BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es18 p. 88-97
  • Septanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Septanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
  • Soutit
  • Samdi 1ye septanm
  • Dimanch 2 septanm
  • Lendi 3 septanm
  • Madi 4 septanm
  • Mèkredi 5 septanm
  • Jedi 6 septanm
  • Vandredi 7 septanm
  • Samdi 8 septanm
  • Dimanch 9 septanm
  • Lendi 10 septanm
  • Madi 11 septanm
  • Mèkredi 12 septanm
  • Jedi 13 septanm
  • Vandredi 14 septanm
  • Samdi 15 septanm
  • Dimanch 16 septanm
  • Lendi 17 septanm
  • Madi 18 septanm
  • Mèkredi 19 septanm
  • Jedi 20 septanm
  • Vandredi 21 septanm
  • Samdi 22 septanm
  • Dimanch 23 septanm
  • Lendi 24 septanm
  • Madi 25 septanm
  • Mèkredi 26 septanm
  • Jedi 27 septanm
  • Vandredi 28 septanm
  • Samdi 29 septanm
  • Dimanch 30 septanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2018
es18 p. 88-97

Septanm

Samdi 1ye septanm

Se pou andirans lan fin fè travay li nèt. — Jak 1:4.

Nan Bib la, andirans vle di plis pase annik sipòte oswa tolere yon sitiyasyon difisil. Li gen ladan l fason nou panse ak fason nou santi n devan eprèv n ap sibi yo. Andirans ede n gen kouraj, li fè n ret fidèl e l fè n gen pasyans. Gen yon liv ki fè konnen andirans se kalite ki ede n gen bonjan espwa e ki ede n evite bay vag lè n nan eprèv. Li ede n rete djanm san n pa brannen menm devan eprèv ki pi difisil yo. Li pa kite eprèv yo gen laviktwa sou nou e l ede n ret konsantre sou objektif nou yo olye n ret konsantre sou sa ki fè n lapenn yo. Lanmou pouse nou andire (1 Kor. 13:4, 7). Nan ki domèn? Lanmou nou gen pou Jewova pouse n andire nenpòt bagay li pèmèt (Lik 22:41, 42). Lanmou nou gen pou frè nou yo ede n andire enpèfeksyon yo genyen (1 Pyè 4:8). Lanmou nou gen pou moun nou marye avè l la ede n andire “tribilasyon” menm moun ki jwenn lajwa nan maryaj yo konn jwenn e l ede n fè maryaj nou vin pi solid. — 1 Kor. 7:28. w16.04 2:3, 4.

Dimanch 2 septanm

Yo te kontinye pran tan [...] pou yo reyini ansanm. — Tra. 2:42.

Premye kretyen yo pa t sispann reyini ansanm menm lè gouvènman women an ak chèf relijye Juif yo t ap pèsekite yo. Aktout sa pa t fasil pou yo, yo te fè tout sa yo kapab pou yo kontinye reyini ansanm. Jodi a tou, sèvitè Jewova yo santi yo vrèman rekonesan pou reyinyon yo e yo renmen al ladan yo. Men sa George Gangas, ki te fè plis pase 22 an kòm manm Kolèj santral la, te di: “Pou mwen menm, reyini ak frè yo se youn nan pi gwo plezi m te ka genyen e l se yon sous ankourajman.” Men sa l te ajoute: “Tout panse ak dezi ki nan kè m se asiste reyinyon yo.” Èske ou menm tou ou santi w menm jan an nan adorasyon w ap bay Jewova a? Si se wi, kontinye fè tout sa w kapab pou w ansanm ak frè w yo nan reyinyon yo menmsi sa difisil. Montre Jewova ou vrèman santi w menm jan ak wa David ki te di: “Jewova, mwen renmen kay kote w rete a.” — Sòm 26:8. w16.04 3:16-18.

Lendi 3 septanm

Fè lapè ak frè w la anvan. — Mat. 5:24.

Ann sipoze yon frè oubyen yon sè te santi l blese akoz yon bagay ou te di oubyen w te fè. Ki sa w dwe fè? Se pou w al pale ak frè w la. Lè w ap fè sa, objektif ou se ta dwe fè lapè avè l. Ou dwe rekonèt fot ou fè a e pa eseye blame frè w la. Sa k pi enpòtan an se fè lapè ak frè w la. Pa egzanp, Abraram ak neve l la, Lòt, te gen anpil bèt, epi gadò bèt yo te kòmanse nan kont youn ak lòt paske pa t gen ase espas pou yo tout la. Etandone Abraram te vle fè lapè, li te kite Lòt chwazi pi bon kote nan peyi a (Jen. 13:1, 2, 5-9). Ala yon bèl egzanp Abraram kite pou nou! Piske Abraram te renmen bay, èske l te pèdi sa l te bay yo nèt? Non. Tousuit apre sa, Jewova te pwomèt Abraram l ap beni l e l ap ba l plis pase sa l te pèdi yo (Jen. 13:14-17). Ki leson nou aprann? Menmsi nou pèdi kèk bagay, Jewova ap beni nou lè n demontre lanmou nan fason n regle mezantant. w16.05 1:11, 12.

Madi 4 septanm

Kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye. — Efe. 5:17.

Jewova ban nou yon seri lwa nan Bib la ki di byen klè ki sa li vle nou fè. Pa egzanp, li di nou pa dwe fè imoralite seksyèl, adore zidòl, vòlè epi bwè pou n sou (1 Kor. 6:9, 10). Epi, Pitit Jewova a, anpalan de Jezi, te bay disip li yo lòd byen klè sa a: “Fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo. Epi gade! mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” (Mat. 28:19, 20). Tout sa Jewova ak Jezi mande nou fè se pou byen nou. Lwa Jewova yo anseye nou pou n pran swen tèt nou ak fanmi nou e yo ede n viv an sante e ak kè kontan. Sa k pi enpòtan an, lè n obeyi lòd Jewova, menm lòd pou n preche a, sa fè l plezi e li beni nou. w16.05 3:1.

Mèkredi 5 septanm

Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon. — Wom. 12:2.

Jewova kapab ede n konprann sa k fè l plezi, epi n ap vin aprann panse menm jan avè l. Kòm rezilta, panse nou, pawòl nou ak aksyon nou ap plis fè Jewova plezi, e n ap vin konn ki jan pou n metrize feblès nou (Lik 11:13; Gal. 5:22, 23). Men, aktout sa, n ap bezwen kontinye goumen kont feblès nou yo (Pwo. 4:23). Sa mande tan pou yon moun aprann imite kalite Jewova yo. Kidonk, si w santi ou pa rive fè tout chanjman ou ta renmen fè yo, pran pasyans. Pou kòmanse, ou ka oblije ap fòse tèt ou pou w fè sa Bib la mande. Men, plis ou panse e w aji fason Jewova vle a, se plis l ap fasil pou w panse menm jan avè l e pou w fè sa ki byen. — Sòm 37:31; Pwo. 23:12; Gal. 5:16, 17. w16.05 4:14, 16.

Jedi 6 septanm

Li pran plezi nan lwa Jewova a e li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit. — Sòm 1:2.

Jodi a, Jewova sèvi ak Bib la, lespri sen l ansanm ak kongregasyon an pou l ban nou fòm. Ki fason Bib la ka ban nou fòm? Nou bezwen li l, medite sou sa n li a epi mande Jewova ede n aplike sa n aprann yo. Men sa wa David te ekri: “Mwen sonje w pandan m sou kabann mwen, tout lannuit se sou ou m ap medite.” (Sòm 63:6). Epitou, li te di: “M ap fè louwanj pou Jewova, paske li ban m konsèy. Menm nan nuit, panse m yo korije m.” (Sòm 16:7). Vrèmanvre, David te medite sou konsèy Jewova te ba l yo e l te kite yo bay panse ak santiman li genyen ki pi pwofon yo fòm menm nan moman kote l te difisil pou l aksepte konsèy (2 Sam. 12:1-13). David kite yon bèl egzanp pou nou antanke moun ki te gen imilite e ki te obeyisan. Kidonk, mande tèt ou: ‘Lè m ap li Bib la, èske m medite sou sa m li a epi m kite konsèy Bondye yo touche panse ak santiman mwen genyen ki pi pwofon yo? Èske m ka fè sa plis toujou?’ — Sòm 1:3. w16.06 1:11.

Vandredi 7 septanm

Pa kouri fache. — Ekl. 7:9.

Nou tout enpafè e nou fè erè. Se sa k fè nou pa kapab atann pou frè ak sè n yo toujou di oubyen fè sa ki dwat. Epi, li pa t ap bon pou nou si n ta toujou ap reflechi ak erè yo fè. Si n ta fè sa, nou t ap pèdi jwa nou nan sèvis Jewova a. Sa k pi mal la, lafwa n t ap vin fèb e n t ap kite òganizasyon Jewova a. Konsa, nou t ap sispann sèvi Jewova e nou pa t ap gen espwa viv nan monn nouvo li pwomèt la. Kidonk, ki sa k kapab ede w kenbe jwa w nan sèvis Jewova a menm lè lòt moun aji yon fason ki deranje w? Toujou sonje pwomès ankourajan Bondye fè nou an: “Gade! m ap kreye yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo, e yo pap gen bagay konsa nan kè yo.” (Eza. 65:17; 2 Pyè 3:13.) Jewova ap ba w benediksyon sa yo si w ret fidèl avè l. w16.06 4:13, 14.

Samdi 8 septanm

Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova. — Det. 6:4.

Ekspresyon “yon sèl” ki parèt nan “yon sèl Jewova” a vle di objektif li yo ak aksyon l yo pa janm chanje. Jewova pa gen de lide. Li toujou fidèl, li pa chanje, moun ka fè l konfyans e l toujou kenbe pawòl li. Li te pwomèt Abraram desandan l yo t ap gen pou yo viv nan peyi li te pwomèt la. E Jewova te fè anpil gwo mirak pou l kenbe pwomès sa a. Objektif Jewova pa t chanje menm lè 430 an te pase apre l te fin fè pwomès sa a (Jen. 12:1, 2, 7; Egz. 12:40, 41). Plizyè santèn ane annapre, Jewova te fè Izrayelit yo konnen yo se temwen l e l te di yo: “Mwen se menm Moun nan. Anvan m, pa t gen okenn dye ki te fèt, e apre m, pa menm gen youn.” Anplis de sa, pou Jewova te montre byen klè jan objektif li pa janm chanje, li te di: “Mwen toujou menm Moun nan.” (Eza. 43:10, 13; 44:6; 48:12). Se pa ti bèl privilèj Izrayelit yo te genyen pou yo te sèvi yon Dye ki pa janm chanje e ki toujou fidèl! Nou gen menm privilèj la jodi a. — Mal. 3:6; Jak 1:17. w16.06 3:6, 7.

Dimanch 9 septanm

Kontinye veye, rete je klè, paske nou pa konnen ki lè tan ki fikse a ap rive. — Mak 13:33.

Jodi a, pifò gouvènman yo met sòlda veye fwontyè peyi yo e yo gen sistèm sekirite dènye modèl sou fwontyè yo. Gouvènman sa yo ap veye tout moun oswa tout bagay ki ka yon menas pou sekirite peyi yo. Men, yo pa rann yo kont gen yon gouvènman nan syèl la Jezi Kris ap dirije ki gen plis pouvwa lontan pase yo. Talè konsa, gouvènman sa a pral fè lagè ak tout gouvènman ki sou tè a (Eza. 9:6, 7, nòt; 56:10; Dàn. 2:44). Nou pa ka tann ki lè pou jou sa a rive e nou vle pare pou li. Se sa k fè nou bay pwofesi ki nan Bib la anpil enpòtans e nou kontinye sèvi Jewova fidèlman (Sòm 130:6). Tank nou vin pi pre lafen an, se tank li vin pi difisil pou n ret je klè. Ala tris sa t ap tris si n pa ta kontinye veye! w16.07 2:2, 9, 10.

Lendi 10 septanm

Favè san parèy [Bondye] te fè m nan pa t pou granmesi. — 1 Kor. 15:10.

Pòl te konnen byen klè li pa t fè anyen pou l te merite gwo mizèrikòd Bondye te fè l la. Paske li te yon moun ki te konn pèsekite kretyen yo. Men sa Pòl te ekri Timote lè l te prèske rive nan fen lavi l: “Mwen gen Kris Jezi, Seyè nou an, rekonesans, li menm ki ban m pisans, paske li chwazi m pou sèvis li poutèt li wè m fidèl.” (1 Tim. 1:12-14). De ki sèvis Pòl t ap pale la a? Men sa Pòl te di ansyen nan kongregasyon Efèz yo: “Mwen pa bay lavi m okenn enpòtans, depi m rive fini kous mwen ak sèvis Seyè Jezi ban mwen an, sètadi pou m bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a.” (Tra. 20:24). Pòl te preche avèk zèl e l kite yon bèl egzanp pou kretyen yo jodi a. Li te montre favè san parèy Bondye a pa t “pou granmesi” nan ka pa l, oubyen li pa t mal itilize l. w16.07 4:1-3.

Madi 11 septanm

M ap tann [...] avèk pasyans. — Miche 7:7.

Menmsi Jewova pèmèt sitiyasyon nou ladan l lan kontinye, l ap toujou ede nou. Jewova te pwomèt Abraram l ap vin gen yon pitit gason, men l te bezwen tann anpil ane anvan Izarak fèt. Pandan tan sa a, Abraram te gen pasyans e l pa t janm pèdi lafwa nan Jewova (Jen. 15:3, 4; 21:5; Ebre 6:12-15). Se vre, li pa fasil pou n tann (Pwo. 13:12). Men, si n kontinye reflechi sou sitiyasyon nou e sou sa n ap tann ki pa reyalize, n ap dekouraje anpil. Olye de sa, nou ta ka itilize tan sa a pou n amelyore kalite n ap bezwen genyen pou responsablite nou ka vin gen nan kongregasyon an. Lè w li Labib e w medite sou sa w li a, ou ka aprann vin gen sajès, ou ka aprann panse ak rezone yon fason ki klè, epi pran bon desizyon. Chak jou ki pase, nou ka sèvi ak sa n aprann yo pou n pran desizyon k ap fè Jewova plezi. N ap aprann konn ki jan pou n boule ak lòt moun, ki jan pou n jere lajan, e ki jan pou n chwazi detant n ap pran ak rad n ap mete. w16.08 3:9-11.

Mèkredi 12 septanm

Se Bondye ki fòtifye nou. — Flp. 2:13.

Jewova te ede pèp li a pot laviktwa sou moun Amalèk yo ak moun Etyopi yo, e li te bay Neyemi ansanm ak Juif yo fòs pou yo fin rebati miray Jerizalèm nan. Menm jan an tou, Bondye ap ban nou fòs pou n kontinye nan travay predikasyon an malgre tètchaje nou genyen, malgre nou jwenn opozisyon e nou rankontre moun ki pa twò enterese nan mesaj la (1 Pyè 5:10). Jewova pap fè mirak pou l retire pwoblèm nou yo. Olye de sa, nou dwe fè efò pa nou. Ki jan n ka fè sa? Nou dwe li Pawòl Bondye a chak jou, prepare reyinyon yo chak semèn epi asiste yo, kontinye fè etid pèsonèl ak adorasyon an fanmi, epi konte sou Jewova lè n priye l. Pa janm kite anyen anpeche n wè dispozisyon Jewova pran pou ban nou fòs e pou ankouraje nou. Si w santi men w vin fèb nan youn nan domèn sa yo, mande Bondye ede w. Apre sa, w ap wè jan lespri Bondye ap ‘fòtifye w, l ap ba w volonte e l ap ba w fòs pou w aji’. w16.09 1:12.

Jedi 13 septanm

Akoz imoralite seksyèl ki fin gaye, se pou chak gason gen pwòp madanm li, e se pou chak fi gen pwòp mari l. — 1 Kor. 7:2.

Se vre apot Pòl te ankouraje moun rete selibatè. Men, li te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an tou. Men sa Pòl te ajoute: “Si yo pa ka kontwole tèt yo, pito yo marye, paske li pi bon pou yon moun marye pase pou l kite anvi pote l ale.” Se sa k fè, yon moun ka deside marye pou l pa kite gwo dezi seksyèl li genyen fè l lage kò l nan mastibasyon oswa nan imoralite seksyèl. Sepandan, selibatè yo bezwen reflechi pou yo wè si yo gen ase laj pou yo marye. Pòl te di: “Si yon moun panse l ap aji yon fason ki pa kòrèk lè l rete san l pa marye e si l pa twò jèn, men sa k dwe fèt: Li mèt marye si se sa l vle. Li pa peche.” (1 Kor. 7:9, 36; 1 Tim. 4:1-3). Yo pa dwe ankouraje yon moun marye sèlman paske l gen gwo dezi seksyèl anpil moun genyen pandan yo jèn. Petèt moun sa a pa gen ase matirite pou l pran responsablite ki gen nan maryaj la. w16.08 1:17.

Vandredi 14 septanm

Nan tout domèn, nou rekòmande tèt nou kòm sèvitè Bondye. — 2 Kor. 6:4.

Sa anpil moun panse de nou baze sou aparans nou (1 Sam. 16:7). Piske nou se sèvitè Bondye, nou pa dwe annik met bagay ki konfòtab oswa bagay nou renmen, nou bezwen fè plis pase sa. Lè n aplike prensip ki nan Bib la, sa dwe ede nou evite met rad ki sere, rad ki kale kò, oswa ki eveye dezi seksyèl lakay moun. Sa vle di nou dwe evite met rad ki pa kouvri pati entim nou oswa ki fè yo parèt. Pèsonn pa ta dwe santi yo jennen oswa yo oblije vire tèt yo lè yo wè fason nou abiye. Lè rad nou byen ranje, nou pwòp, aparans nou kòrèk e rad nou senp, moun yo ka vin gen plis respè pou nou, yo ka vin plis anvi konnen Bondye n ap adore a, yo ka vin gen plis respè pou òganizasyon nou an, e yo ka pi dispoze koute mesaj nou an k ap sove lavi moun. w16.09 3:5, 6.

Samdi 15 septanm

[Se] pou yo rezonab, pou yo montre yon dousè total anvè tout kalite moun. — Tit 3:2.

Lè w ap pale ak lòt moun sou kreyasyon an oswa sou Bib la, toudabò, chèche konnen nan ki sa yo kwè toutbon. Sonje gen moun ki kwè nan evolisyon e anmenmtan yo kwè Bondye egziste. Yo di Bondye te sèvi ak evolisyon pou l kreye tout sa ki gen vi ladan yo. Gen lòt moun ki kwè, wè pa wè, evolisyon se laverite paske yo anseye l nan lekòl. Epi, gen kèk moun ki sispann kwè nan Bondye paske relijyon desevwa yo. Se poutèt sa, toudabò, ou dwe mande moun nan nan ki sa l kwè ak rezon ki fè se sa l kwè. Epi, byen koute sa l ap di. Si w fè sa, li ka pi dispoze koute sa w ap di. Si yon moun di se paske w egare ki fè w kwè gen yon Kreyatè ou ka mande moun nan pou l esplike w ki jan l panse lavi te kòmanse. Ou ta ka di l si lavi te evolye, premye bagay ki te gen vi ladan l lan t ap bezwen gen kapasite pou l fè kopi tèt li. Gen yon pwofesè chimi ki di: “Yon moun ka sezi wè jan menm fòm lavi ki pi senp lan konplike anpil.” w16.09 4:12, 13.

Dimanch 16 septanm

Yo pa t aksepte bay yon ranson kèlkonk pou yo jwenn liberasyon, yon fason pou yo ka benefisye yon pi bon rezirèksyon. — Ebre 11:35.

Panse ak Nabòt ak Zakari. Yo te touye yo ak kout wòch paske yo te obeyi Bondye (1 Wa 21:3, 15; 2 Kwo. 24:20, 21). Yo te lage Dànyèl nan yon twou ki chaje ak lyon ki grangou, e yo te lage zanmi l yo nan yon gwo dife. Yo te pito mouri pase pou yo pa t ret fidèl ak Jewova. Mesye sa yo te gen lafwa Jewova t ap ba yo lespri sen l e l t ap ede yo andire soufrans sa yo (Dàn. 3:16-18, 20, 28; 6:13, 16, 21-23; Ebre 11:33, 34). Yo te pase anpil pwofèt, tankou Mikaya ak Jeremi, nan rizib, oubyen yo te mete yo nan prizon. Gen lòt pwofèt, tankou Eli, ki “te monte desann nan dezè, sou tèt mòn, [e ki] t al viv nan gwòt ak nan twou”. Tout pwofèt sa yo te andire anba eprèv e yo te ret fidèl ak Bondye paske yo t ap “tann sa [yo] espere a avèk asirans”. — Ebre 11:1, 36-38; 1 Wa 18:13; 22:24-27; Jer. 20:1, 2; 28:10, 11; 32:2. w16.10 3:10, 11.

Lendi 17 septanm

Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou. — Flp. 2:3.

Nou ka montre nou janti ak etranje yo lè nou salye yo ak kè kontan nan Sal Wayòm nan. Pafwa, lè imigran yo fèk rive nan yon peyi, yo konn santi yo timid e yo konn ret apa. Akoz kilti yo oswa ran sosyal yo, yo ka santi yo pi ba pase moun lòt ras oswa lòt peyi. Se sa k fè, se nou menm ki dwe salye yo an premye e nou dwe enterese nan yo avèk jantiyès ak tout kè nou. Si aplikasyon JW Language la disponib nan lang pa w, ou ka aprann fason pou w salye yo nan lang pa yo (Flp. 2:4). Ou ka pa fin santi w alèz pou w pale ak yon moun lòt kilti. Pou w lite kont tandans sa a, ou ka rakonte l yon bagay sou ou. Lè sa a, ou ka vin rann ou kont nou gen plis bagay ki fè nou sanble pase sa w te panse. Sonje chak kilti gen pwòp fòs li ak pwòp feblès li. w16.10 1:13, 14.

Madi 18 septanm

Yo rapòte gen imoralite seksyèl pami nou, e yon imoralite konsa pa menm egziste pami nasyon yo. — 1 Kor. 5:1.

Pawòl Bondye a di nou ki sa nou tout dwe fè pou n pa sitire mechanste nan kongregasyon an. Ann egzamine sa k te pase nan vil Korent. Pòl te renmen frè ak sè ki te nan vil sa a. Li te ede anpil nan yo aprann laverite (1 Kor. 1:1, 2). Donk, imajine jan l te santi l lè l te aprann gen youn ladan yo ki t ap mennen yon vi imoral nan domèn seksyèl epi frè yo te pèmèt moun sa a rete nan kongregasyon an! Pòl te di ansyen yo pou yo “lage yon moun konsa bay Satan”. Yo te dwe retire moun sa a nan kongregasyon an, sa vle di, yo te dwe eskominye l (1 Kor. 5:5-7, 12). Jodi a, ansyen yo kapab deside yon moun merite eskominye paske l fè yon peche grav e l pa repanti. Nan ka sa a, èske n ap trete moun ki eskominye a fason Ekriti yo mande pou n fè a? Si n fè sa, n ap ede kongregasyon an rete pwòp. Konsa, nou ka ede moun nan wè li bezwen repanti e li bezwen mande Jewova padon. w16.11 2:14.

Mèkredi 19 septanm

Si nou gen yon pawòl nou vle di pou nou ankouraje pèp la, nou mèt pale. — Tra. 13:15.

Nou kapab ede lòt moun lè n ankouraje yo. Men sa Rubén di: “Mwen fè plizyè ane ap lite ak yon seri santiman ki fè m kwè mwen pa vo anyen. Men, yon lè, pandan m t ap preche ak yon ansyen, li te rann li kont mwen pa anfòm. Li te pran san l pou l koute m toutpandan m t ap di l sa m santi. Apre sa, li te fè m sonje bon bagay mwen t ap fè. Li te fè m sonje pawòl Jezi yo tou ki fè konnen nou chak gen plis valè pase yon bann tikit. Mwen sonje vèsè sa a souvan, e li toujou touche kè m. Pawòl ansyen an te di m yo te vrèman ede m.” (Mat. 10:31). Bib la fè nou konnen youn bezwen ankouraje lòt regilyèman. Men sa apot Pòl te ekri kretyen ebre yo: “Se pou youn kontinye ankouraje lòt chak jou.” Pòl te esplike rezon an lè l te di: “Dekwa pou pouvwa peche genyen pou l twonpe moun pa fè okenn nan nou ap fè tèt di.” (Ebre 3:13). Fè yon ti reflechi sou jan w te santi w byen lè yon moun te ankouraje w. w16.11 1:2, 3.

Jedi 20 septanm

Gen yon seri mesye k ap [...] pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo. — Tra. 20:30.

Nan ane 313 apre Kris, anperè Konstanten ki t ap dirije anpi women an, yon anpi kote moun yo pa t ap adore Bondye, te fè relijyon kretyen ki te aposta a vin yon relijyon ofisyèl. Apre sa, Konstanten te fè yon gwo reyinyon ak chèf relijye yo nan vil Nise. Apre reyinyon an, anperè a te voye yon prèt ki rele Ariyis ann egzil paske l te refize kwè Jezi se Bondye. Annapre, Teyodòz te vin anperè Wòm, epi Legliz katolik te vin tounen relijyon ofisyèl anpi women an. Istoryen yo fè konnen, nan epòk anperè Teyodòz, Wòm ki te yon anpi ki pa t ap sèvi Bondye te vin swadizan kretyen. Men, alaverite, nan epòk sa a, kretyen ki te vin aposta yo te aksepte ansèyman nasyon ki pa t ap adore Bondye yo, konsa yo te deja vin fè pati Gran Babilòn nan. Sepandan, te toujou gen kèk kretyen fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl ki te la. Yo te tankou ble Jezi te pale de li a. Moun fidèl sa yo t ap fè tout sa yo kapab pou yo adore Bondye. — Mat. 13:24, 25, 37-39. w16.11 4:8, 9.

Vandredi 21 septanm

Lage tout tètchaje nou genyen sou [Jewova], paske li gen sousi pou nou. — 1 Pyè 5:7.

Jodi a, Satan ap “sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun”. (1 Pyè 5:8; Rev. 12:17.) Sa fè lavi a gen anpil strès, e menm sèvitè Bondye yo gen tètchaje. Sèvitè Bondye nan tan lontan yo te jwenn kèk sitiyasyon ki te ba yo tètchaje tou. Pa egzanp, Bib la fè konnen wa David te konn gen tètchaje (Sòm 13:2). Epi, apot Pòl te gen “enkyetid [...] pou tout kongregasyon yo”. (2 Kor. 11:28.) Men, ki sa nou kapab fè lè enkyetid anvayi nou? Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou anpil te ede sèvitè l yo nan tan lontan pou yo jwenn soulajman anba tètchaje yo genyen, e l vle fè menm bagay la pou nou tou jodi a. Ki jan w ka jwenn èd? Lè w: 1) priye, 2) lè w li Pawòl Bondye a epi w medite sou li, 3) lè w kite lespri sen Jewova ede w, e 4) lè w pale sou jan w santi w ak yon moun ou fè konfyans. w16.12 3:1, 2.

Samdi 22 septanm

Alafen bagay sa yo pote lanmò. — Wom. 6:21.

Nan premye syèk la, gen kèk moun nan vil Korent lan ki te konn vòlè, ki te omoseksyèl, ki te konn fè adiltè, ki te konn adore zidòl e ki te bwasonyè, e yo te vin aprann konnen Jewova, yo te vin renmen l, e yo te chanje. Yo te vin wont sa yo te konn fè yo (Wom. 6:21; 1 Kor. 6:9-11). Kretyen ki te nan vil Wòm yo te bezwen fè menm chanjman sa yo tou. Men sa Pòl te di yo: “Pa kontinye prezante kò nou bay peche kòm zam k ap sèvi pou fè sa ki pa jis. Men, prezante nou bay Bondye antanke moun vivan ki sot pami mò yo, e prezante kò nou tou bay Bondye kòm zam k ap sèvi pou fè sa ki jis.” (Wom. 6:13). Pòl te gen konfyans yo te kapab fè sa ki dwat pou yo ka kontinye gen favè san parèy Bondye a. w16.12 1:13.

Dimanch 23 septanm

Mete konfyans ou nan Jewova. — Sòm 37:3.

Jewova te kreye lèzòm ak kapasite ki estrawòdinè. Li ban nou kapasite pou n rezoud pwoblèm nou genyen e pou n planifye avni nou (Pwo. 2:11). Li kreye nou ak yon konsyans, kapasite nou genyen ki pèmèt nou konnen sa ki byen ak sa ki mal, ki kapab ede n evite fè sa ki mal epi korije erè nou fè (Wom. 2:15). Jewova sèvi ak Pawòl li pou l ankouraje nou sèvi ak kapasite nou genyen pou n fè sa ki byen. Men sa nou li nan Liv ki te ekri ann ebre yo: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li”, epi “tout sa w jwenn fè ak men w, fè l ak tout fòs ou”. (Pwo. 21:5; Ekl. 9:10.) Men sa nou li nan Liv ki te ekri an grèk yo: “Toutotan nou gen okazyon pou sa, annou fè byen ak tout moun”, epi “se pou chak moun itilize don l resevwa a pou l sèvi lòt moun”. (Gal. 6:10; 1 Pyè 4:10.) Li klè, Jewova vle nou fè sa nou kapab pou byen nou e pou byen lòt moun. w17.01 1:1, 2.

Lendi 24 septanm

Bagay sa yo ki te rive yo a se egzanp yo ye pou nou menm fen sistèm yo rive sou nou an e yo te ekri yo pou sèvi nou avètisman. — 1 Kor. 10:11.

Desandan Adan ak Èv yo te eritye enpèfeksyon ak lanmò akoz Adan ak Èv te dezobeyi Bondye. Men, yo te toujou gen posiblite pou yo sèvi ak libète yo genyen pou yo deside a. Sa parèt klè nan fason Bondye te boule ak nasyon Izrayèl la. Pa mwayen Moyiz, sèvitè l, Jewova te pèmèt pèp la chwazi aksepte oswa rejte privilèj yo genyen pou yo vin byen espesyal Li a (Egz. 19:3-6). Ki jan yo te reyaji? Yo te chwazi fè sa Bondye mande yon fason pou yo ka vin pèp ki pote non l, e yo te reponn ansanm: “Nou dakò fè tout sa Jewova di nou fè.” (Egz. 19:8). Malerezman, tank tan t ap pase, nasyon an te mal sèvi ak libète yo genyen pou yo chwazi a e yo pa t kenbe pwomès yo te fè a. Annou koute avètisman nou jwenn nan egzanp sa a epi annou toujou bay libète nou genyen pou n deside a anpil valè lè n kontinye ret pwòch ak Jewova e lè n obeyi lwa l yo ki jis. w17.01 2:9.

Madi 25 septanm

Mache avèk Bondye w la, e [...] fè sa avèk imilite. — Miche 6:8.

Yon lè, sou rèy wa Jewobowam, Jewova te voye yon pwofèt ki sot Jida vin bay wa Izrayèl la, ki te yon aposta, yon mesaj kondanasyon. Pwofèt sa a ki te gen imilite te bay mesaj Bondye te voye l bay la fidèlman, e Jewova te pwoteje sèvitè l la kont kòlè Jewobowam ki te vyolan (1 Wa 13:1-10). Pandan pwofèt la nan wout pou l al lakay li, sanzatann, li te rankontre ak yon granmoun gason ki te sot toupre Betèl. Mesye a te di li se yon pwofèt Jewova. Li te twonpe jèn gason an e l te fè l dezobeyi enstriksyon byen klè Jewova te ba li pou l ‘pa manje pen ni bwè dlo ann Izrayèl’ e pou l ‘pa retounen nan menm wout li vini an’. Sa pa t fè Jewova plezi. Pi ta, pandan pwofèt Jewova a sou wout pou l al lakay li, gen yon lyon ki vin kwaze l sou wout la e lyon an touye l (1 Wa 13:11-24). Poukisa pwofèt sa a ki te konn limit li yon lè vin pran dwa ki pa pou li epi l koute granmoun ki te twonpe l la? Bib la pa di anyen sou sa. Men, sanble li pa t sonje ditou li te dwe ‘mache avèk Bondye avèk imilite’. w17.01 4:1-3.

Mèkredi 26 septanm

Mwen fin pale, e m ap fè sa m di a rive. Mwen te deside l, e m ap fè l. — Eza. 46:11.

Premye pawòl nou jwenn nan Bib la kòmanse ak yon deklarasyon ki senp men ki pwofon, men sa l di: “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” (Jen. 1:1). An reyalite, se yon ti konesans toupiti nou genyen sou pakèt bagay Bondye kreye yo, tankou lespas, limyè ak pezantè, e se sèlman yon ti pati nan linivè nou rive wè (Ekl. 3:11). Epoutan, Jewova fè nou konnen objektif li gen pou tè a ak lèzòm. Tè a te dwe yon kote pafè pou gason ak fi Bondye te kreye pòtre avè l yo viv (Jen. 1:26). Yo t ap pitit Jewova, e Jewova t ap Papa yo. Jan Jenèz chapit 3 esplike sa, te gen yon bagay ki te vin kontrarye objektif Jewova (Jen. 3:1-7). Men, se pa t yon pwoblèm Jewova pa t ap kapab rezoud. Pèsonn pa ka anpeche Jewova reyalize objektif li (Eza. 46:10; 55:11). Kidonk, nou mèt sèten Jewova pral reyalize objektif li te gen okòmansman an egzakteman nan lè l dwe reyalize a! w17.02 1:1, 2.

Jedi 27 septanm

Kote Sila a ki te met lespri sen l sou Moyiz la? — Eza. 63:11.

Piske lespri sen se yon fòs envizib, ki jan Izrayelit yo t ap ka wè Moyiz te gen lespri sen? Lespri sen te bay Moyiz kapasite pou l fè mirak e pou l fè Farawon konn non Bondye (Egz. 7:1-3). Mete sou sa, lespri sen te fè Moyiz vin gen yon seri bèl kalite tankou lanmou, imilite ak pasyans, sa ki te kalifye l pou l dirije Izrayelit yo. Li te klè, se Jewova ki te chwazi Moyiz pou dirije pèp Li a. Annapre, lespri sen Jewova te bay lòt gason li te chwazi pisans pou yo dirije pèp li a. “Jozye, pitit gason Noun nan, te gen anpil sajès.” (Det. 34:9). “Lespri Jewova [te] vin sou Jedeyon.” (Jij 6:34). Epi, “lespri Jewova te kòmanse aji sou David”. (1 Sam. 16:13.) Tout mesye sa yo te konte sou lespri Bondye pou ede yo, e lespri sa a te ba yo pisans pou yo fè yon seri gwo aksyon yo pa t ap ka fè ak pwòp fòs yo. — Joz. 11:16, 17; Jij 7:7, 22; 1 Sam. 17:37, 50. w17.02 3:3-5.

Vandredi 28 septanm

Sa pa vle di n ap domine sou lafwa nou, men nou se konpayon travay nou pou nou ka gen lajwa, paske se lafwa nou ki fè nou kanpe. — 2 Kor. 1:24.

Pòl te bay yon bèl egzanp anrapò ak respekte dwa frè l yo genyen pou yo sèvi ak libète yo genyen pou yo deside a. Jodi a, lè ansyen yo ap bay konsèy sou kesyon kote se chak moun ki dwe pran yon desizyon, yo dwe suiv modèl sa a. Yo kontan pataje enfòmasyon ki soti nan Bib la avèk lòt moun ki nan twoupo a. Menm lè sa a, ansyen yo veye pou yo kite chak frè ak sè pran pwòp desizyon yo. Se yon bagay ki lojik paske se moun ki pran desizyon an k ap responsab sa k rive. Men yon leson enpòtan: Nou kapab montre n enterese nan ede lòt moun e nou ka atire atansyon yo sou prensip oswa konsèy ki baze sou Bib la. Aktout sa, yo gen dwa ak responsablite pou yo pran pwòp desizyon yo. Lè yo fè sa avèk sajès, yo jwenn byenfè. Sa klè, nou dwe evite tout tandans pou n ta panse nou gen dwa pran desizyon pou lòt frè ak sè. w17.03 2:11.

Samdi 29 septanm

Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt devan yo. — Ebre 13:17.

Esklav la demontre yon lafwa estrawòdinè lè l fè tout sa l kapab pou l ankouraje moun preche bon nouvèl Wayòm nan e pou l simaye bon nouvèl sa a. Èske w fè pati lòt mouton yo k ap soutni moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo nan travay enpòtan sa a? Se pa ti kontan n ap kontan lè Jezi, Gid nou an, pral di nou: “Kèlkeswa sa nou te fè pou youn nan pi piti nan frè m sa yo, se pou mwen nou te fè l.” (Mat. 25:34-40). Lè Jezi te retounen nan syèl la, li pa t abandone disip li yo (Mat. 28:20). Li te wè jan lespri sen, zanj yo ak Pawòl Bondye a te ede l dirije disip yo lè l te sou tè a. Se sa k fè, li bay esklav fidèl la menm èd sa a. Antanke kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la, moun ki fè pati esklav sa a “kontinye suiv Ti Mouton an kèlkeswa kote l ale”. (Rev. 14:4.) Depi nou suiv direksyon yo ban nou, se Jezi n ap suiv. Talè konsa, li pral ‘mennen nou nan sous dlo lavi yo’ e n ap gen lavi ki pap janm fini an (Rev. 7:14-17). Ki chèf pami lèzòm ki ka fè yon pwomès konsa? w17.02 4:17-19.

Dimanch 30 septanm

Kite Jewova dirije wout ou. Met konfyans ou nan li e li menm l ap ede w. — Sòm 37:5.

Lè n jwenn pwoblèm ki parèt twòp pou nou, li ka fasil pou n wè enpòtans pou n konte sou Jewova. Men, ki sa n fè lè n jwenn ti pwoblèm chak jou nan lavi a? Èske n fè menm jan ak pifò moun lè n eseye rezoud pwoblèm sa yo fason pa nou? Oubyen, èske nou chèche konn prensip ki nan Bib la e nou eseye suiv prensip sa yo, yon fason pou n montre nou konte sou fason Jewova vle nou rezoud pwoblèm yo? Pa egzanp, pafwa, fanmi nou ka pa dakò nou asiste reyinyon yo oswa yon asanble. Ou mande Jewova pou l gide w e pou l ede w wè pi bon fason pou w jere sitiyasyon an. Oubyen, e si w pèdi travay ou e l difisil pou w jwenn yon lòt? Lè w ap pale ak yon patwon ki pral ba w travay, èske w ap toujou fè l konnen ou gen pou w asiste reyinyon ki fèt nan semèn nan regilyèman? Kèlkeswa pwoblèm nou ta genyen, l ap bon pou n obeyi pawòl ki nan tèks pou jounen an youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te di. w17.03 4:6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje