Oktòb
Lendi 1ye oktòb
Li bay moun ki gen lakrentif pou li yo sa yo vle, li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd e li sove yo. — Sòm 145:19.
Jewova se “Bondye ki bay andirans ak konsolasyon an”. (Wom. 15:5.) Li se sèl moun ki konprann sitiyasyon nou, santiman nou ak fason nou te leve. Donk, li konnen egzakteman ki sa n bezwen pou n andire. Ki fason Bondye reponn priyè nou fè pou n mande l fòs pou n andire? Lè n mande Jewova pou l ede n andire, li pwomèt nou l ap “ouvri yon chemen” pou nou (1 Kor. 10:13). Ki fason l fè sa? Pafwa, li ka retire eprèv la. Men, nan pifò ka, l ap ban nou fòs yon fason pou n “andire nèt e pou nou pran pasyans ak kè kontan”. (Kol. 1:11.) Epi, etandone Jewova konn limit fizik nou, limit moral nou ak emosyon nou trè byen, li pap janm kite yon sitiyasyon vin tèlman difisil pou sa ta anpeche n ret fidèl. w16.04 2:5, 6.
Madi 2 oktòb
Ebyen, bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye. — Mat. 22:21.
Bib la aprann nou nou dwe obeyi gouvènman lèzòm yo, men tou, li fè n konnen nou dwe toujou obeyi Bondye (Tra. 5:29; Tit 3:1). Ki jan sa fè posib? Jezi te esplike prensip sa a lè l te di pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Nou bay “Seza sa k pou Seza” lè n obeyi lwa gouvènman yo bay, lè n montre respè pou reprezantan gouvènman yo e lè n peye taks (Wom. 13:7). Sepandan, si gouvènman an mande n fè yon bagay Bondye pa vle n fè, n ap refize fè l, men, n ap toujou fè sa avèk respè. Nou pa antre nan zafè politik monn sa a (Eza. 2:4). Piske se Jewova ki pèmèt gouvènman lèzòm yo dirije, nou pa opoze ak yo. Anplis de sa, nou pa patisipe nan okenn aktivite patriyotik oswa nasyonalis (Wom. 13:1, 2). Nou pa eseye chanje gouvènman yo, nou pa eseye enfliyanse politisyen yo, nou pa al vote nan eleksyon ni nou pa nan fè politik. w16.04 4:1, 2.
Mèkredi 3 oktòb
Konsidere l menm jan ak yon moun ki nan nasyon yo. — Mat. 18:17.
De kretyen kapab rezoud pifò pwoblèm yo gen antre yo an prive e yo dwe fè sa. Sepandan, pafwa, sa konn pa posib. Selon Matye 18:15-17, gen kèk sitiyasyon ki ka mande pou lòt moun ede yo. “Peche” Jezi pale de li nan vèsè a pa yon senp dezakò ant de kretyen. Ki jan n fè konn sa? Se paske Jezi te di si moun ki peche a pa vle repanti apre l fin pale ak frè l la, ak temwen yo ansanm ak frè ki responsab yo, yo ta dwe konsidere l “menm jan ak yon moun ki nan nasyon yo, menm jan ak yon pèseptè”. Jodi a, pawòl sa yo vle di yo ta dwe eskominye l. “Peche” y ap pale nan vèsè sa yo kapab bagay tankou fwod oswa tripotay. w16.05 1:14.
Jedi 4 oktòb
Kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye. — Efe. 5:17.
Bib la pa bay yon seri règ sou chak sitiyasyon nou ka rankontre nan lavi a. Pa egzanp, nou pa gen yon enstriksyon byen klè nan Bib la sou kalite rad nou dwe mete. Sa montre jan Jewova gen sajès. Menmsi avèk letan mòd ap plede chanje e moun toupatou sou tè a met divès kalite rad, Bib la pa janm pase mòd. Mete sou sa, Bib la pa gen yon pakèt règ ki fè konnen ki kalite travay pou n fè, oubyen ki kalite divètisman pou n pran oswa ki sa n dwe fè pou n ret an bon sante. Lè Bib la pa di egzakteman ki sa n dwe fè, ki jan n ka rive pran bon desizyon? Olye n fè sa nou vle, nou dwe reflechi seryezman sou sitiyasyon nou, epi pran desizyon k ap fè Jewova plezi. Lè sa a, n ap gen asirans l ap ede n jwenn bon rezilta. — Sòm 37:5. w16.05 3:2, 6.
Vandredi 5 oktòb
Se pa kòm pawòl lèzòm nou te aksepte l, men, nou te aksepte l pou sa li ye vrèman, kòm pawòl Bondye. — 1 Tes. 2:13.
Nòmalman, nou chak gen yon pati nou pi renmen nan Bib la. Gen moun ki renmen levanjil yo paske yo montre bèl pèsonalite Jewova genyen grasa egzanp Jezi bay (Jan 14:9). Gen lòt moun ki renmen liv ki pale de pwofesi yo tankou liv Revelasyon an ki montre “bagay ki gen pou rive talè konsa”. (Rev. 1:1.) Gen moun ki jwenn anpil soulajman lè yo li Sòm yo, e gen lòt moun ki renmen li bon konsèy ki nan liv Pwovèb yo. Li klè, Bib la se yon liv k ap itil tout moun. Piske nou renmen Bib la, nou renmen piblikasyon nou yo tou ki baze sou Pawòl Bondye a. Tout liv, bwochi, peryodik ak lòt piblikasyon nou resevwa yo se kado Jewova ban nou. Yo ede n ret pwòch li e yo ede n gen yon lafwa ki solid. — Tit 2:2. w16.05 5:1-3.
Samdi 6 oktòb
Fwi lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bonte, byenveyans, lafwa, dousè, metriz. Pa gen lwa ki kont bagay sa yo. — Gal. 5:22, 23.
Lespri sen kapab ban nou fòm plizyè fason. Pa egzanp, li ka ede n aprann imite Jezi, epi demontre plizyè kalite nan fwi lespri. Lanmou se yon kalite nan fwi lespri a. Nou renmen Bondye, nou vle obeyi l e nou vle l ban nou fòm paske n konnen kòmandman l yo se pou byen nou. Mete sou sa, lespri sen ka ban nou fòs pou n pa kite monn mechan sa a ban nou fòm (Efe. 2:2). Lè apot Pòl te jèn, chèf relijye Juif yo ki te gen ògèy te gen enfliyans sou li. Men, lespri sen te ede l chanje. Men sa l te ekri pi devan: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” (Fil. 4:13). Nou menm tou, nou bezwen mande Jewova lespri sen l piske n konnen Jewova ap reponn priyè nou fè ak tout kè nou. — Sòm 10:17. w16.06 1:12.
Dimanch 7 oktòb
Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa [ak] onè. — Rev. 4:11.
Se Jewova sèl ki Bondye nou. Se sèlman avè l nou atache e se li menm sèl nou adore. Nou pa ka adore okenn lòt dye ni nou pa ka vin ak okenn fo ide oswa move pratik nan adorasyon n ap bay Jewova a. Jewova pa tankou yon senp dye ki anlè lòt dye yo oswa ki gen plis fòs pase yo. Se li menm ki vrè Dye a. Se Jewova sèl nou dwe adore. Jewova dwe gen premye plas nan lavi nou. Si nou vle ret atache avè l sèlman, nou dwe veye pou okenn lòt bagay pa pran plas li nan lavi nou. Ki bagay konsa? Nan Dis kòmandman yo, Jewova te fè konnen pèp la pa dwe adore lòt dye. Yo pa t dwe pratike okenn idolatri (Det. 5:6-10). Jodi a, idolatri parèt sou plizyè fòm e gen kèk nan yo ki difisil pou moun rekonèt. Sepandan, sa Jewova vle nou fè yo pa chanje. Li toujou “yon sèl Jewova”. — Mak 12:29. w16.06 3:10, 12.
Lendi 8 oktòb
Si nou padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. — Mat. 6:14.
Lè Pyè te mande Jezi si l ta dwe padone “jiska sèt fwa”, Jezi te di l: “M ap di w sa, se pa jiska sèt fwa, men, jiska 77 fwa.” Jezi anseye nou dwe toujou dispoze padone lòt moun (Mat. 6:14, 15; 18:21, 22). Nou dwe sonje tout moun konn fè erè, e ou menm tou ou kapab ofanse lòt moun. Se sa k fè, si w rann ou kont ou ofanse yon moun, suiv konsèy Bib la bay pou w rezoud pwoblèm nan. Mande moun nan pou l padone w, epi eseye fè lapè avè l (Mat. 5:23, 24). Nou renmen lè lòt moun padone nou. Se sa k fè nou dwe fè menm bagay la pou yo tou (1 Kor. 13:5; Kol. 3:13). Epi, si n padone lòt moun, Jewova ap padone nou tou. Kidonk, lè lòt moun fè erè, se pou nou fè yo mizèrikòd menm jan Jewova, Papa nou, fè nou mizèrikòd. — Sòm 103:12-14. w16.06 4:15, 17.
Madi 9 oktòb
Mwen pa wont anonse bon nouvèl la. Annefè, li se yon mwayen pisan Bondye sèvi pou l sove tout moun ki gen lafwa. — Wom. 1:16.
Nan tan lafen sa a, pèp Jewova a gen responsablite pou yo preche “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:14.) Bon nouvèl Wayòm nan se “bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a” li ye tou. Sa k fè sa? Tout benediksyon Wayòm Bondye a pral fè n jwenn yo pral posib grasa favè Jewova (Tra. 20:24; Efe. 1:3). Pòl te montre l gen rekonesans pou favè san parèy Jewova a lè l te chofe nan travay predikasyon an. Èske n ap imite egzanp Pòl (Wom. 1:14, 15)? Antanke pechè, nou benefisye favè san parèy Jewova a plizyè fason. Piske nou jwenn tout byenfè sa yo, nou gen responsablite pou n anseye lòt moun fason Jewova demontre lanmou e ki jan yo ka benefisye lanmou sa a. w16.07 4:4, 5.
Mèkredi 10 oktòb
Montre nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini. — Lik 12:40.
Yon ti tan anvan Jezi te mouri, pandan twa fwa, li te avèti disip li yo konsènan “chèf monn nan”. (Jan 12:31; 14:30; 16:11.) Dyab la sèvi ak fo relijyon pou l twonpe moun. Se sa k fè jodi a anpil moun pa bay pwofesi ki nan Bib la enpòtans, yon seri pwofesi ki montre byen klè fen monn sa a toupre (Sof. 1:14). Li klè, Satan “bouche lespri moun ki pa kwayan yo”. (2 Kor. 4:3-6). Se sa k fè, lè n eseye di moun yo fen monn sa a toupre e Kris ap dirije kounye a, anpil nan yo pa vle koute. Byenke anpil moun pa enterese nan pwofesi ki nan Bib la, nou pa dwe kite fason yo reyaji dekouraje nou. Nou konn rezon ki fè l enpòtan pou n kontinye veye. w16.07 2:11, 12.
Jedi 11 oktòb
Nou chak dwe renmen madanm nou menm jan nou renmen tèt nou. Madanm nan [...] dwe gen yon gwo respè pou mari l. — Efe. 5:33.
Lè lemarye a fèk wè bèl lamarye a jou maryaj yo, se pa ti kontan yo kontan! Jewova, Sila a ki kreye maryaj la, vle pou chak moun ki marye viv ak kè kontan e pou maryaj yo reyisi. Se sa k fè li bay yon seri konsèy ki saj nan Labib, Pawòl li a (Pwo. 18:22). Aktout sa, Bib la fè konnen moun enpafè ki marye yo ap gen pwoblèm oswa “tribilasyon nan lavi yo”. (1 Kor. 7:28.) Ki sa moun marye yo ka fè pou yo gen mwens pwoblèm nan maryaj yo? E ki jan kretyen yo ka travay pou maryaj yo reyisi? Bib la montre lanmou se yon kalite ki enpòtan. Men, gen divès kalite lanmou moun ki marye yo bezwen demontre nan maryaj yo. Pa egzanp, yo bezwen gen afeksyon ki sot nan fon kè yo youn pou lòt ak lanmou mari ak madanm gen youn pou lòt. E si yo gen timoun, li vin pi enpòtan toujou pou tout moun nan fanmi an renmen youn lòt. Men, se lanmou ki baze sou prensip ki fè yon maryaj reyisi toutbon. w16.08 2:1, 2.
Vandredi 12 oktòb
Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. — 1 Tim. 4:16.
Timote te deja gen anpil ane depi l ap preche. Donk, poukisa l te bezwen amelyore fason l t ap preche? Timote te konnen moun yo ak sitiyasyon yo konn chanje. Li te vle pou moun yo kontinye koute l, se sa k fè l te dwe kontinye amelyore oubyen chanje fason l anseye. Nou menm k ap preche jodi a, nou bezwen fè menm bagay la. Gen kèk zòn, nou rann nou kont anpil moun pa lakay yo lè n ap preche kay an kay. Gen lòt zòn, moun yo kapab lakay yo, men nou pa ka frape pòt kay yo, petèt paske nou pa ka antre nan bilding yo rete a. Si se konsa sa ye nan tèritwa pa w la, èske w ka eseye yon lòt metòd pou w kontakte moun yo? Gen anpil frè ak sè ki renmen patisipe nan temwayaj an piblik. Pa egzanp, y al nan estasyon tren, estasyon bis, nan makèt ak sou plas piblik pou yo jwenn moun pou yo pale. w16.08 3:14-16.
Samdi 13 oktòb
Se pou nou fòtifye men ki pandye yo ak jenou ki febli yo. — Ebre 12:12.
Jewova ban nou yon fanmi entènasyonal ki gen frè ak sè ki gen sousi pou nou e ki kapab ankouraje nou (Ebre 12:12, 13). Gen anpil kretyen nan premye syèk la ki te jwenn yon èd konsa nan men frè ak sè yo. Se menm bagay la tou jodi a. Ki sa n ka fè? Reflechi ak fason Arawon ak Ou te bay men Moyiz fòs lè yo te soutni men l lè Izrayelit yo t ap goumen ak moun Amalèk yo (Egz. 17:8-13). Nou ka chèche fason pou nou soutni lòt moun epi ede yo. Gen nan frè nou yo k ap soufri akoz vyeyès, pwoblèm sante, pèsekisyon yo jwenn nan fanmi yo, akoz yo santi yo poukont yo oswa yo gen yon moun pa yo ki mouri. Nou ka bay jèn yo fòs tou, paske se toutan yo anba presyon pou yo fè sa ki mal oswa pou yo chèche reyisi nan monn nan (1 Tes. 3:1-3; 5:11, 14). Chèche fason pou w montre w vrèman enterese ak lòt moun lè w nan Sal Wayòm nan, lè w ap preche, lè w ap manje ansanm ak yo oswa lè w ap pale nan telefòn. w16.09 1:13, 14.
Dimanch 14 oktòb
Fè tout bagay pou glwa Bondye. — 1 Kor. 10:31.
Se yon obligasyon nou genyen anvè Bondye nou an ki sen, anvè frè ak sè n yo ansanm ak moun ki nan tèritwa nou pou n abiye yon fason ki onore Jewova ak mesaj n ap preche a (Wom. 13:8-10). Sa nou met sou nou enpòtan sitou lè n pral nan reyinyon ak lè n ap preche. Antanke moun k ap adore Bondye, nou dwe abiye yon fason ki kòrèk (1 Tim. 2:10). Se vre, gen rad ki apwopriye pou yon okazyon, men, ki gendwa pa apwopriye pou yon lòt okazyon. Se sa k fè, kèlkeswa kote n ap viv, antanke Temwen Jewova, nou dwe evite choke lòt moun akoz fason nou abiye. Lè n al nan asanble ak nan kongrè, abiman nou dwe kòrèk e li dwe senp. Nou pa dwe imite stil abiman ki egzajere anpil moun genyen nan monn nan. Konsa, n ap santi n fyè pou n idantifye nou antanke Temwen Jewova, e n ap santi n pare pou n bay temwayaj kèlkeswa moman an. w16.09 3:7, 8.
Lendi 15 oktòb
Chak kay gen yon moun ki fè l, men, moun ki fè tout bagay se Bondye. — Ebre 3:4.
Natirèlman, se yon moun ki fè plan yon kay e ki bati l. Se sèten se yon moun ki te fè plan bagay ki gen vi ladan yo ki pi konplike lontan pase yon kay e ki te reyalize yo. Si yon moun gen dout sou Bib la, ki jan w ka rezone avè l? Toudabò, mande l nan ki sa l kwè epi, chèche konn sa k enterese l (Pwo. 18:13). Si l renmen lasyans, ba l egzanp nan Bib la ki montre lè Bib la ap pale de sijè syantifik, li toujou egzak. Si l renmen listwa, pale de yon evènman ki nan liv istwa yo, epi montre l fason Labib te anonse evènman sa a plizyè ane alavans. Gen lòt moun ki ka koute w si w montre yo yon bagay nan Bib la ki ka amelyore lavi yo, tankou konsèy nou jwenn nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan. Nou pa vle fè kont ak moun yo. Nou vle pou yo kontan aprann konn Bib la. Se sa k fè, se pou n poze yo kesyon avèk respè, epi byen koute repons y ap bay. Lè w ap fè yon moun konnen sa w kwè, se pou w janti, sitou si moun nan pi gran pase w. Si w respekte lòt moun, sa ka fè yo respekte w tou. w16.09 4:14-16.
Madi 16 oktòb
Se pou youn akeyi lòt. — Wom. 15:7.
Pou nou ka fè moun ki sot nan lòt peyi yo santi yo alèz nan kongregasyon an, mande tèt nou onètman: ‘Si m te nan yon peyi etranje, ki jan m t ap renmen yo boule avè m?’ (Mat. 7:12). Pran pasyans ak moun k ap chèche adapte yo nan yon lòt peyi. Okòmansman, nou ka pa fin byen konprann fason yo panse oswa fason yo reyaji. Men, olye nou atann pou yo panse oubyen aji menm jan ak moun nan kilti pa nou, li ta pi bon pou n aksepte yo jan yo ye a. Si n pran tan pou n aprann kèk bagay sou peyi yo ak kilti yo, li ka pi fasil pou n aprann konnen yo. Pandan adorasyon an fanmi an, nou ta ka fè kèk rechèch sou kilti imigran ki nan kongregasyon nou oswa nan tèritwa nou. Yon lòt fason pou n vin pi pwòch ak imigran yo se lè n envite yo vin manje lakay nou. Jewova “ouvri pòt pou nasyon yo pou yo ka vin gen lafwa”, donk, nou dwe imite Jewova, nou dwe ouvri pòt kay nou bay etranje “ki fanmi nou nan lafwa” yo. — Tra. 14:27; Gal. 6:10; Jòb 31:32. w16.10 1:15, 16.
Mèkredi 17 oktòb
Reflechi seryezman sou moun sa a ki te andire jan de pawòl sa yo pechè yo t ap di kont li. — Ebre 12:3.
Jezi Kris te andire anba eprèv ki te pi difisil la e l te ret fidèl ak Jewova. Ki sa k te ede l andire? Men sa Pòl te di: “Poutèt kè kontan ki te rezève pou li a, li andire anba lanmò sou yon poto soufrans, li meprize lawont, epi li chita adwat twòn Bondye a.” (Ebre 12:2). Epi, Pòl te ankouraje kretyen yo pou yo “reflechi seryezman sou” egzanp Jezi. Menm jan ak Jezi, anpil kretyen nan premye syèk la te pèdi lavi yo paske yo te fidèl ak Jewova. Youn ladan yo se te Antipas (Rev. 2:13). Kontrèman ak lòt sèvitè Bondye ki te la anvan yo ki gen esperans pou yo viv sou tè a, kretyen sa yo deja resevwa rekonpans yo (Ebre 11:35). Kèk tan apre Jezi te vin Wa an 1914, Bondye te resisite kèk kretyen li te chwazi pou yo gen lavi imòtèl nan syèl la, e yo pral dirije lèzòm ansanm ak Jezi. — Rev. 20:4. w16.10 3:12.
Jedi 18 oktòb
Se pou youn kontinye ankouraje lòt chak jou. — Ebre 3:13.
Gen paran ki pa ankouraje pitit yo paske paran pa yo pa t janm ankouraje yo. Granmoun bezwen ankourajman tou, men, byen souvan, yo pa jwenn li. Pa egzanp, gen anpil moun k ap plenyen yo pa janm jwenn moun felisite yo pou travay yo fè. Nou ka ankouraje lòt moun lè n felisite yo pou yon bagay yo te byen fè. Nou ka ankouraje lòt moun tou lè n fè yo konnen yo gen bèl kalite e lè n konsole yo lè yo tris oubyen lè yo dekouraje (1 Tes. 5:14). Piske nou ak frè ak sè n yo souvan, nou gen anpil okazyon pou n di yo kèk pawòl ankourajan (Ekl. 4:9, 10). Se sa k fè w bezwen mande tèt ou: ‘Èske m fè lòt moun konnen rezon ki fè yo gen valè pou mwen ak rezon ki fè m renmen yo? Èske m fè sa chak fwa sa posib?’ L ap bon pou n reflechi sou pawòl sa a Bib la di: “Lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon!” — Pwo. 15:23. w16.11 1:3-5.
Vandredi 19 oktòb
Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm! — Sòm 133:1.
Men sa Bondye te anonse konsènan pèp li a: “M ap fè yo gen inite nan mitan yo, y ap tankou mouton ki nan pak.” (Miche 2:12). Epitou, Jewova te anonse pèp li a t ap aprann verite ki nan Ekriti yo e yo t ap sèvi l nan tèt ansanm. Men sa l te di: “Lè sa a, m ap fè pèp yo pale yon lang ki pwòp, pou yo tout ka louwe non m, ki se Jewova, e pou yo sèvi m kòtakòt.” (Sof. 3:9). Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske nou kapab adore Jewova nan tèt ansanm! Sa klè, nan premye syèk la, lè kretyen yo te suiv enstriksyon ki nan Liv Bondye a, kongregasyon yo te pwòp, yo te anpè e yo te gen tèt ansanm (1 Kor. 1:10; Efe. 4:11-13; 1 Pyè 3:8). Jodi a, menm jan an tou, pèp Jewova a gen tèt ansanm, yo òganize, e yo preche bon nouvèl la toupatou sou tè a. w16.11 2:16, 18.
Samdi 20 oktòb
Nou se [...] “yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen, yon pèp ki vin yon byen espesyal, dekwa pou nou fè konnen kalite estrawòdinè” Sila a ki te rele nou sot nan fènwa a. — 1 Pyè 2:9.
Pandan kèk syèk apre Kris, gen anpil moun ki te ka toujou li Bib la an grèk oswa an laten. Moun sa yo te ka konpare ansèyman ki nan Pawòl Bondye a ak ansèyman legliz yo. Lè kèk moun te wè ansèyman legliz yo pa laverite, yo te rejte ansèyman sa yo. Men, sa te yon danje pou yo pataje opinyon yo ak lòt moun, paske yo te ka menm touye yo pou sa. Tank tan t ap pase, pa t gen anpil moun ki te pale grèk oswa laten. Mete sou sa, dirijan legliz yo pa t pèmèt yo tradui Pawòl Bondye a nan lang pifò moun pale. Yo te bay nenpòt moun ki pa t dakò ak ansèyman legliz yo gwo pinisyon. Gen kretyen fidèl Bondye te chwazi pou al nan syèl ki te oblije reyini an ti gwoup, e gen kèk ladan yo ki pa t ka reyini ditou. “Klas prèt k ap sèvi kòm wa” Bondye chwazi pou al nan syèl la pa t kapab òganize yo pou yo adore Bondye. Gran Babilòn nan te kontwole moun yo nèt! w16.11 4:8, 10, 11.
Dimanch 21 oktòb
Moun ki enjis yo pap benefisye Wayòm Bondye a. — 1 Kor. 6:9.
Nou dwe evite fè peche grav kèk nan moun ki t ap viv Korent yo te konn fè. Nou pa kapab kontinye ap fè bagay sa yo e anmenmtan pou n atann Bondye ap montre favè san parèy li a anvè nou e l ap padone nou. Bon, ki sa n ka di konsènan peche kèk moun ka konsidere kòm peche ki pa twò grav? Èske nou pran detèminasyon pou n fè tout sa n kapab pou n obeyi Jewova nan tout bagay (Wom. 6:14, 17)? Fè yon ti reflechi sou egzanp apot Pòl. Men sa l te ekri: “Mwen fèt nan lachè, yo vann mwen bay peche. Anfèt, mwen pa konprann sa m ap fè. Paske, sa m vle a, se pa li m pratike, men sa m rayi a, se li m fè.” (Wom. 7:14, 15). Byenke Pòl pa t ap pratike bagay yo site nan 1 Korentyen 6:9-11 yo, li te rekonèt li te toujou fè peche. Li te vle fè Jewova plezi, se sa k fè li te goumen pou l pa t fè sa ki mal (Wom. 7:21-23). Annou imite egzanp li e ann fè tout sa n kapab pou n obeyi Jewova. w16.12 1:15, 16.
Lendi 22 oktòb
Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. — Sòm 55:22.
Lè w gen enkyetid, Papa w ki nan syèl la ki renmen w vle w di l tout sa k nan fon kè w. Apre w fin fè tout sa w kapab pou w rezoud yon pwoblèm, l ap pi bon pou w priye Jewova ak tout kè w olye w kontinye ap enkyete w (Sòm 94:18, 19). Jan Filipyen 4:6, 7 montre sa, lè n pèsevere nan lapriyè e n fè sa ak tout kè nou, ki jan Jewova reponn priyè sa yo? Li ka ede n vin kalm e l ka ede n evite gen panse ak santiman negatif. Nan plas enkyetid ak laperèz nou yo, Bondye ede n gen pi gwo lapè lespri nou kapab genyen. Gen anpil nan frè ak sè n yo ki vin santi yo kalm konsa. Ou kapab fè eksperyans sa a tou. “Lapè Bondye” bay la kapab ede w venk kèlkeswa difikilte a! Ou kapab gen konfyans total nan pwomès Jewova fè nou an lè l di: “Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w.” — Eza. 41:10. w16.12 3:3, 4.
Madi 23 oktòb
Grasa lafwa Moyiz te genyen, li te refize yo rele l pitit gason pitit fi Farawon an lè l te vin gran. — Ebre 11:24.
Moyiz te vire do bay trezò peyi Ejip yo, “li te pito yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a, olye pou l te pran plezi pou yon ti tan nan peche”. (Ebre 11:25, 26.) Annou imite lafwa moun fidèl ki te viv nan tan lontan yo, tankou Moyiz, lè nou bay libète nou genyen pou n deside a anpil valè ak lè n sèvi ak libète sa a pou n fè volonte Bondye. Byenke l ka parèt pi fasil pou n mande yon lòt moun pran desizyon nan plas nou, si n ta fè sa, sa t ap anpeche n jwenn youn nan pi gwo benediksyon libète nou genyen pou n deside a bay. Bib la pale de benediksyon sa a nan Detewonòm 30:19, 20. Vèsè 19 la esplike ki chwa Bondye te met devan Izrayelit yo. Nan vèsè 20 an, nou aprann Jewova te ba yo yon bèl opòtinite pou yo montre l sa yo te gen nan kè yo. Nou menm tou, nou kapab chwazi adore Jewova. Pi gwo rezon nou genyen pou n sèvi ak libète Bondye ban nou pou n deside a se paske n vle demontre lanmou pou li e nou vle ba l onè ak glwa! w17.01 2:10, 11.
Mèkredi 24 oktòb
Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon, [...] epi aji avèk fidelite. — Sòm 37:3.
Jewova vle n byen sèvi ak kapasite nou genyen. Poukisa? Paske li renmen nou, e li konnen n ap gen kè kontan lè nou sèvi ak don nou genyen yo. Anmenmtan tou, Jewova konnen lèzòm gen limit. Nou pap janm ka elimine enpèfeksyon, peche ak lanmò poukont nou. Epitou, nou pap janm kapab gen kontwòl lòt moun, paske tout moun gen libète pou yo deside (1 Wa 8:46). E kèlkeswa kantite konesans oswa eksperyans nou genyen, n ap toujou tankou timoun devan Jewova (Eza. 55:9). Nan kèlkeswa sitiyasyon an, nou bezwen konte sou Jewova pou l gide nou, nou bezwen gen konfyans l ap soutni nou e l ap fè pou nou sa nou pa kapab fè pou tèt nou. Anmenmtan tou, nou dwe fè sa nou kapab lè nou aji pou n rezoud pwoblèm yo e pou n ede lòt moun. An rezime, nou bezwen ‘mete konfyans nou nan Jewova, nou bezwen fè sa ki bon’, epi n bezwen “aji avèk fidelite”. w17.01 1:2-4.
Jedi 25 oktòb
Travèse avè m, m ap ba w manje nan Jerizalèm. — 2 Sam. 19:33.
Bazilayi pa t aksepte envitasyon an. Poukisa? Piske l te granmoun anpil, li te di David li pa vle vin yon chay pou wa a. Se sa k fè Bazilayi te mande pou Kimam, ki te petèt youn nan pitit gason l yo, pran plas li (2 Sam. 19:31-37). Lefètke Bazilayi te konn limit li sa te ede l pran yon desizyon ki rezonab. Li pa t refize envitasyon David la poutèt li pa t santi l ka pran responsablite oswa paske l te vle mennen yon vi trankil pandan l ap pran retrèt li. Li te senpleman rekonèt sitiyasyon l te chanje, li te konn limit li, e l te aksepte sa. Li pa t vle aksepte plis responsablite pase sa l te ka fè nòmalman (Gal. 6:4, 5). Si nou konsantre sou pozisyon nou, renome nou oswa n ap chèche fè moun konn kiyès nou ye, sa ka lakòz nou vin egoyis, n ap fè konpetisyon, e alafen, nou ka vin desi (Gal. 5:26). Men, lè tout moun konn limit yo, sa ap ede yo konsantre tout kapasite yo ak efò yo nan chèche bay Bondye glwa ak nan chèche fè sa k pi bon an pou ede lòt moun. — 1 Kor. 10:31. w17.01 4:5, 6.
Vandredi 26 oktòb
Bondye gade tout sa l fè yo e li wè yo bon anpil. — Jen. 1:31.
Jewova se yon Kreyatè ki merite anpil respè. Tout sa l kreye san parèy (Jer. 10:12). Jan sa parèt byen klè nan kreyasyon an, avèk lanmou, Jewova fikse yon seri limit. Li tabli yon seri lwa natirèl ak yon seri lwa moral pou l asire l tout bagay byen ale youn ak lòt (Sòm 19:7-9). Se sa k fè, tout bagay nan linivè gen yon plas e yo fonksyone selon wòl yo genyen nan objektif Bondye. Jewova met yon seri lwa sou fason pou bagay li kreye yo fonksyone ansanm. Konsa, pezantè a fè atmosfè a ret kole ak tè a, li fè lanmè monte e li fè l desann, e li pèmèt gen lòd nan bagay yo, sa ki fè lavi posib sou tè a. Tout kreyasyon an, san wete lèzòm, ap fè mouvman e y ap fonksyone anndan limit sa yo. Li klè, lòd ki gen nan kreyasyon an montre Bondye gen yon objektif pou tè a ak lèzòm. Lè n ap patisipe nan travay predikasyon an, èske n pa ta ka atire atansyon moun yo sou Sila a ki fè gen tout lòd sa a? — Rev. 4:11. w17.02 1:4, 5.
Samdi 27 oktòb
Moyiz sa a Bondye te voye kòm chèf pèp la e kòm sovè pèp la. Pou l fè sa, li te sèvi ak zanj. — Tra. 7:35.
Apre epòk Moyiz la, “chèf lame Jewova a” te vin bay Jozye, ki te ranplase Moyiz, fòs pou l dirije pèp Bondye a nan batay kont Kananeyen yo (Joz. 5:13-15; 6:2, 21). Annapre, wa Ezekyas te gen pou l goumen ak kokenn lame asiryen an ki te vle anvayi Jerizalèm. Nan yon sèl nuit, “zanj Jewova a soti e li touye 185 000 gason”. (2 Wa 19:35.) Se vre zanj yo pafè, men, mesye yo t ap ede yo pa t pafè. Yon lè, Moyiz pa t onore Jewova (Nonb 20:12). Jozye te fè neglijans, li pa t chèche direksyon Bondye anvan l te fè alyans ak moun Gabawon yo (Joz. 9:14, 15). Pandan yon ti tan, Ezekyas “te vin gen ògèy nan kè l”. (2 Kwo. 32:25, 26.) Aktout sa, malgre enpèfeksyon mesye sa yo, Izrayelit yo te dwe suiv direksyon yo bay. Jewova te sèvi ak zanj li pou l ede mesye sa yo. Sa klè, se Jewova ki t ap gide pèp li a. w17.02 3:7-9.
Dimanch 28 oktòb
Benediksyon, onè, glwa ak pisans pou Sila a ki chita sou twòn nan e pou Ti Mouton an pou tout tan. — Rev. 5:13.
Onore yon moun vle di ba l yon atansyon espesyal epi respekte l. Li rezonab pou n atann yon moun ki merite yon atansyon ak yon respè konsa te fè yon bagay ki merite pou yo onore l oubyen moun sa a gen yon pozisyon espesyal. Se sa k fè nou ta dwe mande tèt nou: Kiyès nou dwe onore, e poukisa yo merite onè sa a? Jan Revelasyon 5:13 montre sa, se sèten “Sila a ki chita sou twòn nan e [...] Ti Mouton an” merite onè. Nan menm liv sa a, nan chapit 4 la, nou jwenn yon rezon ki fè Jewova merite onè. Kreyati espirityèl yo ki nan syèl la leve vwa yo pou yo bay Jewova louwanj, “Sila a k ap viv pou tout tan gen tan an”. Men sa yo deklare: “Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay, e se paske w te vle ki fè yo vin egziste, e ki fè w te kreye yo.” — Rev. 4:9-11. w17.03 1:1, 2.
Lendi 29 oktòb
Yon moun ki kwè nan tèt li se yon moun ki sòt. — Pwo. 28:26.
Men sa yon filozofi oswa yon pwovèb ki popilè di: Fè sa kè w di w. Men, sa ka yon danje lè yon moun fè sa. Epitou, nan yon sans, sa pa ann amoni ak sa Bib la di. Labib avèti nou pou n pa kite kè nou ki enpafè oswa santiman nou kontwole nou lè n ap pran desizyon. Mete sou sa, gen istwa nan Bib la ki montre move konsekans sa genyen lè yon moun fè sa kè l di l. Pwoblèm nan sèke, “kè” lèzòm ki enpafè “pi trèt pase tout lòt bagay, e li pa bon menm”. (Jer. 3:17; 13:10; 17:9; 1 Wa 11:9.) Kidonk, ki sa k ka rive n si n annik fè sa kè n di n epi n kite santiman nou kontwole panse nou ak aksyon nou? Pa egzanp, ki sa k ka rive si n pran desizyon lè n fache? Petèt nou konn repons lan si n te deja fè sa (Pwo. 14:17; 29:22). Oubyen, èske n ap kapab pran bonjan desizyon nan moman nou dekouraje (Nonb 32:6-12; Pwo. 24:10)? Li klè, santiman nou kapab twonpe nou byen fasil si n kite l domine nou lè n gen desizyon enpòtan pou n pran. w17.03 2:12, 13.
Madi 30 oktòb
M te mache devan w avèk fidelite e ak tout kè m. — 2 Wa 20:3.
Piske nou pa pafè, nou gen tandans fè erè. Men, erezman, Jewova pa trete nou “dapre peche nou fè”, depi nou repanti e depi nou pwoche bò kote l ak lafwa sou baz sakrifis ranson Jezi a, e nou fè sa avèk imilite (Sòm 103:10). Aktout sa, menm jan David te di Salomon, pou Jewova aksepte adorasyon n ap ba li chak jou a, nou dwe “sèvi l ak tout kè” nou (1 Kwo. 28:9). Pou yon moun sèvi Bondye “ak tout kè” l, sa mande pou l ret atache nèt ak Bondye jiska lafen. An jeneral, nan Bib la, mo “kè” a gen rapò ak sa yon moun ye pa anndan. Li gen ladan l dezi moun nan, panse l, dispozisyon l, atitid li, kapasite l, motivasyon l ak objektif li. Kidonk, yon moun k ap sèvi Jewova ak tout kè l pap jis adore Jewova pou lafòm. E nou menm? Si aktout nou enpafè nou kontinye ret atache ak Bondye san ipokrizi, ebyen n ap rive sèvi l ak tout kè n. — 2 Kwo. 19:9. w17.03 3:1, 3.
Mèkredi 31 oktòb
[Jewova] konnen moun ki gen imilite yo, men li rete byen lwen moun ki ògeye yo. — Sòm 138:6.
Si n fin reyalize yon bagay enpòtan, èske Jewova pa ta ka ‘kite n poukont nou pou l ka teste nou’, pou l pèmèt sa nou gen nan kè nou parèt aklè? Pa egzanp, yon frè kapab travay di pou l prepare yon diskou, epi li fè l devan yon pakèt moun. Anpil moun fè lwanj pou li pou sa l fè a. Ki jan l ap reyaji devan lwanj sa yo? Lè y ap fè lwanj pou nou, li bon pou n aplike pawòl Jezi yo ki di: “Lè nou fin fè tout bagay nou te gen pou nou fè, di tèt nou: ‘Nou se esklav ki pa vo anyen, nou fè sa n te dwe fè.’” (Lik 17:10). Nou kapab aprann anpil bagay nan istwa Ezekyas la. Ògèy Ezekyas te gen lakay li te parèt aklè lè l “pa t montre li apresye tout bon bagay Bondye te fè pou li yo”. (2 Kwo. 32:24-27, 31). Lè n medite sou tout bagay Bondye fè pou nou, sa ap ede n evite gen yon konpòtman Bondye rayi. Nou kapab pale yon fason ki montre nou gen Jewova rekonesans, li menm ki toujou ret fidèl ak pèp li a. w17.03 4:12-14.