova bay yo? w16.09 1:10, 11.

Madi 14 out

Verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè. — Wom. 12:2.

Lwa Jewova te bay Izrayelit yo montre Jewova pa wè sa byen ditou pou moun met rad ki fè l difisil pou moun wè si yo se gason oubyen si yo se fi. Jodi a, gen yon seri stil ki fè l difisil pou moun wè si yon moun se gason oubyen si l se fi (Det. 22:5). Lwa Moyiz la montre Jewova pa renmen rad ki fè gason sanble ak fi, ki fè fi sanble ak gason, oubyen ki fè l difisil pou moun wè si yon moun se gason oubyen si l se fi. Prensip ki nan Bib la ka ede nou pran bon desizyon sou fason nou dwe abiye. Prensip sa yo valab kèlkeswa peyi a oswa klima kote n ap viv la oswa kèlkeswa kilti nou. Nou pa bezwen yon lis byen long sou abiman ki akseptab oswa ki pa akseptab. Nou jis bezwen suiv prensip ki nan Bib la, yon seri prensip ki toujou ban nou posiblite pou n mete sa nou renmen. w16.09 3:3, 4.

Mèkredi 15 out

Tout disip yo abandone l, yo kouri y ale. — Mak 14:50.

Fè yon ti reflechi sou jan mesye ki te ekri Labib yo te sensè. Yo te toujou di laverite e yo pa t pè fè sa. Ekriven yo nan epòk sa a te konn ekri sèlman bon bagay sou nasyon pa yo ak dirijan yo. Sepandan, pwofèt Jewova yo pa t sèlman ekri bon bagay sou pèp Izrayèl la ak wa yo te genyen yo, men tou, yo te ekri move bagay yo te fè yo (2 Kwo. 16:9, 10; 24:18-22). Yo te konn menm ekri erè pa yo ak erè lòt sèvitè Bondye (2 Sam. 12:1-14). Lè moun yo kite Bib la dirije lavi yo, yo wè bon rezilta sa bay. Sa konvenk yo Bib la se Pawòl Bondye (Sòm 19:7-11). Bib la ede anpil moun rann yo kont gen kèk bagay yo te kwè ki pa laverite (Sòm 115:3-8). Gen kèk moun ki di pa gen Bondye e ki fè lanati tounen yon dye pou yo. Gen lòt ki di lèzòm ka fè n gen yon pi bon avni, men, lè n gade sa lèzòm reyalize jiska prezan, yo pa kapab rezoud pwoblèm ki gen nan monn nan. — Sòm 146:3, 4. w16.09 4:10, 11.

Jedi 16 out

Kite l ranmase nan grap [...] yo e pinga nou ba l pwoblèm. — Rit 2:15.

Yon fason klè, Bowaz te montre l enkyè pou Rit akoz sitiyasyon difisil li t ap andire antanke moun lòt peyi. Li te envite l ret bò kot gwoup jèn medam li yo pou mesye ki t ap travay nan jaden l yo pa t ba l pwoblèm. Li te menm asire l Rit jwenn ase manje pou l manje ak dlo pou l bwè, menm jan ak travayè l yo. Bowaz te gen respè pou dam etranje sa a ki te yon malerèz e li te ankouraje l (Rit 2:8-10, 13, 14). Bowaz pa t janti ak Rit sèlman paske Rit te gen yon lanmou fidèl pou Nawomi, bèlmè l, men, li te janti ak Rit tou paske Rit te vin sèvi Jewova e l te chèche pwoteksyon nan men Jewova. Lè Bowaz te montre l janti ak Rit la, an reyalite, se lanmou fidèl Jewova li t ap imite (Rit 2:12, 20; Pwo. 19:17). Menm jan an tou jodi a, lè n montre nou janti, sa ap pèmèt nou ede “tout kalite moun” aprann laverite e sa ap fè yo wè Jewova renmen yo anpil. — 1 Tim. 2:3, 4. w16.10 1:10-12.

Vandredi 17 out

Mwen te rele Jewova e li te reponn mwen, li te delivre m anba tout sa ki t ap fè m pè yo. — Sòm 34:4.

Lè n wè jan Jewova tande priyè nou e l ban nou egzakteman sa n bezwen, nan moman nou bezwen l lan, lafwa nou gen nan li vin pi solid (1 Jan 5:14, 15). Epitou, nou bezwen “kontinye mande” Jewova pou l ban nou lespri sen l pou n ka vin gen plis lafwa (Lik 11:9, 13). Lè n ap priye Jewova, nou pa dwe annik mande l pou l ban nou sa n bezwen. Nou dwe di l mèsi tou e n dwe fè louwanj pou li chak jou. An reyalite, li tèlman fè yon pakèt bèl bagay (Sòm 40:5)! Anplis de sa, pèp Jewova a priye pou frè ak sè yo gen toupatou sou tè a. Pa egzanp, nou “sonje moun ki nan prizon yo”. Nou priye tou pou “moun k ap dirije nou yo”. Lè n wè jan Jewova reponn priyè nou, lafwa nou gen nan li vin pi solid e n vin pi pwòch avè l. — Ebre 13:3, 7. w16.10 3:8, 9.

Samdi 18 out

Nou te sove grasa lafwa. E sa pa sot nan nou. Okontrè, se yon kado Bondye bay. — Efe. 2:8.

Nan epòk nou an, pèp Jewova a gen lafwa nan Wayòm li an e yo soutni l. Epitou, youn renmen lòt. Sa vin posib paske yo kite lespri Bondye gide yo nan fason y ap viv (Gal. 5:22, 23). Ki rezilta sa bay? Plis pase uit milyon frè ak sè toupatou sou tè a ap viv anpè e yo gen tèt ansanm nan kongregasyon yo. Sa klè, lafwa ak lanmou se de kalite ki gen anpil pouvwa. Tèt ansanm sa a vin posib sèlman grasa èd Bondye nou an. Li merite louwanj pou sa (Eza. 55:13). Nou vrèman gen rekonesans dèske Bondye fè l vin posib pou nou sove. Jewova ap kontinye ede pi plis moun vin gen lafwa nan li. E alafen, tout tè a pral chaje ak moun ki pafè, ki jis e ki gen kè kontan k ap fè louwanj pou Jewova pou toutan! w16.10 4:18, 19.

Dimanch 19 out

Gen kèk moun k ap mache yon fason dezòdone nan mitan nou. — 2 Tes. 3:11.

Nou dwe suiv enstriksyon ansyen yo ban nou ki soti nan Ekriti yo. Nan premye syèk la, gen kèk moun ki te konpòte yo “yon fason dezòdone”. Yo te gen abitid mele nan bagay ki pa t konsène yo. Ansyen yo te eseye korije yo, men yo te refize chanje. Pòl te fè kongregasyon an konnen fason yo te dwe trete yon moun konsa. Men sa l te di: “Pran prekosyon ak moun sa a, e sispann frekante l.” Yo te dwe sispann frekante moun sa a, men, yo pa t dwe konsidere l tankou ènmi (2 Tes. 3:11-15). Jodi a, ansyen yo fè efò pou yo ede moun ki meprize prensip Bondye yo, pa egzanp, yon moun ki renmen ak yon moun ki pa kwayan (1 Kor. 7:39). Si moun sa a refize chanje konpòtman l, ansyen yo ka bay yon diskou ki esplike fason yon konpòtman konsa ka fè moun pale kongregasyon an mal. Ki jan w reyaji devan konsèy yo bay yo? Si w ta konn moun sa a, èske w t ap sispann frekante l? Si w fè sa, w ap ka ede moun nan wè konpòtman l lan pap bon pou li, li pa fè Jewova plezi, e moun nan ka menm chanje fason li wè bagay yo. w16.11 2:13.

Lendi 20 out

Gen yon seri mesye k ap leve nan mitan nou, y ap pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo. — Tra. 20:30.

Nan Pannkòt ane 33, pa mwayen lespri sen, Bondye te chwazi plizyè milye kretyen pou al viv nan syèl la. Yo te vin “yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen, yon pèp ki vin yon byen espesyal”. (1 Pyè 2:9, 10.) Toutotan apot yo te vivan, yo te byen veye sou kongregasyon yo. Sepandan, sitou apre lanmò apot yo, gen kèk mesye nan kongregasyon yo ki te kòmanse anseye yon seri ide ki pa laverite, e yo te vle fè disip yo kite laverite. Mesye sa yo te renmen filozofi Aristòt ak Platon yo e yo te kòmanse anseye pwòp ide pa yo olye yo te anseye verite ki nan Pawòl Bondye a (2 Tes. 2:6-8). Anpil nan mesye sa yo te gen gwo renome e yo te siveyan nan kongregasyon yo. Byenke Jezi te di disip li yo yo “tout se frè”, te vin gen yon gwoup moun ki kòmanse fòme yon klèje. — Mat. 23:8. w16.11 4:8.

Madi 21 out

Pa kite peche kontinye domine antanke wa sou kò nou ki ka mouri. — Wom. 6:12.

Anvan nou te vin kretyen, petèt nou te fè anpil move aksyon san nou pa t konnen ki jan Jewova konsidere yo. Nou te “esklav [...] ni konduit ki pa pwòp, ni sa lalwa kondane”, sa vle di nou te “esklav peche”. (Wom. 6:19, 20.) Men, lè n te vin aprann nan Bib la fason Bondye vle nou viv, nou te fè chanjman nan lavi nou, nou te vwe tèt nou bay Bondye e nou te batize. Nou te “libere anba peche” e nou te “vin esklav sa ki jis”. (Wom. 6:17, 18.) Se swa nou suiv panse ak dezi nou genyen pou n fè peche oswa nou metrize yo. Mande tèt ou: ‘Èske m kite move dezi m genyen yo vin tèlman fò, sa fè m tonbe nan fè sa k mal? Oubyen èske m rejte yo san pèdi tan?’ Si nou gen anpil rekonesans pou favè san parèy Bondye a, n ap fè tout sa n kapab pou n fè Bondye plezi. w16.12 1:11, 12.

Mèkredi 22 out

Moun ki fikse panse yo sou lespri ap jwenn [...] lapè. — Wom. 8:6.

Tout moun vle gen lapè, yo sitou vle pou lespri yo anpè, men, se yon tikras moun ki rive jwenn lapè sa a. Grasa Jewova, lespri nou kapab anpè toutbon. Mete sou sa, nou kapab anpè ak moun nan fanmi nou ansanm ak moun nan kongregasyon an. Piske nou enpafè, pafwa n ap gen pwoblèm ak frè ak sè n yo. Lè sa rive, nou suiv konsèy Jezi te bay lè l te di: “Fè lapè ak frè w la.” (Mat. 5:24). Pa bliye, frè w la oswa sè w la tou ap sèvi Jewova, “Bondye ki bay lapè a”. (Wom. 15:33; 16:20.) Si n fikse “panse [nou] sou lespri” a, n ap anpè ak Bondye tou. Men sa pwofèt Ezayi te ekri: “W ap [Jewova] pwoteje moun ki konte sou ou nèt yo. W ap ba yo lapè nètale, paske, se nan ou yo met konfyans yo.” — Eza. 26:3; Wom. 5:1. w16.12 2:5, 18, 19.

Jedi 23 out

Se pou nou toujou rejwi nan Seyè a! — Flp. 4:4.

Menm nan dènye jou sistèm Satan an, Jewova kontinye beni pèp li a. Li asire l nou resevwa yon pakèt konesans e nou gen lapè antanke moun ki fè pati yon fanmi entènasyonal frè ak sè (Eza. 54:13). Wi, jan Jezi te pwomèt sa, depi kounye a, Jewova ban nou yon bèl fanmi frè ak sè sou tout kò tè a kòm rekonpans (Mak 10:29, 30). Mete sou sa, moun k ap chèche Bondye toutbonvre yo jwenn rekonpans yo paske lespri yo vin pi anpè, yo gen plis satisfaksyon ak kè kontan (Fil. 4:5-7). Ou mèt gen asirans “lè [w] fin fè volonte Bondye”, w ap “resevwa sa l te pwomèt la”. (Ebre 10:35, 36.) Se sa k fè, ann kontinye fòtifye lafwa nou e ann fè tout sa n kapab pou n sèvi Jewova. Nou gen konfyans Jewova ap rekonpanse nou! — Kol. 3:23, 24. w16.12 4:17, 20.

Vandredi 24 out

Kote lespri Jewova ye, se la ki gen libète. — 2 Kor. 3:17.

Piske libète nou genyen an gen limit, èske sa vle di nou gen vrè libète a? Wi! Poukisa nou di sa? Lefètke libète moun genyen an gen limit sa ka pwoteje yo. Pa egzanp, nou ka sèvi ak libète pou n deside a pou n kondui al nan yon vil ki lwen. Men, èske n t ap santi n an sekirite sou yon wout kote pa gen okenn lwa sikilasyon, kote tout moun lib pou yo deside ak ki vitès oswa sou ki bò y ap kondui? Li klè nou pa t ap santi n an sekirite. Limit nesesè pou tout moun ka jwi byenfè vrè libète a. Pou n wè jan l saj pou n respekte limit Jewova ban nou lè n ap sèvi ak libète nou genyen pou n deside a, ann pran egzanp Adan. Li te chwazi kite limit Bondye te ba l lè l te manje fwi Bondye te entèdi l manje a. Fason sa a Adan te sèvi ak libète pou l deside a lakòz pitit pitit li yo ap soufri e y ap jemi depi plizyè milye ane (Wom. 5:12). Piske nou wè konsekans desizyon Adan te pran an genyen sa ta dwe pouse n byen sèvi ak libète nou genyen an epi respekte limit Jewova ban nou. w17.01 2:6, 8.

Samdi 25 out

M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse. — Wom. 12:3.

Lè n resevwa yon nouvo responsablite, si n lapriyè e nou byen analize sitiyasyon nou, sa ap ede n evite aksepte privilèj ki depase kapasite nou oswa limit nou. Si n konn limit nou, nou gendwa pa aksepte responsablite sa a. Sepandan, lè n aksepte yon nouvo privilèj, egzanp Jedeyon ap fè n sonje nou pa kapab reyisi san direksyon Jewova ak benediksyon l. Dayè, nou resevwa envitasyon pou nou “mache avèk Bondye [nou an], e pou [n] fè sa avèk imilite”. (Miche 6:8.) Se sa k fè, nenpòt lè nou gen yon nouvo responsablite, nou bezwen byen reflechi sou tout sa Jewova di nou pa mwayen Pawòl li a ak òganizasyon l lan. Nou dwe aprann veye sou fason n ap mache pou n ka suiv bonjan direksyon Jewova ap ban nou. Se pou n sonje se imilite Jewova ki ‘fè n vin enpòtan’, se pa pwòp kapasite nou (Sòm 18:35). Lè n chwazi mache ak Bondye avèk imilite, sa ap ede n pou n pa panse de tèt nou plis pase sa n dwe panse, oubyen pou n pa rabese tèt nou. w17.01 3:17, 18.

Dimanch 26 out

Anrapò ak Seyè a, nou konnen nou pap travay pou granmesi. — 1 Kor. 15:58.

Jezi te konnen travay li sou tè a t apral fini e lòt moun t apral ranplase l nan travay sa a. Malgre disip li yo te enpafè, li te gen konfyans nan yo e l te fè yo konnen y ap fè pi gwo travay pase l (Jan 14:12). Li te ba yo bonjan fòmasyon, e yo te simaye bon nouvèl la nan monn ki te gen nan epòk yo a (Kol. 1:23). Apre Jezi te fin bay lavi l kòm sakrifis, Bondye te resisite l pou l al viv nan syèl la kote li te resevwa plis travay pou l fè, e Bondye te ba l yon otorite ki fè l “pi wo lontan pase tout gouvènman, tout otorite, tout pisans, [ak] tout dominasyon”. (Efe. 1:19-21.) Si n mouri fidèl anvan Amagedon, Bondye ap resisite nou pou n viv nan yon monn nouvo ki jis, yon kote k ap gen anpil travay ki bay satisfaksyon pou n fè. Kidonk, kounye a, gen yon travay ki enpòtan anpil nou tout kapab fè: Preche bon nouvèl la epi fè disip. Se pou nou tout, jèn kou granmoun, kontinye “toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. w17.01 5:17, 18.

Lendi 27 out

Mwen se Jewova. Mwen pa chanje. — Mal. 3:6.

Ranson an te peye pou toutan (Ebre 9:24-26). Ranson an anile kondanasyon nou te eritye nan men Adan an nèt. Grasa sakrifis Kris la, nou vin lib paske nou pa esklav monn sa a ki anba kontwòl Satan, e nou pap viv kòm moun ki pè lanmò ankò (Ebre 2:14, 15). Nou ka gen yon konfyans total nan pwomès Bondye fè yo. Menm jan nou ka toujou fè lwa Jewova tabli nan kreyasyon l lan konfyans, se konsa tou, nou ka toujou konte sou Jewova. Li pa chanje. Jewova ban nou plis bagay lontan pase lavi. Li ban nou lanmou. “Nou vin konnen Bondye gen lanmou pou nou, e nou kwè sa. Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:16). Tout tè a pral tounen yon paradi kote moun pral viv ak kè kontan, e tout moun sou tè a pral reflete lanmou Bondye. Annou met ansanm ak kreyati fidèl Bondye yo ki nan syèl la pou n di: “Louwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pisans ak fòs pou Bondye nou an pou tout tan gen tan. Amèn.” — Rev. 7:12. w17.02 2:16, 17.

Madi 28 out

Annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a. — 2 Kor. 7:1.

Men ki kesyon Toudegad 1ye jen 1973 la te poze: “Èske [...] moun ki toujou esklav tabak kalifye pou batèm?” Men repons Toudegad la te bay: “Bib la montre byen klè moun sa yo pa kalifye.” Apre Toudegad la fin site plizyè vèse ki gen rapò ak kesyon sa a, li te esplike rezon ki fè yo dwe eskominye yon moun ki fimen e ki pa repanti (1 Kor. 5:7). Men sa l te di: “Se pa chèche n ap chèche aji ak gwo ponyèt, oswa tankou diktatè. Se sa Bondye ki fè nou konnen panse l nan Pawòl li te fè ekri a egzije toutbon.” Men sa yon liv ki fèk parèt sou relijyon Ozetazini fè konnen: “Chèf relijye ki kretyen yo revize sa y ap anseye yo regilyèman pou l ka ann amoni ak kwayans ak opinyon moun yo, konsa, fidèl yo genyen yo ak pifò moun nan sosyete a ap soutni yo.” Èske gen yon lòt òganizasyon relijye ki dispoze fè Pawòl Bondye a konfyans nèt menm lè sa fè bagay yo vrèman difisil pou kèk nan manm li yo? w17.02 4:15.

Mèkredi 29 out

Nenpòt moun ki met tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo. — Mat. 23:12.

Yon prèv ki montre ansyen yo gen imilite se paske yo pa aksepte lòt moun trete yo tankou vedèt. Nan sans sa a, yo pa menm ak anpil responsab relijyon nan epòk nou an ansanm ak chèf relijye nan premye syèk la, yon seri mesye Jezi te di: “Yo renmen pi bèl plas nan gwo resepsyon yo ak plas devan nan sinagòg yo. Yo renmen pou moun salye yo sou plas piblik.” (Mat. 23:6, 7). Vrè bèje yo nan kongregasyon an obeyi pawòl Jezi te di yo avèk imilite, lè l te di: “Pa fè yo rele nou anseyan, paske se yon sèl Anseyan nou genyen, tandiske nou tout se frè. Anplis de sa, pa rele pèsonn sou latè papa nou, paske sèl Papa nou genyen se Sila a ki nan syèl la. Pa kite yo rele nou gid, paske sèl Gid nou genyen se Kris. Men, moun ki pi enpòtan pami nou an dwe vin sèvitè nou.” (Mat. 23:8-11). Kidonk, ou kapab konprann rezon ki fè Temwen yo renmen ansyen yo nan kongregasyon yo sou tout kò tè a, yo respekte yo e yo onore yo. w17.03 1:14, 15.

Jedi 30 out

Chak moun ap pote pwòp responsablite pa l. — Gal. 6:5, nòt.

Se nou chak ki gen pou pran desizyon, e chwa ki gen sajès la e ki bon an baze sou bonjan konesans ki nan Bib la. Nou pa dwe bay lòt moun responsablite pran desizyon pou nou. Okontrè, nou dwe aprann konnen sa ki dwat nan je Bondye, e nou dwe chwazi fè sa ki dwat. Se yon danje sa ye lè n kite lòt moun chwazi pou nou. Ki jan n ta ka pran nan pyèj sa a? Se lè n kite presyon lòt moun fè sou nou fè n pran yon move desizyon (Pwo. 1:10, 15). Epoutan, kèlkeswa jan lòt moun ta eseye fè presyon sou nou, se responsablite pa nou pou n suiv konsyans nou ki fòme grasa Bib la. Nan anpil ka, si n kite lòt moun pran desizyon pou nou, se kòmsi nou pran desizyon pou n “suiv yo”. Se yon chwa kanmenm, men se yon chwa ki kapab lakòz gwo pwoblèm. Yon fason klè, apot Pòl te avèti kretyen Galat yo kont danje ki genyen lè yo kite lòt moun pran desizyon pou yo (Gal. 4:17). Gen moun nan kongregasyon an ki te vle pran desizyon pou lòt moun yon fason pou yo te ka fè yo ret lwen apot yo. w17.03 2:8-10.

Vandredi 31 out

Malgre [Jozyas] te yon timoun toujou, li te kòmanse chèche Bondye David, zansèt li a. Nan 12yèm ane a, li te kòmanse detwi kote ki wo moun yo te konn fè adorasyon yo, poto sakre ki fèt an bwa yo [...] nan Jida ak Jerizalèm. — 2 Kwo. 34:3.

Jozyas te zele nan fè sa k fè Bondye plezi. Menm jan ak Jozyas, jèn yo ta dwe kòmanse chèche Jewova depi yo toupiti. Petèt se wa Manase, apre l te fin repanti, ki te anseye Jozyas jan Bondye gen mizèrikòd. Nou menm jèn, chèche vin pwòch ak moun aje nan fanmi nou ak nan kongregasyon an ki fidèl yo, epi aprann ki jan Jewova te bon avèk yo. Epitou, sonje lefètke Jozyas te li Ekriti yo, sa te touche kè l e sa te pouse l aji. Lè w li Pawòl Bondye a, sa ka pouse w aji yon fason k ap fè w gen plis kè kontan, sa ap fè w vin pi zanmi Bondye, e sa ap pouse w ede lòt moun chèche Bondye (2 Kwo. 34:18, 19). Mete sou sa, lè w etidye Bib la, sa ka ede w wè fason ou ka amelyore kalite sèvis w ap bay Bondye a. Si w fè sa, fè sa ak tout kè w, menm jan ak Jozyas. w17.03 3:18, 19.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje