Mas
Vandredi 1ye mas
Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou. — Flp. 2:3.
Èske gen yon moun nan kongregasyon w lan ki fè w fache? Okòmansman, ou ka gen santiman negatif pou moun sa a e santiman sa yo ka dire lontan si w pa fè anyen pou elimine yo. Pou n amelyore relasyon nou gen ak lòt moun, menm ak moun ki ènmi n, Bib la mande pou n montre n akeyan (Pwo. 25:21, 22). Lè n akeyi lòt moun, sa ka fè n vin alèz ak yo e sa redui santiman negatif. Sa ka fè n wè bèl aspè ki gen nan pèsonalite moun nan, yon seri aspè Jewova te wè lè l te atire moun sa a nan laverite (Jan 6:44). Si lanmou pouse n fè yon moun yon envitasyon san l pa t atann, se ka kòmansman yon gwo chanjman nan relasyon nou gen avè l. Ki jan w ka asire w se lanmou ki pouse w fè sa toutbon? Youn nan fason w ka fè sa se lè w suiv ankourajman ki nan tèks pou jounen an. Lè n chèche wè nan ki domèn frè n ak sè n yo siperyè nou, pa egzanp nan lafwa yo, andirans yo, lefètke yo gen kran, oswa nan lòt kalite yo genyen, sa ap fè n gen plis lanmou pou yo e sa ap ouvri pòt pou n byen akeyi yo e pou n fè yo santi yo byen. w18.03 17 § 18-19.
Samdi 2 mas
[Jewova] pa ta renmen pèsonn moun detwi. — 2 Pyè 3:9.
Youn nan pi gwo eprèv pou obeyisans kèk paran se kapab relasyon yo gen ak yon timoun ki eskominye. Ann pran egzanp yon manman ki te gen pitit fi l ki eskominye e ki te kite kay la. Men sa manman an admèt: “M te konn chèche kèk jwen nan piblikasyon nou yo yon fason pou m te ka pase tan ak pitit fi m nan ansanm ak pitit pitit fi m nan.” Men sa l ajoute: “Men, avèk jantiyès, mari m te ede m konprann nou pa responsab pitit nou an ankò e n pa dwe antre nan zafè l.” Kèk ane annapre, pitit fi a te reyentegre. Men sa manman an di: “Li gen anpil respè pou mari m avè m paske l konnen nou te obeyi Bondye.” Si w gen yon pitit ki eskominye, èske w ap “fè Jewova konfyans ak tout kè w, [e w pap] konte sou entèlijans ou”? (Pwo. 3:5, 6.) Kidonk, montre w gen lafwa nan disiplin ak direksyon Jewova bay. Antanke paran, kontinye fè sa menm lè l difisil pou w fè sa Jewova di. Wi, aji ann amoni ak disiplin Bondye bay, pa aji kont disiplin nan. w18.03 31 § 12-13.
Dimanch 3 mas
Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. — Mat. 28:19.
Bib la pa bay yon laj fiks pou yon moun batize. Mo grèk lè yo tradui l yo met “fè disip” pou li nan Matye 28:19 la gen sans anseye avèk entansyon pou fè elèv oswa disip. Yon disip se yon moun ki aprann ansèyman Jezi yo, ki konprann yo e ki detèmine pou l obeyi yo. Donk, objektif tout paran ki kretyen se ta dwe anseye pitit yo depi yo toupiti nan entansyon pou ede yo vin disip Kris ki batize. Nòmalman, yon tibebe pap kalifye pou l batize. Men, Bib la montre menm timoun piti yo ka aprann epi apresye verite ki nan Bib la. Pa egzanp, Timote te yon disip ki te aksepte laverite depi lè l te timoun. Timote te gen yon lafwa ki solid (2 Tim. 1:5; 3:14, 15). Lè Timote te rive nan fen adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li, li te gentan yon disip ki te ka jwenn privilèj espesyal nan kongregasyon an. — Tra. 16:1-3. w18.03 9 § 4-5.
Lendi 4 mas
Kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an. — Efe. 4:23.
Lè n te kòmanse sèvi Bondye, nou te fè yon gwo chanjman. Chanjman sa a te gen efè sou tout aspè nan lavi n. Epi, chanjman sa a potko fin fèt nèt lè n te batize. Piske nou enpafè, nou tout bezwen kontinye fè chanjman (Flp. 3:12, 13). Kit nou jèn kit nou granmoun, nou ka poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske m remake gen chanjman ki fèt lakay mwen ki montre m ap fè pwogrè pou m vin yon moun ki kite lespri m fikse sou bagay espirityèl? Èske m ap fè efò pou m vin gen menm pèsonalite ak Kris? Ki sa etadespri m ak konduit mwen pandan reyinyon yo montre sou pwofondè relasyon m gen ak Bondye? Ki sa konvèsasyon m yo montre konsènan dezi mwen genyen? Ki sa abitid m genyen pou m etidye, fason m abiye ak aparans mwen, oswa fason m reyaji lè m resevwa konsèy montre sou mwen? Ki jan m reyaji lè m jwenn tantasyon? Èske m fè pwogrè pou m kite bagay de baz yo pou m ka vin gen matirite e pou m ka fin grandi nèt antanke kretyen?’ (Efe. 4:13). Lè n reflechi sou repons nou bay pou kesyon sa yo sa ka ede n wè ki pwogrè nou fè nan domèn espirityèl. w18.02 24 § 4-5.
Madi 5 mas
Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la. — Sòm 144:15.
N ap viv nan yon epòk nan istwa lèzòm ki vrèman espesyal. Jan Bib la fè konn sa, Jewova ap rasanble “yon gwo foul moun [...] ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”. Moun ki rasanble yo vin tounen “yon gwo nasyon” ki gen plis pase uit milyon moun k ap bay “[Bondye] yon sèvis sakre lajounen kou lannuit” ak kè kontan (Rev. 7:9, 15; Eza. 60:22). Anvan sa, pa t janm gen tout moun sa yo ki gen lanmou pou Bondye ak pwochen yo. Sepandan, Pawòl Bondye enspire a te anonse tou nan epòk nou an, moun ki lwen Bondye yo t ap demontre yon vye kalite lanmou, anpalan de yon lanmou ki egoyis. Men sa apot Pòl te ekri: “Nan dènye jou yo [...] moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan [...], y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye.” (2 Tim. 3:1-4). Kalite lanmou ki egoyis sa a depaman ak lanmou kretyen yo genyen an, li opoze avè l. Vrèmanvre, yon lanmou konsa fè monn nan vin egoyis e l fè l “difisil pou moun sipòte”. w18.01 22 § 1-2.
Mèkredi 6 mas
Moun ki chèche Jewova ka konprann tout bagay. — Pwo. 28:5.
Konesans egzak Noye te genyen an te fè l gen lafwa ak sajès ki soti nan Bondye a, yon seri bagay ki te pwoteje l pou anyen mal pa t rive l, sitou nan domèn espirityèl. Pa egzanp, piske Noye t ap “mache avèk vrè Dye a”, li pa t mache oswa l pa t fè zanmi ak moun ki pa t gen respè pou Bondye. Li pa t kite demon ki te pran fòm kò moun yo twonpe l, yo menm sandout ki te konn sèvi ak kapasite estrawòdinè yo te genyen pou enpresyone moun ki pa t gen lafwa e ki te kwè nenpòt bagay. Petèt yo te menm rive fè moun adore yo (Jen. 6:1-4, 9). Epitou, Noye te konnen se lèzòm Bondye te di pou fè pitit pou yo ranpli tè a (Jen. 1:27, 28). Konsa, li dwe te konnen relasyon seksyèl ant fi ak espri ki pran fòm kò moun se yon bagay ki pa natirèl e ki pa bon. Se sèten l te vin wè sa lè relasyon sa yo te vin bay yon seri timoun ki pa nòmal. Rive yon lè, Bondye te avèti Noye li pral fè yon delij sou tè a. Lafwa Noye te genyen nan sa Bondye te di l la te pouse l konstwi yon lach, e konsa, li te sove moun lakay li. — Ebre 11:7. w18.02 9 § 8.
Jedi 7 mas
Se grasa favè san parèy Bondye a mwen vin sa m ye a. — 1 Kor. 15:10.
Si w fè yon peche grav, Jewova pare pou l ede w jwenn padon. Men, ou dwe aksepte èd li bay pa mwayen kongregasyon an (Pwo. 24:16; Jak 5:13-15). Pa pran tan pou w fè sa, avni etènèl ou depann de sa! Men, ann sipoze ou toujou santi konsyans ou ap kale w pou peche w te fè nan tan lontan yo menm lè sa gen anpil tan depi Jewova te padone yo. Nòmalman, apot Pòl te gen kèk moman kote l te konn santi l boulvèse akoz move fason l te konn aji. Men sa l te rekonèt: “Mwen se pi piti nan apot yo, e mwen pa merite pou yo rele m apot, paske mwen te konn pèsekite kongregasyon Bondye a.” (1 Kor. 15:9). Jewova te aksepte Pòl pou sa l te ye a, e l te atann pou Pòl wè tèt li konsa tou. Si w repanti pou peche w fè yo ak tout kè w e w konfese yo nèt, ou ka gen asirans Jewova ap fè w mizèrikòd. Kidonk, fè Jewova konfyans, epi aksepte mizèrikòd li! — Eza. 55:6, 7. w18.01 11 § 17-18.
Vandredi 8 mas
Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. — Jak 4:8.
Pou n vin zanmi Jewova sa mande pou n koute l e pou n pale avè l. Prensipal fason nou ka koute Jewova se lè n fè etid pèsonèl nan Bib la. Sa gen ladan l chèche gen konesans lè w li Pawòl Bondye a ansanm ak piblikasyon ki baze sou Bib la epi w medite sou yo. Pandan w ap fè sa, sonje etid ou fè nan Bib la pa tankou yon senp devwa lekòl. Ou pa dwe fè l kòmsi w ap chèche aprann kèk bagay pakè pou w al nan yon egzamen lekòl. Yon etid ki pwofitab tankou yon vwayaj kote w ka eksplore epi dekouvri nouvo aspè nan pèsonalite Jewova. Sa ap ede w pwoche bò kote Bondye, e konsa, l ap pwoche bò kote w. Òganizasyon Jewova a gen yon pakèt zouti k ap ede w gen yon bon pwogram etid. Pa egzanp, gid pou etid “Ki sa Labib anseye toutbonvre?” ki sou sit jw.org la ka ede w vin gen plis konviksyon nan sa w kwè yo. — Sòm 119:105. w17.12 25 § 8-9.
Samdi 9 mas
Yo pap fè okenn mal, ni okenn ravaj okenn kote sou mòn mwen an ki sakre. — Eza. 11:9.
N ap remake anbyans pezib sa a ki gen ant bèt yo ap rive fèt “paske, san mank, tè a pral plen konesans sou Jewova”. Etandone bèt yo pa ka aprann konnen Jewova, akonplisman pwofesi sa a nan domèn espirityèl gen rapò ak lèzòm (Eza. 11:6, 7). Gen anpil moun ki te fewòs menm jan ak lou, men, kounye a y ap viv anpè ak lòt moun. Ou ka li kèk nan eksperyans moun sa yo te fè nan ribrik ki rele “Labib chanje lavi moun” ki sou sit jw.org la. Moun ki te fewòs yon lè yo vin “abiye [yo] ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis ak vrè fidelite a mande”. (Efe. 4:23, 24.) Toutpandan moun yo ap aprann konn Bondye, yo wè jan l nesesè pou yo suiv prensip li yo. Konsa, sa pouse yo chanje kwayans yo, atitid yo ak konduit yo. Chanjman sa yo pa fasil, men, yo rive fè yo paske lespri Bondye ap ede moun ki vle fè volonte Bondye ak tout kè yo. w18.01 31 § 15-16.
Dimanch 10 mas
Chak moun [ap resisite] nan pozisyon pa l. — 1 Kor. 15:23.
Konsènan rezirèksyon moun ki pral viv nan syèl la, Bib la di chak moun k ap resisite ap leve “nan pozisyon pa l”. Nou kapab gen konfyans rezirèksyon moun ki pral viv sou tè a ap fèt nan lòd tou. Nou pa ka tann pou n wè jan sa pral fèt! Èske moun ki pa gen lontan depi yo mouri yo ap leve yon ti tan apre kòmansman Rèy mil an Kris la epi moun pa yo ki konnen yo pral akeyi yo? Èske gason fidèl ki t ap viv nan tan lontan ki te gen kapasite pou dirije yo ap leve anvan pou ede n òganize pèp Bondye a nan monn nouvo a? E konsènan moun ki pa t janm sèvi Jewova yo? Ki lè e ki kote y ap resisite? Gen anpil kesyon nou te ka poze. Men, franchman, èske l vrèman nesesè pou n ap bay tèt nou pwoblèm pou kesyon sa yo kounye a? Èske l pa pi bon pou n annik ret tann pou n wè ki jan Jewova pral jere bagay sa yo? Annatandan, nou ta dwe fè lafwa nou gen nan Jewova a vin pi solid, Li menm ki ban nou asirans pa mwayen Jezi moun mouri ki nan memwa L yo pral leve. — Jan 5:28, 29; 11:23. w17.12 12 § 20-21.
Lendi 11 mas
Nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou, jan sa dwe fèt nan Seyè a. Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, epi pa eksite sou yo. Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou nan tout bagay. — Kol. 3:18-20.
Pa gen dout nan sa, w ap dakò lè mari yo, madanm yo ak timoun yo aplike konsèy sa a Bondye te pouse Pòl ekri a, sa toujou pwofitab pou yo. Men konsèy Bib la bay mari yo: “Kontinye renmen madanm nou, epi pa eksite sou yo.” Yon mari ki gen lanmou ap onore madanm li lè l koute l pandan l ap di sa l panse ak lè l ba l asirans li bay sa l di a enpòtans (1 Pyè 3:7). Aktout li pa ka toujou fè sa madanm nan mande, byen souvan, li ka rive pran yon desizyon ki pi ekilibre lè l mande madanm li opinyon l (Pwo. 15:22). Yon mari ki gen lanmou eseye jwenn respè nan men madanm li lè l fè efò pou l genyen respè sa a olye l mande l sa. Li pi fasil pou yon mari ki renmen madanm li ak pitit li gen yon fanmi k ap sèvi Jewova ak kè kontan e pou l jwenn rekonpans lan w17.11 28 § 12; 29 § 15.
Madi 12 mas
Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj ak filozofi ak twonpri ki san valè [...] monn nan. — Kol. 2:8.
Apot Pòl te ekri lèt li te voye bay kretyen nan vil Kolòs yo petèt nan dènye moman li t ap pase nan prizon nan vil Wòm pou premye fwa, oswa ozanviwon ane 60-61 epòk nou an. Li te fè yo wè enpòtans pou yo chèche gen “konpreyansyon lespri Bondye bay” la (Kol. 1:9). Pi devan, Pòl te di: “Mwen di sa pou pèsonn pa twonpe nou ak rezònman y ap fè pou yo konvenk nou. Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj ak filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm, sou bagay monn nan baze sou yo, e ki pa baze sou Kris.” (Kol. 2:4, 8). Pòl te esplike rezon ki fè kèk ide ki popilè pa bon ak rezon ki fè panse monn nan genyen yo ka atire moun ki enpafè. Pa egzanp, li ka fè yon moun santi l gen sajès e l siperyè lòt moun. Objektif lèt la se te ede frè yo rejte panse monn nan ak move pratik yo. — Kol. 2:16, 17, 23. w17.11 20 § 1.
Mèkredi 13 mas
Si yon men w oswa yon pye w fè w peche, koupe l, voye l jete lwen w. — Mat. 18:8.
Ki sa yon kretyen dwe abandone si l vle kontinye jwenn mizèrikòd nan men Bondye? Li dwe pare pou l abandone menm sa ki gen anpil valè pou li si bagay sa a ka fè l tonbe nan peche (Mat. 18:9). Si kèk zanmi ap pouse w fè sa k pa fè Jewova plezi, èske w ap koupe kontak avèk yo? Si w ap fè efò pou w montre w ekilibre nan fason w ap sèvi ak bwason ki gen alkòl, èske w ap evite sitiyasyon ki ka fè w bwè depase limit? Si w ap goumen kont anvi w genyen pou w fè imoralite seksyèl, èske w ap evite kèlkeswa fim, sit Entènèt oswa aktivite ki ka fè move panse vin nan lespri w? Sonje sa, kèlkeswa sakrifis nou fè pou n ret fidèl ak Jewova vo lapenn. Pa gen anyen ki pi mal pase lè w santi Jewova kite w. Anmenmtan tou, pa gen anyen ki bay plis satisfaksyon pase lè w santi w benefisye “lanmou ki fidèl [Li] genyen an [ki] pap janm fini”. — Eza. 54:7, 8. w17.11 11 § 12.
Jedi 14 mas
Sa a se malediksyon k ap pase, [...] paske tout moun ki vòlè, yo pa pini yo. — Zak. 5:3.
Èske w te remake nan Zakari 5:4 Bib la di “malediksyon [...] ap antre nan kay moun ki vòlè a [...], l ap ret nan kay sa [a] e l ap boule [l]”? Pa gen okenn baryè oswa kadna ki ka anpeche jijman kondanasyon Jewova a reyalize. Li ka antre nan kèlkeswa kachèt la pou l revele peche ki fèt pami pèp Jewova a. Menmsi yon moun rive kache vòl li fè a pou otorite yo, patwon l, ansyen yo oswa paran l pa konnen, li pa ka kache Bondye sa, li menm ki bay asirans tout vòl gen pou ekspoze aklè (Ebre 4:13). Ala ankourajan sa ankourajan lè n frekante moun ki rann yo kont yo dwe onèt “nan tout bagay”. (Ebre 13:18.) Pou Jewova, kèlkeswa vòl la se yon peche. Nou konsidere se yon onè pou n respekte prensip moral wo nivo Jewova yo, pou n kenbe yon konduit ki pap sal non l nan okenn fason. Konsa, nou ka chape anba jijman Jewova pral fè kont moun ki chwazi vyole lwa l yo. w17.10 22 § 6-7.
Vandredi 15 mas
Fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a. — Efe. 4:3.
Nou fè tout sa n kapab pou n viv anpè ak frè n yo menm lè n santi yo te mal konprann nou oswa yo te trete n yon fason ki enjis (Wom. 12:17, 18). Yon eskiz ka ede w fè lapè ak yon moun ou te blese santiman l, men w dwe sensè. Lapè sitou enpòtan nan yon maryaj. Yon mari ak yon madanm pa ta dwe pran pòz youn renmen lòt lè yo devan moun alòske lè yo poukont yo, youn pa pale ak lòt, youn ap di lòt move pawòl oswa youn ap fè vyolans sou lòt. Mete sou sa, nou dwe dispoze padone ak tout kè n. Nou padone yon moun ki te blese santiman n lè n rejte rankin nou te gen kont li a. Pou n rive padone moun ak tout kè n, nou dwe kontwole panse nou yon fason pou n “pa note bagay mal” yo te fè n (1 Kor. 13:4, 5). Si n kontinye kenbe rankin nan kè n, nou riske kraze ni relasyon nou gen ak frè n ak sè n yo ni relasyon nou gen ak Jewova a pou toutan. — Mat. 6:14, 15. w17.10 10 § 14-15.
Samdi 16 mas
Lè sa a, n ap konnen se Jewova, Chèf lame yo, ki voye m kote nou. — Zak. 6:15.
Ki efè mesaj Zakari a te gen sou Juif yo nan epòk li a? Jewova te ba yo garanti y ap ka travay san pwoblèm e l ap pwoteje yo. Piske l te ba yo asirans tanp lan t ap rebati, sa dwe te pot espwa ak soulajman pou yo. Men, ki jan yon tikras moun konsa t ap ka reyalize kalite gwo travay sa a? Pawòl Zakari te di annapre yo te retire kèlkeswa laperèz oswa dout yo te ka genyen. Nonsèlman yo t ap jwenn èd nan men kèk moun fidèl tankou Èldayi, Tobija ak Jedaya, men tou, Bondye te fè konnen t ap gen anpil lòt moun ki t ap “vini [e ki t ap] patisipe nan bati tanp Jewova a”. Etandone Juif yo te gen konfyans Bondye t ap ede yo, yo te kòmanse aji byen vit, e yo te rekòmanse travay konstriksyon an malgre entèdiksyon wa peyi Pès la. Yon ti tan annapre, Jewova te elimine entèdiksyon ofisyèl la ki te tankou yon gwo mòn ki te anpeche yo travay, e konstriksyon tanp lan te fini nèt nan ane 515 anvan epòk nou an (Esd. 6:22; Zak. 4:6, 7). Sepandan, pawòl Jewova a pale de bagay ki pi gwo lontan ki gen pou fèt nan epòk nou an. w17.10 29 § 17.
Dimanch 17 mas
Mete kouraj sou ou, [...] epi fè travay la. — 1 Kwo. 28:20.
Salomon te gen responsablite pou l sipèvize youn nan pi gwo pwojè konstriksyon ki te ka genyen, se te konstriksyon tanp Jerizalèm lan. Tanp sa a te dwe “bèl anpil anpil pou moun nan tout peyi ka pale de li e pou yo ka di jan l bèl”. Sa k pi enpòtan an, se tanp lan ki t ap vin “kay Jewova, vrè Dye a”. Jewova te mande pou Salomon dirije pwojè sa a (1 Kwo. 22:1, 5, 9-11). Wa David te konnen Bondye t ap avèk Salomon, men, Salomon te “jèn e li [potko] gen eksperyans”. Èske l t ap gen kouraj pou l rive konstwi tanp lan? Kòm li te jèn e li te manke eksperyans, èske sa t ap fè l kraponnen? Pou Salomon te reyisi, li te bezwen mete kouraj sou li pou l fè travay la. Si Salomon pa t gen kouraj, laperèz te gendwa fè l pa fè anyen menm, e sa t ap pi rèd pase si l te echwe. Menm jan ak Salomon, nou bezwen èd Jewova pou n gen kouraj e pou n fin fè travay la. w17.09 28 § 1-2; 29 § 4-5.
Lendi 18 mas
Pawòl Bondye nou an la pou toutan. — Eza. 40:8.
Èske w ka imajine ki jan lavi w t ap ye si pa t gen Bib la? Ou pa t ap jwenn okenn konsèy ou ka fè konfyans pou w suiv nan lavi w chak jou. Ou pa t ap jwenn okenn repons ki satisfè w pou kesyon w konn poze sou Bondye, sou lavi ak lavni. E w pa t ap konn ki jan Jewova te konn aji ak lèzòm nan tan lontan. Erezman nou pa nan yon vye sitiyasyon konsa. Jewova ban nou Pawòl li a, Labib. E l bay garanti mesaj ki nan Bib la ap la pou toutan. Apot Pyè te site pawòl nou jwenn nan Ezayi 40:8 yo. Vèsè sa a pa fè referans dirèkteman ak Bib la jan n konnen l lan, men, pawòl enspire ki nan vèsè sa a gen rapò ak mesaj ki nan Bib la (1 Pyè 1:24, 25). Aktout sa pa t toujou fasil, pandan plizyè syèk, gen kèk moun ki gen kè sensè ki te pèsevere nan tradui epi distribye Ekriti yo. Anvi sa a yo te genyen an te ann amoni ak volonte Bondye ki vle “pou tout kalite moun sove e ki vle yo gen yon konesans egzak sou laverite”. — 1 Tim. 2:3, 4. w17.09 18 § 1-2.
Madi 19 mas
[Ou] se madanm li. Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye? — Jen. 39:9.
Gen anpil jèn ki kretyen k ap fè fas ak eprèv ki sanble ak eprèv Jozèf te rankontre a (Jen. 39:7). Ann pran egzanp Kim. Pifò nan kamarad lekòl li yo te lage kò yo nan fè sèks, e byen souvan, yo konn ap vante tèt yo pou rapò seksyèl yo te genyen apre chak wikenn. Kim pa t gen jan de istwa sa yo pou l rakonte. Li fè konnen lefètke l diferan sa fè l santi l “abandone e l poukont” li pafwa, e kamarad li yo te konn wè l kòm yon moun ki raz paske l pa t gen mennaj. Men, Kim te gen ase sajès pou l konnen anpil jèn ap jwenn gwo tantasyon pou lage kò yo nan fè sèks (2 Tim. 2:22). Byen souvan, kamarad li yo te konn mande l si l te toujou vyèj. Sa te konn ba l posiblite pou l esplike rezon ki fè l pa lage kò l nan fè sèks. Nou fyè dèske jèn ki kretyen yo detèmine pou yo reziste anba presyon pou yo fè imoralite seksyèl, e Jewova fyè de yo tou! w17.09 4 § 8; 5 § 10.
Mèkredi 20 mas
Pinga w fache epi w al lage kò w nan fè sa ki mal. — Sòm 37:8.
Byen souvan, lè moun ki gen san cho an kòlè, yo joure. Li klè, yon konpòtman konsa pa ka ede yon fanmi gen kè kontan. Bib la gen bonjan rezon lè l avèti nou kont kòlè, jouman ak rele sou moun (Efe. 4:31). Malerezman, konpòtman sa yo mennen souvan nan vyolans. Petèt monn nan wè l nòmal pou yon moun renmen fè kòlè, men, sa pa onore Jewova. Gen anpil moun ki te oblije rejte vye konpòtman sa yo anvan yo te rive abiye yo ak nouvo pèsonalite a (Kol. 3:8-10). Bay manti se yon lòt karakteristik ansyen pèsonalite a. Pa egzanp, anpil moun bay manti lè y ap peye enpo oswa pou yo evite pran responsablite peche yo. Sepandan, Jewova se “Bondye verite a”. (Sòm 31:5.) Se sa k fè, antanke moun k ap adore l, li egzije “pou nou chak di pwochen nou laverite” e pou n pa “bay [...] manti”. (Efe. 4:25; Kol. 3:9.) Kidonk, nou dwe di laverite menmsi sa ka fè n wont oswa sa pa nan avantaj nou. — Pwo. 6:16-19. w17.08 18 § 3, 5; 20 § 12-13, 15.
Jedi 21 mas
Pawòl li a rive byen vit. — Sòm 147:15.
Jodi a, Jewova gide n grasa Pawòl li a, Labib. Epitou, “Pawòl li a rive byen vit” nan sans li toujou pare pou l ban nou direksyon nan domèn espirityèl lè n bezwen sa. Fè yon ti reflechi sou jan w jwenn byenfè lè w li Bib la, lè w egzamine piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an”, lè w gade Tele JW, lè w al sou sit jw.org la, lè w pale ak ansyen yo ak lè w pase tan ak kretyen parèy ou yo (Mat. 24:45). Èske w pa wè Jewova toujou pare pou l ba w direksyon l? Moun ki te ekri sòm nan te konnen jan pèp Bondye tan lontan an te gen favè Bondye. Se te sèl nasyon Bondye te bay “pawòl” li, “lwa l yo ak jijman l yo”. (Sòm 147:19, 20.) Jodi a, nou beni paske nou se sèl pèp sou tè a ki pote non Bondye. Lefètke n konn Jewova e nou viv ann amoni ak Pawòl li a, nou vin gen yon relasyon espesyal avè l. Menm jan ak moun ki te ekri sòm 147 la, èske w pa gen anpil rezon pou w di byen fò “louwe Ja!” e pou w ankouraje lòt moun fè menm jan an? ? w17.07 20 § 15-16; 21 § 18.
Vandredi 22 mas
Pa gen okenn moun k ap sèvi kòm sòlda k ap antre nan fè komès, dekwa pou moun ki anwole l kòm sòlda a ka apwouve l. — 2 Tim. 2:4.
Jodi a, disip Jezi yo, ki gen ladan yo yon lame ki gen plis pase yon milyon moun ki nan sèvis aplentan, suiv konsèy Pòl la ki pi wo a selon sitiyasyon yo. Toutpandan y ap reziste ak presyon reklam ak monn ki toutotou yo a ap fè sou yo, yo sonje prensip ki vin annapre a ki di: “Moun ki prete nan men yon moun se esklav moun ki prete l la.” (Pwo. 22:7). Pa gen anyen ki ta ka fè Satan plis plezi pase lè n bay tout tan nou ak enèji nou kòm esklav sistèm komèsyal li a ki nan monn nan. Gen desizyon nou pran nan domèn finans ki ka fè n esklav pandan plizyè ane. Fè gwo vèsman labank pou kay, fè dèt pou peye etid, fè gwo vèsman pou machin, e menm fè maryaj ki estravagan ka lakòz yon moun gen gwo presyon nan domèn finans. Nou montre n gen sajès lè n viv yon fason senp e nou redui dèt ak depans nou yo, konsa, nou libere tèt nou pou n sèvi Bondye antanke esklav li olye n esklav sistèm komèsyal la. — 1 Tim. 6:10. w17.07 10 § 13.
Samdi 23 mas
Se sa k fè mwen konsidere tout enstriksyon w bay yo bon. Mwen rayi tout move chemen. — Sòm 119:128.
Se Jewova sèl ki gen dwa pou l dirije antanke Souvren. Li egzèse otorite l ann amoni ak jistis li ki pafè. Men sa l di: “Mwen se Jewova, Sila a ki demontre lanmou fidèl li genyen an, Sila a ki pratike sa ki jis e ki fè sa ki dwat sou tè a, paske se nan bagay sa yo mwen pran plezi.” (Jer. 9:24). Li pa gade nan okenn lwa lèzòm enpafè ekri pou l ka konnen sa ki dwat ak sa ki bon. Se li menm menm ki etabli sa ki jis, e se sou baz sa a, li fè ekri lwa pou lèzòm. “Dominasyon [l] lan chita sou jistis ak ladwati”, se sa k fè nou kapab gen konfyans tout lwa l yo, prensip li yo ak desizyon l yo jis (Sòm 89:14). Yon lòt bò, malgre Satan fè konnen Jewova mal sèvi ak dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an, Satan pa kapab tabli yon monn kote toujou gen jistis. w17.06 28 § 5.
Dimanch 24 mas
O Jewova, Seyè ki Souvren an, [...] pawòl ou se laverite. — 2 Sam. 7:28.
Jewova se Bondye verite a (Sòm 31:5). Antanke yon Papa ki renmen bay, li fè moun ki gen lakrentif pou li yo konn laverite sou li. Depi lè n te fèk tande laverite, nou te vin gen opòtinite pou n ranmase verite nou jwenn nan Pawòl li a, Labib, nan piblikasyon nou yo, nan kongrè yo, nan asanble yo ak nan reyinyon ki fèt chak semèn yo. Rive yon lè, nou vin gen sa Jezi te rele yon depo “trezò” ki gen ni verite ki la lontan ni verite ki nèf (Mat. 13:52). Jewova ap ede n ranmase lòt verite ki nèf pou n met nan depo “trezò” nou an si n chèche yo tankou trezò ki kache (Pwo. 2:4-7). Ki jan n ka fè sa? Nou dwe chèche gen bon abitid pou n fè etid pèsonèl e pou n fè bonjan rechèch nan Pawòl Bondye a ak nan piblikasyon nou yo. Sa ap ede n jwenn verite ki gendwa “nèf” nan sans nou potko konnen yo anvan sa (Joz. 1:8, 9; Sòm 1:2, 3). Vrèmanvre, nou dwe chofe pou n ranpli trezò nou an ak verite Bondye bay yo. w17.06 12 § 13-14.
Lendi 25 mas
Nou gen pou nou rele m, pou nou vin jwenn mwen e pou nou priye m, e mwen menm m ap koute nou. — Jer. 29:12.
Gen yon jèn frè selibatè, n ap bay non Eduardo, ki t ap fè yon ansyen ki aje e ki marye ki rele Stephen konn enkyetid li genyen. Eduardo t ap reflechi ak pawòl nou jwenn nan 1 Korentyen 7:28 la ki di: “Moun ki marye yo ap jwenn tribilasyon nan lavi yo.” Li te mande Stephen: “Ki sa ‘tribilasyon’ sa a ye e ki jan m ap kapab fè fas avè l si m marye?” Anvan Stephen reponn kesyon sa a, li te mande Eduardo pou l egzamine yon lòt bagay apot Pòl te ekri ki fè konnen Jewova se “Bondye tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout eprèv [“tribilasyon”, nòt] nou yo”. (2 Kor. 1:3, 4.) Vrèmanvre, Jewova se yon Papa ki gen lanmou, e li konsole n lè n ap fè fas ak difikilte. Petèt ou te fè kèk eksperyans kote Bondye te ba w èd ak konsèy, byen souvan, pa mwayen Pawòl li a. Nou kapab gen asirans li vle sa ki pi bon an pou nou, menm jan l te fè sa pou sèvitè l yo nan tan lontan. — Jer. 29:11. w17.06 4 § 1-2.
Madi 26 mas
Jewova ap pwoteje moun k ap viv kòm etranje nan peyi a. — Sòm 146:9.
Frè ki refijye yo plis bezwen èd nan domèn espirityèl ak nan domèn afektif pase nan domèn materyèl (Mat. 4:4). Ansyen yo ka ede yo jwenn piblikasyon nan lang yo pale a e yo ka ede yo pran kontak ak frè ki pale lang yo a. Gen anpil refijye ki oblije al viv lwen fanmi yo ki te atache ak yo, lwen zòn kote yo t ap viv yo ak kongregasyon yo. Yo bezwen santi lanmou ak konpasyon Jewova gen pou yo nan mitan kretyen parèy yo. Si se pa sa, moun nan fanmi yo ki pa kwayan oswa moun menm peyi avè yo ki gen menm kilti oswa ki te viv menm eksperyans ak yo ka atire yo (1 Kor. 15:33). Lè n fè yo santi yo gen plas yo nan kongregasyon an, nou gen privilèj pou n kolabore ak Jewova lè n “pwoteje moun k ap viv kòm etranje” pami nou yo. Refijye yo ka pa gen posiblite retounen nan peyi yo toutotan moun ki t ap toupizi yo a sou pouvwa. Mete sou sa, anpil moun twomatize akoz move eksperyans yo te fè. Mande tèt ou: ‘Si m te nan plas yo, ki jan m t ap renmen yo trete m?’ — Mat. 7:12. w17.05 6 § 15-16.
Mèkredi 27 mas
Lanmou pifò moun ap vin rafredi. — Mat. 24:12.
Si n kite dekourajman pote n ale, sa ka fè lafwa nou vin febli e sa ka lakòz lanmou nou gen pou Bondye a vin rafredi. Nan sistèm mechan sa a ki anba kontwòl Satan, pafwa, nou tout konn jwenn sitiyasyon ki konn fè n dekouraje (1 Jan 5:19). Petèt n ap fè fas ak pwoblèm vyeyès, ak pwoblèm sante oswa ak pwoblèm ekonomik. Oswa nou ka ap soufri akoz nou pa ka fè tout sa n ta vle fè, akoz sa n t ap tann yo pa reyalize oswa akoz pwòp feblès nou. Men, nou pa dwe janm kite sitiyasyon sa yo oswa santiman sa yo fè n kwè Jewova abandone n. Okontrè, nou dwe medite sou kèk pawòl ki ban nou asirans lanmou Jewova gen pou nou an ap la pou toutan. Nou jwenn pawòl sa yo nan Sòm 136:23. Men sa vèsè a di: “Li te sonje nou lè yo te imilye nou, paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.” Vrèmanvre, lanmou fidèl Jewova gen pou sèvitè l yo pap janm chanje. Se sa k fè n kapab gen asirans li tande lè n ‘sipliye l pou n mande l sekou’ e l reponn nou. — Sòm 116:1; 136:24-26. w17.05 18 § 8.
Jedi 28 mas
Si nou pa padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou pap padone nou tou lè nou peche. — Mat. 6:15.
Jan sa parèt nan Galat 2:11-14, Pyè te pran nan pyèj paske l te gen krent pou lòm (Pwo. 29:25). Byenke Pyè te byen konnen sa Jewova panse sou kesyon sa a, Pyè te pè pou Juif ki sikonsi yo ki te nan kongregasyon Jerizalèm nan pa t wè l mal. Apot Pòl te reprimande Pyè pandan l Antyòch e l te fè l wè li te nan ipokrizi (Tra. 15:12; Gal. 2:13, nòt). Pa gen dout, Pyè te aksepte koreksyon Pòl te ba l la avèk imilite. Pa gen okenn kote nan Bib la ki montre li te pèdi privilèj li te genyen yo. An reyalite, kèk tan apre, Bondye te sèvi ak lespri sen l pou l te pouse Pyè ekri de lèt ki te vin fè pati Bib la. Jezi, ki alatèt kongregasyon an, te kontinye itilize Pyè (Efe. 1:22). Konsa, moun nan kongregasyon an te gen posiblite imite Jezi ak Papa l lè yo te aprann padone. Nou espere pèsonn pa t kite erè yon gason ki enpafè fè l bite. w17.04 27 § 16-18.
Vandredi 29 mas
[Bondye] te kondane vil Sodòm ak vil Gomò lè l te fè yo tounen sann, e konsa, li bay moun ki pa gen respè pou Bondye yo yon egzanp sou bagay ki gen pou vini. — 2 Pyè 2:6.
Lè Jewova te detwi tout zòn sa a, li te fè plis pase annik mete fen nan bagay mal ki t ap fèt yo. Se bay li t ap “bay moun ki pa gen respè pou Bondye yo yon egzanp sou bagay ki gen pou vini” yo. Menm jan Jewova te met yon fen nan tout aktivite ki imoral ki t ap fèt nan epòk sa a, se menm jan an tou l ap met yon fen nan bagay mal k ap fèt jodi a lè l pral egzekite jijman l sou sistèm ki la kounye a. Ki sa k pral ranplase move zak k ap fèt yo? Paradi a sou tè a ap chaje ak aktivite ki bay kè kontan. Reflechi sou jan travay pou n fè tè a vin yon paradi a pral enteresan oswa jan sa pral enteresan lè n pral konstwi kay pou tèt nou ak pou moun pa nou yo. Reflechi sou posiblite nou pral genyen pou n akeyi plizyè milyon moun ki resisite e pou n ede yo aprann konnen chemen Jewova yo ak fason li te aji ak lèzòm (Eza. 65:21, 22; Tra. 24:15). Lavi nou ap chaje ak aktivite k ap ede n gen kè kontan e k ap ede n bay Jewova louwanj! w17.04 12 § 11-12.
Samdi 30 mas
Kèlkeswa moun ki soti nan pòt lakay mwen [...] moun sa a ap pou Jewova. — Jij 11:31.
Lè Jefte t ap fè ve a siman li te konnen pitit fi l la te ka soti vin rankontre l. Aktout sa, se te yon sitiyasyon ki te difisil anpil pou yon papa ak pitit fi l, se yon gwo sakrifis sa te ye pou toule de. Lè Jefte te wè pitit fi l la, li te “chire rad sou li” e l te di kè l ap dechire. Pitit fi l la te ‘kriye poutèt li t ap rete vyèj’. Poukisa? Jefte pa t gen pitit gason, e sèl pitit fi l te genyen an pa t ap janm kapab marye pou l ba l pitit pitit. Pa t ap gen okenn mwayen pou non fanmi an kontinye egziste e pèsonn pa t ap ka eritye byen fanmi an. Men, se pa sa k te pi enpòtan pou yo. Men sa Jefte te di: “Mwen fè Jewova yon ve e mwen pa kapab fè bak.” E pitit fi l la te reponn: “Se pou w fè m sa w te di ou t ap fè m nan.” (Jij 11:35-39). Moun sa yo te fidèl e yo pa t ap janm panse pa respekte yon ve yo te fè Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, kèlkeswa sa sa te koute yo pèsonèlman. — Det. 23:21, 23; Sòm 15:4. w17.04 4 § 5-6.
Dimanch 31 mas
M ap tann [...] avèk pasyans. — Miche 7:7.
Jozèf te sibi yon seri gwo enjistis. Toudabò, frè l yo te vann li kòm esklav lè l te gen anviwon 17 an. Annapre, madanm mèt li te lage fo akizasyon sou do l kòmkwa l te eseye vyole l, e konsa, yo te met Jozèf nan chenn nan prizon (Jen. 39:11-20; Sòm 105:17, 18). Olye l te jwenn byenfè lefètke l te byen aji, sanble se pinisyon l te jwenn pito. Men, apre 13 ane, tout bagay te vin chanje byen vit. Li te libere nan prizon e Farawon te mete l nan dezyèm pi gwo pozisyon nan peyi Ejip (Jen. 41:14, 37-43; Tra. 7:9, 10). Èske enjistis Jozèf te sibi yo te fè l vin akaryat? Èske l te pèdi konfyans nan Jewova, Bondye l la? Non. Ki sa k te ede Jozèf ret tann avèk pasyans? Se lafwa l te gen nan Jewova. Li te wè men Jewova k ap aji pou li. Gade jan sa parèt nan sa l te di frè l yo: “Malgre nou te vle fè m mechanste, Bondye te fè sa tounen yon byen pou l te sove lavi anpil moun, jan l ap fè sa jodi a.” (Jen. 50:19, 20). Finalman, Jozèf te rann li kont sa te vo lapenn pou l ret tann. w17.08 4 § 6; 6 § 12-13.